BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es17 p. 118-128
  • Desanm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Desanm
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2017
  • Soutit
  • Vandredi 1ye desanm
  • Samdi 2 desanm
  • Dimanch 3 desanm
  • Lendi 4 desanm
  • Madi 5 desanm
  • Mèkredi 6 desanm
  • Jedi 7 desanm
  • Vandredi 8 desanm
  • Samdi 9 desanm
  • Dimanch 10 desanm
  • Lendi 11 desanm
  • Madi 12 desanm
  • Mèkredi 13 desanm
  • Jedi 14 desanm
  • Vandredi 15 desanm
  • Samdi 16 desanm
  • Dimanch 17 desanm
  • Lendi 18 desanm
  • Madi 19 desanm
  • Mèkredi 20 desanm
  • Jedi 21 desanm
  • Vandredi 22 desanm
  • Samdi 23 desanm
  • Dimanch 24 desanm
  • Lendi 25 desanm
  • Madi 26 desanm
  • Mèkredi 27 desanm
  • Jedi 28 desanm
  • Vandredi 29 desanm
  • Samdi 30 desanm
  • Dimanch 31 desanm
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2017
es17 p. 118-128

Desanm

Vandredi 1ye desanm

Se moun ki gen lakrentif pou Jewova yo ki bon zanmi l. — Sòm 25:14.

An twa fwa nan Bib la, yo pale de Abraram kòm zanmi Bondye (2 Kwo. 20:7; Eza. 41:8; Jak 2:23). Li se sèl moun Bib la rele zanmi Bondye yon fason ki klè. Èske sa vle di Abraram se sèl moun ki te rive vin zanmi Jewova? Non. Bib la montre nou tout kapab gen privilèj sa a. Pawòl Bondye a gen istwa anpil gason ak fi ki te fidèl ak Jewova, ki te gen lakrentif pou li, ki te gen lafwa nan li e ki te vin bon zanmi l. Moun sa yo fè pati “gwo nyaj temwen” apot Pòl te pale de li a. Tout kalite moun sa yo te vin zanmi Bondye (Ebre 12:1). Wi, yo te gen bèl privilèj pou yo vin zanmi Bondye. Nou swete pou n kontinye imite bèl egzanp moun sa yo kite pou nou, yo menm ki te gen yon lafwa estrawòdinè (Ebre 6:11, 12)! Si n fè sa, n ap gen asirans n ap zanmi Jewova pou toutan! w16.02 2:1, 2, 19.

Samdi 2 desanm

Mwen pa desann [...] pou m vin fè volonte pa m, men se pou m vin fè volonte Sila a ki voye m nan. — Jan 6:38.

Imajine yon zanmi fè w kado yon machin. Li lonje papye machin nan ba ou epi l di w: “M ap kenbe kle a. E se mwen k ap kondui machin nan, se pa ou menm.” Ki sa w t ap panse? Lè yon moun vwe lavi l bay Jewova, se di l di Jewova: “Mwen ba w lavi m. Se ou ki mèt mwen.” Jewova gen dwa pou l atann moun sa a ap kenbe pwomès li fè a. Men, e si moun sa a kòmanse dezobeyi Jewova lè l renmen an sekrè ak yon moun ki pap sèvi Jewova? Oswa, e si l ta aksepte yon travay ki fè l pa gen ase tan pou l preche oubyen ki lakòz li rate reyinyon kongregasyon an souvan? Si l ta aji konsa, li pa t ap kenbe pwomès li fè Jewova a. Se t ap kòmsi l kenbe kle machin nan. Lè n vwe lavi n bay Jewova se di n di l: “Se ou ki mèt lavi m, se pa mwen menm.” Konsa, nou vle toujou fè sa Jewova vle menmsi se pa sa nou menm nou vle. Kidonk, ann imite Jezi ki te di pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. w16.03 1:16, 17.

Dimanch 3 desanm

Mwen pap kite w. — 2 Wa 2:2.

Sa gen prèske 3 000 an, pwofèt Eli te mande Elize, ki te jèn gason, pou l vin sèvitè l. San pèdi tan, Elize te aksepte envitasyon an epi, avèk fidelite, li te aksepte fè yon seri travay ki parèt rabesan pou l te sèvi pwofèt la ki te aje (2 Wa 3:11). Apre Elize te fin fè anviwon sizan ap pran fòmasyon, li te aprann travay Eli t ap fè ann Izrayèl la te rive nan bout li. Lè sa a, Eli te ankouraje zanmi l te byen fòme a pou l sispann suiv li, men, Elize te detèmine pou l ret ak moun ki t ap fòme l la otank posib. Si w se yon jèn frè, ki jan w ka imite egzanp Elize? San pèdi tan, ou dwe dispoze aksepte nenpòt asiyasyon yo ba w, san wete travay ki parèt rabesan yo. Ou bezwen konsidere moun k ap ba w fòmasyon an kòm zanmi w epi w bezwen montre l jis nan ki pwen w apresye efò l fè pou ou yo. Sa k pi enpòtan an, montre w fidèl nan fason w ap ranpli nenpòt asiyasyon yo ba w. Poukisa sa enpòtan anpil? Se paske se sèlman apre w fin montre w se yon moun ki fidèl, yon moun yo ka fè konfyans, ansyen yo ap gen asirans Jewova vle pou yo konfye w plis responsablite nan kongregasyon an. — Sòm 101:6; 2 Tim. 2:2. w15 15/4 2:13, 14.

Lendi 4 desanm

Li kenbe pwomès li, menm lè sa koute l chè. — Sòm 15:4.

Se Jonatan Sayil te vle ki pou vin wa se pa David (1 Sam. 20:31). Men, Jonatan te renmen Jewova e l te fidèl avè l. Se sa k fè, olye Jonatan te wè tèt li sèlman, li te vin zanmi David e l te respekte pwomès li te fè David la. Piske n fidèl ak Bondye, n ap kenbe pwomès nou fè yo. Pa egzanp, si nou gen yon kontra biznis ak yon moun, n ap fè sa n te dakò pou n fè a menmsi sa vin difisil pou nou. Epi, si n gen pwoblèm nan maryaj nou, n ap montre nou renmen Jewova, lè n ret fidèl ak mari nou oswa madanm nou (Mal. 2:13-16). Anplis de sa, ann ret fidèl ak frè ak sè n yo lè yo fè sa k pa fè nou plezi. Konsa, n ap fè kè Jewova kontan (Pwo. 27:11). Nou mèt gen asirans l ap toujou fè sa ki pi bon an pou nou e l ap pran swen nou. w16.02 3:16, 17.

Madi 5 desanm

Byennere tout moun ki kontinye ret tann li. — Eza. 30:18.

Jewova byen konn limit nou (Sòm 103:14). Kidonk, li pa atann pou n andire ak pwòp fòs nou, men, antanke Papa, li ofri nou èd li. Se vre, pafwa, nou gendwa santi nou pa kapab ankò. Men, Jewova ban nou asirans li pap janm kite sèvitè l yo soufri depase sa yo ka sipòte. Wi, Jewova ap “ouvri yon chemen” pou nou (1 Kor. 10:13). Kidonk, nou gen bonjan rezon pou n kwè Jewova pa twonpe l lè l detèmine jis nan ki pwen nou ka andire. Lè n priye Jewova pou n mande l èd e li pa reponn priyè nou yo tousuit, ann ret tann li piske l se Sila a ki konnen ki lè egzakteman pou l aji an favè nou. Sonje, li menm tou l ap tann piske l vrèman swaf pou l delivre nou. Bib la fè konnen: “Jewova ap kontinye tann pou l fè nou favè, e se poutèt sa li pral leve pou l fè nou mizèrikòd. Paske Jewova se yon Bondye jijman.” w15 15/4 4:8, 9.

Mèkredi 6 desanm

Se konsa medam ki sen ki te mete esperans yo nan Bondye yo te konn abiye tou. Yo te soumèt devan mari yo. — 1 Pyè 3:5.

Lè paran yo ak pitit yo pase tan ansanm ap pale de Jewova pandan adorasyon y ap fè an fanmi an, lanmou yo gen youn pou lòt la vin pi fò. Nan moman sa yo, yo ka fè seyans pratik sou sa yo pral di nan travay predikasyon an e sa ap ede yo tout pou yo pi byen prepare. Epi, lè yo tande youn lòt k ap pale de laverite, lè yo wè jan tout moun nan fanmi an renmen Jewova e yo vle fè l plezi, y ap vin pi pwòch youn ak lòt toujou. Ki fason yon mari ak madan m li kapab kolabore youn ak lòt (Matye 19:6)? Lè yo toule de renmen Jewova epi y ap sèvi l ansanm, sa ap fè yo gen tèt ansanm nan maryaj yo e y ap viv ak kè kontan. Anplis de sa, youn dwe demontre afeksyon pou lòt menm jan Abraram ak Sara, Izarak ak Rebeka epi Èlkana ak Ana te fè sa (Jen. 26:8; 1 Sam. 1:5, 8). Lè mari yo ak madanm yo fè sa, y ap gen tèt ansanm e y ap vin pi pwòch ak Jewova. — Ekl. 4:12. w16.03 3:12, 13.

Jedi 7 desanm

Kenbe tèt ak [Satan], rete fèm nan lafwa. — 1 Pyè 5:9.

Satan ap fè lagè kont rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl la ansanm ak “lòt mouton” yo (Jan 10:16). Objektif Dyab la se devore sèvitè Jewova yo otank posib nan ti tan tou kout li rete a (Rev. 12:9, 12). Èske n ka genyen nan lit n ap mennen kont Satan an? Wi, nou kapab! Bib la di: “Opoze ak Dyab la, e l ap kouri kite nou.” (Jak 4:7). Gen anpil moun ki panse Satan pa egziste vre. Pou yo menm, Satan ak demon yo se yon seri moun imajinè ki parèt nan woman, nan fim dyab ak nan jwèt videyo. Moun sa yo met nan tèt yo pa gen okenn moun ki entèlijan k ap kwè nan espri mechan yo. Kounye a, èske w panse sa bay Satan pwoblèm dèske moun yo panse li menm ak patizan envizib li yo pa reyèl? Nou pa kwè sa! Dayè, li fasil pou Satan bouche lespri moun ki pa kwè l egziste yo (2 Kor. 4:4). Pwopagann ki fè kwè kreyati espirityèl yo pa egziste a se youn nan pakèt mwayen Satan itilize pou l twonpe moun. w15 15/5 2:1, 2.

Vandredi 8 desanm

[Moyiz] te konsidere dezonè l te jwenn antanke sila a yo chwazi a kòm yon richès ki pi gran pase trezò peyi Ejip yo, piske li te kite je l fikse sou rekonpans li t apral jwenn nan. — Ebre 11:26.

Sandout vrè paran Moyiz yo te konn pale avè l de Jewova ansanm ak objektif Jewova te genyen pou l libere Ebre yo anba esklavaj e pou l ba yo peyi L te pwomèt la (Jen. 13:14, 15; Egz. 2:5-10). Toutpandan Moyiz t ap reflechi seryezman ak sa Jewova te pwomèt l ap fè pou izrayelit yo, lafwa ak lanmou l te gen pou Bondye a t ap grandi. Menm jan ak lòt moun ki te gen lakrentif pou Bondye yo, li te ka imajine moman kote Jewova pral libere limanite anba lanmò (Jòb 14:14, 15; Ebre 11:17-19). Nou pa sezi dèske Moyiz te vin gen lanmou pou Dye sa a ki te gen konpasyon pou Ebre yo ak tout limanite. Lafwa ak lanmou Moyiz te genyen an te motive l pandan tout vi l (Det. 6:4, 5). Menm lè Farawon te menase Moyiz pou l touye l, lafwa Moyiz te genyen an, lanmou l te gen pou Bondye a e petèt lefètke l te kreye yon bèl imaj nan tèt li konsènan bèl avni ki t ap tann li an, tout sa te ba l fòs li te bezwen pou l fè fas ak menas sa a avèk kouraj. — Egz. 10:28, 29. w15 15/5 3:11-13.

Samdi 9 desanm

Yo pa gen diven ankò. — Jan 2:3.

Jezi te fè premye mirak li nan yon resepsyon maryaj ki te fèt nan vil Kana nan Galile. Sanble kantite moun ki te nan resepsyon sa a te pi plis lontan pase kantite yo te atann nan. Antouka, kèlkeswa jan sa te ye, nou konnen te vin manke diven. Mari, manman Jezi, te pami moun ki te nan resepsyon an. Pandan plizyè ane, li pa t gen okenn dout sou tout pwofesi Bondye te bay ki gen rapò ak pitit gason l lan, yon pitit li te konnen yo t apral rele “Pitit Trèwo a”. (Lik 1:30-32; 2:52.) Èske Mari te kwè pitit li a te gen pisans e l te konnen pitit la potko sèvi ak pisans sa a? Yon bagay ki sèten, sèke Mari ak Jezi te gen konpasyon pou de moun ki te fèk marye yo e yo te vle ede yo pou yo pa wont. Jezi te konnen se devwa l pou l demontre ospitalite. Konsa, li te fè yon mirak kote l te fè 100 galon dlo (380 lit) vin tounen “bon diven”. (Jan 2:6-11.) Èske Jezi te oblije fè mirak sa a? Non. Li te fè l tou senpleman paske l te gen pitye pou moun yo e l te montre l renmen bay menm jan ak Papa l ki nan syèl la. w15 15/6 1:3.

Dimanch 10 desanm

Seyè, èske se nan tan sa a w ap met wayòm Izrayèl la sou pye ankò? — Tra. 1:6.

Anvan Jezi te monte nan syèl la, apot li yo te poze l kesyon ki pi wo a. Repons Jezi te ba yo a te montre l potko lè pou apot yo konnen moman Wayòm Bondye a ap kòmanse dirije. Li te mande disip li yo pou yo konsantre yo sou travay enpòtan yo te dwe fè a ki se travay bay temwayaj la (Tra. 1:7, 8). Sepandan, Jezi te anseye disip li yo pou yo ret tann Wayòm Bondye a ki gen pou vini an tou. Konsa, depi nan epòk apot yo, kretyen yo kontinye ap priye pou Wayòm nan vini. Lè moman an t ap pwoche pou Jezi kòmanse dirije nan Wayòm Bondye a depi nan syèl la, Jewova te ede pèp li a konprann ki lè evènman sa yo t ap rive. Nan ane 1876, nan yon jounal ki rele Etidyan Labib la (anglè), yo te pibliye yon atik Charles Taze Russell te ekri. Atik sa a ki te gen tit “Tan nasyon yo: Ki lè y ap fini?” te pale de ane 1914 la kòm yon ane ki enpòtan anpil. Atik la te fè yon lyen ant “sèt tan” yo pale de li nan pwofesi Dànyèl la ak “tan ki fikse pou nasyon yo” Jezi te pale de li a. — Dàn. 4:16; Lik 21:24. w15 15/6 4:11, 12.

Lendi 11 desanm

Epi dlo koule nan je Jezi. — Jan 11:35.

Kè Jezi te konn fè l mal lè l wè lòt moun ap soufri. Jezi te tèlman touche lè l te wè fason zanmi Laza yo te reyaji lè Laza te mouri a, li te “plenn nan kè l e li [te] vin boulvèse”. Li te santi l konsa menm lè l te konnen l t apral resisite Laza tousuit apre (Jan 11:33-36). Jezi pa t wont montre sa l te santi. Moun ki t ap gade yo te ka wè jan Jezi te gen afeksyon pou Laza ak fanmi Laza. Se pa ti konpasyon Jezi te demontre lè l te sèvi ak pisans Bondye te ba l la pou l resisite zanmi l lan (Jan 11:43, 44)! Bib la pale de Jezi kòm “pòtre egzak sa [Kreyatè a] ye a menm”. (Ebre 1:3.) Donk, pa mwayen mirak Jezi te fè yo, li te montre li menm ak Papa l swaf pou yo efase soufrans maladi ak lanmò pote. Anvi sa a yo genyen an ale pi lwen pase kèk istwa rezirèksyon yo rapòte nan Bib la. Men sa Jezi te di: “Lè a ap rive kote tout moun ki nan tonm [ki la pou fè sonje moun ki mouri yo] ap soti.” — Jan 5:28, 29, nòt. w15 15/6 2:13, 14.

Madi 12 desanm

Se pou yo fè louwanj pou non w ki estrawòdinè. — Sòm 99:3.

Kontrèman ak kèk moun nan relijyon yo ki nan erè lè yo panse yo pral bay Bondye glwa apre yo fin kite tè a pou y al nan syèl, tout Temwen Jewova yo rann yo kont yo dwe louwe Jewova sou tè a depi kounye a. Konsa, nou suiv egzanp sèvitè fidèl Jewova yo pale de yo nan Sòm 99:1-3, 5 yo. Jan sòm sa a montre sa, Moyiz, Arawon ak Samyèl te bay tout yo menm pou soutni dispozisyon Bondye te pran pou vrè adorasyon an nan epòk yo a (Sòm 99:6, 7). Jodi a, anvan rès frè Jezi yo al sèvi antanke prèt ak Jezi nan syèl la, yo kontinye sèvi Jewova fidèlman nan lakou tanp espirityèl la ki sou tè a. Gen plizyè milyon “lòt mouton” k ap ede yo fidèlman (Jan 10:16). Byenke yo pa gen menm esperans, toule de gwoup sa yo met tèt yo ansanm pou yo adore Jewova sou ti ban l lan. Sepandan, l ap bon pou nou chak poze tèt nou kesyon sa a: ‘Èske m soutni dispozisyon Jewova pran pou adorasyon ki pwòp la ak tout kè m?’ w15 15/7 1:4, 5.

Mèkredi 13 desanm

Kontinye tann li! — Aba. 2:3.

Adoratè Jewova yo te toujou konn tann akonplisman pwofesi yo. Ezayi te pale konsènan fason Jewova t apral fè bagay yo tounen jan yo te ye a. Men sa l te di: “Byennere tout moun ki kontinye ret tann li.” (Eza. 30:18). Miche, ki te pwofetize konsènan pèp Bondye nan tan lontan an tou, te pran detèminasyon pou l “kontinye ret tann Jewova”. (Miche 7:7.) Anplis de sa, pandan plizyè syèk, sèvitè Bondye yo t ap tann akonplisman pwofesi ki gen rapò ak Mesi a oswa Kris la (Lik 3:15; 1 Pyè 1:10- 12). Sèvitè Bondye yo nan epòk nou an kontinye ap tann tou paske pwofesi ki gen rapò ak Mesi a toujou ap akonpli. Pa mwayen Wayòm Mesi a, talè konsa, Jewova pral fini ak tout soufrans lèzòm ap sibi yo lè l detwi mechan an ak lè l delivre pèp li a nan monn tèt anba sa a Satan ap dirije a (1 Jan 5:19). Kidonk, ann pa janm sispann montre nou vijilan epi ann pa janm sispann montre nou vrèman konsyan sistèm sa a pral detwi talè konsa. w15 15/8 2:1, 2.

Jedi 14 desanm

Lanmou m gen pou kay ou a ap tankou yon dife k ap boule anndan m. — Jan 2:17.

Izrayelit yo te konstwi tabènak la anba direksyon Jewova (Egz. 25:8). Pi devan, yo te konstwi yon tanp pou adorasyon Jewova a (1 Wa 8:27, 29). Apre Juif yo te retounen sot ann egzil nan peyi Babilòn, yo te konn reyini regilyèman nan sinagòg yo (Mak 6:2; Jan 18:20; Tra. 15:21). Premye kretyen yo te konn reyini kay moun ki nan kongregasyon yo (Tra. 12:12; 1 Kor. 16:19). Jodi a, pèp Jewova a toujou reyini nan plizyè dizèn milye Sal Wayòm toupatou nan monn nan pou yo resevwa fòmasyon e pou yo adore Jewova. Jezi te tèlman renmen tanp Jewova a ki te Jerizalèm epi l te tèlman apresye l opwen gen youn nan moun ki te ekri Evanjil yo ki te aplike pawòl pwofetik nou jwenn nan tèks pou jounen an nan ka pa l (Sòm 69:9). Pa gen okenn rezon valab ki te ka fè n rele yon Sal Wayòm “kay Jewova” nan menm sans pawòl sa yo te aplikab pou tanp lan ki te Jerizalèm (2 Kwo. 5:13; 33:4). Sepandan, gen kèk prensip nan Bib la ki montre kòman nou ta dwe sèvi ak kote n reyini pou n adore nan epòk nou an ak ki jan n ta dwe demontre respè pou kote sa yo. w15 15/7 4:1, 2.

Vandredi 15 desanm

Abiye nou ak lanmou. — Kol. 3:14.

Èske n ap dispoze demontre lanmou youn pou lòt pandan Rèy mil an Kris la? Si n aprann padone san grate tèt epi n evite gen pwoblèm youn ak lòt depi kounye a, l ap pi fasil pou n fè sa nan monn nouvo a (Kol. 3:12, 13). Lavi nan monn nouvo a gendwa pa vle di nou pral toujou jwenn sa n vle nan lè n vle a. Olye de sa, vi sa a pral mande pou n apresye nenpòt sitiyasyon epi kontante n ak nenpòt sitiyasyon toutpandan n ap jwenn byenfè lefètke n soumèt nou anba otorite Jewova ki plen lanmou. Sa pral vle di pou n met tout bèl kalite Jewova ap aprann nou depi kounye a an pratik. Lè n aprann demontre kalite sa yo nan lavi n depi kounye a toutpandan n ap tann lavi nan monn nouvo a, se aprann n ap aprann devlope yon seri kalite nou pral bezwen demontre pou tout letènite. Se fè n ap fè lafwa n genyen nan “tè k ap vini an” vin pi solid (Ebre 2:5; 11:1). Anplis de sa, se montre n ap montre jis nan ki pwen nou swaf pou n viv bèl kondisyon ki pral egziste sou tè a nan moman sa a. Vrèmanvre, se prepare n ap prepare n pou n viv pou toutan nan monn nouvo Bondye a. w15 15/8 3:11, 12.

Samdi 16 desanm

Se pou nou kontinye mache ann inyon avèk [Jezi]. — Kol. 2:6.

Lè w ap egzamine yon grap fwi nan yon makèt, ou ka wè se pa tout fwi nan grap la ki menm. Sepandan, yo tout gen kèk karakteristik idantik ki pèmèt yon moun wè yo fè pati grap la. Menm jan an tou, kretyen ki gen matirite yo ka pa gen menm nasyonalite, yo ka pa leve menm jan, yo ka pa gen menm sante e yo ka pa fè menm eksperyans. Yo ka diferan menm nan pèsonalite yo oswa kilti yo. Aktout sa, tout moun ki grandi nan domèn espirityèl yo vin gen yon seri kalite ki pèmèt moun wè yo gen matirite. Kòman sa? Yon sèvitè Jewova ki gen matirite ap bati lavi l sou egzanp Jezi ki kite yon modèl pou nou “pou nou suiv tras li pye pou pye”. (1 Pyè 2:21.) Ki bagay Jezi te montre ki vrèman enpòtan? Li te di pou n renmen Jewova ak tout kè n, tout nanm nou, tout lespri n epi pou n renmen pwoche n menm jan n renmen tèt nou (Mat. 22:37-39). Yon kretyen ki gen matirite ap fè gwo efò pou l viv ann amoni ak konsèy sa a. L ap chèche viv yon fason ki montre l bay relasyon l gen ak Jewova a premye plas, ki montre l renmen lòt moun e l dispoze fè sakrifis pou yo. w15 15/9 1:3-5.

Dimanch 17 desanm

Toutpandan n ap fè verite a vin klè, n ap rekòmande tèt nou bay tout moun devan Bondye. — 2 Kor. 4:2.

Yon bon konsyans ap fè plis pase avèti nou kont bagay ki mal. L ap ankouraje n fè bon travay tou. Pami bon travay ki pi enpòtan yo gen patisipasyon nou nan travay predikasyon kay an kay la ak pwofite tout posiblite n jwenn pou n bay temwayaj enfòmèl. Konsyans Pòl te pouse l fè sa. Men sa l te ekri: “Se yon obligasyon yo fè m. Wi, malè pou mwen si m pa t anonse bon nouvèl la!” (1 Kor. 9:16). Toutpandan n ap imite l, konsyans nou ap pale avè n, l ap ban nou asirans n ap fè sa ki bon an. Epi, lè n preche bon nouvèl la, nou touche konsyans moun n ap pale avè yo a. Sa klè, konsyans lan kapab jwe yon gwo wòl. Lè n etidye Pawòl Bondye regilyèman, nou medite sou sa n aprann nan epi n fè efò pou n pratike yo, se fòme n ap fòme konsyans nou. Konsa, l ap montre l se yon gid ki fyab nan lavi nou antanke kretyen! w15 15/9 2:16, 18.

Lendi 18 desanm

Jewova korije moun li renmen. — Pwo. 3:12.

Istwa lavi Jozèf, Moyiz ak David fè pati istwa ki gen plis detay e ki pi vivan pami istwa tout lòt moun yo rakonte nan Bib la. Lè n li konsènan fason Jewova te kanpe avèk yo nan eprèv yo te jwenn ak jan Jewova te sèvi avè yo yon fason estrawòdinè, sa ap fè n rive wè jis nan ki pwen Jewova renmen sèvitè l yo e l gen sousi pou yo. Disiplin Jewova bay yo ede n wè kèk lòt aspè nan lanmou l. Lè Jewova disipline moun ki fè sa k mal epi moun sa yo byen reyaji e yo repanti, Jewova ap ‘padone yo nèt’. (Eza. 55:7.) Ki sa sa vle di? David te byen dekri fason Jewova padone moun lè l te di: “Li padone tout peche m yo e li geri tout maladi m yo, li pa kite m desann nan twou a, li onore m lè l demontre yon lanmou ki fidèl pou mwen ansanm ak mizèrikòd.” (Sòm 103:3, 4). Annou toujou byen reyaji devan konsèy ak disiplin Jewova bay yo, epi ann pa pran tan pou n rekonèt disiplin kòm yon fason Jewova demontre kokennchenn lanmou l gen pou nou an. — Sòm 30:5. w15 15/9 4:13, 14.

Madi 19 desanm

Mari [...] t ap koute sa [Jezi] t ap di. — Lik 10:39.

Mat te okipe anpil nan prepare yon repa espesyal pou Jezi e l te vin fache ak Mari. Piske Jezi te wè jan Mat t ap eseye fè twòp travay, avèk jantiyès, li te di l: “Mat, Mat, w ap bay tèt ou pwoblèm, w ap trakase kò w pou w fè anpil bagay.” Epi, li fè l konnen yon sèl kalite manje t ap sifi. Apre sa, Jezi vire gade Mari e l fè konnen Mari pa fè anyen ki mal, li di: “Mari, bò kote pa l, chwazi bon pati a, e yo pap pran l nan men l.” (Lik 10:38-42). Sa te ka pa pran anpil tan pou Mari bliye ki manje l te manje nan okazyon espesyal sa a, men l pa t ap janm bliye felisitasyon Jezi te ba li ansanm ak bon manje espirityèl li te jwenn paske l te ret ap koute Jezi san l pa distrè. Plis pase 60 an annapre, men sa apot Jan te ekri: “Jezi te renmen Mat ansanm ak sè l la.” (Jan 11:5). Sandout, pawòl sa yo Bondye te pouse Jan ekri yo montre Mat te pran konsèy Jezi te ba li avèk amou an oserye e l te fè efò pou l sèvi Jewova fidèlman pandan tout rès vi l. w15 15/10 3:3, 4.

Mèkredi 20 desanm

Pisans ki depase yon pisans nòmal [la] soti nan Bondye. — 2 Kor. 4:7.

Nou gen anpil rezon pou n kwè Jewova gen enfliyans nan lavi moun yo jodi a. Se pa ni de ni twa fwa nou tande eksperyans moun ki te priye pou yo mande Bondye ede yo vin gen pi bon relasyon avè l, e Bondye te reponn yo (Sòm 53:2). Pandan Allan t ap preche kay an kay sou yon ti zile nan peyi Filipin, li te rankontre yon dam ki te kòmanse kriye. Men sa Allan di: “Nan menm maten an, dam nan te priye pou Jewova voye Temwen l yo vin kote l. Tèlman Bondye te reponn priyè l la vit, moun yo te ka wè jan sa te touche l.” Sou ennan, li te vwe lavi l bay Jewova e l te batize. Anpil nan sèvitè Bondye yo wè prèv ki montre l ede yo lefètke yo rive libere anba vye abitid ki fè moun vin esklav tankou fimen, pran dwòg oswa gade pònografi. Gen kèk ladan yo ki fè konnen yo te fè tout sa yo kapab pou yo eseye kite abitid sa yo poukont yo e yo pa t kapab. Men, lè yo te mande Jewova pou l ede yo, li te ba yo “pisans ki depase [...] pisans nòmal” la, e finalman yo te rive venk feblès yo te genyen yo. — Sòm 37:23, 24. w15 15/10 1:10, 11.

Jedi 21 desanm

Se pou nou byen sèvi ak tan nou. — Efe. 5:16.

Gen moun ki leve bonè nan maten pou yo li, medite ak priye. Gen lòt ki fè sa pandan poz yo pran pou yo manje nan travay yo. Nou ka wè l posib pou n fè sa byen bonè nan aprèmidi oswa anvan n kouche. Gen moun ki pran plezi li Labib nan maten e yo fè sa ankò anvan y al dòmi. Konsa, yo “li l [...] lajounen kou lannuit” oswa regilyèman (Joz. 1:8). Sa k pi enpòtan an, se pou n pran tan sou bagay ki pa gen twòp enpòtans yo pou n jwenn tan pou n medite chak jou sou Pawòl Bondye a. Pawòl Bondye a gen plizyè pwomès ki montre benediksyon tout moun ki medite sou li e ki fè efò pou aplike sa yo aprann yo ap jwenn (Sòm 1:1-3). Men sa Jezi te di: “Byennere moun ki tande pawòl Bondye e ki pratike l!” (Lik 11:28). Lè n medite sou bagay espirityèl chak jou, sa ap ede n onore Gran Kreyatè a ki fè sèvo nou ki estrawòdinè. L ap rekonpanse nou, l ap fè n gen kè kontan depi kounye a e l ap fè n jwenn lavi ki pap janm fini an nan monn nouvo ki jis la. — Jak 1:25; Rev. 1:3. w15 15/10 4:17, 18.

Vandredi 22 desanm

Pyè [...] pran [Jezi] apa e li kòmanse pale fèm avè l, li di l: “Pa di bagay konsa non, Seyè. Sa pa gendwa janm rive w.” — Mat. 16:22.

Apot Pyè te gen bon entansyon lè l t ap ankouraje Jezi pou l pa di l pral mouri a. Sepandan, Jezi te konnen ankourajman Pyè a te baze sou fo rezònman. Pou Jezi te ede Pyè ak lòt apot yo, li te ba yo yon konsèy klè lè l te montre yo konsekans sa genyen lè yon moun toujou ap rale kò l dèyè e l te atire atansyon yo sou byenfè yon moun ap jwenn lè l demontre lespri sakrifis (Mat. 16:21-27). Pyè te aprann leson an (1 Pyè 2:20, 21). Priye Jewova pou l ede w gen bon konprann pou w ka konn ki kote pitit ou ki adolesan bezwen èd (Sòm 32:8). Pa egzanp, ki sa k ka fè w konnen si lafwa pitit ou ap febli? Petèt li kòmanse ap pèdi jwa l, l ap pale frè ak sè yo mal oswa l kòmanse kenbe sekrè pou ou. Pa kouri panse bagay sa yo se siy ki montre pitit ou ap mennen yon lòt vi e l ap fè gwo peche. Yon lòt bò, pa fèmen je w sou siy sa yo oswa pa annik panse li nòmal pou l izole tèt li. w15 15/11 2:12, 13.

Samdi 23 desanm

Se pou nou abiye nou ak yon afeksyon e ak yon tandrès ki sot nan yon kè ki sansib, e se pou nou abiye nou ak bonte, imilite, dousè ak pasyans. [...] Abiye nou ak lanmou, paske li se yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay. — Kol. 3:12, 14.

Bonjan lanmou ak inite sèvitè Jewova yo genyen an idantifye yo kòm moun k ap pratike vrè relijyon an, paske Jezi te di: “Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” (Jan 13:34, 35). Epi, apot Jan te ekri: “Men ki jan w ka rekonèt pitit Bondye yo ak pitit Dyab la: Yon moun ki pa pratike sa ki jis pa soti nan Bondye, ni moun ki pa renmen frè l. Paske, men mesaj nou te tande depi okòmansman an: Se pou nou youn renmen lòt.” (1 Jan 3:10, 11). Lanmou ki fè bèl inite sa a vin posib la pèmèt yo idantifye Temwen Jewova yo kòm vrè disip Kris yo, kòm moun Bondye ap itilize pou preche bon nouvèl Wayòm nan sou tout tè a. — Mat. 24:14. w15 15/11 4:10, 11.

Dimanch 24 desanm

Tankou pòm annò nan kabare ki fèt ann ajan, se konsa pawòl moun di nan bon moman ye. — Pwo. 25:11.

Piske kilti moun yo ak kwayans yo diferan anpil, se sa k fè n bezwen chèche wè ki lè ki pi bon pou n pale. E gen anpil okazyon kote n ka bezwen chèche fè sa. Pa egzanp, yon moun ka fè n fache ak tout bon entansyon l. N ap montre n pridan lè n pran tan pou n reflechi pou n wè si sa k pase a enpòtan ase pou n di yon bagay. Si n dwe pale, nou pa t ap montre n saj si n ta al pale ak moun ki ofanse n nan pandan nou kontrarye a e petèt pou n ta pale yon ti jan di avè l (Pwo. 15:28). Menm jan an tou, nou bezwen chèche konn ki lè pou n pale ak manm fanmi nou ki pa kwayan sou laverite. Se vre nou vle pou yo vin konnen Jewova, men, nou dwe montre nou pasyan epi n gen bonsans. Lè n di bon pawòl nan bon moman, sa ka pèmèt moun yo ouvri kè yo. w15 15/12 3:6, 8, 9.

Lendi 25 desanm

Li montre nou [...] pou nou viv avèk bonsans [...] nan sistèm sa a. — Tit 2:12.

Pa gen dout nan sa, nou bezwen gen “bonsans” oswa yon pwennvi ekilibre lè esplikasyon yo ban nou sou fason n ka konn ki maladi nou fè oswa ki tretman pou n suiv sanble etranj oswa l sonnen dwòl. Èske medsen an oswa moun k ap fè piblisite pou remèd la ka bay bonjan esplikasyon sou efè l ap genyen? Èske l ann amoni ak lòt metòd tout moun byen konnen yo, epi, èske gen anpil moun kalifye ki fè l konfyans (Pwo. 22:29)? Oswa, èske se sitou sou emosyon nou moun nan ap jwe? Petèt, se yon metòd yo dekouvri oswa yo konn itilize nan yon zòn ki lwen anpil kòmsi y ap kache l pou moun ki konn fè rechèch nan epòk nou an pa konnen l. Èske metòd sa a pwouve yon bagay oswa l menm sanble rezonab? Gen kèk moun ki ka ofri n yon tretman ki gen swadizan yon sekrè oswa yon fòs ladan l. Sa mande pou n pran bonjan prekosyon paske Bondye kont tout moun k ap fè “maji” e ki gen kontak ap movèzespri. — Eza. 1:13; Det. 18:10-12. w15 15/12 4:16.

Madi 26 desanm

Pa gen youn nan moun yo te voye yo ki gen plis enpòtans pase Jan ki konn batize moun nan.Men, moun ki gen mwens enpòtans nan Wayòm syèl la gen plis enpòtans pase l. — Mat. 11:11.

Nan Ekriti yo, nou jwenn egzanp anpil gason ki te gen lafwa e lespri sen te aji sou yo. Sepandan, yo pa t gen esperans pou y al viv nan syèl. Jan ki konn batize moun nan te youn nan moun sa yo. Jezi te fè anpil lwanj pou li, men, li te fè konnen Jan pa t ap gen pou l vin wa nan Wayòm syèl la. Menm jan an tou, lespri sen te aji sou David (1 Sam. 16:13). Li te yon moun ki te espirityèl anpil e lespri sen te menm pouse l ekri kèk pati nan Bib la (Mak 12:36). Aktout sa, nan jou Pannkòt la, Pyè te fè konnen David “pa t monte nan syèl”. (Tra. 2:34.) Lespri sen te aji ak anpil pisans nan moun sa yo, men, li pa t ba yo temwayaj espesyal ki fè konnen yo chwazi yo pou y al viv nan syèl la. Sa pa vle di kòmkwa yo pa t diy pou sa oswa yo pa t kalifye. Sa tou senpleman vle di Jewova t ap resisite yo pou yo viv nan yon paradi sou tè a. — Jan 5:28, 29; Tra. 24:15. w16.01 3:16.

Mèkredi 27 desanm

Mwen menm ak Papa a, nou se youn. — Jan 10:30.

Lè n ap travay ansanm ak moun nou renmen, nou vin pwòch ak yo e n vin konn pèsonalite yo ak kalite yo. Nonsèlman nou vin konnen sa yo vle fè, men, nou vin konnen kòman yo pral fè l tou. Petèt Jezi te fè plizyè milya ane ap travay ak Jewova, e sa te fè yo vin gen yon lanmou ak yon afeksyon ki solid youn pou lòt, yon lanmou ki pa ka kraze. Yo te kontan viv nan tèt ansanm e yo te toujou travay ann amoni. Jezi te fè yon priyè kote l te mande Jewova pou l voye je sou disip li yo. Pou ki rezon? Li te di: “Dekwa pou yo ka vin fè youn menm jan mwen menm avè w nou fè youn.” (Jan 17:11). Toutpandan n ap aplike prensip Bondye yo e n ap patisipe nan travay predikasyon an, nou vin pi byen konprann bèl kalite Bondye genyen yo. Nou vin aprann rezon ki fè l enpòtan pou n fè l konfyans e pou n suiv konsèy li. Tank n ap pwoche bò kote Bondye, se tank l ap pwoche bò kote n tou (Jak 4:8). Anplis de sa, nou pwoche bò kote frè ak sè espirityèl nou yo tou paske n ap jwenn menm difikilte ak menm lajwa ak yo e paske n gen menm objektif ak yo. w16.01 5:9, 10.

Jedi 28 desanm

Retounen ak bèlsè w la non! — Rit 1:15.

Nawomi te vle retounen ann Izrayèl, nan peyi l. Ki sa Rit te deside fè? Li te gen pou l pran yon gwo desizyon. Èske l ta dwe retounen nan peyi Mowab, lakay li, oubyen, èske l ta dwe kontinye vwayaj la ansanm ak Nawomi, bèlmè l, pou y al Betleyèm (Rit 1:1-8)? Fanmi Rit t ap viv nan peyi Mowab. Li te ka retounen al jwenn yo, e sandout, yo t ap pran swen l. Li te konn pèp Mowab la byen, li te konn lang lan e l te konn koutim moun yo. Nawomi pa t ka pwomèt Rit okenn nan bagay sa yo lè l rive Betleyèm. Epi, Nawomi te pè pou l pa jwenn yon mari pou Rit oubyen yon kote pou Rit rete. Se sa k fè Nawomi te di Rit pou l retounen Mowab, nan peyi l. Kontrèman ak Rit, Òpa li menm te “retounen al jwenn pèp li a ak dye l yo”. (Rit 1:9-15.) Men, Rit pa t deside retounen al jwenn pèp li a ak fo dye yo te konn sèvi yo. w16.02 2:4, 5.

Vandredi 29 desanm

Ki sa [Jewova] mande w pou w fè? Èske se pa pou w fè sa ki dwat, pou w renmen fidelite, epi pou w mache avèk Bondye w la, e pou w fè sa avèk imilite? — Miche 6:8.

Sayil ansanm ak 3 000 sòlda ki te avè l yo t ap chèche David nan dezè Jida a pou yo touye l. Men, yon jou swa, David ak mesye ki te avè l yo te jwenn kote Sayil ak sòlda l yo te tabli kan yo. Yo tout nèt t ap dòmi. Konsa, David ak Abichayi te pase kot sòlda yo tou dousman jis yo rive kot Sayil t ap dòmi an. Men sa Abichayi te di David tou ba: “Kite m kloure l atè a ak yon sèl kout lans, mwen pap bezwen ba l de.” Men, David pa t vle kite l touye Sayil. Men sa David te di Abichayi: “Pa fè l anyen ki mal, paske ki moun ki ka leve men l pou l frape moun Jewova chwazi a epi pou l ret inosan?” Epi, David di l: “Piske mwen gen respè pou Jewova, sa pa t ap janm vin nan lide m pou m leve men m pou m frape moun Jewova chwazi a!” (1 Sam. 26:8-12). David te konprann sa l dwe fè pou l ret fidèl ak Jewova. Li konnen l te dwe respekte Sayil e l pa t menm imajine li menm k ap fè Sayil mal. Poukisa? Paske se Bondye ki te chwazi Sayil pou l vin wa ann Izrayèl. Menm jan an tou, jodi a, Jewova vle pou tout moun k ap sèvi l ret fidèl avè l e pou yo respekte moun li pèmèt gen otorite yo. w16.02 4:1, 2.

Samdi 30 desanm

O Bondye m nan, mwen pran plezi pou m fè volonte w. — Sòm 40:8.

Èske w se yon jèn ki ta renmen batize? Si se wi, konnen se pi gwo privilèj ou te ka genyen. Sepandan, batèm se yon desizyon ki enpòtan anpil. Lè w batize se montre w montre lòt moun ou vwe lavi w bay Jewova, sa vle di w pwomèt li pou w sèvi l pou toutan epi w montre fè volonte Jewova se bagay ki pi enpòtan nan lavi w. Piske yon pwomès konsa se yon pwomès ki enpòtan anpil pou Bondye, ou ta dwe batize sèlman lè w gen ase matirite, lè w santi se sa ou menm ou vle e lè w konprann sa sa vle di pou w vwe lavi w bay Bondye. Sepandan, petèt ou ka santi w poko pare pou w batize. Oswa, petèt ou santi w pare, men, paran w yo panse w ta dwe tann jiskaske w gen plis laj epi w fè plis eksperyans nan lavi a. Ki sa w ta dwe fè? Pinga w dekouraje. Olye de sa, sèvi ak tan sa a pou w fè pwogrè yon fason pou w ka vin kalifye pou w batize talè konsa. w16.03 2:1, 2.

Dimanch 31 desanm

Pa mete tèt nou anba menm jouk ak moun ki pa kwayan. — 2 Kor. 6:14.

Gen kèk moun se apre yo fin marye yo vin aprann laverite e moun yo marye avè l la pa vin Temwen. Nan sitiyasyon sa yo, kretyen yo fè tout sa yo kapab pou maryaj yo ret solid lè yo suiv konsèy ki nan Bib la. Sa ka pa toujou fasil. Mete sou sa, Satan ap atake fanmi yo jodi a. Sa se youn nan rezon ki fè yon mari ak yon madanm k ap sèvi Jewova bezwen kolabore youn ak lòt. Kèlkeswa kantite ane w genyen depi w marye a, reflechi sou sa w ka di oswa w ka fè pou maryaj ou vin pi solid. Si ou menm ak konjwen w gen lontan depi nou marye, nou ka vin yon bon egzanp pou moun ki fèk marye yo. Petèt ou ka envite de moun ki pa gen lontan depi yo marye vin asiste adorasyon an fanmi w lan. Y ap rann yo kont kèlkeswa kantite tan de moun genyen depi yo marye, yo dwe demontre afeksyon youn pou lòt e yo dwe viv nan tèt ansanm. — Tit 2:3-7. w16.03 3:14, 15.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje