Janvye
Madi 1ye janvye
Mechan yo pa ka konprann sa ki dwat. — Pwo. 28:5.
Tank n ap pwoche nan fen dènye jou yo, se tank mechan yo kontinye ap “vin anpil tankou move zèb”. (Sòm 92:7.) Donk, sa pa etone n dèske moun yo vire do bay prensip moral yo. Nan sitiyasyon sa a, ki jan n ka montre nou se “tibebe anrapò ak mechanste” toutpandan nou “granmoun nan fason nou konprann”? (1 Kor. 14:20.) Nou jwenn repons lan nan tèks pou jounen an ki di: “Moun ki chèche Jewova ka konprann tout bagay”, sètadi tout bagay ki nesesè pou fè Jewova plezi. Nou jwenn yon ide menm jan an nan Pwovèb 2:7, 9 ki montre Jewova “sere sajès tankou yon trezò pou moun ki dwat yo”. Konsa, moun ki dwat yo ka “konprann sa ki jis, sa ki dwat ak sa ki bon, sa vle di tout sa ki byen”. Noye, Dànyèl ak Jòb te gen sajès sa a (Eze. 14:14). Se menm bagay la pou pèp Bondye a jodi a. E ou menm? Èske w “konprann tout bagay” ki nesesè pou w fè Jewova plezi? Pou w rive fè sa, ou bezwen gen yon konesans egzak sou li. w18.02 8 § 1-3.
Mèkredi 2 janvye
Yo fè yo batize yo nan non Seyè Jezi. — Tra. 19:5.
Pèsonn pa dwe santi yon paran, yon anseyan Labib oswa nenpòt moun nan kongregasyon an ap fè presyon sou li pou l batize. Se pa fason sa a Jewova aji (1 Jan 4:8). Olye de sa, pandan n ap anseye moun sa yo, nou dwe atire atansyon yo sou enpòtans pou yo vin gen yon relasyon pèsonèl ak Bondye. Se bonjan rekonesans etidyan an gen pou laverite ak anvi l genyen pou l pran responsablite l antanke disip Kris k ap pouse l batize (2 Kor. 5:14, 15). Pa gen yon laj fiks pou yon moun batize. Chak etidyan grandi epi l vin gen matirite yon fason diferan. Jou batèm yon moun se yon moman ki bay anpil kè kontan. Se yon moman ki mande anpil refleksyon tou. Pou yon moun viv ann amoni ak ve l fè a, sa mande pou l fè anpil efò. Se rezon sa a ki fè Jezi te konpare lè yon moun vin disip ak lè yon moun ap pote yon jouk. Disip Jezi yo pa dwe “viv pou tèt yo ankò, men [...] pou sila a ki te mouri pou yo a e ki te leve a”. — 2 Kor. 5:15; Mat. 16:24. w18.03 6-7 § 14-17.
Jedi 3 janvye
Pa bliye montre nou akeyan, paske grasa kalite sa a, gen moun ki te resevwa zanj lakay yo san yo pa t konnen. — Ebre 13:2.
Èske w konn renka pou w akeyi moun? Si se wi, ou ka rate okazyon pou w pase tan ak moun k ap ba w kè kontan epi pou w fè zanmi k ap dire. Akeyi moun se youn nan pi bon remèd yon moun ka genyen lè l santi l poukò l. Men, ou ka ap mande tèt ou: ‘Poukisa pou yon moun ta renka pou l fè sa?’ Gendwa gen plizyè rezon. Youn nan rezon yo sèke sèvitè Jewova yo okipe anpil e souvan yo gen divès obligasyon. Gen kèk moun ki ka santi yo jis pa gen tan oswa enèji pou yo akeyi moun. Si se sitiyasyon pa w, ou ka bezwen egzamine pwogram aktivite w genyen yo. Èske w ka fè kèk ajisteman yon fason pou w ka jwenn tan ak enèji pou w aksepte envitasyon lòt moun fè w oswa pou w akeyi moun? Ekriti yo ankouraje kretyen yo pou yo montre yo akeyan. Li pa mal pou n kreye tan pou sa. Anfèt, se sa nou dwe fè. Natirèlman, ou ka bezwen limite kèk aktivite ki pa twò enpòtan. w18.03 16 § 13-14.
Vandredi 4 janvye
Mwen dwe al anonse bon nouvèl Wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou, paske se pou sa Bondye te voye m. — Lik 4:43.
Pami tout moun ki pase sou tè a, ki moun ki bay pi bèl egzanp antanke moun ki kite lespri Bondye gide l? Nòmalman, se Jezi. Pandan tout lavi l ak sèvis li, li te montre l vle imite Papa l, Jewova. Li te gen menm panse, menm santiman ak Jewova e l te konn aji menm jan avè l, epi l te viv ann amoni ak volonte Bondye ansanm ak prensip li yo (Jan 8:29; 14:9; 15:10). Pa egzanp, note ki jan pwofèt Ezayi te dekri santiman Jewova ki gen konpasyon, epi konpare deskripsyon sa a ak sa Mak, youn nan moun ki te ekri Evanjil yo, te rapòte pou l dekri santiman Jezi (Eza. 63:9; Mak 6:34). Menm jan ak Jezi, èske n vrèman pare pou n demontre konpasyon lè n rankontre moun ki bezwen èd? Mete sou sa, Jezi te fè tout sa l kapab pou l fè travay predikasyon an e pou l anseye bon nouvèl la. Tout santiman l te genyen ak tout aksyon l te fè montre l se yon moun ki kite lespri Bondye gide l. w18.02 21 § 12.
Samdi 5 janvye
Leve [pitit nou] nan disiplin Jewova ak nan avètisman li bay. — Efe. 6:4.
Leve timoun se yon bagay ki difisil anpil, sitou nan monn n ap viv jodi a (2 Tim. 3:1-5). Nòmalman, timoun yo pa fèt ak konesans sou sa ki byen ak sa ki mal. Se vre yo fèt ak yon konsyans, men, konsyans sa a bezwen jwenn fòmasyon oswa disiplin (Wom. 2:14, 15). Gen yon diksyonè biblik ki fè konnen mo grèk lè yo tradui l yo met “disiplin” pou li a kapab vle di “fason yon timoun devlope”. An jeneral, timoun ki jwenn disiplin avèk lanmou yo santi yo an sekirite. Yo aprann tout libète gen limit epi desizyon yon moun pran ak konpòtman l ap gen bon konsekans oswa move konsekans. Se sa k fè l vrèman enpòtan pou paran ki kretyen yo konte sou Jewova pou yo jwenn direksyon. Pa bliye ide yo ak metòd yo pa menm selon kilti moun yo e yo chanje jenerasyon apre jenerasyon. Lè paran yo koute Bondye, se pa chans k ap fè yo reyisi nan fòmasyon y ap bay timoun yo e sa pap depann de eksperyans oswa pwennvi lèzòm. w18.03 30 § 8-9.
Dimanch 6 janvye
Kontinye travay pou pwòp delivrans nou, avèk krent ak anpil respè. — Flp. 2:12.
Antanke yon jèn kretyen ki batize, kounye a, se ou menm ki responsab pwòp delivrans ou, menmsi w toujou ap viv lakay paran w. Ki sa k fè l enpòtan pou w sonje sa? Paske w ap vin gen lòt santiman e w ap jwenn lòt presyon pandan adolesans ou. Men ki jan yon jèn fi ki adolesan esplike sa: “An jeneral, yon timoun pap fache dèske l se Temwen Jewova senpleman paske l pap jwenn yon moso gato nan yon anivèsè nesans y ap fete nan lekòl li. Men, nan kèk ane, lè anvi pou l gen relasyon seksyèl vin pi fò lakay li, l ap bezwen gen bonjan konviksyon obeyi lwa Jewova yo se toujou pi bon chwa a.” Menm moun ki batize pandan yo granmoun konn fè fas ak anpil pwoblèm sanzatann ki konn pase lafwa yo anba eprèv. Yo ka jwenn eprèv sa yo nan maryaj yo, akoz pwoblèm sante oswa nan travay yo. Sa klè, tout moun, kèlkeswa laj yo, ap gen pou yo fè fas ak yon seri sitiyasyon ki mande pou yo ret fidèl ak Jewova. — Jak 1:12-14. w17.12 24 § 4-5.
Lendi 7 janvye
Menmsi nou an kòlè, pinga nou peche. — Efe. 4:26.
Pa gen anpil moun ki sibi move tretman David te sibi yo. Aktout sa, zanmi sa a Bondye te genyen an pa t kite rankin fin avè l. Olye de sa, men sa l te ekri: “Pinga w fè kòlè, pinga w move, pinga w fache epi w al lage kò w nan fè sa ki mal.” (Sòm 37:8). Pi gwo rezon nou genyen pou n ‘pa fè’ kòlè se paske n vle imite Jewova, li menm ki “pa trete nou dapre peche nou fè”. (Sòm 103:10.) Men, nou jwenn bonjan byenfè tou lè n ‘pa fè’ kòlè. Kòlè ka lakòz kèk gwo pwoblèm fizik tankou tansyon ak difikilte pou n respire. Li ka gen efè sou fwa nou ak pankreya nou e l ka lakòz pwoblèm dijesyon. Lè n an kòlè, nou pa toujou byen reflechi. Epitou, pafwa, yon gwo kòlè ka fè yon moun fè depresyon pandan anpil tan. Yon lòt bò, Bib la di: “Lè kè yon moun poze, sa fè tout kò l an sante.” (Pwo. 14:30). Nan ka sa a, ki sa n ka fè lè yo blese santiman nou e ki jan n ka fè lapè ak frè nou yo? Nou ka fè fas ak sitiyasyon sa yo lè n aplike bonjan konsèy nou jwenn nan Bib la. w18.01 10 § 14-15.
Madi 8 janvye
Ou pap kite m nan Tonm, ou pap kite sèvitè fidèl ou a rete nan twou a. — Sòm 16:10.
David pa t di li pap janm mouri oswa l pa t apral nan Tonm kote tout moun ale a. Pawòl Bondye a montre aklè David te vin granmoun. Apre l fin mouri, li t al “repoze bò kot zansèt li yo e yo [te] antere l nan Vil David la”. (1 Wa 2:1, 10.) Donk, de kiyès Sòm 16:10 t ap pale? Kèk semèn apre Jezi te fin mouri e l te resisite, Pyè te pale de Sòm 16:10 la ak plizyè milye Juif ak moun ki konvèti nan relijyon Juif yo (Tra. 2:29-32). Li te fè yo konnen David te mouri e yo te antere l. Moun ki t ap koute Pyè yo te konn sa. E istwa a pa di okenn nan yo te konteste sa Pyè te di a lè l te di David “te wè rezirèksyon [Mesi ki t ap gen pou vini an] davans e li te pale de sa”. Pou Pyè te bay sa l t ap di a fòs, li te site pawòl David te di nan Sòm 110:1 an (Tra. 2:33-36). Rezònman Pyè te fè yo te ede l konvenk gwo foul moun ki te anfas li an Jezi se “Seyè, e [li se] Kris”. Moun yo te dakò Sòm 16:10 te akonpli lè Jezi te resisite sot nan lanmò. w17.12 10 § 10-12.
Mèkredi 9 janvye
Yo te konte tout bagay yo, yo te peze yo e yo te ekri kantite yo te peze yo. — Esd. 8:34.
Grasa lapriyè, Kolèj santral la fè gwo efò pou l montre l fidèl e li prevwayan nan fason l ap itilize lajan ofrann yo (Mat. 24:45). Yo fè bidjè pou kòb yo resevwa a e yo depanse l selon bidjè a (Lik 14:28). Apot Pòl te aji antanke yon moun yo voye al fè yon travay sekou lè l te ranmase don pou frè yo nan Jide. Li te pran dispozisyon pou l asire l moun ki t ap pote ofrann sa yo te fè yon jan pou “bagay yo fèt yon fason ki dwat, nonsèlman nan je Jewova, men tou nan je lèzòm”. (2 Kor. 8:18-21.) Jodi a, piske òganizasyon nou an ap imite egzanp Esdras ak Pòl, li suiv yon seri metòd strik lè sa mande pou l jere e pou l depanse ofrann li resevwa yo (Esd. 8:24-33). Nan ane ki sot pase yo, yo te pran anpil bèl inisyativ. Òganizasyon an te chèche jwenn kèk fason pou l redui depans yo e pou l senplifye travay la yon fason pou yo ka fè tout sa yo kapab ak ofrann nou bay ak tout kè nou yo. w18.01 19-20 § 12-13.
Jedi 10 janvye
Kite lapè Kris la dirije kè nou. — Kol. 3:15.
Lanmou ak bonte ka ede n pou n padone youn lòt. Pa egzanp, si n santi pawòl yon kretyen parèy nou di oswa fason l aji blese santiman nou, nou ka eseye sonje kèk fwa kote nou te pale oswa n te aji yon fason ki pa janti. Èske n pa apresye lanmou ak bonte frè ak sè ki pase sou erè n fè yo demontre anvè nou (Ekl. 7:21, 22)? Nou sitou gen Kris rekonesans pou bonte l demontre anvè n lefètke l rasanble vrè adoratè yo ansanm nan inite. Nou tout renmen menm Bondye a, nou preche menm mesaj la e n ap fè fas ak menm difikilte yo. Lè n padone youn lòt avèk bonte e avèk lanmou, nou kontribye pou gen inite nan mitan nou antanke kretyen e pou n kite je n fikse sou rekonpans lan. Gen anpil egzanp nan Bib la ki sèvi kòm avètisman ki fè n sonje jalouzi ka anpeche n jwenn rekonpans lan. Pa egzanp, Kayen te vin jalou sò frè l Abèl e l te touye l. Kora, Datan ak Abiram te vin jalou sò Moyiz e yo te kanpe kont li. Epitou, wa Sayil te vin jalou sò David paske David te reyisi nan sa l fè, e Sayil te eseye touye l. w17.11 27 § 9-10.
Vandredi 11 janvye
Nou dwe mennen bonjan ankèt epi poze kesyon pou n konnen si se vre. — Det. 13:14.
Lè ansyen yo ap patisipe nan komite disiplin relijye yo, yo dwe fè anpil atansyon pou yo rive wè si yon kretyen ki te fè yon peche grav repanti. Li pa toujou fasil pou n wè si yon moun repanti oswa si l pa repanti. Sa gen ladan l fason l wè bagay yo, atitid li ak kondisyon kè l (Rev. 3:3). Yon moun ki peche dwe repanti si l vle yo fè l mizèrikòd. Kontrèman ak Jewova ak Jezi, ansyen yo pa ka li kè moun. Bon, si w se yon ansyen, ki jan w ka rive wè si yon moun repanti ak tout kè l? Premyèman, priye Jewova pou l ba w sajès ak bon konprann (1 Wa 3:9). Dezyèmman, fè rechèch nan Pawòl Bondye a ak nan piblikasyon esklav fidèl la pou ede w fè diferans ant “tristès monn nan” ak “tristès ki ann akò ak volonte Bondye” ki se vrè repantans lan (2 Kor. 7:10, 11). Chèche wè fason Ekriti yo dekri moun ki repanti ak moun ki pa repanti. Ki jan Labib pale de santiman yo, atitid yo ak konduit yo? w17.11 17 § 16-17.
Samdi 12 janvye
[Timoun yo] ap dezobeyi paran yo. — 2 Tim. 3:2.
Byenke pafwa liv, fim ak pwogram televizyon ki gen jodi a konn aksepte yon konpòtman konsa e yo konn menm ankouraje l, dezobeyisans febli estabilite pati ki pi enpòtan nan sosyete a, anpalan de fanmi. Sa gen lontan depi moun konprann prensip sa a. Yon bagay enteresan sèke, nan peyi Lagrès tan lontan an, si yon gason te frape paran l, li t ap pèdi tout dwa l genyen antanke sitwayen. Dapre lwa women an, lè yon moun te frape papa l se tankou l te fè yon krim. Ni Liv ki te ekri ann ebre yo ni Liv ki te ekri an grèk yo mande pou timoun yo onore paran yo (Egz. 20:12; Efe. 6:1-3). Timoun yo ka pwoteje tèt yo pou lespri dezobeyisans lan pa kontamine yo lè yo reflechi sou sa paran yo fè pou yo. Yon bagay k ap pouse yo demontre rekonesans se lè yo konprann se Bondye, Papa nou tout, ki mande yo pou yo obeyisan. Lè jèn yo pale an byen de paran yo, sa ka ede lòt jèn byen wè paran pa yo tou. w18.01 29 § 8-9.
Dimanch 13 janvye
Yo chak ap vin tankou yon kote pou moun kache lè gen van, yon kote pou moun abrite yo lè gen gwo lapli, tankou rivyè dlo k ap koule nan yon tè ki sèk, tankou lonbray yon gwo mas wòch nan yon tè ki sèk. — Eza. 32:2.
Jodi a, yon kretyen ki fè yon peche grav dwe chèche èd nan men ansyen yo nan kongregasyon an pou l ka vin anfòm nan domèn espirityèl. Poukisa sa enpòtan anpil? Premyèman, se Jewova ki pran dispozisyon pou ansyen yo egzamine ka kote yon moun fè yon peche grav, jan sa parèt nan Pawòl li a (Jak 5:14-16). Dezyèmman, dispozisyon sa a bay moun ki repanti yo fòs pou yo ret anba men Bondye e pou yo evite pratike peche (Gal. 6:1; Ebre 12:11). Twazyèmman, ansyen yo resevwa lòd ak fòmasyon pou yo ede moun ki peche e ki repanti yo e pou yo soulaje doulè ak santiman ki fè moun sa yo santi yo koupab. Jewova fè konnen ansyen sa yo se “yon refij lè gen gwo lapli”. (Eza. 32:2, nòt.) Èske w pa dakò dispozisyon sa a se yon fason Bondye montre li gen mizèrikòd? Gen anpil nan sèvitè Bondye yo ki vin konprann soulajman sa bay lè y al chèche èd nan men ansyen yo e lè yo jwenn èd sa a. w17.11 10 § 8-9.
Lendi 14 janvye
Disiplin [...] bay lapenn. — Ebre 12:11.
Malgre n ap soufri, nou dwe evite gen kontak nòmal pa mwayen telefòn, mesaj tèks, lèt, imel oswa rezo sosyal ak moun nan fanmi n ki eskominye. Men kontinye gen espwa. Lanmou “espere tout bagay”, sa gen ladan l moun ki kite Jewova k ap tounen vin jwenn li (1 Kor. 13:7). Si w gen prèv yon fanmi pwòch ou fè chanjman nan kè l, ou ka priye pou l jwenn fòs nan Ekriti yo e pou l byen reyaji lè Jewova di l: “Retounen vin jwenn mwen.” (Eza. 44:22). Jezi te fè konnen si n ta met yon moun anvan l, nou pa t ap merite pou n disip li. Men, li te gen konfyans disip li yo t ap gen kouraj pou yo kontinye ret fidèl anvè l malgre opozisyon yo t ap jwenn nan fanmi yo. Si vin gen “divizyon” nan fanmi w paske w ap suiv Jezi, konte sou Jewova pou l ede w andire difikilte sa yo (Eza. 41:10, 13). Chèche gen kè kontan lefètke w konnen Jewova ak Jezi pran plezi nan ou e y ap rekonpanse w paske w ret fidèl. w17.10 16 § 19-21.
Madi 15 janvye
Se pou nou abiye nou ak yon afeksyon e ak yon tandrès ki sot nan yon kè ki sansib. — Kol. 3:12.
Lè n wè jan lòt moun ap sibi konsekans peche Adan an, nou vrèman santi n pouse pou n demontre kè sansib. Nou pa ka tann pou n wè maladi ak vyeyès pa la ankò. Se sa k fè nou priye pou Wayòm Bondye a vini. Anmenmtan tou, nou fè sa n kapab pou n ede moun ki nan bezwen. Ann wè sa yon ekriven te ekri konsènan manman l ki te granmoun ki t ap soufri akoz maladi Alzaymè. Yon jou, manman an te sal rad li. Pandan l t ap eseye pwòpte tèt li, sonèt la te sonnen. Moun ki te vin vizite l yo se de Temwen ki te konn pase wè l. Sè yo te mande l èske gen yon bagay yo te ka fè pou ede l. Dam nan te reponn: “Sa vrèman anbarasan, men, wi nou ka ede m.” Sè ki te vin vizite l yo te ede l netwaye tèt li. Annapre, yo te fè yon tas te pou li epi yo te rete pou yo te fè yon ti pale. Se pitit gason dam nan ki te gen plis rekonesans. Men sa l te ekri: “Chapo ba pou Temwen sa yo. Yo pratike sa yo preche yo.” Èske kè sansib ou gen pou moun ki malad e ki granmoun yo pouse w fè tout sa ou kapab pou w soulaje soufrans yo? — Flp. 2:3, 4. w17.09 9 § 5; 12 § 14.
Mèkredi 16 janvye
Youn pa dwe renmen lòt nan bouch, ni ak bèl pawòl, men se pou nou aji avèk senserite pou nou montre sa. — 1 Jan 3:18.
Depi sa posib, nou dwe dispoze aji avèk lanmou pou frè nou yo “an sekrè” oswa san lòt moun pa wè (Mat. 6:1-4). Nou dwe pran devan tou nan onore lòt moun (Wom. 12:10). Jezi kite yon egzanp pou nou nan onore lòt moun lè l te fè yon seri travay ki parèt rabesan anpil (Jan 13:3-5, 12-15). Nou ka bezwen fè gwo efò pou n vin gen imilite nou bezwen pou n onore lòt moun fason sa a. Menm apot yo pa t ka byen konprann sa Jezi te fè yo, e se jis lè yo te resevwa lespri sen yo te konprann sa (Jan 13:7). Nou ka onore lòt moun lè n pa panse n pi bon pase yo akoz fòmasyon nou resevwa, byen materyèl nou posede oswa privilèj nou genyen nan sèvis Jewova a (Wom. 12:3). Epi, olye n anvye moun ki resevwa louwanj yo, nou rejwi avèk yo menmsi n santi nou merite jwenn menm onè sa a oswa n te patisipe nan sa ki te fèt la. w17.10 9 § 9-10.
Jedi 17 janvye
Mwen fè tout bagay pou bon nouvèl la, pou m ka pataje l ak lòt moun. — 1 Kor. 9:23.
Gen anpil moun ki rann yo kont lè yo sèvi ak Pawòl Bondye a nan travay predikasyon an sa ka gen yon gwo efè sou moun y ap preche yo. Ann pran yon egzanp. Gen yon frè ki t al vizite yon mesye aje ki gen plizyè ane depi l ap li peryodik nou yo. Olye frè a annik prezante mesye a dènye nimewo Toudegad la, li te deside li yon vèsè ki nan peryodik la pou li. Li te li 2 Korentyen 1:3, 4 ki di: “Papa ki gen kè sansib la, Bondye tout konsolasyon an, [...] konsole nou nan tout eprèv nou yo.” Pawòl sa yo te tèlman touche mesye a, li te mande frè nou an pou l li vèsè a yon dezyèm fwa pou li ankò. Mesye a te esplike jis nan ki pwen li menm ak madanm li bezwen konsolasyon, e lè sa a, li te montre l enterese nan mesaj ki nan Bib la. Èske w pa dakò Pawòl Bondye montre l pisan nan travay predikasyon an? — Tra. 19:20. w17.09 26 § 9-10.
Vandredi 18 janvye
Frape l jis nan zo, e san mank, l ap ret nan figi w li manke w dega. — Jòb 2:5.
Sandout defi Dyab la te lanse a te fè kreyati fidèl Bondye yo ki nan syèl la fache e sa te fè yo an kòlè. Men, Jewova pa t aji sou kout tèt. Li te kontwole fason l te aji e l te fè sa yon fason ki apwopriye. Li pa t kouri fè kòlè e li te regle kesyon rebelyon Satan an yon fason ki jis (Egz. 34:6; Jòb 2:2-6). Poukisa Jewova te kite tan pase? Se paske l pa ta renmen okenn moun detwi, men l “ta renmen pou tout moun rive repanti”. (2 Pyè 3:9.) Fason Jewova demontre metriz aprann nou nou dwe kontwole pawòl nou, nou dwe byen veye kote n ap met pye n, e n pa dwe kouri aji san reflechi. Lè w ap fè fas ak yon kesyon ki enpòtan, pran tan pou w aji avèk sajès. Priye pou w gen sajès pou w di oswa pou w fè sa ki kòrèk (Sòm 141:3). Lè yon moun an kòlè, li fasil anpil pou l aji sou emosyon. Anpil nan nou konn regrèt pawòl nou te di san reflechi oswa aksyon n te fè sou kout tèt! — Pwo. 14:29; 15:28; 19:2. w17.09 4 § 6-7.
Samdi 19 janvye
Met [kouwòn nan] nan tèt Jozye, pitit gason Jewozadak, gran prèt la. — Zak. 6:11.
Lefètke yo te kouwone gran prèt Jozye, èske sa te fè l vin wa? Non, Jozye pa t soti nan liy fanmi wa David, konsa, li pa t kalifye pou l vin wa. Kouwone yo te kouwone l la te anonse yon pwofesi konsènan yon wa ki prèt tou ki t ap gen pou vini e ki t ap la pou toutan. Gran prèt yo fè vin wa a rele Boujon. Ekriti yo montre byen klè se Jezi Kris ki Boujon sa a (Eza. 11:1; Mat. 2:23, nòt). Antanke Wa ki Gran Prèt tou, Jezi se chèf lame Jewova a ki nan syèl la. Antanke chèf lame, l ap travay ak tout fòs yon fason pou pèp Bondye a antanke gwoup ka viv an sekirite aktout y ap viv nan yon monn ki rayi yo (Jer. 23:5, 6). Talè konsa, Kris pral pran latèt nan viktwa l pral ranpòte sou nasyon yo nan objektif pou l defann dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an e pou l defann pèp Jewova a (Rev. 17:12-14; 19:11, 14, 15). Sepandan, anvan Boujon egzekite jijman l, li gen yon gwo travay pou l fè. w17.10 29 § 12-14.
Dimanch 20 janvye
Retire ansyen pèsonalite a sou nou ansanm ak abitid li yo. — Kol. 3:9.
Ki sa w t ap fè si rad ou ta vin sal, oswa l ta vin gen move sant? Ou t ap retire rad sa a kou sa posib. Menm jan an tou, nou bezwen aji vit pou n obeyi kòmandman ki mande pou n rejte tout abitid ki pa ann amoni ak pèsonalite Bondye. Nou dwe obeyi lòd byen klè apot Pòl te bay kretyen yo nan epòk li a lè l te di: “Voye tout bagay sa yo jete lwen nou.” Youn nan abitid Pòl te site yo ki se peche, se imoralite seksyèl (Kol. 3:5-9). Nan lang orijinal Bib la, sans mo lè yo tradui l yo mete “imoralite seksyèl” pou li a gen ladan l relasyon seksyèl ant moun ki pa marye youn ak lòt selon lalwa, san wete relasyon seksyèl ant gason ak gason, fi ak fi. Pòl te di kretyen yo pou yo fè “manm kò” yo “mouri”, sa vle di pou yo elimine kèlkeswa dezi yo genyen “anrapò ak imoralite seksyèl”. Langaj Pòl te itilize pou l esplike sa montre byen klè nou bezwen pran desizyon ki fèm pou n elimine move dezi sa yo. Men, nou kapab genyen konba kont dezi ki mennen nan peche yo. w17.08 18 § 5-6.
Lendi 21 janvye
M ap tann Bondye delivrans mwen an avèk pasyans. — Miche 7:7.
Sitiyasyon n ap viv jodi a sanble ak sitiyasyon ki te egziste nan epòk pwofèt Miche a. Li t ap viv nan epòk wa Ahaz ki te mechan. Se yon epòk ki te chaje ak tout kalite koripsyon. Anfèt, moun yo te vin “fò nan fè sa ki mal”. (Miche 7:1-3.) Miche te rann li kont li pa t ap ka chanje sitiyasyon sa a. Si n gen lafwa menm jan ak Miche, n ap dispoze ret tann Jewova. Sitiyasyon nou pa menm ak sitiyasyon yon prizonye yo pral egzekite e k ap ret tann nan yon kacho. Li oblije ret tann e l pa twò chofe pou sa k pral rive l la. Se pa ti diferan bagay yo diferan anpil pou nou! Nou dispoze ret tann Jewova paske n konnen l ap reyalize pwomès li fè pou l ban nou lavi ki pap janm fini an egzakteman nan bon moman an, nan pi bon moman an! Konsa, nou “andire nèt e [...] nou pran pasyans ak kè kontan”. (Kol. 1:11, 12.) Anmenmtan tou, si pandan n ap tann nan nou plede ap plenyen e n ap bougonnen kòmkwa Jewova pa aji ase vit, sa pap fè Bondye nou an plezi. — Kol. 3:12. w17.08 4 § 6-7.
Madi 22 janvye
Jewova leve moun ki gen imilite yo. — Sòm 147:6.
Piske Jewova pare pou l aji pou nou, ki jan n ka jwenn byenfè nan sa? Nou dwe gen bon relasyon avè l. Pou n ka genyen l, nou bezwen chèche gen imilite (Sof. 2:3). Moun ki gen imilite yo konte sou Bondye pou l korije kèlkeswa bagay mal ki rive e pou l efase konsekans yo gen sou yo. Jewova kontan wè moun sa yo e li apwouve yo. Yon lòt bò, Bondye “frape mechan yo atè”. (Sòm 147:6b.) Pawòl sa yo fò anpil! Pou n benefisye lanmou fidèl Jewova genyen e pou n evite kòlè l, nou dwe rayi sa l rayi (Sòm 97:10). Pa egzanp, nou dwe rayi imoralite seksyèl. Sa vle di nou dwe ret lwen nenpòt bagay ki ka fè n tonbe nan peche sa a, sa gen ladan l pònografi (Sòm 119:37; Mat. 5:28). Sa ka reprezante yon gwo konba, men sa vo lapenn pou n fè kèlkeswa efò a pou n ka jwenn benediksyon Jewova. Pou n goumen nan konba sa a, se sou Jewova nou bezwen konte, se pa sou tèt nou. Nou dwe pwoche bò kote Jewova, e nou dwe sipliye l pou l ede n. w17.07 19-20 § 11-13.
Mèkredi 23 janvye
Moun ki fè moun ki malere favè se Jewova li prete. — Pwo. 19:17.
Lè n itilize sa n posede nan domèn materyèl pou n fè enterè Wayòm nan avanse, sa pèmèt nou pwofite sitiyasyon nou pou n ede lòt moun. Moun ki gen mwayen nan monn sa a men ki pa ka antre nan sèvis aplentan oswa ki pa ka al sèvi nan lòt peyi kontan aprann yo itilize ofrann yo bay yo pou ede lòt moun nan travay predikasyon an. Grasa ofrann volontè yo, òganizasyon an kapab voye piblikasyon nan tèritwa ki gen anpil povrete men ki gen anpil akwasman e l kapab soutni travay predikasyon an nan tèritwa sa yo. Pandan plizyè ane, nan kèk peyi tankou Kongo, Madagaska ak Wannda, piske pafwa yon Bib konn koute menm kantite kòb ak yon semèn oswa yon mwa travay, frè yo konn oblije chwazi ant bay fanmi yo manje ak posede yon Bib. Kounye a, grasa ofrann anpil moun fè e piske “bagay yo vin egal” nan domèn finans, òganizasyon Jewova a soutni travay tradiksyon ak distribisyon Bib la yon fason pou chak moun nan yon fanmi ak chak etidyan Labib ki grangou nan domèn espirityèl ka gen youn. — 2 Kor. 8:13-15. w17.07 9 § 11.
Jedi 24 janvye
Pitit mwen, montre w saj e fè kè m kontan, pou m ka reponn moun k ap pwovoke m nan. — Pwo. 27:11.
Poukisa l rekonfòtan pou n reflechi sou enpòtans fidelite nou genyen? Se paske sa montre eprèv n ap sibi yo gen yon objektif. Olye eprèv n ap sibi yo fè n panse Jewova fache kont nou, yo ban nou posiblite pou n montre n ap defann dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an. Lè n andire, nou “vin nan yon kondisyon Bondye apwouve”, epi esperans nou an vin pi solid (Wom. 5:3-5). Istwa Jòb la montre jan “Jewova gen anpil konpasyon ak anpil mizèrikòd”. (Jak 5:11.) Konsa, nou ka gen asirans Jewova ap rekonpanse nou menm ansanm ak tout moun k ap defann dwa l genyen pou l dirije antanke Souvren an. Lefètke n konn sa, sa ede n “andire nèt e [sa ede n] pran pasyans ak kè kontan”. (Kol. 1:11.) Nòmalman, li ka difisil anpil pou n kite je n fikse sou kesyon ki gen rapò ak defann dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an. Se sa k fè l ap bon pou n toujou sonje jan l enpòtan pou n defann dwa Bondye genyen pou l dirije antanke Souvren an lè n nan sitiyasyon difisil. w17.06 26 § 15-16.
Vandredi 25 janvye
Evite tout kalite tanta. — Lik 12:15.
Jodi a, sèl bagay ki nan lespri anpil moun se rad dènye modèl, dènye gadjèt elektwonik, elatriye. Se sa k fè, chak kretyen dwe egzamine pwòp dezi li genyen regilyèman lè l poze tèt li kesyon ki vin apre yo: ‘Èske bagay materyèl vin tèlman enpòtan pou mwen sa fè m pase plis tan ap fè rechèch oswa ap reflechi sou machin dènye modèl oswa sou dènye modèl rad ki parèt olye m pase tan ap prepare reyinyon yo? Èske m vin tèlman okipe nan aktivite m ap mennen chak jou sa fè m pase mwens tan ap priye oswa ap li Labib?’ Si nou rann nou kont lanmou pou bagay materyèl ap pran plas lanmou nou gen pou Kris la, nou dwe reflechi sou pawòl Jezi te di ki nan tèks pou jounen an. Jezi te fè konnen “pèsonn pa ka esklav de mèt anmenmtan”. Men sa l te ajoute: “Nou pa ka esklav Bondye ak Lajan anmenmtan.” Rezon an se paske toule de “mèt” sa yo mande pou n ba yo yon atachman san pataj (Mat. 6:24). Antanke moun ki enpafè, nou tout dwe kontinye goumen kont “dezi nou gen nan chè nou”, san wete lanmou pou bagay materyèl. — Efe. 2:3. w17.05 25-26 § 15-16.
Samdi 26 janvye
Mwen fè tout bagay pou bon nouvèl la, pou m ka pataje l ak lòt moun. — 1 Kor. 9:23.
Byenke nou se senpleman yon seri veso ki fèt an tè e ki enpafè, mesaj n ap preche a ka fè ni nou menm ni moun ki koute n yo gen lavi ki pap janm fini an. Lanmou apot Pòl te gen pou travay predikasyon an te pouse l fè tout sa l kapab pou l fè disip (Wom. 1:14, 15; 2 Tim. 4:2). Sa te ede l andire opozisyon ki rèd anpil (1 Tes. 2:2). Ki jan n ka montre nou renmen travay predikasyon an konsa tou? Youn nan fason Pòl te montre li renmen travay predikasyon an se lè l te pwofite tout okazyon pou l pale ak lòt moun. Menm jan ak apot yo ak kretyen yo nan premye syèk la, nou fè predikasyon enfòmèl, an piblik ak kay an kay (Tra. 5:42; 20:20). Depi sitiyasyon nou pèmèt sa, nou chèche jwenn fason pou n fè plis nan travay predikasyon an, petèt lè n pran sèvis pyonye oksilyè oswa pèmanan. Anplis de sa, nou ka aprann lòt lang, nou ka demenaje al nan yon lòt zòn nan peyi nou oswa nou ka menm demenaje al nan yon lòt peyi. — Tra. 16:9, 10. w17.06 10-11 § 8-9.
Dimanch 27 janvye
Tout mòn yo ak tout zile yo kite plas kote yo te ye yo. — Rev. 6:14.
Anpil nan bagay mal k ap fèt nan monn sa a se pa travay kèk grenn moun, men se travay òganizasyon yo. Pa egzanp, reflechi sou òganizasyon relijye yo k ap twonpe plizyè milyon moun konsènan kiyès Bondye ye, k ap fè moun pèdi konfyans nan Bib la, k ap twonpe moun konsènan avni tè a ak lèzòm e konsènan anpil lòt sijè ankò. Ki sa n ka di konsènan gouvènman k ap ankouraje lagè ak vyolans ant moun ki pa menm ras e ki pa gen menm kilti, k ap toupizi moun ki pòv e ki san defans, ki renmen pran lajan anba anba e ki nan patipri? E konpayi ki ava yo k ap sal anviwònman an, k ap gaspiye resous natirèl yo, k ap eksplwate moun k ap achte yo pou kèk moun ka vin pi rich pandan plizyè milyon moun ap goumen ak lamizè? Pawòl Bondye a fè konnen yo pral sekwe gouvènman yo ak tout òganizasyon ki atache avèk yo depi nan fondasyon yo, y ap detwi yo ansanm ak tout moun ki pran pozisyon pou yo kont Wayòm Bondye a. — Jer. 25:31-33. w17.04 11 § 7-8.
Lendi 28 janvye
Mwen pap lage malè sa a sou li pandan l vivan an. — 1 Wa 21:29.
Jewova, Sila a ki “wè sa k nan kè moun” nan te fè Ahab mizèrikòd nan yon sèten sans (Pwo. 17:3). Ki efè desizyon sa a te gen sou moun ki te okouran krim terib Ahab te fè a? Lefètke sanble te vin gen yon chanjman, sa te ka yon eprèv pou lafwa fanmi ak zanmi Nabòt. Nan ka sa a, imilite t ap pwoteje yo, li t ap ankouraje yo kontinye ret fidèl nan adorasyon yo t ap bay Jewova toutpandan yo te gen konfyans Bondye yo a pa kapab fè enjistis (Det. 32:3, 4). Nabòt ak pitit gason l yo ansanm ak fanmi yo pral jwenn jistis yon fason ki pafè lè Jewova resisite moun ki jis yo (Jòb 14:14, 15; Jan 5:28, 29). Mete sou sa, yon moun ki gen imilite ap sonje “vrè Dye a ap jije tout aksyon moun fè, menm sa ki fèt an kachèt yo, pou l di si yo bon, si yo pa bon”. (Ekl. 12:14.) Li klè, lè Jewova ap fè jijman, li pran an konsiderasyon bagay nou pa konnen. Konsa, imilite pwoteje moun ki inosan yo pou malè pa rive yo nan domèn espirityèl. w17.04 24 § 8-9.
Madi 29 janvye
Yon bon zanmi demontre lanmou toutan. — Pwo. 17:17.
Akoz jan bagay yo ye nan monn nan, anpil nan frè nou yo vin refijye. Chanjman sa a ka difisil anpil pou yo. Imajine yon refijye k ap eseye aprann yon lòt lang e k ap eseye adapte l ak yon seri nouvo lwa ak egzijans ki gen rapò ak koutim, respekte lè, peye taks, peye bòdwo, al lekòl ak disipline timoun, e l dwe aprann fè tout bagay sa yo anmenmtan! Avèk pasyans e avèk respè, èske w ka ede frè ak sè k ap rankontre difikilte sa yo (Flp. 2:3, 4)? Anplis de sa, pafwa otorite yo konn fè l difisil pou frè sa yo pran kontak ak kongregasyon an. Gen kèk ajans ki konn di frè nou yo y ap koupe èd yo ba yo oswa yo pap ba yo azil si yo refize aksepte travay k ap fè yo rate reyinyon. Gen kèk frè ki pran nan presyon sa yo akoz yo pè e yo pa ka defann tèt yo. Se sa k fè n dwe rankontre frè nou yo ki refijye tousuit lè yo fèk rive. Yo dwe wè nou gen sousi pou yo. Lè n gen konpasyon pou yo e nou ba yo èd yo bezwen, sa ka fòtifye lafwa yo. — Pwo. 12:25. w17.05 5 § 9-10.
Mèkredi 30 janvye
Lanmou pifò moun ap vin rafredi. — Mat. 24:12.
Youn nan aspè nan siy Jezi te bay konsènan “fen sistèm nan” se te “lanmou pifò moun [ki t ap] vin rafredi”. (Mat. 24:3.) Nan premye syèk la, gen Juif ki te fè konnen yo fè pati pèp Bondye a ki te kite lanmou yo gen pou Bondye vin rafredi. Yon lòt bò, pifò kretyen nan epòk sa a te okipe nan “anonse bon nouvèl konsènan Kris la” e yo te kontinye montre yo gen lanmou pou Bondye, pou kretyen parèy yo ak pou moun ki pa kwayan yo (Tra. 2:44-47; 5:42). Aktout sa, gen kèk nan disip Jezi yo nan premye syèk la ki te kite lanmou yo vin rafredi. Men sa Jezi Kris ki resisite te di kretyen nan premye syèk la ki t ap viv nan vil Efèz yo: “Sa mwen gen kont ou, sèke ou pèdi lanmou w te genyen okòmansman an.” (Rev. 2:4). Ki youn nan rezon petèt ki te lakòz sa? Petèt disip Kris sa yo ki t ap viv nan premye syèk la te kite lespri monn nan ki fikse sou bagay lachè gen enfliyans sou yo. — Efe. 2:2, 3. w17.05 17 § 1-3.
Jedi 31 janvye
Se pou w respekte ve w fè Jewova yo. — Mat. 5:33.
Jij Jefte te yon chèf ki vanyan. Ana te yon madanm ki te soumèt devan mari l. Jefte te yon sòlda ki te brav. Ana te yon dam tou senp ki t ap pran swen kay li. Se vre yo t ap adore menm Dye, men, ki lòt bagay petèt ki te fè sitiyasyon jij Jefte sanble ak sitiyasyon Ana, madanm Èlkana? Yo chak te fè Bondye yon ve, e avèk fidelite, yo toule de te respekte ve yo te fè a. Yo se bèl egzanp pou gason ak fi jodi a ki chwazi fè Jewova yon ve. Selon Bib la, yon ve se yon pwomès serye yon moun fè Bondye. Se lè yon moun pwomèt pou l fè yon bagay, pou l bay yon kado, pou l fè yon kalite sèvis, oswa pou l pa fè kèk bagay. Yo pa fòse moun fè ve, se yon bagay yon moun deside fè poukont li. Sepandan, ve yo sakre e yo gen anpil valè nan je Bondye paske yo gen menm enpòtans ak yon sèman, oswa yon deklarasyon kote yon moun fè yon sèman pou l pwomèt l ap fè yon bagay oswa l pap fè l. — Jen. 14:22, 23; Ebre 6:16, 17. w17.04 3 § 1-2.