BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es18 p. 108-118
  • Novanm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Novanm
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2018
  • Soutit
  • Jedi 1ye novanm
  • Vandredi 2 novanm
  • Samdi 3 novanm
  • Dimanch 4 novanm
  • Lendi 5 novanm
  • Madi 6 novanm
  • Mèkredi 7 novanm
  • Jedi 8 novanm
  • Vandredi 9 novanm
  • Samdi 10 novanm
  • Dimanch 11 novanm
  • Lendi 12 novanm
  • Madi 13 novanm
  • Mèkredi 14 novanm
  • Jedi 15 novanm
  • Vandredi 16 novanm
  • Samdi 17 novanm
  • Dimanch 18 novanm
  • Lendi 19 novanm
  • Madi 20 novanm
  • Mèkredi 21 novanm
  • Jedi 22 novanm
  • Vandredi 23 novanm
  • Samdi 24 novanm
  • Dimanch 25 novanm
  • Lendi 26 novanm
  • Madi 27 novanm
  • Mèkredi 28 novanm
  • Jedi 29 novanm
  • Vandredi 30 novanm
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2018
es18 p. 108-118

Novanm

Jedi 1ye novanm

Pitit mwen, montre w saj e fè kè m kontan, pou m ka reponn moun k ap pwovoke m nan. — Pwo. 27:11.

Satan fè konnen se sèlman pou rezon pèsonèl lèzòm ap sèvi Jewova (Jòb 2:4, 5). Èske Satan chanje depi lè l te fin di pawòl sa a? Non! Plizyè ane annapre, lè yo te mete l deyò nan syèl la, li te toujou ap akize sèvitè fidèl Bondye yo lajounen kou lannuit (Rev. 12:10). Jodi a, Satan toujou ap fè konnen lèzòm ap adore Bondye pou rezon egoyis. Li swaf pou l wè n rejte dwa Bondye genyen pou l dirije a e pou n sispann sèvi l. Lè w ap soufri akoz yon eprèv, eseye imajine sèn sa a: Satan ak demon l yo kanpe yon bò. Y ap gade pou yo wè sa w pral fè, e y ap di w ap bay vag. Nan lòt bò a, gen Jewova, Jezi Kris, Wa nou an, kretyen Bondye chwazi ki deja resisite nan syèl la ak plizyè milye zanj. Yo menm tou yo wè jan w ap goumen, men, y ap ankouraje w! Yo kontan wè w rive andire e w ret fidèl ak Jewova. Epi, annapre, ou tande vwa Jewova k ap di w pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. w16.04 2:8, 9.

Vandredi 2 novanm

Pran youn oswa de lòt moun avè w. — Mat. 18:16.

Si w rezoud pwoblèm ou gen ak frè w la grasa èd moun sa yo, w ap “fè frè w la tounen nan bon chemen”. Sepandan, se sèlman apre w fin pale ak frè w la plizyè fwa e w pa rive fè lapè avè l, ou ta dwe fè ansyen yo konn pwoblèm nan. Nan pifò ka, li pa nesesè pou n suiv toule twa etap nou jwenn nan Matye 18:15-17 la. Sa ankourajan pou n konn sa. Sa k fè n di sa? Paske nan pifò ka, moun ki peche a konn rekonèt erè l fè a epi l rezoud pwoblèm nan, konsa, yo konn pa oblije eskominye l. Lè sa a, moun ki te blese a dwe padone frè l la pou ka gen lapè antre yo. Donk, konsèy Jezi a montre byen klè nou pa oblije al kot ansyen yo twò bonè. Se sèlman apre n fin suiv de premye etap yo e gen bonjan prèv ki montre frè a te fè yon bagay mal vre, nou ta dwe al kot ansyen yo. w16.05 1:15, 16.

Samdi 3 novanm

Yo pa fè pati monn nan. — Jan 17:16.

Piske nou pap soutni gouvènman lèzòm yo, nou gen yon konsyans ki klè lè n ap fè moun konnen se sèl Wayòm Bondye a ki pral rezoud tout pwoblèm lèzòm yo. Fo relijyon yo foure kò yo nan politik e sa fè moun yo divize. Men, piske n pa antre nan zafè monn nan, nou ini antanke frè ak sè toupatou nan monn nan (1 Pyè 2:17). Tank n ap pwoche pi pre fen sistèm Satan an se tank l ap vin pi difisil pou n pa antre nan zafè monn nan. Jodi a, moun yo deja pa “dispoze antann yo”, yo “gen tèt di” e yo gen pou yo vin divize plis toujou (2 Tim. 3:3, 4). Sa gentan gen efè sou kèk nan frè nou yo akoz chanjman politik ki fèt sanzatann nan peyi yo. Se rezon sa a ki fè n bezwen prepare nou depi kounye a pou n pa antre nan zafè monn nan menm lè n nan sitiyasyon difisil. w16.04 4:3, 4.

Dimanch 4 novanm

Kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou. — Gal. 6:7.

Gen moun ki panse yo ka fè sa yo vle. Men, nou vle fè sa k fè Jewova plezi. Se sa k fè, anvan n pran yon desizyon, nou bezwen reflechi sou sa Bib la di, epi obeyi sa l di a. Pa egzanp, Bib la di nou ki sa Jewova panse sou fason pou moun itilize san e nou obeyi sa Bib la di (Jen. 9:4; Tra. 15:28, 29). Nou ka priye Jewova pou n mande l ede n pran desizyon k ap fè l plezi. Desizyon nou yo gen efè sou nou. Yon bon desizyon kapab ede n vin pi pwòch Jewova. Yon move desizyon ka kraze relasyon nou avè l. Desizyon nou yo kapab gen efè sou lòt moun tou. Nou pa vle fè anyen ki ka fè frè nou yo fache oubyen ki ka febli lafwa yo. Nou pa vle lakòz frè yo gen pwoblèm antre yo nan kongregasyon an. Se sa k fè l enpòtan pou n pran bon desizyon. — Wom. 14:19. w16.05 3:4, 5.

Lendi 5 novanm

Mwen menm, Jewova, mwen se Bondye w, Sila a k ap anseye w pou byen w lan. — Eza. 48:17.

Jewova kontan wè lè n byen sèvi ak tan nou pou n li e pou n etidye Bib la ak piblikasyon nou yo (Efe. 5:15, 16). Men, gen yon danje nou dwe veye pou n pa pran ladan l. Ki danje sa a? Si n pa veye tèt nou, nou kapab panse gen kèk pati nan Bib la oubyen kèk piblikasyon ki pa pou nou. Pa egzanp, e si gen yon pati nan Bib la ki pa aplikab nan sitiyasyon nou? Oubyen, e si nou pa fè pati gwoup moun yo te ekri piblikasyon sa a pou yo a? Èske n ap annik kouri li enfòmasyon sa a oubyen nou pa menm li l ditou? Si n ta fè sa, nou t ap pèdi bon enfòmasyon ki ka itil nou. Nou chak dwe sonje se Jewova ki ban nou tout enfòmasyon nou resevwa yo. w16.05 5:5, 6.

Madi 6 novanm

[Si] yon moun fè yon fo pa san l pa rann li kont, nou menm ki gen matirite, eseye redrese moun sa a avèk dousè. — Gal. 6:1.

Anplis de sa, Jewova sèvi ak kongregasyon an ansanm ak ansyen yo pou l bay nou chak fòm. Pa egzanp, si ansyen yo remake nou gen kèk feblès, yo eseye ede nou. Sepandan, yo pa bay konsèy ki baze sou sa yo panse. Olye de sa, avèk imilite, yo priye Jewova pou yo ka jwenn sajès ak bon konprann. Apre sa, yo sèvi ak Bib la ansanm piblikasyon nou yo pou yo fè rechèch yon fason pou yo jwenn enfòmasyon k ap ede nou. Si n konprann fason Jewova ban nou fòm, sa ka ede n gen bon relasyon ak frè ak sè n yo. Epitou, n ap vin pi byen wè moun nan tèritwa nou yo san wete etidyan Labib nou yo. Bondye pa fòse pèsonn chanje, men, olye de sa, li montre yo prensip li yo ki dwat. Apre sa, se moun yo ki dwe deside si y ap fè chanjman ki nesesè yo. w16.06 1:13, 14.

Mèkredi 7 novanm

W ap chèche gwo bagay pou tèt ou. Sispann chèche bagay sa yo. — Jer. 45:5.

Apot Jan te fè konnen si yon moun renmen bagay ki nan monn nan tankou “dezi lachè, dezi je ak egzibisyon yon moun ap fè ak mwayen l genyen pou l viv”, lè sa a, “lanmou pou Papa a pa nan li”. (1 Jan 2:15, 16). Kidonk, nou bezwen egzamine tèt nou regilyèman pou n wè si n renmen monn nan. Nou kapab rann nou kont plezi ki gen nan monn sa a, moun ki nan monn nan, stil rad yo ak fason yo abiye kòmanse atire nou. Oswa, nou ka vle vin gen “gwo bagay pou tèt” nou lè n chèche fè gwo etid. Monn nouvo a toupre. Se sa k fè n dwe sonje kokenn pawòl Moyiz te di nou jwenn nan Detewonòm 6:4 yo! Si n konprann “Jewova, Bondye nou an, se yon sèl Jewova” epi n vrèman kwè sa, n ap ret atache avè l sèlman e n ap sèvi l fason l vle a. — Ebre 12:28, 29. w16.06 3:14.

Jedi 8 novanm

Kontinye chèche Wayòm [Bondye a] e l ap ajoute bagay sa yo pou nou. — Lik 12:31.

Nou pa bezwen anpil bagay pou n viv. Pa egzanp, nou bezwen manje, rad ak yon kote pou n rete. Men, pa gen limit nan kantite bagay nou ka anvi genyen. Gen anpil moun ki pa rann yo kont yo pa vrèman bezwen tout sa yo anvi yo. Yon moun k ap viv nan yon peyi pòv kapab pa anvi menm bagay ak yon moun k ap viv nan yon peyi rich. Gen kèk kote nan monn nan, moun yo ta renmen gen yon selilè, yon motosiklèt oswa yon ti moso tè. Nan kèk lòt zòn, moun yo anvi gen anpil rad ki koute chè, kay ki pi gwo oubyen machin ki vann pi chè. Men, kèlkeswa kote n ap viv oubyen kantite lajan n genyen, nou ka kòmanse anvi gen plis bagay pase sa n bezwen oswa sa n ka achte. — Ebre 13:5. w16.07 1:1-3.

Vandredi 9 novanm

Pinga nou fè pwojè pou nou satisfè dezi lachè. — Wom. 13:14.

Gen anpil moun jounen jodi a ki panse yo pa bezwen konnen Bondye (Mat. 5:3). Yo itilize pifò tan yo ak fòs yo ap chèche gen anpil nan bagay monn nan ofri yo (1 Jan 2:16). Se lespri Bondye nou vle ki pou enfliyanse fason n panse, se pa lespri monn nan. Jewova sèvi ak lespri l pou l ede n byen konprann sa k pral rive (1 Kor. 2:12). Men, nou bezwen pran prekosyon. Menm bagay ki pa twò enpòtan nan lavi a ka fè n pa konsantre sou sèvis n ap bay Jewova a (Lik 21:34, 35). Lòt moun kapab di nou se bagay moun sòt pou yon moun kwè n ap viv nan dènye jou monn sa a (2 Pyè 3:3-7). Men, nou pa dwe kite yo dekouraje nou. Nou gen bonjan prèv ki montre lafen an ap rive talè konsa. Si n vle lespri Bondye enfliyanse nou, nou dwe asiste reyinyon ansanm ak frè ak sè nou yo regilyèman. w16.07 2:13, 14.

Samdi 10 novanm

O ou menm ki tande lapriyè, tout kalite moun gen pou yo vin devan w. [...] Ou pase sou sa nou fè ki mal yo. — Sòm 65:2, 3.

Anpil moun priye paske sa fè yo santi yo byen, men yo pa fè sa paske yo kwè Bondye ap tande priyè yo toutbon. Yo bezwen aprann konnen Jewova se Sila a “ki tande lapriyè” a. Men sa Jezi te di disip li yo: “Si nou mande yon bagay nan non m, m ap fè l.” (Jan 14:14.) Sa vle di nou kapab priye pou nenpòt “bagay” ki ann amoni ak volonte Jewova. Men sa Jan te ekri: “Men asirans nou gen nan Bondye: kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou.” (1 Jan 5:14). Se pa ti bon sa bon pou n ede moun yo konprann lapriyè se pa sèlman yon bagay k ap fè yo santi yo byen, men se yon mwayen pou yo pwoche bò “twòn favè san parèy” Jewova a (Ebre 4:16)! Lè n anseye moun yo bon fason pou yo priye, kiyès yo dwe priye, e ki sa yo dwe mande nan priyè yo, nou ede yo vin zanmi Jewova e n ede yo jwenn soulajman nan soufrans yo. — Sòm 4:1; 145:18. w16.07 4:11, 12.

Dimanch 11 novanm

Moun ki fidèl avè w yo ap fè louwanj pou ou. Y ap pwoklame glwa wayòm ou an genyen, y ap pale konsènan pisans ou, y ap fè konnen [...] jan Wayòm ou an gen glwa. — Sòm 145:10-12.

Tout moun ki renmen Jewova e ki fidèl vrèman anvi pale de li ak lòt moun. Men, e si akoz maladi oswa akoz laj, ou pa ka pase kantite tan ou ta vle a nan preche kay an kay? Toujou sonje ou fè louwanj pou Jewova chak fwa ou pale de li ak moun ki bò kote w tankou enfimyè yo oswa doktè yo. Si w nan prizon akoz lafwa w, ou ka toujou pale de Jewova ak lòt moun, e sa ap fè kè l kontan (Pwo. 27:11). Epitou, li kontan anpil si w ap sèvi l menm lè lòt moun nan fanmi w pa fè sa (1 Pyè 3:1-4). Menm nan sitiyasyon ki difisil anpil, ou kapab fè louwanj pou Jewova, kontinye pwoche pi pre l epi fè pwogrè espirityèl. Jewova ap beni w san mank toutpandan w ap kontinye ede moun aprann konnen bèl pwomès li fè yo. w16.08 3:19, 20.

Lendi 12 novanm

Se pou madanm yo soumèt devan mari yo, tankou yo soumèt devan Seyè a. Paske, yon mari se chèf madanm li, menm jan Kris se chèf kongregasyon an. — Efe. 5:22, 23.

Dispozisyon sa a pa vle di yon mari pi bon pase madanm li. Men sa Jewova te di konsènan wòl enpòtan madanm nan genyen: “Li pa bon pou gason an kontinye rete poukont li. Mwen pral fè yon moun pou ede l, pou sèvi l konpay.” (Jen. 2:18). Yon madanm dwe ede mari l vin yon bon chèf fanmi. Epi, yon mari dwe imite egzanp Jezi ki te konn demontre lanmou antanke “chèf kongregasyon an”. Lè yon mari aji konsa, madanm li santi l an sekirite e l pi fasil pou l respekte mari l e pou l soutni l. Jodi a, kretyen yo imite Jezi lè youn renmen lòt menm jan Jezi te renmen disip li yo (Jan 13:34, 35; 15:12, 13; Efe. 5:25). Yon mari ak yon madanm ki kretyen dwe tèlman renmen youn lòt, yo dwe dispoze mouri youn pou lòt. w16.08 2:3, 4.

Madi 13 novanm

Lè yon moun di yon pawòl nan moman l dwe di l la, se pa ti bon sa bon! — Pwo. 15:23.

Pawòl pozitif ou di lòt moun ka ankouraje yo e sa ka ede yo kontinye sèvi Jewova. Epitou, ou pa ta dwe janm bliye jan frè w yo jwenn fòs lè w fè kòmantè ki ankouraje yo nan reyinyon yo. Grasa èd Jewova, Neyemi ak Juif yo te bay men yo fòs. Yo te fin konstwi miray Jerizalèm nan nan 52 jou sèlman (Ney. 2:18, nòt; 6:15, 16)! Neyemi pa t annik ret ap gade moun yo k ap travay, li te bay kout men tou nan travay rekonstriksyon miray Jerizalèm nan (Ney. 5:16). Se konsa tou, anpil ansyen imite Neyemi lè yo bay kout men nan travay konstriksyon k ap fèt oswa nan netwayaj ak nan antretyen Sal Wayòm yo. Epitou, mesye sa yo ki gen lanmou bay frè ak sè “k ap viv ak kè sote yo” fòs lè yo vizite yo e lè yo patisipe nan travay predikasyon an avèk yo. — Eza. 35:3, 4. w16.09 1:15, 16.

Mèkredi 14 novanm

Lanmou [...] pa aji yon fason ki endesan, li pa chèche pwòp enterè l. — 1 Kor. 13:4, 5.

Pèp Bondye a fè anpil efò pou yo suiv konsèy ki di: “Se poutèt sa, fè manm kò nou ki sou tè a mouri anrapò ak imoralite seksyèl, salte, dezi seksyèl san kontwòl.” (Kol. 3:2, 5). Gen kèk nan frè ak sè nou yo ki te abandone yon vi ki imoral nan domèn seksyèl, men ki gendwa toujou ap goumen ak move dezi. Si nou pa fè atansyon, fason nou abiye ka fè l vin pi difisil pou yo suiv konsèy Bib la bay pou yo goumen ak dezi sa yo (1 Kor. 6:9, 10). Nou pa ta renmen fè konba y ap mennen an vin pi difisil pou yo, pa vre? Lè n ansanm ak frè ak sè n yo, nou pwoteje anba moun k ap ankouraje moun fè imoralite. Fason nou abiye dwe kontribye pou anbyans sa a rete pwòp. Byenke nou lib pou n chwazi sa n ap met sou nou, nou gen responsablite tou pou n met rad ki fè l pi fasil pou lòt moun kenbe panse yo, pawòl yo ak konduit yo pwòp nan je Bondye. — 1 Pyè 1:15, 16. w16.09 3:9, 10.

Jedi 15 novanm

Nou menm jèn gason, nou menm jèn fi, [...] se pou [nou] louwe non Jewova. — Sòm 148:12, 13.

Men sa de moun marye nan peyi Lafrans te di: “Nou kwè nan Jewova, men sa pa vle di otomatikman pitit nou yo ap kwè nan li. Lafwa se pa yon bagay ou eritye. Se tikras pa tikras pitit nou yo ap vin genyen l.” Men sa yon frè nan peyi Ostrali te ekri: “Pi gwo defi petèt w ap jwenn nan lavi w se ede pitit ou yo devlope lafwa. Ou ka gen enpresyon ou te byen reponn yon kesyon pitit ou te poze w. Apre sa, li vin poze w menm kesyon an ankò! Pitit ou gendwa dakò ak yon repons ou ba li jodi a, men demen li ka pa fin dakò avè l.” Tank timoun yo ap vin gran, anpil paran rann yo kont yo bezwen esplike yo menm bagay yo ankò epi ba yo plis detay. Si w se yon paran, èske pafwa ou mande tèt ou si w ap ka aprann pitit ou renmen Jewova e pou yo kontinye sèvi l menm lè yo vin gran? An reyalite, nou youn pa ka fè sa poukont nou (Jer. 10:23). Nou bezwen konte sou Jewova pou l ede nou. w16.09 5:1, 2.

Vandredi 16 novanm

Pa refize fè byen pou moun ki bezwen w fè sa pou yo. — Pwo. 3:27.

Imigran yo ap fè fas ak difikilte yo jwenn pou yo adapte yo ak kilti peyi yo vin abite ladan l lan. Rit kite yon bèl egzanp nan sans sa a. Toudabò, Rit te montre l respekte kilti peyi l te vin abite ladan l lan lè l te mande pèmisyon pou l ranmase grap lòj yo te kite dèyè yo (Rit 2:7). Li pa t konsidere dwa sa a kòm yon bagay ki san valè e l pa t santi se yon bagay yo dwe l. Dezyèmman, li te prese fè moun ki te janti avè l yo konnen jan l gen rekonesans pou sa (Rit 2:13). Lè imigran yo gen yon bèl mantalite konsa, l ap pi fasil pou frè ak sè yo ansanm ak lòt moun nan peyi a respekte yo. Nou kontan anpil pou n wè jan Jewova fè tout moun favè san parèy e l pèmèt yo tande bon nouvèl la. Gen kèk moun, lè yo te nan peyi yo, ki gendwa pa t gen posiblite etidye Labib oubyen al nan reyinyon pèp Jewova a òganize yo. Men, piske kounye a yo gen posiblite rankontre nou, nou dwe ede yo pou yo pa santi yo se etranje. w16.10 1:17-19.

Samdi 17 novanm

Poutèt kè kontan ki te rezève pou li a, li andire anba lanmò sou yon poto soufrans. — Ebre 12:2.

Gen plizyè milyon sèvitè Bondye k ap suiv egzanp Jezi. Yo medite sou pwomès Bondye yo e yo ret fidèl lè yo jwenn eprèv. Ann pran egzanp Rudolf Graichen ki te fèt ann Almay an 1925. Lè l te jèn, paran l te dekore kay yo ak plizyè foto istwa biblik. Men sa l te di: “Youn nan foto yo te montre lou a ak ti mouton an, ti kabrit la ak leyopa a, ti bèf la ak lyon an, yo tout te anpè e yon tigason t ap mennen yo.” (Eza. 11:6-9). Sa te ede Rudolf reflechi anpil sou Paradi ki pral gen sou tè a e sa te fè l gen plis lafwa nan pwomès sa a. Se sa k fè l te ret fidèl ak Jewova, menm lè Gestapo sou rejim Nazi a ansanm ak ajans kominis yo te rele Stasi ki te nan lès peyi Almay la te pèsekite l anpil pandan plizyè ane. Rudolf te andire anpil lòt eprèv. Manman l te mouri ak yon maladi ki rele tifis nan kan konsantrasyon Ravennsbwouk la. Papa l te siyen yon dokiman ki te fè konnen li pa Temwen Jewova ankò. w16.10 3:12-14.

Dimanch 18 novanm

Lè nou te resevwa pawòl Bondye [a], [...] nou te aksepte l [...] pou sa li ye vrèman an, kòm pawòl Bondye. — 1 Tes. 2:13.

Nou bay Bib la tout valè l genyen paske nou konnen li se Liv Bondye a. Bib la gen konsèy ki ka ede nou evite pwoblèm, e li ka korije nou lè n fè erè. Kidonk, ki jan n reyaji devan konsèy li yo? Fè yon ti reflechi ak de medam nan premye syèk la Bondye te chwazi pou al nan syèl, anpalan de Evodi ak Sentich. De medam sa yo te vin gen gwo pwoblèm youn ak lòt. Sitiyasyon sa a te ka menm fè lòt moun nan kongregasyon an fache. Bib la montre Pòl te korije de sè yo e li te ankouraje yo fè lapè. Sanble yo te suiv konsèy Pòl la e yo te kontinye sèvi Jewova ak kè kontan (Fil. 4:2, 3). Jodi a, nan kongregasyon nou yo, pafwa nou menm tou nou kapab gen yon pwoblèm ak yon frè oswa yon sè. Men, si n suiv konsèy ki nan Bib la, n ap rive rezoud pwoblèm sa yo. An reyalite, nou ka menm evite yo. Epi, lè n obeyi sa Bib la di, nou montre nou vrèman bay Liv Jewova a tout valè l genyen. — Sòm 27:11. w16.11 3:1-3.

Lendi 19 novanm

Si w dekouraje nan jou malè a, w ap prèske san fòs. — Pwo. 24:10.

Nou tout bezwen ankourajman. Paran yo sitou bezwen ankouraje pitit yo. Gen yon pwofesè ki rele Timothy Evans ki fè konnen timoun “bezwen ankourajman tankou plant ki bezwen dlo”. Men sa l ajoute: “Lè yon timoun jwenn ankourajman, li santi l gen valè e l santi yo apresye l.” Men, piske n ap viv nan “dènye jou yo”, anpil moun vin egoyis e yo pa gen “afeksyon” youn pou lòt (2 Tim. 3:1-5). Satan konnen si l fè n dekouraje, li ka rive febli relasyon nou ak Jewova. Li te eseye dekouraje Jòb lè l te fè l soufri anpil. Men, plan malveyan Satan an pa t mache. Jòb te ret fidèl ak Jewova (Jòb 2:3; 22:3; 27:5). Nou menm tou, nou ka lite ak Satan e nou bezwen fè tout sa n kapab pou l pa dekouraje n. Si n kontinye ankouraje moun nan fanmi nou ansanm ak frè ak sè n yo nan kongregasyon an, youn ka ede lòt gen kè kontan epi ret pwòch ak Jewova. w16.11 1:4, 6.

Madi 20 novanm

[Bondye] te rele nou sot nan fènwa a pou nou vin nan bèl limyè l la. — 1 Pyè 2:9.

Ozanviwon ane 1500, gen kèk mesye ki te gen kran ki te tradui Pawòl Bondye a nan lang pifò moun pale. Piske Bib la te vin disponib, moun ki gen kè sensè yo te ka li l. Konsa, yo te ka vin ap mande tèt yo: ‘Ki kote nan Bib la ansèyman pigatwa a ye? Ki kote nan Bib la ki di yon moun dwe peye yon prèt pou l fè mès pou moun ki mouri? Ki kote nan Bib la yo pale de pap ak kadinal?’ Dirijan legliz yo te fache anpil lè moun poze yo kesyon. Yo te kondane gason kou fi ki te rejte ansèyman yo amò. Dirijan legliz yo te vle anpeche moun yo li Labib, yo te anpeche yo poze kesyon, e nan pifò ka, se sa k te fèt. Men, te gen kèk moun ki te brav ki te refize kite Gran Babilòn nan kontwole yo. Yo te dekouvri laverite ki nan Pawòl Bondye a, e yo te vle aprann plis toujou! w16.11 4:13.

Mèkredi 21 novanm

Yon temwen fidèl pap bay manti. — Pwo. 14:5.

Pou n sèvi Jewova nou dwe onèt (Efe. 4:25). Nou pa ta renmen menm jan ak Satan, ki se “papa manti”. Mete sou sa, nou sonje Anànyas ak madanm li te mouri paske yo te bay manti. Kidonk, nou pap bay manti (Jan 8:44; Tra. 5:1-11). Men, pou yon moun onèt sa mande plis pase annik pa bay manti. Si nou gen rekonesans toutbonvre pou favè san parèy Bondye a, n ap montre nou onèt tou plizyè fason. Yon moun gendwa pa bay manti, poutan li pa onèt. Pa egzanp, Jewova te di Izrayelit yo: “Nou pa dwe vòlè, nou pa dwe twonpe moun, nou pa dwe aji yon fason ki malonèt youn ak lòt.” Poukisa yo te dwe suiv konsèy sa a? Men sa Jewova te di: “Nou dwe sen, paske mwen menm, Jewova, Bondye nou an, mwen sen.” (Lev. 19:2, 11). Menm lè nou gendwa pa bay manti, men, si nou fè lòt moun kwè yon bagay ki pa vre, nou pa onèt. w16.12 1:17, 18.

Jedi 22 novanm

Lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou pa mwayen Kris Jezi. — Flp. 4:7.

Nan Pawòl Bondye a, nou aprann fason Jezi te konn pale ak moun. Moun te renmen koute Jezi paske pawòl li yo te rekonfòte yo e l te ankouraje yo, sitou moun ki te fèb oswa ki te dekouraje yo (Mat. 11:28-30). Jezi te gen anpil sousi pou fason lòt moun santi yo (Mak 6:30-32). Menm jan Jezi te pwomèt l ap ede apot li yo ki te konn vwayaje avè l, se konsa tou l ap ede n jodi a. Nou pa bezwen menm kote ak Jezi pou n jwenn èd sa a. Antanke Wa nou nan syèl la, Jezi kontinye montre li renmen nou. Kidonk, lè w gen tètchaje, ou mèt gen asirans l ap avè w e l ap ede w nan bon moman. Jezi ban nou espwa ak kouraj, sa ki ede n venk enkyetid nou genyen. — Ebre 2:17, 18; 4:16. w16.12 3:4, 6.

Vandredi 23 novanm

Mwen deside detwi tout moun. — Jen. 6:13.

Noye t ap viv nan yon monn ki te “chaje ak vyolans” ak imoralite (Jen. 6:4, 9-12). Byenke Noye te preche mesaj avètisman Jewova te bay la fidèlman, li pa t kapab fòse moun mechan ki t ap viv toutotou l yo aksepte mesaj sa a, ni li pa t kapab fè delij la fèt anvan lè l. Noye te dwe gen konfyans Jewova t ap kenbe pwomès Li te fè pou l met fen nan mechanste, e l te kwè Bondye t ap fè sa nan bon moman an (Jen. 6:17). Nou menm tou, n ap viv nan yon monn ki chaje ak mechanste, yon monn nou konnen Jewova pwomèt l ap detwi (1 Jan 2:17). Anmenmtan tou, nou pa kapab fòse moun yo aksepte “bon nouvèl [...] Wayòm nan”. Epitou, nou pa kapab fè anyen pou n fè “gwo tribilasyon” an kòmanse anvan lè l (Mat. 24:14, 21). Menm jan ak Noye, nou bezwen gen yon lafwa solid, nou bezwen gen konfyans Bondye pral aji talè konsa (Sòm 37:10, 11). Nou gen konviksyon Jewova pap kite monn mechan sa a ret fè menm yon jou anplis pase sa li gen nan objektif li. — Aba. 2:3. w17.01 1:5-7.

Samdi 24 novanm

Mwen menm, Jewova, mwen se [...] Sila a k ap anseye w pou byen w lan, Sila a k ap mennen w nan wout ou dwe mache a. — Eza. 48:17.

Jodi a, anpil moun mal sèvi ak libète yo genyen pou yo pran desizyon nan lavi a pou yo menm fè lòt moun mal. Anfèt, jan Bib la te anonse sa, nan “dènye jou yo” lèzòm t ap vin “engra”. (2 Tim. 3:1, 2.) Nou pa dwe janm mal sèvi ak kado sa a ki gen anpil valè Jewova ban nou, ni nou pa ta dwe pran l pou yon bagay ki pa enpòtan. Donk, ki jan n ka evite mal sèvi ak libète nou genyen pou n deside a? Nou tout gen libète pou n chwazi moun n ap frekante, stil rad n ap mete, aparans nou vle genyen ak detant n ap pran. Men, libète nou genyen an ka vin tounen yon “kouvèti pou nou fè sa ki mal” si nou ta chwazi vin esklav dezi lachè nou yo oswa si nou ta adopte vye mòd ak move tandans moun nan monn nan genyen. (1 Pyè 2:16) Olye n sèvi ak libète nou genyen an “kòm yon ankourajman pou nou satisfè dezi lachè”, nou vle pran detèminasyon pou n fè chwa k ap ede n suiv konsèy sa a ki di: “Fè tout bagay pou glwa Bondye.” — Gal. 5:13; 1 Kor. 10:31. w17.01 2:12-14.

Dimanch 25 novanm

Kou m tande pawòl sa yo, mwen [...] te ret san manje e mwen te priye Bondye k ap dirije nan syèl la. — Ney. 1:4.

Egzanp Neyemi montre lè nou konn limit nou sa ka ede n evite plede konte sou tèt nou lè n resevwa yon lòt asiyasyon oswa lè n vin gen plis responsablite. Lè yon ansyen konte sou pwòp eksperyans li sèlman, sa ka fè l kòmanse jere sitiyasyon ki gen rapò ak kongregasyon an san l pa priye Jewova anvan. Gen lòt moun ki gendwa fin pran yon desizyon, epi se annapre yo priye Jewova pou l beni desizyon an. Men, èske moun ki aji konsa montre yo konn limit yo? Yon moun ki konn limit li ap toujou sonje plas li devan Bondye ak wòl li genyen nan dispozisyon Bondye pran yo. Se pa kapasite n genyen ki enpòtan. Nou dwe veye pou n pa konte sou tèt nou, sitou lè n ap fè fas ak yon pwoblèm oswa yon sitiyasyon nou te deja rankontre (Pwo. 3:5, 6). Antanke moun ki fè pati fanmi Bondye, nou aprann reflechi yon fason pou n ranpli wòl nou antanke moun ki fè pati yon fanmi oswa yon kongregasyon olye pou n ap chèche gen gwo pozisyon oswa n ap chèche pran grad. — 1 Tim. 3:15. w17.01 4:7, 8.

Lendi 26 novanm

Li bay lèzòm tè a. — Sòm 115:16.

Okòmansman, Jewova te gen objektif pou lèzòm viv sou tè a pou toutan (Jen. 1:28; Sòm 37:29). Piske li donan anpil, li te bay Adan ak Èv divès kado ki gen anpil valè ki te pèmèt yo viv alèz (Jak 1:17). Jewova te ba yo libète pou yo deside, kapasite pou yo reflechi, kapasite pou yo renmen moun e pou yo fè zanmi. Kreyatè a te konn pale ak Adan e l te konn ba l enstriksyon sou fason pou l obeyi l. Epitou, Adan te aprann fason pou l pran swen tèt li, pou l pran swen bèt yo ak tè a (Jen. 2:15-17, 19, 20). Mete sou sa, Jewova te kreye Adan ak Èv ak kapasite pou yo goute, pou yo touche, pou yo wè, pou yo tande e pou yo pran sant. Konsa, yo te kapab byen pwofite tout bèl bagay ki te gen nan Paradi a. Posiblite premye mesyedam yo te genyen pou yo gen travay ki bay satisfaksyon, pou yo reyalize yon bagay e pou yo dekouvri nouvo bagay pa t gen limit. Jewova te kreye Adan ak Èv ak kapasite pou yo fè timoun ki pafè. Tè a ak tout sa k sou li te dwe vin tounen kay yo pou toutan. w17.02 1:6, 7.

Madi 27 novanm

Li dwe kopye sa k nan liv Lalwa a nan yon woulo [...] pou l ka obeyi tout pawòl ak tout kòmandman ki nan Lwa sa a. — Det. 17:18, 19.

Ki efè Pawòl Bondye a te genyen sou mesye ki t ap dirije yo? Ann pran egzanp wa Jozyas. Apre yo te vin jwenn yon dokiman ki te gen Lwa Moyiz la, sekretè Jozyas la te kòmanse li dokiman an pou li. Piske Pawòl Bondye a t ap gide Jozyas, li te kòmanse yon gwo kanpay kont idolatri e l te òganize yon fèt Pak ki te san parèy (2 Wa 22:11; 23:1-23). Piske Jozyas ak lòt dirijan fidèl yo te kite Pawòl Bondye a gide yo, yo te dispoze fè chanjman nan fason yo t ap dirije pèp Bondye a e yo te ede moun yo pi byen konprann enstriksyon yo t ap ba yo. Chanjman sa yo te fè pèp Bondye nan tan lontan an viv ann amoni ak volonte Bondye. Sepandan, se pa tout wa ki t ap dirije pèp Bondye a nan tan lontan ki te suiv enstriksyon Bondye ba yo. Nan kèk ka, Jewova te disipline dirijan sa yo oubyen l te ranplase yo (1 Sam. 13:13, 14). Nan moman li te fikse a, li te chwazi yon dirijan ki t ap siperyè tout mesye li te konn itilize anvan yo. w17.02 3:11, 12, 14.

Mèkredi 28 novanm

Ou fè [lòm] vin yon tikras pi ba pase zanj yo, e ou ba l glwa ak onè kòm kouwòn. — Sòm 8:5.

Bondye te kreye lèzòm “pòtre ak li”. (Jen. 1:27.) Se sa k fè pifò moun demontre kèk kalite ki soti nan Bondye nan diferan nivo. Lèzòm gen kapasite pou yo demontre lanmou, bonte ak konpasyon youn pou lòt. Piske Bondye te kreye lèzòm ak yon konsyans, nòmalman, lèzòm fèt ak kapasite ki fè yo konnen sa ki byen ak sa ki mal, sa ki onèt ak sa ki malonèt, sa ki kòrèk ak sa ki pa kòrèk, byenke pafwa yo konn mal itilize kapasite sa a (Wom. 2:14, 15). Bagay ki pwòp e ki bèl atire pifò moun. An jeneral, moun vle viv anpè youn ak lòt. Kit yo rann yo kont, kit yo pa rann yo kont, nan yon sans yo reflete glwa Jewova, e se poutèt sa yo merite onè ak respè kanmenm. Sepandan, nou bezwen gen ekilib lè n ap chèche konnen ki kalite onè nou dwe bay lòt moun e nan ki degre nou dwe fè sa. w17.03 1:5, 6.

Jedi 29 novanm

[Bondye] te chanje lide konsènan malè li te di l ap lage sou yo a, e li pa t lage malè a sou yo. — Jon. 3:10.

Bondye pa konn pran desizyon san reflechi, jan anpil moun abitye fè sa. Sepandan, Apre l te fin wè jan moun Niniv yo te repanti e yo te chanje fason yo te wè bagay yo, li te chanje desizyon l te pran an. Lè l te fè sa a, li te montre li rezonab, li gen imilite ak konpasyon. Menm jan an tou, gendelè, li ta bon pou n retounen sou yon chwa nou te fè oswa sou yon desizyon nou te pran. Nou ta ka fè sa lè sitiyasyon yo vin chanje. Pafwa, Jewova te chanje desizyon l te pran lè sitiyasyon yo te chanje (1 Wa 21:20, 21, 27-29; 2 Wa 20:1-5). Oubyen, nouvo enfòmasyon nou vin genyen ka ban nou bonjan rezon pou n chanje yon desizyon. Yo te bay wa David enfòmasyon ki pa t kòrèk sou Mefibochèt, pitit pitit Sayil. Annapre, lè David te vin gen bon enfòmasyon an, li te chanje desizyon l te pran an. — 2 Sam. 16:3, 4; 19:24-29. w17.03 2:14, 15.

Vandredi 30 novanm

Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab. — Flp. 4:5.

Si vin gen yon pwoblèm, nou dwe chèche konn ki prensip biblik ki gen rapò ak pwoblèm nan epi aplike yo yon fason ki ekilibre. Pa egzanp, yon sè konnen li gen responsablite pou l preche bon nouvèl la (Tra. 4:20). Sepandan, ann sipoze li gen pwojè soti nan predikasyon yon jou, men, mari l ki pa Temwen vle l ret avè l. Mari l di l yo pa pase anpil tan ansanm sèjousi e l ta renmen yo fè kèk aktivite ansanm antanke mari ak madanm. Petèt, sè a egzamine kèk vèsè enpòtan, tankou vèsè ki montre enpòtans pou n obeyi Bondye antanke chèf ak lòd pou nou fè disip la (Mat. 28:19, 20; Tra. 5:29). Men, mete sou sa, antanke madanm, li bezwen reflechi sou enpòtans pou l soumèt devan mari l e pou l montre l rezonab (Efe. 5:22-24). Èske mari l pa vle l soti nan predikasyon ditou, oubyen èske se mande li jis mande l fè yon lòt bagay pou jou sa a sèlman? Nou bezwen montre nou gen ekilib toutpandan n ap chèche fè volonte Bondye e n ap chèche fè tout sa n kapab pou n gen yon konsyans ki klè. w17.03 4:17.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje