2 Kwonik
9 Twouve, rèn Cheba a+ te tande pale de Salomon, se sa k fè li te vin Jerizalèm pou l teste Salomon ak yon seri kesyon ki difisil*. Li te gen yon pakèt moun avè l, ansanm ak chamo ki te pote luil santi bon, anpil lò+ ak pyè ki gen anpil valè. Li te antre kot Salomon e li te pale avè l konsènan tout sa k te nan kè l+. 2 Salomon te reponn tout kesyon l yo. Pa t gen anyen ki te twò difisil* pou Salomon esplike l.
3 Lè rèn Cheba a te wè jan Salomon te gen sajès+, lè l te wè kay li te bati a+, 4 manje li te konn gen sou tab li+, jan chèf nan gouvènman l lan te konn chita sou tab li, jan moun ki t ap sèvi manje sou tab yo te konn fè sèvis yo, fason yo te abiye, jan moun ki te konn sèvi wa a bwason yo te konn fè sèvis yo ak fason yo te abiye, sakrifis li te konn boule nèt nan kay Jewova a regilyèman+, rèn nan pa t gen bouch pou l pale. 5 Se sa k fè rèn nan te di wa a: “Sa m te tande nan peyi m konsènan sa w reyalize* e konsènan sajès ou se laverite. 6 Men, mwen pa t ka kwè sa m te tande a toutotan m pa t vin wè ak je m+. Sa m te tande sou sajès ou genyen pa ka parèt devan sa m wè yo+. Ou gen plis glwa lontan pase sa m te tande sou ou+. 7 Byennere moun ki nan pèp ou a e byennere sèvitè w yo ki toujou kanpe devan w ap koute pawòl sajès k ap sot nan bouch ou! 8 Se pou yo louwe Jewova, Bondye w la, ki pran plezi nan ou e ki mete w chita sou twòn li an antanke wa k ap dirije pou Jewova, Bondye w la! Se paske Bondye w la renmen pèp Izrayèl la+ e li vle pou l la pou toutan ki fè li mete w wa sou pèp la pou w fè yo jwenn jistis e pou w ka fè sa ki dwat.”
9 Apre sa, li bay wa a 120 talan* lò+, yon bon kantite luil santi bon ak anpil pyè ki gen anpil valè. Pa gen pèsonn ki te janm pote yon kantite luil santi bon nan peyi a tankou kantite luil rèn Cheba a te pote bay wa Salomon an+.
10 Mete sou sa, sèvitè Iram yo ak sèvitè Salomon yo ki te pote lò ki sot Ofi yo+ te pote bwa algoumim ak pyè ki gen anpil valè tou+. 11 Wa a te sèvi ak bwa algoumim nan pou l fè eskalye pou kay Jewova a+ e pou kay* wa a+. Mete sou sa, li te fè hap* ak lòt enstriman akòd pou chantè yo+. Anvan sa, moun pa t janm wè bwa algoumim konsa nan peyi Jida.
12 Wa Salomon te bay rèn Cheba a kèlkeswa sa l te vle ak kèlkeswa sa l te mande. Wa a te bay rèn nan plis bagay pase* sa rèn nan te pote pou li yo. Apre sa, rèn nan ale, li tounen nan peyi l ansanm ak sèvitè l yo+.
13 Chak ane, wa a te konn resevwa 666 talan lò+, 14 san konte taks li te konn resevwa nan men komèsan yo ak negosyan yo, nan men tout wa Arab yo e nan men gouvènè yo nan peyi a ki te konn pote lò ak ajan pou li+.
15 Wa Salomon te fè 200 gwo boukliye avèk lò+ ki te melanje ak yon lòt metal (yo te sèvi ak 600 chekèl* lò melanje pou chak boukliye sa yo+), 16 e li te fè 300 ti boukliye* ak menm kalite lò sa a (yo te sèvi ak twa min* lò pou chak ti boukliye). Apre sa, wa a te mete yo nan Kay Forè Liban an+.
17 Mete sou sa, wa a te fè yon gwo twòn ann ivwa e li te kouvri l ak bon lò+. 18 Te gen sis mach eskalye pou rive nan twòn nan e te gen yon ti ban annò ki te tou kole ak twòn nan. Twòn nan te gen yon manch sou chak bò e te gen yon estati lyon+ bò kot chak manch. 19 Te gen 12 lyon+ sou sis mach yo, youn nan chak pwent mach yo. Pa gen okenn lòt wa ki te janm fè yon twòn konsa. 20 Tout bagay wa Salomon te konn itilize pou l bwè bwason yo te fèt annò e tout veso yo te konn itilize nan Kay Forè Liban an te fèt ak bon kalite lò. Pa gen anyen ki te fèt ann ajan, paske yo pa t pran ajan pou anyen nan epòk Salomon an+. 21 Bato wa a te genyen yo te konn al Tasis+ ansanm ak sèvitè Iram yo+. Yon fwa chak twazan, bato Tasis yo te konn tounen plen ak lò, ak ajan, ivwa+, makak ak pan.
22 Wa Salomon te gen plis richès pase tout lòt wa ki te gen sou tè a e li te gen plis sajès+ pase yo tout. 23 Wa ki te gen sou tout tè a te konn vini pou yo pale ak* Salomon pou yo ka tande pawòl sajès k ap sot nan bouch li, sajès vrè Dye a te ba li+. 24 Yo chak te konn pote kado pou li. Yo te konn ba l bagay ki fèt ann ajan, bagay ki fèt annò, rad+, ekipman pou fè lagè, luil santi bon, cheval ak milèt. Yo te kontinye fè sa chak ane. 25 Wa Salomon te gen 4 000 pyès nan kay yo te met cheval li yo, li te gen anpil charyo ak 12 000 cheval*+. Li te mete yo nan vil pou charyo yo e li te mete yo toupre l, nan Jerizalèm+. 26 Li te domine sou tout wa yo, soti nan Rivyè a* rive nan peyi moun Filisti yo ak nan fwontyè peyi Ejip la+. 27 Wa a te fè ajan vin tankou wòch nan vil Jerizalèm tèlman te gen anpil ajan e li te fè bwa sèd vin tankou pye sikomò ki nan Chefela yo tèlman te gen anpil bwa sèd+. 28 Yo te konn pote cheval pou Salomon ki te soti ann Ejip+ e nan tout lòt peyi yo.
29 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Salomon yo+, depi nan kòmansman jiska lafen, èske bagay sa yo pa parèt nan sa Natan+, pwofèt la, ekri yo? Èske yo pa nan pwofesi Ayija+, moun Silo a, ekri yo ak nan sa Ido+, moun ki konn fè vizyon an, te ekri konsènan Jewobowam+, pitit Nebat la? 30 Salomon te pase 40 an ap dirije tout pèp Izrayèl la pandan l te Jerizalèm. 31 Apre sa, Salomon t al repoze bò kot zansèt li yo. Yo te antere l nan Vil David, papa l la+, e Wobowam, pitit gason l lan, te vin wa nan plas li+.