2 Kwonik
13 Nan 18yèm ane rèy wa Jewobowam nan, Abija te vin wa nan Jida+. 2 Li te dirije pèp la pandan twazan detan l Jerizalèm. Manman l te rele Mikaya*+, se te pitit fi Ouriyèl, yon moun Gibeya+. Te gen lagè ant Abija ak Jewobowam+.
3 Abija t al fè lagè ak Jewobowam ak yon lame ki te gen 400 000 sòlda vanyan ki te byen antrene+. Jewobowam li menm te rasanble 800 000 sòlda vanyan ki te byen antrene pou l al batay ak Abija. 4 Abija te kanpe sou Mòn Semarayim, ki nan zòn ki gen mòn nan Efrayim nan, epi li di: “Ou menm, Jewobowam ak nou tout, moun Izrayèl yo, koute sa m ap di nou! 5 Èske nou pa konnen Jewova, Bondye Izrayèl la, fè yon alyans sèl*+ avèk David ak desandan l yo+ pou yo dirije pèp Izrayèl la pou toutan+? 6 Men, Jewobowam+, pitit gason Nebat la, ki te sèvitè Salomon, pitit gason David la, te rebele kont mèt li+. 7 Apre sa, yon bann voryen, yon bann aryennafè, t al jwenn li. Yo te reyisi nan rebelyon yo te fè kont Wobowam, pitit gason Salomon an, paske lè sa a, Wobowam te jèn, li te pè e li pa t ka kenbe tèt ak yo.
8 “Kounye a, nou panse nou ka kanpe devan wayòm Jewova a ki nan men desandan David yo paske nou anpil e n ap sèvi ti bèf annò Jewobowam te fè e l te ban nou kòm dye nou yo+. 9 Èske nou pa retire prèt Jewova yo+, desandan Arawon yo, nan fonksyon yo ansanm ak Levit yo e nou chwazi pwòp prèt pa nou menm jan ak moun lòt peyi yo+? Nenpòt moun ki vin* ak yon jenn towo bèf ak sèt mal mouton kapab vin yon prèt pou zidòl nou yo ki pa dye vre. 10 Nou menm, se Jewova ki Bondye nou+ e nou pa vire do ba li. Se pou Jewova prèt nou yo, desandan Arawon yo, ap fè sèvis yo, e Levit yo ap ede yo nan sèvis yo. 11 Chak maten, chak swa+, yo boule ofrann ak lansan santi bon+ pou Jewova. Mete sou sa, yo mete pen yo konn mete youn sou lòt yo*+ sou tab ki fèt ak bon lò a, yo limen lanp yo sou pòtlanp annò a+ chak swa+, paske nou menm nou fè sa Jewova, Bondye nou an, mande nou alòske nou menm nou vire do ba li. 12 Kounye a, tande sa: Vrè Dye a avèk nou, se li ki alatèt nou ansanm ak prèt li yo ki gen twonpèt nan men yo pou yo ban nou siyal pou nou prepare nou pou nou fè lagè kont nou. Nou menm, mesye Izrayèl yo, pinga nou goumen kont Jewova, Bondye zansèt nou yo, paske nou pap reyisi+.”
13 Men, Jewobowam voye sòlda al pase pa dèyè mesye Jida yo, konsa, li menm ak sòlda ki te avè l yo te devan yo e sòlda li te voye yo te dèyè yo. 14 Lè mesye Jida yo vire, yo wè y ap oblije goumen ni devan ni dèyè. Se sa k fè yo te kòmanse rele Jewova+ toutpandan prèt yo t ap sonnen twonpèt yo byen fò. 15 Mesye Jida yo te fè yon gwo rèl jan moun ki nan lagè abitye fè sa. Apre mesye Jida yo te fin fè rèl la, vrè Dye a te fè Jewobowam ak tout moun Izrayèl yo pèdi batay la devan Abija ak mesye Jida yo. 16 Izrayelit yo te kouri pou mesye Jida yo e vrè Dye a te fè yo tonbe anba men mesye Jida yo. 17 Abija ak moun ki te avèk li yo te touye yon pakèt sòlda izrayelit. Antou, yo te touye 500 000 sòlda ki te byen antrene. 18 Se konsa mesye Jida yo te imilye mesye Izrayèl yo e yo te montre yo gen plis fòs, paske yo te mete konfyans yo nan* Jewova, Bondye zansèt yo+. 19 Abija te kontinye kouri dèyè Jewobowam e li te rive pran yon seri vil nan men l. Li te pran Betèl+, Jechana, Efrayin+ ak tout ti vil ki te sou kont* vil sa yo. 20 Pandan epòk Abija te wa a, Jewobowam pa t janm retounen gen menm pouvwa l te genyen an. Apre sa, Jewova frape Jewobowam e Jewobowam mouri+.
21 Wayòm Abija a te vin gen plis fòs. Rive yon lè, Abija te vin gen 14 madanm+, 22 pitit gason ak 16 pitit fi. 22 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Abija yo, sa l te fè ak sa l te di, nou jwenn yo nan sa pwofèt Ido+ te ekri yo*.