Mak
9 Li di yo ankò: “Anverite m ap di NOU sa: Gen kèk nan moun ki kanpe la a ki pap mouri toutotan yo pa wè wayòm Bondye a k ap deja vini avèk pisans.” 2 Se sa k fè, sis jou apre, Jezi pran Pyè, Jak ak Jan, li mennen yo sou yon mòn byen wo poukont yo. Epi, aparans li chanje devan yo, 3 rad sou li vin klere, yo vin tèlman blan, pa gen pèsonn sou tè a ki te ka fè yon rad vin blan konsa. 4 Epitou, Eliya ak Moyiz parèt devan yo, yo vin ap pale ak Jezi. 5 Lè sa a, Pyè di Jezi: “Anseyan*, se yon bon bagay lefètke nou la a. Kite nou monte twa tant, youn pou ou, youn pou Moyiz e youn pou Eliya.” 6 Anfèt, li pa t konn sa pou l di ankò, paske yo te pè. 7 Epi, gen yon nyaj ki parèt ki kouvri yo, e gen yon vwa ki soti nan nyaj la ki di: “Se Pitit Gason m, Pitit mwen renmen anpil la. Koute l.” 8 Menm kote a, yo gade toutotou yo, yo pa wè pèsonn avèk yo ankò, eksepte Jezi.
9 Apre sa, pandan y ap desann mòn nan, li ba yo yon lòd klè pou yo pa di pèsonn sa yo te wè a, jiskaske li menm ki Pitit lòm nan leve sot nan lanmò. 10 Yo pran sa l di a oserye, men, youn t ap pale ak lòt sou ki sa leve sot nan lanmò sa a vle di. 11 Yo poze l kesyon, yo di: “Poukisa espè nan Lalwa yo di Eliya dwe vini anvan?” 12 Li di yo: “Wi, Eliya ap vini anvan e l ap met tout bagay nan lòd. Men, ki rapò sa genyen ak sa ki ekri konsènan Pitit lòm nan, sètadi, li dwe soufri anpil e yo pap pran l pou anyen? 13 Men, m ap di NOU sa: Eliya te vini vre, e yo te fè l tout sa yo vle, jan sa te ekri sou li a.”
14 Lè yo prèske rive kot lòt disip yo, yo wè yon gwo foul moun bò kote yo ak kèk espè nan Lalwa ki t ap fè diskisyon avèk yo. 15 Men, kou tout foul la wè l, yo sezi, yo kouri al jwenn li, e yo salye l. 16 Li mande yo: “Sou ki sa N ap diskite avèk yo la a?” 17 Gen yon moun nan foul la ki reponn li: “Anseyan, mwen te mennen pitit gason m nan ba ou, paske li gen yon movèzespri sou li ki fè l bèbè. 18 Kèlkeswa kote l pran l li fese l atè, tigason an kimen, li manje dan e li vin san fòs. Mwen di disip ou yo pou yo chase l, men yo pa t kapab.” 19 Jezi reponn, li di yo: “O! NOU se yon jenerasyon moun ki pa gen lafwa. Konbyen tan m ap oblije rete avèk NOU? Konbyen tan m ap oblije sipòte NOU? Mennen tigason an ban mwen.” 20 Epi, yo mennen l ba li. Men, kou movèzespri a wè Jezi, li fè pitit la pran kriz, li lage l atè, li fè l woule atè e li fè l kimen. 21 Jezi mande papa a: “Depi konbyen tan li konsa?” Papa a di: “Depi l toupiti. 22 Plizyè fwa li lage l nan dife e li lage l nan dlo pou l touye l. Men, si w kapab fè yon bagay, gen pitye pou nou, epi ede nou.” 23 Jezi di l: “Apa w di: ‘Si w kapab’! Ebyen, tout bagay posib pou yon moun ki gen lafwa.” 24 Menm kote a, papa tigason an di byen fò: “Mwen gen lafwa! Ede m gen plis lafwa toujou!”
25 Lè Jezi wè yon foul moun ap kouri vin jwenn yo, li pale di ak movèzespri a, li di l: “Ou menm, espri ki fè moun bèbè e ki fè moun soud, mwen ba w lòd, soti sou li epi pa janm antre sou li ankò.” 26 Apre tipitit la fin rele e li fin fè plizyè gwo kriz, espri a soti, e pitit la vin tankou yon moun ki mouri. Se sa k fè, pifò moun ki te la yo t ap di: “Li mouri!” 27 Men, Jezi pran men l, li fè l leve, epi li leve kanpe. 28 Apre Jezi fin antre nan yon kay, disip li yo pran l apa, epi yo di l: “Sa k fè nou menm nou pa t ka chase demon an?” 29 Li di yo: “Se lapriyè sèlman ki pou fè kalite demon sa a soti.”
30 Yo soti kote yo te ye a y ale, yo pase Galile, men li pa t vle moun konn sa. 31 Paske, li t ap anseye disip li yo, li t ap di yo: “Yo gen pou yo livre Pitit lòm nan nan men lèzòm, y ap touye l, men menm lè yo touye l, l ap leve twa jou apre.” 32 Men, yo pa t konprann sa l di a, e yo te pè poze l kesyon.
33 Epi, yo rive Kapènawòm. Lè l rive anndan kay la, li mande yo: “Sou ki sa NOU t ap diskite sou wout la?” 34 Yo rete an silans, paske pandan yo te sou wout la, yo t ap diskite pou yo konnen kiyès nan yo ki pi enpòtan. 35 Lè sa a, li chita e li rele douz apot yo, li di yo: “Si yon moun vle pou se li ki pi enpòtan, li dwe vin tankou moun ki gen mwens enpòtans lan, e li dwe sèvi tout moun.” 36 Epi li pran yon timoun piti, li mete l kanpe nan mitan yo, li pase bra l nan kou l, e li di yo: 37 “Nenpòt moun ki resevwa youn nan timoun sa yo poutèt non mwen, se mwen li resevwa. E moun ki resevwa m, se pa mwen sèlman li resevwa, men li resevwa moun ki voye m nan tou.”
38 Jan di l: “Anseyan, nou te wè yon mesye k ap sèvi ak non w pou l chase demon, nou te eseye anpeche l fè sa, paske li pa ansanm avèk nou.” 39 Men, Jezi di: “Pa eseye anpeche l, paske pa gen yon moun k ap fè yon mirak nan non m epi pou l pale m mal byen vit apre sa. 40 Paske, yon moun ki pa kont nou, li pou nou. 41 Paske, kèlkeswa moun ki ban NOU yon gode dlo pou NOU bwè paske NOU se moun Kris, anverite m ap di NOU sa: Li pa gendwa pèdi rekonpans li. 42 Men, kèlkeswa moun ki fè youn nan tipiti sa yo ki kwè nan mwen yo peche, li t ap pi bon pou moun sa a si yo ta mare yon wòch moulen nan kou l, tankou wòch moulen bourik yo konn vire a, epi yo lage l nan lanmè.
43 “Si jamè men w fè w peche, koupe l. Li pi bon pou ou pou w antre nan lavi a ak yon men tan pou w ale ak toule de men w nan jeyèn* nan, nan dife ki pa ka etenn nan. 44 *—— 45 Si se pye w ki fè w peche, koupe l. Li pi bon pou ou pou w antre nan lavi a ak yon pye tan pou yo lage w ak toule de pye w nan jeyèn nan. 46 *—— 47 E si se je w ki fè w peche, voye l jete. Li pi bon pou ou pou w antre nan wayòm Bondye a ak yon sèl grenn je tan pou yo lage w ak toule de je w nan jeyèn nan, 48 kote vè ki ladan l yo pa mouri e kote dife a pa etenn.
49 “Paske, dife dwe vide sou moun sa yo, tankou sèl y ap vide nan manje. 50 Sèl se bon bagay. Men, si sèl la pèdi gou l, ak ki sa N ap fè l vin sale ankò? Se pou NOU gen sèl nan NOU, e se pou NOU gen lapè nan mitan NOU.”