BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es18 p. 7-17
  • Janvye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Janvye
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2018
  • Soutit
  • Lendi 1ye janvye
  • Madi 2 janvye
  • Mèkredi 3 janvye
  • Jedi 4 janvye
  • Vandredi 5 janvye
  • Samdi 6 janvye
  • Dimanch 7 janvye
  • Lendi 8 janvye
  • Madi 9 janvye
  • Mèkredi 10 janvye
  • Jedi 11 janvye
  • Vandredi 12 janvye
  • Samdi 13 janvye
  • Dimanch 14 janvye
  • Lendi 15 janvye
  • Madi 16 janvye
  • Mèkredi 17 janvye
  • Jedi 18 janvye
  • Vandredi 19 janvye
  • Samdi 20 janvye
  • Dimanch 21 janvye
  • Lendi 22 janvye
  • Madi 23 janvye
  • Mèkredi 24 janvye
  • Jedi 25 janvye
  • Vandredi 26 janvye
  • Samdi 27 janvye
  • Dimanch 28 janvye
  • Lendi 29 janvye
  • Madi 30 janvye
  • Mèkredi 31 janvye
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2018
es18 p. 7-17

Janvye

Lendi 1ye janvye

Mennen yon gwo lit pou lafwa. — Jid 3.

Gen yon jèn fi k ap kouri al rankontre papa l e ki kontan anpil lè l wè papa l retounen sot nan yon batay sennesof. Kokenn viktwa papa l te genyen an te fè jèn fi a pran chante e l t ap danse tèlman l kontan. Men, reyaksyon papa l te genyen ak sa l te di nan moman an dwe te fè jèn fi a sezi anpil. Papa l te dechire rad sou li e l te pran rele byen fò, li di: “O non, pitit fi m nan! Kè m ap dechire.” Apre sa, papa a te fè jèn fi a konnen li te fè Jewova yon pwomès ki t apral chanje lavi jèn fi a pou toutan. Selon pwomès sa a, jèn fi a pa t ap janm ka marye ni gen pitit. Sepandan, jèn fi a te ankouraje papa l kenbe pwomès li fè Jewova a. Repons jèn fi a te bay la montre li gen konfyans kèlkeswa sa Jewova mande l fè a se ap yon bon bagay (Jij 11:34-37). Jefte ak pitit fi l la te gen bonjan konfyans nan Jewova ak nan fason Jewova fè bagay yo. Yo te rete fidèl menm lè sa pa t fasil pou yo. Yo te vle jwenn favè Jewova kèlkeswa sakrifis sa te mande. w16.04 1:1, 2.

Madi 2 janvye

Nou tande pale de andirans Jòb, e nou wè ki jan Jewova te fè bagay yo fini pou li. — Jak 5:11.

Pafwa, ou ka santi yo blese santiman w paske yon zanmi oswa yon moun nan fanmi w di w yon bagay ki dekourajan. Oubyen, petèt ou malad anpil oswa w ap soufri paske yon moun ou renmen mouri. Sepandan, kèlkeswa sa k rive w la, ou ka jwenn rekonfò nan egzanp Jòb (Jòb 1:18, 19; 2:7, 9; 19:1-3). Jòb pa t konnen rezon ki fè bridsoukou, li te kòmanse jwenn pakèt eprèv sa yo, men, li pa t bay vag. Ki sa k te ede l andire? Toudabò, li te renmen Jewova e l pa t vle fè l lapenn (Jòb 1:1). Jòb te vle fè Bondye plezi nan bon moman kou nan move moman. Anplis de sa, Jewova te ede Jòb wè pisans li lè l te pale avè l sou kèk nan bèl bagay li te kreye yo. Sa te menm fè Jòb vin gen plis konviksyon Jewova t ap retire pwoblèm li yo nan bon moman an (Jòb 42:1, 2). E se sa k te rive. Bib la di: “Jewova te retire Jòb nan soufrans li te ye a e li te fè l vin rich ankò. Jewova te ba l de fwa lavalè sa l te gen deja yo.” Jòb te fè “yon pakèt tan ap byen viv”. — Jòb 42:10, 17. w16.04 2:11, 13.

Mèkredi 3 janvye

Se pou nou pridan tankou sèpan e se pou nou inosan tankou pijon. — Mat. 10:16.

Nou montre nou “pridan” lè n reflechi ak pwoblèm yo anvan menm yo rive. Epi, nou rete “inosan” lè n rete net nan sitiyasyon difisil yo. Nou dwe pran anpil prekosyon lè moun yo kòmanse pale sou sijè politik. Pa egzanp, lè n ap pale ak yon moun sou Wayòm Bondye a, nou pa dwe di nou dakò oswa nou pa dakò ak kèk ide oubyen kèk opinyon yon gwoup oswa yon lidè politik an patikilye genyen. Olye nou pale sou sa lèzòm vle fè pou rezoud pwoblèm limanite, ann sèvi ak Bib la pou n montre fason Wayòm Bondye a pral rezoud pwoblèm yo pou toutan. Si moun yo vle pale sou yon sijè, tankou maryaj de moun ki gen menm sèks oswa avòtman, di yo sa Pawòl Bondye a di epi montre yo fason n ap eseye suiv sa Pawòl Bondye a di a nan lavi nou. Si yon moun fè konnen gen kèk lwa yo ta dwe retire oswa chanje, nou pa dwe dakò avè l ni nou pa dwe ensiste pou moun sa a chanje opinyon. w16.04 4:8, 9.

Jedi 4 janvye

Kidonk, ale, epi fè disip. — Mat. 28:19.

Nonsèlman, nou dwe fè disip, batize yo epi anseye yo, toudabò, nou dwe ale kot moun yo. Men sa yon biblis fè konnen: “‘Ale’ se travay chak moun ki kwè, kit yo dwe mache nan lari, kit yo dwe janbe lanmè.” (Mat. 10:7; Lik 10:3). Ki sa Jezi te atann nan men disip li yo? Èske l te vle yo preche jan yo vle oubyen l te vle pou yo òganize yo antanke gwoup? Etandone l t ap enposib pou yon sèl moun rive preche nan “tout nasyon”, disip Jezi yo t ap bezwen òganize yo antanke gwoup. Se sa menm Jezi te vle di lè l te envite disip li yo pou yo vin tounen “pechè moun” nan (Mat. 4:18-22). Jezi pa t ap pale de yon pechè pwason ki voye liy li ansanm ak zen l nan dlo epi k ap tann pou pwason yo vin pran ladan l. Olye de sa, lapèch Jezi t ap pale a te gen rapò ak lè moun ap sèvi ak yon filè. Kalite lapèch sa a mande pou moun travay di, pou yo òganize e pou gen anpil moun k ap travay ansanm. — Lik 5:1-11. w16.05 2:3, 4.

Vandredi 5 janvye

Fè Jewova konfyans ak tout kè w, e pinga w konte sou entèlijans ou. Sonje l nan tout sa w ap fè, e l ap fè tout bagay mache byen nan lavi w. — Pwo. 3:5, 6.

Ki jan w ka rive konnen sa Jewova panse? Bagay ki pi enpòtan nou kapab fè se li Labib epi etidye Labib regilyèman. Pandan n ap fè sa, nou kapab mande tèt nou: ‘Ki sa sa aprann mwen sou Jewova? Poukisa li te aji konsa?’ Epi, menm jan ak David, nou bezwen mande Jewova pou l ede n pi byen konnen l. Men sa David te ekri: “Fè m konnen wout ou yo, o Jewova. Montre m chemen w yo. Fè m mache nan verite w yo epi anseye m, paske ou se Bondye delivrans mwen. Se nan ou mwen met espwa m tout lajounen.” (Sòm 25:4, 5). Lè n aprann yon bagay sou Jewova, nou kapab reflechi pou n wè nan ki sitiyasyon nou kapab itilize enfòmasyon sa a. Èske n kapab itilize l nan fanmi nou, nan travay nou, nan lekòl nou, oswa nan travay predikasyon an? Lè n reflechi ak kèk sitiyasyon byen presi, l ap pi fasil pou n konprann ki jan Jewova t ap vle n itilize enfòmasyon sa a. w16.05 3:9, 11.

Samdi 6 janvye

Yon siveyan dwe san repwòch. — 1 Tim. 3:2.

Se Jewova ki ban nou lis kondisyon yon moun dwe ranpli pou l ansyen an (1 Tim. 3:2-7). Li mete yon seri prensip wo nivo tout mesye ki gen responsablite nan kongregasyon an dwe suiv. Sa montre kongregasyon an gen anpil valè nan je Jewova. Bib la di li te achte l “ak san pwòp Pitit li a”. (Tra. 20:28.) Se sa k fè Jewova atann li pou ansyen yo bay bon egzanp, e ansyen yo gen pou yo rann li kont pou fason yo boule ak moun ki nan kongregasyon an. Li vle nou santi nou an sekirite nan men ansyen yo (Eza. 32:1, 2). Lè n li kondisyon sa yo, nou aprann jis nan ki pwen Jewova gen sousi pou nou toutbon. Anfèt, tout kretyen kapab aprann nan lis kondisyon sa yo. Pa egzanp, Jewova vle pou nou chak montre nou se moun ki rezonab e ki gen bonsans (Fil. 4:5; 1 Pyè 4:7). Lè ansyen yo se yon “egzanp pou twoupo a”, nou kapab aprann nan men yo, epi “imite lafwa yo”. — 1 Pyè 5:3; Ebre 13:7. w16.05 5:8-10.

Dimanch 7 janvye

Plis pase tout lòt bagay, pwoteje kè w. — Pwo. 4:23.

Pou n kapab pwoteje kè nou pou l pa vin di, nou bezwen evite vin gen yon seri defo tankou ògèy, tonbe nan pratike peche, epi manke lafwa. Si n pa veye tèt nou, defo sa yo ka lakòz nou vin dezobeyisan e nou vin rebèl (Dàn. 5:1, 20; Ebre 3:13, 18, 19). Se sa k te rive Ozyas, youn nan wa Jida yo (2 Kwo. 26:3-5, 16-21). Okòmansman, Ozyas te obeyisan e l te gen bon relasyon ak Bondye, se sa k fè Bondye te ba l pouvwa. Men, “kou l te vin gen anpil pouvwa, li te vin gen ògèy nan kè l”. Li te vin tèlman gen ògèy, li te eseye boule lansan nan tanp lan byenke se sèlman prèt yo ki te dwe fè sa. Lè prèt yo te di Ozyas sa l t ap fè a pa bon, li te vin fache anpil! Jewova te imilye wa sa a ki te gen ògèy e l te gen lèp pou tout rès vi l (Pwo. 16:18). Si n pa kouri pou ògèy, nou kapab kòmanse ap panse nou pi bon pase lòt moun e n ka menm vin pa tande konsèy yo ban nou ki soti nan Bib la. — Wom. 12:3; Pwo. 29:1. w16.06 2:3, 4.

Lendi 8 janvye

[Se pou] youn ap sipòte lòt nan lanmou. — Efe. 4:2.

Ki jan w wè frè ak sè ki sot nan lòt peyi yo? Lang yo pale, fason yo abiye, konpòtman yo ak manje yo manje gendwa vrèman diferan ak pa w yo. Èske w chèche evite yo e w plis pase tan ak moun ki renmen menm bagay avè w. Ki jan w wè ansyen nan kongregasyon w lan ki pi jèn pase w oswa ki pa soti nan menm ras ak menm kilti avè w? Si nou pa fè atansyon, nou ka kite diferans sa yo gen efè sou nou e sa ap kraze inite nou an. Ki jan n ka evite pwoblèm sa yo? Pòl te bay kretyen ki t ap viv Efèz yo, yon vil ki te chaje ak moun ki soti toupatou, kèk konsèy pratik (Efe. 4:1-3). Pòl te pale de kalite tankou imilite, dousè, pasyans ak lanmou. Kalite sa yo tankou poto solid ki pèmèt yon kay ret kanpe. w16.06 3:17, 18.

Madi 9 janvye

Rete je ouvè, epi evite tout kalite tanta. — Lik 12:15.

Satan vle n itilize fòs nou pou n vin gen plis lajan ak plis bagay materyèl olye n itilize l nan sèvis n ap bay Jewova a (Mat. 6:24). Men, si nou enterese sèlman nan chèche gen plis bagay materyèl, lavi nou pap gen okenn sans. Sa ka fè n vin akaryat oubyen nou ka vin gen pwoblèm pou n peye dèt nou. Sa k pi rèd la, nou ka vin pèdi lafwa nan Jewova ak nan Wayòm li an (1 Tim. 6:9, 10; Rev. 3:17). Jezi te di ‘anvi moun genyen pou yo gen lòt bagay’ sanble ak pikan ki ka anpeche yon semans grandi pou l bay fwi (Mak 4:14, 18, 19). Jodi a, n ap viv nan yon epòk kote fen monn Satan an toupre rive. Donk, kounye a, se pa moman pou n ap chèche gen pi plis bagay materyèl. Epitou, nou pa ta dwe atann nou apre gwo tribilasyon an n ap toujou gen bagay nou posede kounye a, menmsi yo gen anpil valè pou nou. — Pwo. 11:4; Mat. 24:21, 22. w16.07 1:5, 6.

Mèkredi 10 janvye

Li te fè nou tout [...] favè san parèy paske li plen favè san parèy. — Jan 1:16.

Yon maten byen bonè, gen yon mèt jaden rezen k al nan yon mache pou l chèche gason pou travay pou li. Li te fè pri ak mesye yo e yo te dakò ak kòb li ofri yo a. Men, piske mèt jaden an te bezwen plis travayè, li retounen nan mache a plizyè fwa pandan jounen an pou l al chèche travayè. Li ba yo tout yon bon pri. Nan fen jounen an, mèt jaden an reyini travayè yo pou l peye yo. Kit yon moun te travay pandan tout jounen an, kit li te travay pou inèdtan sèlman, mèt jaden an te peye yo menm kantite lajan. Men, lè mesye ki te pase tout jounen ap travay yo te kòmanse plenyen, mèt jaden an te di yo: ‘Èske n pa t aksepte pri m te ofri nou an? Èske m pa gen dwa peye tout moun ki travay pou mwen yo sa m vle? Èske n jalou paske m renmen bay?’ (Mat. 20:1-15, nòt). Istwa sa a Jezi te bay la anseye nou yon leson enpòtan sou “favè san parèy” Jewova a. — 2 Kor. 6:1. w16.07 3:1, 2.

Jedi 11 janvye

Gade! Kounye a, m ap fè tout bagay vin tounèf. [...] Ekri sa, paske pawòl sa yo fidèl e yo se laverite. — Rev. 21:5.

Li vin pi enpòtan jodi a pou n preche bon nouvèl konsènan Wayòm nan pase nenpòt lòt epòk, paske lafen an toupre (Mak 13:10). Nou bezwen sonje objektif nou lè n ap preche se onore Jewova. Ki jan n ka fè sa? Nou bezwen fè moun yo konnen tout benediksyon nou pral jwenn nan monn nouvo a ap posib sèlman grasa favè estrawòdinè Jewova fè nou. Lè n ap preche moun yo, nou kapab esplike yo lè Wayòm Kris la ap dirije, lèzòm pral jwi tout byenfè ranson an pral pote yo e y ap vin pafè tikras pa tikras. Men sa Bib la di: “Kreyasyon an li menm tou pral libere anba esklavaj yon kò k ap depafini e li pral gen libète pitit Bondye yo genyen an nan laglwa.” (Wom. 8:21). Sa pral posib sèlman grasa favè san parèy Jewova a. w16.07 4:17-19.

Vandredi 12 janvye

Se pou mari a bay madanm li sa l dwe l la, e se pou madanm nan fè menm jan an tou pou mari l. — 1 Kor. 7:3.

Bib la pa bay okenn règ sou fason yon mari ak madanm li dwe demontre afeksyon, ni li pa bay okenn limit nan domèn sa a. Men, li pale de afeksyon sa a (Chan. 1:2; 2:6). Kretyen ki marye yo dwe trete youn lòt avèk tandrès. Lè n gen bonjan lanmou pou Bondye e pou pwochen nou, nou pap kite okenn moun oswa okenn bagay vin yon menas pou maryaj nou. Gen kèk moun ki fè gen gwo pwoblèm nan maryaj yo e ki menm kraze l paske yo vin esklav pònografi. Nou dwe reziste kont nenpòt anvi nou ta genyen pou n gade pònografi oswa lòt kalite bagay ki pa kòrèk ki gen rapò ak sèks. Nou menm bezwen evite fè nenpòt bagay ki ta ka bay enpresyon nou enterese nan yon moun ki pa madanm nou oswa mari nou, paske sa t ap montre nou pa gen lanmou. Nou bezwen sonje Bondye konn tout panse nou ak tout aksyon nou. Sa ap ede n vin pi anvi fè Bondye plezi e pou n ret fidèl ak moun nou marye avè l la. — Mat. 5:27, 28; Ebre 4:13. w16.08 2:7-9.

Samdi 13 janvye

Nou pa janm sispann priye pou nou e nou pa janm sispann mande Bondye pou l ranpli nou ak konesans egzak sou volonte l. — Kol. 1:9.

Poukisa li te enpòtan konsa pou kretyen Kolòs yo li Labib e pou yo etidye l? Paske sa t ap fè yo gen sajès e sa t ap ede yo konprann ki jan pou yo “mache yon fason ki diy devan Jewova, yon fason pou [yo] fè l plezi nèt”. Epitou, sa t ap ede yo fè “tout bon travay” Jewova vle yo fè, sitou preche bon nouvèl la (Kol. 1:10). Se sa k fè, si n ap fè etid ak yon moun, nou bezwen ede l konprann lè l li Labib e li etidye l regilyèman, sa kapab ede l sèvi Jewova. Anplis de sa, nou dwe etidye Labib pèsonèlman. An reyalite, si nou li Labib regilyèman e nou medite sou sa nou li a, sa ap ede nou nan lavi nou ak nan travay predikasyon an. Pa egzanp, lè n ap preche, si yon moun poze nou yon kesyon ki difisil, n ap ka itilize Labib pou n reponn. Epitou, lè nou rakonte lòt moun sa nou aprann nan etid pèsonèl nou e ki jan sa ede nou, nou ka ankouraje yo fè yon etid ki pi pwofon nan Bib la pou yo ka jwenn menm byenfè yo tou. w16.08 4:3, 4.

Dimanch 14 janvye

Nou nan yon konba [...] kont espri mechan yo ki nan syèl la. — Efe. 6:12.

Li enpòtan anpil pou n pa kite ansèyman monn nan, filozofi l yo ak move konduit moun ki ladan l yo genyen, tankou fè imoralite, fimen, bwè twòp alkòl ak pran dwòg, kontamine nou. Mete sou sa, nou dwe kontinye goumen kont dekourajman ak feblès nou genyen (2 Kor. 10:3-6; Kol. 3:5-9). Èske l vrèman posib pou n genyen konba n ap fè ak ènmi sa yo ki pisan? Wi, men sa pap fasil! Pòl te konpare tèt li ak yon moun k ap fè bòks lè l te di: “M ap tire kou m yo yon fason pou se pa nan lib mwen tire yo.” (1 Kor. 9:26). Menm jan de moun k ap fè bòks ap goumen youn ak lòt, nou menm tou, nou dwe goumen ak ènmi nou yo. Jewova ede nou e li antrene nou pou n fè sa. Li fè sa pa mwayen Bib la. Li ede nou tou pa mwayen piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la, reyinyon yo, asanble yo ak kongrè yo. Èske w sèvi ak tout enstriksyon ou jwenn yo? w16.09 2:2, 3.

Lendi 15 janvye

Menm Kris la pa t fè tèt li plezi. — Wom. 15:3.

Menm jan ak Jezi, nou dwe bay volonte Bondye ak èd n ap bay lòt moun plis enpòtans pase preferans nou. Se sa k fè, nou pap chwazi mete stil rad nou renmen, men, ki ka fè moun pa tande mesaj nou an (Wom. 15:2). Paran kretyen yo gen responsablite pou yo anseye pitit yo pou yo suiv prensip biblik yo. Sa vle di yo bezwen asire yo yo menm ak pitit yo fè kè Bondye kontan nan fason yo abiye ak nan aparans yo ki senp (Pwo. 22:6; 27:11). Ki jan paran yo ka fòme pitit yo pou yo gen respè pou Bondye nou an ki sen e pou prensip li yo? Paran yo dwe bay pitit yo bon egzanp. Epitou, avèk lanmou, yo dwe anseye pitit yo ki kote ak ki fason y ap jwenn rad ki apwopriye pou yo mete. Timoun yo pa dwe chwazi rad y ap mete senpleman paske yo renmen rad sa yo, men, sa k pi enpòtan an, yo dwe chwazi rad ki onore Jewova, Bondye yo reprezante a. w16.09 3:13, 14.

Madi 16 janvye

Yon elèv pa siperyè mèt li, men, yon moun yo enstwi kòrèkteman ap vin tankou mèt li. — Lik 6:40.

Moun yo te kontan koute Jezi paske l te renmen Jewova e l te byen konn Ekriti yo. Epitou, yo te santi Jezi renmen yo. Se sa k fè yo te pran san yo pou yo koute l lè l ap pale (Lik 24:32; Jan 7:46). Menm jan an tou, lè pitit ou wè jan w renmen Jewova, sa fè yo renmen l tou (Det. 6:5-8; Lik 6:45). Donk, se pou w kontinye fè bonjan etid nan Bib la, epi li piblikasyon nou yo regilyèman. Chèche konn plis bagay sou sa Jewova kreye yo (Mat. 6:26, 28). Tank ou konn plis bagay sou Jewova, se tank w ap kapab anseye pitit ou plis bagay sou li. Lè w aprann yon bagay sou Jewova, pale de sa ak pitit ou. Fè sa chak fwa w avèk yo, se pa sèlman lè w ap prepare reyinyon oubyen lè w ap fè adorasyon an fanmi pou w fè sa. w16.09 5:6, 7.

Mèkredi 17 janvye

Pa gen youn ki te pale lang Juif yo. — Ney. 13:24.

Lè n pa rive konprann ansèyman biblik yo nan yon lang etranje, sa ka yon gwo danje pou relasyon nou ak Jewova. Lè Neyemi te retounen Jerizalèm, li te wè gen timoun ki pa t konn pale ebre. Piske timoun sa yo pa t ka konprann Pawòl Bondye a, relasyon yo ak Jewova te vin fèb (Ney. 8:2, 8). Gen kèk paran ki nan yon kongregasyon lang etranje ki remake relasyon pitit yo gen ak Jewova a vin fèb. Poukisa? Se paske lè n ap li nan yon lang etranje, sa ka pa touche santiman nou menm jan ak lè n ap li nan lang pa nou. Mete sou sa, piske sa difisil pou n kominike nan yon lòt lang, nou ka vin tèlman fatige, sa vin gen move efè sou relasyon nou ak Jewova. Se sa k fè, toutpandan n ap kontinye chofe pou n al nan yon kongregasyon lang etranje, anmenmtan tou, nou bezwen pwoteje relasyon nou ak Jewova. — Mat. 4:4. w16.10 2:4-6.

Jedi 18 janvye

Lafwa [...] se bonjan prèv [yon moun genyen] sou yon seri bagay reyèl li pa wè. — Ebre 11:1, nòt.

Lafwa se pa yon bagay tout moun genyen (2 Tes. 3:2). Men, Jewova bay tout moun k ap adore l lafwa (Wom. 12:3; Gal. 5:22). Se pa ti kontan nou kontan dèske Jewova ban nou lafwa! Jewova te bay Pitit Gason li renmen anpil la pou tout moun ki demontre lafwa nan Jezi ka jwenn padon pou peche yo. Sa vin fè l posib pou moun vin zanmi Jewova e pou yo viv pou toutan (Jan 6:44, 65; Wom. 6:23). Se pa ti bon Jewova bon avèk nou! Malgre nou se pechè e nou merite lanmò, Jewova te wè nou gen kapasite pou n fè bon bagay (Sòm 103:10). Li te ede n konnen bon nouvèl konsènan Jezi ak sakrifis li te fè a. Lè n te kòmanse gen lafwa nan Jezi e n te kòmanse ap suiv Jezi, nou te vin gen esperans lavi ki pap janm fini an! — 1 Jan 4:9, 10. w16.10 4:1, 2.

Vandredi 19 janvye

[Pòl te] di disip ki la yo anpil pawòl pou l ankouraje yo. — Tra. 20:2.

Apot Pòl te konn di bon bagay sou frè ak sè yo. Li te pase anpil ane ap vwayaje ansanm ak kèk ladan yo e l te vin aprann konnen yo byen, men li pa t ekri sou erè yo te fè. Okontrè, li te fè lwanj pou yo. Pa egzanp, Pòl te di Timote se ‘pitit li nan Seyè a, yon pitit li renmen e ki fidèl’, e li te gen konfyans Timote t ap pran swen lòt moun (1 Kor. 4:17; Fil. 2:19, 20). Pòl te di kretyen nan kongregasyon Korent lan Tit se ‘konpayon l e l ap travay ansanm avè l nan enterè yo’. (2 Kor. 8:23.) Se sèten sa te ankouraje Timote ak Tit lè yo te aprann sa Pòl te panse de yo! Pòl ak Banabas, konpayon l, te riske lavi yo pou y al ankouraje frè ak sè yo. Pa egzanp, yo toule de te konnen gen anpil moun nan vil Lis ki te vle touye yo. Malgre sa, yo te retounen nan vil sa a pou y al ankouraje nouvo disip yo e pou yo ede yo rete fidèl ak Jewova (Tra. 14:19-22). Nan vil Efèz, apre Pòl te fin rankontre yon foul ki te an kòlè, li te ankouraje disip ki nan vil la. — Tra. 20:1. w16.11 1:10, 11.

Samdi 20 janvye

[Se] pou nou byen ini nan menm panse ak nan menm opinyon. — 1 Kor. 1:10.

Jodi a, Jewova gide moun ki nan pati òganizasyon l lan ki sou tè a e li anseye yo. Ki jan l fè sa? Li met Kris “chèf kongregasyon an”, e Kris bay “esklav fidèl ki prevwayan an” responsablite pou l anseye pèp Bondye a e pou l dirije l (Efe. 5:23; Mat. 24:45-47). Menm jan ak kolèj santral nan premye syèk la, vrèmanvre, esklav sa a bay Bib la anpil valè paske l se Pawòl Bondye (1 Tes. 2:13). Bib la ankouraje n pou n asiste reyinyon yo regilyèman (Ebre 10:24, 25). Li ankouraje nou tout pou n kwè nan menm ansèyman. Mete sou sa, li di nou pou n kontinye “chèche Wayòm nan an premye”. (Mat. 6:33.) Bib la ban nou enstriksyon pou n preche kay an kay, sou plas piblik ak nenpòt kote nou ka jwenn moun (Mat. 28:19, 20; Tra. 5:42; 17:17; 20:20). Li bay ansyen yo enstriksyon pou yo kenbe kongregasyon an pwòp (1 Kor. 5:1-5, 13; 1 Tim. 5:19-21). Mete sou sa, li di nou dwe kenbe kò nou pwòp e nou dwe evite gen panse ak abitid Jewova rayi. — 2 Kor. 7:1. w16.11 3:7, 8.

Dimanch 21 janvye

Sot ladan l, pèp mwen. — Rev. 18:4.

Plizyè ane anvan Premye Gè mondyal la, Charles Taze Russell ak kèk lòt Etidyan Labib te rann yo kont relijyon ki di se kretyen yo ye yo pa t ap anseye verite ki nan Bib la. Se sa k fè yo pa t vle annafè ditou ak fo relijyon. Depi nan ane 1879, Toudegad Siyon an te fè konnen kèlkeswa legliz k ap soutni gouvènman yo, menmsi l di li se yon lamarye ki fidèl ak Kris, anfèt, li fè pati Gran Babilòn nan e Bib la rele l yon pwostitye (Rev. 17:1, 2). Gason ak fi ki fidèl yo te konnen si yo te kontinye soutni fo relijyon Bondye pa t ap beni yo. Se sa k fè anpil nan yo te voye lèt nan legliz yo pou fè konnen yo pa vle manm legliz sa yo ankò. w16.11 5:2, 3.

Lendi 22 janvye

Moun k ap mache selon lespri fikse panse yo sou bagay lespri. — Wom. 8:5.

Petèt ou konn li Women 8:15-17 nan epòk Memoryal lanmò Jezi. Vèsè sa yo montre ki jan kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo fè konnen yo gen esperans pou y al viv nan syèl la pou toutan. Yo te ekri Women chapit 8 sitou pou moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo. Yo resevwa “lespri a” antanke moun k ap “tann [...] pou Bondye adopte [yo] kòm pitit, lè [yo] libere anba kò [ki fèt ak chè yo] genyen an”. (Wom. 8:23.) Alavni, y ap vin pitit Bondye nan syèl la. Jewova padone peche yo sou baz ranson an. Li deklare yo jis yon fason pou yo ka vin pitit li (Wom. 3:23-26; 4:25; 8:30). Sepandan, kretyen fidèl ki gen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a ka enterese tou nan Women chapit 8 la paske Jewova kapab konsidere yo kòm moun ki jis. Konsa, yo menm tou yo ka jwenn byenfè nan konsèy liv sa a bay pou moun ki jis yo. w16.12 2:1-3.

Madi 23 janvye

Pa janm bay tèt nou pwoblèm. — Mat. 6:34.

Ki sa Jezi te vle di lè l te di: “Pa janm bay tèt nou pwoblèm”? Li pa t vle di moun k ap sèvi Bondye yo pap janm santi tèt yo chaje. Olye de sa, li t ap ede disip li yo konprann lè yon moun ap bay tèt li pwoblèm pou granmesi, oswa l ap bay tèt li twòp pwoblèm, sa pap rezoud anyen. Ap gen pwoblèm chak jou, se sa k fè kretyen yo pa dwe bay tèt yo plis pwoblèm lè y ap reflechi sou pwoblèm yo te genyen oswa sou pwoblèm yo pral jwenn. Pafwa, yon kretyen gendwa ap enkyete l pou pwoblèm li kapab jwenn alavni. Men, ou pa bezwen enkyete w pou bagay ki poko rive. Poukisa? Paske, anpil fwa, bagay yo pa vin grav jan nou te panse a. Ou mèt gen asirans Bondye ap beni sèvitè fidèl li yo e l ap ede yo gen mwens enkyetid konsènan bagay ki te pase nan tan lontan, bagay k ap pase kounye a ak bagay ki pral rive alavni. w16.12 3:13, 16.

Mèkredi 24 janvye

Se moun ki konn limit yo ki gen sajès. — Pwo. 11:2.

Lè wa Sayil te kòmanse dirije nasyon Izrayèl tan lontan an, li te konn limit li e moun te respekte l (1 Sam. 9:1, 2, 21; 10:20-24). Men, yon ti tan apre l vin wa, li te kòmanse fè yon seri aksyon ki montre li te pran dwa ki pa pou li. Lè Samyèl, pwofèt Bondye a, pa t rive Gilgal nan lè l te dwe rive a, Sayil te vin pèdi pasyans. Moun Filisti yo t ap prepare yo pou yo batay, e Izrayelit yo te kouri kite Sayil. Li te ofri Bondye yon sakrifis li pa t gen dwa fè. Sa pa t fè Jewova plezi (1 Sam. 13:5-9). Lè Samyèl rive Gilgal, li te reprimande Sayil. Olye Sayil te aksepte koreksyon an, li te eseye lage chay la sou do lòt moun, e l te minimize sa l te fè a (1 Sam. 13:10-14). Se te kòmansman yon seri evènman terib ki t apral rive youn apre lòt e ki t ap lakòz Sayil pèdi otorite l antanke wa, e sa k pi rèd la, sa t ap fè l pèdi favè Jewova (1 Sam. 15:22, 23). Byenke Sayil te byen kòmanse, lavi l te fini mal anpil. — 1 Sam. 31:1-6. w17.01 3:1, 2.

Jedi 25 janvye

Mwen jwenn David, [...] yon moun ki fè m plezi. — Tra. 13:22.

An jeneral, David te yon moun ki fidèl. Aktout sa, yon lè, li te fè yon peche grav. Li te fè adiltè ak Batcheba (2 Sam. 11:1-21). David pa t ka defèt sa l te fè. Epi, li pa t ka chape anba konsekans peche l yo. Anfèt, gen kèk nan konsekans sa yo David te sibi pandan tout rès vi l (2 Sam. 12:10-12, 14). Kidonk, li te bezwen gen lafwa. Li te dwe gen konfyans si l te repanti toutbon, Jewova t ap padone l e l t ap ede l andire konsekans aksyon l yo. Etandone nou enpafè, nou tout peche. Gen kèk peche ki pi grav pase lòt. Nan kèk sitiyasyon, nou gendwa pa kapab repare erè nou te fè yo. Nou ka senpleman oblije viv ak konsekans yo (Gal. 6:7). Men, nou kwè nan sa Bondye di, nou gen konfyans si nou repanti, Jewova ap soutni nou nan moman difisil yo, menm lè se nou menm ki te lakòz difikilte sa yo. — Eza. 1:18, 19; Tra. 3:19. w17.01 1:10-12.

Vandredi 26 janvye

Lèzòm pa ka konprann sa k ap pase sou tè a. Kèlkeswa gwo efò lèzòm fè, yo pa ka konprann sa. Menmsi yo fè konnen yo gen ase sajès pou yo konnen bagay sa yo, yo pa ka konprann yo vre. — Ekl. 8:17.

Lè nou konn limit nou, sa ka ede n pran bon desizyon menmsi n pa fin byen konnen jan bagay yo ap fini oubyen nou pa gen kontwòl yo. Pa egzanp, si n antre nan youn nan fòm sèvis aplentan yo, ki sa k ap rive n si n vin malad? E si paran nou yo ki granmoun vin bezwen èd nou? Ki jan n ap fè pran swen tèt nou lè nou vin granmoun? Kèlkeswa kantite priyè oswa kantite rechèch nou ta fè, nou pap jwenn tout repons kesyon sa yo. Konfyans nou gen nan Jewova ap ede n nonsèlman rekonèt limit nou, men tou, l ap ede n aksepte yo. Apre nou fin fè rechèch, nou pale ak lòt moun e n priye Bondye pou n mande l direksyon, nou bezwen suiv direksyon lespri Bondye ban nou (Ekl. 11:4-6). Sa bay Jewova posiblite pou l beni efò nou, oubyen li kapab ede n chanje objektif nou yo. — Pwo. 16:3, 9. w17.01 4:14.

Samdi 27 janvye

Ou pa dwe manje [...] ladan l. — Jen. 2:17.

Adan ak Èv te dwe deside ki sa yo t ap fè. Èske yo t ap obeyi Jewova, oubyen èske yo t ap koute sèpan an? Yo te deside dezobeyi Bondye (Jen. 3:6-13). Lefètke Adan ak Èv te vire do bay Jewova, yo pa t pafè ankò. Mete sou sa, rebelyon yo te fè a te lakòz yo vin lwen Jewova, paske li “pa ka wè sa ki mal devan je [l]”. Se poutèt sa, li “pa ka tolere mechanste”. (Aba. 1:13.) Si l te tolere mechanste, sa t ap lakòz pa gen lapè ak tèt ansanm nan mitan tout kreyati yo, ni nan syèl la, ni sou tè a. Sa k pi rèd la, si Bondye te fèmen je sou peche ki te fèt ann Edenn nan, yo te gendwa mande tèt yo si Bondye merite pou yo fè l konfyans. Men, Jewova fidèl ak prensip li yo, li pa janm vyole yo (Sòm 119:142). Kidonk, se pa paske Adan ak Èv te gen libète pou yo deside ki fè yo te gen dwa meprize lwa Bondye. Piske yo te dezobeyi Jewova, yo te mouri e yo retounen nan pousyè li te itilize pou l kreye yo a. — Jen. 3:19. w17.02 1:8, 10, 11.

Dimanch 28 janvye

Se pa manje sèlman moun bezwen pou yo viv, men yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Jewova. — Mat. 4:4.

Depi nan kòmansman aktivite Jezi, li te kite Ekriti yo gide l (Mat. 4:4). Menm dènye pawòl li te di anvan l mouri yo te gen yon seri sitasyon ki gen rapò ak pwofesi sou Mesi a (Mat. 27:46; Lik 23:46). Yon lòt bò, chèf relijye yo nan epòk sa a te meprize Pawòl Bondye a depi l pa t ann amoni ak tradisyon yo t ap suiv yo. Jezi te site pawòl Jewova te di pa mwayen pwofèt Ezayi pou l pale de mesye sa yo, lè l te di: “Se nan bouch pèp sa a onore m, men kè yo byen lwen m. Se pou granmesi yo kontinye ap adore m, paske doktrin y ap anseye yo se kòmandman lèzòm yo ye.” (Mat. 15:7-9). Jezi pa t kite Pawòl Bondye a gide aksyon l sèlman, li te kite l gide ansèyman l tou. Lè l te nan diskisyon ak chèf relijye yo, li pa t konte sou kokenn sajès li ak eksperyans san parèy li genyen. Okontrè, li te sèvi ak Ekriti yo kòm pi gwo otorite. — Mat. 22:33-40. w17.02 3:18, 19.

Lendi 29 janvye

Onore tout kalite moun, [...] onore wa a. — 1 Pyè 2:17.

Temwen Jewova yo dispoze bay fonksyonè nan gouvènman yo onè, jan peyi a ka atann sa oubyen jan moun ka abitye fè sa nan peyi a. Nou kolabore avèk yo lè y ap fè sèvis yo. Nòmalman, selon Bib la, onè ak kolaborasyon nou bay gen yon limit ki rezonab. Nou pa dwe rive nan pwen kote nou dezobeyi Bondye oubyen nou mele nan sa k pa konsène nou antanke kretyen (1 Pyè 2:13-16). Sèvitè Jewova nan tan lontan yo kite yon egzanp pou nou nan relasyon yo te gen ak gouvènman yo ak fonksyonè yo. Lè gouvènman women an te mande pou moun yo al fè anrejistre yo, Jozèf ak Mari te obeyi lòd sa a. Yo te vwayaje al Betleyèm malgre Mari te prèske akouche premye pitit li (Lik 2:1-5). Annapre, lè yo te akize Pòl kòmkwa li t ap fè sa ki mal, avèk respè, li te defann tèt li e l te bay wa Ewòd Agripa ak Festis, gouvènè Jide, yon zòn ki te anba dominasyon Women yo, onè yo merite. — Tra. 25:1-12; 26:1-3. w17.03 1:9, 10.

Madi 30 janvye

Bagay sa yo [...] yo te ekri yo pou sèvi nou avètisman. — 1 Kor. 10:11.

Lè Izrayelit yo te kòmanse pratike peche menm jan ak moun Kanaran yo, Jewova pa t pwoteje yo kont ènmi yo ankò (Jij 2:1-3, 11-15; Sòm 106:40-43). Sa dwe te difisil anpil pou fanmi ki te renmen Jewova yo ret fidèl pandan ane difisil sa yo. Sepandan, Bib la pale de kèk moun fidèl tankou Jefte, Èlkana, Ana ak Samyèl. Moun sa yo te detèmine pou yo fè kè Jewova kontan (1 Sam. 1:20-28; 2:26). Nan epòk nou an, moun yo reyaji e yo panse menm jan ak moun Kanaran yo. Lavi yo chita sou sèks, vyolans ak lajan. Sepandan, Jewova ban nou bonjan avètisman. Li vle pwoteje n kont move enfliyans menm jan l te vle fè sa pou Izrayelit yo. Èske n ap aprann yon leson nan erè yo te fè yo (1 Kor. 10:6-10)? Nou dwe fè tout sa n kapab pou n evite panse menm jan ak moun nan monn nan (Wom. 12:2). Èske n ap eseye fè tout sa n kapab pou sa? w16.04 1:4-6.

Mèkredi 31 janvye

Yon moun ki gen bon konprann ap vin konnen fason pou l aji avèk ladrès. — Pwo. 1:5.

Lè n gen desizyon enpòtan pou n pran, li enpòtan anpil pou n konsidere Bib la kòm pi bon sous konsèy e pou n chèche direksyon nan men Jewova nan lapriyè. Jewova kapab ban nou kalite nou bezwen pou n pran desizyon ki ann amoni ak volonte l. Pran abitid mande tèt ou: ‘Èske desizyon sa a ap bay prèv mwen renmen Jewova? Èske l ap fè fanmi m gen lajwa ak lapè? Èske l ap montre mwen gen pasyans ak bonte?’ Jewova pa fòse n renmen l e l pa fòse n sèvi l. Ann amoni ak libète li ban nou pou n deside a, li respekte responsablite ak dwa nou genyen pou n “chwazi nou menm” si n ap sèvi l oubyen si n pap sèvi l (Joz. 24:15; Ekl. 5:4). Men, li vle nou aji ann amoni ak lòt desizyon nou pran ki baze sou konsèy li bay. Grasa lafwa nou gen nan fason Jewova aji ak nan prensip li bay avèk bonte yo, nou kapab pran desizyon ki saj e nou kapab montre nou se moun ki djanm nan tout sa n ap fè. — Jak 1:5-8; 4:8. w17.03 2:17, 18.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje