BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Nonb 32:20-22
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 20 Moyiz di yo: “Si nou fè sa vre, nou pran zam nou pou n al nan lagè devan Jewova+, 21 e si nou chak pran zam nou, nou travèse Rivyè Jouden an devan Jewova, pandan l ap fè ènmi l yo sot devan l+ 22 jiskaske peyi a vin anba men Jewova+, apre sa nou mèt retounen lakay nou+. Nou pap koupab ni devan Jewova ni devan pèp Izrayèl la. Lè sa a, peyi sa a ap vin eritaj nou devan Jewova+.

  • Nonb 32:25-29
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 25 Desandan Gad yo ak desandan Ribenn yo di Moyiz: “Nou menm sèvitè w yo, n ap suiv egzakteman lòd ou menm, mèt nou an, ban nou. 26 Pitit nou yo, madanm nou yo, twoupo bèt nou yo ak tout bèt nou gen lakay nou yo ap ret la nan vil Galaad yo+, 27 men, nou menm sèvitè w yo, tout gason ki gen zam yo, n ap travèse pou n al fè lagè devan Jewova+, jan ou menm, mèt nou, ou di nou an.”

      28 Se konsa, Moyiz te bay Eleyaza, prèt la, ak Jozye, pitit gason Noun nan, ak chèf fanmi nan tribi Izrayèl yo yon lòd konsènan mesye sa yo. 29 Moyiz te di yo: “Si desandan Gad yo ak desandan Ribenn yo travèse Rivyè Jouden an avèk nou, chak gason ak zam nan men yo pou yo fè lagè devan Jewova, e peyi a vin anba men nou, lè sa a n ap ba yo peyi Galaad kòm eritaj+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje