Fevriye
Samdi 1ye fevriye
Akonpli sèvis ou nèt. — 2 Tim. 4:5.
Jezi te gen anpil konpasyon pou moun. Moun yo te santi lanmou li gen pou yo e sa te fè yo byen reyaji devan mesaj Wayòm nan. Menm jan avè l, plis nou chèche gen anpil konpasyon pou lòt moun, se plis n ap vin efikas nan travay predikasyon an. Ki sa k ka ede nou montre konsiderasyon pou santiman moun n ap preche yo? Nou vle mete nou nan plas moun nou rankontre nan travay predikasyon an, e nou vle aji avèk yo jan nou ta renmen yo aji avèk nou (Mat. 7:12). Egzamine bezwen chak moun. Pa eseye sèvi ak menm metòd la pou chak moun nou rankontre. Okontrè pran sitiyasyon ak opinyon chak moun an konsiderasyon. Nou dwe poze moun nan kèk kesyon pou fè l pale yon fason pou n rive konnen kèk bagay sou moun nan ak sa li kwè (Pwo. 20:5). Lè nou rive fè moun yo di sa k nan panse yo, an reyalite nou pèmèt yo di nou rezon ki fè yo bezwen bon nouvèl la. Yonfwa nou konn sa, nou ka konsidere bezwen yo genyen yo e nou ka reyaji selon bezwen yo, jan Jezi te konn fè sa. — Konpare ak 1 Korentyen 9:19-23. w19.03 20 § 2; 22 § 8-9.
Dimanch 2 fevriye
Lage tout sa w ap fè nan men Jewova, e plan w yo ap mache. — Pwo. 16:3.
Adan ak Èv te montre yo vrèman pa apresye tout bon bagay Jewova te fè pou yo. Nou tout gen posiblite pou nou montre nan ki pwen nou pa dakò ak desizyon yo te pran an. Lè nou batize, nou montre Jewova nou kwè li gen otorite pou l ban nou prensip sou sa ki byen ak sa ki mal. Nou montre nou renmen Papa nou e nou gen konfyans nan li. Lè nou fin batize, nou dwe kontinye fè sa Jewova vle, nou pa dwe fè sa nou vle. Gen plizyè milyon moun k ap sèvi Bondye ki aji konsa. Ou ka fè menm jan ak yo lè w kontinye chèche pi byen konprann Labib, Pawòl Bondye a, lè w toujou pase tan ak frè ak sè w yo e lè w chofe pou w ede lòt moun konnen sa w te aprann sou Papa w ki gen lanmou (Ebre 10:24, 25). Lè w ap pran desizyon, koute konsèy Jewova ba ou pa mwayen Pawòl li a ak òganizasyon l lan (Eza. 30:21). Lè sa a, w ap reyisi nan tout sa w ap fè. — Pwo. 16:20. w19.03 7 § 17-18.
Lendi 3 fevriye
Tout bèl don ak tout kado pafè sot anwo, yo soti nan men Sila a ki Papa limyè yo ki nan syèl la. — Jak 1:17.
Jewova ban nou anpil manje nan domèn espirityèl. Pa egzanp, nou jwenn enstriksyon ki ede nou pa mwayen reyinyon nou yo, peryodik nou yo ak sit Entènèt nou yo. Èske sa deja rive ou tande yon diskou, ou li yon atik oubyen ou gade yon emisyon Tele JW epi w di tèt ou: ‘Se egzakteman sa m te bezwen?’ Ki jan nou ka montre Jewova nou gen rekonesans (Kol. 3:15)? Youn nan fason nou ka fè sa se lè nou di l mèsi nan priyè nou yo pou tout bèl kado sa yo. Yon lòt fason nou montre Jewova nou gen rekonesans se lè nou toujou kenbe kote nou adore l la pwòp e annòd. Nou patisipe regilyèman nan netwayaj ak nan antretyen Sal Wayòm nou yo, e moun ki sèvi ak ekipman elektwonik ki gen nan kongregasyon an fè sa ak anpil swen. Lè nou fè antretyen nan Sal Wayòm nou yo kòrèkteman, y ap dire pi lontan e yo pap bezwen anpil gwo reparasyon. Konsa, nou pèmèt gen plis lajan ki disponib pou konstwi oswa renove lòt Sal Wayòm sou tout tè a. w19.02 18 § 17-18.
Madi 4 fevriye
Sa yo se sèlman yon ti bagay nan sa l fè yo. Se sèlman yon ti chwichwichwichwi nou tande nan vwa l! — Jòb 26:14.
Jòb te pran tan pou l admire mèvèy ki gen nan sa Jewova kreye yo (Jòb 26:7, 8). Li te rete bouch ouvè lè l t ap panse ak tè a, syèl la, nyaj yo ak loray yo, men li te rekonèt se yon ti bagay toupiti li konnen sou kantite bagay ki gen nan kreyasyon an. Jòb te bay pawòl Jewova anpil valè tou. Men sa l te di konsènan pawòl Bondye: “Mwen bay sa l di anpil valè.” (Jòb 23:12). Se lakrentif ak respè Jòb te gen pou Jewova ki te pouse l aji. Li te renmen Papa l e l te vle fè l plezi. Konsa, Jòb te vin gen plis detèminasyon pou l kontinye kenbe fidelite l. Nou bezwen fè menm jan ak Jòb. Nou konn plis bagay lontan sou mèvèy ki gen nan kreyasyon an pase moun nan epòk Jòb la. E nou gen tout Bib la ki ka ede nou konnen kiyès Jewova ye toutbon. Tout sa nou aprann yo ka ede nou vin gen plis lakrentif nan kè nou. Yon lòt bò, lakrentif ak respè nou gen pou Jewova ap pouse nou renmen l epi obeyi l e l ap fè nou plis anvi kontinye ret fidèl. — Jòb 28:28. w19.02 5 § 12.
Mèkredi 5 fevriye
Mwen pap pè. Ki sa lòm ka fè m? — Sòm 118:6.
Depi lontan, gen yon seri dirijan k ap pèsekite pèp Jewova a. Yo ka lage plizyè akizasyon sou do nou. Men, vrè pwoblèm nan se paske “se Bondye nou [chwazi] obeyi antanke chèf, se pa lèzòm”. (Tra. 5:29.) Yo ka pase nou nan rizib, yo ka mete nou nan prizon oswa yo ka menm maltrete nou. Men, avèk èd Jewova, nou pap rann mal pou mal, men n ap rete kalm pandan nou anba eprèv la. Annou reflechi sou egzanp twa Ebre ki te ann egzil yo, anpalan de Anànya, Michayèl ak Azarya. Avèk dousè, yo te fè wa a konprann yo pap adore estati a. Yo te dispoze aksepte kèlkeswa sa Jewova ta kite rive yo (Dàn. 3:1, 8-28). Ki jan nou ka imite twa Ebre yo lè fidelite nou pou Bondye pase anba eprèv? Avèk imilite, nou gen konfyans Jewova ap ede nou (Sòm 118:7). Nou reponn moun ki akize nou kòmkwa n ap fè sa ki mal yo avèk dousè e avèk respè (1 Pyè 3:15). E nou pap kite anyen kraze amitye nou gen ak Papa nou an ki renmen nou. w19.02 10-11 § 11-13.
Jedi 6 fevriye
Pran kouraj! — Jan 16:33.
Nou ka chèche gen plis kouraj lè nou reflechi sou esperans nou vin genyen grasa sakrifis ranson Kris la (Jan 3:16; Efe. 1:7). Kèk semèn anvan Memoryal la, nou gen yon okazyon espesyal pou n chèche gen plis rekonesans pou ranson an. Pandan tan sa a, fè lekti Labib yo prevwa pou Memoryal la, e byen medite sou evènman ki te pase nan moman Jezi t apral mouri a. Konsa, lè nou reyini pou Soupe Seyè a, n ap pi byen konprann sa pen ak diven yo itilize nan Memoryal la reprezante ak sakrifis san parèy sa te mande. Lè nou gen rekonesans pou sa Jezi ak Jewova fè pou nou e nou konprann jan sa fè ni nou menm ni moun nou renmen yo jwenn byenfè, esperans nou ap vin pi solid, e sa ap pouse nou andire avèk kouraj jiska lafen (Ebre 12:3). Nou gen anpil rekonesans paske Jezi kontinye demontre kalite sa yo antanke Gran Prèt ki nan syèl la k ap sipliye pou nou (Ebre 7:24, 25). Pou nou montre nou gen anpil rekonesans, nou dwe kontinye komemore lanmò Jezi, jan li te mande nou sa. — Lik 22:19, 20. w19.01 22 § 8; 23-24 § 10-11.
Vandredi 7 fevriye
Tanpri, pran plezi nan louwanj m ap ofri w ak tout kè m yo, o Jewova. — Sòm 119:108.
Se nou tout Jewova bay privilèj pou nou fè louwanj pou li. Lè nou fè kòmantè nan reyinyon yo se yon fason nou bay Bondye “louwanj kòm sakrifis”, e pa gen lòt moun ki ka fè sakrifis sa a pou nou (Ebre 13:15). Èske Jewova egzije pou nou tout ba l menm kalite sakrifis, oswa menm kalite kòmantè? Non! Konsidere reyinyon yo tankou yon manje ou pral manje ansanm ak bon zanmi w. Imajine kèk frè ak sè nan kongregasyon w ye a ap planifye yon ti fèt, epi yo mande w pote yon ti bagay pou moun pase nan bouch yo, ki sa w t ap fè? Petèt ou t ap santi w yon jan strese, men petèt ou t ap fè tout posib ou pou w pote yon bagay tout moun ka renmen. Se Jewova ki envite nou, e li prepare yon tab ki gen anpil bon bagay pou nou nan reyinyon yo (Sòm 23:5; Mat. 24:45). E li kontan lè nou pote yon ti bagay senp, sa ki pi bon nou ka bay la. Donk, byen prepare, epi santi w alèz pou w fè kòmantè. Lè sa a, ou pap sèlman manje sou tab Jewova a, men tou w ap pote yon ti kichòy pou w pataje ak kongregasyon an. w19.01 8 § 3; 13 § 20.
Samdi 8 fevriye
Se pa de pwoblèm moun ki kontinye ap sèvi lòt dye yo genyen. — Sòm 16:4.
Nan tan biblik yo, byen souvan, fo adorasyon an te konn gen imoralite seksyèl ladan l (Oze 4:13, 14). Anpil moun te renmen fo adorasyon an paske yo te renmen imoralite. Men, èske sa te fè yo gen kè kontan nètale? Non! Men sa David di: “Se pa de pwoblèm moun ki kontinye ap sèvi lòt dye yo genyen.” Mete sou sa, yo te fè yon pakèt timoun soufri anpil (Eza. 57:5). Jewova te rayi mechanste yo t ap fè a (Jer. 7:31). Jodi a tou, fo adorasyon an tolere imoralite seksyèl byen souvan, yo menm tolere relasyon seksyèl ant gason ak gason, ant fi ak fi. Swadizan libète moun yo genyen nan domèn moral fè yo rekòlte menm sa moun ki t ap viv nan epòk yo t ap ekri Bib la te rekòlte (1 Kor. 6:18, 19). Jan w ka wè sa, “se pa de pwoblèm” moun yo genyen. Donk, ou menm jèn, koute Papa w ki nan syèl la. Se pou w gen konviksyon lè w obeyi l se pou ou l ap bon. Se pou w toujou sonje plezi w jwenn lè w fè yon bagay ki mal se pou yon ti tan, men se pa ti soufri w ap soufri apre sa. — Gal. 6:8. w18.12 27-28 § 16-18.
Dimanch 9 fevriye
M ap aji menm jan an avè w. — Oze 3:3.
Si mari oswa madanm yon kretyen ta fè imoralite, kretyen ki inosan an gen pou l pran yon desizyon. Jezi te di kretyen ki inosan an t ap gen yon rezon ki pèmèt li divòse e pou l lib pou l remarye (Mat. 19:9). Yon lòt bò, mari oswa madanm ki kretyen an ka deside padone l. Se pa t ap yon peche. Oze te tounen ak Gomè. Yonfwa Gomè te tounen ak Oze, Gomè pa t gen dwa gen relasyon ak okenn lòt gason. Oze pa t “gen relasyon” ak Gomè pandan yon tan (Oze 3:1-3, nòt). Rive yon lè, petèt Oze te rekòmanse gen relasyon seksyèl ak madanm li. Sa te montre jan Bondye te vle repran pèp li a e jan li te vle retounen zanmi yo ankò (Oze 1:11; 3:4, 5). Ki sa sa vle di pou moun ki marye jodi a? Si yon mari oswa yon madanm ki inosan ta rekòmanse gen relasyon seksyèl ak moun li marye a, sa t ap montre li padone l e li deside pwoteje maryaj la (1 Kor. 7:3, 5). Lè l aji konsa, li montre li anile rezon li te genyen pou l divòse a. Apre sa, yo de a ta dwe travay ansanm pou yo wè maryaj la menm jan ak Bondye. w18.12 13 § 13.
Lendi 10 fevriye
Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache. — Pwo. 22:3.
Lè n ap etidye, l ap bon pou n reflechi sou efè panse Jewova ka gen sou sitiyasyon nou ka jwenn pi devan yo. Konsa, si n devan yon sitiyasyon ki mande pou n pran yon desizyon tousuit, sa pap siprann nou. Lefètke Jozèf te repouse tantativ madan Potifa yo tousuit, yon seri tantativ madanm nan te fè pou sedui l, sa montre li te reflechi alavans sou fason Jewova konsidere fidelite nan maryaj (Jen. 39:8, 9). Mete sou sa, lefètke l te reponn madan Potifa: “Ki jan pou m ta ka fè gwosè mechanste sa a e pou m ta peche kont Bondye?”, sa montre li te fè panse Bondye vin panse pa l. E nou menm? Ann sipoze yon kòlèg travay ou kòmanse aji yon fason ki montre l vle flète avè w. Oubyen ki sa w t ap fè si w resevwa yon imaj oswa yon mesaj byen klè ki gen rapò ak sèks sou telefòn pòtab ou? Li pi fasil lontan pou n ret fidèl si n te deja chèche konprann panse Jewova sou kesyon sa yo, si n te dakò ak yo e si n te deside sa n ap fè alavans. w18.11 25 § 13-14.
Madi 11 fevriye
M ap toujou kontan poutèt Jewova. — Aba. 3:18.
Gen kèk biblis ki panse vèsè sa a vle di yon fason literal: “M ap sote ponpe tèlman m kontan nan Seyè a. M ap vire tou won tèlman m kontan nan Bondye.” Ala yon gwo asirans sa ye pou nou tout! Nonsèlman Jewova fè nou yon seri bèl pwomès, men tou, li ban nou asirans l ap travay vit pou l reyalize gwo objektif li genyen an. Pa gen dout, mesaj enpòtan Abakouk bay la se pou n fè Jewova konfyans (Aba. 2:4). Nou ka vin gen konfyans sa a e n ka kontinye genyen l si n ranfòse relasyon nou gen ak Jewova a lè n 1) pèsevere nan lapriyè, nou fè Jewova konnen tout enkyetid ak sousi nou genyen yo, 2) suiv sa Pawòl Jewova a di ak kèlkeswa direksyon òganizasyon l lan ban nou, e 3) ret tann Jewova ak fidelite e ak pasyans. Se sa Abakouk te fè. Byenke l te kòmanse liv li a yon fason ki tris, men l fini l ak yon deklarasyon ki bay konfyans ak kè kontan. Ann suiv egzanp ankourajan sa a yon fason pou nou menm tou nou ka santi Jewova ban nou akolad menm jan ak yon papa! Ki pi gwo konsolasyon nou ka jwenn nan monn fènwa sa a? w18.11 17 § 18-19.
Mèkredi 12 fevriye
[Kris] te mouri pou tout moun, yon fason pou moun k ap viv yo pa viv pou tèt yo ankò, men pou yo viv pou sila a ki te mouri pou yo a e ki te leve a. — 2 Kor. 5:15.
Gen yon lòt rezon ki fè lanmou Bondye genyen an atire vrè kretyen yo: “Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.” (Jan 3:16). Se pa ti lanmou Jezi te demontre tou lè l te bay lavi l pou nou! Epitou, se pa ti efè lanmou sa a gen sou nou! Pawòl Bondye a fè konnen menm “tribilasyon, oswa detrès” pa ka “separe nou ak lanmou Kris la gen pou nou an”. (Wom. 8:35, 38, 39.) Lè n ap lite anba difikilte ki fè n santi n about nan domèn fizik ak afektif oswa ki fè n vin fèb nan domèn espirityèl, fòs ki nan lanmou Kris la k ap atire n nan ka ban nou fòs pou n andire (2 Kor. 5:14). Lanmou Jezi genyen an gen pouvwa pou l fòtifye nou e pou l motive n pou n pa dekouraje, menmsi n ap fè fas ak kèk eprèv tankou katastwòf, pèsekisyon, desepsyon oswa enkyetid k ap fin avè n. w18.09 14 § 8-9.
Jedi 13 fevriye
M ap mache nan verite w yo. — Sòm 86:11.
Pou n mache nan laverite, nou dwe aksepte tout sa Jewova di e n dwe obeyi yo. Nou dwe bay laverite premye plas nan lavi nou e n dwe viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la. Menm jan ak David, nou dwe pran detèminasyon pou n kontinye mache nan verite Bondye bay la. Si n pa fè sa, nou ka kòmanse wè pri nou te peye pou n gen laverite a yon lòt fason, e petèt nou ka kòmanse anvi rejwenn yon pati nan pri nou te peye a. Olye de sa, nou dwe veye pou n kenbe tout laverite nèt. Nou konnen nou pa gen dwa chwazi ki verite n ap aksepte e kiyès n ap rejte. Dayè, nou dwe mache nan “laverite nèt”. (Jan 16:13.) Pou n evite kite laverite san n pa rann nou kont, nou dwe byen sèvi ak tan nou. Si n pa fè atansyon, nou ka kòmanse pase anpil tan nan detant, nan pastan, nan navige sou Entènèt oswa gade televizyon. Byenke bagay sa yo pa mal nan yo menm, tan nou pase ladan yo ka kòmanse pran pye sou tan nou te konn pase ap fè etid pèsonèl ak lòt aktivite ki gen rapò ak Wayòm nan. w18.11 10 § 7-8.
Vandredi 14 fevriye
Mwen kalme nanm mwen, mwen fè l rete byen trankil. — Sòm 131:2.
Lè lavi nou pran yon direksyon sanzatann, chanjman nou gen pou n fè fas yo ka fè n gen enkyetid ak strès (Pwo. 12:25). Nou ka menm twouve l difisil pou n aksepte chanjman sa yo. Nan sitiyasyon sa yo, ki jan n ka ‘kalme nanm nou epi pou n fè l rete byen trankil’? (Sòm 131:1-3.) Malgre sitiyasyon yo difisil, jodi a nou ka wè jan n jwenn soulajman nan “lapè Bondye” bay ki pwoteje lespri n nan (Fil. 4:6, 7). Se sa k fè, si n chèche èd Jewova lè enkyetid anvayi n, lapè Bondye bay la ka fè n vin gen plis detèminasyon pou n atenn objektif espirityèl nou yo e l ka pwoteje n kont kèlkeswa tandans nou genyen pou n dekouraje. Nonsèlman lespri sen Bondye kapab kalme nou, men tou, li ka atire atansyon n sou yon seri vèsè enpòtan k ap ede n kontinye bay bagay espirityèl yo plis enpòtans. — Jan 14:26, 27. w18.10 27 § 2; 28 § 5, 8.
Samdi 15 fevriye
Se pou youn di lòt laverite. — Zak. 8:16.
Ki taktik ki gen pi move efè sou limanite? Se manti! Se lè yon moun di yon bagay li konnen ki pa verite nan objektif pou l twonpe yon lòt moun. Kiyès ki te bay premye manti a? Jezi Kris te idantifye “Dyab la” kòm “papa manti”. (Jan 8:44.) Ki lè l te bay premye manti a? Gen plizyè milye ane depi sa te rive nan jaden Edenn nan. Premye mesyedam yo, anpalan de Adan ak Èv, t ap viv ak kè kontan nan Paradi Kreyatè yo a te fè pou yo a. Annapre, Dyab la vin parèt. Li te konnen Bondye te bay mesyedam yo lòd pou yo pa manje nan fwi “pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la”, si yo dezobeyi y ap mouri. Malgre sa, pa mwayen yon sèpan, Satan te di Èv: “Nou pap mouri pyès [premye manti a]. Paske, Bondye konnen jou nou manje fwi pyebwa sa a je n ap ouvri e n ap vin menm jan ak Bondye, n ap konnen sa ki byen ak sa ki mal.” — Jen. 2:15-17; 3:1-5. w18.10 6 § 1-2.
Dimanch 16 fevriye
Byennere moun kè yo pwòp, piske y ap wè Bondye. — Mat. 5:8.
Pou n kenbe kè nou pwòp, nou dwe pwòp pa anndan e n dwe chèche gen dezi ak santiman ki pwòp. Nou dwe toujou gen panse ki pwòp yon fason pou n ka san tach nan atachman nou gen ak Jewova a (2 Kor. 4:2; 1 Tim. 1:5). Men, nan ki sans moun ki gen kè pwòp yo “wè Bondye” etandone “pèsonn pa ka wè [Bondye] epi pou l kontinye viv”? (Egz. 33:20.) Mo grèk lè yo tradui l yo met “wè” pou li a kapab gen sans “wè ak entèlijans, konprann, konnen”. Moun ki wè Bondye ak “kè” yo se moun ki vin konnen l toutbon e ki apresye kalite l yo (Efe. 1:18). Nonsèlman vrè adoratè yo aprann konnen kalite Bondye yo, men, yo ka “wè Bondye” lè yo wè fason l aji anvè yo (Jòb 42:5). Epitou, yo fikse “kè” yo sou bèl benediksyon Bondye rezève pou moun k ap fè efò pou yo rete pwòp e pou yo sèvi l fidèlman. w18.09 20 § 13, 15-16.
Lendi 17 fevriye
Sajès se bagay ki pi enpòtan. Se sa k fè, bat pou w gen sajès. — Pwo. 4:7.
Lè n fè sa n konnen ki dwat, sa ap fè n jwenn anpil benediksyon. Byenke sajès baze sou konesans, li sitou gen rapò ak desizyon n ap pran olye l annik baze sou sa n konnen. Menm foumi yo montre ki sa sajès ye. Foumi yo montre yo gen sajès pa ensten lè yo prepare manje yo pandan sezon ete (Pwo. 30:24, 25). Kris, li menm ki se “sajès Bondye”, toujou fè sa ki fè Papa l plezi (1 Kor. 1:24; Jan 8:29). Bondye konnen diferans ki genyen ant lè yon moun fè yon bon chwa ak lè l aji ann amoni ak chwa sa a. Li rekonpanse moun ki demontre imilite ak andirans e ki pratike sa yo konnen ki verite (Mat. 7:21-23). Kidonk, ann fè efò pou n pwoteje anviwònman espirityèl nou an kote vrè imilite a kapab grandi. Sa mande tan ak pasyans pou n aplike sa n konnen ki verite. Men, lè n fè sa nou montre n gen imilite k ap pèmèt nou gen kè kontan depi kounye a e pou toutan. w18.09 7 § 18.
Madi 18 fevriye
Se pou chak moun egzamine sa l fè, [...] men se pa nan konparezon ak yon lòt moun. — Gal. 6:4.
Kreyatè a te vle pou moun pafè li te kreye yo travay avè l pou l reyalize objektif li. Aktout lèzòm vin enpafè kounye a, moun fidèl yo ka kontinye travay ak Jewova chak jou. Pa egzanp, nou vin “konpayon travay Bondye” lè n preche bon nouvèl Wayòm li an ak lè n fè disip (1 Kor. 3:5-9). Fè yon ti reflechi ak privilèj nou genyen pou Kreyatè linivè a ki toupisan konsidere n kòm moun ki diy pou kolabore avè l nan yon travay ki enpòtan pou li. Men, se pa lè n preche ak lè n fè disip sèlman nou travay ak Jewova. Kèk lòt fason nou ka fè sa se lè n ede fanmi nou ak adoratè parèy nou yo, lè n montre n akeyan, lè n sèvi kòm volontè nan pwojè òganizasyon an ap reyalize ak lè n chèche fè plis nan sèvis sakre nou an (Kol. 3:23). Men, pa konpare sa w ka fè pou Jewova ak sa lòt moun ka fè. Pa bliye laj, sante, sitiyasyon ak kapasite chak moun pa menm. w18.08 23 § 1-2.
Mèkredi 19 fevriye
Kontinye tann li! Paske, l ap reyalize kanmenm. — Aba. 2:3.
Bondye te ba Abakouk asirans l ap jwenn repons pou kesyon sensè l te poze yo. Li pa t ap pran twòp tan anvan l jwenn soulajman pou tout enkyetid li te genyen yo. Anfèt, se kòmsi Bondye te di Abakouk: “Pran pasyans, fè m konfyans. Repons mwen an ap vini menmsi l ta sanble l anreta!” Jewova te fè l sonje Li gen yon tan li fikse pou l reyalize pwomès li yo. Li te konseye Abakouk pou l ret tann objektif li yo reyalize. Alafen, pwofèt la pa t ap desi. Lè n ret tann Jewova avèk pasyans e lè n byen suiv sa l di nou, sa ap fè n gen konfyans e sa ap fè kè n poze malgre difikilte ak eprèv. Jezi te montre nou ka fè Jewova konfyans antanke Sila a ki konn pi bon lè pou l aji a, pou nou pa konsantre n sou “tan oswa epòk” Bondye poko fè n konnen yo (Tra. 1:7). Kidonk, pinga nou dekouraje men se pou n ret tann avèk imilite, lafwa ak pasyans lè n byen sèvi ak tan nou pou n bay tout nou menm nan sèvis Jewova a. — Mak 13:35-37; Gal. 6:9. w18.11 16 § 13-14.
Jedi 20 fevriye
Bondye montre m mwen pa dwe konsidere pèsonn kòm moun ki kontamine, oubyen kòm moun ki pa pwòp. — Tra. 10:28.
Menm jan ak lòt Juif yo nan epòk sa a, depi Pyè te toupiti li te kwè moun lòt nasyon yo pa pwòp. Sepandan, Pyè te fè kèk eksperyans ki te fè l chanje pwennvi sa a. Pa egzanp, Pyè te resevwa yon vizyon grasa yon mirak (Tra. 10:9-16). Menm jan ak Pyè, nou dwe byen egzamine tèt nou e n dwe dispoze resevwa èd pou n ka idantifye kèlkeswa tras prejije ki nan kè nou. Ki lòt bagay nou ka fè ankò? Si n ouvri kè n byen gran, n ap pèmèt lanmou pran plas prejije (2 Kor. 6:11-13). Èske w gen abitid pase anpil tan sèlman ak moun menm ras, menm koulè po, menm nasyonalite, menm tribi, oswa ki pale menm lang avè w? Si se wi, ouvri kè w. Poukisa w pa envite moun ki pa gen menm orijin avè w oswa ki pa nan menm kouch sosyal avè w pou yo akonpaye w nan travay predikasyon an? Oubyen poukisa w pa envite yo lakay ou pou yo vin manje avè w oswa pou yo pran yon ti detant (Tra. 16:14, 15)? Si w fè sa, w ap tèlman ranpli kè w ak anpil lanmou, pap gen plas pou prejije. w18.08 9 § 3, 6; 10 § 7.
Vandredi 21 fevriye
Veye pou nou pa vin lakòz [pèsonn] peche. — 1 Kor. 10:32.
Gen kèk Temwen ki pa rejte konduit monn nan nèt. Fason yo danse ak fason yo aji nan fèt y ap òganize yo pa ann amoni ditou ak sa k akseptab pou yon kretyen. Yo konn poste yon seri foto sou rezo sosyal yo e yo konn fè yon seri kòmantè ki montre yo pa moun ki kite lespri Bondye gide yo. Yo ka gen move enfliyans sou kretyen k ap fè gwo efò pou yo kontinye gen yon bon konduit pami pèp Jewova a (1 Pyè 2:11, 12). Se avèk fòs monn nan ap fè piblisite pou “dezi lachè, dezi je ak egzibisyon yon moun ap fè ak mwayen l genyen pou l viv”. (1 Jan 2:16.) Sepandan, piske n se byen Jewova, nou jwenn avètisman pou n “rejte konduit ki dezonore Bondye, pou nou rejte dezi ki nan monn nan, e pou nou viv avèk bonsans ak jistis ak atachman pou Bondye nan sistèm sa a”. (Tit 2:12.) Pawòl n ap di, sa n ap manje ak sa n ap bwè, abiman nou ak aparans nou, fason n konpòte n nan travay nou, wi, tout sa n ap fè dwe fè moun k ap gade n wè se ak Jewova sèlman nou atache. w18.07 25 § 13-14.
Samdi 22 fevriye
N ap ret gade Jewova, Bondye nou an, jis li fè nou favè. — Sòm 123:2.
Si n kite je senbolik nou an fikse sou Jewova, nou pap kite aksyon lòt moun fè n fache oswa fè n pèdi relasyon nou gen ak Jewova a. Sa enpòtan anpil si n ta gen kèk responsablite nan òganizasyon Bondye a menm jan ak Moyiz. Se vre se nou chak ki bezwen “kontinye travay pou pwòp delivrans nou, avèk krent ak anpil respè”, men, nou dwe sonje Jewova pa gen yon prensip ki di oswa ki pa fleksib pou l jije nou (Flp. 2:12). Okontrè, plis nou gen responsablite, se plis nou gen kont pou n rann (Lik 12:48). Men, si n renmen Jewova toutbon, pa gen anyen k ap fè n bite oswa k ap separe nou ak lanmou li gen pou nou an (Sòm 119:165; Wom. 8:37-39). Nan tan difisil sa yo n ap viv la, se pou n kontinye leve je n gade Sila a ki “chita sou twòn [li] nan syèl la” yon fason pou n ka rive konn volonte l (Sòm 123:1). Nou pa dwe janm kite aksyon lòt moun anpeche n kontinye gen bon relasyon ak Jewova. w18.07 16 § 19-20.
Dimanch 23 fevriye
Se pou limyè nou briye devan lèzòm, konsa y ap ka [...] bay Papa nou [...] glwa. — Mat. 5:16.
Se pa ti kontan n kontan lè n aprann kantite akwasman ki gen pami pèp Jewova a! An 2017, nou te kondui plis pase 10 000 000 etid biblik regilyèman. Se sèten sa montre sèvitè Bondye yo kontinye fè limyè yo briye! Epitou, fè yon ti reflechi ak plizyè milyon moun ki enterese nou te akeyi nan Memoryal la. Konsa, yo ka aprann lanmou Bondye te demontre lè l te bay ranson an (1 Jan 4:9). Toupatou sou tè a, pèp Jewova a pale divès lang. Sepandan, sa pa anpeche n met tèt nou ansanm pou n bay Jewova, Papa nou an, louwanj (Rev. 7:9). Kèlkeswa lang nou pale oswa kèlkeswa kote n ap viv, nou kapab “klere tankou flanbo nan monn nan”. (Flp. 2:15.) Kit se akwasman k ap fèt nan mitan nou an, tèt ansanm nou genyen an ak efò n ap fè pou n kontinye veye a, tout bagay sa yo pouse n bay Jewova glwa. w18.06 21 § 1-3.
Lendi 24 fevriye
Anseyan, manje non. — Jan 4:31.
Repons Jezi a montre l te tèlman konsantre nan konvèsasyon espirityèl li te gen ak dam nan li te menm bliye si l grangou. Preche moun, menm yon dam ki moun Samari, se te volonte Papa l, e sa te tankou manje pou li (Jan 4:32-34). Jak ak Jan pa t byen konprann leson sa a. Pandan disip yo t ap vwayaje ak Jezi e yo rive Samari, yo t al chèche yon kote nan yon bouk nan Samari pou yo pase nuit lan. Moun Samari yo te refize resevwa yo, poutèt sa, Jak ak Jan te vin an kòlè e yo te vle mande pou dife sot nan syèl la pou l boule bouk la nèt. Jezi te reprimande yo yon fason fèm (Lik 9:51-56). Nou ka ap mande tèt nou si Jak ak Jan t ap reyaji menm jan an si se moun nan yon bouk nan Galile, zòn kote yo te leve a, ki pa t vle resevwa yo. Sanble se prejije ki te lakòz yo gen hèn sa a. Li posib pou apot Jan te santi l jennen akoz kòlè l te fè a apre l te fin fè yon bèl kanpay predikasyon pami moun Samari yo kèk tan annapre. — Tra. 8:14, 25. w18.06 10-11 § 12-13.
Madi 25 fevriye
Kenbe fèm, epi mare laverite nan ren nou tankou se yon sentiwon. — Efe. 6:14.
Lè verite ki nan Bib la byen mare nan senti n tankou yon sentiwon, sa ap pouse n viv ann amoni avè l e pou n toujou di laverite. Poukisa n ap evite bay manti? Paske manti se youn nan zam ki pi efikas Satan itilize. Manti pa nan enterè ni moun ki bay li a ni moun ki kwè l la (Jan 8:44). Kidonk, aktout nou enpafè, nou fè tout sa n kapab pou n evite bay manti (Efe. 4:25). Men, sa ka difisil anpil. Men sa Abigail ki gen 18 an fè konnen: “Sanble sa ka pa toujou vo lapenn pou w di laverite sitou lè yon manti ka retire w nan yon sitiyasyon ki difisil.” Nan ka sa a, poukisa pou n toujou fè efò pou n di laverite? Men sa Victoria ki gen 23 an di: “Lè w di laverite epi w defann kwayans ou, sa ka fè w jwenn brimad. Men, ou toujou jwenn anpil gwo byenfè: Ou vin gen plis asirans, ou santi w pi pwòch Jewova e moun ki renmen w yo vin gen respè pou ou.” Li klè, sa vo lapenn pou n toujou “mare laverite nan ren nou tankou se yon sentiwon”. w18.05 28 § 3, 5.
Mèkredi 26 fevriye
Kontinye veye. — Mat. 24:42.
Ofiramezi tan sa yo ap vin pi difisil toujou, nou tout bezwen kontinye veye. Lè Jewova pral aji, se pral nan bon moman an (Mat. 24:42-44). Annatandan, nou bezwen demontre pasyans e n dwe kontinye veye plis toujou. Li Pawòl Bondye a chak jou, epi pa neglije lapriyè (1 Pyè 4:7). Chèche aprann nan bèl egzanp frè ak sè ki gen kè kontan nan lavi yo lefètke yo kontinye veye e yo kontinye fè limyè yo briye. Kontinye fè aktivite k ap fòtifye w epi chèche fè bon zanmi nan lavi w. Sa ap fè kè w kontan anpil, e w ap vin rann ou kont tan an sanble pase byen vit (Efe. 5:16). Sa fòtifye lafwa n lefètke n konnen malgre n enpafè sa pa anpeche n bay Jewova yon sèvis ki akseptab. Se sa k fè n apresye dispozisyon Jewova pran pou l ban nou yon seri “gason kòm kado”, anpalan de ansyen yo nan kongregasyon an (Efe. 4:8, 11, 12). Pwochèn fwa yon ansyen vin vizite w, byen pwofite okazyon an pou w aprann nan sajès li ak nan konsèy li bay. w18.06 24-25 § 15-18.
Jedi 27 fevriye
Si nou obeyi kòmandman m yo, n ap rete nan lanmou mwen. — Jan 15:10.
Jezi te di disip li yo nonsèlman pou yo la nan lanmou l, men tou, pou yo “rete nan lanmou [l]”. Poukisa? Se paske sa mande andirans pou yon moun viv antanke vrè disip Kris ane apre ane. Jezi te met aksan sou nesesite pou n gen andirans lè l te sèvi ak divès fòm mo “rete” a genyen pandan plizyè fwa nan pasaj tou kout ki nan Jan 15:4-10 la. Ki fason n montre nou vle rete nan lanmou Kris e n vle kontinye gen apwobasyon l? Se lè n obeyi kòmandman Jezi te bay yo. Yon fason senp, Jezi di nou: ‘Se pou nou obeyi m.’ Konsa, Jezi annik mande n fè sa li menm li te fè, paske men sa l te ajoute: “Menm jan mwen menm, mwen obeyi kòmandman Papa a e mwen rete nan lanmou l.” Jezi kite yon egzanp pou nou (Jan 13:15). Lè n obeyi kòmandman Jezi te bay pou n al preche a, nou menm tou nou montre n renmen Bondye paske kòmandman Jezi bay yo reflete panse Papa l (Mat. 17:5; Jan 8:28). Piske nou montre nou gen lanmou pou Jewova ak Jezi, yo fè n rete nan lanmou yo. w18.05 18 § 5-7.
Vandredi 28 fevriye
Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li. — Pwo. 21:5.
Adolesan yo dwe pran desizyon nan kesyon edikasyon, travay, ak lòt bagay ankò. Si w konn objektif ou, li vin pi fasil pou w pran bon desizyon. Tank ou planifye pi bonè lè w fikse bon objektif, se pi vit bagay yo ap mache byen pou ou. Plizyè milye jèn nan kongregasyon nou yo nan lemonnantye merite bonjan felisitasyon. Yo lage tout sa y ap fè nan men Jewova e yo konsantre lavi yo sou objektif espirityèl. Jèn sa yo byen pwofite lavi yo toutpandan y ap aprann suiv direksyon Jewova bay nan tout sa y ap fè. Sa gen ladan l lavi fanmi. Men sa Salomon te ekri: “Fè Jewova konfyans ak tout kè w [...]. Sonje l nan tout sa w ap fè, e l ap fè tout bagay mache byen nan lavi w.” (Pwo. 3:5, 6). Jèn yo nan kongregasyon an gen anpil valè pou Jewova, li menm ki renmen yo anpil e ki ba yo pwoteksyon, konsèy ak benediksyon. w18.04 26 § 7; 27 § 9.
Samdi 29 fevriye
Se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen renmen nou an, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt. — Jan 13:34.
Apot Jan te yon pilye nan kongregasyon premye syèk la. Evanjil li te ekri sou sèvis Jezi te akonpli a, yon evanjil ki enteresan anpil, te kontinye ankouraje kretyen yo pandan plizyè syèk, e l toujou ankourajan jis kounye a. Se sèlman nan Evanjil li a nou jwenn pawòl Jezi te di ki fè konnen se lanmou k ap fè moun konnen kiyès ki disip li toutbon (Jan 13:35). Nou jwenn lòt verite ki tankou trezò nan toule twa lèt Jan te ekri yo. Lè peche n fè yo tankou yon pwa lou sou do n, èske n pa santi n soulaje lè n li pawòl ki di “san Jezi [...] pirifye nou anba tout peche” a (1 Jan 1:7)? E si kè n kontinye ap kondane n, èske n pa santi n gen yon boul nan gòj nou e n gen dlo nan je n paske nou gen rekonesans lè n li pawòl ki di “Bondye pi gran pase kè nou” an (1 Jan 3:20)? Se Jan sèlman ki te ekri “Bondye se lanmou”. (1 Jan 4:8, 16.) Nan dezyèm ak twazyèm lèt li a, li felisite kretyen ki kontinye “ap mache nan laverite” yo. — 2 Jan 4; 3 Jan 3, 4. w18.04 18 § 14-15.