Janvye
Mèkredi 1ye janvye
Moyiz se moun ki te gen plis imilite pase tout moun ki te sou tè a. — Nonb 12:3.
Lè Moyiz te fè pati fanmi wa peyi Ejip la, li pa t gen imilite. Anfèt, li te tèlman gen san cho, li te touye yon mesye li te twouve ki aji yon fason ki pa t jis. Moyiz te panse Jewova t ap dakò ak sa l te fè a. Jewova te pase 40 an ap ede Moyiz konprann se pa kouraj sèlman li te bezwen genyen pou l dirije Izrayelit yo, li te bezwen gen imilite. Pou Moyiz te ka gen imilite, li te bezwen soumèt e li te dwe gen tanperaman dou. Li te byen konprann leson an, e li te vin yon bon siveyan (Egz. 2:11, 12; Tra. 7:21-30, 36). Jodi a, chèf fanmi yo ak ansyen yo ta dwe imite Moyiz. Si yo pa respekte w, pa kouri fache. Avèk imilite, rekonèt kèlkeswa erè w te fè (Ekl. 7:9, 20). Soumèt devan direksyon Jewova bay sou fason pou nou regle pwoblèm yo, e toujou reponn avèk dousè (Pwo. 15:1). Chèf fanmi ak siveyan ki aji konsa yo fè Jewova plezi, yo pèmèt gen lapè e yo bay egzanp sou fason pou nou demontre imilite. w19.02 8 § 1; 10 § 9-10.
Jedi 2 janvye
Li vin gen pitye pou yo. — Mak 6:34.
Reflechi sou rezon ki fè Jezi te santi l gen pitye pou moun, sa ki montre li gen konsiderasyon pou santiman lòt moun. Li te wè moun yo “te tankou mouton ki san bèje”. Petèt Jezi te wè kèk ladan yo te pòv e yo te fè plizyè èdtan ap travay pou yo bay fanmi yo sa yo bezwen. Petèt gen lòt moun ki t ap soufri akoz yo gen yon moun pa yo ki mouri. Si se te sa, Jezi te kapab konprann sitiyasyon yo. Li te konn gen kèk nan pwoblèm sa yo tou. Jezi te gen konsiderasyon pou lòt moun, e li te santi l pouse pou l ba yo yon mesaj konsolasyon (Eza. 61:1, 2). Ki sa nou aprann nan egzanp Jezi? Menm jan ak Jezi, chaje moun bò kote nou ki “tankou mouton ki san bèje”. Y ap lite anba yon pakèt pwoblèm. Nou gen sa yo bezwen, sètadi mesaj Wayòm nan (Rev. 14:6). Donk, menm jan ak Mèt nou an, nou preche bon nouvèl la paske nou “gen pitye pou malere [yo] ak moun ki pòv yo”. (Sòm 72:13.) Nou gen konpasyon pou moun yo e nou vle fè yon bagay pou n ede yo. w19.03 21-22 § 6-7.
Vandredi 3 janvye
Se pou nou louwe Jewova! Se li ki pote chay nou pou nou chak jou. — Sòm 68:19.
Nou gen anpil rezon pou nou renmen Jewova. Nonsèlman li ban nou bon bagay nou gen chak jou yo, men tou li anseye nou laverite sou li e sou objektif li genyen (Jan 8:31, 32). Li ban nou kongregasyon kretyen an pou gide nou e pou soutni nou. Li ede nou pote chay lou n ap pote kounye a e l fè nou gen esperans pou nou viv pou toutan nan bon kondisyon (Rev. 21:3, 4). Lè nou medite sou tout sa Jewova deja fè pou l montre jan li renmen nou, sa fè nou vin renmen l tou. E lè nou vin renmen Jewova, nou vin gen gwo respè pou li e nou pap vle fè anyen k ap fè l fache. Lè w kontinye rekonèt nan ki pwen w jwenn byenfè nan direksyon Jewova ba w, lanmou w gen pou li ak prensip li yo ap grandi. Lè sa a, pa gen anyen Satan ofri w k ap fè w sispann sèvi Jewova. Imajine jan w ap ye nan mil an. W ap gen pou w sonje desizyon w te pran pou w batize a, e w ap wè se pi bon desizyon w te ka pran! w19.03 6 § 14; 7 § 19.
Samdi 4 janvye
Kiyès ki ka jwenn yon bon madanm? Yon bon madanm gen plis valè pase koray. — Pwo. 31:10.
Tout fanmi an jwenn byenfè lè chak moun montre yo gen rekonesans. Plis moun ki marye yo montre rekonesans youn pou lòt, se plis y ap vin pi pwòch youn ak lòt. Mete sou sa, y ap twouve li pi fasil pou youn padone lòt lè yo fè erè. Yon mari ki gen rekonesans pou madanm li pap sèlman wè sa madanm li di ak sa l fè ki bon, men tou l ap “kanpe e [l ap] fè lwanj pou li”. (Pwo. 31:28.) Epitou, yon fi ki gen sajès fè mari l konnen aklè sa li apresye lakay li. Paran, ki jan n ka aprann pitit nou yo montre yo gen rekonesans? Nou bezwen sonje pitit nou yo ap imite sa nou di ak sa nou fè. Donk, ba yo bon egzanp lè nou di yo mèsi lè yo fè yon bagay pou nou. Mete sou sa, nou bezwen aprann pitit nou yo di mèsi lè lòt moun fè yon bagay pou yo. Ede pitit nou yo konprann yo dwe montre rekonesans ak tout kè yo e pawòl yo di ka gen bon efè sou moun. w19.02 17 § 14-15.
Dimanch 5 janvye
Jiskaske m mouri, mwen pap sispann ret fidèl ak Bondye! — Jòb 27:5.
Pawòl sa a enpòtan anpil. Jòb pa t dekouraje lè Satan te atake l la, e nou ka fè menm jan an. Satan lage menm akizasyon an sou do nou chak. Nan ki sans sa konsène w? Anfèt, li di ou pa vrèman renmen Jewova Dye e w ap sispann sèvi l depi lavi w an danje, e w pa vrèman fidèl (Jòb 2:4, 5; Rev. 12:10). Ki jan sa fè w santi w? Èske sa pa fè w mal? Men, fè yon ti reflechi sou jan Jewova fè w konfyans: Li kite Satan teste fidelite w paske li gen konfyans w ap kapab kenbe fidelite w, sa k ap pèmèt ou pwouve Satan se yon mantè. Li pwomèt l ap ede w fè sa (Ebre 13:6). Se pa ti privilèj sa ye pou Souvren linivè a fè nou konfyans! Èske w wè poukisa fidelite gen anpil enpòtans? Lè nou fidèl, sa pèmèt nou rejte manti Satan yo e sa pèmèt nou defann non Papa nou an epi soutni fason l ap dirije. w19.02 5 § 9-10.
Lendi 6 janvye
Gen yon lè k ap rive kote moun ap touye nou e y ap panse se yon sèvis sakre yo fè pou Bondye. — Jan 16:2.
Jezi te di apot li yo yo t apral jwenn pwoblèm. Epi, li te ankouraje yo suiv egzanp li, li te di yo: “Pran kouraj!” (Jan 16:1-4a, 33). Plizyè ane annapre, disip Jezi yo te kontinye demontre espri sakrifis menm jan ak Jezi e yo te kontinye montre kouraj. Malgre sa te fè yo soufri, yo te ede youn lòt fè fas ak divès kalite pwoblèm yo te genyen (Ebre 10:33, 34). Konsa tou jodi a, nou demontre kouraj menm jan ak Jezi. Pa egzanp, sa mande kouraj pou nou ede frè nou yo y ap pèsekite pou lafwa yo. Pafwa, yo konn mete frè nou yo nan prizon san yo pa fè anyen ki mal. Lè sa rive, nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou ede yo, sa gen ladan l defann yo (Flp. 1:14; Ebre 13:19). Yon lòt fason nou demontre kouraj se lè nou kontinye preche “avèk kran”. (Tra. 14:3.) Menm jan ak Jezi, nou pran detèminasyon pou nou preche mesaj Wayòm nan menm lè moun opoze ak nou e menm lè yo pèsekite nou. w19.01 22-23 § 8-9.
Madi 7 janvye
Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon, san nou pa abandone reyinyon nou, jan se abitid kèk moun, men annou youn ankouraje lòt. — Ebre 10:24, 25.
Ki konsèy pratik ki ka ede w fè kòmantè nan reyinyon yo? Sa ki pi enpòtan an se pou w prepare chak reyinyon. Lè w fikse yon lè pou w byen prepare reyinyon yo, w ap santi w pi alèz pou w fè kòmantè (Pwo. 21:5). Ki sa sa mande pou w byen prepare yon reyinyon? Chak fwa w pral etidye, toudabò mande Jewova pou l ba w lespri sen (Lik 11:13; 1 Jan 5:14). Apre sa, pran kèk minit pou w fè yon koudèy sou sa w pral etidye a. Egzamine tit la, soutit yo, foto yo ak kare yo. Pandan w ap egzamine chak paragraf, li kantite vèsè ou kapab nan vèsè yo site yo. Medite sou enfòmasyon yo, byen konsantre sou pati w ta renmen fè kòmantè sou yo. Plis ou byen prepare, se plis w ap byen pwofite reyinyon an e se plis l ap fasil pou w fè kòmantè. — 2 Kor. 9:6. w19.01 9 § 6; 11-12 § 13-15.
Mèkredi 8 janvye
Ekri sa w wè nan vizyon an. — Aba. 2:2.
Lefètke Jewova te enspire Abakouk pou l ekri konsènan enkyetid li te genyen, Jewova ban nou yon leson enpòtan: Nou pa dwe pè fè l konnen enkyetid ak dout nou genyen yo. Anfèt, avèk jantiyès, li envite n ouvri kè n ba li nan lapriyè (Sòm 50:15; 62:8). Abakouk te pran inisyativ pou l pwoche bò kote Bondye, Zanmi ak Papa li fè konfyans lan. Abakouk pa t ret ap enkyete l konsènan sitiyasyon l, sa ki te ka fè l konte sou entèlijans li. Okontrè, li te priye Bondye konsènan santiman ak enkyetid li te genyen, konsa, li kite yon bèl egzanp pou nou. Mete sou sa, Jewova, Sila a ki tande lapriyè a, envite n priye l pou n fè l konnen enkyetid nou yo, konsa, n ap montre nou fè l konfyans (Sòm 65:2). Lè n fè sa, n ap rive wè repons Jewova bay la, anpalan de direksyon li ban nou avèk lanmou ki tankou yon bèl akolad (Sòm 73:23, 24). L ap ede n konn panse l sou kèlkeswa pwoblèm nou genyen. Lè n priye Bondye ak tout kè n se youn nan pi bèl fason nou montre n fè l konfyans. w18.11 13 § 2; 14 § 5-6.
Jedi 9 janvye
Moun ki sen ki sou tè a, wi, moun ki gen glwa yo, fè m gen gwo kè kontan. — Sòm 16:3.
David, youn nan moun ki te ekri Sòm yo, pa t chèche fè zanmi ak moun ki te nan laj li sèlman. Èske w sonje non yon moun enpòtan ki te vin bon zanmi l? Moun sa a se te Jonatan. Anfèt, se youn nan pi bèl amitye Bib la pale de li. Men, èske w te konnen Jonatan te gen anviwon 30 an anplis David? Bon, sa k fè yo te vin zanmi? Yo te gen lafwa nan Bondye, yo te gen respè youn pou lòt, e youn te apresye kouraj lòt la te genyen lè yo t ap batay ak moun ki ènmi Bondye (1 Sam. 13:3; 14:13; 17:48-50; 18:1). Menm jan ak David ak Jonatan, nou menm tou nou gen “gwo kè kontan” lè nou gen zanmi ki renmen Jewova e ki montre yo gen lafwa nan li. Men sa Kiera k ap sèvi Bondye depi plizyè ane di: “Mwen fè zanmi ak plizyè kategori moun ki soti toupatou sou tè a, e ki pa gen menm kilti.” Lè w pa fè zanmi ak yon sèl kategori moun, w ap wè aklè jan Pawòl Bondye a ak lespri sen l gen pouvwa pou ini moun. w18.12 26 § 11-13.
Vandredi 10 janvye
Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, eksepte pou imoralite seksyèl e k al marye ak yon lòt fi, moun sa a fè adiltè. — Mat. 19:9.
Ekspresyon “imoralite seksyèl” la fè referans ak yon pakèt peche ki gen rapò ak relasyon seksyèl ki pa fèt nan kad maryaj ant yon gason ak yon fi. Sa gen ladan l adiltè, pwostitisyon, relasyon seksyèl ant de moun ki pa marye, gason k ap kouche ak gason, fi k ap kouche ak fi, moun k ap fè sèks ak bèt. Si pa egzanp, yon gason ki marye ta fè imoralite seksyèl, madanm li ap deside si l ap divòse avè l oubyen si l pap divòse avè l. N ap remake Jezi pa t di de moun marye dwe divòse si youn nan yo ta fè imoralite (pòneya). Pa egzanp, yon madan marye ka chwazi rete ak mari l menmsi mari a te fè imoralite. Li gendwa toujou renmen mari l, li gendwa vle padone l, epi met ansanm avè l pou yo amelyore maryaj yo. An reyalite, si l ta divòse epi l pa remarye, li gendwa fè fas ak kèk difikilte. Ki sa l ap fè pou l jwenn sa l bezwen pou l viv oubyen pou l satisfè dezi seksyèl li genyen? Èske li pap santi l poukò l? E si l gen pitit pou l okipe (1 Kor. 7:14)? Sa klè, moun ki inosan ki divòse a ka gen gwo pwoblèm. w18.12 12 § 10-11.
Samdi 11 janvye
Nou menm ki renmen Jewova, rayi sa ki mal. — Sòm 97:10.
Jewova rayi sa ki pa dwat (Eza. 61:8). Byenke l konnen nou gen tandans fè sa ki mal akoz nou eritye peche, li vle pou n rayi sa ki pa dwat menm jan avè l. Lè n medite sou rezon ki fè Jewova rayi sa k mal sa ap ede n fè panse l vin panse pa nou, e sa ap ban nou plis fòs pou n reziste kont sa ki mal. Lè n gen menm panse ak Jewova sou sa ki pa dwat, sa ap ede n tou idantifye kèk bagay ki mal, menm lè Pawòl Bondye a pa pale sou yo aklè. Pa egzanp, gen yon kalite dans imoral ki kòmanse gaye nan monn nan. Gen kèk moun ki ka pran pretèks dans sa a pa gen anyen mal ladan l paske se pa relasyon seksyèl. Men, èske aksyon sa yo reflete panse Bondye, li menm ki rayi kèlkeswa bagay ki mal la? Ann rete lwen tout sa ki mal lè n chèche gen metriz ak lè n gen degoutans pou bagay Jewova rayi. — Wom. 12:9. w18.11 25 § 11-12.
Dimanch 12 janvye
Moun ki jis la ap kontinye viv, paske li fidèl. — Aba. 2:4.
Apot Pòl te tèlman wè asirans Jewova bay la gen enpòtans, li te site vèsè sa a twa fwa (Wom. 1:17; Gal. 3:11; Ebre 10:38). Kèlkeswa difikilte moun ki jis la ta rankontre, grasa lafwa ak konfyans li genyen, l ap kontinye viv pou l wè objektif Bondye yo reyalize. Jewova vle nou wè pi lwen pase sa k ap pase kounye a. Liv Abakouk la bay nou tout k ap viv nan dènye jou sa yo yon leson enpòtan. Jewova fè kèlkeswa moun ki jis e ki demontre l gen lafwa ak konfyans nan Li pwomès pou l ba l lavi. Kèlkeswa pwoblèm ak enkyetid n ap fè fas, ann kontinye ranfòse lafwa ak konfyans nou gen nan Bondye. Pa mwayen Abakouk, Jewova ban nou asirans l ap soutni nou e l ap delivre n. Avèk jantiyès, li mande n pou n fè l konfyans e pou n ret tann moman li fikse a avèk pasyans lè tout tè a pral ranpli ak moun k ap adore l ki gen kè kontan e ki gen tanperaman dou anba dominasyon Wayòm Bondye a. — Mat. 5:5; Ebre 10:36-39. w18.11 16-17 § 15-17.
Lendi 13 janvye
Kontinye [...] mache nan laverite. — 3 Jan 4.
Nan premye syèk la, gen kèk moun ki te byen reyaji okòmansman devan ansèyman Jezi yo, men, yo pa t kontinye mache nan laverite. Pa egzanp, apre Jezi te fin fè yon mirak pou l bay yon gwo foul moun manje, foul moun nan te suiv li rive pa lòt bò Lanmè Galile a. Pandan Jezi nan zòn nan, li te di yon bagay ki te fè yo pè. Men sa l te di: “Si nou pa manje chè Pitit lòm nan, e si nou pa bwè san l, nou pap gen lavi.” Olye yo te mande Jezi esplike yo sa l di a, yo te kite pawòl li yo fè yo trebiche e yo te di: “Pawòl sa yo chokan, kiyès ki ka koute yo?” Kòm rezilta, “anpil nan disip li yo [te] retounen nan bagay yo te kite dèyè yo e yo vin sispann mache avè l.” (Jan 6:53-66). Malerezman, jodi a gen kèk moun ki sispann kenbe laverite. Gen kèk moun ki trebiche akoz sa yon frè ki gen anpil enfliyans te di oubyen l te fè. Gen lòt ki vin fache akoz yo te resevwa yon konsèy ki baze sou Bib la, oswa yo kite laverite akoz yo pa t antann yo ak yon kretyen parèy yo. w18.11 9 § 3-5.
Madi 14 janvye
Sèl Gid nou genyen se Kris. — Mat. 23:10.
Lè n pa fin konprann rezon ki fè òganizasyon an fè kèk chanjman, l ap bon pou n reflechi sou fason Kris te dirije nan tan lontan. Kit se nan epòk Jozye a kit se nan premye syèk la, Kris te toujou bay konsèy ki saj pou pwoteje pèp Bondye a antanke gwoup, pou fòtifye lafwa yo e pou kontinye gen tèt ansanm nan mitan sèvitè Bondye yo (Ebre 13:8). Sousi ak lanmou Jezi gen pou nou nan domèn espirityèl parèt aklè nan direksyon “esklav fidèl ki prevwayan an” bay nan bon moman (Mat. 24:45). Lè n rive konprann direksyon Kris ap bay la, nou santi jan l enterese nan pwogrè n ap fè nan domèn espirityèl. Kris pa sèlman pran swen nou nan domèn espirityèl, men tou, li ede n ret konsantre sou travay ki pi enpòtan k ap fèt sou tè a jodi a. — Mak 13:10. w18.10 25 § 13-16.
Mèkredi 15 janvye
Mache yon fason ki konfòm ak apèl nou te resevwa a, avèk yon imilite [...] ki konplè. — Efe. 4:1, 2.
Nou ka jwenn yon bèl egzanp sou demontre metriz lè y ap pwovoke n nan 2 Samyèl 16:5-13. Chimeyi, yon fanmi wa Sayil, t ap repwoche David ak sèvitè l yo e l te fè yo menas fizik. David te andire sa aktout li te gen otorite pou l fè l sispann. Ki jan David te fè jwenn fòs pou l metrize lespri l? Pawòl ki anlè tèt Sòm 3 a montre se David ki te ekri chante sa a lè l “t ap kouri pou Absalon, pitit gason l”. Pawòl ki nan vèsè 1 ak vèsè 2 a koresponn ak kèk evènman yo rapòte nan chapit 16 liv 2 Samyèl la. Apre sa, Sòm 3:4 montre konfyans David te genyen, lè l di: “M ap rele Jewova byen fò, e l ap reponn mwen.” Nou menm tou nou ka priye Jewova lè y ap atake nou. Kòm repons, Jewova ap ban nou lespri sen l ki kapab ede n andire. Èske gen yon sitiyasyon kote w bezwen demontre metriz oswa w bezwen padone ak tout kè w paske yon moun mal aji avè w san rezon? Èske w gen konfyans Jewova kapab wè mizè w e l ap fè w jwenn byenfè? w18.09 6-7 § 16-17.
Jedi 16 janvye
Nou se konpayon travay Bondye. — 1 Kor. 3:9.
Lè n ap preche, nou ta dwe toujou montre konsiderasyon ak respè, sa ki gen ladan l chèche byen konnen moun nan zòn nan. Nou bezwen sonje lè n ap preche kay an kay, nou se vizitè yo pa t envite. Kidonk, li vrèman enpòtan pou n al lakay moun yo nan yon lè kote yo ka pi dispoze pale (Mat. 7:12)! Pa egzanp, èske moun nan tèritwa w la renmen leve ta lè wikenn? Si se wi, ou ka kòmanse preche nan lari, fè temwayaj piblik oswa fè nouvèl vizit kay yon moun ou konnen ki gentan leve. Gen anpil moun ki okipe anpil, donk, li ka bon pou n fè vizit nou yo tou kout, omwen lè n fèk kòmanse (1 Kor. 9:20-23). Lè moun yo wè nou konprann sitiyasyon yo oswa n konnen yo gen yon pwogram ki chaje, yo ka pi dispoze pou n retounen vizite yo. Sa klè, fwi lespri Bondye pwodui a dwe gen efè sou travay predikasyon nou an. Lè sa fèt, n ap vin bonjan “konpayon travay Bondye” e menm yon mwayen Jewova ka sèvi pou l atire yon moun nan laverite. — 1 Kor. 3:6-7. w18.09 32 § 15-17.
Vandredi 17 janvye
Byennere moun ki gen tanperaman dou, piske Bondye pral ba yo tè a. — Mat. 5:5.
Nan ki sans yon moun ki gen tanperaman dou ka gen kè kontan? Gen moun ki vin chanje apre yo fin gen yon konesans egzak sou laverite. Petèt yon lè yo te di anpil, yo te renmen fè kont e yo te agresif. Men, kounye a yo abiye ak “nouvo pèsonalite a” e yo montre yo gen “yon afeksyon [...] ak yon tandrès ki sot nan yon kè ki sansib, e [yo abiye] ak bonte, imilite, dousè ak pasyans”. (Kol. 3:9-12.) Kòm rezilta, kounye a y ap viv anpè, yo gen lanmou e yo gen kè kontan. Mete sou sa, Pawòl Bondye a fè konnen Bondye pral ‘bay moun sa yo tè a’. (Sòm 37:8-10, 29.) Nan ki sans ‘Bondye pral bay moun ki gen tanperaman dou yo tè a’? Disip Jezi yo Bondye chwazi pa mwayen lespri sen l pral posede tè a lè y ap dirije tè a antanke wa ak prèt (Rev. 20:6). Sepandan, gen plizyè milyon moun ki pa gen esperans pou y al viv nan syèl ki pral posede tè a nan sans Bondye ap pèmèt yo viv sou li pou toutan antanke moun pafè nan lapè ak lakontantman. w18.09 19 § 8-9.
Samdi 18 janvye
Tout moun dwe dispoze koute. — Jak 1:19.
Se Jewova ki bay pi bèl egzanp nan sans sa a (Jen. 18:32; Joz. 10:14). Ann wè sa n ka aprann nan konvèsasyon ki nan Egzòd 32:11-14 la. Aktout Jewova pa t bezwen konsèy nan men Moyiz, li te ba l posiblite pou l di sa l santi. Ki moun ki t ap pran tout tan l pou l koute rezònman yon lòt moun k ap fè move rezònman epi pou l fè sa moun sa a di a? Sepandan, avèk pasyans, Jewova koute moun ki rele l sou baz lafwa yo gen nan li. L ap bon pou nou chak mande tèt nou: ‘Si Jewova ka bese pou l pale ak moun e pou l koute yo jan l te fè sa ak Abraram, Rachèl, Moyiz, Jozye, Manowa, Eli ak Ezekyas, èske l pa t ap bon pou m onore tout frè m yo, pou m ba yo valè, pou m koute sa y ap di e pou m menm suiv bon ide yo bay? Èske gen yon moun nan kongregasyon m nan oswa nan fanmi m ki merite pou m ba l atansyon kounye a menm? Ki sa m dwe fè pou sa? Ki sa m pral fè pou sa?’ — Jen. 30:6; Jij 13:9; 1 Wa 17:22; 2 Kwo. 30:20. w18.09 6 § 14-15.
Dimanch 19 janvye
Moun ki renmen bay la, zafè l ap byen mache, e moun ki ankouraje lòt moun ap jwenn ankourajman. — Pwo. 11:25.
Li ka difisil pou n kontinye renmen bay lè n chaje ak moun toutotou n ki met enterè yo anvan enterè lòt moun. Sepandan, Jezi te di de pi gwo kòmandman yo se renmen Jewova ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout lespri nou e ak tout fòs nou, epi renmen pwochen nou menm jan n renmen tèt nou (Mak 12:28-31). Moun ki renmen Jewova yo suiv egzanp li. Jewova renmen bay lòt moun e Jezi fè menm jan an tou. E yo mande nou fè menm jan an paske sa ap fè kè n kontan toutbon. Si n fè gwo efò pou n renmen bay nan fason nou aji ak Bondye e avèk pwochen nou, n ap onore Jewova e sa ap fè nou menm ak lòt moun jwenn byenfè. Se sèten w deja ap fè efò pou w bay tèt ou pou w ede lòt moun, sitou kwayan parèy ou yo (Gal. 6:10). Si w kontinye fè sa, se sèten y ap renmen w, y ap apresye w, e sa ap fè kè w kontan. w18.08 22 § 19-20.
Lendi 20 janvye
Sispann jije sou aparans. — Jan 7:24.
Jewova pa bay diferans ki gen ant ras, koulè po, nasyonalite, tribi oswa lang okenn enpòtans. Kèlkeswa gason oswa fi ki gen lakrentif pou Bondye e k ap pratike sa ki jis fè Bondye plezi (Gal. 3:26-28; Rev. 7:9, 10). Pa gen dout, ou rekonèt sa se laverite. Men, e si w te grandi nan yon peyi oswa nan yon kay ki chaje ak prejije? Menm lè w gendwa konsidere tèt ou kòm moun ki pa gen patipri, nan fon kè w, ou ka toujou gen prejije. Menm Pyè, ki te gen privilèj pou l fè moun konnen Jewova pa gen patipri, te montre l gen prejije annapre (Gal. 2:11-14). Ki jan n ka sispann jije sou aparans? Nou bezwen byen egzamine tèt nou grasa limyè ki nan Pawòl Bondye a pou n ka wè si n pa toujou gen kèk prejije nan panse n ak nan santiman nou (Sòm 119:105). Nou gendwa bezwen èd ki plen lanmou nan men lòt moun ki ka wè kèk prejije nou gen nan atitid nou, menm lè nou menm nou ka pa wè yo nan nou (Gal. 2:11, 14). Atitid sa yo ka tèlman anrasinen nan nou, nou ka pa menm rann nou kont nou genyen yo. w18.08 9 § 5-6.
Madi 21 janvye
Se pou limyè nou briye devan lèzòm. — Mat. 5:16.
Mande tèt ou: ‘Èske lòt moun wè byen klè se ak Jewova sèlman mwen atache? Èske m chèche jwenn okazyon pou m idantifye tèt mwen antanke Temwen Jewova?’ Jewova t ap tris anpil si n ta pè fè lòt moun konnen nou se byen l apre l fin chwazi nou pou n fè pati pèp li a (Sòm 119:46; Mak 8:38). Sa tris pou n di gen kèk moun ki pa rive wè diferans [ki genyen] ant yo menm k ap sèvi Bondye ak yon moun ki pap sèvi l paske yo imite “lespri monn nan”. (1 Kor. 2:12.) Etadespri sa a chita sou ‘dezi moun sa yo gen nan chè yo’. (Efe. 2:3.) Pa egzanp, malgre tout konsèy yo bay sou sijè a, gen kèk moun ki kontinye chwazi yon stil abiman ak aparans ki pa kòrèk. Yo abiye ak rad ki sere e ki fè tout fòm kò yo parèt, menm nan rasanbleman kretyen yo ap òganize. Oswa yo fè yon seri koup dwòl nan tèt yo oubyen yo penyen tèt yo yon fason ki estravagan (1 Tim. 2:9, 10). Kòm rezilta, lè yo nan mitan lòt moun, li ka difisil pou n konn kiyès ki pou Jewova ak kiyès ki “zanmi monn nan”. — Jak 4:4. w18.07 24-25 § 11-12.
Mèkredi 22 janvye
Nou tout se frè. — Mat. 23:8.
Youn nan rezon ki fè nou se “frè” se paske nou tout se desandan Adan (Tra. 17:26). Men, se pa sa sèlman. Jezi te fè konnen disip li yo se frè ak sè paske yo rekonèt Jewova kòm Papa yo ki nan syèl la (Mat. 12:50). Anplis de sa, yo vin fè pati yon gwo fanmi espirityèl, yon fanmi ki ini grasa lanmou ak lafwa. Se rezon sa a ki fè byen souvan, apot yo te konn rele lòt disip yo ‘frè ak sè’ nan lèt yo te konn ekri yo (Wom. 1:13; 1 Pyè 2:17; 1 Jan 3:13). Apre Jezi te fin montre byen klè nou dwe konsidere youn lòt kòm frè ak sè, li te atire atansyon sou enpòtans pou n gen imilite (Mat. 23:11, 12). Fyète ki depase limit te lakòz kèk mezantant nan mitan apot li yo. Konsa tou, fyète konsènan ras ka vin yon pwoblèm. Èske Juif yo te gen rezon pou yo fyè dèske yo se desandan Abraram? Gen anpil Juif ki te gen yon konviksyon fèm sou sa. Sepandan, men sa Jan ki te konn batize moun nan te di yo: “Bondye kapab fè pitit sot nan wòch sa yo pou Abraram.” — Lik 3:8. w18.06 9-10 § 8-9.
Jedi 23 janvye
Yon moun ki gen konesans kontwole sa l ap di. — Pwo. 17:27.
Lè n ap fè fas ak kèk sitiyasyon ki ka fè n fache oswa n ap fè fas ak moun ki pa gen menm pèsonalite avè n, èske n kontwole sa n ap di ak fason n ap aji (Pwo. 10:19; Mat. 5:22)? Lè lòt moun ap pwovoke n, nou bezwen “kite kòlè [Jewova] aji”. (Wom. 12:17-21.) Si n kontinye konte sou Jewova, n ap montre n gen respè pou li lè n kite kòlè l aji, e lè n ret tann avèk pasyans pou l aji lè l jije sa nesesè. Si n pa ta fè sa e n ta chèche jwenn kèk fason pou n vanje tèt nou, nou t ap montre n pa gen respè pou Jewova. Èske n suiv dènye enstriksyon Jewova ban nou yo fidèlman? Si se wi, nou pap toujou fè bagay yo fason n te konn fè yo anvan sa. Olye de sa, san pèdi tan, n ap suiv tout nouvo enstriksyon Jewova ban nou pa mwayen òganizasyon l lan (Ebre 13:17). Anmenmtan tou, n ap fè atansyon pou n “pa ale pi lwen pase sa ki ekri”. (1 Kor. 4:6.) Lè n fè sa, n ap kite je n fikse sou Jewova. w18.07 15-16 § 17-18.
Vandredi 24 janvye
Fè efò pou nou vin gen matirite. — Ebre 6:1.
Toutpandan n ap fè pwogrè pou n vin gen matirite antanke kretyen, n ap wè prensip yo vin pi enpòtan pou nou. Rezon an se paske nou ka aplike lwa yo nan yon sitiyasyon byen presi, alòske nou ka aplike prensip yo nan yon pakèt sitiyasyon. Pa egzanp, piske yon timoun piti pa konprann danje ki genyen nan fè move zanmi, yon paran ki gen bon konprann ap fikse yon seri règ pou pwoteje timoun nan (1 Kor. 15:33). Men, toutpandan timoun nan ap vin gen matirite, l ap vin gen plis kapasite pou l reflechi, e konsa, li ka rezone sou baz prensip ki nan Bib la. Donk, l ap ka kontinye pran bon desizyon lè l ap chwazi moun pou l fè zanmi (1 Kor. 13:11; 14:20.) Lè n rezone sou prensip Bondye yo, konsyans nou ap kontinye vin yon pi bon gid, yon gid ki pi byen adapte ak panse Bondye. Èske n gen tout sa n bezwen pou n pran bon desizyon k ap fè Jewova plezi? Wi. Lè n byen sèvi ak lwa ak prensip nou jwenn nan Pawòl Bondye a, n ap vin “kalifye nèt, [n ap] vin gen tout sa [n] bezwen pou [n] fè tout bon travay”. — 2 Tim. 3:16, 17. w18.06 19 § 14; 20 § 16-17.
Samdi 25 janvye
Kiyès menm ki pwochen m? — Lik 10:29.
Jezi te montre yon Samariten kapab aprann Juif yo ki sa sa vle di pou yon moun renmen pwochen l toutbon (Lik 10:25-37). Pou disip Jezi yo te akonpli misyon l te konfye yo a, yo te bezwen pot laviktwa sou ògèy ak prejije yo te gen lakay yo. Anvan Jezi te monte nan syèl, li te ba yo misyon pou yo bay temwayaj nan “tout Jide ak nan Samari, rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”. (Tra. 1:8.) Kèk tan anvan sa, Jezi te prepare yo pou kokenn travay sa a lè l te atire atansyon yo sou bèl kalite moun ki etranje yo genyen. Li te fè lwanj pou yon ofisye nan lame ki te yon etranje paske mesye sa a te gen yon gwo lafwa (Mat. 8:5-10). Pandan Jezi te Nazarèt, vil kote l te leve a, li te pale sou fason Jewova te fè kèk etranje favè, tankou vèv nan vil Safat la, ki te moun Fenisi, ak Naaman, moun peyi Siri a ki te gen lèp (Lik 4:25-27). Epitou, nonsèlman Jezi te preche yon dam ki moun Samari, men tou, li te pase de jou nan yon vil Samari paske moun yo te enterese nan mesaj li a. — Jan 4:21-24, 40. w18.06 10 § 10-11.
Dimanch 26 janvye
Abiye nou ak tout ekipman konba Bondye bay la pou nou ka kenbe fèm kont manèv Dyab la. — Efe. 6:11.
Apot Pòl te konpare lavi nou antanke kretyen ak lavi yon sòlda ki nan yon konba fizik. Nòmalman, gè nou ladan l lan se yon gè espirityèl, li pa literal. Malgre sa, ènmi nou yo egziste toutbon. Antanke gèrye, Satan ak demon yo fò anpil e yo chaje eksperyans. Lè n fèk gade, posiblite pou n pot laviktwa a sanble piti anpil. Sanble se sitou jèn kretyen yo ki parèt pi fasil pou yo pran nan pyèj. Ki jan yo ka espere pot laviktwa sou fòs espirityèl mechan yo ki gen plis pouvwa pase moun? Anfèt, jèn yo ka genyen, e y ap genyen! Poukisa? Se paske yo “kontinye pran pisans nan Seyè a”. Men, yo fè plis pase pwoche bò kote Bondye pou yo jwenn pisans. Yo gen ekipman sou yo pou yo batay. Menm jan ak sòlda ki byen antrene, yo “abiye [yo] ak tout ekipman konba Bondye bay la”. (Efe. 6:10-12.) Lè Pòl t ap bay egzanp li an, petèt li t ap panse ak ekipman konba sòlda women yo te konn mete a. — Tra. 28:16. w18.05 27 § 1-2.
Lendi 27 janvye
Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen. — Mat. 6:9.
Pi gwo rezon ki fè n patisipe nan travay predikasyon an se pou n bay Jewova glwa e pou n fè non l vin sen devan lèzòm (Jan 15:1, 8). Men, nou pa ka fè non Bondye vin pi sakre. Li deja sakre, oswa sen, nan tout sans. Men, gade sa pwofèt Ezayi te fè konnen: “Ou dwe sonje se Jewova, Chèf lame yo, sèlman ki sen.” (Eza. 8:13). Youn nan fason nou fè non Bondye vin sen se lè n mete l apa parapò ak tout lòt non e lè n ede lòt moun konsidere l kòm yon non ki sen. Pa egzanp, lè n fè lòt moun konnen verite konsènan bèl kalite Jewova genyen yo ak objektif li genyen pou limanite, yon objektif ki pap chanje, nou defann non Bondye kont manti ak vèni Satan lage sou li (Jen. 3:1-5). Anplis de sa, nou fè non Bondye vin sen lè n fè tout sa n kapab pou n ede moun nan tèritwa nou yo yon fason pou yo ka wè Jewova merite “resevwa glwa, onè ak pisans”. — Rev. 4:11. w18.05 18 § 3-4.
Madi 28 janvye
Ala bon sa bon pou m remèsye w, o Jewova [...]. Paske, gwo aksyon w fè yo fè kè m kontan, o Jewova. M ap rele byen fò ak kè kontan poutèt bagay ou fè yo. — Sòm 92:1, 4.
Pi gwo rezon ki fè n dwe chèche gen objektif espirityèl se pou n montre Jewova jan nou gen rekonesans pou lanmou l demontre pou nou ak pou tout sa l fè pou nou. Antanke jèn, reflechi ak tout sa w genyen grasa Jewova. Ou gen lavi, lafwa, Bib la, kongregasyon an ak yon bèl esperans pou lavni. Lè w bay bagay espirityèl yo priyorite se yon fason ou montre Bondye ou gen rekonesans pou benediksyon sa yo, e sa fè w vin pi pwòch avè l. Lè w kòmanse fè efò pou w atenn objektif espirityèl, ou kòmanse bati yon bon repitasyon devan Jewova. Sa menm fè w vin pi pwòch avè l. Men sa apot Pòl te fè konnen: “Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou fè ak lanmou nou demontre pou non l.” (Ebre 6:10). Ou pa janm twò jèn pou w chèche gen objektif. Poukisa w pa chèche wè ki objektif ki enpòtan pou ou, epi apre sa, pou w kòmanse travay sou yo? — Flp. 1:10, 11. w18.04 26 § 5-6.
Mèkredi 29 janvye
Kote lespri Jewova ye, se la ki gen libète. — 2 Kor. 3:17.
Moun nan Anpi women an, ki t ap viv nan menm epòk ak premye kretyen yo, te fyè de tèt yo antanke moun ki t ap defann lalwa, jistis ak libète. Sepandan, pifò nan pisans ak glwa Anpi women an te genyen an te bati sou do esklav yo. Gen yon lè, anviwon 30 pousan moun nan popilasyon an te esklav. Pa gen dout nan sa, kesyon ki gen rapò ak esklavaj ak libète te toujou nan lespri pèp la, san wete kretyen yo. Nan lèt apot Pòl te ekri yo, li te di anpil bagay konsènan libète. Men, Pòl pa t fè sèvis li nan objektif pou l fè refòm nan domèn sosyal oswa politik ki se egzakteman sa moun nan epòk sa a t ap chèche. Olye pou Pòl ak kretyen parèy li yo t al chèche libète nan men yon dirijan imen oswa nan yon òganizasyon, yo te fè anpil efò pou yo ede lòt moun aprann bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a ak valè san parèy sakrifis ranson Kris Jezi a genyen. Pòl te atire atansyon kwayan parèy li yo sou Sila a ki bay vrè libète a. w18.04 8 § 1-2.
Jedi 30 janvye
Simon, Simon, koute! Satan mande pou l vannen nou tout tankou ble y ap vannen. Men, mwen sipliye Bondye pou ou pou lafwa w pa febli. E ou menm, yonfwa w retounen, bay frè w yo fòs. — Lik 22:31, 32.
Nan nuit anvan Jezi te mouri a, li te di apot Pyè pawòl ki nan tèks pou jounen an. Pyè te yon pilye nan kongregasyon kretyen an nan premye syèk la (Gal. 2:9). Egzanp li te bay antanke moun ki gen kouraj pandan fèt Pannkòt la ak nan lòt okazyon annapre te ankouraje frè yo. Li te ekri kretyen parèy li yo lè l te rive nan fen sèvis li ki te long. Men sa l te di pou l esplike yo rezon an: “M ekri nou de ti mo, yon fason pou m ankouraje nou, e pou m sètifye se sa a ki vrè favè san parèy Bondye a. Kenbe fèm ladan l.” (1 Pyè 5:12). Lèt Bondye te enspire Pyè pou l ekri yo gen lontan depi y ap ankouraje kretyen yo, e jis kounye a yo kontinye ankouraje nou. Se pa ti bezwen nou bezwen ankourajman sa a toutpandan n ap tann Jewova reyalize pwomès li yo! — 2 Pyè 3:13. w18.04 17 § 12-13.
Vandredi 31 janvye
Yon moun k ap gade nan lwa pafè a, lwa libète a, avèk atansyon e ki pèsevere ladan l, ap kontan nan sa l ap fè. — Jak 1:25.
Sanble se toupatou nan monn nan moun yo vle jwenn libète pou yo fè sa yo vle e pou yo viv jan yo vle. Sepandan, rive jwenn fason pou n satisfè anvi sa yo se yon lòt bagay. Nan domèn sosyal oswa politik, gen anpil moun ki konn fè manifestasyon, ki konn fè rebèl oswa menm ki konn fè revolisyon. Men, èske sa fè yo jwenn sa yo vle a? Okontrè, byen souvan, sa konn mennen nan trajedi ak lanmò. Yon lòt fwa ankò, tout bagay sa yo pwouve verite ki nan pawòl Bondye te pouse wa Salomon ekri a ki di: “Moun ap domine sou moun pou fè yo soufri.” (Ekl. 8:9). Nan tèks pou jounen an, Jak te pale sou enpòtans pou n chèche jwenn vrè kè kontan an ak vrè satisfaksyon an. Jewova, Sila a ki bay lwa pafè a, pi byen konnen ki bagay lèzòm bezwen pou yo gen bonjan kè kontan e pou yo satisfè nèt. Li te bay premye mesyedam yo tout sa yo te bezwen pou yo gen kè kontan, sa ki gen ladan l vrè libète a. w18.04 3 § 1-3.