2 Kwonik
22 Apre sa, moun ki abite Jerizalèm yo mete Ahazya, dènye pitit gason Jeworam nan, wa nan plas li, paske bann vòlè ki te met ak Arab yo pou yo atake kan Jida a te touye tout pi gran pitit Jeworam yo+. Konsa, Ahazya, pitit gason Jeworam nan, te kòmanse dirije Jida kòm wa+. 2 Ahazya te gen 22 an lè l te vin wa e li te dirije pandan yon ane detan l Jerizalèm. Manman l te rele Atali+. Se te pitit pitit fi* Omri+.
3 Ahazya te suiv menm chemen ak moun nan fanmi Ahab yo tou+, paske se manman l ki t ap ba l konsèy e ki t ap fè l fè sa ki mal. 4 Li te kontinye fè sa ki mal nan je Jewova menm jan ak moun nan fanmi Ahab yo paske se yo menm ki te vin ap ba l konsèy apre papa l te fin mouri, e sa te lakòz malè rive l. 5 Li te suiv konsèy yo te ba li e li te met ak Jeworam, pitit gason Ahab, wa Izrayèl la, pou l al batay ak Azayèl+, wa peyi Siri a, nan Ramòtgalaad+, kote sòlda ki t ap tire flèch yo te blese Jeworam. 6 Jeworam te retounen Jizreyèl+ pou l ka geri apre yo te fin blese l nan Rama, lè l t ap batay ak Azayèl, wa peyi Siri a+.
Ahazya*, pitit gason Jeworam+, wa Jida a, te desann Jizreyèl pou l al wè Jeworam+, pitit gason Ahab la, paske Jeworam te blese*+. 7 Men, Bondye te fè Ahazya mouri lè l t al wè Jeworam nan. Pandan l t al wè l la, li te akonpaye l pou l al rankontre Jeyi+, pitit pitit gason* Nimchi a. Jeyi se moun Jewova te chwazi pou l touye moun nan fanmi Ahab yo+. 8 Lè Jeyi te kòmanse aji kont fanmi Ahab, li te rankontre chèf ki nan Jida yo ansanm ak pitit gason frè Ahazya yo, ki t ap sèvi Ahazya, e li te touye yo+. 9 Apre sa, li met moun chèche Ahazya. Lè yo jwenn li kote l te kache nan Samari a, yo met men sou li epi yo pote l bay Jeyi. Apre sa, yo touye l epi yo antere l+. Paske, yo te di: “Se pitit pitit gason Jozafa, li menm ki te chèche Jewova ak tout kè l+.” Pa t gen pèsonn nan fanmi Ahazya ki te gen pouvwa pou dirije wayòm nan.
10 Lè Atali+, manman Ahazya, wè pitit gason l lan mouri, li touye tout pitit wa* Jida a nèt+. 11 Men, Jewochabat, pitit fi wa a, te pran Jewowas+, yon pitit gason Ahazya, pou yo pa touye l ansanm ak rès pitit gason wa a. Li te kache ni li menm ni nouris li a anndan yon chanm. Jewochabat, pitit fi wa Jeworam+, madanm prèt Jewoyada+, sè Ahazya, te rive kache pitit la pou Atali pa jwenn li e konsa, li pa t touye l+. 12 Li te rete avèk yo, li te ret kache nan kay vrè Dye a pandan sizan, pandan Atali t ap dirije peyi a.