BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es18 p. 17-26
  • Fevriye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fevriye
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2018
  • Soutit
  • Jedi 1ye fevriye
  • Vandredi 2 fevriye
  • Samdi 3 fevriye
  • Dimanch 4 fevriye
  • Lendi 5 fevriye
  • Madi 6 fevriye
  • Mèkredi 7 fevriye
  • Jedi 8 fevriye
  • Vandredi 9 fevriye
  • Samdi 10 fevriye
  • Dimanch 11 fevriye
  • Lendi 12 fevriye
  • Madi 13 fevriye
  • Mèkredi 14 fevriye
  • Jedi 15 fevriye
  • Vandredi 16 fevriye
  • Samdi 17 fevriye
  • Dimanch 18 fevriye
  • Lendi 19 fevriye
  • Madi 20 fevriye
  • Mèkredi 21 fevriye
  • Jedi 22 fevriye
  • Vandredi 23 fevriye
  • Samdi 24 fevriye
  • Dimanch 25 fevriye
  • Lendi 26 fevriye
  • Madi 27 fevriye
  • Mèkredi 28 fevriye
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2018
es18 p. 17-26

Fevriye

Jedi 1ye fevriye

Se pou andirans lan fin fè travay li nèt. — Jak 1:4.

Ki fason andirans ka fin fè “travay” li nèt nan nou? Li ede nou “pou nou ka konplè, pou nou ka san defo nan tout domèn, san nou pa manke anyen.” (Jak 1:4). Lè n ap fè fas ak yon eprèv, nou ka rann nou kont nou bezwen gen plis pasyans, plis konsiderasyon e plis lanmou. Toutpandan n ap andire eprèv la, n ap vin aprann demontre kalite sa yo plis toujou e konsa, n ap vin yon pi bon moun antanke kretyen. Etandone andirans ka fè n vin yon pi bon kretyen, nou pap vle vyole lwa Jewova yo pou n ka soti anba eprèv n ap rankontre yo. Pa egzanp, si w ap goumen kont panse imoral, pinga w tonbe nan tantasyon! Mande Jewova ede w rejte panse ki imoral yo. Èske w gen yon moun nan fanmi w ki opoze avè w? Pa bay vag! Pran detèminasyon pou w kontinye sèvi Jewova. Pa bliye: Pou n jwenn favè Bondye, nou dwe andire. — Wom. 5:3-5; Jak 1:12. w16.04 2:15, 16.

Vandredi 2 fevriye

Avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou. — Flp. 2:3.

Jewova pa panse yon moun oswa yon gwoup moun pi enpòtan pase yon lòt. Pou li menm, nou tout egal. Nòmalman, Jewova fè nou tout diferan youn ak lòt e nou ka pwofite epi admire diferans sa a. Li pa vle nou abandone kilti nou. Men, li pa vle nou panse nou pi bon pase lòt moun nonplis (Wom. 10:12). Nou pa dwe janm vin tèlman fyè de peyi nou oswa nasyon nou opwen pou n panse peyi sa a oswa nasyon sa a pi bon pase kèlkeswa lòt la. Si n rive nan pwen sa a, li ka vin difisil anpil pou n pa antre nan zafè monn nan. Sa te rive nan premye syèk la. Gen kèk frè ki pale ebre ki pa t byen aji ak vèv ki pale grèk yo (Tra. 6:1). Ki jan n ka rive konnen si n kòmanse gen kalite fyète sa a lakay nou? Si yon frè oswa yon sè ki sot nan yon lòt peyi ba w yon konsèy, èske w ap kouri di tèt ou ‘nou fè bagay yo pi byen isit la’, epi w rejte konsèy la? Si se wi, ou bezwen sonje konsèy nou jwenn nan tèks pou jounen an. w16.04 4:12, 13.

Samdi 3 fevriye

Mwen dwe al anonse bon nouvèl Wayòm [nan]. — Lik 4:43.

Jezi te preche “bon nouvèl Wayòm” nan e l vle pou disip li yo fè menm jan an. Ki gwoup moun k ap fè tout moun tande mesaj sa a (Mat. 28:19)? Se sèlman Temwen Jewova yo! Tande ki sa yon prèt misyonè ki te viv nan plizyè peyi te di yon Temwen Jewova. Nan chak peyi prèt la te ye, li te mande Temwen Jewova yo ki mesaj y ap preche. Men sa prèt la te di: “Yo tout tèlman sòt, yo bay menm repons lan: ‘Bon nouvèl Wayòm nan.’” Sa klè, kòmantè prèt la bay prèv nou pa sòt, men pito, nou ini antanke vrè kretyen (1 Kor. 1:10). Anplis de sa, Wayòm Bondye a se sijè prensipal Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova a. Peryodik sa a disponib nan 254 lang, e an mwayèn, yo enprime prèske 59 000 000 ladan l chak mwa, se sa k fè l se peryodik yo plis pibliye nan monn nan! w16.05 2:6.

Dimanch 4 fevriye

Se pou chak moun fè jan l te deside nan kè l la. — 2 Kor. 9:7.

Petèt ou ta renmen pran sèvis pyonye. Ou fè kèk chanjman nan lavi w k ap ede w pase plis tan nan travay predikasyon an. Men, ou pa fin konnen si w ap vrèman kontan dèske w gen mwens lajan oubyen w posede mwens bagay. Se vre Bib la pa di yon moun dwe pyonye pou l sèvi Jewova. Nou te kapab kontinye sèvi l fidèlman antanke pwoklamatè. Men, yon lòt bò, Jezi te di Jewova beni moun ki fè sakrifis pou Wayòm nan (Lik 18:29, 30). Mete sou sa, Bib la di Jewova kontan lè n fè tout sa n kapab pou n fè louwanj pou li e li vle nou sèvi l ak kè kontan (Sòm 119:108). Lè n priye sou bagay sa yo e n medite sou yo, n ap rive pran yon bon desizyon nan sitiyasyon nou ye a, e Jewova ap beni desizyon nou pran an. w16.05 3:13.

Lendi 5 fevriye

Sonje Gran Kreyatè w la, pandan w jèn nan, anvan jou malè yo rive. — Ekl. 12:1.

Kretyen ki granmoun yo pa dwe santi yo twò gran pou yo li enfòmasyon ki pou jèn yo. Anpil nan pwoblèm yo pale de yo nan atik sa yo se pwoblèm tout kretyen rankontre. Pa egzanp, nou tout dwe defann kwayans nou, kontwole emosyon nou, reziste anba presyon lòt moun fè sou nou, epi evite move zanmi ak divètisman ki pa bon pou yon kretyen. Se sa k fè, menmsi yo ekri piblikasyon sa yo pou jèn yo, enfòmasyon ki ladan yo soti nan Bib la e yo bon pou tout kretyen. Epitou, piblikasyon yo fè pou jèn yo kapab ede yo vin gen yon pi bon relasyon ak Jewova. Granmoun yo kapab aprann anpil leson nan enfòmasyon sa yo tou. — Ekl. 12:13. w16.05 5:15, 16.

Madi 6 fevriye

O Izrayèl, koute byen: Jewova, Bondye nou an, se yon sèl Jewova. Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout fòs nou. — Det. 6:4, 5.

“Jewova, Bondye nou an, se yon sèl Jewova.” Sa se yon gwo deklarasyon! Rapèl sa a te bay Izrayelit yo fòs pou yo andire anba difikilte yo te jwenn lè yo te antre nan peyi Bondye te pwomèt yo a ak lè yo t ap pran peyi a. Pawòl sa yo ka ban nou fòs tou pou n travèse gwo tribilasyon an e pou n antre nan Paradi a. Se sa k fè, nou dwe toujou ret atache ak Jewova sèlman. Nou dwe renmen l epi sèvi l ak tout kè nou, ak tout lespri nou e ak tout fòs nou e n dwe travay di pou n kontinye viv ak frè nou yo nan lapè ak tèt ansanm. Si n kontinye fè bagay sa yo, lè Jezi ap jije nou, l ap konsidere nou tankou mouton e n pral viv verite ki nan pawòl sa yo ki di: “Vini, nou menm Papa m beni, vin resevwa Wayòm ki te prepare pou nou depi lè monn nan te fonde a.” — Mat. 25:34. w16.06 3:2, 20.

Mèkredi 7 fevriye

Kè a pi trèt pase tout lòt bagay. — Jer. 17:9.

Ògèy ka lakòz nou tonbe ap jistifye move konduit nou. Lè sa rive, nou pa tankou ajil ki maleyab. Èske yon frè oswa yon sè te janm fè w fache? Èske w te janm santi w tris paske w pèdi yon privilèj? Ki reyaksyon ou te genyen? Èske w te kite ògèy anvayi w, oubyen w te vin rann ou kont sa k pi enpòtan se fè lapè ak frè w la epi ret fidèl ak Jewova (Sòm 119:165; Kol. 3:13)? Lè yon moun kontinye fè yon peche e l menm ap kache sa l ap fè a, li ka difisil pou l aksepte konsèy Bondye bay. Lè sa a, li ka menm vin pi fasil pou l fè peche (Ekl. 8:11). Yon frè ki te gen abitid gade pònografi pandan yon tan te di: “Mwen te vin gen tandans ap kritike ansyen yo.” Move abitid li te genyen an te vin kraze relasyon l ak Jewova. Lè moun te vin konnen sa l t ap fè, li te vin jwenn èd nan men ansyen yo. Nou tout nou enpafè. Men, si n kòmanse ap kritike moun k ap ban nou konsèy yo, e si n ap jistifye tèt nou pou bagay mal nou fè olye n mande Bondye pou l padone nou e pou l ede nou, kè nou kapab vin di. w16.06 2:5, 6.

Jedi 8 fevriye

Sispann bay tèt nou pwoblèm pou vi nou. — Mat. 6:25.

Jezi te konnen disip li yo te abitye bay tèt yo pwoblèm pou sa y ap manje, pou sa y ap bwè e pou sa y ap met sou yo. Jezi te vle ede yo konprann rezon ki fè yo pa dwe bay tèt yo pwoblèm pou tout bagay sa yo. Li te konnen si yo bay tèt yo twòp pwoblèm, menmsi se pou bagay yo bezwen toutbon yo, yo ka vin bliye bagay ki pi enpòtan nan lavi a. Jezi te tèlman gen sousi pou disip li yo, li te avèti yo kont danje sa a kat lòt fwa ankò nan Diskou li te bay sou mòn nan (Mat. 6:27, 28, 31, 34). Jezi te konnen ki sa moun gen bezwen. Li te konnen “nan dènye jou yo”, disip li yo t ap viv nan epòk ki difisil anpil (2 Tim. 3:1). An reyalite, anpil moun jodi a pa ka jwenn travay, e lavi a ap vin pi chè. Nan anpil peyi, moun yo pòv anpil e yo pa gen anpil bagay pou yo manje oubyen yo pa jwenn anyen pou yo manje. Men, anplis de sa, Jezi te konnen lavi moun gen plis enpòtans pase manje ak rad. w16.07 1:8, 9.

Vandredi 9 fevriye

Mwen te vin yon sèvitè sekrè sa a, selon favè san parèy Bondye fè m. — Efe. 3:7.

Piske nou pa kapab obeyi Jewova yon fason ki pafè, nou pa merite okenn favè nan men l. An reyalite, se lanmò nou merite. Men sa wa Salomon te di: “Pa gen yon moun ki jis sou tè a ki toujou fè sa k byen e ki pa janm peche.” (Ekl. 7:20). Annapre, men sa apot Pòl te di: “Tout moun peche, e yo pa rive reflete glwa Bondye.” Epi li di: “Sa yon moun jwenn pou peche l fè se lanmò.” (Wom. 3:23; 6:23a). Piske Jewova renmen lèzòm anpil, li te voye “sèl Pitit Gason li fè a” vin mouri pou nou. Se te pi gwo aksyon li te kapab fè pou l montre favè san parèy li (Jan 3:16). Pòl te fè konnen Jezi “resevwa kouwòn glwa ak onè kounye a poutèt li te soufri jis li mouri, yon fason pou l te ka goute lanmò pou tout moun grasa favè san parèy Bondye a”. (Ebre 2:9.) Li klè, “kado Bondye bay [la] se lavi ki pap janm fini an grasa Kris Jezi, Seyè nou an”. — Wom. 6:23b. w16.07 3:3, 4.

Samdi 10 fevriye

Mwen pral fè yon moun pou ede l. — Jen. 2:18.

Se yon bagay ki nòmal pou moun marye. Men, ki jan maryaj te kòmanse e ki objektif li? Repons kesyon sa a ap ede n byen wè maryaj ak benediksyon ki gen ladan l. Bondye te kreye Adan, premye gason an, e l te mande l pou l bay bèt yo non. Adan te wè tout bèt gen parèy yo, “men li pa t gen yon moun kòm konpay pou ede l”. Konsa, Bondye te fè yon gwo dòmi pran Adan, li pran youn nan kòt li yo e li fè yon fi avè l. Jewova te mennen fi a bay Adan, e fi a te vin madanm Adan (Jen. 2:20-24). Jan n ka wè sa, maryaj se yon kado Jewova bay lèzòm. Plizyè ane annapre, Jezi te repete sa Jewova te di nan jaden Edenn nan: “Yon gason ap kite papa l ak manman l, li pral atache ak madanm li, e yo de a ap vin yon sèl chè.” (Mat. 19:4, 5). Piske Bondye te pran yon kòt nan Adan pou l kreye premye fi a, mesyedam yo te dwe rann yo kont youn te fèt pou lòt. Jewova pa t janm vle pou yon mari ak madanm li divòse oubyen pou yo ta ak plizyè moun anmenmtan. w16.08 1:1, 2.

Dimanch 11 fevriye

[Jezi] al anseye nan vil yo e l al preche ladan yo. — Mat. 11:1.

Jezi pa t toujou pale ak foul moun. Byen souvan, li te konn pale ak yon sèl moun, e l te fè sa tankou yon zanmi. Pa egzanp, li te gen yon bèl konvèsasyon ak yon fi ki te vin pran dlo nan yon pi toupre vil Sicha (Jan 4:5-30). Jezi te pale ak Matye Levi tou, yon mesye ki te yon pèseptè, e l te envite l vin disip li. Matye te aksepte envitasyon an e annapre li te envite Jezi ak lòt moun vin manje lakay li. Jezi te pale ak yon pakèt moun pandan l lakay Matye (Mat. 9:9; Lik 5:27-39). Jezi te pale ak Natanayèl tankou yon zanmi tou, menm lè Natanayèl pa t di bon pawòl sou moun Nazarèt yo. Piske Jezi te pale ak Natanayèl tankou yon zanmi, Natanayèl te chanje fason l te wè Jezi ki te moun Nazarèt. Epi, Natanayèl te vle aprann plis bagay sou Jezi (Jan 1:46-51). Egzanp Jezi montre nou lè n pale ak moun yo tankou yon zanmi e nou janti avèk yo, l ap pi fasil pou yo koute sa n ap di. Lè n fòme nouvo yo pou yo pale konsa, y ap pi renmen travay predikasyon an. w16.08 4:7-9.

Lendi 12 fevriye

Yon madanm pa dwe separe ak mari l. [...] E yon mari pa dwe kite madanm li. — 1 Kor. 7:10, 11.

Gen kèk moun marye, lè yo pa jwenn solisyon pou gwo pwoblèm yo rankontre nan maryaj yo, ki konn deside separe oswa divòse. Gen kèk moun marye ki ka panse pwoblèm yo genyen yo tèlman grav, yo dwe separe. Men, Jezi te montre jan separasyon se yon bagay ki serye lè l te repete prensip Bondye te bay okòmansman an konsènan maryaj, epi l te di: “Sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l.” (Mat. 19:3-6; Jen. 2:24). Se sa k fè Jewova vle pou mari ak madanm ret ansanm (1 Kor. 7:39). Nou tout bezwen sonje nou gen kont pou n rann Jewova pou tout aksyon nou fè. Sa ka ede n rezoud pwoblèm yo byen vit anvan yo vin pi grav. w16.08 2:10, 11.

Madi 13 fevriye

Pa kite sa ki mal pot laviktwa sou ou. — Wom. 12:21.

Nou dwe vijilan toutan. Poukisa? Se paske ènmi nou yo ka atake nou sanzatann oswa lè nou fèb. Si nou kontinye goumen kont sa ki mal, nou kapab pot laviktwa! Men, si nou bese vijilans nou e nou sispann goumen, lè sa a, Satan, monn li an ak feblès nou yo ka pot laviktwa sou nou. Kidonk, pa janm bay legen! Pinga w dekouraje e pinga w kite men w vin fèb (1 Pyè 5:9)! Pou n ka pot laviktwa, nou dwe sonje rezon ki fè n ap lite. N ap lite paske nou vle gen favè ak benediksyon Bondye. Men sa Ebre 11:6 di: “Yon moun k ap pwoche kot Bondye dwe kwè li egziste e li dwe kwè li tounen Sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre.” Chèche Jewova toutbonvre vle di nou dwe fè anpil efò si nou vle gen favè l. — Tra. 15:17. w16.09 2:4, 5.

Mèkredi 14 fevriye

Fè tout bagay pou glwa Bondye. — 1 Kor. 10:31.

Bib la se yon bon gid ki kapab ede n pran desizyon ki saj k ap onore Bondye. Aktout sa, sa nou met sou nou montre sa nou renmen. Stil nou renmen ak rad nou kapab achte ka pa menm ak stil lòt moun renmen ak sa yo kapab achte. Men, rad nou dwe toujou byen ranje, pwòp, senp, apwopriye pou okazyon an, e l dwe akseptab pou zòn n ap viv la. Li pa toujou fasil pou moun jwenn abiman ki senp e ki apwopriye. Gen anpil magazen ki vann sèlman rad ki alamòd. Se sa k fè, sa ka mande plis tan ak plis efò pou moun jwenn jip, wòb, kòsaj, oubyen pou yo chwazi kostim ak pantalon ki pa twò sere. Men, frè ak sè n yo ap wè efò nou fè pou n met rad ki bèl e ki apwopriye, e y ap bay sa anpil valè. Epitou, satisfaksyon nou jwenn dèske nou fè Papa nou ki nan syèl la nou renmen an jwenn glwa gen plis valè lontan pase kèlkeswa sakrifis nou ta ka fè pou n abiye yon fason ki ba l glwa. w16.09 3:15, 16.

Jedi 15 fevriye

Li blayi pati nò syèl la nan yon espas ki vid, li fè tè a ret pandye san pa gen anyen ki kenbe l. — Jòb 26:7.

Lè w sèvi ak egzanp, ou bay pitit ou okazyon pou l sèvi ak imajinasyon l. Sa ede yo reflechi ak leson ou vle anseye yo a, pou yo byen konprann li e pou yo sonje l. Ou ka sèvi ak egzanp pou w aprann pitit ou tout sa Bib la di egzak. Pa egzanp, konsidere sa ki di nan tèks pou jounen an. Pa annik di pitit ou se Pawòl Jewova enfòmasyon ki nan vèsè a ye. Olye de sa, ede l sèvi ak imajinasyon l. Ou kapab di l moun nan epòk Jòb la gendwa pa t kwè tè a pandye nan lespas. Pou yo menm, tout bagay te dwe chita sou yon lòt bagay, menm jan ak yon boul oswa yon wòch. Nan epòk sa a, potko gen pèsonn ki te montre tè a te pandye nan lespas, piske potko gen teleskòp oswa veso spasyal. Leson nou ka aprann, menm lè yo te ekri Bib la depi byen lontan, li toujou egzak paske li se Pawòl Jewova. — Ney. 9:6. w16.09 5:9, 12.

Vandredi 16 fevriye

Gen lafwa nan kè w. — Wom. 10:9.

Lè n gen lafwa nan Jewova ak Jezi, nou pa sèlman konnen sa yo fè pou nou ak sa yo pral fè pou nou. Mete sou sa, nou vin anvi viv fason yo anseye nou viv la. Epi, nou vrèman anvi ede lòt moun aprann konnen yo. Pou n gen lavi ki pap janm fini an nan monn nouvo Bondye pwomèt la, nou dwe gen lafwa e nou dwe kontinye gen yon lafwa solid. Lafwa tankou yon plant. Nou bezwen kontinye wouze yon plant pou l ka ret anfòm e pou l kontinye grandi. Men, si n pa byen wouze l, l ap fennen e l ap mouri. Menm jan an tou, nou bezwen asire nou lafwa nou toujou ret “solid” e l ap kontinye “grandi”. — Tit 2:2; 2 Tes. 1:3; Lik 22:32; Ebre 3:12. w16.10 4:4, 5.

Samdi 17 fevriye

Mesye ki te alatèt moun ki te nan gwo pozisyon nan palè a te ba yo lòt non. Li te rele Dànyèl Bèltechaza. — Dàn. 1:7.

Lè Babilónyen yo te mennen Dànyèl ak zanmi l yo ann egzil nan peyi Babilòn, yo te eseye fòse yo aksepte kilti yo ak relijyon yo. Ki jan yo te fè sa? Yo te anseye yo “lang moun peyi Kalde yo” e yo te ba yo non babilónyen (Dàn. 1:3-7). Nouvo non yo te bay Dànyèl la te gen rapò ak Bèl, dye prensipal peyi Babilòn nan. Petèt se paske wa Nebikadneza te vle kwè dye Babilòn sa a pi pisan pase Jewova, Bondye Dànyèl la, ki fè l te fè sa (Dàn. 4:8). Lè Dànyèl te nan peyi Babilòn, yo te ofri l manje ki gen bon gou wa a te konn manje yo. Men, li te “byen deside nan kè l” pou l pa dezobeyi lwa Bondye yo (Dàn. 1:8). Piske l te kontinye etidye “woulo ki sakre” ki te ann ebre yo, li te kenbe yon relasyon solid ak Jewova pandan l te nan yon peyi etranje. (Dàn. 9:2, nòt.) Anviwon 70 an apre l te fin rive Babilòn, yo te toujou konnen l sou non ebre li te genyen an, anpalan de Dànyèl. — Dàn. 5:13. w16.10 2:7, 8.

Dimanch 18 fevriye

Yo te ale kote lespri a te pouse yo ale. — Eze. 1:20.

Depi 1919, Jezi ap itilize “esklav fidèl ki prevwayan an” pou ede pèp Bondye a konprann sa Bib la anseye epi obeyi sa l di (Mat. 24:45-47). Lè n obeyi Bib la, nou pèmèt kongregasyon an rete pwòp, nou pèmèt li gen lapè ak tèt ansanm. Mande tèt ou: ‘Èske m ap fidèl ak Jezi lè m suiv enstriksyon esklav fidèl la bay?’ Grasa Bib la, nou aprann sèvitè Jewova yo ki nan syèl la òganize tou. Pa egzanp, Ezekyèl te fè yon vizyon kote l te wè Jewova ki sou yon cha ki te kapab avanse byen vit nan nenpòt direksyon Jewova vle l ale (Eze. 1:4-28). Talè konsa, Kris ak zanj li yo pral detwi monn mechan sa a. Pèsonn pap dezonore Jewova ak non Jewova ankò, oubyen kritike fason l ap dirije a! w16.11 3:9, 10.

Lendi 19 fevriye

Annou youn ankouraje lòt, e se pou n fè sa plis toujou, vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche. — Ebre 10:25.

Menm jan ak premye disip yo, nou reyini ansanm pou n aprann konnen Jewova e pou n ankouraje youn lòt (1 Kor. 14:31). Menm moun ki gen lontan depi y ap sèvi Jewova yo bezwen ankourajman. Ann pran egzanp Jozye. Lè Izrayelit yo te prèske antre nan peyi Jewova te pwomèt yo a, Jewova te chwazi Jozye pou gide yo. Malgre sa, Jewova te di Moyiz pou l ankouraje Jozye byenke Jozye te gen anpil ane depi l ap sèvi Jewova. Men sa Jewova te di: “Mete Jozye chèf nan plas ou, ankouraje l epi ba l fòs. Paske, se li menm k ap travèse ak pèp la e k ap fè yo pran peyi ou pral wè a.” (Det. 3:27, 28). Jozye te bezwen ankourajman paske nasyon an t ap gen pou l fè anpil gè annapre e yo t ap menm pèdi youn pou pi piti (Joz. 7:1-9). Jodi a, nou kapab ankouraje ansyen yo ak siveyan sikonskripsyon yo k ap travay di pou pran swen pèp Bondye a. — 1 Tes. 5:12, 13. w16.11 1:12, 13.

Madi 20 fevriye

Mwen pral montre w jijman yo pral egzekite sou gwo pwostitye ki chita sou anpil dlo a. — Rev. 17:1.

Etidyan Labib yo te konprann sa pa t sifi pou yo annik di fanmi yo, bon zanmi yo ak moun ki te nan menm legliz ak yo yo pa t ap soutni fo relijyon ankò. Yo te vle lemonnantye konnen Gran Babilòn nan se yon pwostitye nan domèn relijye! Se sa k fè, ant mwa desanm 1917 ak kòmansman ane 1918, kèk milye Etidyan Labib ki te genyen yo te chofe pou yo distribye 10 000 000 feyè ki te gen yon atik ki gen tit “Babilòn tonbe”. Nan feyè sa a, yo pa t pè bay laverite sou lakretyente. Jan nou ka imajine sa, se pa ti fache dirijan legliz yo te fache! Men, sa pa t fè Etidyan Labib yo kanpe. Yo te detèmine pou yo kontinye preche e pou yo obeyi ‘Bondye antanke chèf olye yo obeyi lèzòm’. (Tra. 5:29.) Ki sa sa montre nou? Sa montre n, pandan Premye Gè mondyal la, kretyen sa yo, gason kou fi, pa t vin prizonye, okontrè, yo te libere tèt yo anba fo relijyon e yo te ede lòt moun fè menm jan an. w16.11 5:2, 4.

Mèkredi 21 fevriye

Moun k ap mache selon lachè fikse panse yo sou bagay lachè, men moun k ap mache selon lespri fikse panse yo sou bagay lespri. — Wom. 8:5.

Gen moun ki panse Pòl t ap pale de moun ki pa t kretyen ak moun ki te kretyen. Men, se kretyen yo Pòl t ap ekri lè sa a, anpalan de “moun yo rele pou vin sen yo”. (Wom. 1:7.) Kidonk, ni moun ki t ap mache “selon lachè” yo, ni moun ki t ap mache “selon lespri” yo se kretyen yo te ye. Ki sa Pòl te vle di lè l te pale de moun k ap mache “selon lachè” yo? Men sa Pòl te di : “Lè nou t ap viv selon lachè, dezi ki mennen nan peche, dezi Lalwa te devwale yo, t ap travay nan kò nou.” (Wom. 7:5). Nan vèsè sa a, Pòl te esplike moun k ap mache “selon lachè” yo se moun ki fikse lespri yo sou dezi yo genyen ki mennen nan peche e yo suiv dezi sa yo, moun sa yo fè sa yo vle. w16.12 2:5, 7.

Jedi 22 fevriye

Byennere moun Bondye padone sa li fè ki mal. — Sòm 32:1.

Pafwa, gen moun ki konn ap bay tèt yo pwoblèm pou peche yo te fè nan tan lontan. Gende lè, wa David te santi pwoblèm yo twòp pou li. Men sa l te di: “Tristès ki nan kè m fè m ap plenn byen fò.” (Sòm 38:3, 4, 8, 18). David te fè yon bagay ki saj anpil nan sitiyasyon sa a. Li te met konfyans li nan mizèrikòd ak padon Jewova. Finalman, David te santi l kontan dèske l te konnen Bondye padone l (Sòm 32:2, 3, 5). Pafwa, ou gendwa ap enkyete w pou sa k ap pase kounye a. Pa egzanp, lè David te ekri Sòm 55 lan, li te pè pou yo pa touye l (Sòm 55:2-5). Aktout sa, li pa t kite tètchaje fè l pa fè Jewova konfyans ankò. David te sipliye Jewova pou l mande l ede l ak pwoblèm li yo, men li te konnen l te enpòtan tou pou l fè yon bagay nan sitiyasyon l te ye a (2 Sam. 15:30-34). Ou ka aprann yon leson nan egzanp David. Olye w kite enkyetid anvayi w, fè sa w kapab pou w rezoud pwoblèm nan, epi ou mèt gen konfyans Jewova ap pran swen w. w16.12 3:14, 15.

Vandredi 23 fevriye

Mwen peche kont Jewova. — 2 Sam. 12:13.

David te aksepte koreksyon yon moun ki te reprezante Jewova te ba li, anpalan de pwofèt Natan. David te priye Jewova, li te konfese l peche l yo e l te fè konnen ak tout kè l li ta renmen jwenn favè Jewova ankò (Sòm 51:1-17). Olye David te kite lawont anpeche l fè efò, li te tire leson nan erè l te fè yo. Li pa t janm fè peche grav sa yo ankò. Plizyè ane annapre, li te mouri fidèl, e Jewova pa janm bliye jan l te yon moun ki fidèl (Ebre 11:32-34). Ki sa n ka aprann nan egzanp David? Si nou fè yon peche grav, nou dwe repanti ak tout kè nou e nou dwe mande Jewova padon. Nou dwe konfese peche nou yo ba li (1 Jan 1:9). Nou dwe al kot ansyen yo tou, yo menm ki kapab ban nou èd nan domèn espirityèl (Jak 5:14-16). Lè n pwofite dispozisyon Jewova pran yo, nou montre nou gen konfyans nan pwomès li fè pou l geri nou e pou l padone nou. Apre sa, li bon pou n tire leson nan erè nou, pou n kontinye nan sèvis nou pou Jewova, e pou n gen konfyans bagay yo ap mache byen alavni. — Ebre 12:12, 13. w17.01 1:13, 14.

Samdi 24 fevriye

Pa kite sèvitè w la fè sa li pa gen dwa fè. — Sòm 19:13.

Ki lè yon moun fè “sa li pa gen dwa fè”? Se lè l aji san reflechi oubyen li fè espre fè yon bagay li pa gen otorizasyon fè. Piske nou eritye peche, nou tout konn pran dwa ki pa pou nou pafwa. Men, jan egzanp wa Sayil la montre sa, si n gen abitid pran dwa ki pa pou nou, towouta n ap gen gwo pwoblèm ak Bondye. Men sa Sòm 119:21 di konsènan Jewova: “Ou disipline moun ki pran dwa ki pa pou yo.” Ki rezon ki fè l fè sa? Premyèman, lè nou aji yon fason ki montre nou pa konn limit nou, nou pa onore Jewova antanke Souvren ki gen dwa pou dirije nou an. Dezyèmman, lè nou fè plis pase sa nou gen dwa fè, nou ka vin gen pwoblèm ak lòt moun (Pwo. 13:10). Epi twazyèmman, lè sa parèt klè nou te pran dwa ki pa nou, nou ka wont (Lik 14:8, 9). Sa pa konn fini byen pou moun ki pran dwa ki pa pou yo. Jan Ekriti yo montre sa, li toujou pi bon pou n konn limit nou. w17.01 3:4, 5.

Dimanch 25 fevriye

Se yo menm ki mal aji, yo pa pitit li, se nan yo pwoblèm nan ye. — Det. 32:5.

Piske Adan pa t pafè ankò, li pa t ap ka reflete kalite Bondye genyen yo yon fason ki pafè. Adan pa t sèlman pèdi yon bèl avni pou tèt li, men li te kite enpèfeksyon, peche ak lanmò pou desandan l yo (Wom. 5:12). Li te fè desandan l yo pèdi posiblite pou yo viv pou toutan. Mete sou sa, Adan ak Èv pa t ap ka fè yon pitit ki pafè e okenn nan pitit yo pa t ap ka fè yon pitit ki pafè. Apre Satan Ledyab te fin fè Adan ak Èv vire do bay Bondye, li kontinye ap twonpe moun jis jounen jodi a (Jan 8:44). Aktout sa, Bondye toujou gen lanmou pou lèzòm. Malgre rebelyon Adan ak Èv te fè a, Jewova vle pou lèzòm vin gen bon relasyon avè l. Li pa ta renmen okenn moun mouri (2 Pyè 3:9). Se sa k fè, tousuit apre rebelyon an, Bondye te pran dispozisyon pou l bay lèzòm posiblite pou yo ka vin zanmi l ankò toutpandan Bondye t ap respekte prensip li yo ki jis. — Jan 3:16. w17.02 1:12-14.

Lendi 26 fevriye

Moun k ap chèche konsèy gen sajès. — Pwo. 13:10.

N ap bay wòl nou nan sèvis Jewova a plis valè lè n chèche sa ki bon lakay lòt moun menm jan ak Jewova. Olye pou n ap chèche atire atansyon sou nou oubyen pou n toujou ap chèche pran devan, avèk imilite, n ap chèche konsèy pi souvan nan men lòt moun e n ap suiv sijesyon yo ban nou. N ap rejwi avèk yo lè yo ba yo privilèj. Epi, n ap fè louwanj pou Jewova lè n wè fason li beni “tout frè nou yo nan monn nan”. (1 Pyè 5:9.) Anplis de sa, n ap vin gen bon jijman lè nou aprann wè bagay yo menm jan ak Jewova e nou fè sa avèk imilite. Lè n etidye Labib regilyèman, nou priye Jewova, e nou aplike sa nou aprann yo, ofiramezi n ap vin gen yon pi bon konsyans (1 Tim. 1:5). Nou aprann mete lòt moun anvan nou. Si n fè sa n dwe fè, Jewova pwomèt l ap “fin fòme nou”, sa vle di l ap ede nou vin pi byen konn limit nou ak lòt kalite l genyen yo. — 1 Pyè 5:10. w17.01 4:17, 18.

Madi 27 fevriye

Ansyen k ap byen dirije yo merite yon onè doub, sitou sa yo k ap travay di nan pawòl la ak nan ansèyman an. — 1 Tim. 5:17.

Pa gen dout, moun ki fanmi nou nan lafwa merite onè ak respè, sitou ansyen yo k ap dirije nou. Nou onore frè sa yo kèlkeswa nasyonalite yo, edikasyon yo, ran sosyal yo oswa sitiyasyon ekonomik yo. Bib la pale de yo antanke “gason kòm kado”, e yo jwe yon wòl enpòtan nan dispozisyon Bondye pran pou l pran swen pèp li a (Efe. 4:8). Panse ak ansyen yo nan kongregasyon an, siveyan sikonskripsyon yo, manm Komite filyal yo ak manm Kolèj santral la. Frè ak sè nou yo nan premye syèk la te gen gwo respè pou frè yo te nome pou dirije yo, e se menm santiman sa a nou genyen jodi a. Nou pa konsidere reprezantan òganizasyon an moun byen konnen yo tankou idòl oubyen nou pa aji an prezans yo kòmsi se zanj yo ye. Aktout sa, nou respekte frè sa yo e nou onore yo pou travay di yo fè e pou imilite yo. — 2 Kor. 1:24; Rev. 19:10. w17.03 1:13.

Mèkredi 28 fevriye

Poukisa w rele m bon? Pa gen yon moun ki bon, yon sèl bon ki genyen, se Bondye. — Mak 10:18.

Jezi pa t menm moun ditou ak Ewòd Agripa 1ye ki te vin wa nan Jide. Piske Ewòd te yon gwo fonksyonè, yon lè li te met “abiman wa l sou li”. Foul moun ki t ap admire l yo t ap rele byen fò: “Sa a se vwa yon dye, se pa vwa yon moun!” Se sèten, Ewòd te kontan anpil lè yo t ap fè lwanj pou li konsa. Men, “menm kote a, yon zanj Jewova frape l, paske li te aksepte resevwa yon glwa ki pou Bondye sèlman. Yon seri vè [te] fini avè l epi li mouri”. (Tra. 12:21-23.) Se sèten, pa gen yon moun ki gen bonsans ki te la ki t ap janm panse se Jewova ki te chwazi Ewòd kòm dirijan. Jezi, bò kote pa l, te bay prèv byen klè ki montre se Bondye ki te chwazi l, e l te toujou bay Jewova glwa antanke pi Gwo Chèf k ap dirije pèp li a. Jezi pa t ap gen pou l dirije pandan kèk ane sèlman. Men sa Jezi te fè konnen apre Bondye te fin resisite l: “Mwen resevwa tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a.” “Epi gade! mwen avèk nou toule jou rive jis nan fen sistèm nan.” — Mat. 28:18-20. w17.02 3:20, 21.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje