BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g20 no 2 p. 4-5
  • Sa kèk moun kwè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sa kèk moun kwè
  • Reveye n! — 2020
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Endou yo
  • Mizilman yo
  • Tradisyon Juif yo
  • Boudis yo
  • Moun konfisiyis yo
  • Relijyon kèk tribi
  • Kretyen yo
  • Ki sa Bib la di?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • 4. Èske nou te fèt pou n soufri?
    Reveye n! — 2020
  • Poukisa Bondye pèmèt soufrans?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Lis sijè yo
    Reveye n! — 2020
Gade plis
Reveye n! — 2020
g20 no 2 p. 4-5
Senbòl relijye ki reprezante boudis yo, endou yo, relijyon kèk tribi, tradisyon Juif yo, kretyen yo, moun islam ak moun konfisiyis yo.

Sa kèk moun kwè

Endou yo

Senbòl ki reprezante relijyon endou yo.

konsidere soufrans kòm konsekans aksyon yon moun poze swa nan vi l ap viv kounye a, swa nan youn nan vi li te genyen anvan sa. Yon moun ap rive jwenn mokcha a, sa vle di lè moun nan sispann refèt, e l rive viv san l pa konsantre lespri l sou bagay ki pa gen rapò ak relijyon.

Mizilman yo

Senbòl ki reprezante islam.

wè soufrans kòm yon pinisyon pou peche e kòm yon tès pou moun ki gen lafwa. Dr. Sayyid Syeed, prezidan yon òganizasyon (Islamic Society of North America) fè konnen trajedi yo rive pou fè nou sonje “nou dwe toujou montre n rekonesan pou tout benediksyon Bondye ban nou yo e nou dwe rekonèt nou dwe soutni moun ki nan bezwen yo”.

Tradisyon Juif yo

Senbòl ki reprezante tradisyon Juif yo.

fè kwè soufrans se rezilta pwòp aksyon nou yo. Gen kèk Juif ki di pral gen yon rezirèksyon, apre sa, inosan ki t ap soufri yo pral jwenn jistis. Pati relijyon juif Kabal (mistik) la anseye reyenkanasyon pèmèt yon moun jwenn plizyè opòtinite pou l repare sa ki mal li te fè.

Boudis yo

Senbòl ki reprezante relijyon boudis yo.

kwè yon moun jwenn soufrans pakèt fwa l reviv yo, pwosesis sa a ap rekòmanse jiskaske move aksyon, move santiman ak move dezi moun sa a sispann. Grasa sajès, bon aksyon ak disiplin yon moun bay lespri l, l ap kapab ale nan nivana a, kote tout soufrans disparèt.

Moun konfisiyis yo

Senbòl ki reprezante relijyon moun konfisiyis yo.

fè konnen se “echèk lèzòm ak sa yo fè ki mal” ki lakòz pifò nan soufrans nou yo (A Dictionary of Comparative Religion). Pandan moun konfisiyis yo kwè bon fason yon moun ap viv ka diminye kantite soufrans l ap jwenn nan lavi l, yo kwè tou se “yon seri espri ki gen plis pisans pase lèzòm ki lakòz pifò nan soufrans yo. Lè sa rive, lèzòm dwe aksepte avèk kouraj sa espri sa yo deside”.

Relijyon kèk tribi

Senbòl ki reprezante relijyon kèk tribi.

di se maji ki lakòz soufrans nou yo. Selon sa yo kwè, moun ki konn fè maji ka fè yon moun gen chans oubyen lage madichon sou li, e pou moun sa a diminye soufrans yo, li ka fè seremoni ak sèvis. Se poutèt sa yo kwè lè yon moun malad akoz maji yo fè dèyè l, li ka defèt sa pa mwayen seremoni, sèvis oubyen remèd yon lòt moun ki konn fè maji ka fè pou li.

Kretyen yo

Senbòl ki reprezante kretyen yo.

kwè soufrans te vin egziste akoz peche de premye moun ki te egziste yo, jan liv Jenèz la montre sa nan Bib la. Sepandan, gen anpil relijyon kretyen ki ajoute pwòp ide yo sou ansèyman sa a. Pa egzanp, gen kèk katolik ki di soufrans w ap jwenn se yon bagay ou ka ‘bay Bondye’ pou mande l byen pou legliz la oubyen pou mande l sèvi avè l pou l sove yon lòt moun.

CHÈCHE KONN PLIS

Gade videyo Èske Bondye aksepte tout relijyon? ki disponib sou jw.org/ht.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje