NEYEMI
1 Men pawòl Neyemi*+, pitit gason Akalya a, te di: Nan 20yèm ane rèy wa Atagzèsès, nan mwa Kislèv*, mwen te nan sitadèl* Souz la+. 2 Nan moman sa a, Anani+, youn nan frè m yo, ak kèk lòt mesye ki moun Jida te vin vizite m. Mwen te mande yo nouvèl rès Juif ki te sot ann egzil yo+ e mwen te mande yo nouvèl Jerizalèm. 3 Yo te di m: “Moun ki rete nan tèritwa a ki te sot ann egzil yo nan yon sitiyasyon ki pa bon menm e y ap viv nan lawont+. Miray Jerizalèm yo kraze+ e yo boule pòtay li yo+.”
4 Kou m tande pawòl sa yo, mwen chita e m tonbe kriye. Mwen te fè plizyè jou nan lapenn. Mwen te ret san manje+ e mwen te priye Bondye k ap dirije nan syèl la. 5 Mwen te di: “O Jewova, Bondye k ap dirije nan syèl la, Bondye ki gran an, ou menm ki merite pou moun gen lakrentif pou ou, ki respekte alyans ou fè, ki montre ou gen lanmou ki fidèl pou moun ki renmen w e ki obeyi kòmandman w+, 6 tanpri, panche zòrèy ou pou w koute priyè mwen menm, sèvitè w la, ap fè devan w jodi a. M ap priye w lajounen kou lannuit+ pou Izrayelit yo, sèvitè w yo, pandan m ap konfese peche pèp Izrayèl la fè kont ou. Ni mwen menm, ni pèp mwen an*+, nou tout peche. 7 Nou vrèman aji mal kont ou+, paske nou pa obeyi kòmandman w yo, lòd ou yo ak lwa w te bay Moyiz, sèvitè w la+.
8 “Tanpri, sonje kòmandman* ou te bay Moyiz, sèvitè w la, lè w te di: ‘Si nou pa fidèl, m ap gaye nou nan mitan pèp yo+. 9 Men, si nou vin jwenn mwen, nou suiv kòmandman m yo e nou obeyi yo, menmsi nou ta gaye jis nan dènye pwent syèl la, m ap rasanble nou+ e m ap mennen nou kote m chwazi pou nou bay non m glwa a+.’ 10 Se sèvitè w yo ye e yo se pèp ou, ou te delivre yo ak fòs ou ki san parèy e avèk pisans ou+. 11 O Jewova, tanpri, panche zòrèy ou pou w koute priyè sèvitè w la, koute priyè sèvitè w la ki pran plezi nan lakrentif pou non w. Tanpri, fè sèvitè w la reyisi jodi a e fè wa a gen pitye pou mwen+.”
Lè sa a, se mwen menm ki te konn sèvi wa a bwason+.
2 Nan 20yèm ane+ rèy wa Atagzèsès+, nan mwa Nizan*, yon lè pandan wa a te anvi bwè diven, mwen te pran diven e m te sèvi wa a, jan m te konn fè sa+. Men, mwen pa t janm konn tris devan wa a. 2 Se sa k fè, wa a te mande m: “Poukisa w parèt tris konsa, alòske w pa malad? Sa pa lòt bagay, se kè w ki pa kontan.” Menm kote a, mwen vin pè anpil.
3 Epi, mwen di wa a: “Se pou wa a viv lontan! Ki jan m ta fè pa parèt tris piske vil kote yo antere zansèt mwen yo boule, li anba dekonm, epi pòtay li yo fin boule+?” 4 Apre sa, wa a di m: “Ki sa w vle menm?” Menm kote a, mwen priye Bondye k ap dirije nan syèl la+. 5 Epi, mwen di wa a: “Si w dakò, monwa, si sèvitè w la fè w plezi, voye m al Jida, vil kote yo te antere zansèt mwen yo, pou m ka rebati l+.” 6 Lè sa a, madanm wa a* te chita bò kote wa a, epi wa a mande m: “Konbyen tan vwayaj w ap fè a ap pran e ki lè w ap retounen?” Konsa, wa a te dakò voye m ale+, e mwen te tou di l ki lè m ap tounen+.
7 Apre sa, mwen di wa a: “Si w dakò, monwa, fè yo ban m lèt pou m bay gouvènè yo ki nan zòn pa lòtbò Rivyè a*+, pou yo ka kite m pase nan tèritwa yo jiskaske m rive Jida. 8 Epi, fè yo ban m yon lèt pou m bay Asaf ki responsab forè ki nan wayòm nan* pou l ka ban m bwa pou m fè poto pou Pòtay Fò+ ki pou kay Bondye a* ak bwa pou miray vil la+ ansanm ak kay kote m pral rete a.” Wa a te ban m sa m te mande l yo+, paske Bondye m nan te avè m+.
9 Alafen, mwen te rive kote gouvènè yo nan zòn ki pa lòtbò Rivyè a e mwen te ba yo lèt wa a te voye yo. Epi, wa a te voye kèk chèf nan lame l la ansanm avè m ak kèk sòlda ki sou cheval. 10 Lè Sanbala+, moun Bètowon, ak Tobya+, yon chèf nan gouvènman an* ki desandan Amon+, tande sa, yo pa t kontan ditou poutèt gen yon moun ki te vin fè bon bagay pou pèp Izrayèl la.
11 Finalman, mwen te rive Jerizalèm e mwen te rete la pandan twa jou. 12 Mwen te leve lannuit, mwen menm ak kèk mesye ki te ansanm avè m, e m pa t di pèsonn ki sa Bondye m nan te met nan kè m pou m fè pou Jerizalèm. Mwen pa t gen okenn bèt avè m, sof bèt mwen te monte sou li a. 13 Mwen te soti lannuit lan nan Pòtay Vale+, mwen pase devan Basen Gwo Koulèv pou m al nan Pòtay Pil Sann+, e mwen t ap gade eta miray Jerizalèm yo ki te kraze ansanm ak pòtay li yo ki te boule+. 14 Epi, mwen te pase tou dwat bò Pòtay Sous+, bò Basen Wa, e kote ki te genyen an te twò piti pou bèt mwen te sou li a pase. 15 Men, mwen te kontinye monte nan vale a pandan+ nuit lan e mwen t ap gade eta miray la. Apre sa, mwen te tounen al pase nan Pòtay Vale, epi mwen retounen.
16 Chèf yo+ pa t konnen ni kote m t ale ni ki sa m t ap fè, paske mwen potko di Juif yo anyen, sa vle di prèt yo, gwo potanta yo, chèf yo ak lòt travayè yo. 17 Alafen, mwen di yo: “Nou ka wè nan ki traka nou ye, jan Jerizalèm fin kraze e pòtay li yo fin boule. Vini, annou rebati miray Jerizalèm yo pou lawont sa a soti sou nou!” 18 Apre sa, mwen esplike yo ki jan Bondye te avè m+ e mwen te di yo pawòl wa a te di m yo+. Lè sa a, yo di: “Annou kanpe pou nou bati miray la.” Konsa, yo te met kouraj sou yo* pou yo fè travay la+.
19 Twouve, lè Sanbala, moun Bètowon, Tobya+, chèf* nan gouvènman an ki desandan Amon an+, ak Gechèm, moun Arabi a+, tande sa, yo te pran pase nou nan rizib e yo te manke nou dega+, yo te di: “Sa n ap fè la a? Èske se revòlte n ap revòlte kont wa a+?” 20 Men, mwen te reponn yo: “Se Bondye k ap dirije nan syèl la k ap fè nou reyisi+, e nou menm, sèvitè l yo, n ap bati miray la. Kanta pou nou menm, nou pa gen ni eritaj, ni dwa, ni anyen pou fè yo sonje nou nan Jerizalèm+.”
3 Elyachib+, gran prèt la, ansanm ak frè l yo, prèt yo, te kòmanse bati pòtay ki rele Pòtay Mouton an+. Yo te dedye l+ e yo te monte pòt li yo. Yo te dedye pati sa a rive jis nan Fò Meya+ e rive jis nan Fò Ananèl+. 2 Toupre yo, te gen mesye Jeriko yo+ ki t ap travay nan konstriksyon an, e bò kote yo, te gen Zakou, pitit gason Imri, ki t ap travay nan konstriksyon an tou.
3 Desandan Asenaya yo te bati pòtay ki rele Pòtay Pwason+ an. Yo te mete poto bwa yo+, yo te monte pòt yo e yo te mete kwòk ak ba pou fèmen pòt yo. 4 Toupre yo a, te gen Meremòt+, pitit gason Ouriya ki pitit gason Akòz, ki t ap fè reparasyon nan miray la. Bò kote yo, te gen Mechoulam+, pitit gason Berekya ki pitit gason Mechezabèl, ki t ap fè reparasyon nan miray la tou. Epi, toupre yo a, te gen Zadòk, pitit gason Bana, ki t ap fè reparasyon nan miray la. 5 Bò kote mesye sa yo, te gen moun Tekowa yo+ ki t ap fè reparasyon nan miray la, men mesye enpòtan pami mesye sa yo pa t vle desann tèt yo pou yo patisipe nan* travay moun ki te alatèt yo te bay fè a.
6 Se Jadon, pitit gason Paseya, ak Mechoulam, pitit gason Besodeya, ki te repare Pòtay Ansyen Vil la+. Yo te mete poto bwa yo, yo te monte pòt yo e yo te mete kwòk ak ba pou fèmen pòt yo. 7 Toupre yo a, te gen Melatya, moun Gabawon+, ak Jadon, moun Mewonòt, ki t ap fè reparasyon nan miray la. Mesye sa yo se moun Gabawon ak Mispa+, e yo t ap travay anba otorite* gouvènè ki nan zòn pa lòtbò Rivyè a*+. 8 Bò kote yo a, te gen Ouzyèl, pitit gason Araya, youn nan òfèv yo, ki t ap fè reparasyon nan miray la, e toupre l, te gen Anànya, youn nan moun ki te konn fè luil santi bon* yo, ki t ap fè reparasyon nan miray la. Toule de mesye sa yo te fè* wout Jerizalèm yo rive jis bò Gwo Miray la+. 9 Toupre yo a, te gen Refaya, pitit gason Ou, yon prens ki t ap dirije mwatye nan tèritwa Jerizalèm yo, ki t ap fè reparasyon nan miray la. 10 Pa twò lwen yo, te gen Jedaya, pitit gason Awoumaf, ki t ap fè reparasyon nan miray la anfas lakay li. Toupre l, te gen Atouch, pitit gason Achabnya, ki t ap fè reparasyon nan miray la tou.
11 Malkija, pitit gason Arim+, ak Achoub, pitit gason Paratmowab+, t ap repare yon lòt pati* nan miray la e yo te repare fò yo rele Fò Founo Pen+ an. 12 Toupre yo a, te gen Chaloum, pitit gason Alowèch, yon prens ki t ap dirije mwatye nan tèritwa Jerizalèm nan, ki t ap fè reparasyon nan miray la ansanm ak pitit fi l yo.
13 Se Anoun ansanm ak moun ki abite Zanowa+ yo ki te repare Pòtay Vale+. Yo te repare l, yo te monte pòt yo, yo te mete kwòk ak ba pou fèmen pòt yo e yo te repare yon pati nan miray la ki te gen yon longè anviwon 1 000 koude* ki te rive jis nan zòn Pòtay Pil Sann+. 14 Malkija, pitit gason Rekab, yon prens nan zòn Bètakerèm+, te repare Pòtay Pil Sann. Li te fini l, li monte pòt yo e li te mete kwòk ak ba pou fèmen pòt yo.
15 Chaloun, pitit gason Kòloze, yon prens nan tèritwa Mispa+, te repare Pòtay Sous+. Li te fini l e li te fè do kay la, li te monte pòt yo e li te mete kwòk ak ba pou fèmen pòt yo, e se li ki te repare pati miray ki sot nan zòn Basen+ Chela* al nan zòn Jaden Wa a+, rive jis nan zòn Mach Eskalye+ ki desann sot nan Vil David+.
16 Bò kote l, te gen Neyemi, pitit gason Azbouk, yon prens ki t ap dirije mwatye nan tèritwa Bètsou a+, ki t ap fè reparasyon nan miray la soti anfas Simityè David+ al nan basen+ yo te fè a, rive jis nan zòn Kay Gason Vanyan yo.
17 Bò kote l, te gen Levit ki t ap fè reparasyon nan miray la. Pa egzanp, te gen Reyoum, pitit gason Bani. Toupre l, te gen Achabya, yon prens ki t ap dirije mwatye nan tèritwa Keyila a+, ki t ap fè reparasyon nan miray la nan tèritwa l la. 18 Bò kote l, te gen frè mesye yo ki t ap fè reparasyon nan miray la. Pa egzanp, te gen Bavayi, pitit gason Enadad, yon prens ki t ap dirije mwatye nan tèritwa Keyila a.
19 Epi, toupre l, te gen Ezè, pitit gason Jechwa+, yon prens nan Mispa, ki t ap repare yon lòt pati nan miray la ki anfas pant ki mennen nan Depo Zam ki nan zòn yo rele Poto Sipò a+.
20 Bò kote l, te gen Bawouk, pitit gason Zabayi+, ki te chofe nan travay la. Li te repare yon lòt pati nan miray la ki soti bò Poto Sipò rive jis nan antre kay Elyachib+, gran prèt la.
21 Bò kote l, te gen Meremòt+, pitit gason Ouriya ki pitit gason Akòz, ki t ap repare yon lòt pati nan miray la, soti nan antre kay Elyachib la rive jis nan dènye bout kay la.
22 Epi, bò kote l, te gen prèt yo, mesye ki moun zòn Jouden+ yo*, ki t ap fè reparasyon nan miray la. 23 Bò kote mesye sa yo, te gen Benjamen ak Achoub ki t ap repare pati nan miray la ki anfas kay pa yo. Bò kote yo, te gen Azarya, pitit gason Maraseya ki pitit gason Anànya, ki t ap fè reparasyon nan miray la toupre kay pa l. 24 Bò kote l, te gen Binouwi, pitit gason Enadad, ki t ap repare yon lòt pati nan miray la, soti bò kay Azarya al jis bò Poto Sipò+, rive nan kafou a.
25 Bò kote l, te gen Palal, pitit gason Ouzayi, ki t ap repare pati miray la ki anfas Poto Sipò a ak fò ki kole ak Kay Wa a*+, fò ki pi wo a ki bò kot Lakou Gad yo+. Pedaya, pitit gason Pawòch+, te ansanm avè l.
26 Moun ki t ap travay nan tanp lan*+ ki te abite Ofèl+ yo te fè reparasyon nan miray la rive jis anfas Pòtay Dlo+, ki nan pati lès ak nan pati miray la ki kole ak fò a.
27 Bò kote yo, te gen moun Tekowa yo+ ki t ap repare yon lòt pati nan miray la, soti devan pati miray ki kole ak fò a rive nan pati miray ki nan Ofèl la.
28 Prèt yo te repare pati miray ki pa anlè Pòtay Cheval la+, yo chak te travay devan kay pa yo.
29 Bò kote yo, te gen Zadòk+, pitit gason Imè, ki t ap fè reparasyon nan miray la anfas kay pa l.
Bò kote l, te gen Chemaya, pitit gason Chekànya, gadyen Pòtay Lès la+, ki t ap fè reparasyon nan miray la.
30 Bò kote l, te gen Anànya, pitit gason Chelemya, ak Anoun, sizyèm pitit gason Zalaf, ki t ap repare yon lòt pati nan miray la.
Bò kote l, te gen Mechoulam+, pitit gason Berekya, ki t ap fè reparasyon nan miray la anfas gwo pyès kay li a.
31 Bò kote l, te gen Malkija, youn nan moun ki nan gwoup òfèv yo, ki t ap fè reparasyon nan miray la rive jis lakay gwoup moun ki t ap travay nan tanp lan*+ ak lakay komèsan yo, anfas Pòtay Enspeksyon an, e yo te kontinye fè reparasyon nan miray la rive jis nan pyès ki anlè nan kwen miray la.
32 Epi, òfèv yo ak komèsan yo te fè reparasyon nan miray la nan pati ki ant pyès ki anlè nan kwen miray la ak Pòtay Mouton an+.
4 Twouve, kou Sanbala+ te fin tande n ap rebati miray la, li te vin fache e li te move* anpil, epi li te kontinye pase Juif yo nan rizib. 2 Devan tout frè l yo ak lame Samari a, li te di: “Ki sa bann Juif san fòs sa yo ap fè la a? Èske y ap ka fè travay sa a poukont yo? Èske y ap ka ofri sakrifis? Èske y ap fini nan yon jou? Èske y ap fè wòch tou boule yo pran nan pil dekonm plen pousyè sa yo vin bon ankò+?”
3 Epi, Tobya+, desandan Amon an+, ki te kanpe bò kote l, te di: “Si menm yon rena ta monte sou miray an wòch y ap bati a, sa kont pou vide l atè.”
4 Lè sa a, Neyemi di: “O Bondye nou an, gade ki jan yo pa gen respè pou nou+! Fè sa yo di a retounen kont yo+ epi fè yo pran yo pou yo mennen yo ann egzil! 5 Pa fèmen je sou bagay mal yo fè e pa efase peche yo fè devan w lan+, paske yo te manke mesye k ap travay nan miray yo dega.”
6 Se konsa, nou te kontinye bati miray la, tout miray la te vin fè yon sèl e li te fini rive nan mwatye wotè l. Moun yo te kontinye travay ak tout kè yo.
7 Kounye a, kou Sanbala, Tobya+, moun Arabi yo+, desandan Amon yo ak moun Achdòd yo+ tande travay reparasyon miray Jerizalèm yo ap avanse e twou yo te fin bouche, yo te vin move anpil. 8 Yo te fè plan pou yo monte vin batay kont Jerizalèm e pou yo vin simen latwoublay nan vil la. 9 Men, nou te priye Bondye nou an e nou te met moun veye yo lajounen kou lannuit.
10 Men, moun Jida yo t ap di: “Moun k ap travay yo vin pèdi fòs e gen anpil dekonm pou nou retire. Nou pap janm ka bati miray la.”
11 Epi, ènmi nou yo pa t sispann di: “N ap rive sou yo san yo pa atann e san yo pa wè nou, n ap touye yo e n ap kanpe travay la.”
12 Chak fwa Juif ki te abite toupre tèritwa ènmi nou yo te vin kote nou, yo t ap di nou san rete*: “Ènmi yo ap sot nan tout direksyon pou vin atake nou.”
13 Se sa k fè mwen te met gason fè pòs nan zòn ki pi ba dèyè miray la, nan zòn ki pa bare yo, e mwen te mete yo la ak fanmi yo. Yo te gen epe yo, lans yo ak banza* yo nan men yo. 14 Lè m wè jan yo pè, menm kote a, mwen leve epi m di gwo potanta yo+, lòt chèf yo ak rès moun nan pèp la: “Pinga nou pè yo+! Sonje Jewova gran e li merite pou moun gen lakrentif pou li+. Goumen pou frè nou yo, pou pitit gason nou yo ak pitit fi nou yo, pou madanm nou yo, epi defann kay nou.”
15 Lè ènmi nou yo vin aprann nou konnen sa yo te anvi fè a e vrè Dye a te gate plan yo a, nou tout te retounen al travay nan miray la. 16 Depi jou sa a, mwatye nan mesye m yo t ap travay nan miray la+ e lòt mwatye a te kenbe lans yo, boukliye yo ak banza yo nan men yo, epi yo te gen jile sou yo ki te gen ti plak an metal. Prens yo+ te kanpe dèyè moun Jida yo 17 ki t ap bati miray la. Moun ki t ap travay yo te travay ak yon sèl men e yo te kenbe zam yo ak lòt men an. 18 Epi, tout moun ki t ap bati miray la te gen epe mare nan senti yo pandan yo t ap travay. Moun ki la pou sonnen kòn+ nan te kanpe bò kote m.
19 Lè sa a, mwen te di gwo potanta yo ak lòt chèf yo ansanm ak rès moun pami pèp la: “Travay la anpil e gen travay tout kote. N ap travay nan tout miray la e youn byen lwen lòt. 20 Kou nou tande yo sonnen kòn nan, se pou nou rasanble kote nou ye a. Bondye nou an ap konbat pou nou+.”
21 Se konsa, nou te kontinye travay. Mwatye nan nou t ap travay, pandan lòt mwatye a te kenbe lans yo nan men yo depi anvan l fè jou pou jis zetwal yo kòmanse parèt. 22 Lè sa a, mwen te di moun yo: “Se pou chak gason ansanm ak moun k ap travay avè l la pase nuit lan anndan vil Jerizalèm, y ap veye nou lannuit e y ap travay lajounen.” 23 Se sa k fè, ni mwen menm, ni frè m yo, ni sèvitè m yo+ ak gad k ap mache dèyè m yo pa t janm ret san rad sou nou e nou chak te kenbe zam nou nan men dwat nou.
5 Men, pèp la, anpalan de mesye yo ansanm ak madanm yo, t ap plenyen byen fò kont Juif parèy yo ki frè yo+. 2 Kèk ladan yo t ap di: “Nou menm ak pitit gason nou yo ansanm ak pitit fi nou yo, nou anpil. Nou dwe jwenn manje pou nou manje pou n pa mouri.” 3 Gen lòt ki t ap di: “Se jaden nou yo, pye rezen nou yo ak kay nou n ap bay kòm garanti pou n ka jwenn manje pou n manje pandan epòk grangou a.” 4 Gen lòt ankò ki t ap di: “Nou prete lajan sou jaden nou yo ak pye rezen nou yo pou n peye taks pou wa a+. 5 Frè nou yo se san nou*, e pitit nou yo se menm ak pitit pa yo. Epoutan, nou oblije fè pitit gason nou yo ak pitit fi nou yo vin esklav, e gen kèk nan pitit fi nou yo ki deja esklav+. Men, nou pa ka anpeche sa fèt, paske se pou lòt moun jaden nou yo ak pye rezen nou yo ye.”
6 Lè m te tande yo t ap plenyen e m te tande pawòl sa yo, mwen te vin fache anpil. 7 Se sa k fè mwen te reflechi sou bagay sa yo anpil e mwen pa t dakò ak gwo potanta yo ak lòt chèf yo, mwen te di yo: “Mwen wè nou chak egzije frè nou yo peye gwo enterè*+.”
Mete sou sa, pou m rezoud pwoblèm nan, mwen te fè tout moun reyini. 8 Epi, mwen di yo: “Nou fè tout sa n kapab pou n te peye pou n te ka rachte Juif parèy nou yo, frè nou yo, yo te vann bay lòt nasyon yo. Men, èske kounye a n ap vann pwòp frè nou yo+, epi pou n al peye pou nou rachte yo?” Lè yo te tande sa, yo pa t di yon mo e yo pa t jwenn anyen pou yo di. 9 Epi, mwen di yo: “Sa n ap fè a pa bon. Èske nou pa dwe gen lakrentif pou Bondye nou an+, yon fason pou nasyon yo, ènmi nou yo, pa ka fè nou wont? 10 Epitou, mwen menm ansanm ak frè m yo ak sèvitè m yo ap prete yo lajan ak manje angren. Tanpri, annou sispann prete yo ak enterè+. 11 Tanpri, jodi a menm, annou remèt yo jaden yo+, plantasyon rezen yo, jaden oliv yo ak kay yo ansanm ak enterè* nou te fè yo peye sou lajan, manje angren, diven ak luil nou te prete yo.”
12 Lè sa a, yo di: “N ap remèt yo bagay sa yo e nou pap mande yo anyen. N ap fè egzakteman jan w di a.” Se konsa, mwen te rele prèt yo e mwen te fè mesye sa yo fè sèman pou yo kenbe pwomès sa a. 13 Epitou, mwen te souke pòch rad mwen* pou l ka pa gen anyen ladan l e mwen te di: “Se konsa pou vrè Dye a souke tout mesye ki pa kenbe pwomès yo pou l fè yo kite kay yo ak byen yo e se konsa pou l souke yo pou l kite yo san anyen.” Lè tout foul moun ki te rasanble yo tande sa, yo di: “Amèn*!” Epi, yo louwe Jewova e pèp la fè sa l te pwomèt la.
14 Epitou, depi jou wa Atagzèsès+ te chwazi m pou m vin gouvènè+ moun nan peyi Jida yo, depi nan 20yèm ane+ rèy wa a rive nan 32yèm ane a+, sa te fè 12 an, ni mwen menm ni frè m yo, nou pa t manje manje yo te dwe bay gouvènè yo+. 15 Men, gouvènè ki te la anvan m yo te mete twòp chay sou do pèp la e yo te pran 40 chekèl* ann ajan nan men yo pou manje ak diven chak jou. Epitou, sèvitè gouvènè yo te genyen yo te konn toupizi pèp la. Men mwen menm, mwen pa t fè sa+, paske mwen gen lakrentif pou Bondye+.
16 Anplis, mwen te bay kout men nan travay ki t ap fèt nan miray la, e nou pa t achte okenn tè+. Tout sèvitè m yo te rasanble la pou travay la. 17 Te gen 150 Juif ak lòt chèf mwen te konn bay manje, ansanm ak lòt moun ki te sot nan nasyon yo vin kote nou. 18 Chak jou, yo te prepare yon towo bèf, sis bèl mouton ak plizyè bèt volay pou mwen*, e yon fwa chak dis jou, nou te konn gen tout kalite diven agogo. Aktout sa, mwen pa t janm mande pou yo ban m manje yo te dwe bay gouvènè yo, paske pèp la te deja gen twòp chay sou do l. 19 Se sa k fè m te priye Bondye, mwen te di l: “O Bondye m nan, sonje m pou w aji byen avè m pou tout sa m fè pou pèp sa a+.”
6 Ebyen, kou Sanbala, Tobya+, Gechèm ki moun Arabi+, ak rès moun ki te ènmi nou yo te tande nou fin rebati miray la+ e pa t ret okenn twou ladan l (byenke nan moman sa a mwen potko monte pòt nan pòtay yo+), 2 san pèdi tan, Sanbala ak Gechèm te voye di m: “Vini pou nou pran yon randevou pou n rankontre nan youn nan bouk ki nan Vale Ono+ yo.” Men, yo te monte konplo pou yo fè m mal. 3 Se sa k fè mwen te voye al di yo: “M ap fè yon gwo travay, mwen pap ka desann kote nou. Paske si m kite travay la pou m vin kote nou, travay la ap kanpe.” 4 Pandan kat fwa, yo te voye menm mesaj la ban mwen e chak fwa, mwen te ba yo menm repons lan.
5 Epi, Sanbala te voye sèvitè l la vin di m menm bagay la yon senkyèm fwa, li te gen yon lèt tou ouvè nan men l. 6 Men sa ki te ekri nan lèt la: “Mwen tande moun lòt nasyon yo ap di, e se sa Gechèm+ di tou, ou menm ak Juif yo ap fè plan pou nou fè yon soulèvman+. Se sa k fè w ap bati miray la, e selon rapò nou jwenn, se ou menm k ap vin wa yo. 7 Mete sou sa, ou mete pwofèt pou al pale de ou nan tout Jerizalèm, pou y al di: ‘Gen yon wa nan Jida!’ Gade! Wa nou an ap konn bagay sa yo. Kounye a, vini pou nou pale sou sa.”
8 Men, mwen te voye di l: “Pa gen anyen nan sa w di la yo ki fèt vre. Se ou menm ki fè pawòl sa yo*.” 9 Paske yo tout t ap eseye fè nou pè. Yo t ap di: “Y ap dekouraje nan travay la e yo pap fini l+.” Kounye a, o Bondye, bay men m fòs+.
10 Apre sa, mwen t al lakay Chemaya, pitit gason Delaya ki pitit gason Meyetabèl, pandan l te ret anndan lakay li. Epi, li te di m: “Ann pran randevou nan kay vrè Dye a, anndan tanp lan, epi n ap fèmen pòt tanp lan, paske y ap vin touye w. Y ap vin touye w lannuit lan.” 11 Men, mwen te reponn li: “Èske yon moun tankou m ka al nan mawon? Èske yon moun tankou m ka al antre nan tanp lan epi pou m ret vivan+? Mwen pap antre!” 12 Epi, mwen te vin konprann se pa Bondye ki te voye l, men se Tobya ak Sanbala+ ki te peye l pou l fè konnen men sa k ap rive m. 13 Yo te peye l pou l fè m pè e pou l fè m peche yon fason pou yo ka jwenn rezon pou yo sal non m e pou yo pase m nan rizib.
14 Lè sa a, mwen di: “O Bondye m nan, pa bliye tout sa Tobya+ ak Sanbala fè yo, e pa bliye Nowadya, dam ki pwofèt la, ak lòt pwofèt yo ki te toujou ap chèche fè m pè.”
15 Se konsa, miray la te fini nèt nan 25yèm jou nan mwa Eloul*. Li te fèt nan 52 jou.
16 Kou tout ènmi nou yo tande sa e tout nasyon ozalantou yo wè sa, yo te vin wont anpil*+ e yo te vin konprann se Bondye nou an ki te ede nou fin fè travay sa a. 17 Nan epòk sa a, gwo potanta+ ki nan Jida yo te konn voye yon pakèt lèt bay Tobya e Tobya te konn reponn yo. 18 Gen anpil moun nan Jida ki te fè sèman y ap ret fidèl avè l paske se bofis Chekànya, pitit gason Ara+, li te ye, e Jewoyanan, pitit gason l, te marye ak pitit fi Mechoulam+ ki pitit gason Berekya. 19 Epitou, yo te toujou ap di bon bagay sou li e yo te konn al rakonte l sa m di. Konsa, Tobya te konn voye lèt ban mwen pou l fè m pè+.
7 Kou nou te fin rebati miray la+, mwen te monte pòt yo+. Apre sa, mwen te pran moun met veye pòtay yo+, mwen te chwazi chantè yo+ e mwen te met Levit yo+ nan travay yo. 2 Epi, mwen te met Anani+, frè m nan, responsab Jerizalèm ansanm ak Anànya, responsab Fò a+, paske se Anànya mwen te ka fè plis konfyans e li te gen plis lakrentif pou vrè Dye a+ pase anpil nan lòt mesye yo. 3 Se sa k fè mwen te di yo: “Pòtay Jerizalèm yo pa dwe ouvè toutotan solèy poko leve, e pandan gad yo ap veye, yo dwe fèmen pòt yo e yo dwe take yo. Epi, pran moun nan Jerizalèm pou n met veye vil la, mete yon pati nan yo nan pòs yo e mete lòt yo veye devan lakay yo.” 4 Twouve, vil la te gen anpil espas e li te gwo anpil, men pa t gen anpil moun ladan l+ e yo pa t refè kay ki te ladan l yo.
5 Men, Bondye m nan te met nan kè m pou m rasanble gwo potanta yo, lòt chèf yo ak moun nan pèp la pou m anrejistre yo selon fanmi kote yo soti+. Apre sa, mwen te jwenn rejis ki te gen non moun ki te vin an premye yo, yo te anrejistre yo selon fanmi kote yo soti, e men sa mwen te wè ki ekri ladan l:
6 Men moun nan tèritwa a ki te sot ann egzil yo, moun Nebikadneza+, wa peyi Babilòn, te mennen ann egzil+ e ki te retounen Jerizalèm ak nan tèritwa Jida a. Chak moun t al nan vil kote yo te soti a+. 7 Yo te vin ansanm ak Zowobabèl+, Jechwa+, Neyemi, Azarya, Ramiya, Nahamani, Madoche, Bilchan, Misperèt, Bigvayi, Newoum ak Baana.
Men kantite gason ki te gen pami Izrayelit yo+: 8 Pami desandan Pawòch yo, te gen 2 172 gason. 9 Pami desandan Chefatya yo, te gen 372 gason. 10 Pami desandan Ara+ yo, te gen 652 gason. 11 Pami desandan Paratmowab yo+, ki pami desandan Jechwa yo ak desandan Jowab yo+, te gen 2 818 gason. 12 Pami desandan Elam yo+, te gen 1 254 gason. 13 Pami desandan Zatou yo, te gen 845 gason. 14 Pami desandan Zakayi yo, te gen 760 gason. 15 Pami desandan Binouwi yo, te gen 648 gason. 16 Pami desandan Bebayi yo, te gen 628 gason. 17 Pami desandan Azgad yo, te gen 2 322 gason. 18 Pami desandan Adonikam yo, te gen 667 gason. 19 Pami desandan Bigvayi yo, te gen 2 067 gason. 20 Pami desandan Aden yo, te gen 655 gason. 21 Pami desandan Atè yo, ki soti nan fanmi Ezekyas, te gen 98 gason. 22 Pami desandan Achoum yo, te gen 328 gason. 23 Pami desandan Betsayi yo, te gen 324 gason. 24 Pami desandan Arif yo, te gen 112 gason. 25 Pami desandan Gabawon yo+, te gen 95 gason. 26 Pami moun Betleyèm yo ak moun Netofa yo, te gen 188 gason. 27 Pami moun Anatòt yo+, te gen 128 gason. 28 Pami moun Bètazmavèt yo, te gen 42 gason. 29 Pami moun Kiriyatjeyarim+ yo, moun Kefira yo ak moun Beyewòt+ yo, te gen 743 gason. 30 Pami moun Rama yo ak moun Geba+ yo, te gen 621 gason. 31 Pami moun Mikmas+ yo, te gen 122 gason. 32 Pami moun Betèl+ yo ak moun Ayi+ yo, te gen 123 gason. 33 Pami moun lòt zòn yo te rele Nebo a, te gen 52 gason. 34 Pami desandan lòt moun yo te rele Elam nan, te gen 1 254 gason. 35 Pami desandan Arim yo, te gen 320 gason. 36 Pami moun Jeriko yo, te gen 345 gason. 37 Pami moun Lòd yo, moun Adid yo ak moun Ono+ yo, te gen 721 gason. 38 Pami moun Sena yo, te gen 3 930 gason.
39 Men prèt ki te genyen yo+: Pami desandan Jedaya yo ki sot nan fanmi Jechwa, te gen 973 gason. 40 Pami desandan Imè yo, te gen 1 052 gason. 41 Pami desandan Pachou yo+, te gen 1 247 gason. 42 Pami desandan Arim yo+, te gen 1 017 gason.
43 Men Levit ki te genyen yo+: Pami desandan Jechwa yo, sètadi desandan Kadmyèl yo+, ki pami desandan Odva yo, te gen 74 gason. 44 Chantè yo+, sètadi desandan Asaf yo+, te 148 gason. 45 Mesye ki t ap veye pòtay yo+, sètadi desandan Chaloum yo, desandan Atè yo, desandan Talmon yo, desandan Akoub yo+, desandan Atita yo ak desandan Chobayi yo, te 138 gason.
46 Men moun ki t ap travay nan tanp lan*+: desandan Ziya yo, desandan Asoufa yo, desandan Tabayòt yo, 47 desandan Kewòs yo, desandan Siya yo, desandan Padon yo, 48 desandan Lebana yo, desandan Agaba yo, desandan Salmayi yo, 49 desandan Anan yo, desandan Gidèl yo, desandan Gaka yo, 50 desandan Reyaja yo, desandan Rezin yo, desandan Nekoda yo, 51 desandan Gazam yo, desandan Ouza yo, desandan Paseya yo, 52 desandan Besayi yo, desandan Mewounim yo, desandan Nefisim yo, 53 desandan Bakbouk yo, desandan Akoufa yo, desandan Awou yo, 54 desandan Baslit yo, desandan Meyida yo, desandan Acha yo, 55 desandan Bakòs yo, desandan Sisera yo, desandan Tema yo, 56 desandan Nezya yo ak desandan Atifa yo.
57 Men pitit sèvitè Salomon yo+: desandan Sotayi yo, desandan Soferèt yo, desandan Perida yo, 58 desandan Jayala yo, desandan Dakon yo, desandan Gidèl yo, 59 desandan Chefatya yo, desandan Atil yo, desandan Pokerètazebayim yo ak desandan Amon yo. 60 Tout moun k ap travay nan tanp lan*+ ansanm ak pitit sèvitè Salomon yo te 392 gason.
61 Epi, men moun ki te sot Tèlmelak, Tèlacha, Kewoub, Adon ak Imè yo pa t ka verifye ki moun ki zansèt yo ak nan ki zòn yo soti pou yo konnen si yo se Izrayelit+: 62 Desandan Delaya yo, desandan Tobya yo ak desandan Nekoda yo. Te gen antou 642 gason. 63 Pami prèt yo, te gen desandan Abaya yo, desandan Akòz yo+ ak desandan Bazilayi yo. Bazilayi sa a te marye ak yon pitit fi Bazilayi+, moun Galaad la, e li te vin pote non fanmi yo. 64 Yo t ap chèche non fanmi yo nan rejis yo pou yo konnen desandan kiyès yo ye, men yo pa t ka jwenn yo, konsa yo pa t kite yo sèvi kòm prèt*+. 65 Gouvènè a*+ te di yo yo pa gen dwa manje nan bagay ki pi sakre yo+ jiskaske gen yon prèt ki ka sèvi ak Ourim ak Toumim+ pou fè yo konnen sa pou yo fè.
66 Tout moun ki te rasanble yo te rive 42 360 gason+, 67 san konte 7 337 sèvitè ak sèvant+ yo te genyen ak 245 chantè, gason kou fi+. 68 Yo te gen 736 cheval, 245 milèt 69 ak 435 chamo ansanm ak 6 720 bourik.
70 Gen kèk nan chèf fanmi yo ki te bay èd yo pou travay la fèt+. Gouvènè a* te bay 1 000 drak annò*, 50 bòl ak 530 rad long pou prèt yo+. 71 Men sa kèk chèf fanmi te bay pou travay la: 20 000 drak annò ak 2 200 min* ann ajan. 72 Epi, lòt moun pami pèp la te bay 20 000 drak annò, 2 000 min ann ajan ak 67 rad long pou prèt yo.
73 Prèt yo, Levit yo, moun k ap veye pòtay yo, chantè yo+, kèk moun nan pèp la, moun k ap travay nan tanp lan* ak tout rès pèp Izrayèl* la te rete nan vil pa yo+. Lè setyèm mwa a te rive+, Izrayelit yo te rete nan vil pa yo+.
8 Tout pèp la te rasanble sou plas piblik ki anfas Pòtay Dlo a+ e yo te di Esdras+, moun ki konn kopye Lalwa a, pou l vin ak liv Lwa Moyiz la+, lwa Jewova te bay pèp Izrayèl la+. 2 Se konsa, Esdras, prèt la, te vin ak liv Lalwa a devan tout moun ki te rasanble yo+, gason kou fi, ak tout moun ki te ka koute e ki te ka konprann, depi premye jou nan setyèm mwa a+. 3 Li te li byen fò nan liv la+ devan plas piblik la, anfas Pòtay Dlo a, pou mesye yo, medam yo ak tout moun ki te ka konprann, soti granmmaten rive midi. Moun yo te pran san yo pou yo koute+ sa yo t ap li pou yo nan liv Lalwa a. 4 Epi, Esdras, moun ki te konn kopye Lalwa a, te kanpe sou yon estrad an bwa yo te fè pou okazyon an, e bò kote l, sou bò dwat li, te gen Matitya, Chema, Anaya, Ouri, Ilkya ak Maraseya, e sou bò goch li, te gen Pedaya, Michayèl, Malkija+, Achoum, Achbadana, Zakari ak Mechoulam.
5 Esdras te ouvri liv la e tout pèp la te wè liv la, paske kote Esdras te kanpe a, li te parèt pi wo pase tout moun yo. Kou l ouvri liv la, tout pèp la leve kanpe. 6 Epi, Esdras te louwe Jewova, vrè Dye a, ki se Gran Dye a. Lè sa a, tout pèp la te reponn: “Amèn*! Amèn+!” e yo te leve men yo anlè. Apre sa, yo te bese byen ba fas atè devan Jewova. 7 Epi, Jechwa, Bani, Cherebya+, Jamin, Akoub, Chabtayi, Odya, Maraseya, Kelita, Azarya, Jozabad+, Anan ak Pelaya, yon seri Levit, t ap esplike pèp la+ Lalwa pandan pèp la te ret kanpe. 8 E yo te kontinye li Lalwa vrè Dye a byen fò, yo te esplike l byen klè e yo te fè yo konprann li. Konsa, yo te ede pèp la konprann sa yo t ap li a+.
9 Epi, Neyemi, ki te gouvènè* lè sa a, ak Esdras+, prèt la, ki te konn kopye Lalwa a, ansanm ak Levit yo ki t ap anseye pèp la te di tout moun yo: “Jodi a se yon jou ki sakre pou Jewova, Bondye nou an+. Pinga nou nan lapenn e pinga nou kriye.” Li te di sa paske tout pèp la t ap kriye pandan yo t ap tande pawòl ki nan Lalwa yo. 10 Neyemi te di yo: “Ale, manje bon manje* e bwè bwason ki dous, epi voye manje+ bay moun ki pa fè manje yo, paske jou sa a se yon jou ki sakre pou Seyè a, pinga nou tris, paske lajwa Jewova bay la se fòs* nou.” 11 Epi, Levit yo t ap kalme tout pèp la, yo t ap di: “Fè silans! Paske jodi a se yon jou ki sakre. Pinga nou tris.” 12 Se konsa, tout pèp la t al lakay yo, yo te manje, yo te bwè, youn te voye manje bay lòt e yo te kontan anpil+, paske yo te konprann pawòl yo te tande yo+.
13 Nan dezyèm jou a, chèf fanmi yo pami tout pèp la te rasanble bò kote Esdras, moun ki te konn kopye Lalwa a, pou yo te ka pi byen konprann pawòl ki nan Lalwa a. 14 Konsa, yo te wè Jewova te bay lòd nan Lalwa li te bay Moyiz la pou pèp Izrayèl la rete anba tonèl* pandan fèt la nan setyèm mwa a+ 15 e pou yo voye mesaj pou anonse+ sa nan tout vil kote moun yo soti yo e nan tout Jerizalèm, yo te dwe di: “Ale nan zòn ki gen mòn yo epi pran branch bwa ki gen anpil fèy nan pye oliv yo, pye sapen yo, pye mit* yo ak pye palmis yo, ansanm ak branch lòt pyebwa ki gen anpil fèy pou nou fè tonèl, jan sa ekri nan Lalwa a.”
16 Epi, pèp la te soti al chèche tout bagay sa yo e yo te vin avèk yo pou yo te ka fè tonèl yo. Chak moun te fè tonèl pa yo, swa yo te fè l sou do kay yo, nan lakou lakay yo, nan lakou kay vrè Dye a+, sou plas piblik ki te bò Pòtay Dlo a+ e sou plas piblik ki te bò Pòtay Efrayim nan+. 17 Konsa, tout moun ki te rasanble e ki te sot ann egzil yo te fè tonèl pa yo epi yo te rete ladan yo, paske Izrayelit yo pa t janm fete fèt sa a konsa depi nan epòk Jozye+, pitit gason Noun nan, rive jis jou sa a. Se sa k fè moun yo te kontan anpil anpil+. 18 Chak jou, yo te li nan liv Lalwa vrè Dye a+, soti premye jou fèt la rive nan dènye jou a, e moun yo te fete fèt la pandan sèt jou. Sou uityèm jou a, yo te fè yon rasanbleman espesyal, jan yo te dwe fè sa+.
9 Sou 24yèm jou nan menm mwa a, Izrayelit yo te rasanble, yo te ret san manje, yo te met rad ki fèt ak twal sak sou yo e yo te met pousyè sou tèt yo+. 2 Moun ki te desandan Izrayelit yo te retire kò yo pami tout moun lòt nasyon yo+, yo te leve kanpe e yo te konfese peche pa yo ak peche zansèt yo+. 3 Yo te ret kanpe nan plas yo e yo te pase twazèdtan nan jounen an* ap li byen fò nan liv Lalwa+ Jewova, Bondye yo a. Pandan yon lòt twazèdtan, yo t ap konfese peche yo e yo t ap bese byen ba devan Jewova, Bondye yo a.
4 Apre sa, Jechwa, Bani, Kadmyèl, Chebànya, Bouni, Cherebya+, Bani ak Kenani te kanpe sou estrad+ yo te fè pou Levit yo e yo t ap rele Jewova, Bondye yo a, ak tout fòs yo. 5 Epi, Levit yo, anpalan de Jechwa, Kadmyèl, Bani, Achabnya, Cherebya, Odya, Chebànya ak Petaya te di: “Annou kanpe e annou louwe Jewova, Bondye nou an, pou tout tan gen tan*+. O Bondye, se pou yo louwe non w ki gran e ki merite tout benediksyon ak tout louwanj.
6 “Se ou menm sèl ki Jewova+. Se ou ki fè syèl la, wi, kokennchenn syèl la ak tout sa ki ladan l*, tè a ak tout sa ki sou li e lanmè a ak tout sa ki ladan l. Epi, ou fè yo tout rete vivan e tout sa ki nan syèl la* bese byen ba devan w. 7 Ou se Jewova, vrè Dye a, ki te chwazi Abram+, ou te fè l kite vil Ou+, nan peyi moun Kalde yo, e w te vin rele l Abraram+. 8 Ou te wè l fidèl avè w+, ou te fè yon alyans avè l pou w ba l peyi moun Kanaran yo, peyi desandan Èt yo, peyi Amorit yo, peyi Perizit yo, peyi moun Jebis yo ak peyi Gigachit yo pou l bay desandan l yo*+. Epi ou te kenbe pwomès ou te fè yo, paske ou gen jistis lakay ou.
9 “Ou te wè tray zansèt nou yo ann Ejip+ e w te tande rèl yo bò Lanmè Wouj. 10 Se sa k fè ou te fè yon seri mèvèy ak mirak pou w konbat Farawon ak tout sèvitè l yo ansanm ak tout moun nan peyi l la+, paske ou te wè yo te fè zansèt nou yo pase mizè+. Ou fè pale de ou rive jis jodi a+. 11 Ou te fann lanmè a devan yo pou yo te ka pase ladan l sou tè sèk+ e ou te voye moun ki t ap kouri dèyè yo nan fon lanmè a menm jan yo voye yon wòch nan dlo ki move+. 12 Ou te dirije yo lajounen ak nyaj ki gen fòm yon poto, e lannuit, ou te dirije yo ak dife ki gen fòm yon poto pou w te ka klere chemen kote yo prale+. 13 Epi, ou te desann sou Mòn Sinayi+, e detan w nan syèl la+, ou pale avèk yo e w ba yo enstriksyon ki jis, lwa ki makònen ak laverite*, bonjan prensip ak bonjan kòmandman+. 14 Ou te fè yo konnen saba w la ki sakre+, ou te ba yo kòmandman ak prensip pou yo suiv e w te bay Moyiz, sèvitè w la, yon lwa pou l ba yo. 15 Ou te fè manje sot nan syèl la pou yo lè yo te grangou+, ou te fè dlo sot nan mas wòch la pou yo lè yo te swaf+ e ou te di yo pou yo antre al pran peyi ou te fè sèman* w ap ba yo a.
16 “Men yo menm, zansèt nou yo, yo te montre yo awogan+ nan fason yo aji e yo te fè tèt di*+, yo pa t obeyi kòmandman w yo. 17 Yo te refize koute+, yo pa t sonje gwo aksyon ou te fè nan mitan yo, yo te vin gen tèt di e yo te chwazi yon chèf pou yo retounen nan esklavaj ann Ejip+. Men, ou se yon Bondye ki dispoze padone*, ou gen pitye* ak mizèrikòd, ou pa fache fasil e ou gen anpil lanmou ki fidèl*+, se sa k fè ou pa t abandone yo+. 18 Menm lè yo te fè estati yon ti bèf an metal e yo t ap di: ‘Men Bondye nou an ki te fè nou soti nan peyi Ejip+’, e menm lè yo te fè gwo zak ki montre yo pa gen okenn respè pou ou, 19 ou menm, ou pa t abandone yo nan dezè a paske ou gen anpil mizèrikòd+. Lajounen, nyaj ki gen fòm poto a te ret anlè tèt yo pou montre yo kote pou y ale, e lannuit, dife ki gen fòm poto a te toujou la pou klere chemen kote yo prale+. 20 Epi, ou te ba yo lespri* w pou yo ka gen bon konprann+, ou pa t sispann ba yo lamàn pou yo manje+ e w te ba yo dlo lè yo te swaf+. 21 Pandan 40 an, ou te ba yo manje nan dezè a+. Yo pa t manke anyen. Rad yo pa t fini sou yo+ e pye yo pa t anfle.
22 “Ou te lage plizyè wayòm ak pèp nan men yo. Ou te ba yo chak pòsyon tè pa yo+, konsa yo te pran peyi Siyon+ an, sa vle di peyi wa Esbon an+ ansanm ak peyi Òg+, wa Bazan an. 23 Ou te fè yo gen anpil pitit tankou zetwal nan syèl la+. Epi, ou te mennen yo nan peyi ou te pwomèt zansèt yo ou t ap fè yo antre pou yo pran an+. 24 Se konsa, desandan yo te antre nan peyi sa a+ e yo te pran l. Ou te fè moun Kanaran yo+ ki te abite nan peyi a soumèt devan yo e ou te lage ni wa yo te genyen yo ni moun nan peyi a nan men yo pou yo fè sa yo vle avèk yo. 25 Epi, yo te pran vil ki byen pwoteje+ e yo te pran yon tè ki bay bon rannman*+. Yo te pran kay ki plen ak tout kalite bon bagay e ki te gen pi dlo moun yo te deja fouye, ki te gen jaden rezen, jaden oliv+ ak pyebwa ki bay anpil fwi. Konsa, yo te manje vant plen, yo te vin gra e yo te pran plezi yo paske w te bon anpil avèk yo.
26 “Men, yo te vin dezobeyi w, yo te vin rebèl+ e yo te vire do bay Lwa w te bay la*. Yo te touye pwofèt ou yo ki t ap ba yo avètisman pou yo te ka retounen vin jwenn ou e yo te fè zak ki montre yo pa gen okenn respè pou ou+. 27 Se pou rezon sa a ou te lage yo nan men ènmi yo+ ki te kontinye ba yo pwoblèm+. Men, yo te rele w lè yo te nan pwoblèm, e ou te tande yo detan w nan syèl la. Piske w gen anpil mizèrikòd, ou te fè lòt moun delivre yo anba men ènmi yo+.
28 “Men, kou yo te pran yon ti souf, yo te rekòmanse fè sa ki mal devan w+ e w te abandone yo nan men ènmi yo pou yo domine sou yo*+. Lè konsa, yo te konn retounen vin jwenn ou pou yo mande w sekou+, e detan w nan syèl la, ou tande yo, ou delivre yo plizyè fwa paske w gen anpil mizèrikòd+. 29 Byenke w te konn ba yo avètisman pou w ka fè yo retounen vin obeyi Lwa w te bay la, yo te aji avèk awogans e yo te refize obeyi kòmandman w yo+, yo te peche kont lwa w yo ki pèmèt yon moun kontinye viv si li obeyi yo+. Mete sou sa, yo te fè tèt di, yo te vire do ba ou, yo te fè kou yo rèd e yo te refize obeyi w. 30 Ou te pran pasyans avèk yo+ pandan anpil ane e w te mete lespri w sou pwofèt ou yo pou w kontinye avèti yo, men yo te refize koute. Alafen, ou te lage yo nan men pèp ki ozalantou yo+. 31 Ou tèlman gen mizèrikòd, ou pa t fin elimine yo nèt+, ni ou pa t lage yo, paske w se yon Bondye ki gen pitye* ak mizèrikòd+.
32 “Kounye a, o Bondye nou an, ou menm ki gran, ou menm ki pisan, ki merite pou moun gen lakrentif pou ou, ou menm ki respekte alyans ou fè, ou menm ki montre w gen lanmou ki fidèl+, tanpri, pa fèmen je w sou tout malè ki tonbe sou nou yo, sou wa nou yo, sou prens nou yo+, sou prèt nou yo+, sou pwofèt nou yo+, sou zansèt nou yo e sou tout pèp ou a, depi nan epòk wa Asiri+ yo rive jis jodi a. 33 Ou toujou montre w jis malgre tout sa ki rive nou, paske ou aji yon fason ki fidèl. Men, nou menm, nou aji ak mechanste+. 34 Kanta pou wa nou yo, prens nou yo, prèt nou yo ak zansèt nou yo, yo pa obeyi Lwa w te bay la e yo pa suiv ni kòmandman w yo ni rapèl* ou te ba yo pou w avèti yo. 35 Menm lè yo te nan wayòm yo, lè yo t ap pwofite tout bon bagay ou te ba yo e w te mete yo nan yon gwo tèritwa ki gen tè ki bay bon rannman, yo pa t sèvi w+ e yo pa t sispann fè move aksyon. 36 Men, jodi a, nou se esklav+. Wi, nou se esklav nan peyi ou te bay zansèt nou yo pou yo manje sa tè a bay ak bon bagay ki nan peyi a. 37 Pakèt fwi li donnen yo se pou wa lòt nasyon ou te mete dirije nou akoz peche nou yo+. Yo dirije ni nou menm ni bèt nou yo, jan yo vle, e nou nan gwo pwoblèm.
38 “Se poutèt tout bagay sa yo nou pran yon angajman fèm+, nou ekri l e nou met so prens nou yo ak so Levit nou yo ansanm ak so prèt nou yo sou li+.”
10 Men moun ki te dakò ak dokiman an e ki te mete so yo sou li+:
Neyemi, gouvènè a*, ki pitit gason Akalya.
Epi, te gen Sedesyas, 2 Seraya, Azarya, Jeremi, 3 Pachou, Amarya, Malkija, 4 Atouch, Chebànya, Malouk, 5 Arim+, Meremòt, Obadya, 6 Dànyèl+, Gineton, Bawouk, 7 Mechoulam, Abija, Mijamin, 8 Mazya, Bilgayi ak Chemaya. Mesye sa yo se prèt yo ye.
9 Men Levit ki te dakò ak dokiman an: Jechwa ki pitit gason Azànya, Binouwi ki pami desandan Enadad yo, Kadmyèl+, 10 ansanm ak frè yo te genyen yo, anpalan de Chebànya, Odya, Kelita, Pelaya, Anan, 11 Mika, Reyòb, Achabya, 12 Zakou, Cherebya+, Chebànya, 13 Odya, Bani ak Beninou.
14 Men chèf pami pèp la ki te dakò ak dokiman an: Pawòch, Paratmowab+, Elam, Zatou, Bani, 15 Bouni, Azgad, Bebayi, 16 Adonija, Bigvayi, Aden, 17 Atè, Ezekyas, Azou, 18 Odya, Achoum, Betsayi, 19 Arif, Anatòt, Nebayi, 20 Magpyach, Mechoulam, Ezi, 21 Mechezabèl, Zadòk, Yadouwa, 22 Pelatya, Ranan, Anaya, 23 Oze, Anànya, Achoub, 24 Alowèch, Pila, Chobèk, 25 Reyoum, Achabna, Maraseya, 26 Ayija, Ranan, Anan, 27 Malouk, Arim ak Baana.
28 Rès moun pami pèp la, sa vle di prèt yo, Levit yo, moun k ap veye pòtay yo, chantè yo, moun k ap travay nan tanp lan* ak tout moun ki te retire kò yo pami moun nan nasyon ki ozalantou yo pou yo te ka suiv Lalwa vrè Dye a+, ansanm ak madanm yo, pitit gason yo, pitit fi yo, tout moun ki te gen kapasite pou yo konnen sèman yo te fè a e pou yo konprann* li, 29 t al jwenn frè yo, moun enpòtan nan peyi a, e yo te sèmante pou malediksyon tonbe sou yo si yo pa obeyi Lalwa Jewova, Seyè nou an, vrè Dye a, te bay Moyiz, sèvitè vrè Dye a, pou l bay pèp Izrayèl la, e si yo pa byen suiv tout kòmandman l yo, enstriksyon l yo ak lwa l yo. 30 Epi, nou pap bay moun nan nasyon ki ozalantou yo pitit fi nou yo pou yo marye avè yo, e nou pap aksepte pou pitit fi pa yo marye ak pitit gason nou+.
31 Si moun ki nan nasyon ki ozalantou yo vini ak machandiz ansanm ak tout kalite manje pou yo vann nan jou saba a, nou pap achte anyen nan men yo ni jou saba+ a ni nan yon jou ki sakre+. Epitou, nou pap travay tè nou yo nan setyèm ane a+ e n ap anile tout kalite dèt+ yo gen pou nou.
32 Mete sou sa, nou te pran angajman pou nou chak bay yon pyès monnen ki peze yon tyè nan yon chekèl* chak ane pou yo fè travay nan kay* Bondye nou an+, 33 pou pen yo konn prezante devan Bondye kòm ofrann yo+, pou manje angren yo konn bay kòm ofrann yo+, pou sakrifis yo boule nèt yo konn fè nan jou saba yo+, pou nouvèl lin yo+, pou fèt nou fete chak epòk yo+, pou bagay sakre yo, pou sakrifis y ap fè pou pèp Izrayèl la jwenn padon pou peche l yo+ e pou tout travay y ap fè nan kay Bondye nou an.
34 Epitou, nou te fè tiraj osò pou nou konnen ki kantite bwa prèt yo, Levit yo ak pèp la dwe pote nan kay Bondye nou an, selon fanmi kote nou soti, nan lè yo dwe pote yo, chak ane, pou yo boule yo sou lotèl Jewova, Bondye nou an, dapre sa ki ekri nan Lalwa+. 35 Mete sou sa, n ap pote premye fwi mi ki sot nan jaden nou yo ak premye fwi mi ki sot nan tout kalite pyebwa nou genyen yo nan kay Jewova a+, chak ane, 36 e n ap vin ak premye pitit gason nou yo ak premye pitit bèt nou yo+, dapre sa ki ekri nan Lalwa, ak premye pitit bèf nou yo ansanm ak premye pitit mouton nou yo. N ap pote yo nan kay Bondye nou an, pou prèt yo k ap fè sèvis nan kay Bondye nou an+. 37 Epi, n ap pote premye grenn nou moulen yo+, ofrann nou yo, donn tout pyebwa nou yo+, diven ki fèk fèt yo ak luil+ nou yo bay prèt yo nan depo* ki nan kay Bondye nou an+, ansanm ak yon dizyèm* nan manje jaden nou yo bay pou Levit yo+, paske se Levit yo k ap ranmase tout dizyèm nou bay nan tout vil kote nou fè jaden yo.
38 Prèt la, pitit gason Arawon an, dwe ansanm ak Levit yo lè Levit yo ap ranmase dizyèm yo. Epi, Levit yo dwe pote yon dizyèm nan dizyèm yo resevwa yo nan kay Bondye nou an+, nan pyès yo* ki nan depo a. 39 Paske se nan depo yo* Izrayelit yo ak Levit yo dwe pote ofrann+ manje angren yo, diven ki fèk fèt yo ak luil yo+, e se la veso tanp yo ye, ansanm ak prèt k ap fè sèvis yo, moun k ap veye pòtay yo ansanm ak chantè yo. Nou pap neglije kay Bondye nou an+.
11 Twouve, prens yo ki te pami pèp la t ap viv Jerizalèm+, men rès pèp la te fè tiraj osò+ pou yon moun sou dis al viv Jerizalèm, vil sakre a, pandan lòt nèf yo ap rete nan lòt vil yo. 2 Mete sou sa, pèp la te mande benediksyon pou tout mesye ki te dispoze al abite Jerizalèm.
3 Men non moun ki te chèf yon seri zòn ki te abite Jerizalèm: (Lòt moun ann Izrayèl yo, tankou prèt yo, Levit yo, moun k ap travay nan tanp lan*+ ak pitit gason sèvitè Salomon yo+, t ap viv nan lòt vil nan Jida yo. Chak moun te ret sou tè pa yo, nan vil pa yo+.
4 Epi, te gen kèk moun nan tribi Jida ak nan tribi Benjamen ki te abite Jerizalèm.) Pami moun Jida yo, te gen Ataya, pitit gason Ozyas ki pitit gason Zakari, yon desandan Amarya ki pitit gason Chefatya, pitit gason Mahalalèl ki soti nan fanmi Perès+, 5 ak Maraseya, pitit gason Bawouk ki pitit gason Kòloze, yon desandan Azaya ki pitit gason Adaya ki pitit gason Joyarib, yon desandan Zakari ki soti nan fanmi Chela. 6 Tout pitit gason Perès ki te abite Jerizalèm yo te 468 gason vanyan.
7 Men non moun ki sot nan tribi Benjamen yo: Salou+, pitit gason Mechoulam ki pitit gason Jowèd ki pitit gason Pedaya, yon desandan Kolaya ki pitit gason Maraseya, pitit gason Ityèl, yon desandan Jechaya. 8 Apre Salou, te gen Gabayi ak Salayi. Sa te fè 928 gason. 9 Epi, se Jowèl, pitit gason Zikri, ki te alatèt yo, e dezyèm moun ki te responsab vil la se te Jida, pitit gason Asenouwa.
10 Pami prèt yo, te gen Jedaya, pitit gason Joyarib, te gen Jakin+, 11 e te gen Seraya, pitit gason Ilkya. Ilkya se te pitit gason Mechoulam, Mechoulam se te pitit gason Zadòk, Zadòk se te pitit gason Merayòt, Merayòt se te pitit gason Ayitoub+ ki te yon chèf nan kay* vrè Dye a. 12 Yo te ansanm ak frè yo ki t ap travay nan kay la. Sa te fè 822 gason. Epi, te gen Adaya, pitit gason Jewowam ki pitit gason Pelalya, yon desandan Amsi ki pitit gason Zakari, yon desandan Pachou+ ki pitit gason Malkija, 13 ak frè l yo, sètadi chèf fanmi yo. Sa te fè 242 gason. Epitou, te gen Amachayi ki pitit gason Azarèl, yon desandan Azayi ki pitit gason Mechilemòt, pitit gason Imè, 14 ansanm ak frè l yo ki te gen anpil fòs, yon seri mesye ki te gen kran. Sa te fè 128 gason. Se Zabdyèl, yon nonm ki soti nan gran fanmi, ki te alatèt yo.
15 Pami Levit yo, te gen Chemaya+, pitit gason Achoub. Achoub se te pitit gason Azrikam, Azrikam se te yon desandan Achabya, ki se pitit gason Bouni. 16 Epi, te gen Chabtayi+ ansanm ak Jozabad+, pami moun ki te alatèt Levit yo, ki te responsab tout aktivite ki t ap fèt deyò kay vrè Dye a. 17 Epi, te gen Matànya+, pitit gason Miche, yon desandan Zabdi ki pitit gason Asaf+, ki te responsab moun k ap chante yo e ki t ap dirije moun ki t ap fè louwanj yo nan moman priyè yo+, ak Bakboukya, dezyèm moun ki te alatèt pami frè l yo, ansanm ak Abda, pitit gason Chamwa, yon desandan Galal ki pitit gason Jedoutoun+. 18 Te gen 284 Levit antou nan vil sakre a.
19 Moun ki te konn veye pòtay yo se te Akoub, Talmon+ ansanm ak frè yo te genyen yo. Sa te fè 172 gason.
20 Lòt moun ann Izrayèl yo, lòt prèt yo ak lòt Levit yo t ap viv nan tout lòt vil Jida yo. Chak moun te abite sou tè yo te resevwa kòm eritaj la*. 21 Moun ki t ap travay nan tanp yo*+ te abite Ofèl+, e se Siya ak Gichpa ki te alatèt moun sa yo.
22 Ouzi te alatèt Levit yo nan Jerizalèm. Li se pitit gason Bani ki pitit gason Achabya, yon desandan Matànya+ ki pitit gason Mika, pami desandan Asaf yo, sètadi chantè yo. Se li ki te responsab travay ki t ap fèt nan kay vrè Dye a. 23 Paske te gen yon dekrè wa a te bay pou chantè yo+ e te gen yon kantite pwovizyon yo te dwe ba yo selon bezwen yo genyen chak jou. 24 Se Petaya, pitit gason Mechezabèl ki pitit gason Zera, yon desandan Jida, ki te konseye wa a* pou tout bagay ki konsène pèp la.
25 Men non ti vil yo ak tèritwa ki sou kont yo: kèk moun nan Jida te abite Kiriyataba+ ak vil ki ozalantou l yo e ki sou kont li yo, Dibon ak vil ki ozalantou l yo e ki sou kont li yo, Jekabzèl+ ak ti vil ki sou kont li yo, 26 Jechwa, Molada+, Bètpelèt+, 27 Azachwal+, Beyècheba ak vil ki ozalantou l yo e ki sou kont li yo, 28 Ziklag+, Mekona ak vil ki ozalantou l yo e ki sou kont li yo, 29 Ennrimon+, Sora+, Jamout, 30 Zanowa+, Adoulam ak ti vil ki sou kont li yo, Lakis+ ak tèritwa ki sou kont li yo ansanm ak Azeka+ ak vil ki ozalantou l yo e ki sou kont li yo. Yo te abite* depi Beyècheba rive jis nan Vale Inon+.
31 Moun tribi Benjamen yo te abite Geba+, Mikmach, Aya, Betèl+ ak vil ki ozalantou l yo e ki sou kont li yo, 32 Anatòt+, Nòb+, Anànya, 33 Azò, Rama+, Gitayim, 34 Adid, Zeboyim, Nebalat, 35 Lòd ak Ono+, vale atizan yo. 36 Te gen kèk gwoup moun pami Levit ki te abite Jida yo yo te voye al abite pami moun tribi Benjamen yo.
12 Men prèt ak Levit ki te sot ann egzil ak Zowobabèl+, pitit gason Cheyaltyèl+, ansanm ak Jechwa+ yo: Seraya, Jeremi, Esdras, 2 Amarya, Malouk, Atouch, 3 Chekànya, Reyoum, Meremòt, 4 Ido, Ginetoyi, Abija, 5 Mijamin, Maradya, Bilga, 6 Chemaya, Joyarib, Jedaya, 7 Salou, Amòk, Ilkya ak Jedaya. Se mesye sa yo ki te alatèt prèt yo ak frè prèt yo nan epòk Jechwa a.
8 Men Levit ki te retounen yo: Jechwa, Binouwi, Kadmyèl+, Cherebya, Jida ak Matànya+. Matànya t ap dirije moun k ap chante pou di Bondye mèsi yo ansanm ak mesye ki te fanmi l yo. 9 Bakboukya ak Ouni ki te frè yo te kanpe anfas yo pou yo fè pòs*. 10 Jechwa se te papa Joyakim, Joyakim se te papa Elyachib+, e Elyachib se te papa Joyada+. 11 Joyada se te papa Jonatan, e Jonatan se te papa Yadouwa.
12 Men mesye ki te prèt nan epòk Joyakim yo e ki te chèf fanmi nan fanmi papa yo: Pou fanmi Seraya+, se te Meraya; pou fanmi Jeremi, se te Anànya; 13 pou fanmi Esdras+, se te Mechoulam; pou fanmi Amarya, se te Jewoyanan; 14 pou fanmi Malouki, se te Jonatan; pou fanmi Chebànya, se te Jozèf; 15 pou fanmi Arim+, se te Adna; pou fanmi Merayòt, se te Elkayi; 16 pou fanmi Ido, se te Zakari; pou fanmi Gineton, se te Mechoulam; 17 pou fanmi Abija+, se te Zikri; pou fanmi Minyamin, se te ...*; pou fanmi Mowadya, se te Piltayi; 18 pou fanmi Bilga+, se te Chamwa; pou fanmi Chemaya, se te Jewonatan; 19 pou fanmi Joyarib, se te Matenayi; pou fanmi Jedaya+, se te Ouzi; 20 pou fanmi Salayi, se te Kalayi; pou fanmi Amòk, se te Ebè; 21 pou fanmi Ilkya, se te Achabya, e pou fanmi Jedaya, se te Netanèl.
22 Nan epòk Elyachib, Joyada, Jowanan ak Yadouwa+, yo te konn anrejistre chèf fanmi Levit yo, jan yo te konn fè pou prèt yo, rive jis sou rèy Dariyis, wa peyi Pès.
23 Yo te anrejistre non Levit ki te chèf fanmi yo nan liv yo te konn ekri evènman ki pase yo, rive jis nan epòk Jowanan, pitit gason Elyachib. 24 Achabya, Cherebya ak Jechwa+ ki te pitit gason Kadmyèl+ te alatèt Levit yo, e frè yo te genyen yo te kanpe anfas yo lè yo t ap bay Bondye louwanj e yo t ap di Bondye mèsi, jan David, sèvitè vrè Dye a, te bay lòd pou yo fè sa+. Gwoup yo t ap fè pòs youn bò kote lòt. 25 Matànya+, Bakboukya, Obadya, Mechoulam, Talmon ak Akoub+ te kanpe devan pòtay yo pou yo veye+ depo yo pandan yo toupre pòtay yo. 26 Yo t ap fè sèvis sa a nan epòk Joyakim, pitit gason Jechwa+ ki desandan Josadak e nan epòk Neyemi, gouvènè a, ak Esdras+, prèt ki te konn kopye Lalwa a.
27 Lè yo t apral inogire miray Jerizalèm yo, yo te chèche Levit yo tout kote yo te abite e yo te mennen yo Jerizalèm pou yo ka fè inogirasyon an ak kè kontan, pou yo chante pou di Bondye mèsi+ ak senbal, ak enstriman mizik ki gen kòd e avèk hap*. 28 Pitit gason moun ki t ap chante yo* te rasanble, yo te soti nan tèritwa ki toutotou zòn Jouden an, toutotou Jerizalèm, nan zòn moun Netofa yo+, 29 nan Bètgilgal+, nan tèritwa Geba+ ak tèritwa Azmavèt yo+, paske chantè yo te bati vilaj pou yo rete toutotou Jerizalèm. 30 Epi, prèt yo ak Levit yo te pirifye tèt yo e yo te pirifye pèp la+, pòtay yo+ ak miray la+.
31 Epi, mwen te fè prens Jida yo monte sou tèt miray la. Apre sa, mwen te met de gwo gwoup chantè k ap chante pou di Bondye mèsi e mwen te met de gwoup moun ap mache dèyè yo. Yon gwoup t ap mache sou miray la, sou bò dwat, pou y al bò Pòtay Pil Sann+. 32 Ochaya ak mwatye nan prens Jida yo t ap mache dèyè yo 33 ansanm ak Azarya, Esdras, Mechoulam, 34 Jida, Benjamen, Chemaya ak Jeremi. 35 Te gen kèk nan pitit gason prèt yo ki te avèk twonpèt yo+, tankou Zakari, pitit gason Jonatan ki pitit gason Chemaya, yon desandan Matànya ki pitit gason Mikaya li menm ki pitit gason Zakou, yon desandan Asaf+, 36 ansanm ak frè l yo, anpalan de Chemaya, Azarèl, Milalayi, Gilalayi, Marayi, Netanèl, Jida ak Anani ki te gen enstriman mizik David yo+, sèvitè vrè Dye a, nan men yo. Epi, Esdras+, moun ki te konn kopye Lalwa a, t ap mache devan yo. 37 Yo te bò Pòtay Sous+, yo t apral tou dwat devan yo sou mach eskalye+ Vil David la+, kote pou yo monte sou miray la, pa anwo Kay David la rive jis bò Pòtay Dlo a+, nan lès.
38 Lòt gwoup chantè ki t ap chante pou di Bondye mèsi a t ap mache sou lòt bò a*, e mwen t ap suiv yo ansanm ak mwatye nan pèp la sou miray la, yo te kite Fò Founo Pen+ e yo te rive jis bò Gwo Miray la+. 39 Yo te kite Pòtay Efrayim+, yo rive jis bò Pòtay Ansyen Vil la+ ak Pòtay Pwason+, yo te kontinye ale bò Fò Ananèl+ ak Fò Meya e yo te rive jis bò Pòtay Mouton+. Yo te vin kanpe bò Pòtay Gad yo.
40 Alafen, de gwoup chantè ki t ap chante pou di Bondye mèsi yo te kanpe devan kay vrè Dye a. Se sa mwen menm ak mwatye nan lòt chèf ki te avè m yo te fè tou, 41 ak prèt yo, anpalan de Elyakim, Maraseya, Minyamin, Mikaya, Eliyoyenayi, Zakari ak Anànya, ki te gen twonpèt nan men yo, 42 ansanm ak Maraseya, Chemaya, Eleyaza, Ouzi, Jewoyanan, Malkija, Elam ak Ezè. Chantè yo t ap chante byen fò, e se Izraya ki te alatèt yo.
43 Jou sa a, yo te ofri yon pakèt sakrifis e yo te kontan+, paske vrè Dye a te fè kè yo kontan anpil. Medam yo ak timoun yo te kontan tou+, menm moun ki byen lwen te ka tande bri yo t ap fè, tèlman yo te kontan+.
44 Jou sa a, te gen moun yo te bay responsab depo+ yo te konn met ofrann yo+, depo yo te konn met premye bagay yo rekòlte yo+ ak depo yo te konn met dizyèm*+ moun yo te konn bay nan sa yo genyen yo. Nan depo sa yo, yo te dwe konsève pwodui moun nan vil yo te konn bay ki soti nan jaden yo, jan lalwa+ te mande sa, paske travay prèt yo ak Levit+ yo te fè yo te fè kè moun Jida yo kontan anpil. 45 Epi, yo te kòmanse fè travay Bondye yo t ap sèvi a te ba yo fè a e yo te pirifye tout moun ak tout bagay, jan yo te dwe fè sa. Menm jan an tou, chantè yo ak moun ki t ap veye pòtay yo te fè travay yo selon lòd David ak Salomon, pitit gason l, te bay yo. 46 Paske, depi byen lontan, nan epòk David ak Asaf, te gen mesye ki t ap dirije* chantè ki t ap chante pou bay Bondye louwanj e pou di l mèsi+. 47 Epi, nan epòk Zowobabèl+ ak nan epòk Neyemi, tout pèp Izrayèl la te bay chantè yo+ ak mesye ki t ap veye pòtay yo+ pwovizyon pa yo selon sa yo bezwen chak jou. Yo te mete pwovizyon ki pou Levit+ yo apa, e Levit yo te retire pati y ap bay desandan Arawon yo.
13 Nan jou sa a, yo te li liv Moyiz la pou pèp la+ te ka tande, e selon sa ki te ekri ladan l, okenn moun nan desandan Amon+ oswa okenn moun peyi Mowab pa dwe janm vin fè pati pèp vrè Dye a+, 2 paske yo pa t vin rankontre Izrayelit yo, ni yo pa t pot pen ak dlo pou yo. Olye de sa, yo te peye Balaam pou l lage malediksyon sou yo+. Men, Bondye nou an te fè malediksyon yo a tounen benediksyon+. 3 Kou pèp Izrayèl la te tande sa liv Lalwa a di, yo te kòmanse retire tout moun ki desandan moun lòt nasyon*+ pami pèp Izrayèl la.
4 Twouve, anvan sa, prèt ki te responsab tout depo* ki te nan kay* Bondye nou an+ se te Elyachib+, yon fanmi Tobya+. 5 Elyachib te prepare yon gwo depo* pou Tobya, kote anvan sa yo te konn met ofrann manje angren yo, lansan, veso yo, dizyèm* nan manje angren yo, diven ki fèk fèt yo ak luil yo+, bagay ki te la pou Levit yo+, chantè yo ak moun ki t ap veye pòtay yo, e se menm kote a yo te konn mete pòsyon ki te pou prèt yo+.
6 Epi, pandan tout tan sa a, mwen pa t Jerizalèm, paske mwen t al kot wa a nan 32yèm ane+ rèy Atagzèsès+, wa Babilòn nan, e kèk tan apre sa, mwen te mande wa a pèmisyon pou m retounen. 7 Apre sa, mwen t al Jerizalèm e mwen te wè move bagay Elyachib+ te fè a, li te prepare youn nan depo yo pou Tobya+ nan lakou kay vrè Dye a. 8 Sa pa t fè m plezi ditou. Se sa k fè mwen te voye tout mèb Tobya yo ki te nan depo* a deyò, 9 epi mwen te bay lòd pou yo pwòpte depo* yo, e yo te fè sa. Mwen te remete veso ki pou kay vrè Dye a+ nan depo* a ansanm ak ofrann manje angren yo ak lansan an+.
10 Mwen te vin aprann yo pa t bay+ Levit yo pòsyon yo te dwe ba yo a+, sa ki te fè Levit yo ak chantè yo kite travay yo e yo chak t al fè jaden+. 11 Se sa k fè mwen te fè mesye ki te alatèt yo obsèvasyon+, mwen te mande yo: “Poukisa nou neglije kay vrè Dye a+?” Epi, mwen te fè yon reyinyon avèk Levit yo e mwen te mete yo chak nan pòs yo ankò. 12 Tout moun nan Jida te pote dizyèm+ nan manje angren yo, nan diven ki fèk fèt yo ak luil yo nan depo yo+. 13 Apre sa, mwen te met Chelemya, prèt la, Zadòk, yon moun ki te konn kopye Lalwa, ak Pedaya, youn nan Levit yo, responsab depo yo ansanm ak Ranan, pitit gason Zakou ki desandan Matànya, pou ede yo nan travay yo, paske mesye sa yo se moun yo te fè konfyans. Yo te gen responsablite pou yo separe pwovizyon yo bay mesye ki nan fanmi yo.
14 Mwen te priye Bondye, mwen te di: “O Bondye m nan, sonje m+ pou sa m te fè yo, epi pa bliye sa m te fè ki montre jan m renmen* kay ou a, Bondye mwen, ak sèvis k ap fèt ladan l yo*+.
15 Nan epòk sa a, pandan jou saba a+, mwen te wè moun nan Jida k ap fè travay kraze rezen ak pye yo nan près diven, yo t ap pote manje angren met sou do bourik yo, yo t ap pote diven, grap rezen, fig frans ak tout kalite chay nan Jerizalèm jou saba+ a. Se sa k fè mwen te avèti yo pou yo pa vann bagay pou moun manje nan jou sa a. 16 Epitou, moun Ti yo ki te abite nan vil la t ap vini ak pwason ak tout kalite machandiz e yo t ap vann moun Jida yo ki nan Jerizalèm bagay sa yo jou saba a+. 17 Se sa k fè, mwen te fè gwo potanta nan Jida yo obsèvasyon e m te di yo: “Ki bagay mal sa a n ap fè la a? Apa nou vyole lwa sou saba a! 18 Èske se pa sa zansèt nou yo te fè ki fè Bondye nou an te lage tout malè sa a sou nou ak sou vil sa a? Men, kounye a, n ap fè Bondye vin pi an kòlè kont pèp Izrayèl la paske nou pa respekte jou saba a+.”
19 Se sa k fè, kou l te kòmanse fè nwa bò pòtay Jerizalèm yo, anvan saba a kòmanse, mwen te bay lòd pou yo fèmen pòtay yo e mwen te met kèk nan sèvitè m yo nan pòtay yo yon fason pou moun pa antre nan vil la ak okenn chay nan jou saba a. 20 Sa te vin fè gwo komèsan yo ak machann ki gen tout kalite machandiz yo pase youn oswa de nuit deyò vil Jerizalèm. 21 Epi, mwen te avèti yo e mwen te di yo: “Poukisa n ap pase nuit devan miray la? Si nou fè sa ankò, m ap fè nou deplase la a ak gwo ponyèt.” Depi lè sa a, yo pa t vini nan jou saba a ankò.
22 Epi, mwen te di Levit yo pou yo pirifye tèt yo regilyèman e pou yo vin veye pòtay yo pou jou saba a ka rete yon jou ki sakre+. Mwen te priye Bondye, mwen te di: “O Bondye m nan, sonje sa m te fè la a tou pou w aji byen avè m e gen pitye pou mwen paske w gen anpil lanmou ki fidèl+.”
23 Epitou, lè sa a mwen te wè gen Juif ki te marye ak fi ki moun Achdòd+, fi ki desandan Amon+ e ak fi ki moun peyi Mowab*+. 24 Mwatye nan pitit yo te genyen yo t ap pale lang peyi Achdòd ak lang moun lòt nasyon yo te pale, men pa gen youn ki te pale lang Juif yo. 25 Se sa k fè mwen te fè yo obsèvasyon e mwen te mande pou malediksyon tonbe sou yo, mwen te bat kèk nan mesye yo+, mwen te rache cheve yo e mwen te fè yo fè sèman devan Bondye, mwen te di yo: “Nou pa dwe marye pitit fi nou ak pitit gason yo e nou pa dwe pran pitit fi pa yo pou nou marye yo ak pitit gason nou yo oswa pou marye avèk nou+. 26 Èske se pa fi sa yo ki te fè wa Salomon ki t ap dirije pèp Izrayèl la peche? Nan tout nasyon yo, pa t gen yon wa tankou l+. Bondye l la te renmen l+, se sa k fè Bondye te mete l wa sou tout pèp Izrayèl la. Men, menm li menm, madanm li te genyen ki moun lòt nasyon yo te fè l peche+. 27 Se pa posib! Ki jan nou fè fè gwosè peche sa a kont Bondye nou an pou nou twouve al marye ak fi lòt nasyon+?”
28 Youn nan pitit gason Joyada+ yo, yon pitit gason Elyachib+ ki te gran prèt, te vin bofis Sanbala+, moun Bètowon. Se sa k fè mwen te fè l ale lwen m.
29 Mwen te priye Bondye, mwen te di: “O Bondye m nan, pa bliye sa yo fè yo, paske yo pa gen okenn respè pou sèvis prèt yo e yo pa respekte alyans ou te fè ak prèt yo+ ansanm ak Levit yo+.
30 Epi, mwen te pirifye pèp la anba tout salte moun lòt nasyon yo, mwen te bay prèt yo ak Levit yo travay pou yo fè, mwen te mete yo chak nan sèvis yo+ 31 e mwen te bay lòd pou yo bay bwa+ yo nan lè yo dwe bay yo e pou yo pote premye fwi mi yo.
Mwen te priye Bondye, mwen te di: “O Bondye m nan, sonje m pou w aji byen avè m+.”
Sa vle di: “Ja bay konsolasyon”.
Gade Apendis B15.
Oswa: “palè; fòtrès”.
Lit.: “ni kay papa m”.
Oswa: “avètisman”.
Gade Apendis B15.
Oswa: “rèn nan”.
Oswa: “pa lòtbò Rivyè Efrat”.
Oswa: “forè wa a”.
Oswa: “pou tanp lan”.
Lit.: “yon sèvitè”.
Lit.: “te bay men yo fòs”.
Lit.: “sèvitè”.
Lit.: “yo pa t pote kou yo met nan”.
Lit.: “yo te pou twòn”.
Oswa: “pa lòtbò Rivyè Efrat”.
Oswa: “ki te konn fè pafen”.
Oswa: “yo te met wòch plat sou”.
Oswa: “yon pati yo te mezire”.
Yon koude egal 44,5 sm (17,5 pous). Gade Apendis B14.
“Chela” vle di “Kanal”. Se yon basen kote dlo te konn soti nan yon kanal pou vin ladan l.
Se kapab tou: “moun tèritwa ki toupre yo”.
Oswa: “Palè a”
Oswa: “Netinim yo”. Lit.: “Moun yo bay yo”.
Oswa: “Netinim yo”. Lit.: “moun yo bay yo”.
Oswa: “vekse”.
Lit.: “dis fwa”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “Menm jan chè frè nou yo se chè nou”.
Oswa: “Nou chak bay frè nou yo ponya”.
Lit.: “ak yon santyèm”, sa vle di en pousan enterè chak mwa.
Lit.: “souke lestomak mwen”.
Oswa: “Se konsa pou sa ye”.
Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.
Oswa: “ak lajan m”.
Lit.: “Se nan kè w yo soti”.
Gade Apendis B15.
Lit.: “nan je pa yo, yo te tonbe byen fò”.
Oswa: “Netinim yo”. Lit.: “moun yo bay yo”.
Oswa: “Netinim yo”. Lit.: “moun yo bay yo”.
Oswa: “yo te mete yo deyò kòm prèt paske yo pa t nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye”.
Oswa: “Tichata a”. Se tit yo te bay yon gouvènè k ap dirije yon tèritwa nan peyi Pès.
Oswa: “Tichata a”. Se tit yo te bay yon gouvènè k ap dirije yon tèritwa nan peyi Pès.
Se yon pyès monnen annò yo te konn itilize nan peyi Pès ki te peze anviwon 8,4 g. Se pa menm ak drak ki nan Liv ki te ekri an grèk yo. Gade Apendis B14.
Nan Liv ki te ekri ann ebre yo, yon min egal 570 g. Gade Apendis B14.
Oswa: “Netinim yo”. Lit.: “moun yo bay yo”.
Lit.: “tout pèp Izrayèl”.
Oswa: “Se konsa pou sa ye”.
Oswa: “Tichata”. Se tit yo te bay yon gouvènè k ap dirije yon tèritwa nan peyi Pès.
Lit.: “manje bagay gra”.
Oswa: “fòtrès“.
Oswa: “abri yo te fè pou yon ti tan”.
Se yon plant fèy li klere e ki fè yon seri flè blan ki gen bon sant.
Lit.: “yon ka nan jounen an”.
Oswa: “pandan tout letènite”.
Lit.: “tout lame li genyen yo”.
Lit.: “e tout lame ki nan syèl la”. Se kapab zanj yo ak zetwal yo.
Lit.: “semans li”.
Oswa: “lwa moun ka fè konfyans”.
Lit.: “ou te leve men w”.
Lit.: “fè kou yo di”.
Oswa: “yon Bondye ki konn padone”.
Oswa: “konpasyon”.
Oswa: “anpil bonte ki gen lanmou”.
Lit.: “bon lespri”.
Oswa: “ki rich”.
Lit.: “e yo te voye Lwa w la jete dèyè do yo”.
Oswa: “pou yo kraze yo”.
Oswa: “konpasyon”.
Oswa: “avètisman”.
Oswa: “Tichata a”. Se tit yo te bay yon gouvènè k ap dirije yon tèritwa nan peyi Pès.
Oswa: “Netinim yo”. Lit.: “moun yo bay yo”.
Se kapab tou: “tout moun ki te ase gran pou yo konprann”.
Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.
Oswa: “tanp”.
Oswa: “salamanje”.
Oswa: “ansanm ak ladim”.
Oswa: “nan salamanje yo”.
Oswa: “nan salamanje yo”.
Oswa: “Netinim yo”. Lit.: “moun yo bay yo”.
Oswa: “tanp”.
Oswa: “Chak moun t ap viv nan eritaj pa l”.
Oswa: “Netinim yo”. Lit.: “Moun yo bay yo”.
Lit.: “te bò men wa a”.
Oswa: “te monte kan yo”.
Se kapab tou: “anfas yo pandan yo t ap chante”.
Nan tèks ebre a, manke yon non la a.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “Chantè ki te byen antrene yo”.
Oswa: “t ap mache devan”.
Oswa: “yo te konn met ladim”.
Lit.: “ki te tèt”.
Oswa: “moun san yo mele”.
Oswa: “salamanje”.
Oswa: “tanp”.
Oswa: “salamanje”.
Oswa: “ladim”.
Oswa: “salamanje”.
Oswa: “salamanje”.
Oswa: “salamanje”.
Oswa: “jan m gen lanmou ki fidèl pou”.
Oswa: “ak travay moun k ap veye pòtay yo”.
Oswa: “ki te pran fi ki moun Achdòd, fi ki desandan Amon ak fi ki moun peyi Mowab met lakay yo”.