Labib — Tradiksyon monn nouvo a Oze — Sa ki gen nan liv sa a OZE SA KI GEN NAN LIV SA A 1 Madanm Oze ak pitit li fè yo (1-9) Jizreyèl (4), Lowouwama (6) ak Lowami (9) Espwa pou moun yo tounen e pou yo met tèt yo ansanm (10, 11) 2 Izrayèl jwenn pinisyon paske l pa fidèl (1-13) Yo retounen al jwenn Jewova ki tankou yon mari pou yo (14-23) “W ap rele m Mari w” (16) 3 Oze repran madanm li ki te fè adiltè (1-3) Izrayèl ap retounen al jwenn Jewova (4, 5) 4 Jijman Jewova kont pèp Izrayèl la (1-8) Pa gen konesans sou Bondye nan peyi a (1) Pèp Izrayèl la ap adore zidòl e yo imoral anpil (9-19) Lè se imoralite ki nan lespri yon moun, l ap pèdi wout li (12) 5 Jijman kont Efrayim ak Jida (1-15) 6 Yon envitasyon pou yo retounen al jwenn Jewova (1-3) Pèp la pa gen yon lanmou ki fidèl vre (4-6) Lanmou ki fidèl pi bon pase sakrifis (6) Konduit pèp la fè moun wont (7-11) 7 Bagay mal Efrayim fè yo (1-16) Pèsonn pa ka chape anba filè Bondye a (12) 8 Moun k ap adore zidòl yo ap peye pou sa (1-14) Simen van, rekòlte van tanpèt (7) Izrayèl bliye Sila a ki te fè yo a (14) 9 Bondye rejte Efrayim akoz peche Efrayim yo (1-17) Y al adore dye ki fè moun wont lan (10) 10 Izrayèl se yon jaden rezen ki fin depafini e ki pral detwi (1-15) Plante epi rekòlte (12, 13) 11 Depi lè Izrayèl te piti, Bondye te renmen l (1-12) “Mwen te rele pitit gason m nan pou l kite peyi Ejip” (1) 12 Efrayim dwe retounen vin jwenn Jewova (1-14) Jakòb te lite ak Bondye (3) Jakòb te kriye pou Bondye fè l favè (4) 13 Efrayim lage kò l nan adore zidòl, li bliye Jewova (1-16) “O Lanmò, kote pikan w yo?” (14) 14 Yo ankouraje yo retounen vin jwenn Jewova (1-3) Fè louwanj pou Bondye ak bouch nou (2) Bondye ap geri Izrayèl, yo pap aji yon fason ki pa fidèl ankò (4-9)