BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • kr chap. 16 p. 170-181
  • Nou reyini pou nou adore

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nou reyini pou nou adore
  • Wayòm Bondye a ap dirije!
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Poukisa nou dwe reyini ansanm?
  • Reyinyon chak semèn yo pouse n ‘gen lanmou epi fè bèl aksyon’
  • Reyinyon ki pi enpòtan nan ane a
  • Ki sa atitid nou montre?
  • Reyinyon ki la “pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon”
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Ki jan reyinyon Temwen Jewova yo ka ede nou?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Èske w jwe wòl pa w pou reyinyon yo ka ankourajan?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Poukisa nou dwe reyini ansanm pou n adore?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
Gade plis
Wayòm Bondye a ap dirije!
kr chap. 16 p. 170-181

CHAPIT 16

Nou reyini pou nou adore

IDE KLE CHAPIT LA

Yon ti rale sou fason reyinyon yo te konn fèt ak enpòtans yo genyen.

1. Lè disip yo te reyini ansanm, ki èd yo te jwenn, e poukisa yo te bezwen èd sa a?

YON ti tan apre Bondye te resisite Jezi, disip Jezi yo te reyini nan yon chanm pou youn ankouraje lòt. Men, etandone yo te pè, yo te fèmen pòt la yon fason pou ènmi yo pa ka antre. Se pa ti soulaje yo dwe te santi yo soulaje lè Jezi te parèt devan yo e li te di yo: “Resevwa lespri sen.” ​(Li Jan 20:19-22.) Yon lòt lè, disip yo te reyini ansanm e Jewova te vide lespri sen sou yo. Se pa ti fòs yo te jwenn pou yo te fè travay predikasyon ki t ap tann yo a! — Tra. 2:1-7.

2. a) Kòman Jewova ban nou fòs jodi a, e poukisa nou bezwen fòs sa a? b) Poukisa dispozisyon yo pran pou gen adorasyon an fanmi an se yon dispozisyon ki enpòtan anpil? (Gade nòt anba paj la ak kare ki gen tit “Adorasyon an fanmi” an.)

2 Jodi a, nou fè fas ak menm kalite eprèv frè nou yo nan premye syèk la te konn jwenn (1 Pyè 5:9). Pafwa, kèk nan nou konn gen lakrentif pou lèzòm. Anplis de sa, nou ka bezwen pou Jewova ban nou fòs pou n ka kontinye fè travay predikasyon an (Efe. 6:10). Nou jwenn fòs sa a pi souvan nan reyinyon nou yo. Kounye a, nou gen posiblite pou n jwenn fòmasyon nan de reyinyon chak semèn, anpalan de Reyinyon piblik ak Etid Toudegad la ansanm ak reyinyon nou fè lasemèn nan, ki se Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyena. Anplis de sa, nou gen kat gwo reyinyon chak ane, anpalan de yon kongrè rejyonal, de asanble sikonskripsyon ak Memoryal lanmò Kris la. Poukisa li enpòtan anpil pou nou asiste tout reyinyon sa yo? Ki chanjman yo te fè nan fason nou òganize reyinyon nou yo? Ki sa atitid nou montre konsènan reyinyon yo?

Poukisa nou dwe reyini ansanm?

3, 4. Ki sa Jewova mande pèp li a pou yo fè? Bay kèk egzanp.

3 Depi lontan, Jewova te toujou mande pèp li a pou yo reyini ansanm pou yo adore l. Pa egzanp, nan ane 1513 anvan epòk nou an, Jewova te bay nasyon Izrayèl la Lalwa. Nan Lwa sa a, Jewova te mande pou yo obsève yon saba chak semèn, dekwa pou chak fanmi kapab adore l epi pou yo te vin byen konnen Lwa sa a (Det. 5:12; 6:4-9). Lè Izrayelit yo te obeyi lòd sa a, sa te fè fanmi yo jwenn fòs e sa te fè nasyon an rete pwòp nan domèn espirityèl e yo te djanm nan domèn espirityèl. Lè nasyon an te dezobeyi Lwa sa a, sètadi lè yo te neglije lòd Jewova te bay pou yo reyini ansanm pou yo adore l la, sa te fè yo pèdi favè l. — Lev. 10:11; 26:31-35; 2 Kwo. 36:20, 21.

4 Anplis de sa, ann fè yon ti reflechi sou egzanp Jezi kite a. Jezi te konn al nan sinagòg lan chak semèn jou saba a (Lik 4:16). Apre Jezi te mouri e Bondye te resisite l, disip li yo te kontinye pran abitid reyini ansanm, menm lè yo pa t ap obsève saba ankò (Tra. 1:6, 12-14; 2:1-4; Wom. 14:5; Kol. 2:13, 14). Nan reyinyon sa yo, kretyen nan premye syèk yo pa t sèlman resevwa fòmasyon ak ankourajman, men yo te bay Bondye louwanj kòm sakrifis pa mwayen priyè yo fè, kòmantè yo bay ak chante yo te konn chante. — Kol. 3:16; Ebre 13:15.

Apre rezirèksyon Jezi, li te parèt devan disip li yo nan yon chanm kote yo te reyini.

Disip Jezi yo te konn reyini ansanm pou youn ankouraje lòt e pou youn fòtifye lòt.

5. Poukisa nou asiste reyinyon yo fè chak semèn yo ansanm ak asanble ak kongrè yo fè chak ane yo? (Gade kare ki gen tit “Rasanbleman ki fèt chak ane ki ede pèp Bondye a rete ini” an tou.)

5 Menm jan an tou, lè n asiste reyinyon nou yo chak semèn e nou asiste asanble ak kongrè nou fè chak ane yo, nou montre n ap soutni Wayòm Bondye a, sa fè nou jwenn fòs grasa lespri sen e sa fè n ankouraje lòt moun ak pawòl nou di ki demontre lafwa nou genyen. Sa k pi enpòtan an, nou gen posiblite pou n adore Jewova pa mwayen priyè nou fè, kòmantè nou bay ak chante nou chante. Fason reyinyon nou yo dewoule ka diferan parapò ak jan sa te ye nan epòk Izrayelit yo ak nan premye syèk la, men, reyinyon nou yo toujou gen menm enpòtans lan. Ki chanjman yo te fè nan fason nou òganize reyinyon nou yo?

Reyinyon chak semèn yo pouse n ‘gen lanmou epi fè bèl aksyon’

6, 7. a) Nan ki objektif nou fè reyinyon nou yo? b) Ki fason kèk gwoup te konn fè reyinyon yo?

6 Lè frè Charles Taze Russell te kòmanse chèche laverite nan Pawòl Bondye a, li te wè l enpòtan pou li reyini ak lòt moun ki gen menm objektif avè l. Men sa l te ekri nan ane 1879: “Mwen menm ak kèk lòt moun nan Pitsbèg, te òganize yon klas ki baze sou Bib la, nou te toujou fè klas la dekwa pou n ka fouye nan Ekriti yo, e klas sa a te konn reyini chak dimanch.” Yo te ankouraje moun ki te konn li Toudegad Siyon an (anglè) pou yo reyini ansanm, e rive nan ane 1881, yo te konn fè reyinyon nan Pitsbèg, Pennsilvani, chak dimanch ak chak mèkredi. Toudegad novanm 1895 lan te fè konnen yo te fè reyinyon sa yo nan objektif pou “ankouraje kretyen yo gen lanmou youn pou lòt, pou yo pase tan ansanm”, e reyinyon sa yo te ba yo posiblite pou youn ankouraje lòt. — Li Ebre 10:24, 25.

7 Pandan plizyè ane, chak gwoup Etidyan Labib te konn fè reyinyon yo jan yo vle ak kantite fwa yo vle. Pa egzanp, nan ane 1911, yo te pibliye yon lèt yon gwoup ki te Ozetazini te ekri, men sa yo te di nan lèt la: “Nou reyini omwen senk fwa chak semèn.” Yo te konn fè reyinyon lendi, mèkredi, vandredi, e de fwa nan jou dimanch lan. Nan ane 1914, yo te pibliye yon lèt yon gwoup ki te ann Afrik te ekri, men sa yo te di nan lèt la: “Nou reyini de fwa pa mwa. Reyinyon sa yo kòmanse nan vandredi e yo fini nan dimanch.” Sepandan, rive yon lè, yo te vin di ki fason reyinyon yo dwe fèt. Annou fè yon ti rale sou fason yo fè chak reyinyon.

8. Sou ki sijè kèk nan premye diskou piblik yo te pale?

8 Reyinyon piblik. Nan ane 1880, ane ki vin apre ane frè Russell te kòmanse pibliye Toudegad Siyon an, frè Russell te suiv egzanp Jezi lè l te kòmanse yon kanpay predikasyon toupatou (Lik 4:43). Pandan kanpay sa a, frè Russell te tou kite yon egzanp sou fason nou fè Reyinyon piblik kounye a. Pou anonse vwayaj la, Toudegad te fè konnen frè Russell “t ap kontan bay kèk diskou piblik sou ‘bagay ki gen rapò ak wayòm Bondye a.’” Nan ane 1911, apre yo te fin etabli kongregasyon nan plizyè peyi, yo te ankouraje chak kongregasyon pou yo voye kèk oratè nan zòn ki ozalantou yo pou y al bay sis diskou ki pale sou jijman ak ranson. Nan fen chak diskou, yo te bay non oratè a ak tit diskou li t ap gen pou l bay semèn ki vin apre a.

9. Ki chanjman yo te fè nan Reyinyon piblik la pandan ane ki pase yo, e kòman w ka soutni reyinyon sa a?

9 Nan ane 1945, Toudegad te fè konnen, toupatou sou tè a, yo t apral kòmanse yon kanpay diskou piblik ki t ap gen ladan l uit diskou piblik ki pale sou “gwo pwoblèm epòk la”. Pandan plizyè dizèn ane, oratè yo te voye yo pa t konn sèlman sèvi ak sijè esklav fidèl la te prepare yo, men, yo te konn prepare pwòp diskou pa yo. Sepandan, nan ane 1981, yo te ankouraje tout oratè yo pou yo sèvi ak plan diskou yo te voye pou kongregasyon yob. Rive nan ane 1990, gen kèk plan diskou piblik ki te gen konvèsasyon ak oditwa a oswa demonstrasyon ladan l. Men, nan ane sa a, yo te chanje enstriksyon yo, e depi lè sa a, pa t gen konvèsasyon ak oditwa a e pa t gen demonstrasyon nan plan diskou piblik yo ankò. Nan mwa janvye 2008, yo te vin fè yon lòt chanjman nan diskou piblik yo. Anvan sa, diskou piblik yo te dire 45 minit, men, kounye a yo dire 30 minit. Menm lè yo chanje fason yo te konn fè diskou yo, diskou piblik yo byen prepare yo kontinye ede moun yo vin gen plis lafwa nan Pawòl Bondye a, epi anseye yo konsènan diferan aspè ki gen rapò ak Wayòm Bondye a (1 Tim. 4:13, 16). Èske w chofe pou w envite moun nou vizite yo ak lòt moun ki pa Temwen yo pou yo vin tande diskou biblik enpòtan sa yo?

10-12. a) Ki chanjman yo te fè nan Etid Toudegad la? b) Ki kesyon li ta bon pou n poze tèt nou?

10 Etid Toudegad. Nan ane 1922, frè yo te konn rele pèleren yo te mande pou yo fè yon reyinyon espesyalman pou yo etidye Toudegad. Pèleren yo se te yon seri frè Watch Tower Society a te konn voye al bay diskou nan kongregasyon yo epi pran latèt nan travay predikasyon an. Òganizasyon an te dakò sijesyon yo te bay la, e konsa, yo te kòmanse etidye Toudegad la, swa nan mitan semèn nan oswa nan dimanch.

Yon reyinyon Etidyan Labib yo ap fè, nan ane 1931, nan peyi Gana.

Etid Toudegad nan peyi Gana nan ane 1931.

11 Nan Toudegad 15 jen 1932 a, yo te bay plis enstriksyon sou fason yo dwe fè reyinyon sa a. Atik la te fè konnen, menm jan yo te konn fè sa nan Mezon Betèl la, dwe gen yon frè ki kondui etid la. Twa frè kapab chita devan kote y ap fè reyinyon an, epi, yo ka fè woulman pou yo li paragraf yo. Nan epòk sa a, atik yo pa t konn gen kesyon pou paragraf yo ladan l, kidonk, frè k ap kondui etid la te konn oblije mande moun ki te la yo pou poze pwòp kesyon yo sou sijè y ap egzamine a. Apre sa, kondiktè a t ap chwazi lòt moun nan asistans lan pou reponn kesyon sa yo. Si moun yo te bezwen plis esplikasyon, kondiktè a te dwe bay yon esplikasyon ki “tou kout e ki byen klè” sou sijè a.

12 Okòmansman, chak kongregasyon te konn chwazi etidye sijè nan peryodik la pifò moun nan kongregasyon an te vle etidye. Sepandan, Toudegad 15 avril 1933 a te ankouraje tout kongregasyon yo pou yo etidye Toudegad ki te fèk parèt la. Nan ane 1937, òganizasyon an te fè konnen Etid Toudegad la ta dwe fèt lè dimanch. Nan Toudegad 1ye oktòb 1942 a, yo te vin bay plis enstriksyon toujou sou fason pou yo pi byen kondui etid la. Depi lè sa a, men ki jan etid la fèt: Toudabò, peryodik la te fè konnen kesyon yo t ap parèt anba chak paj nan atik etid la, e se kesyon sa yo moun yo dwe reponn. Ansuit, li te fè konnen reyinyon an dwe dire inèdtan. Anplis de sa, li te ankouraje moun yo pou yo reponn “nan pwòp mo pa yo” olye pou yo li yon pòsyon nan paragraf la. Etid Toudegad la toujou rete pi gwo mwayen esklav fidèl la itilize pou l kontinye ban nou manje espirityèl nan bon moman (Mat. 24:45). Nou chak ta dwe mande tèt nou: ‘Èske m prepare chak semèn pou Etid Toudegad la? Epi, èske m fè efò pou m fè kòmantè lè sa posib?’

13, 14. Di ki jan yo te konn fè Etid biblik kongregasyon an anvan sa, e di ki sa w renmen nan reyinyon sa a.

13 Etid biblik kongregasyon an. Nan mitan ane 1890 yo, apre òganizasyon an te pibliye plizyè volim nan liv Kòmansman Milenè a (anglè), frè H. N. Rahn, yon Etidyan Labib ki t ap viv nan vil Baltimore, nan Eta Maryland, Ozetazini, te sijere pou gen yon gwoup moun ki reyini pou etidye Bib la. Okòmansman, pou yo wè si reyinyon sa a t ap mache, yo te konn fè l nan mezon prive. Sepandan, rive nan mwa septanm 1895, reyinyon sa yo te byen mache nan plizyè vil Ozetazini. Toudegad septanm 1895 lan te ankouraje tout moun ki t ap etidye verite ki nan Bib la pou yo fè reyinyon sa yo. Yo te fè konnen kondiktè a dwe se yon moun ki konn li byen. Li te dwe li yon fraz epi tann pou moun ki la yo fè kòmantè. Apre yo te fin li fraz yo ki nan yon paragraf, e apre yo fin pale sou yo, kondiktè a te dwe li vèsè yo bay kòm referans yo. Nan fen yon chapit, moun ki te la yo te dwe fè yon ti pale tou kout sou sijè a.

14 Yo te chanje non reyinyon sa a plizyè fwa. Pi devan, yo te vin rele l Gwoup Bereyen ki reyini pou etidye Bib la. Non sa a reyinyon an te pote a te fè referans ak Bereyen yo nan premye syèk la ki te konn pran san yo pou yo etidye Ekriti yo (Tra. 17:11). Pi devan, yo te vin chanje non an ankò e yo te vin rele l Etid liv kongregasyon an. Jodi a, yo rele reyinyon sa a Etid biblik kongregasyon an, e se tout kongregasyon an ki reyini ansanm nan Sal Wayòm nan olye yo reyini an gwoup nan yon mezon prive. Pandan plizyè dizèn ane ki pase yo, yo te etidye plizyè liv, bwochi, e menm plizyè atik Toudegad. Depi lontan, yo te ankouraje tout moun ki te asiste reyinyon sa a pou yo patisipe ladan l. Grasa reyinyon sa a, konesans nou genyen sou Bib la vin ogmante. Èske w toujou prepare reyinyon sa a, e ou fè tout sa w kapab pou w patisipe ladan l?

Paran ansanm ak de pitit fi yo k ap fè adorasyon an fanmi.

Èske w gen yon pwogram pou w fè adorasyon an fanmi chak semèn?

ADORASYON AN FANMI

TANK n ap antre pi fon nan dènye jou yo, òganizasyon Jewova a pa sispann ankouraje fanmi yo pou yo fè yon pwogram pou yo etidye Bib la (2 Tim. 3:1). Pa egzanp, men sa yon bwochi yo te pibliye nan ane 1932, ki rele Kay ki gen kè kontan an (anglè), fè konnen aklè: “Se pou chak fanmi kòmanse etidye Labib lakay yo san pèdi tan.” Epi, Toudegad 15 me 1956 la te ankouraje fanmi ki kretyen yo pou yo gen “yon etid Labib regilyèman nan kay la pou ede tout moun nan fanmi an”. Anplis de sa, Toudegad la te poze kesyon sa a: “Èske moun nan fanmi w etidye Toudegad ansanm nan yon sware anvan jou reyinyon an?”

Nan ane 2009, òganizasyon an te fè yon chanjman nan pwogram reyinyon nou konn fè lasemèn yo, e konsa yo te montre li enpòtan anpil pou fanmi yo etidye ansanm. Depi lè sa a, yo fè Etid biblik kongregasyon an menm jou ak Lekòl ministè teyokratik la ansanm ak Reyinyon sèvis la. Men sa yo te fè konnen nan Ministè Wayòm janvye 2011 lan: “Youn nan rezon [ki fè] yo te fè ajisteman sa a se pou bay fanmi yo okazyon pou yo fè relasyon yo gen ak Jewova a vin pi solid. E y ap rive fè sa lè yo pwograme yon sware fiks chak semèn pou yo fè adorasyon an fanmi.” Men sa Ministè Wayòm nan te di ankò: “Fanmi yo dwe pran tan sa a pou yo pale sou Labib, pou yo etidye sijè ki adapte ak bezwen fanmi an e yo pa dwe fè sa nan presec.”

Ki sa k fè dispozisyon pou fanmi yo fè adorasyon an enpòtan anpil, e yo pa dwe rate l? Rezon an se paske nonsèlman l gen efè sou relasyon fanmi yo gen ak Bondye, men tou, li gen efè sou kongregasyon an. Ann pran yon egzanp pou n esplike sa: Nou ka konpare kongregasyon an ak yon kay yo fè an brik. (Li Ebre 3:4-6d.) Solidite yon kay an brik ki byen fèt depann de de bagay enpòtan: kalite fondasyon an ak kalite chak grenn brik. Si fondasyon kay la pa byen fèt, kay la ap tonbe kanmenm. Men, menm lè yon kay gen yon fondasyon ki solid, si brik yo vin kraze, l ap tonbe. Yo bati kongregasyon kretyen an sou fondasyon ki pi solid la, anpalan de ansèyman Kris yo. (Li 1 Korentyen 3:10-15e.) Nou ka konpare chak moun oswa chak fanmi nan kongregasyon an ak yon brik. Pwogram adorasyon an fanmi an bay chak moun oswa chak fanmi yon bèl okazyon pou yo fòtifye lafwa yo, pou yo gen yon lafwa ki ka reziste anba gwo eprèv, epi pou yo kenbe lafwa sa a. Nan yon kongregasyon, lè gen moun ki djanm ak fanmi ki djanm nan domèn espirityèl, sa pèmèt kongregasyon vin djanm tou. Èske w gen yon pwogram pou w fè adorasyon an fanmi chak semèn?

c Nou ka jwenn kèk sijesyon sou sa nou ka fè pandan adorasyon an fanmi an nan Ministè Wayòm janvye 2011 lan.

d Se moun Bondye “rele pou al nan syèl” yo Pòl te di pawòl sa yo (Ebre 3:1). Men, tout kretyen nèt ka suiv prensip nou jwenn nan konsèy li bay la.

e Pou n jwenn plis detay konsènan vèsè sa a, gade Toudegad 15 jiyè 1999, paj 12-14, paragraf 15-20 (fransè). Poukisa w pa li atik sa yo epi reflechi sou fason w ka sèvi avè yo nan adorasyon w fè ak fanmi w?

15. Nan ki objektif yo te vin ak Lekòl ministè teyokratik la?

15 Lekòl ministè teyokratik. Men sa frè Carey Barber, yon frè ki t ap sèvi nan epòk sa a nan syèj mondyal la ki nan Bwouklin, Nouyòk, te fè konnen: “Nan jou swa ki te lendi 16 fevriye 1942 a, yo te envite tout gason ki te fè pati fanmi Betèl la pou yo enskri nan yon lekòl, pi devan ki te vin pote non Lekòl ministè teyokratik.” Frè Barber, ki te vin manm Kolèj santral plizyè ane annapre, te pale de lekòl sa a kòm “youn nan pi bon fason Jewova ap dirije pèp li a nan epòk nou an.” Lekòl sa a te tèlman ede frè yo pou yo vin pi maton nan fason y ap anseye ak nan fason y ap preche, sa te vin fè, depi ane 1943, bwochi Kou pou ministè teyokratik (anglè) te vin disponib, tikras pa tikras, pou tout kongregasyon ki sou tè a. Toudegad 1ye jen 1943 a te fè konnen, yo te fè Lekòl ministè teyokratik la pou ede pèp Bondye a “fòme tèt yo yon fason pou yo vin pi maton nan preche mesaj Wayòm nan”. — 2 Tim. 2:15.

16, 17. Èske se sèlman kèk teknik sou fason pou moun pale nou te konn aprann nan Lekòl ministè teyokratik la? Esplike.

16 Okòmansman, gen anpil frè ki te twouve l difisil anpil pou yo pale devan yon pakèt moun. Men sa frè Clayton Woodworth, Jr, yon frè yo te met papa l ak frè Rutherford ak lòt moun ankò nan prizon san rezon nan ane 1918, te fè konnen sou jan l te santi l lè l te fèk ak bay premye diskou l nan lekòl la nan ane 1943: ‘Li te difisil anpil pou m bay diskou. Lè m te ouvè bouch mwen, se kòmsi chat te pran lang mwen. Gòj mwen te vin sèk e lè m te ouvri bouch mwen pou m pale, vwa m te soti swa twò fò swa twò ba.’ Sepandan, toutpandan frè Clayton t ap vin pi maton, li te jwenn privilèj pou l bay anpil diskou piblik. Lekòl la pa t sèlman ba l kèk teknik sou fason pou l pale, men li te aprann li tou jan l enpòtan pou l gen imilite ak jan l enpòtan pou l konte sou Jewova. Men sa l te fè konnen: “Mwen te vin rann mwen kont, se pa moun k ap bay diskou a ki enpòtan. Men, si l byen prepare e li mete tout konfyans li nan Jewova, moun ap pran plezi koute l e y ap aprann yon bagay.”

17 Nan ane 1959, yo te envite sè yo pou yo enskri nan lekòl la. Men sa sè Edna Bauer sonje lè l te tande anons lan nan asanble li t ap asiste a: ‘Mwen sonje jan sè yo te kontan anpil. Kounye a, yo te ka patisipe nan lekòl la.’ Pandan anpil ane, gen anpil frè ak sè ki te pwofite enskri nan Lekòl ministè teyokratik la yon fason pou Jewova anseye yo. Jodi a, nou kontinye resevwa fòmasyon nan reyinyon nou fè lasemèn nan. — Li Izayi 54:13.

18, 19. a) Kounye a, ki fason nou resevwa bonjan enstriksyon pou n fè travay predikasyon an? b) Poukisa nou chante nan reyinyon nou yo? (Gade kare ki gen tit: “Chante verite a.”)

18 Reyinyon sèvis. Depi nan ane 1919, yo te konn òganize reyinyon pou fè travay predikasyon an. Nan epòk sa a, se pa tout moun nan kongregasyon yo ki te ka asiste reyinyon sa yo, men, se te sèlman moun ki te gen responsablite pou distribye piblikasyon yo ki te ka asiste yo. Pandan ane 1923 a, Reyinyon sèvis la te konn fèt yon fwa pa mwa, e se tout moun nan kongregasyon an ki te dwe asiste reyinyon sa a. Rive nan ane 1928, yo te ankouraje kongregasyon yo pou yo fè Reyinyon sèvis la chak semèn, e nan ane 1935, Toudegad te ankouraje tout kongregasyon yo pou yo sèvi ak piblikasyon ki te rele Ministè Wayòm nan (anvan yo te rele l Enstriktè (anglè), e apre sa, yo te vin rele l Enfòmatè (anglè)). Sa pa t pran tan pou reyinyon sa a te rantre nan pwogram kongregasyon yo.

19 Jodi a, nan reyinyon nou fè lasemèn nan, nou resevwa bonjan konsèy pratik pou ede n fè travay predikasyon nou an (Mat. 10:5-13). Si w kalifye pou w jwenn yon program reyinyon, èske w pran tan pou w etidye l epi suiv sijesyon yo bay yo lè w ap patisipe nan travay predikasyon an?

Reyinyon ki pi enpòtan nan ane a

Yon kongregasyon nan premye syèk la k ap selebre Memoryal lanmò Kris la ki fèt chak ane.

Depi nan premye syèk la, kretyen yo te toujou konn reyini ansanm chak ane pou yo asiste Memoryal lanmò Kris la. (Gade paragraf 20.)

20-22. a) Poukisa nou komemore lanmò Jezi? b) Ki byenfè nou jwenn lè nou asiste Memoryal la chak ane?

20 Jezi te di disip li yo pou yo komemore lanmò l jiskaske l vini. Menm jan ak fèt Pak la, Memoryal lanmò Kris la se yon evènman nou fè chak ane (1 Kor. 11:23-26). Chak ane, gen plizyè milyon moun ki vin asiste reyinyon sa a. Memoryal la fè moun Bondye chwazi pou al nan syèl la sonje gwo privilèj yo genyen pou yo fè pati moun ki pral dirije ak Jezi Kris nan Wayòm nan (Wom. 8:17). Memoryal la ankouraje moun ki fè pati lòt mouton yo pou yo gen gwo respè pou Wa k ap dirije Wayòm Bondye a, e pou yo fidèl anvè Wa sa a. — Jan 10:16.

21 Frè Russell ansanm ak moun ki te avè l yo te rekonèt li enpòtan anpil pou yo komemore Soupe Seyè a, e li te konnen se yon evènman yo dwe komemore yon fwa chak ane. Men sa Toudegad avril 1880 an te fè konnen: ‘Pandan plizyè ane, se abitid nou isit la nan Pitsbèg [...] pou n sonje fèt Pak la [Memoryal la], epi manje pen ki reprezante kò Seyè nou an e bwè diven an ki reprezante san l lan.’ Sa pa t pran tan pou yo te fè Memoryal la fè pati pwogram kongrè yo. Se nan ane 1889 yo te kòmanse bay rapò sou kantite moun ki te asiste pwogram sa a, lè sa a te gen 225 moun e yo te batize 22 moun.

22 Jodi a, Memoryal la pa fè pati pwogram kongrè yo, men, kèlkeswa kote n ap viv la, nou envite tout moun pou yo vin asiste evènman sa a nan Sal Wayòm nan oswa nan yon lokal nou lwe. Nan ane 2013, te gen plis pase 19 milyon moun ki te komemore lanmò Jezi. Nonsèlman nou gen privilèj pou n asiste Memoryal la, men tou, nou gen privilèj pou n ankouraje lòt moun vin asiste evènman sa a, ki enpòtan anpil, avèk nou. Èske w toujou chofe pou w envite kantite moun ou kapab vin asiste Memoryal la chak ane?

Ki sa atitid nou montre?

23. Ki jan w konsidere reyinyon nou yo?

23 Sèvitè fidèl Jewova yo pa konsidere enstriksyon yo jwenn pou yo reyini ansanm nan tankou yon fado (Ebre 10:24, 25; 1 Jan 5:3). Pa egzanp, Wa David te renmen al lakay Jewova pou l adore l (Sòm 27:4). Li te sitou renmen fè sa ansanm ak lòt moun ki renmen Bondye yo (Sòm 35:18). Fè yon ti reflechi ak egzanp Jezi. Menm lè l te jèn, li te toujou kontan pou l al lakay Papa l. — Lik 2:41-49.

Gwo anvi nou genyen pou nou reyini ak frè ak sè nou yo montre jis nan ki pwen nou kwè Wayòm nan egziste toutbonvre.

24. Lè n asiste reyinyon nou yo, ki posiblite sa ban nou?

24 Lè n asiste reyinyon yo, nou montre nou renmen Jewova e nou montre nou vle ankouraje kretyen parèy nou yo. Anplis de sa, etandone se nan reyinyon nou yo, asanble yo ak kongrè yo nou jwenn fòmasyon pou nou viv antanke sitwayen Wayòm nan, lè n asiste evènman sa yo nou montre nou gen gwo anvi pou n kite Wayòm Bondye a fòme nou. Mete sou sa, reyinyon nou yo ban nou fòmasyon ak fòs nou bezwen pou n kontinye fè youn nan travay ki pi enpòtan Wayòm Bondye a ap fè jodi a, anpalan de fè disip pou Jezi Kris, Wa a, epi fòme disip sa yo. (Li Matye 28:19, 20.) Pa gen dout nan sa, gwo anvi nou genyen pou n reyini ak frè ak sè nou yo montre jis nan ki pwen nou kwè Wayòm nan egziste toutbonvre. Se pou nou toujou bay reyinyon nou yo anpil valè!

a Anplis de reyinyon kongregasyon yo genyen chak semèn yo, yo ankouraje chak fanmi oswa chak moun pou yo chwazi yon lè pou yo fè adorasyon an fanmi oswa etid pèsonèl.

b Rive nan ane 2013, gen plis pase 180 plan diskou piblik ki disponib.

Èske w kwè toutbon Wayòm nan egziste?

  • Poukisa nou reyini ansanm?

  • Ki jan w santi w lefètke nou gen plizyè reyinyon?

  • Ki sa atitid nou montre konsènan reyinyon yo? Esplike.

Yon foul moun ki leve bib Tradiksyon monn nouvo a – Liv ki te ekri an grèk yo anlè.

RASANBLEMAN KI FÈT CHAK ANE KI EDE PÈP BONDYE A RETE INI

JEWOVA te bay tout gason Izrayelit yo enstriksyon pou yo reyini Jerizalèm twa fwa nan ane a (Egz. 23:14-17; Lev. 23:34-36). Jozèf, papa adoptif Jezi, te konn mennen tout fanmi l Jerizalèm nan moman sa yo. Sanble te gen lòt gason Izrayelit ki te konn fè menm bagay la. Menm jan an tou, jodi a, pèp Bondye a reyini twa fwa chak ane pou yo asiste asanble yo ak kongrè yo. Gen kèk nan rasanbleman sa yo ki te jwe yon gwo wòl nan fason pati òganizasyon Bondye a ki sou tè a ap fonksyone nan dènye jou yo. Ann fè yon ti pale sou kèk nan rasanbleman sa yo ansanm ak rezon ki fè nou pap janm bliye yo.

  • 1919: Cedar Point, Owayo, Ozetazini

    Se te premye pi gwo kongrè apre Premye Gè mondyal la.

    Yo remete travay predikasyon an sou pye.

    Yo te fè konnen yo pral pibliye Epòk annò a (anglè), ki rele Réveillez-vous! kounye a.

  • 1922: Cedar Point, Owayo

    Yo te met aksan sou travay predikasyon an nan diskou ki gen tit “Wayòm nan”. Se nan diskou sa a yo te di kokennchenn pawòl sa yo: “Pwoklame, pwoklame, pwoklame Wa a ak Wayòm li an.”

  • 1931: Columbus, Owayo

    Nou chwazi pote non Temwen Jewova.

  • 1935: Wachintonn Disi

    Pou premye fwa, nou vin konprann “gwo foul moun” yo pale di li nan Revelasyon 7:9 la pral viv pou toutan sou tè a.

  • 1942: “Assemblée théocratique du monde nouveau” te fèt nan 85 vil toupatou sou tè a

    Diskou “Èske lapè a ap dire?” a bay plis eklèsisman sou pwofesi nou jwenn nan Revelasyon chapit 17 la. Diskou sa a montre, apre Dezyèm Gè mondyal la, ap gen posiblite pou yo rasanble plis moun toujou pou Wayòm Bondye a.

  • 1950: Assemblée “Acroissement de la théocratie”

    Yo te pibliye Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo (anglè).

  • 1958: Assemblée “La volonté divine”

    Se te pi gwo kongrè entènasyonal yo te fè nan yon sèl vil. Plis pase 250 000 delege ki soti nan 123 peyi te vin rasanble nan vil Nouyòk.

  • 1961: Assemblée “Les adorateurs unis”

    Yo te pibliye Tradiksyon monn nouvo a (anglè) ann antye nan yon sèl volim.

  • 1992: Assemblée de district “Porteurs de lumière”

    Premye kongrè entènasyonal Temwen Jewova yo te fè nan ansyen Inyon Sovyetik la, nan vil St. Petersburg, nan peyi Larisi.

  • 1993: Assemblée de district “L’enseignement divin”, Kyèv, Ikrèn

    Nan kongrè sa a, te gen 7 402 moun ki te batize. Se pi gwo kantite moun ki te batize nan yon sèl kongrè.

  • 2011: Kongrè “Se pou wayòm Bondye a vini!”

    Nou vin pi byen konprann siyifikasyon estati yo pale de li nan Dànyèl chapit 2 a. Kounye a, nou konprann pye estati a ki fèt ak fè melanje ak ajil reprezante pisans mondyal anglo-ameriken an. Se pisans sa a k ap la toujou nan moman kote Wayòm Bondye a pral kraze estati senbolik sa a nèt.

  • 2014: Kongrè “Kontinye chèche Wayòm Bondye a an premye!”

    Sa fè 100 ane depi Wayòm Kris la ap dirije nan syèl la.

Jezi ak disip li yo k ap chante louwanj pou Bondye ansanm.

‘CHANTE VERITE A’

PÈP Jewova a renmen chante pou Jewova yon fason pou yo fè l konnen yo renmen l e yo renmen chante pou fè lwanj pou Jewova. Pa egzanp, lè Jewova te delivre Izrayelit yo anba men Ejipsyen yo nan lanmè Wouj, pèp la te chante yon bèl chante pou yo te montre jan yo kontan ak jan yo rekonesan pou sa Jewova te fè a (Egz. 15:1-21). Pi devan, chante te vin tounen yon pati enpòtan nan adorasyon yo t ap bay Jewova nan tanp lan (1 Kwo. 23:4, 5; 25:7). Nan premye syèk la, Jezi ak disip li yo te konn chante louwanj pou Jewova pou yo montre jan yo renmen l. — Mat. 26:30; Efe. 5:19.

Menm jan an tou, depi epòk frè Russell ak moun ki te avè l yo te kòmanse dekouvri verite a, nou gentan itilize plizyè liv kantik nan adorasyon n ap bay Jewova a. Men sa Toudegad 15 fevriye 1896 la te fè konnen pou l te esplike enpòtans chante genyen: “Chante se yon bon fason pou nou fè verite a antre nan kè pèp Bondye a, e pou nou ede yo sonje l.”

Kouvèti liv kantik Chan lamarye a, ane 1879.

1879

Kouvèti liv Powèm ak chan kòmansman Milenè a (anglè), ane 1890.

1890

Feyè ki gen pawòl kantik ki gen tit Limyè k ap briye a (anglè), ki soti nan liv kantik Chan kè kontan nan maten nan Siyon an (anglè), ane 1896.

1896

Kouvèti liv kantik Chan kè kontan nan Siyon (anglè), ane 1900.

1900

Kouvèti liv Chan kòmansman Milenè a (anglè), ane 1905.

1905

Kouvèti liv Chan Wayòm nan (anglè), ane 1925.

1925

Kouvèti liv Kantik louwanj pou Jewova (anglè), ane 1928.

1928

Kouvèti Liv kantik sèvis Wayòm nan (anglè), ane 1944.

1944

Kouvèti liv Chan louwanj pou Jewova (anglè), ane 1950.

1950

Kouvèti liv “Chante, epi fè mizik nan kè nou pou Jewova” a (anglè), ane 1966.

1966

Kouvèti liv Ann chante louwanj pou Jewova a (anglè), ane 1984.

1984

Kouvèti liv kantik Ann chante pou Jewova.

2010

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje