BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Kwonik 10
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

2 Kwonik — Sa ki gen nan liv sa a

      • Pèp Izrayèl la fè rebèl ak Wobowam (1-19)

2 Kwonik 10:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 20:7; 24:1; Jj 9:1
  • +1Wa 12:1-4

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    6/2018, p. 13

2 Kwonik 10:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 11:28
  • +1Wa 11:40

2 Kwonik 10:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 8:11-18; 1Wa 4:7

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    6/2018, p. 13

2 Kwonik 10:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 12:5-7

2 Kwonik 10:6

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ansyen”.

2 Kwonik 10:8

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ansyen”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 12:8-11

2 Kwonik 10:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 12:12-15

2 Kwonik 10:13

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ansyen”.

2 Kwonik 10:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 2:30; 2Sa 17:14
  • +1Wa 11:29-31

2 Kwonik 10:16

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “nan tant”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 11:32
  • +1Wa 12:16, 17

2 Kwonik 10:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 11:35, 36

2 Kwonik 10:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 20:24; 1Wa 4:6
  • +1Wa 12:18, 19

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

2 Kwo. 10:1Joz 20:7; 24:1; Jj 9:1
2 Kwo. 10:11Wa 12:1-4
2 Kwo. 10:21Wa 11:28
2 Kwo. 10:21Wa 11:40
2 Kwo. 10:41Sa 8:11-18; 1Wa 4:7
2 Kwo. 10:51Wa 12:5-7
2 Kwo. 10:81Wa 12:8-11
2 Kwo. 10:121Wa 12:12-15
2 Kwo. 10:15Dt 2:30; 2Sa 17:14
2 Kwo. 10:151Wa 11:29-31
2 Kwo. 10:161Wa 11:32
2 Kwo. 10:161Wa 12:16, 17
2 Kwo. 10:171Wa 11:35, 36
2 Kwo. 10:182Sa 20:24; 1Wa 4:6
2 Kwo. 10:181Wa 12:18, 19
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Kwonik 10:1-19

2 Kwonik

10 Wobowam t al Sichèm+ paske tout pèp Izrayèl la t al Sichèm pou yo fè l wa+. 2 Kou Jewobowam+, pitit gason Nebat la, aprann sa (se ann Ejip Jewobowam t ap viv depi lè l te kouri pou wa Salomon an+), li kite Ejip e l tounen nan peyi l. 3 Annapre, yo voye chèche Jewobowam. Epi, li menm ak moun Izrayèl yo al kot Wobowam, yo di l: 4 “Papa w te fè jouk ki sou do nou an vin lou+. Men, si w pa fè nou travay di jan papa w te konn fè nou travay di a e si w fè jouk li te met sou do nou an vin lejè, n ap sèvi w.”

5 Lè sa a, Wobowam di yo: “Nou mèt ale, n a retounen kote m nan twa jou.” Vrèmanvre, moun yo ale+. 6 Apre sa, wa Wobowam al kot granmoun* ki te konn sèvi Salomon, papa l, lè Salomon te vivan pou l mande yo konsèy. Li mande yo: “Ki jan nou panse mwen ta dwe reponn moun yo?” 7 Yo reponn li: “Si w byen aji ak pèp la, si w fè kè yo kontan e w byen reponn yo, y ap toujou sèvi w.”

8 Men, Wobowam pa koute konsèy granmoun* yo te ba li a, l al mande jèn gason ki te grandi avè l e ki te vin ap sèvi l yo konsèy+. 9 Li mande yo: “Ki jan nou panse mwen ta dwe reponn pèp la ki mande m pou m fè jouk papa m te met sou do yo a vin lejè?” 10 Jèn gason ki te grandi avè l yo di l: “Men sa w ap di moun ki te di w jouk papa w te met sou do yo a te lou, e se pou w fè l vin lejè pou yo a: ‘Ti dwèt mwen ap vin pi gwo pase ranch papa m. 11 Papa m te mete yon jouk ki te lou sou do nou, men mwen menm, m ap fè jouk sa a vin pi lou. Papa m te konn bat nou ak fwèt, men mwen menm, m ap bat nou ak rigwaz.’”

12 Jewobowam ak tout moun Izrayèl yo te retounen kot wa Wobowam nan twazyèm jou a paske Wobowam te di yo: “Retounen kote m nan twa jou+.” 13 Men, wa Wobowam pale di ak yo, li pa t koute konsèy granmoun* yo te ba li a. 14 Li te pale avèk yo jan jèn gason yo te konseye l la, li te di yo: “M ap fè jouk ki sou do nou an vin pi lou, wi, m ap fè l vin pi lou toujou. Papa m te konn bat nou ak fwèt, men mwen menm, m ap bat nou ak rigwaz.” 15 Kidonk, wa a pa t dakò fè sa pèp la te mande l la, paske se vrè Dye a+ ki te vle pou sa pase konsa. Jewova te vle reyalize sa l te di Jewobowam, pitit gason Nebat la, pa mwayen Ayija+, moun Silo a.

16 Lè moun Izrayèl yo wè wa a pa t dakò fè sa yo te mande l la, yo di l: “Ki sa nou gen pou n wè ak David? Nou pa gen okenn eritaj nan men pitit Jese a. O Izrayèl, se pou chak moun tounen al sèvi dye pa yo. Kounye a, nou menm desandan David yo+, degaje nou poukont nou.” Apre sa, tout moun Izrayèl yo tounen lakay* yo+.

17 Men, Wobowam te kontinye dirije Izrayelit ki t ap viv nan vil Jida yo+.

18 Annapre, wa Wobowam te voye Adoram+, ki te responsab moun yo te pran pou travay yo, bò kot moun Izrayèl yo. Men, yo te kalonnen l ak kout wòch jiskaske l mouri. Wa Wobowam te reyisi monte charyo l la e li te kouri al Jerizalèm+. 19 Konsa, Izrayelit yo te revòlte kont desandan David yo, e se konsa sa ye pou jis jodi a.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje