Desanm
Dimanch 1ye desanm
Se pou youn kontan akeyi lòt, san bougonnen. — 1 Pyè 4:9.
Nan tan biblik yo, nòmalman, pou yon moun te akeyi yon lòt moun, sa te mande pou l envite l vin manje avè l lakay li (Jen. 18:1-8; Jij 13:15; Lik 24:28-30). Lè yon moun te envite yon moun manje avè l se te yon fason pou l montre li vle zanmi l e l vle viv anpè avè l. Ki moun sitou ki ta dwe pami moun n ap envite yo? Se moun ki avè n regilyèman yo, anpalan de frè ak sè yo nan kongregasyon an. Lè moman difisil yo rive, èske nou youn pap soutni lòt? Nou bezwen gen zanmi ki fidèl e n bezwen viv anpè ak yo tout. Siveyan sikonskripsyon, elèv k ap asiste lekòl teyokratik yo ak volontè nan konstriksyon yo konn bezwen lojman. Katastwòf natirèl ka lakòz kèk fanmi pèdi kay yo e yo ka bezwen lojman jiskaske operasyon sekou yo ede yo repare kay yo. Nou pa dwe panse se sèlman moun ki gen kay ki byen konfòtab ki ka ede. Yo ka deja fè sa plizyè fwa. Èske w ka ofri kay ou kòm lojman menmsi w pa gen gwo mwayen? w18.03 15 § 6; 16 § 9.
Lendi 2 desanm
Moun ki jis la ka tonbe sèt fwa, men l ap leve ankò. — Pwo. 24:16.
Ki sa k ap ede yon moun ki tonbe pou l reyisi? Se pa pwòp fòs li, men, se lespri Bondye (Flp. 4:13). Metriz fè pati fwi lespri sa a pwodui, e se yon kalite ki gen yon rapò sere sere ak disiplin nou bay tèt nou. Anplis de sa, priyè n fè ak tout kè n, etid Labib ak meditasyon nou fè enpòtan anpil pou n aprann disipline tèt nou. Men, e si w twouve l difisil pou w etidye Pawòl Bondye a? Petèt ou pa konsidere tèt ou kòm yon moun ki renmen etidye. Sepandan, toujou sonje Jewova ap ede w si w kite l fè sa. Li ka ede w vin gen “yon gwo anvi” pou Pawòl li a (1 Pyè 2:2). Toudabò, priye Jewova pou l ede w bay tèt ou disiplin ki nesesè pou w etidye Pawòl li a. Epi, aji ann amoni ak priyè w fè yo, petèt lè w etidye pandan yon tan ki kout. Rive yon lè, l ap vin pi fasil pou w etidye e w ap jwenn plis plezi ladan l! Sa klè, w ap vin pi renmen tan w pase ap etidye yon kote ki kalm, lè w plonje nèt nan panse Jewova yo ki gen anpil valè. — 1 Tim. 4:15. w18.03 29 § 5, 6.
Madi 3 desanm
Batèm nan [...] ap sove nou tou kounye a. — 1 Pyè 3:21.
Anvan yon etidyan batize, li dwe gen lafwa ki baze sou konesans egzak sou Bondye, sou objektif Bondye ak sou dispozisyon Bondye pran pou moun sove (1 Tim. 2:3-6). Lafwa sa a ap pouse etidyan an rejte konduit ki pa fè Bondye plezi epi pou l viv ann amoni ak prensip Jewova yo ki jis (Tra. 3:19). Nòmalman, yon moun pap kapab fè Bondye yon ve ki valab si l kontinye gen yon konduit k ap anpeche l jwenn Wayòm nan (1 Kor. 6:9, 10). Men, sa mande plis pase suiv prensip moral wo nivo Jewova yo. Yon moun k ap chèche fè sa ki jis dwe la nan reyinyon kongregasyon an tou epi l dwe patisipe regilyèman nan travay predikasyon ak travay fè disip la, yon travay k ap sove lavi moun (Tra. 1:8). Se sèlman apre yon nouvo disip fin suiv etap sa yo li ka fè yon priyè an prive pou l vwe Jewova lavi l epi annapre pou l montre ve l fè a piblikman lè l batize devan moun. w18.03 6 § 12.
Mèkredi 4 desanm
[Mari] te kenbe tout pawòl sa yo nan kè l. — Lik 2:51.
Poukisa Jewova te chwazi Mari pou l vin manman Jezi? Sandout se paske l te yon moun ki te fikse lespri l sou bagay espirityèl. Li te bay bonjan prèv ki montre l se yon moun ki te kite lespri Bondye gide l nan bèl pawòl li te di pou l fè louwanj pou Jewova lè l t al vizite Zakari ak Elizabèt ki te fanmi l. (Lik 1:46-55) Pawòl Mari yo montre l te renmen Pawòl Bondye a anpil e l te konn anpil bagay nan Liv ki te ekri ann ebre yo (Jen. 30:13; 1 Sam. 2:1-10; Mal. 3:12). Anplis de sa, n ap remake aktout li menm ak Jozèf te fèk marye, yo te deside pou yo pa antre nan relasyon seksyèl jiskaske Jezi fèt. Sa montre yo toude te bay volonte Jewova plis enpòtans pase satisfè dezi pèsonèl yo (Mat. 1:25). Tank tan t ap pase, Mari te byen pran san l pou l suiv sa k t ap pase nan lavi Jezi e l te konn reflechi ak pawòl sajès Jezi t ap di yo. Sa klè, li te enterese nan objektif Bondye te genyen anrapò ak Mesi a. Èske egzanp Mari pa ede n reflechi sou fason n ka bay volonte Bondye premye plas nan lavi nou? w18.02 21 § 11.
Jedi 5 desanm
[Jòb] se yon moun ki dwat e ki fidèl nan tout bagay. — Jòb 1:8.
Ki jan nou ka demontre lafwa ak obeyisans menm jan ak Jòb? Kèlkeswa sitiyasyon nou, ann toujou bay Jewova plas ki pi enpòtan an nan lavi nou, toutpandan nou met tout konfyans nou nan li e nou obeyi l ak tout kè n. Vrèmanvre, nou menm gen plis rezon pase Jòb pou n fè sa! Fè yon ti reflechi: Nou konn anpil bagay sou Satan ak taktik li yo (2 Kor. 2:11). Grasa liv Jòb la sitou, nou konn rezon ki fè Bondye pèmèt soufrans. Grasa pwofesi Dànyèl la, nou vin konprann Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki pral dirije tout tè a ki anba pouvwa Kris Jezi (Dàn. 7: 13, 14). Epitou, nou konnen talè konsa Wayòm sa a pral met fen nètale nan tout soufrans. Anplis de sa, eksperyans Jòb la fè n wè enpòtans pou n demontre konpasyon pou kretyen parèy nou yo ki gendwa ap andire yon seri difikilte. Menm jan ak Jòb, pafwa kèk moun ka menm pale san reflechi (Ekl. 7:7). Men, olye n jije yo, ann montre n konprann yo e n gen konpasyon pou yo. Konsa, n ap imite Jewova, Papa nou an, ki renmen nou e ki gen mizèrikòd. — Sòm 103:8. w18.02 6 § 16; 7 § 19-20.
Vandredi 6 desanm
Grasa imilite w mwen vin yon moun enpòtan. — Sòm 18:35.
Gen kèk moun ki vin gen ògèy akoz yo bèl, yo popilè, yo fò nan mizik, yo gen anpil kapasite fizik, oubyen yo nan gwo pozisyon. David pa t annik gen youn nan bagay sa yo, men l te gen yo tout. Poutan, li te demontre imilite pandan tout vi l. Apre David te fin touye Golyat e wa Sayil te ba l pitit fi l pou l vin madanm li, men sa David te di: “Ki sa m ye [...] pou se mwen ki vin bofis wa a?” (1 Sam. 18:18). Menm jan ak David, pèp Jewova a jodi a fè tout sa yo kapab pou yo demontre imilite. Nou ret bouch ouvè lè n aprann Jewova, pi gran Pèsonaj ki gen nan linivè, konn aji ak imilite, yon kalite ki atiran. Nou pran konsèy ki vin annapre a nou jwenn nan Pawòl Bondye a trèzoserye: “Se pou nou abiye nou ak yon afeksyon e ak yon tandrès ki sot nan yon kè ki sansib, e se pou nou abiye nou ak bonte, imilite, dousè ak pasyans.” (Kol. 3:12). Anplis de sa, nou konnen lanmou “pa vante tèt li, li pa kite ògèy plen tèt li”. (1 Kor. 13:4.) Lè n demontre imilite, sa ka atire moun vin sèvi Jewova. w18.01 28 § 6-7.
Samdi 7 desanm
Yo [...] t ap plede mande nou pou yo jwenn privilèj pou yo bay ak tout kè yo. — 2 Kor. 8:4.
Yo ka mande n fè ofrann pou yon pwojè espesyal tou (Tra. 4:34, 35; 1 Kor. 16:2). Pa egzanp, èske yo planifye pou konstwi yon nouvo Sal Wayòm kote kongregasyon w lan pral reyini? Nou ka aprann yo bezwen lajan pou yon kongrè n ap asiste oswa pou yo ede frè nou yo apre yon katastwòf natirèl. Anplis de sa, nou fè ofrann pou ede moun k ap travay nan syèj mondyal la ak nan biwo filyal yo toupatou sou tè a. Yo sèvi ak ofrann nou fè yo pou ede misyonè yo, pyonye espesyal yo ak moun ki nan travay sikonskripsyon yo. Nou tout ka bay èd nou pou soutni travay Jewova ap fè nan dènye jou sa yo. Pifò ofrann yo se moun nou pa konnen ki fè yo. San lòt moun pa wè, nou met ofrann nou yo nan bwat ofrann ki nan Sal Wayòm nan, oswa nou ka fè ofrann dirèkteman sou sit jw.org la. Nou ka santi ti ofrann nou fè a pa gen anpil enpòtans. Men, pifò ofrann nou resevwa jodi a, se yon seri ti ofrann moun fè, se pa gwo ofrann. w18.01 19 § 10-11.
Dimanch 8 desanm
Batèm nan [...] ap sove nou [...] kounye a. — 1 Pyè 3:21.
Se yon obligasyon pou tout kretyen batize, e se yon etap ki esansyèl pou yo ka sove (Mat. 28:19, 20). Batèm ou senbolize ve w te fè a. Se yon pwomès enpòtan w fè Jewova pou w renmen l e pou w met volonte l anvan tout lòt bagay. Lè w remèt Jewova lavi w, sa pa janm yon move desizyon. Reflechi sou lòt posiblite a! Yon moun k ap viv lwen Jewova se yon moun ki anba kontwòl Satan. Delivrans ou pa enterese Dyab la. Anfèt, li t ap kontan si w pèdi lavi ki pap janm fini an lè w met ansanm avè l pou rejte dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an. Kontrèman ak moun ki pran pozisyon pou Satan yo, ann wè ki byenfè w ap jwenn antanke yon kretyen ki vwe Bondye lavi w e ki batize. Piske kounye a ou bay Jewova lavi w, ou ka gen plis konfyans toujou lè w ap di: “Jewova avè m, mwen pap pè. Ki sa lòm ka fè m?” (Sòm 118:6). Pa gen pi gwo privilèj ou ta ka gen nan lavi w pase privilèj ou genyen pou Bondye bò kote w e pou w gen apwobasyon l. w17.12 23-24 § 1-3.
Lendi 9 desanm
Pinga w fache epi w al lage kò w nan fè sa ki mal. — Sòm 37:8.
Gende lè pawòl kwayan parèy nou yo di oswa fason yo aji ap fè n fache, oubyen sa nou di oswa fason n aji ap fè yo fache. Sa ka vin yon gwo eprèv pou nou. Menm jan ak lòt eprèv yo, Jewova pèmèt nou demontre entegrite n lè l aprann nou travay nan tèt ansanm ak gason ak fi ki vwe lavi yo ba li, yon seri moun li renmen malgre yo enpafè. Istwa Jozèf la montre byen klè Jewova pa anpeche sèvitè l yo jwenn eprèv. Lè Jozèf te yon jèn gason, frè l bò kot papa yo te jalou sò l, yo te vann li kòm esklav e yo te mennen l ann Ejip (Jen. 37:28). Jewova te wè sa k te rive a, e sandout sa te fè l lapenn pou l wè fason yo te trete Jozèf, zanmi l lan ki te yon moun ki jis. Aktout sa, li pa t aji. Annapre, lè madan Potifa te akize Jozèf kòmkwa li t ap eseye vyole l, sa k te lakòz yo met Jozèf nan prizon, Jewova pa t fè anyen toujou. Men, èske Bondye te janm abandone Jozèf? Okontrè, “Jewova te fè tout sa [Jozèf] fè reyisi”. — Jen. 39:21-23. w18.01 9-10 § 12-14.
Madi 10 desanm
Si se vre moun mouri pap resisite, ebyen Kris pa t leve. — 1 Kor. 15:13.
Sou ki pi gwo ansèyman lafwa w chita? Se sèten w t ap reponn Jewova se Kreyatè a e l se Sila a ki ban nou lavi. Petèt ou t ap pale konsènan kwayans ou nan Jezi Kris, li menm ki te bay lavi l kòm ranson pou nou. Anplis de sa, ou t ap kontan di pral gen yon paradi sou tè a kote pèp Bondye a pral viv pou toutan. Men, èske w t ap pale de rezirèksyon an kòm youn nan kwayans ou bay plis enpòtans? Nou gen bonjan rezon pou n pale de rezirèksyon an kòm yon ansèyman enpòtan menmsi n espere chape nan gwo tribilasyon an pou n viv sou tè a pou toutan. Rezirèksyon an se baz lafwa nou. Si Kris pa t resisite, li pa t ap vin Wa k ap dirije nou an e mesaj n ap preche konsènan Kris k ap dirije a t ap pou granmesi (1 Kor. 15:12-19). Men, nou konnen Jezi te resisite e nou kenbe kwayans nou gen nan rezirèksyon an fèm. — Mak 12:18; Tra. 4:2, 3; 17:32; 23:6-8. w17.12 8 § 1-2.
Mèkredi 11 desanm
Nou neglije pwen ki pi enpòtan nan Lalwa yo, anpalan de jistis [ak] mizèrikòd. — Mat. 23:23.
Farizyen yo te konsantre sèlman sou sa moun ki peche a te fè olye yo te konsantre sou jan de moun li ye nan kè l. Lè Farizyen yo te wè Jezi nan yon resepsyon ki t ap fèt lakay Matye, yo te mande disip li yo: “Poukisa anseyan nou an ap manje ak pèseptè ansanm ak moun k ap pratike peche?” Jezi te reponn yo: “Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun ki malad ki bezwen doktè. Kidonk, al aprann sa sa vle di: ‘Se mizèrikòd mwen vle, se pa sakrifis.’ Paske, mwen pa vin rele moun ki jis, men mwen vin rele moun k ap pratike peche.” (Mat. 9:9-13). Èske Jezi te vle di pa gen mal pou moun fè peche grav? Non, jamè. Anfèt, prensipal mesaj Jezi t ap bay la te gen ladan l ankouraje moun repanti pou peche yo (Mat. 4:17). Men, bon konprann Jezi te genyen te fè l wè gen omwen kèk moun pami “pèseptè ak [...] moun k ap pratike peche” yo ki te vle chanje. Yo pa t vin lakay Matye pou yo manje sèlman. Okontrè, “te gen anpil nan yo ki te vin ap suiv [Jezi]”. (Mak 2:15.) Malerezman, pifò Farizyen yo pa t wè sa Jezi te wè nan moun sa yo. w17.11 13 § 2; 16 § 15.
Jedi 12 desanm
Abiye nou ak lanmou, paske li se yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay. — Kol. 3:14.
Nou tout dakò se yon benediksyon lefètke n fè pati kongregasyon an. Etid nou fè nan Pawòl Bondye a nan reyinyon nou yo ansanm ak bonte ak èd ki plen lanmou nou bay youn lòt ede n kite je n fikse sou rekonpans lan. Sepandan, pafwa, mezantant ka lakòz kèk pwoblèm pami moun nan kongregasyon an. Si n pa rezoud pwoblèm sa yo, yo ka fè n vin gen rankin byen fasil (1 Pyè 3:8, 9). Ki jan pou n pa kite rankin anpeche n jwenn rekonpans lan? Men ki ankourajman Pòl te bay kretyen nan vil Kolòs yo: “Antanke moun Bondye chwazi, moun ki sen, moun yo renmen, se pou nou abiye nou ak yon afeksyon e ak yon tandrès ki sot nan yon kè ki sansib, e se pou nou abiye nou ak bonte, imilite, dousè ak pasyans. Menmsi yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt, se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè nou. Menm jan Jewova padone nou ak tout kè l, nou menm tou, nou dwe fè menm jan an.” — Kol. 3:12, 13. w17.11 27 § 7-8.
Vandredi 13 desanm
Moun ki touye moun nan dwe kouri al nan youn nan vil sa yo. — Joz. 20:4.
Apre yon moun te fin touye yon lòt moun pa aksidan e l t al nan mawon, toudabò, li te dwe “rakonte ansyen” yo ki nan pòtay vil kote l t al pran refij la “sa k te pase a”. Yo te dwe byen akeyi l. Kèk tan apre, yo t ap voye l tounen kot ansyen nan vil kote l te touye moun nan, e ansyen sa yo te dwe jije ka a (Nonb 35:24, 25). Se sèlman apre yo fin deklare se yon aksidan ki te lakòz moun ki nan mawon an touye moun nan, li t ap ka retounen nan vil refij la. Poukisa sa k te rive a te konsène ansyen yo? Yo te dwe kenbe kongregasyon Izrayèl la pwòp e yo te dwe ede moun ki te touye lòt moun san l pa t gen entansyon fè sa a jwenn mizèrikòd Jewova. Gen yon biblis ki fè konnen si moun ki nan mawon an te neglije al kot ansyen yo, “lavi l t ap an danje [...] paske l pa t pwofite dispozisyon Bondye te pran an pou l te jwenn sekirite.” Si l pa t al pran refij nan youn nan vil Jewova te met pou sa a, fanmi ki pi pwòch moun li te touye a te ka touye l. w17.11 9 § 6-7.
Samdi 14 desanm
Èske yo tout se pa espri ki la pou yon sèvis sakre? Èske Bondye pa voye yo pou yo sèvi moun ki pral jwenn delivrans yo? — Ebre 1:14.
Jewova, Chèf lame yo, toujou ap sèvi ak zanj li yo pou l pwoteje pèp li a e pou l fòtifye l (Mal. 3:6; Ebre 1:7). Depi lè Izrayèl espirityèl la fin libere nan prizon senbolik Gran Babilòn nan an 1919, pa gen anyen ki rive anpeche vrè adorasyon an gaye toupatou malgre tout opozisyon l rankontre (Rev. 18:4). Piske zanj yo ap pwoteje nou, nou pa bezwen pè pou òganizasyon Jewova a pa fè fas ak lòt moman eprèv nan domèn espirityèl ankò (Sòm 34:7). Okontrè, nou kapab gen asirans sèvitè Bondye yo toupatou sou tè a ap kontinye pwogrese nan domèn espirityèl. Nou gen yon lame ki avè n. Nan moman difisil sa a ki pral rive pandan gwo tribilasyon an, sòlda nan lame zanj Jewova a ap vin ansanm pou pwoteje pèp Bondye a e pou yo detwi moun sa yo ki opoze ak dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an (2 Tes. 1:7, 8). Jou sa a se pral yon gran jou! w17.10 28 § 10-11.
Dimanch 15 desanm
Fòtifye nou nan lafwa nou ki sen anpil, e priye avèk lespri sen. — Jid 20.
Lè yon moun nan fanmi w eskominye oswa l fè konnen li pa fè pati kongregasyon an ankò, sa ka tankou yon kout epe. Ki jan w ka fè fas ak doulè sa lakòz? Li enpòtan pou w konsève bon abitid espirityèl ou genyen. Fòtifye tèt ou lè w li Bib la regilyèman, lè w prepare reyinyon yo epi w asiste yo, lè w patisipe nan travay predikasyon an, e lè w priye pou w jwenn fòs pou w andire (Jid 21). Men, e si w santi kè w pa nan sa w ap fè a, ou jis ap aji konsa konsa? Pa dekouraje! Yon bon pwogram espirityèl ka ede w gen kontwòl panse w ak santiman w. Ann konsidere egzanp moun ki te ekri Sòm 73 la. Li te vin mal wè bagay yo e l te boulvèse anpil, men l te rive korije fason l panse lè l te antre kote ki te fèt pou adore Bondye a (Sòm 73:16, 17). Lè w adore Jewova fidèlman, sa ka ede w fè menm jan an. w17.10 16 § 17-18.
Lendi 16 desanm
Se pou lanmou nou pa gen ipokrizi ladan l. — Wom. 12:9.
Nan jaden Edenn, Satan te pretann l ap chèche sa ki pi bon an pou Èv, men an reyalite, li te aji yon fason ki egoyis e ki ipokrit (Jen. 3:4, 5). Nan epòk David la, Ayitofèl te montre l pa t zanmi wa a vre. Ayitofèl te aji an trèt lè l te santi li ka jwenn yon avantaj (2 Sam. 15:31). Menm jan an tou jodi a, aposta yo ak lòt moun k ap simen divizyon nan kongregasyon an sèvi ak “pawòl dous ak pawòl flatri” pou montre yo renmen moun, men an reyalite, se tèt yo sèlman yo wè (Wom. 16:17, 18). Lè yon moun demontre yon lanmou ki gen ipokrizi se yon wont sa ye paske se yon fo lanmou ki opoze ak lanmou ki pouse moun fè sakrifis la ki se yon kalite ki soti nan Bondye. Yon ipokrizi konsa ka blofe moun, men l pa ka blofe Jewova. Anfèt, Jezi te fè konnen moun ki aji tankou ipokrit ap resevwa “yon pinisyon ki rèd anpil”. (Mat. 24:51.) Se sa k fè l ap bon pou n mande tèt nou: ‘Èske m toujou demontre vrè lanmou an, yon lanmou ki pa gen egoyis oswa twonpri?’ w17.10 8 § 6-8.
Madi 17 desanm
Yo chofe pou yo sèvi Bondye, men se pa ann amoni ak konesans egzak la. — Wom. 10:2.
Lè n li dirèkteman nan Pawòl Bondye a pandan n ap preche, se kite n kite Jewova pale ak moun n ap preche a. Se sèten, yon vèsè nou byen chwazi ap gen plis fòs pase nenpòt lòt bagay nou gendwa di (1 Tes. 2:13). Mande tèt ou: ‘Èske m pwofite tout okazyon m jwenn pou m pataje yon pòsyon nan Pawòl Bondye a ak moun m ap preche bon nouvèl la?’ Nòmalman, nou bezwen fè plis pase annik li kèk vèsè nan Bib la ak moun n ap pale yo. Poukisa? Se paske gen anpil moun se apèn si yo konprann yon ti bagay nan Bib la oswa yo pa konprann anyen. Se konsa sa te ye nan premye syèk la, e se konsa sa ye jodi a. Kidonk, nou pa dwe kouri panse yon moun ap konprann sa yon vèsè vle di senpleman paske n li l. Nou bezwen pran tan pou n konsantre n sou kèk pati nan vèsè a, petèt lè n reli mo kle yo, epi pou n esplike sans yo. Lè n fè sa, se kapab yon bon mwayen pou n fè mesaj ki nan Pawòl Bondye a rive touche kè ak lespri moun k ap koute n yo. — Lik 24:32. w17.09 25 § 7-8.
Mèkredi 18 desanm
Se pou nou gen kè sansib. — 1 Pyè 3:8.
Se yon obligasyon sa ye pou moun k ap fè efò pou yo imite Kris yo demontre kè sansib pou pwochen yo ansanm ak frè ak sè yo (Jan 13:34, 35). Youn nan siyifikasyon kè sansib genyen se “soufri ansanm”. Yon moun ki gen kè sansib santi l pouse pou l soulaje soufrans lòt moun, petèt lè l ede yo nan difikilte yo. Chèche okazyon pou w fè sa! Anpil moun demontre kè sansib lè yo wè jan moun ki viktim nan katastwòf yo ap soufri. Yo rekonèt pèp Jewova a kòm yon pèp ki toujou pran devan nan ede moun ki bezwen èd nan moman sa yo (1 Pyè 2:17). Gen yon sè nan peyi Japon ki t ap viv nan yon zòn ki te frape anpil akoz tranblemanntè ak sounami ki te fèt nan ane 2011 lan. Li fè konnen li te jwenn “anpil ankourajman ak konsolasyon” lè l te wè jan anpil volontè ki t ap viv nan lòt zòn nan peyi Japon ak nan lòt kote nan monn nan te fè efò pou yo repare kay ki te sibi dega yo. Men sa l ekri: “Eksperyans sa a te ede m rann mwen kont Jewova gen sousi pou nou. E Temwen parèy mwen yo gen sousi youn pou lòt. Epitou gen anpil frè ak sè toupatou nan monn nan k ap priye pou nou.” w17.09 11 § 12-13.
Jedi 19 desanm
Fwi lespri a se [...] metriz. — Gal. 5:22, 23.
Poukisa n ta dwe chèche gen metriz? Ann egzamine de rezon enpòtan. Premyèman, selon sa yo remake, an jeneral, moun ki rive kontwole emosyon yo pa gen anpil gwo pwoblèm. Yo pi stab nan domèn afektif, yo pi fasil pou yo fè zanmi ak moun ki gen bon enfliyans sou yo, e kontrèman ak moun ki konn aji san reflechi yo, yo pa fache fasil, yo pa gen tètchaje e yo pa fè depresyon fasil. Dezyèmman, pou yon moun kontinye gen favè Bondye, li dwe gen kapasite pou l reziste anba tantasyon e pou l kontwole emosyon l genyen ki pa kòrèk yo. Verite sa a parèt aklè nan ka Adan ak Èv ki te echwe (Jen. 3:6). Epitou, reflechi ak move konsekans lòt moun jwenn depi lè sa a lefètke yo pa rive demontre kalite enpòtan sa a. Pa gen okenn moun enpafè ki ka demontre metriz yon fason ki pafè. Jewova konnen jan sèvitè l yo ap lite nan sans sa a, e li vle ede yo kontwole tandans yo genyen pou yo fè peche. — 1 Wa 8:46-50. w17.09 3-4 § 3-4.
Vandredi 20 desanm
Abiye nou ak nouvo pèsonalite a. — Kol. 3:10.
Pandan yon epòk, Temwen ki pa menm koulè k ap viv ann Afrik disid pa t lib pou yo reyini ansanm. Men, jou dimanch ki te 18 desanm 2011 la, sa te bèl anpil pou n wè plis pase 78 000 nan frè n yo ki soti nan divès ras ann Afrik disid ak nan lòt peyi vwazen yo te reyini ansanm nan pi gwo stad ki gen nan vil Jowanèsbou a pou yo te asiste yon pwogram espirityèl. Men sa youn nan responsab stad la te di: “M pa t janm wè yon foul moun ki pi byen konpòte yo nan stad sa a pase nou. Nou tout te byen abiye. Epitou, nou te netwaye stad la byen bèl. Men, sa k pi enteresan an, nou vrèman soti nan divès ras.” Kòmantè sa yo, yon seri moun ki pa Temwen fè, montre kominote frè ak sè nou fòme nan lemonnantye a vrèman espesyal (1 Pyè 5:9). Men, ki sa k fè n pa menm ditou ak lòt òganizasyon yo? Grasa èd Pawòl Bondye a ansanm ak lespri sen, nou fè gwo efò pou n “retire ansyen pèsonalite a”. Pou n ranplase l, nou “abiye nou ak nouvo pèsonalite a”. — Kol. 3:9. w17.08 17-18 § 2-3.
Samdi 21 desanm
Nou menm tou, montre nou gen pasyans. — Jak 5:8.
Selon Bib la, se nan lespri sen pasyans soti, e san èd Bondye, lèzòm enpafè pa kapab gen pasyans nan nivo yo bezwen l lan. Pasyans se yon kado Bondye bay, e lè n demontre pasyans se yon fason enpòtan nou montre nou renmen Bondye. Mete sou sa, lè n demontre pasyans, nou montre nou renmen lòt moun. Lè yon moun toujou pa gen pasyans, sa febli lyen lanmou ki ini nou an, alòske pasyans fè lyen sa a vin pi solid (1 Kor. 13:4; Gal. 5:22). Pasyans gen rapò ak anpil lòt kalite ki enpòtan pou yon kretyen. Pa egzanp, li gen yon rapò sere sere ak andirans, yon kalite ki pèmèt nou fè fas ak sitiyasyon difisil toutpandan nou kenbe yon atitid pozitif (Kol. 1:11; Jak 1:3, 4). Pasyans ka mande tou pou n soufri san n pa rann mal pou mal, epi pou n ret fèm devan kèlkeswa sa k ka rive. Mete sou sa, Bib la ankouraje n pou n dispoze ret tann. Aspè sa a ki gen nan pasyans parèt byen klè nan Jak 5:7, 8. w17.08 4 § 4.
Dimanch 22 desanm
Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w. M ap ba w fòs, wi, m ap ede w. — Eza. 41:10.
Ou menm jèn, sandout w ap dakò, anvan w kòmanse yon vwayaj, li saj pou w planifye ki kote w prale. Lavi a tankou yon vwayaj, e se pandan w jèn nan ou dwe planifye ki kote w vle ale. Nòmalman, li ka difisil anpil pou w fè planifikasyon. Men, pran kouraj. Remake sa Jewova di nan tèks pou jounen an. Jewova ankouraje w planifye avni w avèk sajès (Ekl. 12:1; Mat. 6:20). Li vle w gen kè kontan. Bèl bagay ou wè, ou tande e w goute nan kreyasyon an fè w wè sa aklè. Anplis de sa, reflechi ak fason l byen pran swen nou e ak jan l anseye n pi bon fason pou n viv. Men sa Jewova di moun ki rejte konsèy li yo: “Nou te chwazi fè sa ki pa fè m plezi. [...] Gade! Sèvitè m yo ap kontan, men nou menm, n ap wont. Gade! Sèvitè m yo ap rele tèlman y ap kontan, paske kè yo bon.” (Eza. 65:12-14). Jewova jwenn glwa lè pèp li a fè bon chwa nan lavi a. — Pwo. 27:11. w17.07 22 § 1-2.
Lendi 23 desanm
[Jewova] rele [tout zetwal] yo [...] nan non yo. — Sòm 147:4.
Bondye ki konn kote chak zetwal ye, nan kèlkeswa moman an, konnen w tou. Li konn ki kote w ye egzakteman, ki jan w santi w toutbon, e sitou sa w gen bezwen nan kèlkeswa moman an! Nonsèlman Jewova enterese nan ou, men tou, li gen pouvwa ak konpasyon pou l ede w ak pwoblèm ki gen nan lavi a (Sòm 147:5). Ou gendwa santi sitiyasyon w lan twò difisil epi chay la twò lou pou w pote. Bondye konn limit ou, ‘li sonje se pousyè w ye’. (Sòm 103:14.) Piske n enpafè, nou fè menm erè yo toutan. Se pa ti regrèt nou regrèt dèske lang nou konn chape, nou gen tandans lachè k ap lite avè n tanzantan, oswa n gen tandans anvye sa lòt moun posede! Malgre Jewova pa gen pwoblèm sa yo, pèsonn pa ka rive konnen bagay li konprann sou nou yo (Eza. 40:28)! Petèt ou deja wè jan Jewova te sèvi ak men l ki pisan pou l ede w fè fas ak yon eprèv. — Eza. 41:10, 13. w17.07 18-19 § 6-8.
Madi 24 desanm
Moun ki renmen bay ap jwenn benediksyon. — Pwo. 22:9.
Gen yon frè ki sot nan peyi Srilanka k ap viv nan yon lòt peyi kounye a ki bay yon kay li gen nan peyi l pou yo fè reyinyon ak asanble e pou moun ki nan sèvis aplentan abite. Se yon sakrifis sa ye pou frè a nan domèn finans, men, se yon gwo èd pou pwoklamatè nan zòn nan ki pa gen gwo mwayen. Nan yon peyi kote yo met restriksyon sou travay predikasyon an, frè yo bay kay yo pou yo itilize kòm Sal Wayòm, sa ki pèmèt anpil pyonye ak lòt moun ki pa gen anpil mwayen jwenn yon kote pou yo fè reyinyon san yo pa oblije peye pou sa. Men ki sa yon sè ki fè ofrann regilyèman pou travay Wayòm nan di konsènan benediksyon l jwenn: “Lefètke m renmen bay nan domèn materyèl, tank ane ap pase se tank m vin remake yon bagay mwen pa t konn abitye wè lakay mwen. M vin rann mwen kont plis mwen renmen bay nan domèn materyèl, se plis mwen konpòte m pi byen ak lòt moun. M vin pi renmen padone, m vin gen plis pasyans ak moun, e m vin pi dispoze aksepte echèk mwen pran ak konsèy mwen resevwa.” w17.07 9 § 9-10.
Mèkredi 25 desanm
Jewova di Satan: “Gade! Tout sa l genyen nan men w.” — Jòb 1:12.
Menmsi finalman li te vin pi byen konprann rezon ki fè l t ap soufri a, pafwa, petèt li te konn reflechi ak rezon ki fè l te nesesè pou l soufri jis nan pwen sa a. Kèlkeswa sa l te panse, li te kapab reflechi ak konsèy Bondye te ba l yo. Lè l te fè sa, sa t ap ede l kontinye wè bagay yo fason ki kòrèk la, e konsa, li t ap jwenn konsolasyon (Sòm 94:19, nòt). Nou menm tou nou ka aprann wè bagay yo fason ki kòrèk la e n ka jwenn konsolasyon nan istwa Jòb la. Dayè, Jewova te fè konsève istwa sa a “pou enstriksyon nou, yon fason pou nou ka gen esperans grasa andirans nou e grasa konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo”. (Wom. 15:4.) Ki leson nou aprann? Toudabò: Pinga nou vin tèlman konsantre sou lavi nou sa fè n bliye kesyon ki enpòtan an, sètadi defann dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an. Epitou, nou bezwen konprann wòl nou nan kesyon enpòtan sa a se ret fidèl menm lè n nan sitiyasyon difisil, jan Jòb te fè sa. w17.06 24 § 9; 25 § 13-14.
Jedi 26 desanm
Nou menm, vin yon kote apa pou nou pran yon ti repo. — Mak 6:31.
Jezi te rekonèt enpòtans sa genyen pou yon moun pran repo nan kèk okazyon. Apre yon gwo kanpay predikasyon espesyal, li te di disip li yo pawòl ki pi wo yo. Vrèmanvre, detant ak distraksyon konble yon bezwen enpòtan nou genyen. Men, danje a sèke detant ka tounen bagay ki pi enpòtan nan lavi n. Nan premye syèk la, men ki atitid anpil moun te genyen: “Ann manje, ann bwè, paske demen n ap mouri.” (1 Kor. 15:32). Se menm atitid la pifò moun genyen anpil kote nan monn nan jodi a. Ki jan n ka rive konnen si n gen yon pwennvi ekilibre sou detant? Nou ta ka chwazi yon semèn, epi nou konte kantite lè nou pase nan aktivite espirityèl yo. Apre sa, nou ta ka konpare kantite lè nou jwenn nan ak kantite lè nou te pase nan menm semèn sa a ap detann nou nan aktivite tankou spò, aktivite nou renmen fè, gade televizyon oswa jwe jwèt videyo. Èske w wè l nesesè pou w pase mwens tan nan bagay sa yo? — Efe. 5:15, 16. w17.05 24-25 § 11-13.
Vandredi 27 desanm
Wayòm syèl la menm jan ak yon komèsan k ap vwayaje pou l chèche bèl pèl. — Mat. 13:45.
Nan egzanp Jezi te pran an, komèsan an te jwenn yon pèl ki gen anpil valè. Men, pou l te ka achte l, li t ap oblije vann tout sa l posede. Èske w ka imajine jan pèl sa a te gen anpil valè pou li? Verite sou Wayòm Bondye a menm jan ak pèl sa a ki gen anpil valè. Si nou renmen l menm jan komèsan an te renmen pèl la, n ap dispoze abandone tout bagay pou n ka viv anba dominasyon Wayòm nan pou toutan (Mak 10:28-30). Pa egzanp, Zache te vin rich paske l te konn pran lajan moun (Lik 19:1-9). Poutan, lè mesye sa a ki pa t ap fè sa ki dwat te tande Jezi k ap preche konsènan Wayòm nan, li te rekonèt kokenn enpòtans sa l t ap tande yo te genyen e l te aji tousuit. Men sa l te di byen fò: “Gade! Seyè, m ap bay pòv yo mwatye nan byen mwen genyen yo, e kèlkeswa sa mwen te pran nan men nenpòt moun, m ap remèt li kat fwa lavalè.” Li te kontan bay tout richès li te fè nan move kondisyon yo e l te sispann fè ava pou bagay materyèl. w17.06 10 § 3-5.
Samdi 28 desanm
Pa gen anyen ki fè m pi kontan pase lè m tande pitit mwen yo kontinye ap mache nan laverite. — 3 Jan 4.
Moun paran yo chwazi pou ede pitit yo dwe toujou ankouraje timoun yo respekte paran yo lè yo pale an byen de paran yo e lè yo pa pran plas yo. Sa k pi enpòtan an, moun k ap ede timoun yo dwe evite nenpòt konduit ki ta ka fè kèk moun nan kongregasyon an oswa kèk moun deyò gen dout sou moralite yo (1 Pyè 2:12). Paran yo pa dwe annik lage pitit yo bay lòt moun pou ba yo fòmasyon nan domèn espirityèl. Yo dwe sipèvize èd moun sa yo ap bay pitit yo e se yo menm ki dwe kontinye anseye pitit yo. Ou menm paran, priye Jewova pou l ede w, epi fè tout sa w kapab (2 Kwo. 15:7). Chèche met relasyon pitit ou gen ak Jewova anvan enterè pèsonèl ou. Fè tout sa w kapab pou w asire w Pawòl Bondye a touche kè yo. Pa janm sispann kwè yo ka vin bon sèvitè Jewova. w17.05 12 § 19-20.
Dimanch 29 desanm
Mwen pa ka ba w eritaj zansèt mwen yo te kite pou mwen an paske Jewova entèdi sa. — 1 Wa 21:3.
Imajine yon sitiyasyon kote yo akize yon mesye kòmkwa li fè yon krim ki merite lanmò. Fanmi l ak zanmi l te sezi wè jan yo te jije l e yo te kondane l akoz akizasyon yon seri fo temwen tout moun konnen kòm yon pakèt voryen te lage sou li. Moun ki renmen jistis yo santi sa fè yo mal anpil lè yo wè jan y ap touye inosan sa a ansanm ak pitit gason l yo. Istwa sa a se pa yon istwa moun envante. Se sa k te rive yon sèvitè fidèl Jewova ki te rele Nabòt ki t ap viv sou rèy Ahab, yon wa ann Izrayèl (1 Wa 21:11-13; 2 Wa 9:26). Lè Ahab te mande Nabòt pou l vann li jaden rezen l lan oswa pou l ba l yon pi bon jaden rezen nan plas li, Nabòt pa t dakò. Poukisa? Nabòt pa t dakò paske lwa Jewova te bay nasyon Izrayèl la te entèdi moun vann eritaj ki pou yon tribi pou toutan (Lev. 25:23; Nonb 36:7). Li klè, Nabòt te wè bagay yo menm jan ak Jewova. w17.04 23 § 1; 24 § 4.
Lendi 30 desanm
Talè konsa, mechan yo pap la ankò, w ap gade kote yo te ye yo, ou pap jwenn yo. — Sòm 37:10.
Kiyès k ap rete lè moun ki mechan yo pap la ankò? Men yon pwomès ki touchan Jewova fè: “Moun ki gen imilite yo ap posede tè a, e y ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total.” Annapre, men sa nou li nan menm sòm sa a: “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” (Sòm 37:11, 29). Kiyès “moun ki gen imilite” yo ak “moun ki jis” yo ye? Moun ki gen imilite yo se moun ki dispoze obeyi ansèyman ak direksyon Jewova bay, e moun ki jis yo se moun ki renmen fè sa ki dwat nan je Jewova Dye. Nan monn nan jodi a, kantite moun ki mechan yo pi plis lontan pase kantite moun ki jis yo. Men, nan monn nouvo k ap vini an, kantite moun ki gen imilite yo ak moun ki jis yo pap ni pi plis ni pi piti, se sèl moun sa yo k ap vivan lè sa a. Vrèmanvre, se moun sa yo ki pral fè tè a vin yon paradi! w17.04 10-11 § 5-6.
Madi 31 desanm
Pa refize fè byen [...] depi w kapab fè sa. — Pwo. 3:27.
“Lanmou pou Bondye” pouse n demontre lanmou youn pou lòt, sitou nan sitiyasyon ki difisil yo (1 Jan 3:17, 18). Lè yon gwo grangou te menase lavi kretyen ki t ap viv Jide yo nan premye syèk la, kongregasyon yo te voye èd pou yo (Tra. 11:28, 29). Mete sou sa, apot Pòl ak apot Pyè te ankouraje kretyen yo pou yo akeyi youn lòt (Wom. 12:13; 1 Pyè 4:9). Si kretyen yo dwe akeyi frè ki vin vizite yo, yo gen plis obligasyon toujou pou yo akeyi frè ki an danje oswa ki jwenn pèsekisyon akoz lafwa yo! Pa gen lontan depi plizyè milye Temwen Jewova te oblije kite kay yo akoz konfli ak pèsekisyon ki te genyen nan lès peyi Ikrèn. Malerezman, gen kèk nan yo yo te touye. Men, pifò nan yo t al pran refij lakay lòt frè ki t ap viv lòt kote nan peyi Ikrèn ak an Risi. Nan toule de peyi sa yo, Temwen yo pa mele nan politik, sa vle di yo “pa fè pati monn nan”, e yo chofe pou yo kontinye “anonse bon nouvèl pawòl Bondye a”. — Jan 15:19; Tra. 8:4. w17.05 4 § 6-7.