Fason pou n sèvi ak bwochi sa a
Nan paj ki vin apre yo, n ap jwenn yon vèsè pou chak jou ak yon kòmantè sou vèsè a. Byenke nou ka li vèsè a ak kòmantè yo fè sou li a nenpòt ki lè, gen anpil moun ki twouve l pi bon pou yo egzamine yo nan maten. Konsa, yo ka reflechi sou yo pandan tout jounen an. Li pi pwofitab pou n egzamine tèks la an fanmi. Toupatou sou tè a, fanmi Betèl yo fè sa lè y ap manje nan maten.
Yo pran kòmantè yo nan Toudegad (w) ki te parèt ant avril 2015 ak mas 2016. Apre dat Toudegad la, n ap jwenn yon chif (swa 1, 2, 3, 4, 5), chif sa a se nimewo yon atik etid ki nan Toudegad la. Apre nimewo sa a, n ap jwenn nimewo paragraf kote yo pran kòmantè a. (Gade kare ki pi ba a.) Nan atik la n ap ka jwenn plis kòmantè sou tèks la. Nou ka gade premye oswa dezyèm paj nan Toudegad la pou n konn ki kote chak atik kòmanse.