BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • nwt 2 Timote 1:1-4:22
  • 2 Timote

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 2 Timote
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Timote

DEZYÈM LÈT PÒL TE EKRI TIMOTE A

1 Mwen menm, Pòl, yon apot Kris Jezi selon volonte Bondye, ann amoni ak pwomès lavi yo fè moun ki ann inyon ak Kris Jezi yo+, 2 m ap ekri w, Timote, yon pitit mwen renmen anpil+:

Mwen swete pou w gen favè san parèy, mizèrikòd ak lapè ki soti nan Bondye, Papa a, ak nan Kris Jezi, Seyè nou an.

3 Mwen gen Bondye rekonesans, li menm m ap bay yon sèvis sakre menm jan zansèt mwen yo te konn fè sa, e m ap fè sa ak yon konsyans ki klè. Mwen pa janm bliye w nan siplikasyon m ap fè lajounen kou lannuit yo. 4 Lè m sonje jan w te kriye, sa fè m anvi wè w, pou kè m ka kontan anpil. 5 Paske, mwen sonje w gen yon lafwa ki san ipokrizi+. Lafwa sa a, granmè w Loyis ak manman w Enis te genyen l anvan, e mwen gen asirans ou genyen l tou.

6 Se pou rezon sa a m ap fè w sonje pou w pa neglije don Bondye te ba w lè m te poze men m sou ou a*+. 7 Paske, lespri sen* Bondye ban nou an pa fè nou lach+, men li te fè nou vin gen pisans+, lanmou ak bonsans. 8 Se poutèt sa, pinga w wont bay temwayaj sou Seyè nou an+, e pinga w wont poutèt mwen nan prizon pou li. Men, pran lo soufrans pa w+ pou bon nouvèl la, toutpandan w ap konte sou pisans Bondye+. 9 Li sove nou, e li rele nou pou nou vin sen+. Li pa fè sa poutèt aksyon nou fè, men li fè sa selon objektif li e selon favè san parèy li a+. Yo te ban nou favè sa a nan Kris Jezi depi byen lontan. 10 Men kounye a, nou ka wè favè sa a byen klè, grasa Sovè nou an, Kris Jezi+, ki parèt aklè, li menm ki elimine lanmò+ e ki bay limyè sou lavi+ ki pa ka depafini an+, grasa bon nouvèl la+. 11 E se pou li yo te chwazi m pou m vin yon predikatè, yon apot e yon anseyan+.

12 Se poutèt sa m ap sibi bagay sa yo tou+, men mwen pa wont+. Paske, mwen konn Sila a mwen kwè nan li a, e mwen gen konfyans li kapab konsève sa mwen konfye l la jis lè jou a rive+. 13 Kontinye kenbe modèl pawòl ki pwofitab+ ou te tande m di w yo. Fè sa ak lafwa ak lanmou ki nan Kris Jezi. 14 Konsève trezò yo konfye w la, grasa lespri sen ki abite nan nou+.

15 Tankou w konn sa, tout moun ki nan zòn Azi* yo+ vire do ban mwen, san wete Fijèl ak Èmojèn. 16 Mwen swete pou Seyè a fè moun lakay Onezifò yo mizèrikòd+, paske li te ankouraje m souvan, e li pa t wont poutèt mwen nan chenn. 17 Okontrè, lè li te vin Wòm, li te chèche m toupatou, e li te jwenn mwen. 18 Mwen swete pou Jewova*, Seyè a, fè l jwenn mizèrikòd nan jou sa a. Epitou, ou konnen byen tout sèvis li te rann mwen lè m te Efèz.

2 Se sa k fè, pitit mwen+, kontinye pran pisans nan favè san parèy ou genyen an ki nan Kris Jezi. 2 E bagay ou te tande m di w yo, bagay anpil temwen te apiye+, konfye yo bay gason ki fidèl. Yo menm, bò kote pa yo, y ap vin kalifye kòmsadwa pou yo anseye lòt moun. 3 Antanke bon sòlda+ Kris Jezi, pran lo soufrans pa w+. 4 Pa gen okenn moun k ap sèvi kòm sòlda k ap antre* nan fè komès*, dekwa pou moun ki anwole l kòm sòlda a ka apwouve l. 5 Epitou, si yon moun ap patisipe nan yon konpetisyon, li pap jwenn kouwòn nan si l pa suiv regleman yo+. 6 Kiltivatè ki travay di a, se li menm an premye ki dwe jwenn fwi travay li. 7 Se pou w toujou ap reflechi sou sa m ap di yo. Seyè a ap fè w konprann* tout bagay.

8 Pa bliye sa, selon bon nouvèl m ap preche a+, Jezi Kris leve sot nan lanmò+, e li se yon desandan David*+. 9 Se pou bon nouvèl sa a m ap soufri, e se pou li yo mete m nan prizon tankou yon kriminèl+. Epoutan, pawòl Bondye a pa nan chenn+. 10 Se pou rezon sa a mwen kontinye andire tout bagay pou moun Bondye chwazi yo+, dekwa pou yo menm tou, yo ka jwenn delivrans grasa Kris Jezi, e pou yo ka jwenn glwa ki la pou toutan an. 11 Men yon pawòl moun ka fè konfyans: Si nou mouri ansanm avè l, se sèten n ap viv tou ansanm avè l+. 12 Si nou kontinye andire, n ap dirije tou antanke wa ansanm avè l+. Si nou nye l, li menm tou l ap nye nou+. 13 Si nou pa fidèl, li menm l ap rete fidèl, paske li pa ka demanti tèt li.

14 Kontinye fè yo sonje bagay sa yo. Ba yo enstriksyon* devan Bondye pou yo pa fè diskisyon sou mo, yon bagay ki pa itil anyen ditou, paske li kraze* lafwa moun k ap koute yo. 15 Fè tout sa w kapab pou w prezante tèt ou bay Bondye antanke moun li apwouve, antanke yon ouvriye ki pa gen anyen pou l wont e ki manyen pawòl verite a kòrèkteman+. 16 Men, evite pawòl san valè ki opoze ak sa ki sen+, paske moun k ap di pawòl sa yo ap vin pi pa gen respè pou Bondye, 17 e pawòl yo ap gaye tankou gangrenn. Pami moun sa yo, gen Imene ak Filèt+. 18 Mesye sa yo kite laverite, yo di rezirèksyon an fèt deja+, e y ap kraze lafwa kèk moun. 19 Epoutan, Bondye poze yon fondasyon solid ki ret kanpe, e men pawòl li gen sou li tankou yon so: “Jewova* konnen moun ki pou li yo+”, epi: “Se pou tout moun ki met konfyans yo nan non Jewova*+ sispann fè sa ki mal.”

20 Nan yon gwo kay, se pa sèlman veso ki fèt annò ak veso ki fèt ann ajan ki genyen, men genyen tou ki fèt an bwa e genyen ki fèt an tè. Genyen ki la pou yon sèvis ki onorab, men gen lòt ki la pou yon sèvis ki pa onorab. 21 Konsa, si yon moun rete lwen veso ki la pou sèvis ki pa onorab yo, moun sa a ap tounen yon veso ki la pou yon sèvis ki onorab, yon veso ki pirifye, ki itil mèt li, ki prepare pou tout kalite bon travay. 22 Kidonk, kouri pou dezi ki natirèl lakay jèn yo, men chèche gen ladwati, lafwa, lanmou, lapè, ansanm avèk moun ki met konfyans yo nan* Seyè a avèk yon kè ki pwòp.

23 Anplis de sa, rejte vye diskisyon ki pa gen sans yo+, piske w konnen yo lakòz moun fè kont. 24 An reyalite, yon esklav Seyè a pa dwe nan goumen, men li dwe dou* ak tout moun+, li dwe gen kapasite pou l anseye, li dwe metrize tèt li lè yo fè l ditò+, 25 e li dwe enstwi moun ki pa byen dispoze yo avèk dousè+. Petèt, Bondye ka byen pèmèt yo repanti*, e sa ap fè yo jwenn konesans egzak sou verite a+, 26 konsa, yo ka vin nan bonsans yo, e yo ka retire kò yo nan pyèj Dyab la, li menm ki te pran yo tou vivan pou yo fè volonte l+.

3 Men, met sa nan tèt ou: nan dènye jou yo+, tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte. 2 Paske, moun yo ap renmen pwòp tèt yo, y ap renmen lajan, y ap grandizè, y ap ògeye, y ap blasfeme*, y ap dezobeyi paran yo, y ap engra, yo pap fidèl, 3 yo pap gen afeksyon pou moun parèy yo, yo pap dispoze antann yo, y ap pale moun mal, y ap san metriz, y ap sovaj, yo pap renmen sa ki byen, 4 y ap trèt, y ap gen tèt di, y ap gonfle ak ògèy, y ap renmen plezi olye yo renmen Bondye, 5 y ap parèt gen atachman pou Bondye, men y ap aji yon fason ki kontrè ak fòs atachman sa a*+. Moun sa yo, evite yo. 6 Pami yo, gen yon seri mesye ki glise kò yo antre lakay moun, e yo pran tèt fi ki fèb, fi ki chaje ak peche, ki kite yon pakèt dezi mennen yo, 7 ki toujou ap aprann, men ki pa janm ka rive gen yon konesans egzak sou laverite.

8 Menm jan Janès ak Janbrès te opoze ak Moyiz, se menm jan an tou mesye sa yo kontinye ap opoze ak laverite. Lespri yo kòwonpi nèt, e Bondye pa rekonèt yo kòm moun k ap mache selon lafwa. 9 Men, yo pap rive pi lwen, paske foli yo a ap vin klè pou tout moun, menm jan sa te ye pou de mesye sa yo+. 10 Men ou menm, se pye pou pye ou suiv ansèyman m, fason m viv+, objektif mwen, lafwa mwen, pasyans mwen, lanmou mwen ak andirans mwen. 11 Anplis de sa, ou konnen pèsekisyon mwen te sibi, soufrans mwen te andire, tankou sa k te rive m Antyòch+, Ikónyòm+ ak Lis+ yo. Ou konnen ki kalite pèsekisyon m te andire, men Seyè a te delivre m anba yo tout+. 12 Dayè, tout moun ki vle demontre atachman pou Bondye nan lavi yo ann inyon ak Kris Jezi ap jwenn pèsekisyon tou+. 13 Men, moun ki mechan ansanm ak moun ki mètdam ap vin pi mal toujou, y ap twonpe moun e yo twonpe tèt yo+.

14 Men ou menm, rete nan sa w te aprann yo, nan sa yo te konvenk ou pou w kwè yo+, piske w konnen nan men ki moun ou te aprann yo 15 e se depi w toupiti+ ou konnen sa ki ekri nan liv sakre yo+, ki kapab ba w sajès k ap pèmèt ou delivre grasa lafwa nan Kris Jezi+. 16 Tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo+, e yo itil pou anseye+, pou reprimande, pou fè bagay yo vin dwat*+, pou bay disiplin selon prensip Bondye yo ki jis, 17 dekwa pou moun pa Bondye a vin kalifye nèt, pou l vin gen tout sa l bezwen pou l fè tout bon travay.

4 Men lòd fòmèl mwen ba w devan Bondye e devan Kris Jezi, li menm k ap jije+ moun ki vivan yo ak moun ki mouri yo+ lè l ap parèt aklè+ e lè l ap vini nan Wayòm li an+: 2 Preche pawòl la+, fè sa san pèdi tan*, ni nan tan favorab, ni nan tan difisil, korije moun+, reprimande yo, ankouraje yo, fè sa avèk anpil pasyans e avèk ladrès nan fason w ap anseye+. 3 Paske, gen yon tan k ap rive kote yo pap sipòte ansèyman ki pwofitab la+, men, selon pwòp dezi yo, yo pral chèche gen yon bann anseyan toutotou yo pou fè zòrèy yo dous*+. 4 E y ap vire do yo pou yo pa koute laverite, y ap pito al koute lejann. 5 Men ou menm, rete nan bonsans ou nan tout bagay, andire anba difikilte+, travay antanke moun k ap evanjelize*, akonpli sèvis ou nèt+.

6 Paske, mwen prezante tèt mwen tankou yon bwason y ap vide kòm ofrann+, e moman pou m libere a+ toupre rive. 7 Mwen konbat nan bèl konba a+, mwen kouri nan kous la jis mwen fini l+, mwen rete fèm nan lafwa. 8 Depi kounye a, kouwòn jistis la rezève pou mwen+, kouwòn Seyè a, jij ki jis la+, pral ban m kòm rekonpans nan jou sa a+, e se pa mwen sèlman l ap bay li, men se tout moun ki anvi wè l parèt yo.

9 Fè tout sa w kapab pou w vin kote m tousuit. 10 Demas+ abandone m paske li renmen sistèm* ki la kounye a, e l al Tesalonik. Kresans al Galasi, e Tit al Dalmasi. 11 Se Lik sèlman ki avèk mwen. Pran Mak vin avè w, paske li itil mwen pou sèvis la. 12 Men, mwen voye Tichik+ Efèz. 13 Lè w ap vini, pote manto m te kite Twowas lakay Kapis la pou mwen, ansanm ak woulo yo, sitou pachemen yo*.

14 Aleksann, bòs ki konn travay kuiv la, fè m anpil tò. Jewova* ap fè l peye pou aksyon l yo+. 15 Ou menm tou, ou dwe pran prekosyon avè l, paske li opoze anpil ak mesaj n ap bay la.

16 Premye fwa mwen t ap defann tèt mwen an, pèsonn pa t vin bò kote m, tout moun te abandone m. Mwen swete pou Bondye pa konte sa pou yo. 17 Men, Seyè a te kanpe toupre m e li te ban m pisans, dekwa pou, grasa mwen, predikasyon an ka fèt nèt, e pou tout nasyon yo ka tande mesaj la+. E mwen te delivre anba bouch lyon an+. 18 Seyè a ap delivre m anba tout sa ki mal e l ap pwoteje m pou m antre nan Wayòm li an+ ki nan syèl la. Glwa pou li pou tout tan gen tan. Amèn.

19 Salye Priska ak Akila pou mwen+, ansanm ak moun lakay Onezifò yo+.

20 Eras+ rete Korent, e mwen kite Twofim+ malad Milè. 21 Fè tout sa w kapab pou w rive anvan sezon fredi a.

Ebil voye salye w. Pidenns, Linis, Klodya ansanm ak tout frè yo voye salye w tou.

22 Mwen swete pou Seyè a ansanm avèk bon dispozisyon w genyen an. Mwen swete pou favè san parèy li a avèk nou.

Oswa: “pou w chofe don Bondye te ba w lè m te poze men m sou ou a menm jan yo chofe dife”.

Oswa: “mantalite”. Mo grèk la se nema.

La a, Azi fè referans ak yon zòn nan Anpi women an ki te anba pouvwa yon gouvènè.

Gade Apendis A5.

Lit.: “k ap mele”.

Se kapab tou: “nan fè aktivite k ap fèt chak jou”.

Oswa: “ap fè w gen bon jijman nan”.

Lit.: “semans David”.

Lit.: “Bay yon temwayaj konplè”.

Oswa: “li detwi; li boulvèse”.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

Lit.: “ki rele”.

Oswa: “li dwe aji avèk tak”.

Oswa: “pèmèt yo chanje lespri yo”.

Mo grèk apot Pòl itilize la a kapab fè referans ak pawòl moun di ni kont Bondye, ni kont moun.

Lit.: “y ap nye fòs li”.

Oswa: “pou korije”.

Oswa: “Preche pawòl la, chofe lè w ap fè sa”.

Oswa: “pou di yo sa yo ta renmen tande”.

Oswa: “k ap kontinye preche bon nouvèl la”.

Oswa: “renmen tan”. Gade Lis mo yo esplike yo.

Anpalan de woulo ki te fèt ak po bèt, e yo te konn ekri sou yo.

Gade Apendis A5.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje