BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g21 no 1 p. 8-9
  • Konsèy saj pou n gen kè kontan ak satisfaksyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Konsèy saj pou n gen kè kontan ak satisfaksyon
  • Reveye n! — 2021
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Travay di
  • Se pou nou onèt
  • Se pou n gen yon pwennvi ekilibre sou lajan
  • Chwazi pi bon edikasyon an
  • Èske lajan se rasin tout bagay ki mal?
    Repons Bib la bay
  • Fason pou n byen jere lajan
    Fanmi w ka gen kè kontan
  • Ki sa Bib la di sou travay ak lajan?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Pran plezi nan travay w ap fè
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
Gade plis
Reveye n! — 2021
g21 no 1 p. 8-9
Yon manman ak pitit gason l ki kontante yo ak sa yo genyen k ap mache nan yon zòn nan peyi End ki chaje ak magazen kote moun yo pèdi nan gade bagay de liks.

Konsèy saj k ap ede n gen kè kontan ak satisfaksyon

Kit nou selibatè oswa nou marye, kit nou jèn oswa nou granmoun, nou tout ta renmen gen kè kontan ak satisfaksyon. Kreyatè nou an vle nou santi nou konsa tou, se pou sa li ban nou bonjan konsèy.

Travay di

“Se pou l travay di pito, pou l fè bon travay ak men l, dekwa pou l ka gen kichòy pou l pataje ak moun ki nan nesesite.” — EFEZYEN 4:28.

Kreyatè nou an ankouraje nou pou nou gen yon pwennvi pozitif sou travay. Poukisa? Yon moun ki travay di gen kè kontan paske li ka pran swen tèt li ak fanmi l. Li ka menm ede lòt moun ki nan bezwen. Patwon l ap onore l tou. Kidonk, yon moun ki travay di ap pi fasil pou l kenbe travay li. Labib dekri bon rezilta yon moun jwenn lè l travay di tankou “kado Bondye bay.” — Eklezyas 3:13.

Se pou nou onèt

“Nou gen konviksyon konsyans nou klè, piske nou vle konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay.” — EBRE 13:18.

Lè nou onèt, nou gen respè tèt nou, lespri nou anpè e nou dòmi pi byen lannuit. Anplis de sa, lòt moun ap fè nou konfyans e y ap respekte nou. Moun ki pa onèt pa jwenn bon bagay sa yo. Epitou konsyans yo ap kale yo, e li ka menm fè yo viv nan laperèz pou yon jou yo pa kenbe yo poutèt aksyon malonèt yo fè yo.

Se pou n gen yon pwennvi ekilibre sou lajan

“Se pou fason n ap viv pa gen lanmou pou lajan ladan l. Kontante nou ak sa nou genyen.” — EBRE 13:5.

Nou bezwen lajan pou n achte manje ak lòt bagay nou bezwen. Sepandan, lanmou pou lajan se yon bagay ki vrèman danjere. Li ka lakòz yon moun pase pifò tan l ak enèji l nan chèche fè plis lajan. Yon moun k ap chèche lajan konsa ka lakòz pwoblèm nan maryaj li, epi fè l pa gen ase tan pou l pase ak pitit li e li ka menm fè l pèdi sante l (1 Timote 6:9, 10). Anplis de sa, yon moun ki renmen lajan ka tonbe nan tantasyon pou l vin pa onèt. Men sa yon mesye ki te gen anpil sajès te di: “Yon moun ki fidèl ap jwenn anpil benediksyon, men, yon moun k ap kouri dèyè richès pap ret inosan.” — Pwovèb 28:20.

Chwazi pi bon edikasyon an

“Toujou bat pou w gen sajès e pou w aprann reflechi.” — PWOVÈB 3:21.

Yon bon edikasyon ede n pou n vin moun ki responsab e pou n vin bon paran. Men, gwo edikasyon poukont li pa sifi pou n jwenn sekirite ak kè kontan pou toutan. Pou nou reyisi toutbon nan tout aspè nan lavi nou, nou bezwen edikasyon Bondye bay la. Men sa Bib la di konsènan moun ki koute Bondye: “L ap reyisi nan tout sa l fè.” — Sòm 1:1-3.

Mwen gen kè kontan ak satisfaksyon

“Kote m ap viv la, anpil moun travay di pou yo fè gwo etid pou yo ka gen lajan ak popilarite. Epoutan, yo toujou ap goumen pou yo jwenn kè kontan k ap dire a, menm apre yo fin atenn objektif yo. Mwen te vin gen yon pwennvi ekilibre grasa Bib la. M te aprann lajan ka pwoteje nou nan kèk domèn, men li pa ka achte kè kontan ak vrè lanmou an. Mwen gen kè kontan e m gen satisfaksyon paske Bib la ede m pran desizyon ki saj konsènan lajan ak travay.” — Kishore.

Kishore.

Aprann plis:

Pou w jwenn plis konsèy pratik Kreyatè nou an bay konsènan travay, lajan ak edikasyon, ale sou sit jw.org, epi ale nan seksyon SA BIB LA ANSEYE > LAPÈ AK KÈ KONTAN.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje