Novanm
Vandredi 1ye novanm
Rejte konduit ki dezonore Bondye, [...] rejte dezi ki nan monn nan, [...] viv avèk bonsans ak jistis ak atachman pou Bondye. — Tit 2:12.
Disipline tèt nou gen ladan l aprann kontwole tèt nou yon fason pou n amelyore konduit nou ak fason n panse. Nou pa fèt ak tandans pou n disipline tèt nou. Nou dwe aprann fè sa. Lè paran yo kontinye fòme pitit yo avèk pasyans “nan disiplin Jewova ak nan avètisman li bay”, se ede y ap ede timoun yo aprann disipline tèt yo e pou yo vin gen sajès (Efe. 6:4). Menm prensip sa yo aplikab pou moun ki vin konn Jewova pandan yo gran. Se vre, yo ka deja atenn yon nivo nan fason yo disipline tèt yo. Men, yon nouvo disip poko gen matirite nan yon sans espirityèl. Tikras pa tikras, li ka vin gen matirite tank l ap aprann abiye l ak “nouvo pèsonalite a” ki sanble ak pa Kris la (Efe. 4:23, 24). Yon aspè enpòtan nan pwogrè sa a se aprann disipline tèt nou. w18.03 29 § 3-4.
Samdi 2 novanm
Pran abitid akeyi moun. — Wom. 12:13.
Tout moun ki vin asiste reyinyon nou yo se moun ki vin manje nan domèn espirityèl menm jan avè n e nou kontan akeyi yo. Nou se envite Jewova ak òganizasyon l lan (Wom. 15:7). Lè gen moun ki vin asiste pou premye fwa, se kòmsi yo se envite nou tou. Poukisa w pa pran inisyativ pou w akeyi nouvo sa yo kèlkeswa jan yo abiye oswa aparans yo genyen (Jak 2:1-4)? Si w wè yo poko akeyi yon vizitè, èske w ka envite l chita bò kote w? Li ka apresye èd li jwenn pou l suiv pwogram nan e petèt pou l jwenn vèsè y ap li yo. Sa ap yon bon fason pou w “pran abitid akeyi moun”. Lè oratè ki sot nan lòt kongregasyon, siveyan sikonskripsyon, e pafwa, moun ki reprezante biwo filyal la vin vizite nou, sa ban nou okazyon pou n montre nou akeyan (3 Jan 5-8). Youn nan pi bon fason nou ka fè sa se lè n ba yo rafrechisman oswa n envite yo manje. Èske w te ka bay èd ou? w18.03 15 § 5, 7.
Dimanch 3 novanm
Ki sa k anpeche m batize? — Tra. 8:36.
Annou pran egzanp yon mesye Juif ki te konn pèsekite Kretyen yo. Li te fèt nan yon nasyon ki te vwe bay Bondye. Men, Juif yo te pèdi relasyon espesyal yo te gen ak Jewova a. Mesye sa a te zele anpil pou tradisyon ki nan relijyon Jidayis la, men, li te vin aprann yon bagay ki pi bon. Li te resevwa yon temwayaj pèsonèl nan men Jezi Kris ki resisite e ki nan glwa li. Ki fason mesye sa a te reyaji? Li te kontan jwenn èd nan men yon disip ki rele Anànyas. Men sa Bib la di konsènan mesye sa a: “Apre sa, li leve, li batize.” (Tra. 9:17, 18; Gal. 1:14). Se sèten w rann ou kont mesye sa a ki te Juif se li menm yo te vin rele apot Pòl la. Men, w ap remake yonfwa Pòl te fin aksepte verite konsènan wòl Jezi jwe nan akonplisman objektif Bondye, li te aji. Li te batize san pèdi tan (Tra. 22:12-16). Jodi a, se prèske menm bagay la tou pou etidyan Labib yo, kit yo jèn kit yo granmoun. w18.03 5-6 § 9-11.
Lendi 4 novanm
Mwen pa t ka pale avèk nou tankou se ak moun lespri Bondye ap dirije, men, mwen te pale avèk nou tankou se ak moun ki kite lachè ap mennen yo. — 1 Kor. 3:1.
Lavi a pa t fasil pou Jakòb. Li te oblije fè fas ak frè l la, Ezaou, ki te fikse lespri l sou bagay lachè e ki te vle touye l. Sa k pi rèd la, li te oblije fè fas ak bòpè l ki t ap twonpe l e ki te toujou ap eseye eksplwate l. Men, aktout Jakòb te antoure ak moun ki te ‘kite dezi yo mennen yo’, li te kite lespri Bondye gide l (1 Kor. 2:14-16). Li te gen lafwa nan pwomès Jewova te fè Abraram nan e l te fè tout sa l kapab pou l pran swen fanmi l ki t ap gen pou jwe yon wòl espesyal nan reyalizasyon objektif Jewova (Jen. 28:10-15). Fason Jakòb te konn pale ak fason l te konn aji montre l te toujou sonje prensip Bondye yo ak volonte Bondye. Pa egzanp, lè Jakòb te santi l an danje akoz Ezaou, li te di Bondye: “Mwen mande w pou w sove m [...]. Se ou menm ki te di m: ‘M ap beni w san mank e m ap fè desandan w yo vin tankou grenn sab bò lanmè.’” (Jen. 32:6-12). Yon fason klè, li te gen lafwa nan pwomès Jewova te fè l yo e l te vle aji ann amoni ak volonte Bondye ansanm ak objektif li. w18.02 20 § 9-10.
Madi 5 novanm
Li se yon moun ki dwat e ki fidèl nan tout bagay. Li gen lakrentif pou Bondye e li vire do bay sa ki mal. — Jòb 1:8.
Lè n ap egzamine lavi Jòb, nou wè l te fè fas ak yon seri sitiyasyon ki diferan nèt. Anvan eprèv li a, li te moun “ki te pi enpòtan pami tout moun ki t ap viv nan Lès yo”. (Jòb 1:3.) Li te rich, li te popilè e moun te respekte l anpil (Jòb 29:7-16). Sepandan, malgre tout bagay sa yo, Jòb pa t panse l te pi bon pase lòt moun oswa l pa t panse li pa bezwen Bondye. Anfèt, Jewova te rele l “sèvitè m nan”. Satan te lanse yon seri atak sovaj kont Jòb, e sa te fè Jòb panse se Bondye ki lakòz yo (Jòb 1:13-21). Apre sa, gen twa fo konsolatè ki te vini e yo te atake Jòb ak yon seri pawòl mechan ki te sitou fè konnen se Bondye ki t ap ba l sa l te merite (Jòb 2:11; 22:1, 5-10)! Malgre sa, Jòb te kenbe entegrite l. Lè eprèv la te fini, Jewova te bay Jòb de fwa sa l te posede anvan, e l te ajoute 140 an sou lavi l (Jak 5:11). Nan epòk sa a, li te kontinye ret atache ak Jewova sèlman. w18.02 6 § 16; 7 § 18.
Mèkredi 6 novanm
Moun yo ap [...] grandizè, y ap ògeye [...], y ap gonfle ak ògèy. — 2 Tim. 3:2, 4.
Moun ki gen defo sa yo swaf pou moun admire yo e pou yo adore yo. Men sa yon biblis te ekri konsènan yon moun ki gen yon ògèy egzajere: “Nan kè l, gen yon ti lotèl kote l met ajenou devan tèt li.” Gen moun ki fè konnen ògèy ki egzajere a tèlman repiyan menm moun ki ògeye a pa renmen wè lòt moun genyen l. Pa gen dout, Jewova rayi ògèy. Li pa vle wè “je moun ki gen ògèy”. (Pwo. 6:16, 17.) Ògèy anpeche moun pwoche bò kot Bondye (Sòm 10:4). Se youn nan defo Dyab la genyen (1 Tim. 3:6). Malerezman, gen kèk sèvitè fidèl Jewova ki kite ògèy kontamine yo. Ozyas, yon wa Jida, te fidèl pandan plizyè ane. Men, selon sa Bib la fè konnen, “kou l te vin gen anpil pouvwa, li te vin gen ògèy nan kè l, e sa te lakòz malè tonbe sou li. Li pa t montre l fidèl devan Jewova, Bondye l la. Li te antre nan tanp Jewova a pou l boule lansan”. Annapre, wa Ezekyas te tonbe nan pyèj ògèy la tou, menm lè se te pou yon ti tan sèlman. — 2 Kwo. 26:16; 32:25, 26. w18.01 28 § 4-5.
Jedi 7 novanm
Se pou nou chak mete yon ti bagay apa, selon mwayen nou. — 1 Kor. 16:2.
Kesyon bay nan bagay pèsonèl nou genyen yo se yon bagay ki byen tabli nan Ekriti yo. Nan kèk ka, pèp Jewova a te konn bay kontribisyon pou yon seri pwojè espesyal (Egz. 35:5; 2 Wa 12:4, 5; 1 Kwo. 29:5-9). Lè frè yo nan kongregasyon kretyen an nan premye syèk la te aprann gen kèk frè ki te nan nesesite akoz yon gwo grangou ki te genyen, “yo te deside, selon mwayen yo chak, pou yo voye sekou bay frè ki t ap viv nan Jide yo”. (Tra. 11:27-30.) Nòmalman, ofrann sa yo te konn soti plizyè kote. Nan premye syèk la, gen kèk kretyen ki te vann sa yo posede, tankou jaden yo oswa kay yo, e yo te pot lajan an bay apot yo. Apot yo te separe lajan yo te resevwa yo bay moun ki te nan bezwen yo (Tra. 4:34, 35). Gen lòt moun ki te konn met lajan apa pou yo ka fè ofrann regilyèman pou soutni travay la. Konsa, kèlkeswa moun nan te ka kontribye, kit li te rich anpil kit li te pòv anpil. — Lik 21:1-4. w18.01 18 § 7; 19 § 9.
Vandredi 8 novanm
Tigason yo ap fatige e y ap vin faya. — Eza. 40:30.
Kèlkeswa jan nou ta kalifye, nou tout gen limit nan sa n ka reyalize ak pwòp fòs nou. Se yon leson nou tout dwe aprann. Aktout apot Pòl te gen anpil kapasite, li te rekonèt li gen limit ki anpeche l fè tout sa l vle fè. Men sa Bondye te di l pandan l t ap fè Bondye konnen enkyetid li yo: “Pisans mwen ap vin pafè pou ou lè w fèb.” Pòl te konprann leson an. Men sa l te di: “Lè m fèb, se atò m gen pisans.” (2 Kor. 12:7-10). Ki sa l te vle di? Pòl te rann li kont li pa ka fè anpil bagay san l pa jwenn èd yon moun ki gen anpil pisans. Lespri sen Bondye te ka bay Pòl pisans li te bezwen an. Anplis de sa, lespri Bondye te ka pèmèt Pòl rive fè yon seri bagay li pa t ap janm ka fè ak pwòp fòs li. Se menm bagay la pou nou. Si fòs nou genyen an soti nan Jewova, n ap vin djanm toutbon! w18.01 9 § 8-9.
Samdi 9 novanm
Depi w toupiti ou konnen sa ki ekri nan liv sakre yo, ki kapab ba w sajès k ap pèmèt ou delivre. — 2 Tim. 3:15.
Lè pitit ou fè konnen l ta renmen batize, byen sèvi ak zouti òganizasyon Jewova a fè pou paran yo. Lè w fè sa, ou ka poze baz k ap ede w met aksan sou enpòtans sa genyen lè yon moun vwe Jewova lavi l e li batize antanke kretyen ansanm ak benediksyon sa pote. Antanke paran, ou gen gwo responsablite e w gen privilèj pou w leve pitit ou “nan disiplin Jewova ak nan avètisman li bay”. (Efe. 6:4.) Sa mande nonsèlman pou w anseye pitit ou sa Labib di, men tou, pou w ede yo vin gen konviksyon nan sa y ap aprann yo. Wi, yo bezwen gen yon konviksyon ki tèlman solid pou sa pouse yo vwe Jewova lavi yo e pou yo sèvi l ak tout kè yo. Nou swete pou Pawòl Jewova a ak lespri sen ansanm ak efò n ap fè antanke paran ede pitit nou vin gen ‘sajès k ap pèmèt yo delivre’. w17.12 22 § 17, 19.
Dimanch 10 novanm
Ou pral leve kanpe pou w jwenn pòsyon pa w la nan fen jou yo. — Dàn. 12:13.
Dànyèl te prèske gen 100 an e l te prèske rive nan fen lavi l. Èske l t ap leve pou l viv ankò? Wi! Men ki asirans Bondye te bay Dànyèl nan fen liv Dànyèl te ekri a: “Men, ou menm, se pou w ret fèm jiska lafen. Ou pral repoze.” Dànyèl ki te yon granmoun, te konnen moun ki mouri yo ap repoze, e pa gen “ni plan, ni konesans, ni sajès nan Tonm” nan. Nan yon ti tan ankò, Dànyèl t apral nan Tonm nan (Ekl. 9:10). Men, tout bagay pa t ap fini pou li. Bondye te pwomèt li yon avni. Annapre, zanj lan te di sa nou jwenn nan tèks pou jounen an nan mesaj li t ap bay pwofèt Dànyèl la. Zanj lan pa t ba l ni dat ni kantite tan sa t ap pran. Dànyèl t ap gen pou l mouri epi l t apral repoze. Men, piske zanj lan te di li t ap gen pou l ‘leve kanpe pou l jwenn pòsyon pa l’ alavni, sa montre aklè Bondye te pwomèt yon rezirèksyon ki t ap gen pou fèt byen lontan apre Dànyèl fin mouri. Sa t ap fèt “nan fen jou yo”. Men ki jan yo tradui pwomès Bondye te fè Dànyèl la nan Bib Jerizalèm nan (fransè): “W ap leve pou pòsyon pa w la lè tan an fini.” w17.12 7 § 17-18.
Lendi 11 novanm
Yo pap touye yon moun dapre deklarasyon yon sèl temwen. — Nonb 35:30.
Jewova te mande Izrayelit ki te ansyen yo pou yo imite prensip jistis wo nivo li genyen an. Toudabò, ansyen yo te bezwen chèche gen tout enfòmasyon yo. Ansuit, anvan yo te deside si y ap fè moun ki te touye moun nan mizèrikòd, yo te dwe byen egzamine entansyon l, atitid li ak konduit li te genyen anvan. Pou yo te demontre jistis menm jan ak Jewova, yo te dwe chèche konnen si moun ki nan mawon an te “rayi” moun nan oubyen si l te gen “move entansyon”. (Nonb 35:20-24.) Si yo t ap egzamine temwayaj moun ki te temwen yo, ta dwe gen omwen de temwen ki bay prèv li te gen entansyon touye moun nan. Se sa k fè, apre ansyen yo fin gen tout enfòmasyon sou ka a, yo pa t dwe annik wè aksyon moun nan te fè a, men yo te dwe wè moun nan. Yo te bezwen gen bon konprann ki se kapasite ki pèmèt yon moun wè pi lwen pase sa k parèt la e pou l wè sa k genyen anndan yon sitiyasyon. Mete sou sa, yo te bezwen gen lespri sen Jewova, sa ki t ap pèmèt yo demontre bon konprann, mizèrikòd ak jistis menm jan ak Jewova. — Egz. 34:6, 7. w17.11 16 § 13-14.
Madi 12 novanm
Reflechi sou bagay sa yo. — 1 Tim. 4:15.
Nou te dekouvri kèk nan verite sa yo ki gen anpil valè lè n te fèk kòmanse frekante pèp Bondye a. Nou te aprann se Jewova ki Kreyatè nou, li se Sila a ki ban nou lavi e l gen yon objektif pou lèzòm. Mete sou sa, nou te aprann lanmou Bondye te pouse l bay Pitit Gason l lan kòm yon sakrifis ranson pou n ka libere anba peche ak lanmò. Nou te aprann tou Wayòm li an pral met yon fen nan tout soufrans epi n gen espwa pou n viv pou toutan nan lapè ak kè kontan lè Wayòm nan ap dirije (Jan 3:16; Rev. 4:11; 21:3, 4). Detanzantan, konn gen ajisteman ki fèt nan fason n te konprann yon pwofesi biblik oswa kèk pasaj nan Bib la. Lè n resevwa nouvo konpreyansyon sa yo, nou bezwen pran tan pou n byen etidye enfòmasyon sa yo e pou n medite sou yo (Tra. 17:11). Nonsèlman nou chèche byen konprann gwo ajisteman ki fèt yo, men tou, nou chèche konprann ti diferans ki genyen ant sa n te konprann anvan an ak esplikasyon ki tounèf la. Nan fason sa a, nou asire n n ap sere nouvo verite sa a nan depo trezò nou an. w17.06 12-13 § 15-16.
Mèkredi 13 novanm
Fè manm kò nou ki sou tè a mouri anrapò ak imoralite seksyèl, salte, dezi seksyèl san kontwòl. — Kol. 3:5.
Li sitou enpòtan pou n veye lè n nan sitiyasyon ki ka tante n pou n fè konpwomi ak prensip moral Jewova yo. Pa egzanp, li bon pou de moun ki nan renmen fikse limit byen klè konsènan kèk sijè tankou manyen, bo oswa ret yon kote poukont yo depi lè yo fèk kòmanse frekante (Pwo. 22:3). Mete sou sa, yon kretyen ka jwenn sitiyasyon ki vin yon danje pou li nan domèn moral lè l ap vwayaje nan kad travay li oswa lè l oblije travay ak yon moun ki pa menm sèks avè l (Pwo. 2:10-12, 16). Epitou, nou ka vin gen plis pwoblèm si n dekouraje oswa n pa ka defann tèt nou. Nou ka menm vin tèlman anvi jwenn yon moun pou ban nou afeksyon sa ka fè n aksepte atansyon nenpòt moun ban nou. Si jamè sa ta rive w, chèche jwenn èd nan men Jewova ansanm ak pèp li a. — Sòm 34:18; Pwo. 13:20. w17.11 26 § 4-5.
Jedi 14 novanm
Chwazi yon seri vil pou moun al pran refij. — Joz. 20:2.
Nan Izrayèl tan lontan an, tout sitiyasyon kote te gen san moun ki koule te gen anpil enpòtans pou Jewova. Lè yon moun te fè espre li touye yon lòt moun, gason ki pi pwòch fanmi moun ki mouri a te dwe touye asasen an. Yo te konn rele moun sa a “moun k ap tire revanj pou san moun yo touye a”. (Nonb 35:19.) Aksyon sa a te pèmèt yo peye pou san moun ki inosan ki te vèse a. Lefètke yo te touye moun ki koupab la san pèdi tan, sa te anpeche moun sa a kontamine Peyi Bondye te pwomèt la, paske, men kòmandman Jewova te bay: “Nou pa dwe kontamine peyi n ap viv ladan l lan, paske san ka kontamine peyi a.” (Nonb 35:33, 34). Men, ki jan Izrayelit yo te konn jere sitiyasyon kote yon moun te touye yon lòt moun pa aksidan? Byenke se te yon aksidan, yon moun ki te touye yon lòt moun san l pa t gen entansyon fè sa te toujou koupab paske l te vèse san yon moun ki inosan (Jen. 9:5). Men, erezman, li te gen posiblite pou l kouri al nan youn nan vil refij yo pou moun k ap tire revanj lan pa t touye l. Se la li t ap jwenn pwoteksyon. Yon moun ki te touye yon lòt moun san l pa t gen entansyon fè sa te dwe rete nan vil refij la jiskaske gran prèt la mouri. — Nonb 35:15, 28. w17.11 9 § 3-5.
Vandredi 15 novanm
Lè yo manke moun ki gen lespri a dega, li pase sou sa. — Pwo. 12:16.
Men sa yon sè ki soti nan peyi Ostrali fè konnen: “Bòpè m te opoze anpil ak laverite. Anvan mwen menm ak mari m rele l pou n pran nouvèl li, nou konn priye Jewova pou l ede n reponn li avèk dousè lè l an kòlè. Nou planifye ki kantite tan n ap fè lè n ap vizite l pou n ka evite gen konvèsasyon ki long ki konn mennen nan gwo diskisyon sou relijyon.” Dezakò avèk moun ki pa kwayan nan fanmi w ka fè w santi w koupab, sitou paske w renmen fanmi w anpil e w toujou eseye fè yo plezi. Si w santi w konsa, fè tout sa w kapab pou w met fidelite w anvè Jewova anvan lanmou w gen pou fanmi w. Anfèt, pozisyon sa a ou pran an ka ede fanmi w konprann aplike prensip biblik yo se yon kesyon ki gen rapò ak lavi oswa ak lanmò. Nan kèlkeswa ka a, pa bliye ou pa ka fòse lòt moun aksepte laverite. Olye de sa, grasa konduit ou, ede yo wè byenfè sa bay lè yon moun suiv chemen Jewova yo. Bondye nou an ki gen lanmou ba yo posiblite pou yo chwazi ki fason y ap viv, menm jan l fè sa pou nou. — Eza. 48:17, 18. w17.10 15-16 § 15-16.
Samdi 16 novanm
Youn pa dwe renmen lòt nan bouch, ni ak bèl pawòl, men se pou nou aji avèk senserite pou nou montre sa. — 1 Jan 3:18.
Nou pa dwe demontre lanmou nan bouch sèlman, sitou lè sitiyasyon an mande pou n aji. Pa egzanp, lè yon kretyen parèy nou pa gen sa ki nesesè pou l viv, nou bezwen fè plis pase annik swete pou bagay yo byen mache pou li (Jak 2:15, 16). Menm jan an tou, lanmou nou gen pou Jewova ak pwochen nou pouse n nonsèlman mande Bondye pou l ‘voye travayè nan rekòt la’, men tou, pou l ede n bay tout nou menm nan travay predikasyon an (Mat. 9:38). Apot Jan te fè konnen nou dwe “aji avèk senserite pou nou montre” lanmou nou. Se sa k fè lanmou nou genyen an “pa [dwe] gen ipokrizi ladan l” oswa l dwe “san ipokrizi”. (Wom. 12:9; 2 Kor. 6:6.) Sa vle di nou pa ka demontre vrè lanmou an toutpandan nou fè tèt nou pase pou sa n pa ye, kòmsi se yon mas nou met nan figi nou. Nou ka ap mande: ‘Èske pa gen yon kalite lanmou ki gen ipokrizi ladan l?’ Pa vrèman. Sa pa t ap lanmou ditou, men l t ap yon imitasyon ki san valè. w17.10 8 § 5-6.
Dimanch 17 novanm
Ou dwe li l tou ba lajounen kou lannuit [...] e w ap aji avèk sajès. — Joz. 1:8.
Si nou vle pou Pawòl Bondye a gen efè sou nou, nou bezwen li l regilyèman, chak jou si posib. Nòmalman, pifò nan nou okipe anpil. Malgre sa, nou pa dwe kite anyen, menm responsablite nòmal nou yo, deranje pwogram lekti Labib nou (Efe. 5:15, 16). Gen anpil moun nan pèp Jewova a ki jwenn kèk fason enteresan pou yo kreye tan pou yo li Bib la chak jou, swa nan kòmansman oswa nan fen jounen an oubyen nenpòt lè nan jounen an. Yo santi yo menm jan ak youn nan moun ki te ekri sòm yo ki te di: “Se pa ti renmen mwen renmen lwa w yo! Mwen reflechi sou yo tout lajounen.” (Sòm 119:97). Anplis lekti n dwe fè nan Bib la, li enpòtan pou n medite sou sa n li a (Sòm 1:1-3). Se sèlman konsa n ap ka pi byen aplike sajès li gen ladan l lan ki itil nan kèlkeswa epòk la. Kit n ap li Pawòl Bondye a nan fòma enprime kit se sou aparèy elektwonik, objektif nou se ta dwe fè sa k ladan l yo antre nan kè nou. w17.09 24 § 4-5.
Lendi 18 novanm
Se pou nou tout [...] gen kè sansib. — 1 Pyè 3:8.
Nou pa oblije demontre kè sansib nan tout sitiyasyon. Pa egzanp, wa Sayil pa t obeyi Bondye lè l te aji yon fason li panse ki te montre li gen pitye. Li pa t touye Agag, yon ènmi pèp Bondye a. Se sa k fè Jewova te rejte Sayil pou l pa t wa sou Izrayèl (1 Sam. 15:3, 9, 15, nòt). Natirèlman, Jewova se Jij ki gen jistis la. Li ka li kè moun, e l konnen ki lè li pa apwopriye pou l demontre kè sansib (Lam. 2:17; Eze. 5:11). Moman an gen pou l rive kote l pral egzekite jijman l sou tout moun ki refize obeyi l (2 Tes. 1:6-10). Se pa pral moman pou l demontre kè sansib pou moun li fin jije antanke mechan. Okontrè, piske Bondye pral egzekite yo, se pral yon fason apwopriye pou l demontre kè sansib pou moun ki jis yo, yon seri moun li pral pwoteje. Sa klè, se pa wòl nou pou n deside ki moun Bondye dwe egzekite oswa l dwe pwoteje. Olye de sa, nou dwe fè tout sa n kapab kounye a pou n ede moun yo. w17.09 10-11 § 10-12.
Madi 19 novanm
Fwi lespri a se [...] metriz. — Gal. 5:22, 23.
Metriz se yon kalite ki soti nan Bondye. Jewova demontre metriz yon fason ki pafè. Men, piske lèzòm enpafè, se goumen y ap goumen pou yo kontinye gen metriz. Vrèmanvre, anpil nan pwoblèm moun ap rankontre jodi a se paske yo manke metriz. Lè yon moun pa gen metriz, sa ka fè l toujou ap di l a gentan e sa ka fè l pa bay bon rannman nan lekòl li oswa nan travay li. Mete sou sa, sa ka lakòz moun di vye pawòl, yo bwè pou yo sou, yo fè vyolans, yo divòse, yo fè dèt ki pa nesesè, yo vin esklav dwòg, yo pran prizon, yo gen gwo pwoblèm afektif, yo pran maladi nan fè sèks epi yo vin ansent san yo pa t vle, pou n site sa yo sèlman (Sòm 34:11-14). Epitou, pwoblèm pa gen metriz la se yon pwoblèm k ap vin pi grav chak jou. Nan ane 1940 yo, yo te fè yon etid sou metriz, men, gen kèk etid yo fè sa pa gen twò lontan ki montre l pi difisil kounye a pou moun demontre metriz. Sa pa fè moun k ap etidye Pawòl Bondye a sezi paske Bib la te gentan fè konnen youn nan bagay k ap montre n ap viv nan “dènye jou yo” sèke moun yo t ap “san metriz”. — 2 Tim. 3:1-3. w17.09 3 § 1-2.
Mèkredi 20 novanm
Lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou. — Flp. 4:7.
Lè nou gen “lapè Bondye”, kè nou ak lespri nou anpè. Nou konnen Jewova ak Jezi gen sousi pou nou e yo vle n reyisi (1 Pyè 5:10). Lefètke n konn sa sa pwoteje n pou tètchaje ak dekourajman pa pote n ale. Talè konsa, lèzòm pral fè fas ak pi gwo tribilasyon ki potko janm rive sou tè a (Mat. 24:21, 22). Nou pa konnen tout detay konsènan sa k pral rive nou chak pèsonèlman. Men, nou pa gen okenn rezon pou n kite enkyetid pote n ale. Menmsi nou pa konnen tout sa Jewova pral fè, men, nou byen konnen Bondye nou an. Fason Jewova te konn aji nan tan lontan fè n wè Jewova ap toujou reyalize objektif li kèlkeswa sa k rive, e pafwa li fè sa fason n pa t atann. Chak fwa Jewova fè sa pou nou, se yon lòt fason nou ka jwi ‘lapè Bondye ki depase tout sa moun ka konprann’. w17.08 12 § 16-17.
Jedi 21 novanm
Se pou nou gen pasyans, jiskaske prezans Seyè a kòmanse. — Jak 5:7.
“Konbyen tan?” Se kesyon sa a de pwofèt ki te fidèl te poze, anpalan de Ezayi ak Abakouk (Eza. 6:11; Aba. 1:2). Menm Jezi Kris, Seyè nou an, te poze kesyon sa a lè moun ki te avè l yo te montre yo manke lafwa (Mat. 17:17). Kidonk, nou pa ta dwe sezi si n ta wè n poze menm kesyon sa a pafwa. Petèt se akoz n ap sibi kèk enjistis. Oswa petèt akoz n ap antre nan laj e nou malad oubyen n ap jwenn presyon piske n ap viv nan ‘tan sa yo ki di’ e ki “difisil pou moun sipòte”. (2 Tim. 3:1.) Oswa petèt nou vin about akoz move atitid moun ki toutotou n yo genyen. Kèlkeswa rezon an, li vrèman ankourajan pou n konnen sèvitè fidèl Jewova nan tan lontan yo te santi yo alèz pou yo poze menm kesyon sa a ki ka vin nan lespri nou, e Jewova pa t kondane yo pou sa! Men, ki sa k ka ede n lè n nan sitiyasyon ki difisil konsa? Disip Jak bay repons kesyon sa a nan tèks pou jounen an. w17.08 3-4 § 1-3.
Vandredi 22 novanm
Sèvi ak richès nou posede nan monn enjis sa a pou nou fè zanmi. — Lik 16:9.
Jezi te konseye disip li yo pou yo fè zanmi nan syèl la.Yon fason klè nou ka montre n fidèl anrapò ak bagay materyèl nou genyen se lè n fè ofrann pou travay predikasyon k ap fèt toupatou sou tè a, jan Jezi te anonse sa (Mat. 24:14). Gen yon tifi nan peyi End ki te gen yon ti bwat sekrè e tanzantan li te lage kòb ladan l, li te menm aksepte pa achte jwèt pou l te ka fè sa. Lè bwat la te plen, li te bay lajan an kòm ofrann pou travay predikasyon an. Gen yon frè nan peyi End ki gen yon jaden kokoye ki konn bay biwo tradiksyon nan lang malayalam nan anpil kokoye. Li te di tèt li, piske biwo a bezwen achte kokoye, kokoye l bay kòm ofrann nan ap pi itil pase si l te bay lajan kach. Li aji avèk sajès. Menm jan an tou, frè nan peyi Lagrès yo bay luil doliv, fwomaj ak lòt manje pou fanmi Betèl la regilyèman. w17.07 8 § 7-8.
Samdi 23 novanm
Chante youn nan chante Siyon yo. — Sòm 137:3.
Juif yo, ki te prizonye nan Babilòn, pa t anvi chante. Yo te bezwen jwenn rekonfò ak konsolasyon. Men, jan pwofesi ki nan Pawòl Bondye a te anonse sa, se Siris, yon wa peyi Pès, ki te delivre yo. Li te pot laviktwa sou Babilòn, e men sa l te deklare: “Jewova [...] ban m lòd pou m bati yon kay pou li Jerizalèm [...]. Kèlkeswa moun ki fè pati pèp li a, se pou l monte Jerizalèm. Se pou Jewova, Bondye l la, avè l.” (2 Kwo. 36:23). Se pa ti konsole reyalizasyon pwofesi sa a dwe te konsole Izrayelit ki t ap viv Babilòn yo! Jewova pa t sèlman konsole nasyon Izrayèl la antanke gwoup, men l te fè sa tou pou chak moun. Se menm bagay la tou jodi a. Bondye “geri moun kè yo ap fann yo. Li bande blese yo genyen yo.” (Sòm 147:3). Wi, Jewova gen sousi pou moun ki gen pwoblèm yo, kit se nan domèn fizik, kit se nan domèn afektif. Li toujou la pou l konsole n e pou l panse blese n genyen nan domèn afektif (Sòm 34:18; Eza. 57:15). Li ban nou sajès ak fòs pou n ka fè fas ak kèlkeswa pwoblèm nou ta rankontre. — Jak 1:5. w17.07 18 § 4-5.
Dimanch 24 novanm
Kote trezò nou ye, se la kè n ap ye tou. — Lik 12:34.
Jewova se Moun ki pi rich ki gen nan linivè (1 Kwo. 29:11, 12). Antanke yon Papa ki renmen bay, li dispoze pataje richès espirityèl li yo ak tout moun ki wè kokenn enpòtans yo genyen. Se pa ti rekonesans nou genyen dèske Jewova ban nou yon seri trezò espirityèl, tankou: 1) Wayòm Bondye a, 2) travay predikasyon an, yon travay ki ka sove lavi moun, e 3) verite ki gen anpil valè ki nan Pawòl li a! Men, si n pa fè atansyon, nou ka sispann bay trezò sa yo valè, anfèt, nou ka menm voye yo jete. Pou n ka konsève yo, nou dwe byen sèvi ak yo e nou dwe toujou renmen yo. Vrèmanvre, anpil nan nou fè gwo chanjman nan lavi nou pou n ka viv anba dominasyon Wayòm Bondye a (Wom. 12:2). Malgre sa, travay nou poko fini. Nou dwe kontinye ret vijilan kont bagay k ap fè lagè avè n toutan pou atire n yo, tankou dezi pou bagay materyèl ak kèlkeswa dezi seksyèl ki imoral. — Pwo. 4:23; Mat. 5:27-29. w17.06 9 § 1; 10 § 7.
Lendi 25 novanm
Èske w konn bagay sa yo? — Jòb 38:21.
Pa gen okenn kote nou aprann Bondye te di Jòb aklè rezon ki fè l t ap soufri. Prensipal objektif pawòl Jewova te di Jòb yo se pa t pou l esplike Jòb rezon ki fè l t ap soufri, kòmsi Jewova te dwe jistifye tèt li. Okontrè, Jewova te vle ede Jòb konprann jan Jòb pa reprezante anyen an konparezon ak jan Bondye gran. E l te ede Jòb konprann gen kesyon ki pi enpòtan lontan ki bezwen jwenn repons (Jòb 38:18-20). Sa te ede Jòb vin wè bagay yo fason ki kòrèk la ankò. Èske Jewova te aji di ak Jòb lè l te ba l konsèy yon fason ki dirèk apre Jòb te fin sibi yon eprèv terib konsa? Bondye pa t fè sa, e Jòb pa t panse sa nonplis. Malgre tout difikilte Jòb te jwenn yo, finalman, li te kòmanse pale yon fason ki montre l gen rekonesans. Li te menm di: “Mwen retire sa m te di a e mwen chita nan pousyè ak nan sann pou m montre m repanti.” Pawòl sa yo montre efè konsèy klè e ki ankourajan Jewova te bay Jòb yo te gen sou li (Jòb 42:1-6). Apre Jòb te fin aksepte reprimann Bondye te ba l la e l te korije fason l panse, Jewova te fè lòt moun konnen li apwouve fidelite Jòb te demontre devan eprèv li te rankontre yo. — Jòb 42:7, 8. w17.06 24-25 § 11-12.
Madi 26 novanm
Mari [...] chwazi bon pati a, e yo pap pran l nan men l. — Lik 10:42.
Pou n rive wè si gen ekilib ant aktivite pwofàn nou yo ak responsablite espirityèl nou yo, l ap bon pou n mande tèt nou: ‘Èske m wè travay mwen enteresan e l fè kè m kontan alòske mwen wè aktivite espirityèl mwen yo tankou yon bagay ki pa gen twòp enpòtans oswa tankou yon woutin?’ Lè n reflechi sou bagay sa yo e n medite sou yo, sa ka ede n wè pou ki bagay nou gen afeksyon toutbon. Jezi te anseye fason pou n fè ekilib ant aktivite pwofàn ak aktivite espirityèl. Yon lè, Jezi t al lakay de sè, youn rele Mari e lòt la rele Mat. Pandan Mat t ap trakase kò l pou l prepare manje, Mari te chwazi chita nan pye Jezi e l t ap koute l. Lè Mat ap plenyen dèske Mari pa ede l, Jezi te di Mat pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an (Lik 10:38-42). Se yon leson enpòtan Jezi t ap anseye Mat. Pou n pa kite aktivite pwofàn distrè nou e pou n ka demontre lanmou nou gen pou Kris, nou dwe kontinye chwazi “bon pati a”, sa vle di pou n bay bagay espirityèl yo priyorite. w17.05 24 § 9-10.
Mèkredi 27 novanm
Koute papa w lè l ap ba w disiplin. — Pwo. 1:8.
Se paran yo Jewova bay privilèj pou leve pitit yo nan laverite, se pa granparan yo oswa nenpòt lòt moun (Pwo. 31:10, 27, 28). Aktout sa, paran ki pa konprann lang yo pale nan zòn y ap viv la ka bezwen èd pou yo rive touche kè pitit yo. Lè paran yo pran dispozisyon pou yo chèche èd nan sans sa a, sa pa vle di yo abandone responsablite yo genyen nan domèn espirityèl. Okontrè, sa ka ede yo pou yo kontinye leve pitit yo “nan disiplin Jewova ak nan avètisman l bay”. (Efe. 6:4.) Pa egzanp, paran yo ka mande ansyen nan kongregasyon an konsèy sou fason pou yo fè adorasyon an fanmi ak fason pou yo ede pitit yo jwenn bon zanmi. Epitou, detanzantan paran yo ka envite lòt fanmi vin patisipe nan adorasyon yo fè ak fanmi yo. Mete sou sa, anpil jèn rive fè bonjan pwogrè grasa èd frè ak sè ki gen matirite espirityèl yo, pa egzanp lè y al preche avèk yo ak lè yo pran bon kalite detant ak yo. — Pwo. 27:17. w17.05 11-12 § 17-18.
Jedi 28 novanm
Kouri al nan peyi Ejip. — Mat. 2:13.
Apre yon zanj Jewova te avèti Jozèf konsènan entansyon wa Ewòd genyen pou l touye Jezi, paran Jezi yo t al viv kòm refijye nan peyi Ejip ak Jezi ki te timoun lè sa a. Yo te rete nan peyi sa a jiskaske Ewòd mouri (Mat. 2:14, 19-21). Plizyè dizèn ane annapre, disip Jezi yo nan premye syèk la “te gaye nan tout zòn Jide ak nan Samari” akoz pèsekisyon (Tra. 8:1). Jezi te gentan fè konnen yo t ap fòse anpil nan disip li yo kite kay yo. Li te di: “Lè yo pèsekite nou nan yon vil, kouri al nan yon lòt.” (Mat. 10:23). Se te sitiyasyon plizyè milye Temwen Jewova. Anpil nan yo pèdi moun pa yo ansanm ak prèske tout sa yo posede. Kèk ladan yo te fè fas ak danje lè yo t ap kouri kite kay yo oswa lè yo t ap viv nan kan kote moun yo bwè, yo jwe aza, yo vòlè e yo fè imoralite. Men, yo te kenbe yon atitid pozitif lè yo te sonje, menm jan ak Izrayelit yo ki t ap monte desann nan dezè a, yo menm tou, yo t ap gen pou yo kite kan an yon lè. — 2 Kor. 4:18. w17.05 3-4 § 2-5.
Vandredi 29 novanm
Moun ki renmen lwa w yo se yo menm k ap viv nan lapè. Pa gen anyen ki ka fè yo bite. — Sòm 119:165.
Nan kèk sitiyasyon ki pa rive souvan, ou menm oswa yon moun ou konnen ka viv yon sitiyasyon nan kongregasyon an ki sanble ak yon enjistis, oubyen nou ka wè yon sitiyasyon ki sanble ak yon enjistis. Pinga w kite sa fè w bite. Okontrè, antanke sèvitè Bondye ki fidèl, nou priye l e nou konte sou li fidèlman. Anmenmtan, avèk imilite, nou rekonèt nou ka pa gen tout detay yo. Nou rekonèt, antanke moun ki enpafè, sa ka rive nou mal wè bagay yo. Nou dwe evite di pawòl ki negatif, piske n konnen pawòl sa yo ap fè pwoblèm nan vin pi grav. Finalman, olye nou chèche rezoud pwoblèm nan poukont nou, ann pran detèminasyon pou n ret fidèl e pou n tann avèk pasyans jiskaske Jewova ranje bagay yo. Si n aji konsa, nou mèt sèten n ap gen apwobasyon Jewova ak benediksyon l. Vrèmanvre, nou kapab gen asirans Jewova, “Jij tout tè a”, ap toujou fè sa ki jis paske “tout chemen l yo se jistis”. — Jen. 18:25; Det. 32:4. w17.04 22 § 17.
Samdi 30 novanm
Se pou moun ki mechan an kite wout li ladan l lan [...]. Se pou l retounen vin jwenn Jewova k ap fè l mizèrikòd. — Eza. 55:7.
E moun ki refize chanje yo, ki kontinye ap soutni sistèm sa a jiskaske gwo tribilasyon an kòmanse? Jewova pwomèt l ap elimine moun ki mechan yo sou tè a pou toutan (Sòm 37:10). Moun ki mechan yo gendwa panse jijman sa a pap frape yo. Gen anpil nan yo ki aprann kache sa yo fè, e nan monn sa a, byen souvan, sanble yo chape anba men lajistis ak anba tout konsekans aksyon yo (Jòb 21:7, 9). Poutan, men sa Bib la fè n sonje: “Bondye ap gade chemen chak moun, e li wè tout kote yo met pye yo, pa gen okenn fènwa ni okenn fènwa pwès pou moun k ap fè sa ki mal yo kache.” (Jòb 34:21, 22). Pa gen okenn kote yon moun ka kache pou Jewova Dye. Pa gen okenn mètdam ki ka twonpe l, ni pa gen okenn fènwa ki twò gwo oswa ki twò pwès ki ka anpeche je Bondye ki pa gen limit wè aklè sa k ap pase. Apre Amagedon, n ap gade kote mechan yo te ye yo, men nou pap wè yo. Yo pap la ankò pou toutan! — Sòm 37:12-15. w17.04 10 § 5.