Desanm
Madi 1ye desanm
Li vin gen pitye pou yo. — Mak 6:34.
Youn nan aspè ki pi touchan nan pèsonalite Jezi se kapasite li genyen pou l konprann yon seri difikilte nou rankontre antanke moun ki enpafè. Lè Jezi te sou tè a, li te kapab “rejwi ak moun k ap rejwi” epi “kriye ak moun k ap kriye”. (Wom. 12:15.) Pa egzanp, lè 70 disip Jezi yo te retounen ak kè kontan apre yon bèl kanpay predikasyon, Jezi te “vin kontan anpil e li [te] vin ranpli ak lespri sen”. (Lik 10:17-21.) Yon lòt bò, lè Jezi te wè jan lanmò Laza te fè moun ki te renmen Laza yo tris, li te “plenn nan kè l e li [te] vin boulvèse”. (Jan 11:33.) Ki sa k te ede mesye sa a ki te pafè pou l montre pitye ak konpasyon konsa nan fason l aji ak moun ki pechè? Toudabò, Jezi te renmen moun. “Se pitit lèzòm yo [li] te pi renmen”. (Pwo. 8:31.) Lanmou l te gen pou moun yo te pouse l chèche byen konprann fason lèzòm panse. Men sa apot Jan te di: “Li te konn sa k nan lòm.” — Jan 2:25. w19.03 20 § 1-2.
Mèkredi 2 desanm
Detwi tout sa l genyen, e san mank, l ap ret nan figi w li manke w dega. — Jòb 1:11.
Satan te atake sa Jòb te posede, li te touye sèvitè l yo e li te fè l pèdi bèl repitasyon li te genyen. Li te atake fanmi Jòb, li te touye dis pitit li yo. Apre sa, li te atake kò Jòb, li fè l pèdi sante l lè l te fè l gen yon seri gwo bouton ki t ap fè l mal ki te kouvri tout kò l. Madanm Jòb te dezespere e l te gen anpil lapenn. Li te ankouraje Jòb pou Jòb lage sa, pou l modi Bondye epi pou l mouri. Jòb te mande lanmò, men l te toujou kenbe fidelite l. Annapre, Satan eseye yon lòt metòd. Li te sèvi ak twa mesye ki te zanmi Jòb. Mesye yo t al wè Jòb e yo te ret avè l pandan plizyè jou. Men, yo pa t konsole l. Okontrè, yo te san pitye, yo te di l yon pakèt pawòl ki di e yo te kritike l anpil. Yo te fè l konnen se Bondye ki fè l gen tout pwoblèm sa yo e Bondye pa bay fidelite l okenn enpòtans. Yo te menm fè konprann Jòb te yon moun ki mechan ki te merite pou move bagay sa yo rive l. — Jòb 1:13-22; 2:7-11; 15:4, 5; 22:3-6; 25:4-6. w19.02 4 § 7-8.
Jedi 3 desanm
Lakrentif pou Jewova se kòmansman sajès. — Sòm 111:10.
Si nou gen gwo respè pou Jewova nou pap vle fè anyen k ap fè l fache. Si Adan ak Èv te gen kalite respè sa a, yo pa t ap dezobeyi Jewova. Men, yo te dezobeyi. Lè yo te fè sa, je yo te vin ouvri, nan sans yo te vin rann yo kont yo se pechè. Se sèlman peche ak lanmò yo te ka transmèt pitit yo. Kòm yo te ka wè oubyen yo te ka konprann nan ki kondisyon yo te ye, yo te vin wont dèske yo toutouni e yo te kouvri kò yo (Jen. 3:7, 21). Nou pa dwe pè lanmò yon fason ki egzajere. Jewova ban nou posiblite pou nou gen lavi ki pap janm fini an. Si nou fè yon peche e nou repanti toutbon, Jewova ap padone peche nou yo. L ap padone nou poutèt lafwa nou gen nan sakrifis ranson Pitit Gason l lan. Youn nan pi bèl fason nou ka montre nou gen lafwa se lè nou vwe Bondye lavi nou epi nou batize. — 1 Pyè 3:21. w19.03 5-6 § 12-13.
Vandredi 4 desanm
Pa t gen yon gason ki te rete vivan, sof Kalèb, pitit gason Jefoune a, ak Jozye, pitit gason Noun nan. — Nonb 26:65.
Izrayelit yo te gen anpil rezon pou yo gen rekonesans. Yo te sot ann esklavaj ann Ejip apre Jewova te fin lage dis flewo sou Ejip. Apre sa, Bondye te pwoteje yo lè l te detwi tout lame Ejip la nan Lanmè Wouj. Izrayelit yo te tèlman gen rekonesans yo te chante yon chante laviktwa pou fè louwanj pou Jewova. Men, èske yo te kontinye montre yo gen rekonesans? Lè Izrayelit yo te vin jwenn lòt pwoblèm, yo pa t pran tan pou yo bliye tout bon bagay Jewova te fè pou yo. Donk, yo te montre yo pa t gen rekonesans (Sòm 106:7). Kòman? Men sa Bib la di: “Tout Izrayelit yo te kòmanse ap plenyen kont Moyiz ak Arawon.” An reyalite, se kont Jewova yo t ap plenyen (Egz. 16:2, 8). Se te yon desepsyon sa te ye pou Jewova lè l te wè jan pèp li a te montre yo pa gen rekonesans. Annapre, Jewova te fè konnen tout Izrayelit nan jenerasyon sa a t ap mouri nan dezè a, eksepte Jozye ak Kalèb. — Nonb 14:22-24. w19.02 17 § 12-13.
Samdi 5 desanm
Mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m. — Mat. 11:29.
Jezi pa t wè li nesesè pou l atire atansyon sou tèt li pou l ta mande pou yo komemore lanmò l yon fason ki konplike. Okontrè, li te di disip li yo pou yo montre yo sonje l yon fwa chak ane pa mwayen soupe tou senp sa a (Jan 13:15; 1 Kor. 11:23-25). Soupe sa a ki te senp men ki te apwopriye te montre Jezi pa t yon moun ki te gen ògèy. Nou mèt kontan dèske youn nan pi bèl kalite Wa nou an ki nan syèl la genyen se imilite (Flp. 2:5-8). Ki jan nou ka demontre imilite menm jan ak Jezi? Se lè nou mete enterè lòt moun anvan enterè pa nou (Flp. 2:3, 4). Ann fè yon ti tounen sou dènye nuit Jezi te fè pandan li t ap viv sou tè a. Jezi te konnen nan yon ti tan li t apral soufri e li t apral mouri. Malgre sa, li te gen anpil sousi pou apot fidèl li yo ki t apral nan lapenn. Donk, pandan dènye nuit sa a, li te ba yo enstriksyon, ankourajman ak fòs (Jan 14:25-31). Avèk imilite, Jezi te montre li gen plis sousi pou byennèt lòt moun pase pou tèt li. Li kite yon bèl egzanp pou nou! w19.01 21 § 5-6.
Dimanch 6 desanm
Tanpri, pran plezi nan louwanj m ap ofri w ak tout kè m yo, o Jewova. — Sòm 119:108.
Èske kè w konn kase chak fwa w anvi leve men w pou w fè yon kòmantè? Ebyen, se pa ou sèl. An reyalite, pifò nan nou santi nou yon jan pè lè n ap fè kòmantè. An reyalite si w santi w konsa, se pa yon move bagay. Sa ka montre ou gen imilite e w konsidere lòt moun yo siperyè w. Jewova renmen kalite sa a (Sòm 138:6; Flp. 2:3). Men, Jewova vle pou w ba l louwanj tou e pou w ankouraje frè ak sè yo nan reyinyon yo (1 Tes. 5:11). Li renmen w e l ap ba w kouraj ou bezwen pou w fè kòmantè. Annou egzamine kèk bagay Bib la fè nou sonje. Bib la di nou tout fè erè nan sa nou di ak nan fason nou di yo (Jak 3:2). Jewova pa atann pou nou pafè e frè n ak sè n yo pa atann pou nou pafè nonplis (Sòm 103:12-14). Yo se fanmi nou nan domèn espirityèl e yo renmen nou (Mak 10:29, 30; Jan 13:35). Yo ka konprann sa nou di nan kòmantè a se pa egzakteman sa nou te vle di. w19.01 8 § 3; 10-11 § 10-11.
Lendi 7 desanm
Sonje Gran Kreyatè w la, pandan w jèn nan. — Ekl. 12:1.
Sa pa toujou fasil nan monn n ap viv la. Men, sa pa enposib. Jewova vle w reyisi toutbon nan lavi w e li vle w gen kè kontan. Bondye ka ede w rive fè sa pandan w jèn nan e pandan tout vi w. Pou nou montre sa, nou pral wè yon leson nou ka aprann nan sa k te rive lè Izrayelit yo te pran Peyi Bondye te pwomèt yo a. Lè Izrayelit yo t ap pwoche toupre Peyi Bondye te pwomèt yo a, Bondye pa t ba yo lòd pou yo chèche vin pi maton nan batay oswa pou yo fè antrènman pou lagè (Det. 28:1, 2). Okontrè, li te di yo yo bezwen obeyi kòmandman l yo epi fè l konfyans (Joz. 1:7-9). Yon moun te ka panse konsèy sa a pa gen sans! Men, se te pi bon konsèy la paske Jewova te fè pèp li a pote laviktwa sou moun Kanaran yo (Joz. 24:11-13). Vrèmanvre, nou bezwen gen lafwa pou nou fè sa Bondye mande nou, e lafwa sa a toujou pote benediksyon. Sa se yon verite ki pa janm chanje, e nou ka wè sa jodi a. w18.12 25 § 3-4.
Madi 8 desanm
Seyè, kiyès pou n al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an. — Jan 6:68.
Gen kèk moun ki trebiche akoz yon chanjman ki te fèt nan fason n te konprann yon pasaj nan Bib la. Gen lòt ki vin pran pozisyon pou aposta yo ak lòt opozan k ap di sa k mal sou kwayans nou. Kòm rezilta, gen kèk ladan yo ki chwazi “kite” Jewova ak kongregasyon an (Ebre 3:12-14). Li t ap pi bon lontan si yo te kontinye gen lafwa e yo te kontinye met konfyans yo nan Jezi, jan apot Pyè te fè sa! Gen lòt moun ki kite laverite tikras pa tikras, petèt san yo pa menm rann yo kont. Yon moun ki kite laverite tikras pa tikras sanble ak yon bato ki prale lwen yon rivaj tou dousman poukont li. Bib la pale de chanjman sa a ki fèt tou dousman tankou yon bagay k ap ‘pote yon moun ale’. (Ebre 2:1.) Kontrèman ak yon moun ki chwazi kite laverite, yon moun yon bagay ap pote ale pa chwazi sa. Sepandan, yon moun konsa pran distans li ak Jewova e l ka menm pèdi relasyon l gen avè l la. w18.11 9 § 5-6.
Mèkredi 9 desanm
Pèp ou a ap ofri tèt yo san fòse. — Sòm 110:3.
Èske w anvi jwenn plis fòmasyon pou w pi byen kalifye pou sèvis sakre w ap fè a? Si se wi, ou kapab kalifye pou w asiste Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan. Lekòl sa a bay gason ak fi ki kite lespri Bondye gide yo e ki nan sèvis aplentan fòmasyon pou yo ka fè plis nan sèvis Bondye a nan tèritwa yo. Moun ki ranpli fòmilè pou asiste lekòl sa a dwe dispoze aksepte nenpòt asiyasyon yo ba yo lè yo fin diplome. Èske w dispoze pwofite opòtinite sa a pou w chèche jwenn plis privilèj (1 Kor. 9:23)? Antanke moun ki fè pati pèp Jewova a, nou chofe pou n montre n renmen bay, sa vle di pou n demontre bonte, byenveyans ak lanmou, e pou n ede lòt moun chak jou. Lè n fè sa, n ap gen lajwa, lapè e n ap santi nou byen (Gal. 5:22, 23). Kèlkeswa sitiyasyon w ap fè fas nan lavi a, ou ka gen kè kontan lè w imite Jewova, li menm ki renmen bay, e lè w vin youn nan konpayon travay li yo ki gen anpil valè pou li! — Pwo. 3:9, 10. w18.08 27 § 16-18.
Jedi 10 desanm
Sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l. — Mat. 19:6.
Gen moun ki gendwa ap mande: ‘Èske gen yon rezon ki pèmèt yon kretyen divòse epi pou l remarye?’ Ebyen, Jezi te fè konnen pwennvi l gen sou divòs. Li te di: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li e k al marye ak yon lòt fi, moun sa a fè adiltè sou madanm li. Epi, si yon fi divòse ak mari l, l al marye ak yon lòt gason, fi sa a fè adiltè.” (Mak 10:11, 12; Lik 16:18). Sa klè, Jezi te onore maryaj e li vle pou lòt moun fè sa tou. Yon gason ki divòse ak madanm li ki fidèl (oubyen yon fi ki divòse ak mari l ki fidèl) pou yon rezon kèlkonk e k al marye ak yon lòt moun fè adiltè. Paske, lè yon moun annik divòse ak mari l oubyen ak madanm li, sa pa mete fen nan maryaj la. Nan je Bondye, de moun sa yo fè “yon sèl chè” toujou. Mete sou sa, Jezi te di si yon gason divòse ak madanm li ki fidèl, li ka lakòz madanm nan tonbe nan adiltè. Kòman sa? Nan epòk sa a, yon fi mari l te divòse avè l te ka santi li oblije remarye yon fason pou l ka jwenn sa l bezwen nan domèn materyèl. Nan yon ka konsa, si l remarye, li t ap fè adiltè. w18.12 11 § 8-9.
Vandredi 11 desanm
M ap ret kanpe nan pòs mwen. — Aba. 2:1.
Konvèsasyon Abakouk te gen ak Jewova a te fè kè l poze. Avèk konfyans, li te detèmine pou l kontinye ret tann Jewova aji. Se pa t jis yon bagay li te fè sou kout tèt, paske l te repete detèminasyon l te pran an lè l te fè konnen pi devan l ap “ret tou dousman ap tann jou malè k ap tonbe sou yo a”. (Aba. 3:16.) Ki sa n aprann nan detèminasyon Abakouk te pran an? Premyèman, nou pa dwe janm sispann priye Jewova, kèlkeswa eprèv n ap fè fas la. Dezyèmman, nou bezwen koute sa Jewova di nou pa mwayen Pawòl li a ak òganizasyon l lan. Twazyèmman, nou dwe ret tann Jewova avèk pasyans, toutpandan nou gen yon konfyans total l ap soulaje soufrans nou yo nan lè l fikse a. Si n kontinye pale ak Jewova ak tout kè n e nou koute l avèk pasyans, jan Abakouk te fè a, nou menm tou kè n ap vin poze, sa k ap ede n andire. Esperans nou an ap fè n gen plis pasyans, e sa ap fè n gen lajwa malgre tout difikilte nou ka ap rankontre. Esperans nou an ban nou konfyans Papa nou ki nan syèl la ap aji. — Wom. 12:12. w18.11 15-16 § 11-12.
Samdi 12 desanm
Medam yo dwe fè bèbèl ak tèt yo ak abiman ki kòrèk. Yo dwe fè sa yon fason ki montre respè e avèk bonsans. — 1 Tim. 2:9.
Ki fason Bondye konsidere kesyon fè lòt moun trebiche a? Men sa Jezi te di: “Kèlkeswa moun ki fè youn nan tipiti sa yo pèdi lafwa yo genyen an, li t ap pi bon pou moun sa a si yo ta mare yon wòch moulen nan kou l, tankou wòch moulen bourik yo konn vire a, epi yo lage l nan lanmè.” (Mak 9:42). Santiman ki parèt nan pawòl sa yo fò anpil! Piske Jezi reflete pèsonalite Papa l yon fason ki pafè, nou kapab gen asirans Jewova santi l menm jan an lè yon moun fè youn nan disip Jezi yo trebiche akoz aksyon l pa demontre konsiderasyon pou lòt moun (Jan 14:9). Èske n gen menm panse ak Jewova ak Jezi? Èske n fè l vin panse pa nou? Ki sa aksyon n montre? Pa egzanp, imajine gen yon stil rad oswa gen yon sèten aparans ki atire n, men, ki ka fè kèk moun nan kongregasyon an fache oswa ki ka fè lòt moun gen panse ki imoral. Èske lanmou ak sousi nou gen pou kwayan parèy nou yo ap pouse n pase sou stil sa a nou prefere a? w18.11 25 § 9-10.
Dimanch 13 desanm
Satan reponn Jewova: “Èske se pou granmesi Jòb gen lakrentif pou Bondye? [...] Lonje men w, detwi tout sa l genyen, e san mank, l ap ret nan figi w li manke w dega.” — Jòb 1:9, 11.
Poukisa nou chak bezwen fidèl? Nou bezwen fidèl paske Satan pwovoke Jewova e l ap pwovoke nou. Zanj rebèl sa a te chèche sal non Jewova lè l te fè konprann Bondye se yon Chèf ki mechan, ki egoyis e ki malonèt. Malerezman, Adan ak Èv te pran pou Satan lè yo te fè yon rebelyon kont Jewova (Jen. 3:1-6). Lavi nan jaden Edenn nan te bay Adan ak Èv anpil okazyon pou yo chèche vin gen plis lanmou pou Jewova. Men, lè Satan te opoze ak Jewova a, yo pa t montre yo gen yon lanmou konplè oswa antye pou Jewova. Gen yon lòt kesyon ki vin soulve: Èske gen moun k ap ret fidèl ak Jewova Dye paske yo renmen l? Oswa nou te ka di, èske lèzòm kapab montre yo fidèl ak Bondye? Kesyon sa a te vin soulve nan ka pa Jòb (Jòb 1:8-11). Jòb te enpafè menm jan avèk nou. Li te konn fè erè. Epoutan, Jewova te renmen Jòb paske li te fidèl. w19.02 3-4 § 6-7.
Lendi 14 desanm
Li vann tout sa l genyen, epi l achte l. — Mat. 13:46.
Pou Jezi montre nan ki pwen verite konsènan Wayòm Bondye a gen anpil valè pou moun ki jwenn li, li te pale konsènan yon komèsan k ap vwayaje pou l chèche bèl pèl e ki te jwenn youn. Anfèt, pèl sa a te tèlman gen valè, “tousuit li [te] vann” tout sa l genyen pou l achte l (Mat. 13:45, 46). Menm jan an tou, verite konsènan Wayòm Bondye a ansanm ak tout lòt verite ki gen anpil valè nou te aprann nan Pawòl Bondye a te tèlman gen anpil valè pou nou nou te dispoze fè sakrifis ki nesesè yo tousuit pou n genyen yo. Toutotan laverite gen valè pou nou, nou pap “janm vann li”. (Pwo. 23:23.) Malerezman, gen kèk moun ki bliye jan laverite gen anpil valè e yo menm vann li. Nou swete pou sa pa janm rive n! Pou n montre jis nan ki pwen nou bay laverite anpil valè e n pap janm vann li, nou dwe koute konsèy Bib la bay pou n “kontinye [...] mache nan laverite”. (3 Jan 2-4.) Mache nan laverite mande pou n viv li, sa vle di ba l premye plas nan lavi nou epi aji ann amoni avè l. w18.11 9 § 3.
Madi 15 desanm
Grasa lafwa Izrayelit yo te genyen, miray Jeriko yo te tonbe apre yo te fin mache toutotou miray sa yo pandan sèt jou. — Ebre 11:30.
Izrayelit yo pa t resevwa lòd pou yo atake Jeriko, men, yo te dwe mache toutotou vil la yon fwa pa jou pandan sis jou epi sèt fwa nan setyèm jou a. Kèk sòlda te ka panse ‘y ap gaspiye tan ak enèji’! Sepandan, Moun k ap gide pèp Izrayèl la se yon Gid ki envizib e ki konnen egzakteman sal t ap fè. Nonsèlman estrateji l la te fòtifye lafwa Izrayelit yo, men tou, li te anpeche yo antre tou dwat nan yon gè ak sòlda vanyan ki nan lame Jeriko a (Joz. 6:2-5). Ki sa n ka aprann nan istwa sa a? Pafwa, nou ka pa fin konprann rezon ki fè òganizasyon an vin ak yon seri bagay ki nouvo. Pa egzanp, okòmansman nou te ka mande tèt nou ki rezon ki fè n itilize aparèy elektwonik pou etid pèsonèl, nan travay predikasyon an ak nan reyinyon yo. Kounye a, nou ka vin wè byenfè sa bay lè n itilize yo lè sa posib. Lè n wè bon rezilta pwogrè sa yo bay malgre n te ka gen dout sou yo, nou vin gen plis lafwa ak tèt ansanm. w18.10 23 § 8-9.
Mèkredi 16 desanm
Seyè, èske se nan tan sa a w ap met wayòm Izrayèl la sou pye ankò? — Tra. 1:6.
Petèt se akoz bagay moun yo t ap tann konsènan Mesi a ki fè moun Galile yo te vle pou Jezi vin wa yo. Nou ka imajine yo te panse Jezi t ap yon bon lidè. Li te konn pale byen, li te ka geri moun ki malad e l te ka menm bay moun ki grangou manje. Apre Jezi te fin bay anviwon 5 000 gason manje, li te santi moun yo kontan. “Kòm Jezi te konnen yo t apral vin met men sou li pou yo fè l wa, li wete kò l, l al sou mòn nan ankò poukont li.” (Jan 6:10-15). Nan demen, pandan yo te pa lòt bò Lanmè Galile, sanble yo pa t chofe menm jan an ankò. Lè sa a, Jezi te esplike foul la vrè objektif travay l ap fè a. Li te vin pou l fè nasyon an jwenn byenfè nan domèn espirityèl, men se pa nan domèn materyèl. Men sa l te di yo: “Pa travay pou manje k ap gate, men travay pou manje k ap rete pou lavi ki pap janm fini an.” — Jan 6:25-27. w18.06 4 § 4-5.
Jedi 17 desanm
Li pap kase wozo ki pliye a, e li pap etenn mèch lanp k ap bay lafimen an. — Eza. 42:3.
Jezi te konprann santiman moun ki te tankou wozo ki pliye oswa mèch lanp ki prèt pou etenn nan yon sans senbolik. Konsa, li te montre l gen konsiderasyon, bonte ak pasyans (Mak 10:14). Nou pa gen bon konprann Jezi te genyen an ni kapasite l te genyen pou l anseye a! Men, nou kapab montre konsiderasyon pou moun yo e n dwe fè sa. Sa gen ladan l fason pou n pale ak yo, nan ki moman pou n fè sa ak ki kantite tan pou n pran. Jodi a, gen plizyè milyon moun ki “depafini e [ki] lage” akoz gwo komèsan, chèf politik ak chèf relijye ki nan koripsyon e ki san pitye (Mat. 9:36). Kòm konsekans, gen anpil moun ki pa fè moun konfyans e ki sanzespwa. Se pa ti enpòtan l enpòtan dèske n demontre bonte ak konpasyon lè n chwazi mo pou n di ak fason pou n pale! Konsa, mesaj nou an rive atire anpil moun nonsèlman paske n gen konesans sou Bib la oswa n konn rezone byen, men tou, paske n montre n enterese nan moun yo e n gen konsiderasyon pou yo. w18.09 31-32 § 13-14.
Vandredi 18 desanm
Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye. — Mat. 5:3.
Ki fason nou montre nou pran konsyans nou gen bezwen sa a? Lè n manje nan domèn espirityèl, lè n bay bagay espirityèl yo valè ak lè n bay adorasyon n ap bay Bondye ki gen kè kontan an premye plas. Si n fè sa, n ap vin gen plis kè kontan. N ap vin gen plis lafwa pwomès Bondye yo ap akonpli (Tit 2:13). Pou n toujou gen kè kontan, li enpòtan pou n chèche gen yon relasyon solid ak Jewova. Men ki sa Jewova te enspire apot Pòl ekri: “Se pou nou toujou rejwi nan Seyè a [Jewova]! M ap di nou ankò: Se pou nou rejwi!” (Flp. 4:4). Pou n vin gen yon relasyon konsa, nou dwe chèche gen sajès Bondye bay la (Pwo. 3:13, 18). Pou n toujou gen kè kontan, nonsèlman l enpòtan pou n li Pawòl Bondye a, men, nou dwe aplike sa n li a tou. Men sa Jezi te di: “Piske nou konnen bagay sa yo, n ap byennere si nou fè yo.” (Jan 13:17; Jak 1:25). Se yon aspè enpòtan pou n konble bezwen nou nan domèn espirityèl e pou n toujou gen kè kontan. w18.09 18 § 4-6.
Samdi 19 desanm
[Epafras] toujou ap lite pou nou nan priyè li. — Kol. 4:12.
Epafras te byen konnen frè yo e l te gen sousi pou yo. Malgre l te “nan prizon ansanm” ak Pòl, sa pa t anpeche l wè bezwen lòt moun te genyen nan domèn espirityèl (Flm. 23). E l te fè yon bagay pou sa. Èske sa pa montre l gen bonjan sousi pou lòt moun san se pa enterè l ap chèche? Priyè nou fè pou moun k ap sèvi Jewova menm jan avè n yo gen anpil fòs sitou lè n site non yo (2 Kor. 1:11; Jak 5:16). Reflechi ak moun ou ka site non yo lè w ap priye. Menm jan ak Epafras, gen anpil nan frè ak sè n yo ki konn priye pou moun nan kongregasyon yo ye a e pou kèk fanmi ki gen anpil gwo responsablite oswa ki gen gwo desizyon pou yo pran oubyen k ap fè fas ak gwo tantasyon. L ap bon pou n sonje moun ki gen moun pa yo ki mouri, moun ki te chape anba katastwòf ak lagè, ansanm ak moun k ap andire gwo pwoblèm ekonomik. Sa klè, gen anpil frè ak sè ki bezwen nou priye pou yo e ki ka jwenn byenfè grasa priyè sa yo. w18.09 5-6 § 12-13.
Dimanch 20 desanm
Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa. — Tra. 20:35.
Nonsèlman Pòl t ap pale konsènan byen materyèl, men tou, li t ap pale konsènan ankourajman, konsèy ak èd nou dwe bay moun ki bezwen sa (Tra. 20:31-35). Nan pawòl apot la te di ak egzanp li te bay, li te anseye n pou n bay tout nou menm, sa vle di pou n bay tan nou, fòs nou, atansyon nou ak lanmou nou. Gen anpil moun k ap fè rechèch ki rann yo kont tou lè moun bay sa fè yo gen kè kontan. Selon sa yon atik fè konnen, “gen moun ki di kè yo kontan anpil apre yo fin fè kèk bon aksyon pou lòt moun”. Moun k ap fè rechèch fè konnen lè moun ede lòt moun sa enpòtan pou yo vin gen “yon pi bèl objektif e pou [lavi yo] gen plis sans paske sa konble bezwen fondamantal lèzòm genyen yo”. Se sa k fè, byen souvan, espè yo ankouraje moun ofri tèt yo kòm volontè pou fè sèvis piblik pou sante yo ka anfòm e pou yo ka gen plis kè kontan. Sa pa fè moun ki aksepte Bib la kòm Pawòl Jewova, Gran Achitèk nou an ki plen lanmou, sezi. — 2 Tim. 3:16, 17. w18.08 22 § 17-18.
Lendi 21 desanm
Sispann jije sou aparans, men jije yon fason ki jis. — Jan 7:24.
Nou jwenn bonjan ankourajman ak asirans nan yon pwofesi Ezayi te bay konsènan Jezi Kris, Seyè nou an. Ezayi te fè konnen Jezi “pap jije moun selon sa je l ba li, ni li pap korije moun sèlman sou sa zòrèy li tande. L ap jije malere yo san paspouki”. (Eza. 11:3, 4.) Poukisa sa ankourajan? Se paske n ap viv nan yon monn ki chaje ak paspouki ak prejije. Nou tout ta renmen gen Jij pafè a, Jij ki pap janm jije nou sou aparans lan! Chak jou nou jije lòt moun. Men, antanke moun ki enpafè, nou pa kapab jije yon fason ki pafè menm jan Jezi fè sa. Bagay ki parèt devan je n gen tandans enfliyanse n. Sepandan, men yon lòd Jezi te bay lè l te sou tè a: “Sispann jije sou aparans, men jije yon fason ki jis.” Sa klè, Jezi vle pou n menm jan avè l e pou n pa jije moun sou aparans. w18.08 8 § 1-2.
Madi 22 desanm
N ap tande yon vwa dèyè nou k ap di: “Men chemen an. Mache ladan l.” — Eza. 30:21.
Se vre, nou pa tande vwa Bondye k ap pale avè n detan l nan syèl la. Men, li ban nou Pawòl li, Labib, e se ladan l li ban nou enstriksyon. Mete sou sa, lespri Jewova pouse “entandan fidèl” la kontinye bay sèvitè l yo pwovizyon yo bezwen (Lik 12:42). Nou resevwa pwovizyon sou fòm piblikasyon ki enprime ak lòt materyèl ki sou Entènèt, san wete videyo ak lòt piblikasyon sou fòm odyo pou ede nou kontinye gen yon lafwa ki solid! Se pou pawòl Bondye te di yo ki nan Bib la fè nou gen konfyans Jewova gen kontwòl tout bagay e l pral repare kèlkeswa dega Satan ak monn mechan l lan lakòz nou sibi. Epitou, se pou nou pran detèminasyon pou n byen koute vwa Jewova. Si nou fè sa, n ap andire anba kèlkeswa pwoblèm n ap rankontre jodi a ak kèlkeswa difikilte k ap tann nou pi devan. Men sa Labib fè nou sonje: “Nou bezwen gen andirans, yon fason pou lè nou fin fè volonte Bondye, nou ka resevwa sa l te pwomèt la.” — Ebre 10:36. w19.03 13 § 17-18.
Mèkredi 23 desanm
Men sa Jewova te di Jozye[...]: “Moyiz, sèvitè m nan, mouri. Kounye a, prepare w pou w al travèse Rivyè Jouden an, ou menm ak tout pèp sa a.” — Joz. 1:1, 2.
Piske Moyiz te alatèt pèp Izrayèl la pandan tout tan sa a, Jozye te ka ap mande tèt li ki jan pèp Bondye a t ap reyaji devan direksyon l t apral ba yo (Det. 34:8, 10-12). Men sa yon diksyonè biblik fè konnen anrapò ak Jozye 1:1, 2: “Kit se nan tan lontan kit se nan epòk nou an, moman kote yon nasyon ap chanje dirijan se moman ki pi danjere pou sekirite l.” Jozye dwe te gen bonjan rezon pou l pè, men, apre kèk jou, li te fè yon aksyon ki te enpòtan anpil (Joz. 1:9-11). Li pa t mal aji lefètke l te met konfyans li nan Bondye. Jan istwa ki nan Bib la montre sa, anfèt, Jewova te sèvi ak yon zanj kòm reprezantan l pou l gide Jozye ak pèp Li a. Li lojik pou n panse zanj sa a se te Pawòl la, anpalan de premye Pitit gason Bondye a (Egz. 23:20-23; Jan 1:1). Grasa èd Jewova, pèp Izrayèl la te vin aksepte Jozye kòm dirijan nan plas Moyiz. w18.10 22-23 § 1-4.
Jedi 24 desanm
Jewova te bay lòd pou yo ekri non moun ki gen lakrentif pou li yo [...] nan yon liv devan l pou l sonje yo. — Mal. 3:16.
Jewova rekonèt moun ki dispoze sèvi l yo e l ekri non yo nan “liv [li a] pou l sonje yo”. Pou n gen non nou ekri nan “liv [Jewova genyen] pou l sonje” pèp li a, gen kèk obligasyon nou dwe respekte. Yon fason klè, Malachi te fè konnen nou dwe ‘gen lakrentif pou Jewova e n dwe medite sou non l’. Si n ta montre n atache ak yon lòt moun oswa ak nenpòt lòt bagay nan adorasyon n ap bay la, sa t ap lakòz Jewova retire non nou nan liv lavi a ki se yon liv senbolik (Egz. 32:33; Sòm 69:28). Kidonk, ve nou fè Jewova a vle di plis pase yon pwomès serye yon moun fè pou l fè volonte l e pou l batize nan dlo. Aksyon sa yo fèt byen vit e n ka bliye yo byen vit. Pozisyon nou pran pou Jewova antanke pèp li a mande pou n kontinye obeyi l kit se kounye a kit se alavni, toutotan n ap viv. — 1 Pyè 4:1, 2. w18.07 23-24 § 7-9.
Vandredi 25 desanm
Piske kounye a nou kite doktrin de baz nou te aprann sou Kris yo dèyè, ann fè efò pou nou vin gen matirite. — Ebre 6:1.
Sa pap fèt yon fason otomatik. Nou bezwen “fè efò”, oswa kontinye travay pou sa. Pou n vin gen matirite, sa mande pou n chèche gen plis konesans ak plis bon konprann. Se rezon sa a ki fè yo toujou ankouraje n li yon pòsyon nan Bib la chak jou (Sòm 1:1-3). Èske se objektif sa a ou genyen? Lè w li Bib la chak jou, sa ka fè w vin pi byen konprann lwa ak prensip Jewova yo e sa ap fè w vin gen plis konesans sou Pawòl Bondye a. Lwa ki pi enpòtan pou kretyen yo se lwa lanmou an. Men sa Jezi te di disip li yo: “Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” (Jan 13:35). Jak, yon demi frè Jezi, te rele lanmou “lwa Wa a”. (Jak 2:8.) Pòl te di: “Yon moun ki gen lanmou obeyi Lalwa kòrèkteman.” (Wom. 13:10). Nou pa sezi dèske moun sa yo te met anpil aksan sou lanmou, paske Bib la di nou: “Bondye se lanmou.” — 1 Jan 4:8. w18.06 19 § 14-15.
Samdi 26 desanm
Kòm yo te fè l fache anpil, li te pale mal ak bouch li. — Sòm 106:33.
Malgre se Jewova Izrayelit yo t ap pwovoke, se Moyiz ki te vin fache anpil. Piske l te manke metriz, sa te fè l pale san l pa t reflechi ak konsekans sa l t ap di yo t ap genyen. Moyiz te kite aksyon lòt moun anpeche l kite je l fikse sou Jewova. Moyiz te rezoud premye pwoblèm nan byen (Egz. 7:6). Sepandan, li posib pou Moyiz te santi l fatige e l te santi l kontrarye apre l te fin fè plizyè dizèn ane ap fè fas ak yon seri Izrayelit rebèl. Èske Moyiz te sitou ap panse ak pwoblèm li te jwenn yo olye l t ap panse ak fason l te ka bay Jewova glwa? Si yon pwofèt fidèl tankou Moyiz te ka vin distrè epi l bite, li fasil pou menm bagay la rive n. Menm jan ak Moyiz, nou prèske antre nan yon peyi senbolik, anpalan de monn nouvo Jewova pwomèt nou an (2 Pyè 3:13). Pa gen youn nan nou ki ta renmen pèdi privilèj espesyal sa a. Sepandan, pou n atenn objektif sa a, nou bezwen kite je n fikse sou Jewova, e n dwe toujou ap chèche fè volonte l. — 1 Jan 2:17. w18.07 15 § 14-16.
Dimanch 27 desanm
Nou pot laviktwa sou Mechan an. — 1 Jan 2:14.
Satan pa ka fòse moun fè sa yo pa vle fè (Jak 1:14). Gen anpil moun ki aji ann amoni ak objektif Satan san yo pa menm rann yo kont. Men, apre yo fin aprann laverite, yo chwazi kiyès y ap sèvi (Tra. 3:17; 17:30). Si n pran detèminasyon pou n fè volonte Bondye, Satan pap ka fè anyen pou l kraze entegrite nou (Jòb 2:3; 27:5). Satan ak demon yo gen lòt limit ankò. Pa egzanp, pa gen okenn kote nan Ekriti yo ki montre yo ka li nan kè ak nan lespri moun. Se sèl Jewova ak Jezi Bib la di ki gen kapasite sa a (1 Sam. 16:7; Mak 2:8). Si n fè tout sa n kapab pou n pale e pou n aji ann amoni ak volonte Bondye, nou kapab gen asirans Jewova pap kite Dyab la fè n okenn mal ki pa ka repare (Sòm 34:7). Nou bezwen chèche konn ènmi nou an, men, nou pa dwe pè l. Avèk èd Jewova, menm moun ki enpafè ka pot laviktwa sou Satan. Si n opoze avè l, l ap kouri kite nou. — Jak 4:7; 1 Pyè 5:9. w18.05 26 § 15-17.
Lendi 28 desanm
Lage tout sa w ap fè nan men Jewova, e plan w yo ap mache. — Pwo. 16:3.
Imajine w planifye al nan yon vil ki lwen pou yon evènman enpòtan. Pou w al kote sa a, w ap bezwen fè yon vwayaj byen long nan bis. Nan estasyon an gen anpil bis. Ou dwe pran bis k ap mennen w kote w vle ale a! Si w monte nan yon bis ki pral nenpòt kote sa ka vle di ou pran yon move direksyon. Jodi a, adolesan yo nan yon sitiyasyon ki menm jan an, yo gen yon vwayaj byen long pou yo fè nan lavi a. Pafwa, yo ka santi posiblite yo jwenn yo ak desizyon yo dwe pran yo twòp pou yo. Jèn, ou ka fè vwayaj la vin pi fasil si w byen konnen ki kote w vle ale nan lavi a. Èske w ap konsantre lavi w sou dezi w genyen pou w fè Jewova plezi? Sa mande pou w sonje Jewova nan tout aspè nan lavi w, tankou edikasyon, travay, responsablite nan fanmi, eksetera. Epitou, sa mande pou w chèche gen objektif espirityèl. Jèn ki kontinye konsantre yo sou sèvis Jewova a kapab gen asirans Jewova ap beni yo pou yo reyisi nan lavi yo. w18.04 25 § 1-3.
Madi 29 desanm
O non, pitit fi m nan! Kè m ap dechire, paske se ou menm m ap voye ale. — Jij 11:35.
Jefte te kenbe ve l te fè a e l te voye pitit fi l la ki te vyèj nan Silo pou l te sèvi nan tabènak la pandan tout rès vi l (Jij 11:30-35). Sepandan, si sa te fè Jefte mal, sa dwe te fè pitit fi l la mal plis toujou, li menm ki te aksepte obeyi desizyon papa l te pran an (Jij 11:36, 37). Konsa, li te abandone dwa l te genyen pou l marye, pou l gen pitit, e pou l prezève non fanmi l ak eritaj yo a. Kounye a, si gen yon moun ki te bezwen konsolasyon ak ankourajman, se te demwazèl sa a. Men sa Bib la di: “E men koutim ki te vin gen ann Izrayèl: Chak ane, pandan kat jou nan ane a, ti medam nan peyi Izrayèl yo te konn al felisite pitit fi Jefte a, moun Galaad la.” (Jij 11:39, 40). Èske kretyen ki pa marye yo ki pwofite sitiyasyon yo antanke selibatè pou yo bay “bagay Seyè a” plis atansyon pa merite pou n felisite yo e pou n ankouraje yo tou? — 1 Kor. 7:32-35. w18.04 17 § 10-11.
Mèkredi 30 desanm
[Gen] zanj ki pa t rete nan pozisyon yo te ye a, ki te abandone kote yo te fèt pou yo rete a. — Jid 6.
Gen yon gwo kantite zanj ki te vin met ak Satan nan rebelyon l lan. Yon ti tan anvan delij la, Satan te pouse omwen kèk nan yo pou yo gen relasyon imoral ak pitit fi lèzòm yo. Pou Labib esplike verite sa a, yon fason senbolik, li fè konnen dragon an te rale yon tyè nan zetwal ki nan syèl la vin jwenn li (Jen. 6:1-4; Rev. 12:3, 4). Lè zanj sa yo te vire do bay fanmi Bondye a, yo te met tèt yo anba kontwòl Satan. Sepandan, rebèl sa yo pa t aji senpleman tankou yon foul moun k ap simen latwoublay. Satan tabli yon wayòm ki sanble ak Wayòm Bondye a kote se li menm ki wa. Nan monn envizib la, Satan òganize demon yo an plizyè gouvènman, li ba yo otorite e l mete yo dirije monn nan (Efe. 6:12). Satan sèvi ak òganizasyon l lan pou l egzèse otorite sou tout gouvènman lèzòm yo. w18.05 23 § 5-6.
Jedi 31 desanm
M ap fè louwanj pou Jewova, paske li ban m konsèy. Menm nan nuit, panse m yo korije m. — Sòm 16:7.
Pafwa, Bondye montre li renmen nou lè l korije nou tankou yon bon papa. David te byen kontan resevwa koreksyon sa yo. Li te medite sou panse Bondye, li te aprann panse menm jan ak Bondye e li te kite panse Bondye yo fòme l. Lè w fè menm jan avè l, ou menm tou w ap vin pi renmen Bondye e w ap vin gen plis dezi pou w obeyi l. Mete sou sa, w ap vin pi byen wè bagay yo menm jan ak Bondye. Gen yon sè ki rele Christin ki di: “Lè m fè rechèch e lè m medite sou sa m ap li a, mwen santi se kòmsi se pou mwen Jewova te fè ekri bagay sa yo!” Lè w wè bagay yo menm jan ak Bondye, sa ede w wè monn nan ak sa k ap tann li an jan Bondye wè yo. Se pa ti estrawòdinè konesans ak bon konprann sa a Jewova ban nou an estrawòdinè! Poukisa li ban nou yo? Li vle nou chèche gen bonjan priyorite nan lavi nou, li vle nou pran bon desizyon e pou nou pa pè lavni. — Eza. 26:3. w18.12 26 § 9-10.