BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es17 p. 7-17
  • Janvye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Janvye
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2017
  • Soutit
  • Dimanch 1ye janvye
  • Lendi 2 janvye
  • Madi 3 janvye
  • Mèkredi 4 janvye
  • Jedi 5 janvye
  • Vandredi 6 janvye
  • Samdi 7 janvye
  • Dimanch 8 janvye
  • Lendi 9 janvye
  • Madi 10 janvye
  • Mèkredi 11 janvye
  • Jedi 12 janvye
  • Vandredi 13 janvye
  • Samdi 14 janvye
  • Dimanch 15 janvye
  • Lendi 16 janvye
  • Madi 17 janvye
  • Mèkredi 18 janvye
  • Jedi 19 janvye
  • Vandredi 20 janvye
  • Samdi 21 janvye
  • Dimanch 22 janvye
  • Lendi 23 janvye
  • Madi 24 janvye
  • Mèkredi 25 janvye
  • Jedi 26 janvye
  • Vandredi 27 janvye
  • Samdi 28 janvye
  • Dimanch 29 janvye
  • Lendi 30 janvye
  • Madi 31 janvye
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2017
es17 p. 7-17

Janvye

Dimanch 1ye janvye

Bagay ou te tande m di w yo [...] konfye yo bay gason ki fidèl. Yo menm, bò kote pa yo, y ap vin kalifye kòmsadwa pou yo anseye lòt moun. — 2 Tim. 2:2.

Toupatou nan monn nan, siveyan sikonskripsyon yo rann yo kont nan anpil kongregasyon gen gwo bezwen pou bay frè yo, jèn kou granmoun, fòmasyon yon fason pou yo bay èd nan pran swen twoupo a. Men, sa reprezante yon defi. Sa k fè sa? Si w se yon ansyen, sandout ou rann ou kont jan l enpòtan pou w fòme tèt ou pèsonèlman. Ou konnen gen gwo bezwen pou jwenn plis frè pou ede kongregasyon yo rete djanm nan domèn espirityèl e pou pèmèt vin gen lòt kongregasyon ki fòme (Eza. 60:22). Anplis de sa, ou konnen Pawòl Bondye a ankouraje w “anseye lòt moun”. Aktout sa, ou ka twouve l difisil pou w fè sa. Apre w fin bay fanmi w sa yo bezwen, ou fin ranpli egzijans travay ou, ou fin ranpli responsablite w gen nan kongregasyon an ansanm ak lòt bagay ki ijan, ta sanble w jis pa gen tan pou w fòme lòt moun nan kongregasyon an. Sepandan, li enpòtan pou yo jwenn fòmasyon yon fason pou yo ka patisipe nan travay la. Epi, se tout moun k ap jwenn byenfè lè travay la fèt. w15 15/4 1:2, 3.

Lendi 2 janvye

Timote [...] se pitit mwen nan Seyè a, yon pitit mwen renmen e ki fidèl. [...] L ap fè nou sonje metòd mwen yo. — 1 Kor. 4:17.

Yon frè ki fèk nome pa dwe janm panse depi l fin resevwa kèk responsablite nan kongregasyon an li oblije chanje fason bagay yo konn fèt, sa vle di pou l fè bagay yo yon fason ki diferan nèt parapò ak fason yo te konn fèt anvan. Pou gen chanjman, sa pa depann de anvi yon moun genyen pou l chanje bagay yo, men, sa depann de bezwen kongregasyon an ansanm ak direksyon nou resevwa nan òganizasyon Jewova a. Kidonk, si w se yon frè nome, bay kwayan parèy ou yo asirans epi demontre respè pou ansyen yo ki gen eksperyans lè w kontinye sèvi ak metòd ansyen yo itilize ki baze sou Bib la. Sepandan, pa gen dout nan sa, tank w ap gen eksperyans se tank w ap aplike tout chanjman k ap ede kongregasyon an rete sou menm wout ak òganizasyon Jewova a k ap pwogrese. Anfèt, rive yon lè, Jewova ka pèmèt tout moun fidèl k ap jwenn fòmasyon yo akonpli pi gwo travay lontan pase anseyan yo. — Jan 14:12. w15 15/4 2:17.

Madi 3 janvye

M ap fè w gen bon konprann e m ap fè w konnen ki chemen pou w pran. M ap ba w konsèy toutpandan m ap fikse je m sou ou. — Sòm 32:8.

Lè w ap fè fas ak gwo eprèv, ou gendwa santi w menm jan ak Pòl, sa vle di w gendwa santi se kòmsi w nan “bouch lyon an” oubyen toupre bouch li (2 Tim. 4:17). Moman sa yo se moman ki pi difisil pou w met konfyans ou nan Jewova, men, se moman ki pi enpòtan pou w fè sa. Pa egzanp, ann imajine w ap pran swen yon moun nan fanmi w, ou renmen anpil, ki fè yon maladi ki pa gen tretman. Petèt ou priye Jewova pou l ba w sajès ak kouraj. Toutpandan w ap fè tout sa w kapab nan sans sa a, èske w pap santi w plizoumwen anpè lefètke w konnen je Jewova sou ou e l ap ba w sa w bezwen pou w andire fidèlman? Gen kèk sitiyasyon ki gendwa fè w panse Jewova pap ede w vre. Petèt doktè w konsilte yo gendwa pa fin wè bagay yo menm jan. Oswa moun nan fanmi w ou te espere ki t ap ba w rekonfò yo gendwa sanble fè sitiyasyon an vin pi difisil toujou. Nan ka sa yo, ou bezwen toujou konte sou Jewova pou w jwenn fòs. Kontinye pwoche bò kote l (1 Sam. 30:3, 6). Lè Jewova fè w jwenn konsolasyon, relasyon w gen avè l la ap vin pi solid. w15 15/4 4:10, 11.

Mèkredi 4 janvye

Kenbe tèt ak [Satan]. — 1 Pyè 5:9.

Antanke sèvitè Jewova, nou pa pami moun ki nan erè lè yo panse Satan pa egziste. Nou konnen Dyab la egziste paske l se Satan, sila a ki te sèvi ak yon sèpan pou l pale ak Èv la (Jen. 3:1-5). Satan te pwovoke Jewova nan kesyon ki te gen rapò ak Jòb la (Jòb 1:9-12). Se Satan ki te eseye tante Jezi (Mat. 4:1-10). Epitou, apre Wayòm Bondye a te fin tabli nan ane 1914, se Satan ki te kòmanse “fè lagè” kont rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl la (Rev. 12:17). Gè sa a toujou la etandone Satan ap chèche detwi lafwa rès 144 000 moun yo ansanm ak lòt mouton yo. Pou n genyen batay la, nou bezwen kenbe tèt ak Satan epi n bezwen rete fèm nan lafwa. Satan pa gen okenn imilite. Anfèt, sa mande yon fyète ak tout yon awogans ki depase limit pou yon kreyati espirityèl rive gen odas pou l kanpe kont dwa Jewova genyen pou l dirije a epi pou l fè tèt li vin yon dye ki opoze ak Jewova. Kidonk, youn nan fason nou ka kenbe tèt ak Satan se lè n evite montre n fyè depase limit epi n aprann demontre imilite. — 1 Pyè 5:5. w15 15/5 2:3, 4.

Jedi 5 janvye

[Jewova] ap siye dlo nan je tout moun. — Eza. 25:8.

Antanke kretyen, nou jwenn ankourajman lè n kenbe esperans nou an nan lespri nou, kit se esperans pou n al viv nan syèl, kit se esperans pou n viv sou tè a. Èske w ka imajine ou menm k ap jwi bagay Bondye pwomèt yo? Lè w medite sou sa w gendwa fè toutpandan Bondye ap akonpli pwomès li yo, sandout w ap gen kè kontan. Petèt ou “wè” ou menm k ap viv sou tè a pou toutan. Fè yon ti reflechi ak fason w ap kolabore ak lòt moun pou fè tè a tounen yon paradi. Tout moun renmen Jewova menm jan avè w. Ou an sante, ou gen enèji e w gen yon bèl avni devan w. Moun k ap sipèvize travay pou fè tè a vin bèl la fè w pran plezi nan lavi a paske yo vrèman gen sousi pou ou. Epi w kontan sèvi ak talan ak kapasite w genyen yo paske tout sa w ap fè yo pote byenfè pou lòt moun e yo onore Bondye. Pa egzanp, w ap ede moun ki fèk resisite yo aprann konnen Jewova (Jan 17:3; Tra. 24:15). Non, se pa reve w ap reve! Bèl imaj sa a ou gen nan lespri w la chita sou verite ki nan Ekriti yo konsènan sa k pral rive alavni. — Eza. 11:9; 33:24; 35:5-7; 65:22. w15 15/5 3:15.

Vandredi 6 janvye

Moun k ap dirije resepsyon an goute dlo ki te tounen diven an. — Jan 2:9.

Grasa mirak sa a, Jezi te pèmèt vin gen anpil diven bon kalite e te gen ase diven pou yon bon valè moun (Jan 2:6-11). Li enteresan pou n konnen nan moman Dyab la te tante Jezi pou l fè wòch tounen pen an, Kris te refize sèvi ak pisans li genyen pou l fè mirak la pou l satisfè dezi pèsonèl li (Mat. 4:2-4). Sepandan, li te sèvi ak pisans sa a pou l aji byen anvè lòt moun e pou l satisfè bezwen yo. Ki jan n ka imite Jezi nan fason l te montre l enterese nan lòt moun san l pa t wè tèt li? Jezi te ankouraje sèvitè Bondye yo pou yo “pran abitid bay”. (Lik 6:38.) Èske n ka demontre bèl kalite sa a ki se aprann bay lè n envite lòt moun vin pataje yon repa ak yon festen espirityèl lakay nou? Èske n ka montre n renmen bay lè n byen sèvi ak tan nou apre yon reyinyon, lè n ede yon moun ki nan bezwen, pa egzanp lè n koute yon frè k ap repete diskou l? Ki jan n ta ka ede moun ki bezwen èd yo lè n nan travay predikasyon an? Nou montre nou aprann nan men Jezi lè n bay lòt moun nan domèn materyèl ak nan domèn espirityèl toutotan nou kapab. w15 15/6 1:3, 4, 6.

Samdi 7 janvye

Pa gen yon moun nan peyi a k ap di: “Mwen malad.” — Eza. 33:24.

Si nou kontinye kenbe entegrite nou, nou kapab wè youn nan pi gwo mirak ki gen pou fèt, anpalan de mirak pou n chape vivan nan gwo tribilasyon an. Tousuit apre gè Amagedòn nan, pral gen plis mirak ki pral fèt pou pèmèt lèzòm rejwenn yon bon sante (Eza. 35:5, 6; Rev. 21:4). Eseye imajine ou menm k ap gade moun yo k ap jete linèt yo, baton pou yo mache, beki yo, chèz woulant yo, aparèy ki pèmèt moun tande byen yo, eksetera. Moun ki pral chape nan Amagedòn yo ap gen travay pou yo fè. Y ap kapab pran devan pou yo travay avèk zèl pou yo fè planèt nou an, ki se yon kado Bondye ban nou, vin tounen yon paradi (Sòm 115:16). Jodi a, gerizon Jezi te fè nan tan lontan yo ankouraje moun ki fè pati “gwo foul” la e yo fè moun sa yo vin gen plis konfyans nan bèl posiblite yo genyen pou yo geri anba tout kalite maladi (Rev. 7:9). Gerizon sa yo montre kokennchenn santiman Jezi gen nan kè l pou lèzòm epi yo montre jis nan ki pwen premye Pitit gason Bondye a renmen yo (Jan 10:11; 15:12, 13). Konpasyon Jezi genyen an montre nou jis nan ki pwen Jewova gen sousi pou chak moun k ap sèvi l. — Jan 5:19. w15 15/6 2:16, 17.

Dimanch 8 janvye

Malè pou tè a ak lanmè a, paske Dyab la desann vin jwenn nou. Li an kòlè anpil, paske li konnen se yon tikras tan li rete. — Rev. 12:12.

Nan ane 1914, lagè te eklate nan mitan nasyon Ewòp yo, e gè sa a te vin gaye toupatou nan monn nan. Rive nan moman gè a te fini nan ane 1918, te vin gen gwo rate manje epi te vin gen yon gwo epidemi ki te touye plis moun pase kantite moun ki te mouri nan gè a. Konsa, “siy” Jezi te bay pou n idantifye moman prezans li, antanke nouvo Chèf tè a, te kòmanse reyalize (Mat. 24:3-8; Lik 21:10, 11). Gen anpil prèv ki montre se nan ane 1914 ‘yo te bay Seyè Jezi Kris kouwòn nan’. Nan ane sa a, li te “derape pou l konbat ènmi l yo e pou l fin ranpòte laviktwa sou yo”. (Rev. 6:2.) Li te netwaye syèl la nan yon gè l te fè kont Satan ak demon Satan yo epi l te pimpe yo ozalantou tè a. Depi lè sa a, lèzòm ap viv verite nou jwenn nan pawòl ki nan tèks pou jounen an. w15 15/6 4:13.

Lendi 9 janvye

Mwen pral pale sou vizyon ak revelasyon Seyè a bay. — 2 Kor. 12:1.

Mwens pase yon syèk apre kongregasyon kretyen an te fin tabli, gen yon apostazi yo te predi ki te kòmanse devlope (Tra. 20:28-30; 2 Tes. 2:3, 4). Apre sa, li te vin difisil anpil pou yo idantifye moun ki t ap sèvi Bondye toutbon nan tanp espirityèl li a. Se sèlman kèk syèk apre sa, moman an te resi rive pou Jewova fè bagay yo parèt aklè pa mwayen Jezi Kris, nouvo Wa li nome a. Rive nan ane 1919, yo te ka idantifye moun Jewova apwouve pou sèvi nan tanp espirityèl li a byen klè. Moun sa yo te vin rafine nan domèn espirityèl yon fason pou Bondye te ka plis aksepte sèvis y ap ba l la (Eza. 4:2, 3; Mal. 3:1-4). Nan yon sèten degre, sa apot Pòl te anonse depi plizyè syèk la te kòmanse akonpli. 2 Korentyen 12:2-4 pale konsènan yon vizyon Pòl te fè. Nou ka di sa Pòl te wè nan vizyon sa a se te yon revelasyon. Li gen rapò ak yon evènman ki gen pou rive e ki pa t egziste nan epòk li a. w15 15/7 1:6-8.

Madi 10 janvye

Nan epòk sa a, moun ki jis yo pral briye menm jan ak solèy la nan Wayòm Papa yo a. — Mat. 13:43.

Èske sa vle di pral gen yon swadizan anlèvman pou moun Bondye chwazi yo? Selon ansèyman sa a, anpil moun nan legliz lakretyente yo ret kwè kretyen yo gen pou yo kite tè a ak kò fizik yo genyen an. Apre sa, yo atann Jezi ap retounen yon fason vizib pou l vin dirije tè a. Sepandan, yon fason klè, Bib la montre “siy Pitit lòm nan” pral parèt nan syèl la epi Jezi ap vini “sou nyaj nan syèl la”. (Mat. 24:30.) Toude ekspresyon sa yo gen rapò ak bagay ki envizib. Mete sou sa, Bib la di: “Kò ki fèt ak chè ak san pa ka fè pati wayòm Bondye a.” Donk, toudabò, fòk moun ki pral nan syèl yo “chanje, nan yon moman, nan yon batje, pandan dènye kout twonpèt la”. (1 Kor. 15:50-53.) Konsa, toutpandan nou pap sèvi ak mo “anlèvman” an, paske yo mal sèvi avè l, nou kapab di yo pral rasanble rès moun fidèl Bondye chwazi pou al nan syèl la anmenmtan. w15 15/7 2:14, 15.

Mèkredi 11 janvye

M ap fè louwanj pou ou nan mitan kongregasyon an. — Sòm 22:22.

Yon Sal Wayòm se kote nou pratike adorasyon ki pwòp la nan zòn kote nou ye a. Pami tout dispozisyon Jewova pran pou nouri nou nan domèn espirityèl, nou gen reyinyon ki fèt chak semèn nan Sal Wayòm nan. Se la nou resevwa ankourajman espirityèl ak direksyon pa mwayen òganizasyon l lan. Menm lè n jwenn yon envitasyon pou n toujou vin manje sou “tab Jewova” a, nou pa dwe janm pran sa alalejè (1 Kor. 10:21). Okazyon sa yo nou genyen pou n adore Jewova epi pou n ankouraje youn lòt la tèlman enpòtan pou Jewova opwen l te enspire apot Pòl pou l egzòte nou pou n pa janm abandone reyinyon yo (Ebre 10:24, 25). Èske n t ap montre n gen respè pou Jewova si n pa ta asiste reyinyon san okenn rezon valab? Kidonk, nou kapab demontre jis nan ki pwen nou renmen Jewova ak dispozisyon l pran yo lè n prepare nou pou n patisipe ak tout kè n nan reyinyon sa yo. w15 15/7 4:3, 4.

Jedi 12 janvye

Kontinye veye. — Mat. 24:42.

Konsèy sa a poukont pa l se deja yon bon rezon pou n kontinye veye paske se Jezi menm ki mande pou n fè sa! Nan sans sa a, òganizasyon Jewova a ban nou bon egzanp. Nan piblikasyon yo, yo pa janm sispann ankouraje n ‘tann jou Jewova a, pou n toujou kenbe l nan lespri n’ epi pou n met espwa nou nan monn nouvo Bondye pwomèt la (2 Pyè 3:11-13). Byenke l te apwopriye pou kretyen ki t ap viv sa gen plizyè syèk yo kontinye veye, li sitou enpòtan pou nou. Sa k fè sa? Se paske n ap viv pandan prezans Kris la. Siy ki montre Jezi prezan an parèt aklè depi 1914. Epi siy sa a ki gen plizyè aspè, tankou kondisyon monn nan k ap vin pi mal ansanm ak predikasyon Wayòm nan k ap fèt nan lemonnantye, montre n ap viv nan “fen sistèm nan”. (Mat. 24:3, 7-14.) Etandone Jezi pa t di konbyen tan peryòd sa a t ap dire anvan lafen an rive, nou bezwen sitou montre nou vijilan pou n kontinye veye. w15 15/8 2:4, 5.

Vandredi 13 janvye

Pran tout plezi w nan Jewova. — Sòm 37:4.

Nan monn nouvo a, pi gwo plezi nou pral jwenn se lefètke bezwen espirityèl nou yo pral konble (Mat. 5:3). Se aktivite espirityèl yo ki pral gen plis enpòtans pou nou e n pral montre nou pran tout plezi n nan Jewova. Lè n bay bagay espirityèl yo priyorite depi kounye a, se prepare n ap prepare n pou lavi toutbon an (Mat. 6:19-21). Ki jan n ka pran plis plezi nan aktivite teyokratik yo? Youn nan fason n ka fè sa se lè n fikse objektif espirityèl. Si w jèn epi w ap panse seryezman ak yon karyè nan sèvis Jewova a, poukisa w pa egzamine kèk sijè yo te pibliye konsènan plizyè posiblite pou moun antre nan sèvis aplentan epi w fikse youn nan yo kòm objektif? Ou kapab pale ak kèk moun ki deja gen plizyè ane nan sèvis aplentan. Lè w fè travay prediksyon an vin yon karyè pou ou, se prepare w ap prepare w pou w kontinye sèvi Bondye nan monn nouvo a kote fòmasyon ak eksperyans ou genyen nan domèn teyokratik yo pral gen anpil enpòtans. w15 15/8 3:13, 14.

Samdi 14 janvye

Fwi lespri a se lanmou. — Gal. 5:22.

Lòt aspè nan fwi lespri a, tankou dousè, metriz ak pasyans, enpòtan tou (Gal. 5:23). Yo ka ede yon kretyen ki gen matirite fè fas ak sitiyasyon difisil san l pa vin an kòlè e yo ka ede l andire desepsyon san l pa pèdi espwa. Nan pwogram etid pèsonèl li, l ap kontinye chèche jwenn prensip nan Ekriti yo ki ka ede l distenge sa ki byen ak sa ki mal. Apre sa, lè l ap pran desizyon, l ap bay prèv ki montre l gen matirite. Pa egzanp, l ap koute konsyans li ki fòme grasa Bib la. Kretyen ki gen matirite a ap montre l gen imilite lè l rekonèt chemen Jewova yo ak prensip li yo toujou pi bon pase pa l yo. L ap preche bon nouvèl la avèk zèl e l ap travay pou gen inite nan kongregasyon an. Kèlkeswa kantite tan nou genyen depi n ap sèvi Jewova, nou chak ka mande tèt nou: ‘Èske gen kèk domèn kote m ta dwe imite Jezi plis toujou yon fason pou m kontinye pwogrese nan domèn espirityèl?’ w15 15/9 1:6, 7.

Dimanch 15 janvye

Ou manke lafwa. Poukisa w kite dout anvayi w? — Mat. 14:31.

Disip yo te wè Jezi k ap mache sou lanmè Galile a. Pyè rele Jezi epi l mande l si l ka mache sou dlo a vin jwenn li. Lè Jezi di l li mèt vini, Pyè desann bato a epi, grasa yon mirak, li kòmanse mache sou dlo a ki move anpil pou l al jwenn Jezi. Sepandan, yon ti tan annapre, Pyè kòmanse koule. Sa k fè sa? Se paske l te wè jan van an fò epi l vin pè. Pyè rele Jezi byen fò, Jezi kouri kenbe l epi l di l pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an (Mat. 14:24-32). Lè Pyè te sot nan bato a pou l mache sou dlo a, se lafwa ki te pouse l fè sa. Jezi te rele Pyè epi Pyè te gen konfyans Bondye t ap ede l grasa pisans li menm jan l te ede Jezi a. Menm jan an tou, lè n vwe lavi nou bay Jewova epi n batize, se lafwa ki pouse n fè sa. Jezi te rele n vin suiv li, pou n mache nan mak pye l. Nou te montre n gen lafwa ni nan Jezi ni nan Bondye, nou te gen konfyans yo t ap ede n plizyè fason. — Jan 14:1; 1 Pyè 2:21. w15 15/9 3:1, 3.

Lendi 16 janvye

Li pwoteje lavi moun ki fidèl ak li yo, li sove yo anba men mechan yo. — Sòm 97:10.

Nòmalman, youn nan priyorite yon papa ki gen lanmou se pwoteje epi sove fanmi l kont nenpòt bagay ki reprezante yon danje pou yo. Se sa Jewova, Papa nou ki nan syèl la, fè pou nou tou. Ann pran yon egzanp. Ou sansib anpil pou je w, pa vre? Se konsa Jewova santi l pou pèp li a tou (Zak. 2:8). Se pa ti valè pèp Bondye a gen nan je l! Pafwa Jewova konn kite ènmi l yo touye yon sèvitè fidèl li, pa egzanp Etyèn. Sepandan, Bondye pwoteje pèp li a tout kote lè l ba yo avètisman nan bon moman kont manèv Dyab la (Efe. 6:10-12). Pa mwayen Pawòl li a ak piblikasyon biblik òganizasyon l lan pwodui yo, nou vin aprann laverite konsènan lajan ki se twonpri, sou imoralite, jwèt vyolan, danje sou entènèt ak lòt ankò. Vrèmanvre, antanke yon Papa ki gen lanmou, Jewova pwoteje pèp li a e l veye sou byennèt li. w15 15/9 4:15, 17.

Madi 17 janvye

Men Jewova pa twò kout pou l sove moun. — Eza. 59:1.

Lefètke Temwen Jewova yo rive “defann [bon nouvèl la, epi yo] fè rekonèt li devan lajistis”, sa se yon prèv ki montre men Jewova pisan e l ap soutni yo (Flp. 1:7). Gen kèk gouvènman ki konn eseye kanpe travay pèp Bondye a nèt. Men, lè n byen gade, nou rann nou kont, sèlman depi ane 2000, Temwen Jewova yo gentan gen 268 viktwa pou pi piti devan gwo tribinal yo, sa ki gen ladan l 24 viktwa yo ranpòte devan Tribinal ewopeyen pou dwa moun nan. Sa klè, pèsonn pa ka bloke men Bondye (Eza. 54:17). Se sèlman grasa èd Bondye travay predikasyon an rive fèt sou tout kò tè a (Mat. 24:14; Tra. 1:8). Mete sou sa, nou fòme yon fanmi entènasyonal ki ini, yon bagay moun nan monn nan pa ka imite, e n ka wè rezon ki fè menm moun ki pa Temwen yo rekonèt: “Bondye vrèman pami nou.” (1 Kor. 14:25). Konsa, antanke gwoup, nou gen anpil prèv ki montre Bondye ap travay an favè pèp li a. — Eza. 66:14. w15 15/10 1:13, 14.

Mèkredi 18 janvye

Pa renmen [...] bagay ki nan monn nan. — 1 Jan 2:15.

Se yon danje sa ye lè yon moun sèvi ak monn nan twòp (1 Kor. 7:29-31). Yon kretyen kapab gaspiye yon pakèt tan byen fasil nan bagay ki pa gen anyen mal ladan yo, tankou aktivite moun fè pou detann yo, fè lekti, gade televizyon, vizite kèk zòn, vizite magazen, chèche konnen ki dènye aparèy elektwonik oswa bagay deliks ki parèt. Aktivite tankou al sou rezo sosyal, voye SMS ak foto, li epi voye imel, toutan ap chèche konn dènye enfòmasyon ki genyen oswa nouvèl sou spò, tout aktivite sa yo ka fè n gaspiye tan nou e yo ka menm fè n ap reflechi ak bagay konsa sèlman (Ekl. 3:1, 6). Si n pa limite kantite tan nou pase nan aktivite ki pa twò enpòtan yo, nou ka wè n ap neglije aktivite n genyen ki pi enpòtan an, anpalan de sèvis n ap bay Jewova a (Efezyen 5:15-17). Satan fè monn li an yon fason pou l atire nou e pou l fè n distrè. Se konsa sa te ye nan premye syèk la e sa pi rèd jodi a (2 Tim. 4:10). Se sa k fè n bezwen suiv konsèy nou jwenn nan tèks pou jounen an. w15 15/10 3:7, 8.

Jedi 19 janvye

Di nou sa pou n fè. — Jij 13:8.

Manowa ak madanm li t apral gen yon pitit gason! Se sèten Manowa te kontan, men tou, li pa t fèmen je l sou kokenn responsablite ki te sou zepòl li. Ki jan li menm ak madanm li t ap ka bay pitit gason yo a fòmasyon pou l sèvi Bondye nan yon nasyon ki chaje ak mechanste? Manowa te “sipliye Jewova”, li di: “Gen yon sèvitè w [zanj lan], ou menm vrè Dye a, ou fèk sot voye vin pale ak nou, tanpri, voye l kote nou ankò pou li ka di nou sa pou n fè pou timoun ki pral fèt la.” (Jij 13:1-8). Si w se yon paran, ou ka konprann sa k fè Manowa te sipliye Bondye konsa. Ou menm tou ou gen gwo responsablite pou w ede pitit ou vin konnen Jewova epi renmen l (Pwo. 1:8). Pou rezon sa a, paran kretyen yo pran dispozisyon pou yo gen yon bon pwogram adorasyon an fanmi k ap ede fanmi yo pwogrese. Nòmalman, pou w fè laverite antre nan kè pitit ou, li pa sifi pou w annik fè adorasyon an fanmi chak semèn (Det. 6:6-9). Èske w ka fè fas ak difikilte ki genyen pou w fè laverite antre nan kè pitit ou? w15 15/11 1:1, 2.

Vandredi 20 janvye

Gade! Men yon Izrayelit ki vrèman pa gen riz nan li. — Jan 1:47.

Se vre w pa ka li nan kè moun menm jan Jezi te konn fè sa, men, Bondye ka ede w aji ak bon konprann. Èske w ap sèvi ak kapasite sa a pou w chèche wè sa ki bon lakay pitit ou ki adolesan? Pa gen okenn moun ki ta renmen yo di l se yon moun k ap bay pwoblèm. Kit se nan sa w panse, kit se nan pawòl ou, pa janm konsidere pitit gason w oswa pitit fi w ki adolesan kòm yon pitit ki rebèl oswa kòm yon moun ki chaje defo. Menmsi pitit ou ki adolesan ap fè fas ak anpil difikilte, fè l konnen w wè kapasite l genyen ak bonjan anvi l genyen pou l fè sa ki dwat. Note nenpòt ti siy li bay ki montre l ap grandi e l ap pwogrese, epi, felisite l pou sa. Ba l plis responsablite, lè sa posib, pou w ka ede l devlope bèl kalite l genyen yo. Jezi te fè sa pou disip li yo. Anviwon ennan edmi apre Jezi te fin rankontre Natanayèl la, Jezi te chwazi l kòm apot e Natanayèl te pwouve l se yon kretyen ki zele (Lik 6:13, 14; Tra. 1:13, 14). Lè w felisite pitit ou epi w ankouraje l, sa ka fè l santi l se yon kretyen ki gen matirite, yon kretyen Jewova ka itilize e l pa yon moun ki pa janm ka fè sa yo atann de li. w15 15/11 2:15, 16.

Samdi 21 janvye

Y ap [bay Bondye] yon sèvis sakre lajounen kou lannuit. — Rev. 7:15.

Se kèk milye moun sèlman ki t ap sèvi Jewova sou tè a lè dènye jou yo te kòmanse an 1914. Grasa lanmou yon ti rès kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl te gen pou pwochen yo e grasa èd lespri sen Bondye te ba yo, yo te kontinye andire nan travay predikasyon an. Kòm rezilta, jodi a, gen yon gwo foul moun ki gen esperans pou viv sou tè a ki kòmanse rasanble. Vin gen anviwon 8 000 000 Temwen k ap reyini nan plis pase 115 400 kongregasyon sou tout tè a, e kantite a kontinye ap ogmante. Pa egzanp, gen plis pase 275 500 nouvo Temwen ki te batize pandan ane sèvis 2014 la, sa vle di anviwon 5 300 moun chak semèn. Gwo akwasman nou wè k ap fèt kounye a se rezilta lafwa nou nan Jewova ak aksepte nou aksepte Bib la kòm Pawòl li te fè ekri grasa yon mirak (1 Tes. 2:13). Sa vrèman estrawòdinè pou n wè jan pèp Bondye a rich nan domèn espirityèl malgre Satan, “dye sistèm sa a”, rayi yo e l opoze ak yo. — 2 Kor. 4:4. w15 15/11 4:12, 14, 16.

Dimanch 22 janvye

Pawòl Bondye nou an la pou toutan. — Eza. 40:8.

Biblis yo te konpare plizyè milye moso papiris, plizyè maniskri ak plizyè ansyen tradiksyon Labib e yo te byen egzamine yo. Etid sa a vin pèmèt yo fè pifò pasaj ki gen nan Bib la konfyans. Gen kèk vèsè yo gen dout sou yo, men, sa pa chanje mesaj ki nan Bib la. Etid ki fèt sou ansyen maniskri yo konvenk etidyan Labib ki sensè yo, Bib nou gen jodi a se Pawòl Bondye te fè ekri a. Malgre Pawòl Bondye a te jwenn gwo opozisyon nan men ènmi yo, Jewova te fè yon fason pou Pawòl li a se liv moun plis tradui nan tout listwa limanite. Menm nan yon epòk kote pa gen anpil moun ki gen lafwa nan Bondye, Bib la se liv yo plis distribye, e kounye a, li disponib ann antye oswa an pati nan plis pase 2 800 lang. Byenke se pa tout tradiksyon Labib ki klè oswa ki fyab, men, li posib pou n aprann mesaj ki bay espwa ak delivrans nou jwenn nan Bib la nan prèske tout tradiksyon Labib ki disponib yo. w15 15/12 1:13, 14.

Lendi 23 janvye

Pawòl moun di san reflechi tankou kout epe. — Pwo. 12:18.

Pawòl nou di gen pouvwa pou blese moun e yo gen pouvwa pou geri moun tou. Pifò moun nan monn Satan an gen abitid di pawòl ki blese moun. Pakèt divètisman ki gen nan monn nan pouse anpil moun “file lang yo byen file tankou epe” e “yo vize moun ki inosan [yo] ak move pawòl tankou si se te flèch”. (Sòm 64:3.) Yon kretyen dwe evite move pratik sa a. Kòm egzanp “move pawòl”, nou ka pran pawòl blesan, ki se yon seri remak yon moun fè nan objektif pou rabese lòt moun oswa pou fè yo esplikasyon. Byen souvan, yo konn di pawòl blesan yo nan blag, men, byen rapid, pawòl sa yo ka vin tounen pawòl derespektan. Pawòl blesan yo se move pawòl kretyen yo ta dwe “retire” nan bouch yo. Lè n pale yon fason pou fè moun ri, sa ka ajoute piman sou pawòl nou yo, men, nou dwe fè atansyon pou n pa pran nan pyèj pou n ap di pawòl ki ka fè moun fache, pou n ap fè blag ki blesan oswa k ap imilye lòt moun nan entansyon pou n fè moun ri. Men ki avètisman Bib la ban nou: “Pa kite okenn pawòl pouri sot nan bouch nou, men sèl pawòl ki dwe sot nan bouch nou se pawòl ki bon pou fòtifye moun lè sa nesesè, yon fason pou pawòl sa a pote sa ki bon pou moun ki tande l yo.” — Efe. 4:29, 31. w15 15/12 3:10.

Madi 24 janvye

Si nou fè tout sa n kapab pou n evite bagay sa yo, sa ap mache byen pou nou. Pote nou byen! — Tra. 15:29.

Yo ka tradui dènye fraz ki nan lèt kolèj santral premye syèk la te voye pou kongregasyon yo konsa tou: “Kenbe djanm.” Vrèmanvre, nou vle “pote nou byen” epi n vle “kenbe djanm” toutpandan n ap sèvi gran Dye nou an. Toutotan sistèm sa a la epi toutotan tras enpèfeksyon an nan nou, nou tout ap toujou gen pou n fè fas ak maladi. Jodi a, nou pa ka atann pou n jwenn gerizon grasa yon mirak. Sepandan, nan Revelasyon 22:1, 2, Bib la pale konsènan yon epòk kote n pral geri nèt. Nan yon vizyon apot Jan te fè, li te wè “yon rivyè dlo lavi” ansanm ak anpil “pyebwa ki bay lavi” ki chaje ak fèy ki la “pou geri nasyon yo”. Vizyon an pap pale de fèy remèd nan epòk nou an oswa alavni. Olye de sa, li atire atansyon sou dispozisyon Jewova pran pa mwayen Jezi pou l bay moun ki obeyisan yo lavi ki pap janm fini an, yon bagay vrèmanvre nou ka tann avèk enpasyans. — Eza. 35:5, 6. w15 15/12 4:17, 18.

Mèkredi 25 janvye

Nou vle ale avèk nou, paske nou tande yo di Bondye avèk nou. — Zak. 8:23.

Men sa Jewova te predi konsènan epòk n ap viv la: “Nan epòk sa a, dis moun ki soti nan tout lang nasyon yo pale ap kenbe wòb long yon Juif, wi, y ap kenbe l byen di, epi y ap di: ‘Nou vle ale avèk nou, paske nou tande yo di Bondye avèk nou.’” (Zak. 8:23). Menm jan ak dis moun senbolik sa yo, moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a ‘kenbe wòb long yon Juif byen di’. Yo fyè pou yo travay ansanm ak moun Bondye chwazi pa mwayen lespri sen l ki fè pati “Izrayèl Bondye a”, paske yo konnen Jewova beni moun li chwazi yo (Gal. 6:16). Menm jan ak pwofèt Zakari, Jezi te pale de bèl inite ki genyen nan mitan pèp Bondye a. Li te pale de disip li yo antanke de gwoup, sètadi “ti twoupo” a ak “lòt mouton” yo, e li te di yo t ap vin “yon sèl twoupo” ki gen “yon sèl bèje. — Lik 12:32; Jan 10:16. w16.01 4:1, 2.

Jedi 26 janvye

Kontinye reflechi sou tout bagay [sa yo]. — Flp. 4:8.

Nou vle pwoteje relasyon nou gen ak Bondye a. Piske n ap viv nan yon monn ki anba pouvwa Satan e nou enpafè, li fasil pou n vin gen move panse e pou n vin aji menm jan ak monn nan. Nou ka konpare lespri monn nan ak yon rivyè k ap rale nou nan yon direksyon nou pa vle ale. Pou n pa kite dlo a pote n ale, nou dwe fè gwo efò pou n naje nan lòt direksyon an. Menm jan an tou, sa mande efò pou n kontinye kanpe lwen lespri ki gen nan monn Satan an. Lè n ap preche lòt moun, nou fikse lespri nou sou bagay espirityèl yo ki enpòtan e k ap fè n jwenn byenfè, men, nou pa fikse l sou panse k ap minen lafwa nou. Travay predikasyon an fè konviksyon nou yo vin pi solid e l fè n sonje pwomès Bondye yo ak prensip li yo ki plen lanmou. Anplis de sa, li ede n kenbe ekipman konba Bondye bay la entak (Efe. 6:14-17). Si n ret okipe nan aktivite espirityèl nou yo, n ap tou senpleman pa gen tan pou n ap bay tèt nou pwoblèm pou pwoblèm nou yo e sa ap pwoteje nou. w16.01 5:12, 13.

Vandredi 27 janvye

Pèp ou a ap pèp mwen, e Bondye w la ap Bondye m. — Rit 1:16.

Remake ki kalite lanmou Rit te gen pou Jewova. Lanmou sa a te gen gwo efè sou Bowaz tou, e pi devan, sa te pouse l fè lwanj pou Rit dèske Rit te ‘chèche pwoteksyon anba zèl Jewova’. (Rit 2:12.) Mo Bowaz te itilize yo kapab fè n sonje fason ti zwazo yo konn chèche pwoteksyon anba zèl paran yo (Sòm 36:7; 91:1-4). Menm jan an tou, Jewova te byen pwoteje Rit e l te rekonpanse l pou lafwa l. Rit pa t janm gen okenn rezon pou l regrèt desizyon l te pran an. Jodi a, gen anpil moun ki rive konn kiyès Jewova ye, men, ki pa chwazi chèche pwoteksyon anba zèl li. Yo pè vwe lavi yo bay Jewova e yo pè batize. Si se ka pa w, fè yon ti reflechi ak rezon ki fè w pè a. Tout moun gen yon dye y ap sèvi (Joz. 24:15). Pi bon desizyon yon moun ka pran se vin sèvi vrè Dye a. Lè w vwe lavi w bay Jewova, ou montre w gen lafwa l ap tounen yon kote w ka jwenn pwoteksyon. L ap ede w kontinye sèvi l kèlkeswa pwoblèm ou jwenn. Se sa Bondye te fè pou Rit. w16.02 2:6, 7.

Samdi 28 janvye

Kite m kloure l atè a ak yon sèl kout lans, mwen pap bezwen ba l de. — 1 Sam. 26:8.

Lè Abichayi te vle touye Sayil la, se eseye l t ap eseye montre l fidèl ak David. Men, piske David te konnen l pa bon pou yon moun frape “moun Jewova chwazi a”, li pa t kite Abichayi touye wa a (1 Sam. 26:9-11). Sa aprann nou yon leson enpòtan: Lè n ap deside ak kiyès nou dwe fidèl an premye, nou bezwen reflechi pou n konnen ki prensip biblik ki kapab ede n nan sitiyasyon nou ye a. Li toutafè nòmal pou n fidèl ak yon moun nou renmen, tankou yon zanmi oswa yon moun nan fanmi nou. Sepandan, piske n enpafè, kè nou ka twonpe nou (Jer. 17:9). Konsa, si yon moun nou renmen ta fè yon bagay ki mal epi l kite laverite, nou dwe sonje fidelite n ak Jewova pi enpòtan pase fidelite n ak kèlkeswa moun nan. — Mat. 22:37. w16.02 4:5, 6.

Dimanch 29 janvye

Verifye pèsonèlman nan lavi nou sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè. — Wom. 12:2.

Poukisa kretyen Wòm yo te bezwen verifye yon bagay yo te deja aksepte? Ann pran egzanp Timote. Li te byen konn Ekriti yo paske manman l ak grann li te anseye l apati Ekriti yo. Sepandan, Pòl te di Timote pou l “rete nan sa [l] te aprann yo, nan sa yo te konvenk [li] pou [l] kwè yo”. (2 Tim. 3:14, 15.) Nan vèsè sa a, ekspresyon “sa yo te konvenk [li] pou [l] kwè” a vle di “gen konviksyon epi sèten yon bagay se laverite”. Konsa, Timote te dwe gen konviksyon li ka jwenn laverite nan Ekriti yo. Li pa t aksepte laverite paske manman l ak grann li te di l fè sa, men, li te aksepte l paske l te medite sou sa l te aprann yo e yo te konvenk li (Wom. 12:1). Menm jan an tou, lè w byen pran san w pou w fè etid pèsonèl, sa ka ede w reponn kesyon yo poze w, sa ka ede w venk nenpòt dout ou genyen e sa ka ede w vin gen plis konviksyon. — Tra. 17:11. w16.03 2:3, 4, 7.

Lendi 30 janvye

Yo te gen abitid al Jerizalèm chak ane nan fèt Pak la. — Lik 2:41.

Lè Izrayelit yo te konn al asiste fèt yo te konn fè Jerizalèm yo, yo te konn kolabore youn ak lòt. Yo te konn prepare tout sa yo te bezwen pou vwayaj la, annapre, yo te konn vwayaje ansanm e youn te konn ede lòt. Nan tanp lan, yo tout te konn fè louwanj pou Jewova ansanm e yo te konn adore Jewova ansanm. Jodi a, toutpandan n ap prepare n pou n viv nan monn nouvo a, nou bezwen gen tèt ansanm e n bezwen fè tout sa n kapab pou n kolabore youn ak lòt. Nan monn sa a, moun yo pa gen tèt ansanm e yo menm konn goumen youn ak lòt pou anpil bagay. Men, se pa ti kontan nou kontan dèske Jewova ede n gen lapè epi l ede n konprann laverite! Toupatou nan monn nan, pèp li a ap adore l fason l vle a. Sitou nan dènye jou sa yo, pèp Jewova a gen plis tèt ansanm pase nenpòt lòt epòk. Menm jan pwofèt Ezayi ak pwofèt Miche te di sa, n ap monte ansanm “sou mòn Jewova a”. (Eza. 2:2-4; Miche 4:2-4.) Se pa ti kontan nou pral kontan alavni lè tout moun sou tè a pral “byen kole ansanm” epi yo pral kolabore youn ak lòt pou yo adore Jewova! w16.03 3:16, 17.

Madi 31 janvye

Gen yon lè pou tout bagay. — Ekl. 3:1.

Kèk ansyen gendwa twouve l difisil pou yo rezève tan pou fòme lòt moun. Petèt gen kèk nan yo ki panse konsa: ‘Se vre l enpòtan pou n bay fòmasyon, men, li pa pi ijan pase lòt bagay nan kongregasyon an ki pa ka tann yo. Kongregasyon an ap kontinye fonksyone menmsi n kite kesyon bay fòmasyon an pou yon lòt lè.’ Se vre gen anpil bagay nan kongregasyon an ki mande pou yon ansyen rezoud san pèdi tan, sepandan, si n pran abitid kite kesyon bay fòmasyon an pou yon lòt lè, sa ka gen efè sou byennèt espirityèl kongregasyon an. Ansyen yo gen anpil bagay enpòtan y ap regle ki mande pou yo rezoud yo prese prese. Men, si ansyen yo kontinye ap kite kesyon bay fòmasyon an pou yon lòt lè, alòske sa nesesè, towouta kongregasyon an pap gen ase frè ki kalifye pou fè tout travay ki bezwen fèt yo. Kidonk, sa klè, nou pa dwe panse kesyon bay fòmasyon an pa gen anpil enpòtans. Ansyen ki prevwayan e ki rezève tan pou yo fòme frè ki pa gen anpil eksperyans yo montre yo se moun k ap byen jere kongregasyon an e yo se bonjan benediksyon pou tout kongregasyon an. — 1 Pyè 4:10. w15 15/4 1:4, 6, 7.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje