Desanm
Samdi 1ye desanm
Kenbe tèt ak li, rete fèm nan lafwa, piske nou konnen se menm kalite soufrans lan tout frè nou yo nan monn nan ap jwenn. — 1 Pyè 5:9.
Apot Pyè te ekri pawòl sa yo pou l ankouraje kretyen yo andire anba pakèt eprèv yo t ap jwenn nan men Satan yo. Eksperyans “moun ki andire yo” fè yo aprann nou fason pou n ret fidèl, li fè n gen asirans nou kapab reyisi e l fè n sonje n ap jwenn rekonpans pou fidelite nou (Jak 5:11). Èske w ap fè fas ak gwo opozisyon oswa menm pèsekisyon? Èske w se yon ansyen nan kongregasyon an oswa yon siveyan sikonskripsyon e w santi w dekouraje akoz pakèt responsablite w genyen yo? Si se wi, egzanp Pòl ka ede w. Pòl te jwenn yon pakèt gwo pèsekisyon e l te toujou ap enkyete l pou frè yo nan kongregasyon an (2 Kor. 11:23-29). Men, Pòl pa t janm bay vag e egzanp li te fòtifye lòt moun (2 Kor. 1:6). Menm jan an tou, lè w andire, ou ka ankouraje lòt moun pou yo andire. w16.04 2:11, 14.
Dimanch 2 desanm
Ale, epi fè disip pami moun tout nasyon. [...] Anseye yo. — Mat. 28:19, 20.
Jezi te fè konnen nan dènye jou yo, tout moun t ap gen pou yo tande bon nouvèl konsènan Wayòm nan (Mat. 24:14). Antanke Temwen Jewova, se toupatou nan monn nan yo rekonèt nou pou travay predikasyon nou an. Gen kèk moun ki renmen mesaj n ap preche a e gen lòt ki pa renmen l. Sepandan, menm pami moun ki pa renmen mesaj nou an, genyen ki respekte nou pou travay n ap fè a. Gen anpil gwoup relijye ki fè konnen y ap preche mesaj Jezi a. Men, predikasyon yo a gen yon limit, li rete sèlman nan diskou yo bay nan legliz, nan televizyon, sou Entènèt oubyen yo ka sèlman di lòt moun kòman yo te aprann konnen Jezi. Gen lòt moun ki santi lè yo ede moun ki nan bezwen oswa yo fè kèk zèv charite tankou travay antanke doktè, enfimyè ak anseyan, se fason pa yo pou yo preche. Men, èske se bagay sa yo ki travay predikasyon Jezi t ap pale a? w16.05 2:1, 2.
Lendi 3 desanm
Mwen mande pou m al devan Seza. — Tra. 25:11.
Depi 1914, gouvènman lèzòm yo vin ènmi Wayòm Bondye a. Talè konsa, Wayòm sa a pral elimine tout gouvènman lèzòm yo (Sòm 2:2, 7-9). Bondye pèmèt gouvènman lèzòm yo egziste paske, nan yon sèten degre, yo ka pèmèt gen lapè ak lòd. Sa ede n preche bon nouvèl Wayòm Bondye a (Wom. 13:3, 4). Bondye menm mande pou n priye pou moun k ap dirije yo yon fason pou nou ka adore l nan lapè (1 Tim. 2:1, 2). Lè kèk moun pa byen boule avè n, nou ka al chèche èd nan men otorite gouvènman yo. Se sa Pòl te fè. Se vre Bib la fè konnen se Satan k ap kontwole gouvènman lèzòm yo, men, Bib la pa janm di Satan gen kontwòl chak moun ki gen otorite nan yon gouvènman (Lik 4:5, 6). Se sa k fè, nou pa dwe janm fè okenn moun panse se Dyab la k ap dirije yon otorite an patikilye nan yon gouvènman. Bib la fè konnen nou pa dwe pale lòt moun mal. — Tit 3:1, 2. w16.04 4:5, 6.
Madi 4 desanm
Kontinye chèche konprann sa volonte Jewova ye. — Efe. 5:17.
Nou ka mande tèt nou ki jan n ap fè konn sa k ap fè Jewova plezi? Lè pa gen yon lwa byen klè nan Bib la pou sitiyasyon n ap viv la, nou dwe chèche konprann sa Jewova vle nou fè. Ki jan n ka fè sa? Nou bezwen priye l, epi kite lespri sen l gide nou. Jezi te toujou chèche konprann ki sa Jewova vle l fè. Pa egzanp, pandan de fwa, te gen foul moun ki te grangou, Jezi te priye, epi l te fè yon mirak pou l ba yo manje (Mat. 14:17-20; 15:34-37). Men, lè Jezi te grangou nan dezè a e Dyab la te vle l fè wòch tounen pen, Jezi te refize fè sa (Mat. 4:2-4). Li te byen konn Papa l, li te konnen Jewova pa t ap vle l itilize lespri sen pou l satisfè bezwen pèsonèl li. Li te gen konfyans Papa l t ap gide l e l t ap ba l manje lè l bezwen manje. w16.05 3:7, 8.
Mèkredi 5 desanm
Tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo, e yo itil. — 2 Tim. 3:16.
Gen kèk pati nan Bib la yo te ekri pou kèk moun an patikilye oswa pou yon gwoup moun. Pou rezon sa a, anvan nou li Bib la, Pawòl Bondye a, nou bezwen mande Jewova pou l ouvri lespri nou e pou l ban nou sajès pou n rive wè leson li vle nou aprann yo (Esd. 7:10; Jak 1:5). Lè w ap li Bib la, fè yon ti poz epi poze tèt ou kesyon tankou kesyon ki vin apre yo: ‘Ki sa enfòmasyon sa a aprann mwen sou Jewova? Ki jan m ka itilize l nan lavi m? Ki jan m ka itilize l pou m ede lòt moun?’ Lè n medite sou kesyon sa yo, se sèten n ap pi byen pwofite lekti Labib nou. Ann pran yon egzanp. Bib la pale sou kèk kondisyon yon moun dwe ranpli pou l vin ansyen (1 Tim. 3:2-7). Epoutan, pifò nan nou pa ansyen, sa ka fè n panse enfòmasyon sa a pap itil nou anyen. Men, lis kondisyon sa yo kapab itil nou tout plizyè fason. w16.05 5:7, 8.
Jedi 6 desanm
Tande sa, [...] menm jan ak ajil ki nan men yon atizan ki konn travay ak ajil, se konsa nou ye nan men m. — Jer. 18:6.
Lè yo te mennen Juif yo ann egzil Babilòn, yo te jwenn anpil zidòl nan vil la ansanm ak moun ki t ap sèvi movèzespri. Malgre sa, Juif fidèl yo, tankou Dànyèl ak twa zanmi l yo, te refize kite moun Babilòn yo ba yo fòm (Dàn. 1:6, 8, 12; 3:16-18). Dànyèl ak zanmi l yo te aksepte Jewova kòm Atizan k ap ba yo fòm nan e se sèl li menm yo te kontinye adore. Malgre Dànyèl te pase pifò tan nan lavi l Babilòn, nan yon move anviwònman, zanj Bondye a te di li se yon moun “ki gen anpil valè”. (Dàn. 10:11, 19.) Nan tan biblik yo, yon atizan te konn mete ajil nan yon moul pou l ka ba l fòm. Jodi a, vrè adoratè Jewova yo konnen Jewova se Dirijan tout linivè e l gen pouvwa pou l bay nasyon yo fòm (Jer. 18:6). Mete sou sa, Bondye gen pouvwa pou l bay nou chak la fòm. Sepandan, Jewova pa fòse pèsonn moun chanje. Olye de sa, li vle pou se nou menm ki dispoze kite l ban nou fòm. w16.06 2:1, 2.
Vandredi 7 desanm
Se pou fason n ap viv pa gen lanmou pou lajan ladan l. — Ebre 13:5.
Satan vle nou kwè n ap ka jwi lavi a sèlman si n gen anpil bagay materyèl. Se sa k fè li sèvi ak monn li an ak “dezi je” pou l eseye fè n toujou anvi gen plis bagay (1 Jan 2:15-17; Jen. 3:6; Pwo. 27:20). Se toutan n ap wè oswa tande reklam k ap eseye fè n achte pwodui ki fèk parèt. Èske sa pa janm rive w ou achte yon bagay sèlman paske l te parèt bèl nan magazen oubyen paske w te wè l nan yon reklam? Si sa deja rive w, petèt ou te vin rann ou kont ou pa t vrèman bezwen l. Lè n kontinye achte bagay nou pa bezwen, nou konplike lavi nou. Bagay sa yo ka fè n pa konsantre sou sèvis n ap bay Jewova a. Pa egzanp, nou ka vin pa gen ase tan pou n etidye Labib, pou n prepare reyinyon yo, pou n asiste yo e pou n patisipe nan travay predikasyon an regilyèman. Sonje avètisman apot Jan te bay la: “Se pase monn nan ap pase, e dezi li genyen ap pase tou.” w16.07 1:3, 4.
Samdi 8 desanm
Se vre gen anpil “dye” [...], pou nou menm, gen yon sèl Bondye. — 1 Kor. 8:5, 6.
Nan premye syèk la, te gen ni Juif, ni Grèk, ni Women ansanm ak moun lòt nasyon nan kongregasyon kretyen an. Yo pa t grandi nan menm kilti, yo pa t gen menm abitid e yo pa t renmen menm bagay. Piske se konsa sa te ye, li te difisil pou kèk nan yo aksepte nouvo fason Bondye te mande pou yo adore l la oswa pou yo te vire do bay bagay yo te konn pratike yo. Pou rezon sa a, Pòl te fè yo sonje kretyen yo gen yon sèl Bondye ki se Jewova. Ki sa n ka di konsènan kongregasyon kretyen an jodi a? Pwofèt Ezayi te fè konnen “nan dènye jou yo” moun ki soti nan tout nasyon t ap gen pou yo vin adore Jewova ansanm. Men sa yo t ap di: “[Jewova] ap fè nou konnen wout li yo, e n ap mache nan chemen l yo.” (Eza. 2:2, 3). Nou kontan dèske n wè pwofesi sa a ap reyalize jodi a! Frè ak sè n yo soti nan plizyè peyi, yo pale plizyè lang e yo pa gen menm kilti. Sepandan, n ap adore Jewova nan tèt ansanm. w16.06 3:15, 16.
Dimanch 9 desanm
Li resisite nou ansanm ak Kris Jezi, e li fè nou chita ansanm avè l nan syèl la, ann inyon ak Kris Jezi. — Efe. 2:6.
Li pa fasil pou n imajine bèl bagay Jewova prepare pou kretyen li chwazi pou al nan syèl la lè yo pral dirije ansanm ak Kris (Lik 22:28-30; Fil. 3:20, 21; 1 Jan 3:2). Se yo ki pral “Nouvo Jerizalèm nan,” oswa lamarye a, madanm Kris la (Rev. 3:12; 17:14; 21:2, 9, 10). Yo pral travay ansanm ak Jezi pou yo “geri nasyon yo”. Yo pral ede lèzòm libere anba peche ak lanmò e y ap ede yo vin pafè (Rev. 22:1, 2, 17). Youn nan pi gwo fason Jewova pral demontre favè san parèy li a sou tè a se lè l pral resisite moun ki nan “Tonm” yo (Jòb 14:13-15; Jan 5:28, 29). Ki moun k ap resisite? Se gason ak fi ki te fidèl e ki mouri anvan Kris te mouri ansanm ak moun ki fè pati “lòt mouton” yo ki mouri fidèl anvè Jewova pandan dènye jou yo. Tout moun fidèl sa yo pral resisite pou yo kontinye sèvi Jewova. — Jan 10:16. w16.07 4:13-15.
Lendi 10 desanm
Nan yon moman konsa se dòmi n ap dòmi, se repoze n ap repoze! — Mak 14:41.
Ki sa k ap ede nou “rete je klè” e pou n pare pou jou Jewova a? Nou bezwen gen anpil volonte pou n kontinye fè sa ki byen. Men, sa pa sifi. Kèk jou anvan Jezi te mouri, li te di disip li yo yo te bezwen kontinye priye Jewova pou yo mande l èd (Lik 21:36). Pou n ka ret veyatif nan tan lafen sa a, nou menm tou nou dwe priye Jewova toutan (1 Pyè 4:7). Jezi te di lafen an ap vini “nan yon lè nou pa panse”. (Mat. 24:44.) Kidonk, se pou n toujou pare. Kounye a, se pa moman pou n ap chèche viv fason monn Satan an di k ap ban nou kè kontan an. Se jis yon rèv sa ye. Okontrè, grasa Bib la, Jewova ak Jezi fè n konn ki jan pou n kontinye veye. Ebyen, ann bay pwofesi ki nan Bib la ak fason y ap reyalize anpil enpòtans. Epi, se pou nou kontinye pwoche pi pre Jewova e se pou n met Wayòm li an an premye nan lavi nou! Lè sa a, n ap pare lè lafen an rive (Rev. 22:20). Lavi nou depann de sa. w16.07 2:15-17.
Madi 11 desanm
Se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè nou. — Kol. 3:13.
Yon maryaj kapab vin djanm si moun ki marye yo deside pou “youn kontinye sipòte lòt e [...] pou youn kontinye padone lòt ak tout kè” yo. Piske moun ki marye yo pa pafè, yo toule de ap fè erè. Lè sa rive, yo ka aprann nan erè yo fè, yo ka aprann padone epi montre lanmou ki baze sou prensip biblik la. Lanmou sa a se “yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay”. (Kol. 3:14.) Moun ki marye yo ka demontre kalite lanmou sa a lè yo gen pasyans ak jantiyès e lè yo pa “note bagay mal” youn fè lòt (1 Kor. 13:4, 5). Lè gen dezakò, moun marye yo dwe eseye rezoud pwoblèm yo kou sa posib, anvan jounen an fini (Efe. 4:26, 27). Sa mande imilite ak kouraj pou yon moun di: “Mwen regrèt mwen fè w lapenn.” Men, lè moun marye yo fè sa, sa ede yo rezoud pwoblèm yo e sa fè yo vin pi pwòch youn ak lòt. w16.08 2:6.
Mèkredi 12 desanm
M ap ban nou bon fòmasyon. — Pwo. 4:2.
Jezi te travay di anpil pou l preche mesaj Wayòm nan. Epitou, li te pase yon pakèt tan ap bay disip li yo fòmasyon. Li te montre yo fason pou yo anseye ak fason pou yo pran swen pèp Bondye a. Disip yo te aprann fason pou yo vin tankou bèje k ap pran swen mouton yo (Mat. 10:5-7). Filip te okipe anpil nan travay predikasyon an, men li te bay pitit fi l yo fòmasyon pou yo fè menm travay la (Tra. 21:8, 9). Poukisa li nesesè pou n bay lòt moun fòmasyon jodi a? Toupatou sou tè a, gen anpil nouvo ki poko batize nan kongregasyon yo e yo bezwen fòmasyon. Nou dwe ede yo konprann rezon ki fè li bon pou yo li Labib e pou yo fè etid pèsonèl yo ladan l. Epi, nou bezwen ba yo fòmasyon pou yo preche bon nouvèl la e pou yo anseye lòt moun. Frè yo bezwen fòmasyon pou yo kapab kalifye pou yo vin sèvitè ministeryèl oswa ansyen. Tout moun nan kongregasyon an ka fè anpil efò pou ede nouvo yo. w16.08 4:1, 2.
Jedi 13 desanm
Se pou nou bay men moun ki fèb yo fòs, se pou nou fè jenou moun k ap tranble yo vin djanm. — Eza. 35:3.
Lè nou travay ansanm ak frè ak sè yo, sa fè nou vin gen plis tèt ansanm. Mete sou sa, sa ede n fè yon seri zanmi k ap dire lontan e sa fè n gen plis konfyans nan benediksyon Wayòm Bondye a pral pote talè konsa. Lè nou fòtifye men lòt moun, nou ede yo andire anba yon seri sitiyasyon difisil e nou ede yo gen bonjan espwa pou lavni (Eza. 35:4). Mete sou sa, lè n ede lòt moun, sa bay men nou fòs e sa ede nou kenbe lespri nou fikse sou lavni. Lè nou reflechi sou fason Jewova te ede sèvitè fidèl li yo nan tan lontan ak fason l te pwoteje yo, lafwa ak konfyans nou gen nan li vin djanm. Se sa k fè, lè w gen pwoblèm e w santi w strese, “pinga w kite men w vin fèb”! (Sof. 3:16.) Si w priye Jewova pou w mande l èd, ou mèt gen asirans men l ki gen anpil fòs ap fè w vin djanm e l ap ede w jwenn benediksyon Wayòm nan ap pote yo talè konsa. — Sòm 73:23, 24. w16.09 1:16-18.
Vandredi 14 desanm
Gen yon lè pou chak aktivite ak chak aksyon. — Ekl. 3:17.
Lè sèvitè Bondye yo ap deside ki sa y ap mete, yo reflechi ak pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. Gen divès bagay ki ka gen efè sou sa n ap mete, tankou klima a, sezon yo, kondisyon n ap viv ak sitiyasyon nou. Men, prensip Jewova yo pa janm chanje (Mal. 3:6). Lè l fè cho, li pi difisil pou n veye pou abiman nou montre nou gen respè pou lòt moun e pou l senp. Frè ak sè nou yo kontan lè nou pa met rad ki tèlman sere oswa ki tèlman laj sa fè moun wè tout kò nou (Jòb 31:1). Mete sou sa, lè n nan plaj oswa nan pisin, sa nou mete pou n benyen yo dwe kòrèk (Pwo. 11:2, 20). Menmsi anpil moun nan monn nan ap benyen ak kostim deben kale kò, nou dwe asire nou sa nou chwazi met sou nou onore Jewova, Bondye nou an ki sen. w16.09 3:11, 12.
Samdi 15 desanm
Kiyès nou di mwen ye? — Mat. 16:15.
Byen souvan, Jezi te konn mande disip li yo nan ki sa yo kwè. Ou ka suiv egzanp li. Lè w ap fè ti pale ak pitit ou oubyen w ap fè yon bagay ansanm ak yo, mande yo sa yo panse e kite yo di w ki jan yo vrèman santi yo. Si pitit ou pa kouri kwè yon bagay Bib la anseye, se pou w gen pasyans. Ede yo jwenn repons kesyon yo poze yo. Li enpòtan pou pitit ou poze w kesyon, paske sa vle di yo vle konprann. Menm Jezi te poze kesyon lè l te jèn (Lik 2:46). Chèche byen konn pitit ou. Pa panse yo gen lafwa nan Jewova sèlman paske y al preche oubyen y al nan reyinyon. Ki santiman yo gen pou Jewova, e ki sa yo panse de Bib la? Fè tout sa w kapab pou w wè si gen yon bagay ki fè l difisil pou yo ret fidèl ak Jewova. Pale de Jewova chak jou ak pitit ou lè n ap fè kèk aktivite ansanm. Priye pou pitit ou, kit se lè w ansanm avèk yo, kit se lè w poukont ou. w16.09 5:3-5.
Dimanch 16 desanm
Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye. — Mat. 5:3.
Jodi a, anpil Temwen Jewova ap patisipe nan akonplisman pwofesi ki fè konnen yo t ap preche “moun tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp” bon nouvèl la (Rev. 14:6). Èske w se yon moun k ap aprann yon lòt lang? Gen moun k ap sèvi kòm misyonè oubyen k ap preche kote yo bezwen plis pwoklamatè nan lòt peyi. Gen lòt menm ki kòmanse asiste reyinyon nan yon kongregasyon lang etranje nan pwòp peyi yo. Tout sèvitè Jewova yo dwe bay relasyon yo gen avè l la ak relasyon fanmi yo gen avè l la priyorite. Poutan, pafwa, nou ka tèlman okipe, sa fè l difisil pou n jwenn tan pou n fè bonjan etid pèsonèl. Sepandan, moun ki nan yon kongregasyon lang etranje gen plis pwoblèm toujou. Moun ki nan yon kongregasyon lang etranje bezwen aprann yon nouvo lang, men tou, yo bezwen asire yo yo etidye bagay pwofon Bondye yo regilyèman. — 1 Kor. 2:10. w16.10 2:1-3.
Lendi 17 desanm
Moun ki pran epe ap peri anba epe. — Mat. 26:52.
Jodi a, gen anpil nan frè ak sè nou yo k ap sèvi Jewova ak kè kontan menm lè yo jwenn gwo pèsekisyon. Gen plizyè santèn ladan yo ki nan prizon nan peyi Eritre, Sengapou ak Kore disid paske yo refize “pran epe”. Pifò moun nan pèp Jewova a pa nan prizon oubyen yo pa maltrete yo. Men, anpil nan yo ap soufri akoz povrete, katastwòf natirèl oswa gè sivil. Gen lòt ki suiv egzanp Abraram, Izarak, Jakòb ak Moyiz, paske yo vire do bay gwo renome oswa richès pou yo ka ret konsantre sou sèvis y ap bay Jewova a. Ki sa k ede frè ak sè nou yo kenbe jwa yo toutpandan y ap sèvi Jewova? Se lanmou yo gen pou li ak lafwa solid yo gen nan pwomès li yo. Yo konnen li pral bay sèvitè fidèl li yo lavi ki pap janm fini an nan monn nouvo a kòm rekonpans, kote ki pap gen enjistis. — Sòm 37:5, 7, 9, 29. w16.10 3:15, 16.
Madi 18 desanm
Jewova toupre moun kè yo ap fann yo, li sove moun ki dekouraje yo. — Sòm 34:18, nòt.
Lè pwofèt Jeremi te pè e l te dekouraje, Jewova te pwomèt l ap ede l (Jer. 1:6-10). Jewova te voye yon zanj vin ankouraje pwofèt Dànyèl ki te granmoun. Zanj lan te di Dànyèl li “gen anpil valè” oswa “Bondye konsidere l anpil”. (Dàn. 10:8, 11, 18, 19, nòt.) Èske w ka ankouraje frè ak sè w yo menm jan an, san wete pyonye yo ak moun ki aje ki pa ka fè tout sa yo te konn abitye fè? Jewova te konnen li t ap bezwen ankouraje Jezi, Pitit li a, lè Jezi te sou tè a. Jezi te tande vwa Papa l k ap pale detan l nan syèl la lè l te kòmanse travay predikasyon l lan ak nan dènye ane li te pase sou tè a. Nan de okazyon, Jewova te di: “Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a.” (Mat. 3:17; 17:5). Konsa, Bondye te ankouraje Jezi e l te montre l fyè de li. Annapre, jou swa anvan Jezi te mouri a, Jezi te santi l boulvèse anpil. Jewova te ankouraje l lè l te voye yon zanj vin ba l fòs epi konsole l. — Lik 22:43. w16.11 1:7, 8.
Mèkredi 19 desanm
Pa kouri fache. — Ekl. 7:9.
Li pa toujou fasil pou n kontwole santiman nou. Nou ka santi nou tris anpil oubyen nou fache anpil si yon moun di yon bagay pou l manke n dega oubyen li trete nou yon fason ki enjis, petèt akoz kilti nou, koulè po nou, oubyen aparans nou. Epi, sa ka menm blese nou plis toujou si moun ki manke nou dega a oubyen ki mal boule ak nou an se yon frè oswa yon sè nou. Nan Bib la, Jewova ban nou fòmasyon k ap ede n kontwole emosyon nou, e li di nou: “Pa kouri fache.” Annik fè yon ti reflechi sou kantite pwoblèm nou evite lè n suiv konsèy sa a e nou pa fache fasil (Pwo. 16:32)! Mete sou sa, Bib la di nou dwe padone lòt moun. Anfèt, Jezi te di si nou pa padone lòt moun, Jewova pap padone nou (Mat. 6:14, 15). Èske w bezwen gen plis pasyans e w bezwen pi dispoze padone lòt moun? Si n pa kontwole santiman nou, nou ka ret an kòlè e nou ka menm kòmanse rayi moun. Oubyen nou ka lakòz kèk moun nan kongregasyon an santi yo menm jan ak nou. — Lev. 19:17, 18. w16.11 3:4-6.
Jedi 20 desanm
Ki relasyon ki genyen ant sa ki jis ak sa Lalwa kondane? Oubyen ki rapò ki genyen ant limyè ak fènwa? — 2 Kor. 6:14.
Nan zòn ane 1870 yo, Charles Taze Russell ak kèk lòt moun te kòmanse yon etid pwofon nan Bib la. Okòmansman, frè Russell te vle chèche konn ki relijyon ki t ap anseye laverite. Li te pran tan pou l konpare ansèyman relijyon ki di yo se kretyen yo ak sa Bib la di, e menm ansèyman relijyon ki pa kretyen yo. Byen vit, li te vin rann li kont pa t menm gen youn nan relijyon sa yo ki t ap suiv Pawòl Bondye a nèt. Yon lè, li te pale ak dirijan plizyè legliz nan zòn nan. Frè Russell te gen espwa yo t ap aksepte verite li menm ak gwoup li a te jwenn nan Bib la e yo t ap anseye kongregasyon yo te genyen yo verite sa yo. Men, dirijan legliz yo pa t enterese fè sa. Etidyan Labib yo pa t pran tan pou yo konprann yo pap ka adore Bondye ansanm ak moun ki nan fo relijyon. w16.11 4:14.
Vandredi 21 desanm
Prezante kò nou kòm esklav bay sa ki jis pou nou fè sa ki sen. — Wom. 6:19.
Nòmalman, nou evite fè adiltè, nou evite bwè pou n sou ak lòt peche grav ankò (1 Kor. 6:9-11). Mete sou sa, nou fè efò pou n evite kèlkeswa bagay ki pap fè Jewova plezi. Pa egzanp, nou pa sèlman evite imoralite seksyèl, men nou evite divètisman ki imoral tou. Nou pa sèlman evite bwè pou n sou, men nou evite bwè nan pwen pou n prèske sou tou. Sa ka mande anpil efò pou n reziste ak tantasyon sa yo, men se yon bagay ki posib. Objektif nou se suiv konsèy Pòl te bay la lè l te di: “Pa kite peche kontinye domine antanke wa sou kò nou ki ka mouri, pou l fè nou obeyi dezi kò nou genyen.” Se vre, nou pa ka evite tout kalite peche. Men, lè n konbat tout kalite peche, nou montre nou vrèman gen rekonesans pou favè san parèy Bondye ak Kris fè nou an. — Wom. 6:12; 7:18-20. w16.12 1:16, 19-21.
Samdi 22 desanm
Fwi lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, bonte, byenveyans, lafwa, dousè, metriz. — Gal. 5:22, 23.
Jezi te pwomèt nou Papa nou ap ban nou lespri sen lè nou mande l sa (Lik 11:10-13). Lespri sen Bondye, oswa fòs li, ede n chèche gen bèl kalite Bondye nou an ki toupisan genyen (Kol. 3:10). Nan Bib la, yo rele kalite sa yo “fwi lespri a”. Lè nou chèche gen bèl kalite sa yo, n ap vin gen pi bon relasyon ak lòt moun, e n ap evite sitiyasyon ki kapab lage n nan tètchaje. Ou bezwen gen imilite pou w fè “men Bondye ki pisan” an konfyans e pou w “lage tout tètchaje [ou] genyen sou li”. (1 Pyè 5:6, 7.) Si w gen imilite, Jewova ap soutni w e l ap pran swen w. Lè w aprann konnen sa w kapab fè ak sa w pa kapab fè, ou pap konte sou tèt ou. W ap gen mwens enkyetid paske w ap konte sou Bondye. — Miche 6:8. w16.12 3:7, 12.
Dimanch 23 desanm
Noye [te] yon moun ki t ap preche sa ki jis. — 2 Pyè 2:5.
Antanke “yon moun ki t ap preche sa ki jis”, Noye te preche mesaj avètisman Bondye te ba l la fidèlman. Pa gen dout, lefètke l te fè sa, sa te ede l kenbe lafwa l solid. Nonsèlman li te preche, men tou, li te sèvi ak fòs fizik li ansanm ak kapasite mantal li pou l fè travay Bondye te ba l fè a, sètadi pou l te konstwi yon lach (Ebre 11:7). Menm jan ak Noye, nou fè tout sa n kapab pou n gen “anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a”. (1 Kor. 15:58.) Travay sa a gen ladan l konstriksyon ak antretyen lokal nou itilize pou n adore Bondye, ofri tèt nou kòm volontè pou n ede lè gen asanble ak kongrè, oubyen fè travay yo ban nou fè nan yon biwo filyal oswa nan yon biwo tradiksyon ki pa nan yon filyal. Sa k pi enpòtan an, nou ret okipe nan travay predikasyon an, paske nou konnen travay sa a ap fòtifye esperans nou genyen pou lavni an. Vrèmanvre, lè nou patisipe nan travay predikasyon an sa fè n vin gen plis detèminasyon pou n pa abandone kous pou lavi a. — 1 Kor. 9:24. w17.01 1:8, 9.
Lendi 24 desanm
Chak moun ap pote pwòp chay pa l. — Gal. 6:5.
Youn nan limit libète nou genyen an se respè nou dwe montre pou dwa lòt moun genyen pou yo pran pwòp desizyon yo nan lavi a. Poukisa? Piske nou tout gen libète pou n deside, pa gen de kretyen k ap toujou pran egzakteman menm desizyon. Sa gen ladan l desizyon ki menm gen rapò ak konduit nou e ak adorasyon nou. Lè n rekonèt chak kretyen dwe “pote pwòp chay pa l”, n ap respekte dwa lòt moun genyen pou yo sèvi ak libète yo genyen pou yo deside a, sa ki gen ladan l dwa yo genyen pou yo pran pwòp desizyon yo nan kesyon ki gen mwens enpòtans yo (1 Kor. 10:32, 33). Se Jewova ki ban nou libète nou genyen pou nou deside a, e se sa ki fè nou gen vrè libète a (2 Kor. 3:17). Nou bay kado sa a anpil valè paske li pèmèt nou pran desizyon ki montre Jewova jan nou gen anpil lanmou pou li. Ann kontinye montre nou bay bèl kado sa a anpil valè lè nou itilize l yon fason k ap onore Bondye e lè nou respekte fason lòt moun chwazi itilize kado pa yo a. w17.01 2:15, 17, 18.
Madi 25 desanm
Se pa mwen poukont mwen ki deside fè anyen, men, se sa Papa a anseye m mwen di. — Jan 8:28.
Se pa lè n ap vante tèt nou oubyen n ap atire atansyon sou nou yon fason ki pa kòrèk nou fè lòt moun renmen nou, men, se lè nou demontre nou gen “yon lespri ki dou e ki pezib”. (1 Pyè 3:3, 4; Jer. 9:23, 24.) Si nou pran tèt nou pou yon pakèt afè nan kè nou, towouta, sa ap parèt nan aksyon nou. Pa egzanp, nou ka ap fè konprann nou gen privilèj espesyal, nou gen enfòmasyon lòt moun pa genyen, oubyen nou gen relasyon espesyal ak frè responsab yo. Oubyen, nou kapab ap esplike yon seri bagay kòmkwa se nou menm ki te vin ak ide yo oswa se nou menm ki te reyalize yo alòske gen lòt moun ki te patisipe tou. Jezi kite yon bèl egzanp pou nou. Yon bon pati nan sa l te di yo se te swa yon sitasyon ki sot nan Liv ki te ekri ann ebre yo oubyen yon referans li te fè ak yo. Avèk imilite, li te konn pale fason sa a pou moun ki t ap koute l yo te ka konnen se nan Jewova sa l t ap di yo soti, se pa ak pwòp entèlijans li oswa ak sajès li li te di yo. w17.01 4:12.
Mèkredi 26 desanm
Ou pa dwe manje nan fwi pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la. — Jen. 2:17.
Sa pa t difisil pou Adan ak Èv te konprann lwa sa a, ni sa pa t twò di pou yo obeyi l. Dayè, yo te gen plis manje pase sa yo te ka manje. Satan Ledyab te sèvi ak yon sèpan pou l twonpe Èv e pou l fè l dezobeyi Jewova, Papa l (Jen. 3:1-5; Rev. 12:9). Satan te fè konnen pitit Bondye yo sou tè a pa t gen dwa manje “fwi nan okenn pyebwa ki nan jaden an”. Se kòmsi l te di: ‘Ou vle di ou pa ka fè sa w vle?’ Annapre, li ba l yon manti kri, li di l: “Nou pap mouri pyès.” Epi, li eseye konvenk Èv li pa bezwen koute sa Bondye di a, lè l te di l: “Bondye konnen jou nou manje fwi pyebwa sa a je n ap ouvri.” Satan te vle fè konprann Jewova pa t vle yo manje fwi a paske si yo fè sa je yo t ap ouvri. Apre sa, Satan te fè yon fo pwomès: “N ap vin menm jan ak Bondye, n ap konnen sa ki byen ak sa ki mal.” w17.02 1:8, 9.
Jedi 27 desanm
Jewova, Bondye nou an, ap ban nou yon pwofèt menm jan avèk mwen k ap soti nan mitan pèp nou an e nou dwe koute l. — Det. 18:15.
Ezayi te anonse Pwofèt sa a t ap vin “yon dirijan e yon chèf”. (Eza. 55:4.) E Bondye te pouse Dànyèl ekri konsènan vini “Mesi a, Gid la”, t ap vini an (Dàn. 9:25). Finalman, Jezi te fè konnen se li menm ki “Gid” pèp Bondye a. (Mat. 23:10) Disip Jezi yo te dispoze suiv li, e yo te rekonèt se Jewova ki te chwazi l (Jan 6:68, 69). Ki sa k te konvenk yo? Lè Jezi t ap batize, Jan ki te konn batize moun nan te wè “syèl la ouvri e li [te] wè lespri sen k ap desann sou li sou fòm yon pijon”. (Mak 1:10-12.) Pandan tout rès aktivite Jezi sou tè a, lespri sen Bondye te bay Jezi pisans pou l fè mirak e pou l pale avèk otorite Bondye ba li (Tra. 10:38). Mete sou sa, lespri sen te fè Jezi demontre yon seri kalite ki pafè, tankou lanmou, lajwa ak yon lafwa ki solid (Jan 15:9; Ebre 12:2). Pa gen okenn lòt dirijan ki bay bonjan prèv yo gen kalite konsa. Se Jewova ki te chwazi Jezi. w17.02 3:15, 16.
Vandredi 28 desanm
Sonje moun k ap dirije nou yo. — Ebre 13:7.
Nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, apot yo te kòmanse dirije kongregasyon yo. Nan moman sa a, “Pyè ak 11 lòt apot yo leve kanpe” e yo pataje yon seri verite ki ka sove lavi moun ak yon gwo foul Juif ak moun ki te konvèti nan relijyon juif la (Tra. 2:14, 15). Anpil nan moun sa yo te vin kwayan. Annapre, nouvo kretyen sa yo “te kontinye pran tan pou yo koute ansèyman apot yo”. (Tra. 2:42.) Apot yo te konn jere lajan kongregasyon an (Tra. 4:34, 35). Yo te konn pran swen pèp Bondye a nan domèn espirityèl, yo te di: “N ap konsakre nou nan lapriyè e n ap kontinye anseye pawòl la.” (Tra. 6:4). Mete sou sa, yo te nome kretyen ki gen eksperyans pou fè travay evanjelizasyon an vanse nan nouvo tèritwa yo (Tra. 8:14, 15). Pi devan, te gen lòt ansyen ki te gen esperans pou y al nan syèl ki te vin ede apot yo jere zafè kongregasyon yo. Antanke yon kolèj santral, yo te bay tout kongregasyon yo direksyon. — Tra. 15:2. w17.02 4:4.
Samdi 29 desanm
Se pou nou bay tout moun sa nou dwe ba yo: [...] yon moun ki egzije onè, ba li onè. — Wom. 13:7.
Lespri monn Satan an gen gwo enfliyans sou pifò moun ki enpafè. Se sa k fè moun gen tandans konsidere kèk gason oswa kèk fi kòm idòl yo olye yo jis onore yo epi respekte yo yon fason ki apwopriye. Yo leve yon seri moun byen wo, tankou dirijan legliz yo ak chèf politik yo, vedèt spò yo, vedèt sinema yo, ak lòt moun ki selèb, e souvan yo prèske konsidere yo kòm zanj. Se sa k fè, jèn yo ak moun ki aje yo pran moun sa yo kòm modèl, petèt yo imite fason yo pale ak jès yo fè, fason yo abiye oswa konpòtman yo. Vrè kretyen yo evite bay moun onè fason dwategòch sa a. Kris se sèl moun ki te pase sou tè a nou ka konsidere kòm yon egzanp pafè (1 Pyè 2:21). Bondye pa t ap kontan si n ta bay moun plis onè pase sa yo merite. Men yon verite fondamantal nou bezwen sonje: “Tout moun peche, e yo pa rive reflete glwa Bondye.” (Wom. 3:23). Vrèmanvre, pa gen okenn moun ki merite resevwa yon kalite onè ki sanble ak idolatri. w17.03 1:6-8.
Dimanch 30 desanm
Aza te sèvi Jewova ak tout kè l pandan tout vi l. — 1 Wa 15:14.
Nou chak kapab egzamine kè nou pou n wè si l atache nèt ak Bondye. Mande tèt ou: ‘Èske m pran detèminasyon pou m fè Jewova plezi, pou m defann vrè adorasyon an e pou m pwoteje pèp li a kont nenpòt enfliyans ki kapab kòwonp li?’ Pa egzanp, ki sa w ap fè si yon moun ki pwòch avè w ta eskominye? Èske w t ap aji san pèdi tan pou w sispann frekante moun sa a? Ki sa kè w t ap pouse w fè? Menm jan ak Aza, ou kapab montre w ap sèvi Bondye ak tout kè w si w konte sou li nèt lè w jwenn opozisyon, menm lè gen kèk ki ta parèt difisil pou w sipòte. Moun kapab ap takinen w oswa pase w nan rizib nan lekòl ou paske w fè konnen ou se Temwen Jewova. Oubyen, kòlèg travay ou kapab ap nui w poutèt ou pran konje pou w ka patisipe nan aktivite espirityèl yo, oubyen poutèt ou pa fè siplemantè souvan. Nan sitiyasyon sa yo, priye Bondye, menm jan Aza te fè sa (2 Kwo. 14:11). Kenbe fèm nan sa w konnen ki dwat e ki gen sajès. Pa bliye Bondye te bay Aza fòs e l te ede l, l ap ba w fòs tou. w17.03 3:6-8.
Lendi 31 desanm
Tout moun ki twò prese ap pòv kanmenm. — Pwo. 21:5.
Pawòl Bondye a konseye n pou n pa prese lè n gen yon desizyon enpòtan pou n pran. Lè nou pran tan pou n byen reflechi sou tout sa ki gen nan yon desizyon, n ap gen plis posiblite pou n reyisi (1 Tes. 5:21). Anvan yon chèf fanmi pran yon desizyon, li dwe pran tan pou l fè rechèch nan Bib la ak nan piblikasyon ki baze sou Bib la, e l dwe konsidere opinyon lòt moun nan fanmi an. Sonje Bondye te ankouraje Abraram pou l te koute sa madanm li te gen pou l di l (Jen. 21:9-12). Epitou, ansyen yo dwe pran tan pou yo fè rechèch. E si yo se moun ki rezonab, ki konn limit yo, yo pap pè pou lòt moun pa manke respè pou yo si ta vin gen nouvo enfòmasyon enpòtan ki montre yo ta dwe rekonsidere yon desizyon yo te pran. Yo dwe dispoze chanje fason yo panse ak desizyon yo te pran lè sa nesesè, e l ap bon pou nou tout suiv egzanp sa a. Sa ka fè gen lapè ak lòd nan kongregasyon an. — Tra. 6:1-4. w17.03 2:16.