BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Kwonik 12
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

2 Kwonik — Sa ki gen nan liv sa a

      • Chichak atake Jerizalèm (1-12)

      • Rèy Wobowam nan fini (13-16)

2 Kwonik 12:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 11:17
  • +Dt 32:15; 2Kw 26:11, 16

2 Kwonik 12:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 11:40; 14:25

2 Kwonik 12:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Na 3:9

2 Kwonik 12:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 12:22-24
  • +Dt 28:15; 2Kw 15:2

2 Kwonik 12:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 33:10, 12

2 Kwonik 12:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 21:29; 2Kw 34:26, 27

2 Kwonik 12:8

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “wayòm”.

2 Kwonik 12:9

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “palè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 7:51
  • +1Wa 10:16, 17; 14:25-28

2 Kwonik 12:10

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “mesye ki konn kouri”.

2 Kwonik 12:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 33:10, 12
  • +Lm 3:22
  • +Jen 18:23-25; 1Wa 14:1, 13; 2Kw 19:2, 3

2 Kwonik 12:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 23:3; 1Wa 11:1; 14:21

2 Kwonik 12:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 7:3; 1Wa 18:21; Mk 12:30

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    6/2018, p. 14-15

2 Kwonik 12:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 12:22-24
  • +2Kw 9:29; 13:22
  • +1Wa 14:30, 31

2 Kwonik 12:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 5:9
  • +Mt 1:7

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

2 Kwo. 12:12Kw 11:17
2 Kwo. 12:1Dt 32:15; 2Kw 26:11, 16
2 Kwo. 12:21Wa 11:40; 14:25
2 Kwo. 12:3Na 3:9
2 Kwo. 12:51Wa 12:22-24
2 Kwo. 12:5Dt 28:15; 2Kw 15:2
2 Kwo. 12:62Kw 33:10, 12
2 Kwo. 12:71Wa 21:29; 2Kw 34:26, 27
2 Kwo. 12:91Wa 7:51
2 Kwo. 12:91Wa 10:16, 17; 14:25-28
2 Kwo. 12:122Kw 33:10, 12
2 Kwo. 12:12Lm 3:22
2 Kwo. 12:12Jen 18:23-25; 1Wa 14:1, 13; 2Kw 19:2, 3
2 Kwo. 12:13Dt 23:3; 1Wa 11:1; 14:21
2 Kwo. 12:141Sa 7:3; 1Wa 18:21; Mk 12:30
2 Kwo. 12:151Wa 12:22-24
2 Kwo. 12:152Kw 9:29; 13:22
2 Kwo. 12:151Wa 14:30, 31
2 Kwo. 12:162Sa 5:9
2 Kwo. 12:16Mt 1:7
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Kwonik 12:1-16

2 Kwonik

12 Kou wayòm Wobowam nan te fin byen chita+ e kou Wobowam te vin gen plis pouvwa, li te sispann obeyi Lwa Jewova yo+, e tout pèp Izrayèl la te fè menm jan avè l. 2 Nan senkyèm ane rèy wa Wobowam nan, Chichak+, wa Ejip la, te monte vin atake Jerizalèm, paske moun yo te montre yo pa t fidèl devan Jewova. 3 Li te gen 1 200 charyo, 60 000 kavalye ak yon pakèt sòlda ki te soti ann Ejip. Nan lame sa a, te gen moun Libi, Soukim ak moun Etyopi+. 4 Li te pran vil nan Jida ki te byen pwoteje yo jis li rive Jerizalèm.

5 Pwofèt Chemaya+ t al kot Wobowam ak chèf Jida yo ki te reyini Jerizalèm poutèt yo te pè Chichak, epi li di yo: “Men sa Jewova di: ‘Se paske nou vire do ban mwen ki fè mwen lage nou+ nan men Chichak.’” 6 Lè sa a, chèf yo ki nan pèp Izrayèl la ak wa a imilye tèt yo devan Bondye+ e yo di: “Jewova se yon Bondye ki jis.” 7 Lè Jewova wè yo imilye tèt yo devan l, Jewova pale ak Chemaya, li di l: “Kòm yo imilye tèt yo devan m, mwen pap detwi yo+. Nan yon ti tan ankò, m ap delivre yo. Mwen pap sèvi ak Chichak pou m vide kòlè m sou Jerizalèm. 8 Men, m ap fè yo vin sèvitè Chichak pou yo ka wè diferans ki genyen ant lè y ap sèvi m ak lè y ap sèvi wa* lòt peyi yo.”

9 Vrèmanvre, Chichak, wa Ejip la, te vin atake Jerizalèm. Li pran trezò ki nan kay Jewova a+ ak trezò ki nan kay* wa a. Li pran tout bagay, san wete boukliye annò Salomon te fè yo+. 10 Se sa k fè wa Wobowam te fè yon seri boukliye an kuiv pou ranplase boukliye annò sa yo. Li te kite yo nan men chèf gad* yo ki t ap veye antre kay wa a. 11 Kèlkeswa lè wa a t al nan kay Jewova a, gad yo te konn antre al pran boukliye yo, apre sa, yo te konn remete yo nan chanm gad yo. 12 Lefètke wa a te imilye tèt li, Jewova pa t fache kont li ankò+ e li pa t detwi yo nèt+. Mete sou sa, te gen kèk bon bagay moun nan tribi Jida yo te fè+.

13 Wa Wobowam te vin gen plis otorite nan Jerizalèm e li te kontinye dirije antanke wa. Li te gen 41 an lè l te vin wa. Li te dirije pandan 17 an detan l Jerizalèm, vil Jewova te chwazi pami tout vil nan tribi Izrayèl yo pou bay non l glwa. Manman wa a te rele Naama, se te yon desandan Amon+. 14 Wobowam te fè sa ki mal paske li pa t pran detèminasyon nan kè l pou l chèche Jewova+.

15 Kanta pou bagay ki gen rapò ak Wobowam yo, depi nan kòmansman jiska lafen, èske yo pa parèt nan sa pwofèt Chemaya+ ak nan sa Ido+, moun ki konn fè vizyon an, te ekri nan rejis ki gen non fanmi yo? Te toujou gen lagè ant Wobowam ak Jewobowam+. 16 Apre sa, Wobowam t al repoze bò kot zansèt li yo e yo te antere l nan Vil David la+. Epi, Abija, pitit gason l+, te vin wa nan plas li.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje