2 Poukisa nasyon yo ap bat kò yo konsa a?
E poukisa pèp yo ap pale tou ba sou yon bagay ki pa gen valè+?
2 Wa latè yo pran pozisyon yo
E gwo potanta yo rasanble, yo fè yon sèl+
Kont Jewova e kont sila a li chwazi a+.
3 Men sa yo di: “Annou kase chenn yo itilize pou mare nou yo
E annou wete kòd yo met sou nou yo!”
4 Sila a ki chita sou twòn li nan syèl la pral ri.
Jewova pral pase yo nan rizib.
5 Lè sa a, l ap pale avèk yo tou an kòlè
E l ap fè yo pè tèlman l ap an kòlè.
6 L ap di yo: “Se mwen menm ki mete wa m nan+
Sou Siyon+, mòn mwen an ki sakre.”
7 Kite m fè konnen sa Jewova di.
Li di m: “Ou se pitit gason m+.
Jodi a, mwen vin papa w+.
8 Mande m sa, e m ap ba w nasyon yo kòm eritaj pa w,
M ap ba w tout tè a kòm byen pa w+.
9 W ap kraze yo ak yon baton fè+,
W ap kraze yo kòmsi se te veso ki fèt ann ajil+.”
10 Kounye a, nou menm wa, montre nou gen bon konprann.
Aksepte yo korije nou, nou menm jij ki sou tè a.
11 Se pou nou sèvi Jewova avèk krent,
Se pou nou gen kè kontan toutpandan nou gen lakrentif pou li.
12 Onore pitit gason an+! Si nou pa fè sa, Bondye ap fache,
E n ap peri+.
Paske, li ka vin an kòlè byen vit.
Byennere moun ki pran refij nan li.