Novanm
Mèkredi 1ye novanm
Abraram te rann dènye souf li lè l te gen yon bon ti laj, li te viv kont li. — Jen. 25:8.
Lè Bib la di Abraram “te viv kont li” an, se pa di l vle di Abraram pa t anvi kontinye viv. Bib la fè konnen Abraram “t ap tann vil ki gen vrè fondasyon an, yon vil se Bondye ki fè plan l e se li ki bati l”. (Ebre 11:10.) Imajine jan Abraram pral kontan pou l viv nan yon paradi sou tè a e pou l kontinye fè efò pou relasyon l gen ak Bondye antanke zanmi an vin pi sere toujou. Se pa ti kontan l ap kontan konnen egzanp li te kite antanke moun ki gen lafwa a te ede sèvitè Bondye yo pandan plizyè milye ane! Nan Paradi a, Abraram pral rann li kont sakrifis li t apral fè sou Mòn Morija a te reprezante yon bagay ki gen plis valè toujou (Ebre 11:19). Li pral aprann ki jan lapenn li te santi lè l t ap prepare l pou l ofri Izarak, pitit gason l, kòm sakrifis la te ede plizyè milyon moun fidèl vin konprann gwo lapenn Jewova te santi lè l te bay Jezi Kris, Pitit gason l lan, kòm yon ranson pou lèzòm. — Jan 3:16. w16.02 1:15, 16.
Jedi 2 novanm
Ou se pitit yon fanm ki rebèl! Ou genlè panse m pa konnen si w chwazi pran pou pitit gason Jese a! Sa se yon wont pou ou e se yon wont pou manman w! — 1 Sam. 20:30.
Nou kapab fidèl ak Jewova menmsi yon frè ki gen responsablite pa byen boule ak nou. Se Bondye ki te chwazi Sayil pou l vin wa, malgre sa, li pa t byen boule ak pwòp pitit gason l. Li pa t konprann rezon ki fè Jonatan te renmen David. Se sa k fè, lè Jonatan te eseye pran pou David, Sayil te vin fache anpil e li te fè pitit gason l lan wont devan yon pakèt moun. Aktout sa, Jonatan te toujou respekte papa l. Anmenmtan, li te kontinye ret fidèl ak Jewova e ak David, moun Jewova te chwazi pou vin wa ann Izrayèl la (1 Sam. 20:31-41). Jodi a, nan kongregasyon yo, frè ki gen responsablite yo fè efò pou yo byen boule ak tout moun. Men, frè sa yo pa pafè. Pou rezon sa a, li posib pou yo pa konprann rezon k fè n fè tèl ou tèl bagay (1 Sam. 1:13-17). Kidonk, si sa ta rive yo mal konprann nou oswa yo mal wè nou, annou kontinye ret fidèl ak Jewova. w16.02 3:14, 15.
Vandredi 3 novanm
Si yon moun vle suiv mwen, se pou l nye tèt li, [e] se pou l pran poto soufrans li. — Mat. 16:24.
Gen kèk jèn ki ka pa fin byen konprann diferans ki genyen ant vwe lavi yo bay Bondye ak batize. Gen kèk nan yo ki ka di yo deja vwe lavi yo bay Jewova, men, yo poko pare pou yo batize. Men, èske sa vrèman posib? Ou vwe lavi w bay Jewova lè w fè yon priyè kote w pwomèt Jewova w ap sèvi l pou toutan. Lè w batize, se montre w montre lòt moun ou deja vwe lavi w bay Jewova. Kidonk, anvan w batize, ou bezwen konprann sa sa vle di pou w vwe lavi w bay Bondye. Lè w vwe lavi w bay Jewova se di w di l ou pa mèt tèt ou ankò. Se yon pwomès ou fè ki montre sèvi Jewova se bagay ki pi enpòtan nan lavi w (Mat. 16:24). Pwomès sa a ou fè Bondye a se yon pwomès ki serye anpil. — Mat. 5:33. w16.03 1:14, 15.
Samdi 4 novanm
Annou grandi nan tout bagay grasa lanmou. — Efe. 4:15.
Pòl te sèvi ak egzanp kò moun pou l esplike jan chak kretyen kapab ede kongregasyon an rete kole ansanm epi pou l suiv Jezi ki se Chèf kongregasyon an. Li te di se tout pati nan kò a k ap kolabore ansanm “grasa tout jwenti [yo] k ap founi sa ki nesesè”. (Efe. 4:16.) Nan ka sa a, ki sa nou chak nou ta dwe fè kit nou jèn kit nou granmoun, kit nou an sante kit nou pa an sante? Jezi te nome ansyen yo pou yo pran latèt nan kongregasyon an, li vle pou n respekte yo epi pou n suiv konsèy yo ban nou (Ebre 13:7, 17). Li pa toujou fasil pou n fè sa. Men, nou ka mande Jewova èd. Lespri sen l ka ede n obeyi nenpòt konsèy ansyen yo ban nou. Fè yon ti reflechi tou anrapò ak fason nou ka ede kongregasyon nou an si n gen imilite epi n kolabore ak ansyen yo. Kongregasyon an ap gen tèt ansanm epi lanmou nou gen youn pou lòt la ap vin pi fò. w16.03 3:8, 9.
Dimanch 5 novanm
Pawòl Bondye a vivan e li pisan. — Ebre 4:12.
Gen kèk jèn frè, toutpandan y ap grandi, ki pa t jwenn ankourajman pou yo pousuiv objektif espirityèl. Laverite pa t janm gen premye plas nan lavi jèn sa yo (Mat. 10:24). Kidonk, yon ansyen dwe pran tan pou l chèche vin zanmi frè li vle bay fòmasyon pou vin gen privilèj nan kongregasyon an e l dwe fè l konnen kongregasyon an bezwen l. Annapre, toutpandan tan ap pase, ansyen an dwe chita ak frè a pou yo rezone sou kèk vèsè byen presi epi ede l reflechi sou ve l te fè Jewova a (Ekl. 5:4; Eza. 6:8; Mat. 6:24, 33; Lik 9:57-62; 1 Kor. 15:58; 2 Kor. 5:15; 13:5). Ansyen an gendwa mande l: ‘Ki pwomès ou te fè Jewova lè w t ap vwe vi w ba li?’ Li ka eseye touche kè l lè l mande l: ‘Ki jan w panse Jewova dwe te santi l lè w te batize?’ (Pwo. 27:11). ‘Ki jan Satan te santi l?’ (1 Pyè 5: 8). Ansyen yo pa dwe janm souzestime jis nan ki pwen yon frè kapab santi l touche lè l li kèk pasaj nan Bib la yo te byen pran san yo pou yo chwazi. w15 15/4 2:9, 11.
Lendi 6 novanm
Lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou. — 1 Pyè 5:7.
Ki sa k ka fè Jewova pa reponn chak priyè nou fè menm kote a? Sonje li konpare relasyon nou gen avè l la ak relasyon yon papa gen ak pitit li (Sòm 103:13). Yon timoun pa ka atann pou paran l ba l tout sa l mande oswa pou yo kouri ba l yon bagay li mande menm kote li mande l la. Yon timoun ka mande yon bagay alòske l gendwa pa bezwen l vre. Gen timoun menm ki gendwa bezwen tann bon moman an pou yo jwenn sa yo mande a. Epi gen kèk bagay se gendwa pa yo menm ki pi bon pou yon timoun oswa yo gendwa pap nan enterè lòt moun ki konsène yo. Anplis de sa, lè w kouri bay yon timoun tout sa l mande, sa ka fè w vin esklav timoun nan. Menm jan an tou, se pou byen nou Jewova gendwa kite tan pase anvan l reponn priyè nou yo yon fason ki klè. E li gen dwa pou l fè sa etandone se li menm ki kreye nou, li se Mèt ki renmen nou anpil la e l se Papa nou ki nan syèl la. Si Jewova ta kouri ban nou tout sa n mande menm kote nou mande yo a, sa t ap chanje relasyon nou gen avè l la. — Izayi 29:16; 45:9. w15 15/4 4:6, 7.
Madi 7 novanm
Opoze ak Dyab la, e l ap kouri kite nou. — Jak 4:7.
Etandone nou toupre fen sistèm sa a, Satan vle pou n sispann veye, pou n panse ak tèt nou lè n chèche viv alèz nan monn sa a, e konsa, pou n bliye si gen ijans. Pa kite sa rive n! Olye de sa, annou “kontinye veye”. (Mat. 16:22, 23; 24:42.) Pa janm kwè nan pwopagann Satan ap gaye yo ki fè konnen lafen an poko prèt pou l rive oswa menm li pap vini ditou. Satan ap eseye fè n kwè nou pa merite pou Bondye renmen nou epi Bondye pap padone peche nou yo. Tout bagay sa yo fè pati pwopagann l ap fè pou l twonpe moun. Dayè, ki moun sitou ki plis merite pou Jewova pa renmen l ditou? Se Satan. Ki moun ki pap jwenn padon ditou? Yon lòt fwa ankò, se Satan. Sepandan, Bib la ban nou asirans: “Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou fè ak lanmou nou demontre pou non l.” (Ebre 6:10). Jewova bay efò n ap fè pou n fè l plezi yo anpil valè epi se pa pou granmesi n ap sèvi l (1 Kor. 15:58). Kidonk, ann pa kite Satan twonpe nou ak pwopagann li yo. w15 15/5 1:16-19.
Mèkredi 8 novanm
Yo te wè yo delwen, sa te fè yo kontan. — Ebre 11:13.
Abraram te tèlman jwenn prèv konsènan bagay li te espere yo se kòmsi l te ka wè bagay li pa t gentan viv yo! Lafwa Abraram te gen nan pwomès Bondye yo te ranfòse detèminasyon l te pran pou l fè volonte Bondye a. Grasa lafwa, li te kite vil Ou e l te refize viv pou toutan nan kèlkeswa vil nan peyi Kanaran. Menm jan ak vil Ou, vil sa yo pa t gen yon fondasyon solid paske se moun ki pa t gen respè pou Bondye ki t ap dirije yo (Joz. 24:2). Abraram te fè tout rès vi l “ap tann vil ki gen vrè fondasyon an, yon vil se Bondye ki fè plan l e se li ki bati l”. (Ebre 11:10.) Abraram te “wè” li menm k ap viv yon kote Jewova ap dirije, yon kote k ap la pou toutan. Abèl, Enòk, Noye, Abraram ansanm ak lòt moun menm jan ak yo te kwè nan rezirèksyon mò yo e yo t ap tann pou yo viv sou tè a anba dominasyon Wayòm Bondye a ki se “vil ki gen vrè fondasyon an”. Lefètke yo te konn panse ak benediksyon sa yo, sa te fè yo vin gen plis lafwa nan Jewova. — Ebre 11:15, 16. w15 15/5 3:8, 9.
Jedi 9 novanm
Kris se pisans Bondye. — 1 Kor. 1:24.
Pa mwayen Jezi, Jewova demontre pisans li plizyè fason ki estrawòdinè. Toule kat Evanjil yo bay bonjan enfòmasyon konsènan kèk nan mirak Kris te fè yo e enfòmasyon sa yo fè lafwa n vin pi solid. Sepandan, Jezi te fè anpil lòt mirak ankò (Mat. 9:35; Lik 9:11). Vrèmanvre, Jezi te gen pisans Bondye sou li. Se sa k fè Pòl te gen bonjan rezon pou l te pale konsènan Jezi lè l te di: “Kris se pisans Bondye.” Men, ki efè mirak Jezi te fè yo ka gen sou lavi nou? Apot Pyè fè konnen Jezi te fè anpil mirak oswa “bagay etonan”. (Tra. 2:22.) Zèv pisans Jezi te fè sou tè a te bay yon apèsi konsènan pi gwo byenfè l pral pote lè l ap dirije antanke Wa. Zèv sa yo te sèvi kòm lonbray pou pi gwo mirak Jezi pral fè nan monn nouvo Bondye a. Anplis de sa, mirak li te fè yo ede n rive byen konprann ki kalite moun li menm ak Papa l ye. w15 15/6 1:1, 2.
Vandredi 10 novanm
Li te di tèt li: “Si m touche rad li sèlman, m ap geri.” — Mak 5:28.
Piske Jezi te rann li kont se Jewova, Papa l, ki te geri dam nan, li te pale ak dam nan avèk jantiyès, li te di l: “Pitit fi m, lafwa w geri w. Ale anpè. Ou geri nèt anba maladi ki t ap fè w soufri a.” (Mak 5:34). Se pa ti bonte Jezi genyen! Nou wè jan kè l fè l mal lè l wè moun k ap soufri anba maladi yo. Satan vle fè n kwè pèsonn pa renmen nou epi n pa gen okenn valè nan je pèsonn. Sepandan, mirak Jezi yo bay bonjan prèv ki montre l vrèman gen sousi pou nou e l konn pwoblèm nou. Se pa ti konprann Wa nou an ki Gran Prèt tou konprann nou (Ebre 4:15)! Li gendwa pa fasil pou n konprann santiman moun k ap soufri akoz maladi ki pa gen tretman yo sitou si n pa t janm nan yon sitiyasyon konsa. Nou kapab toujou sonje Jezi te gen konpasyon pou moun ki malad yo menm lè l pa t janm konn malad. Se pou egzanp Jezi pouse n fè menm bagay la, sa vle di pou n fè tout sa n kapab. — 1 Pyè 3:8. w15 15/6 2:11, 12.
Samdi 11 novanm
Non Bondye sal nan mitan nasyon yo akoz nou menm. — Wom. 2:24.
Se pa ti privilèj nou genyen dèske nonsèlman nou konn non Bondye, men tou, nou pote non sa a antanke “yon pèp pou non l”. (Tra. 15:14; Eza. 43:10.) Nou sipliye Papa nou ki nan syèl la lè n di l: “Se pou non w vin sen.” (Mat. 6:9). Lè w fè yon demann konsa, sa ka pouse w mande Jewova pou l ede w evite fè oswa di nenpòt bagay ki kapab lage vèni sou non l ki sen. Nou pa vle vin menm jan ak kèk moun ki t ap viv nan premye syèk la ki pa t pratike sa yo t ap anseye yo, jan tèks pou jounen an montre sa. Ki sa k dwe fèt pou non Bondye vin sen nèt epi pou l pa gen okenn repwòch sou li? Pou sa rive fèt, Jewova dwe detwi tout moun ki chwazi rejte dwa l genyen pou l dirije a (Eze. 38:22, 23). Lèzòm pral atenn lapèfeksyon tikras pa tikras. Se pa ti tann n ap tann moman kote tout kreyati ki gen entèlijans yo pral trete non Jewova yon fason ki sen! Epi, pou fini, Papa nou ki nan syèl la ki gen lanmou pral vin “tout bagay pou tout moun”. — 1 Kor. 15:28. w15 15/6 4:7, 10.
Dimanch 12 novanm
Syèl la se twòn mwen, e tè a se ti ban kote m met pye m. — Eza. 66:1.
Nonsèlman ekspresyon “ti ban” an gen rapò ak tè a, men, nan Liv ki te ekri ann ebre yo, yo sèvi ak ekspresyon sa a yon fason senbolik pou pale de ansyen tanp Izrayelit yo te konn itilize a (1 Kwo. 28:2; Sòm 132:7). Se nan tanp sa a ki te sou tè a yo te konn pratike vrè adorasyon an. Pou rezon sa a, li te vrèman bèl nan je Jewova e l te vrèman fè kote Jewova met pye l la jwenn glwa (Eza. 60:13). Jodi a, se pa nan yon tanp literal sou tè a yo pratike vrè adorasyon an. Men, se nan yon tanp espirityèl ki bay Jewova plis glwa lontan pase kèlkeswa bilding nan. Tanp sa a se yon dispozisyon ki fè l posib pou moun rekonsilye ak Bondye pa mwayen klas prèt la ansanm ak sakrifis Jezi Kris la. Tanp sa a te vin egziste nan ane 29 epòk nou an lè Jezi te batize epi Jewova te chwazi l kòm Gran prèt pou sèvi nan gran tanp espirityèl li a. — Ebre 9:11, 12. w15 15/7 1:1-3.
Lendi 13 novanm
Y ap wè Pitit lòm nan k ap vini nan yon nyaj avèk pisans e avèk anpil glwa. — Lik 21:27.
Se pral moman pou l rekonpanse moun ki fidèl yo epi pou l pini moun ki pa fidèl yo (Mat. 24:46, 47, 50, 51; 25:19, 28-30). Selon sa Matye fè konnen, pou Jezi te fini siy sa a ki gen plizyè evènman ladan l, li te bay parabòl mouton ak kabrit yo lè l te di: “Lè Pitit lòm nan ap vini avèk glwa li, e tout zanj yo ansanm avè l, lè sa a l ap chita sou gran twòn li an. Tout nasyon yo ap rasanble devan l, e li pral separe moun yo youn ak lòt, menm jan yon bèje separe mouton ak kabrit. Li pral mete mouton yo adwat li, men l ap mete kabrit yo agoch li.” (Mat. 25:31-33). Ki jijman yo pral pwononse sou mouton ak kabrit yo? Men ki jan parabòl la fini: “Moun sa yo [kabrit yo] pral mouri pou toutan, men moun ki jis yo pral resevwa lavi ki pap janm fini an.” — Mat. 25:46. w15 15/7 2:11, 12.
Madi 14 novanm
Ala bon sa bon e ala sa bay kè kontan lè frè abite ansanm e yo gen tèt ansanm! — Sòm 133:1.
Nou konprann nou gendwa gen kèk atachman pou peyi nou, kilti nou, lang nou oswa manje peyi nou. Sepandan, nou dwe evite atitid “pa m pi bon” an. Pou plezi nou, Jewova kreye yon pakèt varyete nan tout bagay (Sòm 104:24; Rev. 4:11). Donk, poukisa pou n ta plede ap di fason kèk bagay fèt pi bon pase yon lòt? Bondye vle pou tout kalite moun vin gen yon konesans egzak sou laverite epi pou yo jwenn lavi ki pap janm fini an (Jan 3:16; 1 Tim. 2:3, 4). Lè n toujou pare pou n koute lòt ide e n aksepte yo sa ap fè n konn plis bagay e sa ap pwoteje inite nou genyen antanke kretyen an. Toutpandan n ap kenbe fidelite nou anvè Jewova, nou pa dwe mele nan zafè monn nan. Pa gen plas pou polemik nan mitan nou. Se pa ti rekonesan nou rekonesan dèske Jewova libere n anba lespri divizyon, fyète, konpetisyon k ap domine monn Satan an! w15 15/7 3:17, 18.
Mèkredi 15 novanm
[Bondye] gen sousi pou nou. — 1 Pyè 5:7.
Gen plizyè fason nou kapab montre nou renmen Jewova. Pa egzanp, nou montre nou renmen Bondye ak pwochen nou lè n patisipe nan travay predikasyon Wayòm nan avèk zèl (Mat. 24:14; 28:19, 20). Nou montre nou vrèman renmen Jewova lè n andire anba eprèv antanke moun ki kenbe entegrite nou (Sòm 84:11; Jak 1:2-5). Si eprèv n ap sibi yo vin pi di, nou kapab gen asirans Bondye konn soufrans nou e l ap ede n paske n gen anpil valè pou li (Sòm 56:8). Lanmou n gen pou Jewova pouse n medite sou kreyasyon an ansanm ak tout lòt bèl bagay li fè yo. Nou montre nou renmen Bondye e nou bay Pawòl li a anpil enpòtans lè n byen pran san n pou n etidye Bib la. Lanmou nou gen pou Jewova fè n vin pi pwòch avè l grasa lapriyè. Epi lanmou nou gen pou Bondye ap vin pi plis tank n ap reflechi sou sakrifis ranson an li bay pou peche nou (1 Jan 2:1, 2). Tout bagay sa yo se kèk nan pakèt rezon nou genyen pou n renmen Jewova etandone lanmou l gen pou nou an ap la pou toutan. w15 15/8 1:6, 17, 18.
Jedi 16 novanm
[Li pi bon pou] yon moun gen pasyans. — Ekl. 7:8.
Nan monn nouvo a, petèt pral gen moman kote n pral bezwen montre nou pasyan. Pa egzanp, nou gendwa aprann gen moun ki leve sot nan lanmò e sa fè manm fanmi yo ak zanmi yo kontan. Sepandan, nou menm nou ka bezwen ret tann pou moun nou renmen yo resisite. Si sa ta rive n, èske n pral rejwi ak lòt moun toutpandan nou pasyan (Wom. 12:15)? Lè n aprann ret tann akonplisman pwomès Jewova yo avèk pasyans depi kounye a, sa ap ede n demontre pasyans nan moman sa a. Nou ka prepare n tou pou lavi nan monn nouvo a lè n montre nou pasyan anrapò ak fason n konprann laverite. Èske n fè bonjan etid epi n montre nou pasyan toutpandan fason n konprann verite ki nan Bib la ap vin pi klè jodi a? Si se wi, se sèten nou pap twouve l difisil pou n montre nou pasyan nan monn nouvo a toutpandan Jewova pral fè lèzòm konn egzijans li yo. — Pwo. 4:18; Jan 16:12. w15 15/8 3:9, 10.
Vandredi 17 novanm
Jis nou rive nan nivo Kris ye a, pou nou vin konplè, menm jan avè l. — Efe. 4:13.
Apot Pòl te montre jan l te enpòtan pou kretyen Efèz yo grandi nan domèn espirityèl. Li te ankouraje yo pou yo travay jis yo “rive fè yon sèl nan lafwa ak nan konesans egzak sou Pitit Bondye a, pou [yo] fin grandi nèt, jis [yo] rive nan nivo Kris ye a, pou [yo] vin konplè, menm jan avè l”. (Efe. 4:13.) Lè Pòl te ekri lèt li a, kongregasyon Efèz la te gentan gen plizyè ane depi l egziste. Gen anpil disip nan kongregasyon sa a ki te gentan atenn yon wo nivo nan domèn espirityèl. Sepandan, gen kèk nan yo ki te toujou bezwen kontinye travay pou yo vin gen matirite. Jodi a, sitiyasyon ki egziste pami Temwen Jewova yo sanble anpil ak sitiyasyon kretyen Efèz yo. Gen anpil frè ak sè ki gen lontan depi y ap sèvi Bondye e ki gen anpil matirite espirityèl. Men, nòmalman, se pa yo tout ki rive atenn nivo sa a. Pa egzanp, gen plizyè milye nouvo ki batize chak ane, donk, gen kèk ki toujou bezwen fè efò pou yo vin gen matirite. E ou menm? — Kol. 2:6, 7. w15 15/9 1:2, 3.
Samdi 18 novanm
Fè egzèsis fizik itil pou yon tikras bagay. — 1 Tim. 4:8.
Gen anpil moun ki fè konnen yon ti egzèsis fizik regilyèman pèmèt moun gen bon sante epi l ede kò a ak lespri a. Si n ta vle jwenn yon gwoup moun pou n fè egzèsis, èske n ap chwazi nenpòt moun? Pwovèb 13:20 fè konnen: “Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès, men, moun ki annafè ak moun ki sòt, sa ap mal pou li.” Èske sa pa montre n ta dwe fè atansyon lè n ap chwazi divètisman e n ta dwe sèvi ak konsyans nou ki fòme grasa Bib la? Li enpòtan tou pou n konnen nan ki moman pou n pran detant. Èske w planifye detant ou yo nan lè aktivite teyokratik yo tankou reyinyon yo, travay predikasyon an ak etid pèsonèl? Oswa, èske w konn ap eseye met aktivite teyokratik yo nan mitan moman plezi yo? Ki sa w bay plis enpòtans? Jezi te di: “Kontinye chèche Wayòm nan an premye e kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye, e l ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou.” (Mat. 6:33). Èske konsyans ou pouse w bay aktivite ki gen rapò ak konsèy Jezi a plis enpòtans? w15 15/9 2:13, 15.
Dimanch 19 novanm
Poukisa w fache e figi w mare konsa? Si w vin fè sa ki byen, èske w pap gen favè m? [...] Èske w ap rive gen kontwòl [peche a]? — Jen. 4:6, 7.
Sa se konsèy ak bonjan direksyon ki vini nan bon moman. Konsa, Jewova te avèti Kayen nan moman l te wè Kayen sanble sou yon move wout. Malerezman, Kayen pa t koute avètisman sa a e sa te fè l soufri anpil (Jen. 4:11-13). Lè Bawouk, sekretè Jeremi an, te santi l fatige e l te dekouraje, Jewova te ba l konsèy pou ede l wè sa k vrèman fè l gen pwoblèm nan. Kontrèman ak Kayen, Bawouk te aksepte konsèy Jewova te ba li a e sa te sove lavi l (Jer. 45:2-5). Men sa apot Pòl te ekri: “Jewova disipline moun li renmen. Anfèt, li kale tout moun li akeyi kòm pitit li.” (Ebre 12:6). Sepandan, disiplin pa sèlman gen pinisyon ladan l. Yo ka disipline yon moun plizyè fason. Bib la gen anpil egzanp konsènan kèk moun fidèl ki te rankontre anpil gwo eprèv, e eprèv sa yo gendwa te sèvi yo kòm disiplin oswa fòmasyon. w15 15/9 4:12, 13.
Lendi 20 novanm
Sèvitè w yo [gen] respè [...] pou non Jewova, Bondye w la, paske nou te tande pale de gwo renome li genyen, nou te tande tout sa l te fè. — Joz. 9:9.
Moun Gabawon yo te montre yo gen sajès piske yo te rann yo kont vrè Dye te ansanm ak Izrayelit yo. Rahab tou te rive wè men Bondye nan evènman ki te pase nan epòk li a. Apre l te fin aprann jan Jewova te delivre pèp Izrayèl la, li te di de espyon Izrayelit yo: “Mwen konnen byen Jewova ap ban nou peyi a.” Byenke pozisyon l te pran an te met lavi l an danje, li te demontre lafwa nan kapasite Jewova genyen pou l delivre ni li menm ni fanmi l (Joz. 2:9-13; 4:23, 24). Egzanp sa yo ansanm ak anpil lòt egzanp nan Bib la ede n konprann sa sa vle di pou yon moun rive wè Bondye oswa pou l wè men Bondye nan yon sitiyasyon. Pandan n ap aprann konnen Bondye, nou menm tou nou kapab wè men l paske n ouvri “kè nou” pou n wè kalite l yo ak aksyon l fè yo (Efe. 1:18). Se sèten, nou vle vin tankou moun nan tan lontan ak moun nan epòk nou an ki te wè byen klè fason Jewova ede pèp li a. w15 15/10 1:6, 7, 9.
Madi 21 novanm
Jezi te renmen Mat ansanm ak sè l la ak Laza. — Jan 11:5.
Se vre Mat se sèl fi Bib la bay non l kòm moun Jezi te renmen san l pa t ap chèche okenn enterè, men, Jezi te gen menm kalite lanmou sa a pou Mari, manman l, ak sè Mat la ki te rele Mari tou, yon seri medam ki te gen lakrentif pou Bondye (Jan 19:25-27). Poukisa se konsa Bib la pale de Mat? Jezi pa t renmen Mat sèlman paske Mat te renmen akeyi moun e l te konn travay di, men, sandout se paske Mat te gen bon relasyon ak Bondye. Mat te yon moun ki te vrèman kwè nan ansèyman Jezi yo. Li te gen anpil lafwa nan Jezi, Mesi Bondye te pwomèt la (Jan 11:21-27). Anmenmtan tou, menm jan ak nou, Mat pa t pafè. Yon lè, pandan Mat t ap resevwa Jezi lakay li, Mat te panse l gen dwa pou l di Jezi sa l dwe fè pou l korije yon sitiyasyon l te panse ki merite korije. Men sa l te di Jezi: “Seyè, sè m nan kite m poukont mwen ap travay, epi sa pa di w anyen? Di l pou l vin ede m non.” — Lik 10:38-42. w15 15/10 3:1, 2.
Mèkredi 22 novanm
Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou. — Jak 4:8.
Lè n kontinye reflechi sou bagay espirityèl yo, sa ap fè n chofe pou laverite. Sa ap fè n vin yon sous ankourajman pou frè ak sè n yo ak moun nou rankontre nan travay predikasyon an ki enterese nan laverite. Lè n medite sou pi gwo kado Bondye fè n nan, anpalan de sakrifis ranson Jezi a, sa ap ede n bay privilèj nou genyen dèske n gen yon bon relasyon ak Jewova, Papa nou ki sen an, anpil valè (Wom. 3:24). Men sa Mark, yon kretyen ki moun Afrik disid e ki te pase twazan nan prizon akoz netralite l te di: “Nou ka konpare meditasyon ak yon bèl vwayaj. Plis nou medite sou bagay espirityèl se plis n ap dekouvri nouvo bagay sou Jewova, Bondye nou an. Pafwa, lè m santi m dekouraje oswa m santi m boulvèse pou sa ki ka rive demen, mwen pran Bib la e m medite sou yon pati ladan l. Mwen santi sa vrèman kalme m.” w15 15/10 4:15.
Jedi 23 novanm
Ban m bon konprann pou m ka obeyi lwa w yo, pou m ka suiv yo ak tout kè m. — Sòm 119:34.
Nan yon moman ki apwopriye, esplike pitit ou rezon ki fè w tabli yon règ oswa w pran yon desizyon. Si yon adolesan konprann sa w panse sou sijè a, l ap pi dispoze obeyi w ak tout kè l. Men sa Barry, yon papa ki te leve kat pitit, fè konnen: “Lè w fè pitit ou ki adolesan konn rezon ki fè w pran yon desizyon, sa ede yo fè w konfyans paske yo konprann desizyon w pran yo se pa desizyon w pran ak gwo ponyèt oswa sou kout tèt, men, se desizyon ki rezonab.” Anplis de sa, yon adolesan bezwen sèvi ak ‘kapasite l genyen pou l rezone a’ yon fason pou l gen matirite pou l vin granmoun (Wom. 12:1). Men sa Barry fè konnen: “Adolesan yo bezwen aprann kòman pou yo pran bonjan desizyon ki rezonab e ki pa baze sou santiman.” Lè w fè pitit ou ki adolesan konn rezon ki fè w pran yon desizyon e w fè sa avèk imilite, timoun nan ka santi w konprann l ap vin gen plis matirite e l ap aprann kòman pou l sèvi ak ‘kapasite l genyen pou l rezone a’ pou l pran pwòp desizyon pa l. w15 15/11 2:11.
Vandredi 24 novanm
Annou fè byen ak tout moun, men sitou ak moun ki fanmi nou nan lafwa. — Gal. 6:10.
Toupatou sou tè a, gen plizyè milyon moun k ap adore Jewova e k ap bay temwayaj pou non l ak objektif li. Ki jan chak adoratè Jewova ta dwe wè Temwen parèy li yo (Wom. 12:10)? Apot Pyè te ekri: “Piske kounye a nou pirifye tèt nou lefètke nou obeyi laverite, e sa fè nou gen yon afeksyon ki san ipokrizi pou frè yo, se pou nou youn renmen lòt anpil ak tout kè nou.” Mete sou sa, Pyè te di kwayan parèy li yo: “Anvan tout bagay, se pou nou gen anpil lanmou youn pou lòt.” (1 Pyè 1:22; 4:8). Piske n gen yon gwo lanmou pou moun k ap sèvi Jewova menm jan avè n yo, nou se yon òganizasyon ki san parèy sou tè a. Anplis de sa, piske n renmen Jewova e n obeyi lwa l yo, li ede n grasa fòs ki pi pisan ki gen nan linivè a, anpalan de lespri sen l, oswa fòs ki pouse l aji a. Sa pèmèt nou gen bonjan inite nan mitan nou antanke yon fanmi entènasyonal frè ak sè. — 1 Jan 4:20, 21. w15 15/11 4:8, 9.
Samdi 25 novanm
Dis moun ki soti nan tout lang nasyon yo pale [...] ap di: “Nou vle ale avèk nou.” — Zak. 8:23.
Jewova pa oblije nou aprann yon lang espesyal pou n ka rive konnen l oswa konn objektif li (Rev. 7:9, 10). Lefètke yo tradui Pawòl Bondye a nan plizyè lang e gen kèk ti diferans nan tradiksyon yo fè yo, èske sa anpeche Bondye kominike ak lèzòm? Non. Pa egzanp, petèt se sèlman kèk nan mo Jezi te konn itilize nan lang li te pale a nou konnen (Mat. 27:46; Mak 5:41; 7:34; 14:36). Sepandan, Jewova te asire l yo byen ekri mesaj Jezi a nan lang grèk, e pi devan, nan lòt lang ankò. Annapre, Juif yo ansanm ak kretyen yo te fè kopi sou kopi nan maniskri biblik yo yon fason pou yo te rive pwoteje Ekriti sakre yo. Epi, yo te vin tradui yo nan pi plis lang toujou. Selon sa John Chrysostom ki t ap viv ant 4yèm oswa 5yèm syèk epòk nou an fè konnen, nan epòk li a, yo te tradui ansèyman Jezi yo nan lang siryen yo, ejipsyen yo, endyen yo, moun peyi pès yo, etyopyen yo ak lang anpil lòt pèp pale. w15 15/12 1:10, 11.
Dimanch 26 novanm
Lè yon moun di yon pawòl nan moman l dwe di l la, se pa ti bon sa bon! — Pwo. 15:23.
Gendwa se egzakteman pawòl n ap di yo moun k ap koute n yo bezwen tande toutbon, men, si n pa chwazi bon moman pou n pale, moun yo ka pa konprann sans sa n di yo. Pa egzanp, nan mwa mas 2011, yon tranblemanntè ak yon sounami te ravaje kèk pati nan lès peyi Japon. Gen plizyè vil ki te kraze e plis pase 15 000 moun te pèdi lavi yo. Byenke Temwen Jewova nan zòn nan t ap soufri menm jan ak pwochen yo, yo te pwofite tout okazyon pou yo sèvi ak Bib la pou yo rekonfòte moun ki nan lapenn yo. Men, gen anpil moun nan zòn nan ki te gen kwayans ki byen anrasinen nan relijyon Boudis la ki pa t konn anpil bagay sou Bib la oswa ki pa t konn anyen ditou sou li. Frè nou yo te wè li pa t ap bon pou yo pale ak moun ki viktim yo de esperans rezirèksyon an tousuit apre sounami an. Olye de sa, yo te sèvi ak kapasite yo genyen pou yo pale a pou yo ede moun yo nan domèn afektif e yo te itilize Labib pou yo esplike yo rezon ki fè malè konsa rive moun ki inosan. w15 15/12 3:7.
Lendi 27 novanm
Moun ki pa konprann anyen an kwè tout sa moun di, men, moun ki gen lespri a veye chak pa l fè. — Pwo. 14:15.
Malerezman, nan monn sa a ki chaje ak moun ki ava, gen moun ki konn pwofite lè yon moun malad pou yo fè lajan sou li. Gen lòt moun oswa konpayi ki mande moun pou yo achte yon seri pwodui ki koute chè anpil pou yo ka fè anpil lajan. Pou yon moun ki malad ki swaf jwenn yon solisyon oswa ki vle viv pi lontan, swadizan tretman sa yo ka sanble bèl. “Moun ki gen lespri a” ap sitou montre l pridan si l gen dout sou kalifikasyon moun k ap ba l konsèy la. “Moun ki gen lespri a” gendwa rezone konsa: ‘Li fè konnen vitamin sa a, fèy sa a oswa rejim sa a sipoze ede yon moun, men, èske gen moun ki kore sa l di a? Tout moun pa menm. Èske gen bonjan rezon pou m kwè remèd sa a ap ede m? Èske m ta dwe fè plis rechèch oswa menm pale ak yon moun yo rekonèt kòm moun ki jwenn fòmasyon oswa ki kalifye nan domèn sa a?’ — Det. 17:6. w15 15/12 4:14, 15.
Madi 28 novanm
Lanmou Kris la genyen an oblije nou fè sa. — 2 Kor. 5:14.
Apot Pòl te montre nou pap aksepte lanmou estrawòdinè Kris la san n pa santi n oblije viv pou li. Lè lespri n rive byen konprann sa Jewova te fè pou nou an epi lanmou l genyen an pouse kè n aji, n ap anvi viv ak tout nanm nou pou Kris Jezi. Ki jan n ka montre nou gen anvi sa a? Moun ki renmen Jewova yo oblije imite egzanp Kris lè yo mache jan l te mache ak lè yo suiv tras li pye pou pye (1 Pyè 2:21; 1 Jan 2:6). Grasa obeyisans nou, nou pwouve nou renmen Bondye ak Kris. Men sa Jezi te di: “Moun ki konnen kòmandman m yo e ki obeyi yo, se li ki renmen m. E moun sa a ki renmen m nan, Papa m ap renmen l, e mwen menm, m ap renmen l.” (Jan 14:21; 1 Jan 5:3). Kidonk, mande tèt ou: ‘Nan ki domèn mwen byen suiv tras Kris Jezi? Nan ki domèn mwen ka pote amelyorasyon?’ Li enpòtan pou n fè egzamen sa a toutpandan nou toujou ap jwenn presyon pou n aji menm jan ak monn nan. — Wom. 12:2. w16.01 2:7-9.
Mèkredi 29 novanm
N ap vin tankou l, paske n ap wè l jan l ye a. — 1 Jan 3:2.
Èske w santi w chofe anpil pou travay predikasyon an? Èske w se yon bon etidyan Pawòl Bondye a ki renmen fouye nan “bagay pwofon Bondye yo”? (1 Kor. 2:10.) Èske w santi Jewova beni w espesyalman nan travay predikasyon an? Èske w gen yon anvi cho pou w fè volonte Jewova? Èske w gen yon anvi fò lakay ou ki fè w santi w gen responsablite pou w ede lòt moun nan domèn espirityèl? Èske w wè prèv ki montre Jewova te ede w pèsonèlman nan lavi w? Si kesyon sa yo se wi, èske sa vle di Bondye rele w pou w al nan syèl? Non, sa pa vle di sa. Sa k fè sa? Ebyen, se paske se pa moun Bondye rele yo sèlman ki konn santi yo konsa. Lespri Jewova ap travay ak menm fòs la lakay moun ki gen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a. Anfèt, si w ap mande tèt ou si wi ou non w resevwa apèl pou w al viv nan syèl, sa sèlman se yon prèv ki montre w pa resevwa apèl sa a. w16.01 3:14, 15.
Jedi 30 novanm
Mwen te toujou kontan ret bò kote l. — Pwo. 8:30.
Jezi te kontan travay bò kot Papa l, li te pran plezi nan travay li te fè a e l te kontan konnen Jewova apresye l. E nou menm? Jezi te di yon moun ap gen kè kontan ni lè l bay ni lè l resevwa (Tra. 20:35). Nou kontan dèske n gen laverite e n kontan dèske n ap fè lòt moun konn verite sa a. Toutpandan n ap pataje verite ki nan Bib la ak lòt moun, nou wè jan moun ki grangou nan domèn espirityèl yo vin kontan lè yo kòmanse konn kiyès Bondye nou an ye e yo kòmanse apresye l ak lè yo vin konprann verite enpòtan ki gen nan Pawòl li a. Lè n wè jan moun sa yo fè chanjman nan fason yo panse ak nan fason y ap viv, sa touche kè n anpil. Nou rann nou kont jan sa enpòtan pou n pataje bon nouvèl la ak lòt moun. Travay sa a bay moun ki vin rekonsilye ak Bondye yo posiblite pou yo jwenn lavi ki pap janm fini an (2 Kor. 5:20). Ki sa k ka ban n plis kè kontan pase patisipe nan yon travay kote n ap ede moun viv yon fason k ap pèmèt yo viv pou toutan? w16.01 5:6, 7.