BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es19 p. 17-26
  • Fevriye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fevriye
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2019
  • Soutit
  • Vandredi 1ye fevriye
  • Samdi 2 fevriye
  • Dimanch 3 fevriye
  • Lendi 4 fevriye
  • Madi 5 fevriye
  • Mèkredi 6 fevriye
  • Jedi 7 fevriye
  • Vandredi 8 fevriye
  • Samdi 9 fevriye
  • Dimanch 10 fevriye
  • Lendi 11 fevriye
  • Madi 12 fevriye
  • Mèkredi 13 fevriye
  • Jedi 14 fevriye
  • Vandredi 15 fevriye
  • Samdi 16 fevriye
  • Dimanch 17 fevriye
  • Lendi 18 fevriye
  • Madi 19 fevriye
  • Mèkredi 20 fevriye
  • Jedi 21 fevriye
  • Vandredi 22 fevriye
  • Samdi 23 fevriye
  • Dimanch 24 fevriye
  • Lendi 25 fevriye
  • Madi 26 fevriye
  • Mèkredi 27 fevriye
  • Jedi 28 fevriye
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2019
es19 p. 17-26

Fevriye

Vandredi 1ye fevriye

Noye te fè tout sa Bondye te ba l lòd fè. Se egzakteman sa l te fè. — Jen. 6:22.

Noye pa t janm konstwi yon lach anvan sa. Donk, li te dwe konte sou Jewova e se “egzakteman sa l te fè”, sètadi egzakteman jan Jewova te di l fè a. Ki rezilta sa te bay? Noye te byen konstwi l yon sèl kou. Vrèmanvre, se sa l te dwe fè! Noye te reyisi antanke chèf fanmi tou, e se menm rezon yo ki fè sa, sètadi l te gen konfyans nan sajès Bondye. Se sa k fè l te byen anseye pitit li yo e l te ba yo bon egzanp, yon bagay ki te yon gwo defi nan epòk sa a anvan delij la, yon epòk ki te chaje ak mechanste (Jen. 6:5). Antanke paran, ki jan n ka aji “egzakteman” jan Bondye vle a? Se lè n koute Jewova. Se lè n kite l anseye n fason pou n leve pitit nou grasa Pawòl li a ansanm ak konsèy nou jwenn nan òganizasyon l lan. Sepandan, gen kèk timoun ki vire do bay Jewova malgre tout efò paran yo fè. Malgre sa, paran ki eseye fè tout sa yo kapab pou antre laverite nan kè pitit yo gen yon bon konsyans. Epitou, yo ka gen espwa yon timoun ki rebèl ap retounen vin jwenn Jewova yon jou. w18.03 30 § 10-11.

Samdi 2 fevriye

Se pou youn [...] akeyi lòt. — 1 Pyè 4:9.

Èske w konn anvi akeyi moun men w santi w pa kalifye pou sa? Gen moun ki timid e yo pè pou konvèsasyon pa dire twòp oswa pou moun yo envite yo pa santi yo raz. Gen lòt moun ki pa gen anpil lajan e yo kwè yo pap janm ka bay envite yo menm bagay ak lòt moun nan kongregasyon an. Sa k pi enpòtan nan yon kay se pa lefètke l estravagan, men se lefètke l gen lòd, li pwòp e l se yon kote ki akeyan. Lè w kite lanmou pouse w akeyi lòt moun, ou pap pè. Sonje lè n montre n enterese nan moun nou envite yo sa toujou bay bon rezilta (Flp. 2:4). Prèske tout moun renmen pataje eksperyans yo fè nan lavi a. Lè n reyini ansanm se ka sèl okazyon lòt moun genyen pou yo tande eksperyans nou te fè. Men sa yon ansyen ekri: “Lè m envite frè ak sè nan kongregasyon an lakay mwen, sa ede m konprann yo pi byen e sa ban m tan pou m aprann konnen yo, sitou fason yo te pran laverite.” Lè n enterese nan lòt moun avèk lanmou sa ka bay kè kontan nan kèlkeswa okazyon an. w18.03 17 § 15-17.

Dimanch 3 fevriye

Poukisa w ap pèdi tan? Leve pou w al batize. — Tra. 22:16.

Paran ki kretyen yo ede pitit yo pran desizyon ki saj. Lè yon moun voye batèm li pou pita oswa l ap di l a gentan san okenn rezon, sa ka fè l jwenn pwoblèm nan domèn espirityèl (Jak 4:17). Sepandan, avèk sajès, paran yo vle gen asirans pitit yo pare pou respekte responsablite ki mache ak desizyon yo pran pou yo vin kretyen an anvan yo batize. Gen kèk siveyan sikonskripsyon ki montre yo enkyè paske yo konn rankontre kèk jèn ki prèske kite adolesans oswa ki nan kòmansman ventèn e ki grandi nan yon fanmi ki kretyen, men, ki poko batize. Nan pifò ka, jèn sa yo se jèn ki asiste reyinyon kongregasyon an e ki patisipe nan travay predikasyon an. Yo konsidere tèt yo kòm Temwen Jewova. Men, pou kèk rezon yo ezite vwe Jewova lavi yo epi pou yo batize. Ki sa k ka lakòz sa? Nan kèk ka, se paran yo ki ankouraje yo voye batèm yo pou pita. w18.03 8 § 1-2.

Lendi 4 fevriye

Gen menm mantalite Kris Jezi te genyen an. — Wom. 15:5.

Pou n vin menm jan ak Kris, nou bezwen konn fason l panse epi n bezwen byen konprann pèsonalite l. Apre sa, nou bezwen suiv li pye pou pye. Jezi fikse lespri l sou relasyon l gen ak Bondye. Donk, lè n vin menm jan ak Jezi, sa fè n vin menm jan ak Jewova plis toujou. Pou rezon sa yo, li klè, li vrèman enpòtan pou n aprann panse menm jan ak Jezi. Ki jan n ka fè sa? Disip Jezi yo te wè mirak Jezi te fè yo, yo te tande diskou l yo, yo te wè fason l te trete tout kalite moun e yo te wè jan l te suiv prensip Bondye yo (Tra. 10:39). Sepandan, nou pa gen posiblite wè sa Jezi ap fè. Men, avèk lanmou, Jewova te fè ekri Evanjil yo ki ka fè pèsonalite Jezi vin vivan nan lespri nou. Lè n li Liv Matye, Mak, Lik ak Jan ki nan Bib la epi n medite sou yo, nou kite panse Kris la aji sou panse nou. Konsa, nou kapab “suiv tras li pye pou pye” e n ka vin “gen menm mantalite” Kris te genyen an. — 1 Pyè 2:21; 4:1. w18.02 22 § 15-16.

Madi 5 fevriye

Yon moun gen lafwa apre l fin tande pawòl la. — Wom. 10:17.

Depi nan kòmansman istwa lèzòm, gason ak fi ki gen lafwa yo aprann konnen Bondye twa fason prensipal: lè yo gade pati nou ka wè nan kreyasyon an, lè yo jwenn fòmasyon nan men lòt moun ki gen lakrentif pou Bondye ak lè yo wè byenfè yo jwenn lè yo viv ann amoni ak prensip Bondye yo ki jis (Eza. 48:18). Lè Noye t ap gade kreyasyon an, nonsèlman l te ka wè yon pakèt prèv konsènan egzistans Bondye, men tou, li te ka wè pakèt kalite Bondye genyen yo ki envizib, tankou “pisans li ki etènèl e lefètke se li menm reyèlman ki Bondye”. (Wom. 1:20.) Konsa, Noye pa t annik kwè nan Bondye, men, li te vin gen yon lafwa solid nan li. Pa gen dout, Noye te aprann anpil bagay nan men moun nan fanmi l. Pami moun sa yo te gen papa l, Lamèk, ki te yon moun ki gen lafwa e ki te viv nan menm epòk ak Adan. Anplis de sa, li te aprann nan men granpapa l, Metouchela, ak nan men gran gran granpapa l, Jarèd, li menm ki te mouri lè Noye te gen 366 an (Lik 3:36, 37). Kèlkeswa jan sa te ye, sa Noye te aprann yo te touche kè l e sa te pouse l sèvi Bondye. — Jen. 6:9. w18.02 9 § 4-5.

Mèkredi 6 fevriye

Pa kite solèy la kouche sou nou tou an kòlè. — Efe. 4:26.

Lè se yon kwayan parèy nou oswa yon moun nan fanmi nou ki di n yon bagay oswa ki fè n yon bagay ki fè n mal anpil, sa ka fè n fache. Ann sipoze nou jis pa ka bliye yon bagay ki te rive. Èske w ap kenbe rankin nan kè w pandan plizyè ane? Oswa èske w ap suiv konsèy Bib la bay lè w chèche regle bagay yo byen vit? Plis nou kite anpil tan pase anvan n regle sitiyasyon an, se plis l ap vin pi difisil pou n fè lapè ak frè nou yo. Ki etap ou ka suiv pou w fè lapè? Toudabò, ouvri kè w bay Jewova nan lapriyè. Mande l ede w gen yon konvèsasyon ki ankourajan ak frè w la. Sonje frè w la se youn nan zanmi Jewova genyen yo (Sòm 25:14). Jewova aji ak zanmi l yo avèk bonte e l atann pou n fè menm jan an (Pwo. 15:23; Mat. 7:12; Kol. 4:6). Apre sa, byen reflechi ak sa w pral di. Pa kouri panse frè w la fè espre pou l fè w fache. E se pou w admèt li posib pou ou menm tou ou te kontribye nan sa k pase a. w18.01 10 § 15-16.

Jedi 7 fevriye

Menm jan mwen renmen nou an, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt. — Jan 13:34.

Kontrèman ak moun ki montre yo pa gen lanmou, jan atitid sa a gaye toupatou jodi a, moun k ap adore Jewova yo gen bonjan lanmou pou moun parèy yo. Se konsa sa te toujou ye. Jezi te fè konnen lanmou pou pwochen se dezyèm pi gwo kòmandman ki gen nan Lwa Moyiz la, e se sèl kòmandman ki mande pou n renmen Bondye a ki pi gwo pase l (Mat. 22:38, 39). Anplis de sa, Jezi te di lòt moun t ap rekonèt vrè kretyen yo paske yo t ap gen lanmou youn pou lòt (Jan 13:35). Lanmou sa a kretyen yo genyen an t ap menm pouse yo renmen ènmi yo (Mat. 5:43, 44). Jezi te montre l renmen lòt moun anpil. Li te vwayaje sot nan yon vil al nan yon lòt pou l anonse moun yo bon nouvèl Wayòm Bondye a. Li te geri moun ki avèg, moun ki enfim, moun ki gen maladi lèp ak moun ki soud. Li te leve moun ki mouri (Lik 7:22). Jezi te menm bay lavi l pou lèzòm. Jezi te demontre lanmou Papa l genyen an yon fason ki pafè. Toupatou sou tè a, Temwen Jewova yo montre yo gen lanmou ki soti nan Bondye a pou lòt moun. w18.01 29-30 § 11-12.

Vandredi 8 fevriye

Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan. — Flp. 4:13.

Petèt ou te jèn anpil lè w te vin kalifye pou w batize. E nan epòk sa a ou pa toujou ka konnen ki eprèv k ap tann ou. Yon bagay k ap ede w ret fidèl nan kèlkeswa sitiyasyon an se lè w pa janm bliye pwomès ou te fè Jewova a se yon pwomès ki san kondisyon. Sa vle di ou te pwomèt Sila a ki gen dwa pou l dirije linivè antanke Souvren an w ap kontinye sèvi l menmsi zanmi w oswa paran w sispann fè sa (Sòm 27:10). Nan kèlkeswa sitiyasyon an, grasa èd Jewova, ou ka chèche vin gen fòs pou w viv ann amoni ak ve w te fè a (Fil. 4:11, 12). Jewova vle pou w vin zanmi l. Men, sa ap mande efò pou w kenbe amitye sa a e pou w kontinye travay pou pwòp delivrans ou. Anfèt, Filipyen 2:12 di: “Kontinye travay pou pwòp delivrans nou, avèk krent ak anpil respè.” Kidonk, egzamine fason w ap kenbe amitye w gen ak Jewova a e pou w ret fidèl avè l kèlkeswa difikilte w rankontre. Ou pa dwe vin gen twòp konfyans nan tèt ou. Menm moun ki gen lontan depi y ap sèvi Bondye konn kite laverite. w17.12 24 § 4, 6-7.

Samdi 9 fevriye

Se ak tout kè m mwen ofri w tout bagay sa yo. — 1 Kwo. 29:17.

Jewova fè n onè lè l ban nou opòtinite pou n soutni kokenn travay k ap fèt jodi a. Li ban nou garanti n ap jwenn benediksyon lè n bay sa n genyen pou n soutni Wayòm nan (Mal. 3:10). Jewova pwomèt zafè moun ki renmen bay la ap mache byen (Pwo. 11:24, 25). Lè n bay, sa fè kè n kontan tou paske “yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa”. (Tra. 20:35.) Pa mwayen pawòl nou ak egzanp nou, nou gen privilèj pou n fòme pitit nou ak moun ki fèk vin nan laverite yo pou yo konn ki jan yo ka aprann bay, e pou yo konnen lè yo fè sa, sa ka fè yo jwenn anpil benediksyon. Se Jewova ki ban nou tout sa n genyen. Lè n ba li nan sa l ban nou, nou montre nou renmen l e n genyen l rekonesans pou tout sa l fè pou nou. Lè yo t ap fè ofrann pou konstriksyon tanp lan, “moun yo te kontan poutèt yo te fè ofrann sa yo”. (1 Kwo. 29:9.) Menm jan an tou, ann kontinye jwenn lajwa ak satisfaksyon lè n bay Jewova sa li menm li te ban nou. w18.01 21 § 18-19.

Dimanch 10 fevriye

Chak moun nan pozisyon pa l: Kris an premye, apre sa, moun ki pou Kris yo, pandan prezans li. — 1 Kor. 15:23.

Premye rezirèksyon an t ap gen pou l fèt yon ti tan apre “prezans” Kris la te kòmanse. Moun Bondye chwazi pou al nan syèl k ap vivan pandan gwo tribilasyon an ap “anlve [...] nan nyaj yo”. (1 Tes. 4:13-17; Mat. 24:31.) Yo “tout ap chanje, nan yon moman, nan yon batje, pandan dènye kout twonpèt la”. (1 Kor. 15:51, 52.) Jodi a, pifò kretyen fidèl yo se pa moun Bondye chwazi pou al nan syèl e yo pa resevwa apèl pou y al sèvi ansanm ak Kris nan syèl la. Olye de sa, y ap tann pou sistèm mechan sa a rive nan bout li pandan “jou Jewova a”. Pèsonn pa ka konnen ki lè egzakteman lafen an ap rive, men, gen prèv ki montre li toupre (1 Tes. 5:1-3). Se sa k fè, gen yon lòt kalite rezirèksyon ki pral fèt, yon rezirèksyon pou moun ki pral viv nan Paradi sou tè a. Moun ki pral resisite yo pral gen posiblite pou yo vin moun ki pafè e yo pap janm mouri ankò. w17.12 11 § 15; 12 § 18-19.

Lendi 11 fevriye

Kote ki gen jalouzi ak tandans pou moun fè kont, ap gen dezòd ak tout kalite vye bagay. — Jak 3:16.

Si n chèche gen lanmou ak bonte nan kè nou, nou pap vin jalou fasil. Pawòl Bondye a di: “Lanmou gen pasyans ak byenveyans. Lanmou pa jalou sò moun.” (1 Kor. 13:4). Pou n pa kite jalouzi pran rasin nan kè nou, nou dwe fè efò pou n wè bagay yo jan Bondye wè yo e pou n wè frè n ak sè n yo kòm moun ki fè pati menm kò a antanke kretyen. Sa ap ede n demontre menm santiman an pou yo ann amoni ak konsèy sa a ki di: “Si yon manm jwenn glwa, tout lòt yo rejwi avè l.” (1 Kor. 12:16-18, 26). Donk, olye n jalou lè lòt moun jwenn benediksyon, n ap kontan pou yo. Ann pran egzanp Jonatan, pitit gason wa Sayil. Li pa t jalou lè Bondye te chwazi David pou l vin eritye twòn nan. Okontrè, li te ankouraje David (1 Sam. 23:16-18). Èske n ka demontre bonte ak lanmou menm jan ak Jonatan? w17.11 27 § 10-11.

Madi 12 fevriye

Li pap jije moun selon sa je l ba li, ni li pap korije moun sèlman sou sa zòrèy li tande. L ap jije malere yo san paspouki, e l ap korije moun yon fason ki jis. — Eza. 11:3, 4.

Jewova te fè konsève Lwa sa a pou nou nan Pawòl li a, Labib. Li pa vle pou n bay tout ti detay ki nan Lwa a yon enpòtans ki egzajere, men, li vle pou n chèche konprann “pwen ki pi enpòtan” yo, anpalan de prensip ki gen anpil valè ki soutni kòmandman ki nan Lalwa yo e pou n aplike yo (Mat. 23:23). Lalwa Bondye te bay Moyiz la se te yon aspè nan “chapant konesans [...] ak chapant verite” konsènan Jewova ak prensip li yo ki jis (Wom. 2:20). Pa egzanp, vil refij yo aprann ansyen yo jan pou yo “jije yon fason ki kòrèk e ki dwat”, e yo aprann nou tout jan pou n “aji youn ak lòt yon fason ki montre nou gen lanmou ki fidèl ak mizèrikòd”. (Zak. 7:9.) Nou pa anba Lalwa ankò. Men, Jewova pa chanje, e kalite tankou jistis ak mizèrikòd toujou gen enpòtans pou li. Se pa ti privilèj nou genyen pou n adore yon Dye nou fèt pòtre avè l, yon Dye nou ka imite kalite l yo e nou ka pran refij nan li! w17.11 13-14 § 2-3; 17 § 18-19.

Mèkredi 13 fevriye

Byennere moun ki jwenn sajès ak moun ki vin gen bon konprann. — Pwo. 3:13.

Frè k ap pale sou estrad la dwe toujou asire yo se Ekriti yo ki baz diskou y ap fè a (Jan 7:16). Ki sa sa mande? Toudabò, fè atansyon pou anyen pa anpeche moun yo ret konsantre sou vèsè w ap itilize yo, kit se eksperyans ou site, egzanp ou pran oswa menm fason w ap bay diskou a. Anplis de sa, sonje lè w annik li yon pakèt vèsè se pa sa ki montre w ap sèvi ak Bib la pou w anseye. Anfèt, lè w itilize twòp vèsè, sa ka lakòz moun k ap koute w yo pa sonje okenn nan yo. Kidonk, pran san w pou w chwazi vèsè yo epi pran tan pou w li yo, pou w esplike yo, pou w bay egzanp e pou w byen aplike yo (Ney. 8:8). Eseye konprann rapò ki genyen ant sa yo di nan plan an ak vèsè yo site yo. Sa k pi enpòtan an, priye Jewova pou w mande l ede w byen prezante panse ki gen anpil valè ki nan Pawòl li a. — Esd. 7:10. w17.09 26 § 11-12.

Jedi 14 fevriye

Tounen vin jwenn mwen, e m ap tounen vin jwenn nou. — Zak. 1:3.

Ane 537 anvan epòk nou an se yon ane ki te bay pèp Jewova a, yon pèp ki te apa pou li, anpil kè kontan. Apre yo te fin fè 70 an kòm prizonye nan Babilòn, yo te jwenn libète yo e avèk anpil antouzyas, yo te dwe travay pou yo retabli vrè adorasyon an nan Jerizalèm. Nan ane 536 anvan epòk nou an, yo te fè fondasyon tanp lan. Sèzan annapre, konstriksyon tanp Jewova a te toujou ret kanpe. Pèp Bondye a te bezwen yo fè yo sonje yo te dwe tounen vin jwenn Jewova e yo dwe sispann met afè pèsonèl yo an premye. Pou Bondye te fè pèp li a sonje rezon ki fè l te libere yo nan Babilòn, li te voye Zakari, pwofèt li a, kot pèp la nan ane 520 anvan epòk nou an. Non Zakari, yon non ki vle di “Jewova sonje”, dwe te fè yo sonje yon verite enpòtan. Byenke yo te bliye aksyon Jewova te fè pou l sove yo, Bondye te toujou sonje pèp li a (Zak. 1:3, 4). Avèk lanmou, li te ba yo asirans li t ap ede yo mete vrè adorasyon an sou pye ankò, men tou, yon fason ki fèm, li te avèti yo li pap aksepte yo adore l ak de kè. w17.10 21-22 § 2-3.

Vandredi 15 fevriye

Se pou nou aji byen youn ak lòt, se pou nou gen kè sansib ak tandrès. — Efe. 4:32.

Gen kèk espesyalis ki etidye sante mantal ki fè konnen lè n toujou gen kè sansib sa ka amelyore sante n, byennèt nou, ak relasyon nou gen ak lòt moun. Lè w soulaje soufrans lòt moun, ou vin gen plis kè kontan, ou vin pi pozitif, ou mwens santi w poukont ou, e w mwens gen tandans pou w gen panse negatif. Vrèmanvre, lè w gen kè sansib sa ap bon pou ou. Kretyen ki chèche ede lòt moun yon fason ki demontre lanmou vin gen yon bon konsyans, paske yo konnen fason yo aji a ann amoni ak prensip Bondye yo. Yon moun ki gen yon atitid konsa ap vin yon pi bon paran, yon pi bon konjwen e yon pi bon zanmi. Moun ki chofe pou demontre kè sansib gen plis posiblite pou yo resevwa èd ak sipò lè yo bezwen sa (Mat. 5:7; Lik 6:38). Byenke w konnen lè w gen kè sansib sa bon pou ou, se pa sa ki ta dwe rezon prensipal ki fè w dwe chèche genyen l. Rezon prensipal la se ta dwe dezi w genyen pou w imite Jewova Dye e pou w ba l glwa piske se li menm ki Sous lanmou ak kè sansib. — Pwo. 14:31. w17.09 12 § 16-17.

Samdi 16 fevriye

Li dwe chita pou l dirije sou twòn li antanke wa. Li dwe vin yon prèt tou. — Zak. 6:13.

Nonsèlman Jezi se Wa ki Gran Prèt tou, men l gen responsablite pou l “bati tanp Jewova a” tou. Nan epòk nou an, travay konstriksyon Jezi a te gen ladan l libere vrè adoratè yo nan Gran Babilòn nan epi retabli kongregasyon kretyen an nan ane 1919. Anplis de sa, li te tabli yon “esklav fidèl ki prevwayan” pou pran latèt nan dirije travay k ap fèt nan lakou gran tanp espirityèl la sou tè a (Mat. 24:45). Mete sou sa, Jezi okipe anpil nan pirifye pèp Bondye a pou ede yo bay Jewova yon adorasyon ki pwòp (Mal. 3:1-3). Pandan Rèy mil an Jezi a, li menm ak 144 000 wa ak prèt k ap ansanm avè l yo pral fè moun ki fidèl yo vin pafè. Lè sa fin fèt, se sèlman vrè adoratè Bondye yo k ap abite sou tè a k ap vin pwòp. Finalman, vrè adorasyon ap retabli nèt! w17.10 29 § 15-16.

Dimanch 17 fevriye

Li dwe rete nan [vil li te kouri al pran refij la] jiskaske gran prèt [...] la mouri. — Nonb 35:25.

Yon moun ki te touye yon lòt moun san l pa t gen entansyon fè sa te dwe aji pou l jwenn mizèrikòd. Li te dwe kouri al nan vil refij ki pi pre a (Joz. 20:4). Nou pa ka imajine yon moun ki nan mawon k ap fè neglijans! Se sèlman si l te kouri al nan vil sa a byen vit epi l rete ladan l li t ap ka sove lavi l! Sa te mande pou l fè sakrifis. Li te dwe abandone travay li, kay li ak libète l te genyen pou l al kote l vle, jiskaske gran prèt la mouri. Men, sa te vo lapenn pou l te fè tout sakrifis sa yo. Jodi a, pou yon moun ki te fè yon bagay mal e ki repanti jwenn mizèrikòd Bondye, li dwe aji menm jan an tou. Li dwe sispann fè peche l t ap fè a nèt, nonsèlman l dwe kouri pou peche ki grav, men tou, li dwe kouri pou peche ki pa twò grav ki konn mennen nan gwo peche. Lè n fè gwo efò pou n sispann fè peche n te konn fè yo, nou montre Jewova nou pa kè pòpòz e n pa pran mizèrikòd li pou jwèt. — 2 Kor. 7:10, 11. w17.11 10-11 § 10-11.

Lendi 18 fevriye

Se pou youn kontan akeyi lòt, san bougonnen. — 1 Pyè 4:9.

Jewova ban nou lòd pou n montre n donan ak frè n ak sè n yo (1 Jan 3:17). Sepandan, nou dwe gen bon motivasyon lè n ap fè sa, nou dwe evite tout tandans egoyis. Nou ka mande tèt nou: ‘Èske se sitou bon zanmi m yo, moun ki nan gwo pozisyon yo oswa moun ki ka remèt mwen sa m fè pou yo, mwen renmen akeyi? Oswa èske m chèche jwenn fason pou m montre m donan ak frè ak sè mwen pa byen konnen oubyen ki pa ka remèt mwen sa?’ (Lik 14:12-14). Ann sipoze yon kretyen parèy nou ta vin nan bezwen akoz kèk move desizyon l te pran oswa l pa ta remèsye n pou sa n te fè pou li. Nan sitiyasyon sa yo, nou ta dwe aplike konsèy nou jwenn nan tèks pou jounen an. Si n suiv konsèy sa a, n ap rive gen kè kontan yon moun genyen lè l bay ak bon entansyon. — Tra. 20:35. w17.10 9 § 12.

Madi 19 fevriye

Ki jan pou m ta ka fè gwosè mechanste sa a e pou m ta peche kont Bondye? — Jen. 39:9.

Madan Potifa te gen je sou Jozèf ki te “yon bèl gason ki byen kanpe”, e l te eseye sedui l. Men, Jozèf te refize avans madanm nan te toujou ap fè l yo. E lè sitiyasyon an te vin grav, li te kouri pou madanm nan. Ki sa n aprann nan egzanp Jozèf? Youn nan bagay nou aprann sèke nou ka bezwen kouri lè n jwenn tantasyon pou n vyole youn nan lwa Bondye yo (Pwo. 1:10). Gen kèk moun anvan yo te vin Temwen ki te konn manje twòp, ki te konn bwè twòp, ki te konn fimen, ki te konn pran dwòg, ki te konn fè imoralite seksyèl ak lòt bagay menm jan an. Menm apre yo fin batize, pafwa yo ka tante pou yo retounen nan bagay yo te konn ap pratike yo. Si jamè w ta tante pou w vyole youn nan lwa Jewova yo, fòtifye tèt ou lè w pran tan pou w reflechi sou konsekans grav sa ka genyen sou relasyon w ak Jewova lè w pa metrize tandans ou genyen pou w fè peche. Ou ka eseye reflechi alavans sou sitiyasyon ki kapab mennen nan tantasyon epi deside ki fason w ka evite yo (Sòm 26:4, 5; Pwo. 22:3). Si jamè w ta devan yon eprèv konsa, mande Jewova pou l ba w sajès ak metriz ou bezwen pou w reziste. w17.09 4-5 § 8-9.

Mèkredi 20 fevriye

Sèvi ak richès nou posede nan monn enjis sa a pou nou fè zanmi, dekwa pou lè richès sa yo disparèt, zanmi sa yo ka resevwa nou kote ki la pou toutan yo. — Lik 16:9.

Yon lòt fason nou ka vin zanmi Jewova se lè n pa antre fon nan komès monn nan e nou sèvi ak sitiyasyon nou pou n chèche jwenn “vrè” richès la. Abraram, yon moun nan tan lontan ki te gen lafwa, te obeyi Jewova lè l te kite vil Ou ki te rich pou l t al viv anba tant pou l te ka ret zanmi Jewova (Ebre 11:8-10). Li te toujou konsidere Bondye kòm Sous vrè richès la, li pa t janm chèche avantaj materyèl ki t ap montre li manke lafwa (Jen. 14:22, 23). Jezi te ankouraje yon jèn gason ki te rich pou l gen yon lafwa konsa lè l te di l: “Si w vle bon nèt, al vann byen w yo, bay pòv kòb la e w ap gen yon trezò nan syèl la. Apre sa, vin suiv mwen.” (Mat. 19:21). Kontrèman ak Abraram, mesye sa a te manke lafwa, men, gen lòt moun ki montre yo gen konfyans nan Bondye. w17.07 10 § 12.

Jedi 21 fevriye

[Jewova] te pwomèt [Abraram] l ap bay ni li menm ni desandans li peyi a kòm byen yo, alòske li potko menm gen pitit. — Tra. 7:5.

Se jis 430 an apre Abraram te fin travèse Rivyè Efrat, desandan l yo te vin òganize antanke yon nasyon pou yo te ka pran peyi a (Egz. 12:40-42; Gal. 3:17). Abraram te dispoze ret tann paske pasyans li te genyen an te baze sou lafwa l te gen nan Jewova (Ebre 11:8-12). Abraram te kontan ret tann, menm lè l pa t wè pwomès la fin reyalize nèt nan epòk li a. Men, imajine jan Abraram pral kontan lè l resisite nan Paradi ki pral gen sou tè a. Li pral sezi aprann kantite fwa Bib la pale de istwa l ak istwa desandan l yo. Imajine jan l pral sezi premye fwa l pral aprann wòl enpòtan l te jwe nan reyalizasyon objektif Jewova te genyen anrapò ak desandans Li te pwomèt la! Pa gen dout, li pral wè sa te vo lapenn pou l te fè tout tan sa a ap tann. w17.08 5-6 § 10-11.

Vandredi 22 fevriye

Fè manm kò nou ki sou tè a mouri anrapò ak [...] salte. — Kol. 3:5.

Nan lang orijinal Bib la, mo lè yo tradui l yo met “salte” pou li a gen yon sans ki laj e li gen ladan l plis bagay lontan pase peche seksyèl yo. Li ka fè referans ak move abitid tankou fimen oswa bay blag betiz (2 Kor. 7:1; Efe. 5:3, 4). Mo sa a aplikab tou pou aktivite ki sal yon moun fè an prive, tankou li liv ki eveye dezi seksyèl oswa gade pònografi, yon seri abitid ki pa pwòp ki ka fè l tonbe nan mastibasyon. Moun ki gen abitid gade pònografi konn vin gen “dezi seksyèl san kontwòl”, sa ki konn lakòz yo vin esklav sèks. Gen rechèch ki montre moun ki fè konnen yo pa ka reziste ak dezi pou yo gade pònografi yo sanble ak moun ki esklav alkòl ak dwòg. Sa pa etone nou dèske abitid pou moun gade pònografi gen move konsekans, pa egzanp li fè moun santi yo wont anpil, yo pa bay anpil rannman nan travay yo, yo pa gen kè kontan nan fanmi yo, yo konn divòse, e yo konn touye tèt yo. w17.08 19 § 8-9.

Samdi 23 fevriye

Li fè travès ki nan pòtay vil ou a solid. Li beni pitit ou yo nan mitan w. Li fè gen lapè nan tèritwa kote w ye a. — Sòm 147:13, 14.

Pawòl sa yo se pawòl moun ki te ekri sòm nan te chante pou Jewova pandan l t ap panse ak rekonstriksyon Jerizalèm. Se pa ti asirans moun ki te ekri sòm nan te genyen lefètke l te konnen Bondye t ap fè pòtay vil la vin pi solid pou l ka pwoteje adoratè l yo! Ou kapab ap fè fas ak pwoblèm ki fè w gen enkyetid. Jewova kapab ba w sajès pou w rezoud yo. Moun ki te ekri sòm nan te fè konnen Bondye l la “bay latè lòd, pawòl li a rive byen vit”. Ansuit, apre l fin fè referans ak Jewova antanke Sila a ‘ki kouvri tè a ak nèj, ki gaye nèj, e ki fè lagrèl tonbe’, men ki kesyon l poze: “Kiyès ki ka sipòte lè l fè gen fredi?” Anplis de sa, li fè konnen Jewova “bay lòd epi yo fonn”. (Sòm 147:15-18.) Bondye nou an ki gen anpil sajès e ki toupisan, Sila a ki gen kontwòl lagrèl ak lanèj la, kapab ede w venk kèlkeswa pwoblèm ou rankontre. w17.07 20 § 14-15.

Dimanch 24 fevriye

Jewova, Bondye nou an, ou merite pou w resevwa glwa, onè ak pisans, paske ou kreye tout bagay. — Rev. 4:11.

Bondye gen dwa pou l dirije antanke Souvren. Se pi bon dominasyon an, e l merite pou n soutni l ak tout kè n. Sa k fè sa? Paske se Jewova ki kreye tout bagay. Donk, li gen tout dwa pou l dirije ni moun ni zanj. Satan pa kreye anyen. Donk, li pa gen okenn dwa pou l fè konnen li kapab dirije linivè. Lè li menm ak premye mesyedam yo te rebele kont dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an, yo te aji avèk awogans (Jer. 10:23). Se vre, antanke kreyati ki gen libète pou yo deside, yo te kapab chwazi pran endepandans yo parapò ak Bondye. Men, èske sa te ba yo dwa pou yo fè sa? Non. Libète moun genyen pou yo deside a pèmèt yo fè anpil chwa ki apwopriye nan lavi a chak jou. Men, li pa ba yo dwa pou yo rebele kont Sila a ki kreye yo a e ki ba yo lavi. Sa klè, lè yon moun opoze ak Jewova, li mal sèvi ak libète l genyen pou l deside a. Antanke moun, plas nou se anba dominasyon Jewova a ki jis li ye. w17.06 27-28 § 2-4.

Lendi 25 fevriye

Depi m rive fini kous mwen ak sèvis [...] mwen an. — Tra. 20:24.

Si n bay travay predikasyon an anpil valè, menm jan ak apot Pòl, n ap kontinye preche malgre pèsekisyon (Tra. 14:19-22). Pandan ane 1930 yo ak kòmansman ane 1940 yo, frè nou yo Ozetazini te fè fas ak yon seri opozisyon ki te rèd anpil. Sepandan, menm jan ak Pòl, yo te rete fèm e yo te kontinye preche. Pou frè yo te pwoteje dwa nou genyen pou n preche a, yo te defann tèt yo devan tribinal plizyè fwa. Men sa frè Nathan H. Knorr te di an 1943 pandan l t ap pale konsènan youn nan viktwa frè yo te ranpòte devan pi gwo tribinal peyi Etazini an: “Se konba n ap mennen yo ki fè n gen viktwa sa yo. [...] Se viktwa sa a pèp Seyè a ki kenbe djanm te ranpòte ki fè yo pran desizyon sa a finalman.” Wi, lanmou nou gen pou travay predikasyon an ka pot laviktwa sou pèsekisyon. Lè n konsidere travay predikasyon an kòm yon trezò ki gen anpil valè Jewova ban nou, nou pap janm kontante nou pou n annik “konte lè”. Okontrè, n ap fè tout sa n kapab pou n “bay yon temwayaj konplè sou bon nouvèl” la. — 2 Tim. 4:5. w17.06 11-12 § 11-12.

Madi 26 fevriye

Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout lespri nou. — Mat. 22:37.

Si n renmen Jewova anpil, sa ap ede n obeyi kòmandman l yo, sa ap ede n andire e sa ap ede n rayi sa ki mal (Sòm 97:10). Sepandan, Satan ak monn li an ap fè tout sa yo kapab pou yo fè lanmou nou gen pou Bondye a vin febli. Monn n ap viv ladan l lan gen yon move pwennvi sou lanmou. Olye moun yo chèche gen lanmou pou Kreyatè a, yo “renmen pwòp tèt yo”. (2 Tim. 3:2.) Monn sa a Satan ap dirije a bay “dezi lachè, dezi je ak egzibisyon yon moun ap fè ak mwayen l genyen pou l viv” anpil enpòtans (1 Jan 2:16). Apot Pòl te avèti kretyen parèy li yo kont danje ki genyen nan plezi lachè. Men sa l te di yo: “Moun ki fikse panse yo sou lachè ap jwenn lanmò, [paske] moun ki fikse panse yo sou lachè vin ènmi Bondye.” (Wom. 8:6, 7). Sa klè, moun ki pase tout vi yo ap kouri dèyè bagay materyèl oswa k ap chèche satisfaksyon nan plezi seksyèl konn pa jwenn sa yo te espere a e yo konn soufri anpil. — 1 Kor. 6:18; 1 Tim. 6:9, 10. w17.05 18 § 5-6.

Mèkredi 27 fevriye

Si yon moun pa vle travay, li pa fèt pou l manje tou. — 2 Tes. 3:10.

Lè frè ki refijye yo montre yo gen rekonesans e lè yo pa fè okenn egzijans, sa ankouraje moun k ap akeyi yo a bay ak kè kontan. N ap dakò, lè yon refijye toujou ap viv sou kont moun, sa ka fè l pèdi respè l e sa ka gen move efè sou relasyon l ak frè yo (2 Tes. 3:7-9). Sepandan, yo vrèman bezwen èd. Nou pa oblije gen anpil lajan pou n fè sa. Men, nou sitou bezwen ba yo tan nou e n bezwen montre nou gen sousi pou yo. Se kapab yon bagay tou senp, tankou montre yo fason pou yo pran transpò piblik, kote yo ka achte manje ki pa chè e k ap bon pou sante yo oswa kote yo ka jwenn zouti ak ekipman, tankou machin akoud oswa machin pou koupe gazon pou yo ka fè yon ti kòb. Sa k pi enpòtan an, nou ka ede yo patisipe afon nan aktivite nouvo kongregasyon yo ladan l lan. Si posib, ba yo woulib pou yo vin nan reyinyon. Esplike yo ki jan yo ka abòde moun nan tèritwa a pou ba yo mesaj Wayòm nan. Mande frè ak sè ki refijye yo al preche ansanm avè n. w17.05 5 § 11-12.

Jedi 28 fevriye

Se pou nou gen yon gwo anvi pou lèt san melanj ki nan pawòl la, dekwa pou nou ka grandi grasa li pou delivrans lan. — 1 Pyè 2:2.

Li difisil pou moun ki fikse panse yo sou lachè vin gen yon pwennvi ekilibre sou bagay materyèl. Poukisa? Se paske yo pa wè klè nan domèn espirityèl (1 Kor. 2:14). Yonfwa kapasite yo genyen pou yo konprann nan vin bwouye, li vin pi difisil pou yo rive fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal (Ebre 5:11-14). Konsa, gen moun ki vin gen yon dezi san kontwòl pou bagay materyèl, yon dezi yo ka pa janm rive satisfè nèt (Ekl. 5:10). Erezman, gen yon remèd pou moun ki kite lanmou pou bagay materyèl anpwazonnen lespri yo, sa vle di yo dwe pran yon bon dòz Pawòl Bondye a, Labib, regilyèman. Menm jan lè Jezi te medite sou verite ki nan Pawòl Bondye a sa te ba l fòs pou l rejte tantasyon, se menm jan an tou, lè n aplike prensip ki nan Bib la sa ede n goumen ak dezi pou n posede bagay materyèl (Mat. 4:8-10). Lè n fè sa, nou montre Jezi nou renmen l plis pase nenpòt bagay materyèl. w17.05 26 § 17.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje