LÈT PÒL TE EKRI KRETYEN NAN VIL FILIP YO
1 Mwen menm, Pòl, ak Timote, esklav Kris Jezi, m ap ekri tout moun ki sen nan vil Filip yo+, ki ann inyon ak Kris Jezi, ak siveyan yo ansanm ak sèvitè ministeryèl* yo+:
2 Mwen swete pou nou gen favè san parèy ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou an, ak nan Seyè a, Jezi Kris.
3 Mwen toujou di Bondye m nan mèsi chak fwa m sonje nou, 4 nan chak siplikasyon mwen fè pou nou tout. Se avèk jwa mwen fè siplikasyon m yo+ 5 poutèt nou ede* bon nouvèl la avanse depi premye jou a pou jis kounye a. 6 Paske, men asirans mwen genyen: Sila a ki te kòmanse yon bon travay nan nou an ap kontinye travay sa a pou l fini l+ jis nan jou Kris Jezi a+. 7 Se tou nòmal pou m panse avè n nan sans sa a, paske nou nan kè m, nou tout k ap patisipe avè m nan favè san parèy la, kit se nan chenn ki mare m yo+, kit se nan defann bon nouvèl la e nan fè rekonèt li devan lajistis+.
8 Paske Bondye temwen jan m anvi wè nou tout ak yon afeksyon ki sot nan fon kè m tankou afeksyon Kris Jezi genyen an. 9 E men sa m ap kontinye mande nan priyè mwen: Se pou lanmou nou ogmante chak jou pi plis+ avèk konesans egzak+ e avèk yon konpreyansyon total+, 10 pou nou ka rekonèt bagay ki pi enpòtan yo+, dekwa pou nou ka san defo e pou nou pa tounen yon obstak pou lafwa lòt moun*+, jis nan jou Kris la, 11 e dekwa pou nou ka plen ak fwi jistis, grasa Jezi Kris+, pou glwa ak louwanj Bondye.
12 Kounye a, frè m yo, mwen ta renmen nou konnen bagay ki rive m yo vire nan avantaj bon nouvèl la. 13 Konsa, tout moun ki nan Gad Anperè a ak tout rès moun yo vin konnen+ se pou Kris mwen gen chenn ki mare m yo+. 14 Kounye a, pifò nan frè yo, ki nan sèvis Seyè a, montre yo gen plis kouraj toujou pou yo pale pawòl Bondye a san yo pa pè, piske chenn ki mare m yo fè yo vin gen asirans.
15 Se vre, gen moun se jalouzi ak lespri konpetisyon ki pouse yo preche Kris, men gen lòt moun ki fè l ak bon entansyon. 16 Dezyèm gwoup moun yo, se lanmou yo gen lakay yo ki fè y ap anonse Kris, paske moun sa yo konnen yo te chwazi m pou m ka defann bon nouvèl la+. 17 Men, premye gwoup moun yo ap fè sa nan yon lespri polemik, yo pa fè l ak bon entansyon, paske yo vle ban m pwoblèm nan chenn ki mare m yo. 18 Ki rezilta sa bay? Okenn rezilta. Yon sèl bagay, sèke kèlkeswa jan sa ye, kit se sou blòf, kit se toutbon, y ap anonse Kris, e sa fè m rejwi. Anfèt, m ap toujou kontinye rejwi, 19 paske mwen konnen mwen pral delivre grasa siplikasyon nou+ e grasa èd lespri sen Jezi Kris bay la+. 20 Sa ann amoni ak tann m ap tann avèk enpasyans lan e sa ann amoni ak espere mwen espere anyen pap fè m wont lan. Men, mwen espere, lefètke mwen alèz pou m pale, Kris ap jwenn glwa pa mwayen mwen menm* kounye a, tankou jan sa te toujou konn fèt, kit se pa mwayen lavi, kit se pa mwayen lanmò+.
21 Paske nan ka pa m, si m ap viv, se pou Kris+, e si m mouri, se yon avantaj+. 22 Kounye a, si se pou m kontinye viv nan lachè, sa vle di travay mwen pwodui fwi. Epoutan, sa pou m chwazi a, mwen pa konnen l. 23 Li difisil pou m fè yon chwa ant de bagay sa yo, paske mwen ta renmen libere e mwen ta renmen ansanm ak Kris+, e se sèten se sa k pi bon lontan+. 24 Sepandan, li pi nesesè pou m rete nan lachè poutèt nou. 25 Donk, piske mwen pa gen dout sou sa, mwen konnen m ap rete e m ap kontinye rete avèk nou tout pou nou ka pwogrese e pou nou ka jwenn kè kontan nan lafwa nou genyen an, 26 yon fason pou gwo kè kontan nou genyen an ka vin anpil nan Kris Jezi grasa mwen, lè m ap la ansanm avèk nou ankò.
27 Sèlman, konpòte nou* yon fason ki diy pou bon nouvèl konsènan Kris la+, dekwa pou, kit mwen vin wè nou, kit mwen pa vin wè nou*, mwen ka tande pale de nou e mwen ka tande n ap kenbe fèm nan yon sèl espri, e nou fè yon sèl nanm*+ pou nou lite kòtakòt pou lafwa nan bon nouvèl la, 28 san nou pa kite advèsè nou yo kraponnen nou ditou. Sa a se yon prèv ki montre yo menm y ap detwi+, men nou menm n ap sove+. E se Bondye ki bay prèv sa a, 29 paske se nou menm yo bay privilèj nonsèlman pou nou mete lafwa nou nan Kris, men tou pou nou soufri pou li+. 30 Paske, menm batay nou te wè m ap mennen an+, e kounye a nou tande mwen toujou ap mennen an, se li menm tou n ap mennen.
2 Kidonk, si nan mitan nou gen ankourajman nan Kris, gen konsolasyon nan lanmou, youn montre li gen sousi pou lòt*, gen afeksyon ki sot nan fon kè e gen konpasyon, 2 fè kè m kontan nèt lè nou gen menm panse, menm lanmou, lè nou byen ini*, lè nou kenbe yon sèl panse nan lespri nou+. 3 Pa fè anyen nan polemik+, ni paske nou vle bay tèt nou twòp enpòtans+, men, avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou+ 4 lè nou pa chèche enterè pa nou sèlman+, men lè nou chèche enterè pa lòt moun tou+.
5 Kenbe menm mantalite Kris Jezi te genyen an nan nou+. 6 Byenke li te egziste nan menm fòm ak Bondye+, li pa t anvizaje fè yon dappiyanp sou pozisyon Bondye, sa vle di pou l ta egal avè l+. 7 Non, li te pito kite fòm li te genyen an, li te pran fòm yon esklav+ e li te vin tounen yon moun*+. 8 Anplis de sa, lè l te vini kòm moun*, li te imilye tèt li e li te vin obeyisan jis li mouri+, wi, jis li mouri sou yon poto soufrans*+. 9 Se pou rezon sa a tou, Bondye leve l met nan yon pozisyon ki pi wo+, e avèk bonte, li ba l non ki anlè tout lòt non an+, 10 yon fason pou tout jenou pliye nan non Jezi, kit se nan syèl la, kit se sou tè a, kit se anba tè a+, 11 e pou tout lang rekonèt aklè Jezi Kris se Seyè+ pou glwa Bondye, Papa a.
12 Se poutèt sa, byenneme m yo, jan nou toujou obeyi, nonsèlman lè m la, men kounye a plis toujou pandan m pa la, kontinye travay pou pwòp delivrans nou, avèk krent ak anpil respè, 13 paske se Bondye ki fòtifye nou ann amoni ak sa ki fè l plezi, li ban nou volonte e li ban nou fòs pou nou aji. 14 Kontinye fè tout bagay san plenyen+, san diskisyon+, 15 yon fason pou nou ka vin san repwòch e pou nou ka vin inosan, pou nou ka vin pitit Bondye+ ki san tach nan mitan yon jenerasyon ki kwochi e ki kòwonpi+, kote n ap klere tankou flanbo nan monn nan+, 16 pandan n ap kenbe pawòl lavi a byen di+. Konsa, m ap gen rezon pou m rejwi nan jou Kris la, piske m konnen mwen pa t kouri pou granmesi, ni mwen pa t travay di pou granmesi. 17 Men, menmsi yo vide m tankou yon bwason y ap vide kòm ofrann+ sou sakrifis+ lafwa nou pouse nou fè nan sèvis sakre* n ap bay la, mwen kontan e mwen rejwi avèk nou tout. 18 Menm jan an tou, se pou nou kontan e se pou nou rejwi avèk mwen.
19 Kounye a, mwen espere, si se volonte Seyè Jezi, mwen pap pran anpil tan pou m voye Timote+ ban nou, pou m ka jwenn ankourajman lè m pran nouvèl nou. 20 Paske, mwen pa gen pèsonn ki gen menm atitid avè l, pa gen pèsonn tankou l ki gen sousi pou nou toutbon. 21 Paske, tout lòt moun yo ap chèche pwòp enterè yo, yo pap chèche enterè Jezi Kris. 22 Men li menm, nou konnen li fè prèv li, paske, menm jan yon pitit+ konn fè pou papa l, se konsa li travay ansanm avèk mwen tankou yon esklav pou bon nouvèl la ka pwogrese. 23 Anfèt, se moun sa a mwen swete voye ban nou, kou m fin wè ki jan bagay yo ap mache pou mwen. 24 An reyalite, mwen gen konfyans nan Seyè a, mwen menm tou sa pap pran m anpil tan pou m vini+.
25 Men pou kounye a, mwen wè li nesesè pou m voye Epafwodit ban nou, li menm ki se frè m, konpayon travay mwen, sòlda parèy mwen, moun nou te voye pou pran swen m nan+, 26 paske se pa ti anvi li anvi wè nou tout, e li vin tris anpil poutèt nou te tande li te malad. 27 Vrèmanvre, li te malad, li te prèske mouri, men Bondye te gen pitye pou li, anfèt pa sèlman pou li, men pou mwen tou, pou m pa gen chagren sou chagren. 28 Kidonk, m ap voye l byen vit pou kè nou ka kontan ankò lè nou wè l, e pou m ka gen mwens kè kase. 29 Se sa k fè, akeyi l ak anpil jwa, jan nou abitye fè sa nan Seyè a, e kontinye bay moun konsa anpil valè+. 30 Paske, akoz travay Kris la*, li pase toupre lanmò, li riske lavi l* pou l ka fè m pa menm santi nou pa t la pou nou te rann mwen sèvis+.
3 Anfen, frè m yo, kontinye rejwi nan Seyè a+. Se pa yon pwoblèm pou mwen pou m ekri nou menm bagay yo, men se pou pwoteksyon nou.
2 Fè atansyon ak moun k ap fè salte yo*. Fè atansyon ak moun ki lakòz lòt moun soufri yo. Fè atansyon ak moun k ap sikonsi lachè yo+. 3 Paske se nou menm ki gen vrè sikonsizyon an+, nou menm k ap bay Bondye yon sèvis sakre grasa lespri li, nou menm k ap jwenn glwa nan Kris Jezi+ e ki pa mete konfyans nou nan lachè, 4 byenke mwen menm, plis pase tout lòt moun, mwen gen rezon pou m mete konfyans mwen nan lachè.
Si nenpòt lòt moun panse li gen rezon pou l mete konfyans li nan lachè, mwen gen plis rezon toujou pou m ta fè sa: 5 Mwen sikonsi sou uityèm jou+, mwen soti nan nasyon Izrayèl la, mwen sot nan tribi Benjamen, mwen se yon Ebre, pitit Ebre+. Selon lalwa, mwen se yon Farizyen+. 6 Si se pou zèl, mwen te pèsekite kongregasyon an+. Si se pou vin jis pa mwayen lalwa, mwen te montre m san repwòch. 7 Poutan, bagay ki te yon avantaj pou mwen, mwen aksepte pèdi yo* poutèt Kris+. 8 Mete sou sa, mwen aksepte tou pou m pèdi tout bagay poutèt kokenn enpòtans konesans sou Kris Jezi, Seyè m nan, genyen. Poutèt li menm, mwen aksepte pèdi tout bagay e mwen konsidere yo tankou yon pil fatra*, yon fason pou m ka gen Kris 9 e pou yo jwenn mwen ann inyon avèk li. Sa vle di mwen pa apiye sou pwòp jistis mwen lefètke m ap suiv Lalwa, men mwen apiye sou jistis ki soti pa mwayen lafwa+ nan Kris la+, jistis ki soti nan Bondye sou baz lafwa a+. 10 Objektif mwen se pou m konnen l, pou m konnen pisans rezirèksyon l lan+ e pou m patisipe nan soufrans li yo+, etan m ap soumèt mwen anba yon lanmò ki sanble ak pa l la+, 11 pou m wè si l posib pou m rive benefisye rezirèksyon pami mò yo, rezirèksyon k ap fèt pi bonè a+.
12 Sa pa vle di mwen deja jwenn rekonpans lan oswa mwen deja vin pafè, men m ap kontinye kouri+ pou m wè si mwen menm tou m a met men sou sa Kris Jezi te chwazi m pou li a*+. 13 Frè m yo, mwen poko konsidere mwen met men sou li. Men, gen yon bagay mwen sèten: Mwen bliye bagay ki dèyè yo+ e mwen lanse dèyè bagay ki devan yo+, 14 m ap kouri pou m ka jwenn rekonpans lan+. Rekonpans sa a se lavi nan syèl la Bondye ap bay moun li rele+ pa mwayen Kris Jezi yo. 15 Donk, se pou tout moun pami nou ki gen matirite+ montre se mantalite sa a yo genyen, e si nou ta panse yon lòt jan sou kèlkeswa pwen an, Bondye ap fè nou konnen mantalite ki kòrèk la. 16 Antouka, kèlkeswa degre nou rive nan pwogrè nou, annou kontinye mache annòd nan menm direksyon an.
17 Frè m yo, se pou nou tout ansanm imite m+ e se pou nou kite je nou fikse sou moun k ap mache yon fason ki ann amoni ak egzanp nou ban nou an. 18 Paske, gen anpil moun k ap mache antanke ènmi poto soufrans* Kris la. Mwen te konn pale de moun sa yo souvan. Kounye a tou m ap pale de yo, men se ak dlo nan je. 19 Fen yo se destriksyon, e dye yo se vant* yo. Bagay ki pou fè yo wont, se ladan l yo jwenn glwa, e se bagay ki sou tè a ki nan lespri yo+. 20 Men, sitwayènte pa nou+ se nan syèl li ye+. N ap tann yon sovè avèk enpasyans, se Seyè a, Jezi Kris, ki nan syèl la+. 21 Li pral sèvi ak gwo pouvwa li genyen an pou l transfòme kò nou ki nan yon nivo ki ba pou l fè l vin tankou kò li ki gen glwa+, e pou l fè tout bagay soumèt devan l+.
4 Se poutèt sa, frè m yo, nou menm mwen renmen e mwen anvi wè anpil, nou menm ki jwa mwen e ki kouwòn mwen+, nou menm byenneme m yo, se pou nou kenbe fèm+ nan Seyè a jan m sot di nou an.
2 Mwen ankouraje Evodi e mwen ankouraje Sentich pou yo gen menm panse nan Seyè a+. 3 Wi, m ap mande w, ou menm tou, antanke bonjan konpayon k ap travay* ansanm avè m, pou w kontinye ede medam sa yo ki te lite kòtakòt avèk mwen pou bon nouvèl la, ansanm ak Kleman ak lòt konpayon travay mwen yo, yo menm ki gen non yo nan liv lavi a+.
4 Se pou nou toujou rejwi nan Seyè a! M ap di nou ankò: Se pou nou rejwi+! 5 Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab+. Seyè a toupre. 6 Pa enkyete nou pou anyen+, men fè Bondye konnen demann nou yo+ nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon toutpandan n ap di l mèsi. 7 E lapè+ Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou+ ak lespri nou* pa mwayen Kris Jezi.
8 Anfen, frè m yo, kontinye reflechi sou* tout bagay ki vrè, tout bagay ki merite konsiderasyon, tout bagay ki jis, tout bagay ki pwòp, tout bagay ki merite pou yo renmen yo, tout bagay ki gen bon repitasyon, tout bagay ki bon e tout bagay ki merite louwanj+. 9 Bagay nou te aprann e nou te aksepte yo, sa nou te tande yo ak sa nou te wè anrapò avèk mwen yo, pratike yo+, e Bondye lapè a ap avèk nou.
10 Mwen rejwi anpil nan Seyè a dèske kounye a, anfen, nou rekòmanse gen sousi pou mwen+. Byenke nou te gen sousi pou mwen, nou potko jwenn okazyon pou nou montre sa. 11 Se pa paske m nan nesesite ki fè m di sa, dayè mwen aprann kontante m nan kèlkeswa sitiyasyon m ye+. 12 Mwen konn sa sa vle di gen tikras pwovizyon+, e mwen konn sa sa vle di gen anpil pwovizyon. Nan tout bagay e nan tout sitiyasyon, mwen aprann sekrè ki genyen ni nan vant plen ni nan grangou, ni nan gen anpil ni nan pa gen anyen. 13 Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan+.
14 Epoutan, nou te byen fèt ede m nan tribilasyon m nan. 15 Anfèt, nou menm frè ki nan vil Filip yo, nou konnen lè m te kite Masedwàn, apre nou te fin tande bon nouvèl la premye fwa a, pa t gen okenn kongregasyon ki te ede m oswa ki te aksepte èd mwen, eksepte nou menm sèl+. 16 Paske, pandan m te Tesalonik, nou te voye kichòy ban mwen pou bezwen m. Nou pa t fè sa yon fwa sèlman, men nou te fè sa de fwa. 17 Se pa chèche m ap chèche jwenn yon kado, men, mwen ta renmen nou fè bon aksyon k ap fè nou jwenn plis avantaj. 18 Sepandan, mwen gen tout sa mwen bezwen e mwen menm gen plis pase sa mwen bezwen. Mwen pa manke anyen, piske kounye a, mwen resevwa bagay nou te voye ban mwen yo nan men Epafwodit+. Yo se pafen santi bon+, yon sakrifis agreyab ki fè Bondye plezi. 19 Bondye m nan, bò kote pa l, selon jan li gen anpil glwa, ap ban nou tout sa nou bezwen+ pa mwayen Kris Jezi. 20 Glwa pou Bondye nou an, Papa nou an, pou tout tan gen tan. Amèn.
21 Salye chak moun ki sen ki ann inyon ak Kris Jezi pou mwen. Frè ki ansanm avè m yo voye salye nou. 22 Tout moun ki sen yo voye salye nou, sitou sa ki lakay Seza yo+.
23 Mwen swete pou nou gen favè san parèy Seyè a, Jezi Kris, poutèt bon mantalite nou genyen an.
Oswa: “dyak”. Mo grèk la se dyakonòs.
Oswa: “nou patisipe nan fè”.
Lit.: “pou nou pa fè lòt moun bite”.
Oswa: “pa mwayen kò m”.
Oswa: “aji kòm sitwayen”.
Lit.: “kit mwen pa la”.
Oswa: “e nou ini”.
Lit.: “youn pataje lespri lòt”.
Oswa: “lè nanm nou ini ansanm”.
Lit.: “li te vin sanble ak moun”.
Lit.: “lè l te twouve l nan aparans kòm yon moun”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “sèvis piblik”.
Se kapab tou: “travay Seyè a”.
Oswa: “li met nanm li an danje”.
Lit.: “ak chen yo”.
Se kapab tou: “mwen te aksepte vire do ba yo”.
Oswa: “dechè; rejè”.
Lit.: “sou sa Kris Jezi te met men sou mwen pou li a”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “se dezi lachè”.
Lit.: “bonjan konpayon ki anba jouk”.
Oswa: “ak panse nou”.
Oswa: “medite sou”.