Novanm
Dimanch 1ye novanm
Moun ki manje pen sa a ap viv pou toutan. — Jan 6:58.
Lè nou sèvi Jewova, nou gen espwa n ap jwenn tout sa Adan ak Èv te pèdi yo, san wete posiblite pou nou viv pou toutan. Adan ak Èv te chwazi pa sèvi Jewova paske yo pa t vin gen yon gwo lanmou pou li. Malgre sa, Jewova te kite yo viv ase tan pou yo gen pitit e pou yo tabli prensip pa yo sou fason pou yo leve yo. Adan ak Èv te chwazi pa suiv direksyon Jewova bay, men rezilta desizyon sa a te montre aklè jan yo te sòt. Premye pitit gason yo a te touye frè l ki te inosan, e rive yon lè, vyolans ak egoyis te gaye pami lèzòm (Jen. 4:8; 6:11-13). Sepandan, Jewova te gen yon mwayen pou l sove tout pitit Adan ak Èv ki te vle sèvi l yo (Jan 6:38-40, 57). Tank w ap aprann konnen jan Jewova gen pasyans ak jan li gen lanmou, lanmou w gen pou li ka vin grandi. Ou pap vle suiv Adan ak Èv e w ap chwazi vwe Jewova lavi w. w19.03 2 § 3; 4 § 9.
Lendi 2 novanm
Se pou nou tout [...] gen senpati. — 1 Pyè 3:8.
Nou ka chèche montre konsiderasyon pou santiman lòt moun lè nou eseye konprann sa k ap boulvèse moun nan fanmi nou ak kwayan parèy nou. Montre nou enterese nan jèn nan kongregasyon an ak moun ki malad yo, granmoun yo ak moun ki gen moun pa yo ki mouri. Mande yo ki jan yo ye. Byen koute yo lè y ap di sa yo santi. Ede yo santi ou vrèman konprann sitiyasyon yo. Ofri yo pou w ede yo jan w kapab. Sa montre nou renmen yo toutbon (1 Jan 3:18). Nou bezwen adapte nou ak chak sitiyasyon. Poukisa? Paske tout moun pa reyaji menm jan lè yo gen pwoblèm. Kèk moun anvi pale sou pwoblèm yo, tandiske gen lòt ki pa vle pale sou sa. Se vre nou vle ede yo, men nou dwe evite poze kesyon ki ka fè yo malalèz (1 Tes. 4:11). Menm lè gen moun ki fè konnen jan yo santi yo, nou ka pa toujou dakò ak sa yo di. Men, nou pa dwe bliye se konsa yo menm yo santi yo. Nou bezwen dispoze koute e nou pa dwe prese pale. — Mat. 7:1; Jak 1:19. w19.03 19 § 18-19.
Madi 3 novanm
Mwen vin pè anpil. — Ney. 2:2.
Èske w konn pè lè w ap pale sou laverite an piblik? Sonje egzanp Neyemi. Li te konn travay nan palè yon wa ki te gen anpil pouvwa. Neyemi te tris paske l te aprann miray Jerizalèm nan ak pòtay li yo te kraze (Ney. 1:1-4). Imajine jan kè l dwe te kase lè wa a te mande l pou l di l poukisa l parèt tris konsa! Neyemi te fè yon priyè tou kout, apre sa li te reponn wa a. Sa te fè wa a fè anpil bagay pou l ede pèp Bondye a (Ney. 2:1-8). Reflechi ak egzanp Jonas tou. Jonas te tèlman pè lè Jewova te mande l pou l al pale ak moun Niniv yo, li te fè nan yon lòt direksyon (Jon. 1:1-3). Men, grasa èd Jewova, Jonas te reyisi preche moun Niniv yo. E sa l te di yo te bon anpil pou moun Niniv yo (Jon. 3:5-10). Egzanp Neyemi an aprann nou enpòtans pou nou priye anvan nou reponn. E egzanp Jonas la aprann nou Jewova kapab ede nou sèvi l menmsi nou ta pè anpil. w19.01 11 § 12.
Mèkredi 4 novanm
Pa gen pèsonn ki kite kay, oswa [fanmi] poutèt mwen e poutèt bon nouvèl la, ki pap jwenn depi kounye a 100 fwa plis [...], e ki pap jwenn lavi ki pap janm fini an nan sistèm k ap vini an. — Mak 10:29, 30.
Lè n chwazi viv ann amoni ak verite ki nan Bib la, relasyon n gen ak zanmi nou ak moun nan fanmi nou ka vin chanje. Sa k fè sa? Nan yon priyè Jezi te fè pou disip li yo, li te di: “Fè yo vin sen grasa laverite. Pawòl ou se laverite.” (Jan 17:17, nòt). “Fè yo vin sen” ka vle di tou “mete yo apa”. Lè n aksepte laverite, nou vin apa parapò ak monn nan paske n pa nan moul li a ankò. Moun yo wè n yon lòt jan paske sa ki gen valè pou nou yo vin chanje. Nou viv ann amoni ak verite ki nan Bib la. Byenke n pa vle lakòz divizyon, gen kèk nan zanmi nou ak kèk moun nan fanmi nou ki ka pran distans ak nou oswa ki ka opoze ak nouvo kwayans nou yo. Sa pa dwe fè n sezi. Men sa Jezi te di: “Wi, ènmi yon moun se pral moun lakay li.” (Mat. 10:36). Mete sou sa, li te ban n asirans rekonpans n ap jwenn lefètke n achte laverite ap pi plis lontan pase kèlkeswa pri nou te ka peye pou li. w18.11 6 § 11.
Jedi 5 novanm
Tout kongregasyon ki nan nasyon yo [...] di yo mèsi. — Wom. 16:4.
Apot Pòl te apresye frè l ak sè l yo e li te montre sa nan fason li te konn pale de yo. Li te toujou di Bondye mèsi pou yo nan priyè pèsonèl li te konn fè. Li te montre li apresye yo tou nan lèt li te konn voye ba yo. Nan 15 premye vèsè ki nan Women chapit 16 la, Pòl te site non 27 lòt kretyen. Pòl te sitou sonje Priska ak Akila “te riske vi yo” pou li, e li te pale de Febe kòm moun ki te “defann anpil frè”, san wete Pòl. Li te felisite frè ak sè sa yo li te renmen e ki te konn travay di (Wom. 16:1-15). Pòl te konnen frè l ak sè l yo enpafè, men nan fen lèt li te ekri kretyen nan vil Wòm yo, li te chwazi konsantre sou bèl kalite yo genyen. Imajine jan sa dwe te ankouraje frè ak sè sa yo lè yo te tande y ap li sa apot Pòl te di yo byen fò nan kongregasyon an! Kòm rezilta, sandout relasyon Pòl te gen ak frè ak sè yo te vin pi solid. Èske w montre rekonesans regilyèman pou bon bagay lòt moun nan kongregasyon w lan di w oswa fè pou ou? w19.02 16 § 8-9.
Vandredi 6 novanm
Mwen pap sispann ret fidèl ak Bondye! — Jòb 27:5.
Èske sa vle di pou nou fidèl ak Bondye nou dwe pafè? Anfèt, nou ka santi nou fè anpil erè, oswa menm nou gen anpil defo. Nou pa oblije pafè paske Jewova pa konsantre sou defo nou yo. Men sa Pawòl li a fè nou konnen: “O Ja, si se erè ou t ap gade, kiyès ki t ap ka kanpe devan w, o Jewova?” (Sòm 130:3). Li konnen nou enpafè, nou se pechè e li padone nou san grate tèt (Sòm 86:5). Epitou, Jewova konn limit nou, li pa atann pou nou fè plis pase sa nou ka fè (Sòm 103:12-14). Se lanmou ki pouse sèvitè Jewova yo ret fidèl avè l. Lanmou nou gen pou Bondye ak atachman nou gen pou Papa nou ki nan syèl la dwe rete konplè, san okenn domaj oswa antye. Si lanmou nou ret konsa, menm lè nou anba eprèv, konnen nou fidèl ak Bondye (1 Kwo. 28:9; Mat. 22:37). Nou konnen prensip Jewova yo jis e nou fikse lespri nou sou sa ki fè Papa nou ki nan syèl la plezi. Piske nou renmen l, anvan nou pran yon desizyon, nou toujou chèche konn volonte l. Konsa, nou montre nou fidèl. w19.02 3 § 4-5.
Samdi 7 novanm
Pwoteje kè w. — Pwo. 4:23.
Chak fwa nou wè byenfè nou jwenn lè nou fè sa k bon, sa fè nou gen plis lafwa (Jak 1:2, 3). Nou santi nou byen paske nou te fè Jewova santi l fyè pou l rele nou pitit li, e nou vin plis anvi fè l plezi (Pwo. 27:11). Konsa, chak fwa nou devan yon eprèv, sa ban nou posiblite pou nou montre se pa ak de kè n ap sèvi Papa nou an ki gen sousi pou nou (Sòm 119:113). Okontrè, nou montre nou renmen Jewova ak tout kè nou, e nou pran detèminasyon pou nou obeyi kòmandman l yo e pou n fè volonte l ak tout kè nou (1 Wa 8:61). Èske n ap fè erè? Wi, paske nou enpafè. Si nou fè erè, sonje egzanp wa Ezekyas. Li menm tou li te fè erè. Men, li te repanti e li te kontinye sèvi Jewova “ak tout kè” l (Eza. 38:3-6; 2 Kwo. 29:1, 2; 32:25, 26). Kidonk, se pou nou fè tout sa n kapab pou n pa kite Satan kòwonp nou ak fason l panse. Men, ann priye pou n gen “yon kè ki obeyisan” e pou n kontinye ret fidèl ak Jewova. — 1 Wa 3:9; Sòm 139:23, 24. w19.01 18-19 § 17-18.
Dimanch 8 novanm
Pa mwayen li, annou toujou bay Bondye louwanj kòm sakrifis, sa vle di, annou fè deklarasyon piblik pou non l ak pawòl k ap sot nan bouch nou. — Ebre 13:15.
Lè nou fè kòmantè, sa fè nou jwenn byenfè (Eza. 48:17). Nan ki sans? Premyèman, si nou gen objektif pou nou fè yon kòmantè, sa fè nou plis chofe pou nou byen prepare reyinyon an. Lè nou byen prepare, nou vin pi byen konprann Pawòl Bondye a. E plis nou byen konprann li, se plis n ap ka byen aplike sa n aprann yo. Dezyèmman, lè nou fè kòmantè, sandout n ap pi byen pwofite reyinyon yo. Twazyèmman, kòm fè kòmantè mande efò, byen souvan, nou kontinye sonje sa n te di nan kòmantè nou te fè a byen lontan apre reyinyon an. Mete sou sa, nou fè Jewova kontan lè nou pale de lafwa nou. Nou mèt gen asirans Jewova tande kòmantè nou fè yo e li vrèman apresye efò nou fè pou nou fè kòmantè nan reyinyon yo (Mal. 3:16). Li montre jan li bay sa valè lefètke l beni nou lè nou fè tout sa n kapab pou n fè l plezi (Mal. 3:10). Sa klè, nou gen bonjan rezon pou nou fè kòmantè nan reyinyon yo. w19.01 8 § 3; 9-10 § 7-9.
Lendi 9 novanm
Gen degoutans pou sa ki mal, rete atache ak sa ki byen. — Wom. 12:9.
Jewova montre li gen anpil sajès nan fason li boule ak sèvitè l yo. Li pa plede ban nou yon pil ak yon pakèt lwa. Okontrè, li pran pasyans avèk nou pou l anseye nou fason pou n suiv lwa lanmou an. Li vle nou suiv prensip li yo epi rayi sa ki mal. Diskou Jezi te bay sou mòn nan se yon bèl egzanp nan sans sa a paske l te esplike sa ki mennen nan move aksyon (Mat. 5:27, 28). Antanke Wa nan Wayòm Bondye a, nan monn nouvo a, Kris pral kontinye anseye nou pou nou wè sa ki byen ak sa ki mal jan li menm li wè yo (Ebre 1:9). Epitou, li pral fè lespri nou ak kò nou vin pafè. Imajine jan sa pral ye lè nou pap gen tantasyon pou nou fè sa ki mal ak lè nou pap soufri ankò akoz move efè peche gen sou nou! Finalman, nou pral gen “libète [Jewova pwomèt nou an] nan laglwa”. (Wom. 8:21.) Nòmalman, nou pap janm gen yon libète total. Si nou kite se lanmou ki gide nou nan fason nou sèvi ak libète nou, n ap rive byen sèvi ak libète nou genyen an. — 1 Jan 4:7, 8. w18.12 23 § 19-20.
Madi 10 novanm
Se pou l ekri yon papye divòs ba li e se pou l fè l kite kay li a. — Det. 24:1.
Yon gason Izrayelit te ka divòse ak madanm li si l te “jwenn yon bagay nan li ki pa kòrèk”. Lalwa pa t di ki sa bagay ki “pa kòrèk” la ye. Sandout se te yon bagay ki te fè moun wont oubyen ki te grav (Det. 23:14). Malerezman, rive nan epòk Jezi a, anpil Juif te konn divòse “pou nenpòt rezon”. (Mat. 19:3.) Nou pa t ap renmen aji menm jan ak yo. Pwofèt Malachi te fè konnen fason Bondye wè divòs. Li te fè sa nan yon epòk kote byen souvan gason yo te konn aji an trèt lè yo divòse ak ‘madanm yo te marye avè l depi yo jèn nan’. Petèt yo te fè sa pou y al marye ak yon fi payen ki pi jèn. Men sa Malachi te di sou fason Bondye wè bagay yo: “Mwen rayi divòs.” (Mal. 2:14-16). Sa te ann amoni ak sa Pawòl Bondye a te di sou premye maryaj la. Li te di: “[Yon gason] pral atache ak madanm li, e y ap vin yon sèl chè.” (Jen. 2:24). Jezi te soutni pwennvi Papa l gen sou maryaj la. Li te di: “Sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l.” — Mat. 19:6. w18.12 11 § 7-8.
Mèkredi 11 novanm
Rekòt la anpil, men pa gen anpil travayè. — Mat. 9:37.
Sitiyasyon kèk frè ak sè pèmèt yo ofri tèt yo pou y al sèvi kote ki byen lwen. Yo montre yo gen menm atitid ak pwofèt Ezayi. Lè Jewova te mande l: “Kiyès m ap voye, e kiyès ki prale pou nou?”, li te reponn: “Men mwen! Voye m!” (Eza. 6:8). Èske w anvi reyaji menm jan an devan bezwen ki gen nan òganizasyon Bondye a e lè sitiyasyon w pèmèt ou fè sa? Men sa Jezi te di konsènan travay predikasyon an ak fè disip la: “Kidonk, priye Mèt rekòt la pou l voye travayè nan rekòt li a.” (Mat. 9:38). Èske w ka al sèvi nan yon tèritwa kote ki gen anpil bezwen, petèt antanke pyonye? Oswa, èske w ka ede yon lòt moun fè sa? Gen anpil frè ak sè ki panse pi bon fason pou yo montre lanmou pou Bondye ak pwochen yo se lè y al sèvi kòm pyonye nan kèk zòn oswa nan kèk tèritwa kote yo bezwen plis moun pou travay nan rekòt la. Èske w wè lòt fason w ka chèche fè plis nan sèvis ou? Kè w ap kontan anpil lè w fè sa. w18.08 27 § 14-15.
Jedi 12 novanm
Se pou fason n ap viv pa gen lanmou pou lajan ladan l. Kontante nou ak sa nou genyen. — Ebre 13:5.
Nan Evanjil yo nou jwenn enfòmasyon ki klè konsènan fason Jewova wè bagay materyèl. Se Bondye menm ki te chwazi moun ki t ap vin paran Pitit gason l lan e ki t ap pran swen l, li te chwazi yon mari ak yon madanm ki pa t gen gwo mwayen (Lev. 12:8; Lik 2:24). Lè Jezi fèt, Mari te “mete l yon kote yo konn bay bèt manje, paske yo pa t jwenn kote pou yo rete”. (Lik 2:7.) Si Jewova te vle li te ka bay Pitit gason l lan yon pi bon kote pou l rete, e l te ka fè sa plizyè fason. Men, sa k te pi enpòtan pou Jewova se te fason paran Jezi yo t apral pran swen l nan domèn espirityèl. Istwa sa a nou jwenn nan Bib la ede n wè fason Jewova konsidere bagay materyèl. Gen kèk paran ki vle pou pitit yo gen pi bon bagay yo nan domèn materyèl, menmsi sa ka gen move efè sou relasyon timoun yo ak Jewova. Sepandan, li klè, pou Jewova se bagay espirityèl ki gen plis enpòtans. Èske w wè bagay yo menm jan ak Jewova? Ki sa aksyon nou montre? w18.11 24 § 7-8.
Vandredi 13 novanm
Byennere pèp ki gen Jewova kòm Bondye l la. — Sòm 144:15.
Bondye, Sila a ki fè moun gen kè kontan an, vle n gen kè kontan e li ban nou anpil rezon pou nou rejwi (Det. 12:7; Ekl. 3:12, 13). Jodi a, li ka difisil pou moun gen kè kontan. Sa k fè sa? Gen evènman ki bay strès ki ka fè n pa gen kè kontan, tankou lè yon moun nou renmen mouri oswa l eskominye, lè n ap fè fas ak divòs oswa lè n pèdi travay nou. Nou ka pa santi n byen akoz mezantant nan fanmi n e lè moun nan fanmi n sispann kominike nan lapè, akoz kòlèg travay nou oswa kamarad lekòl nou k ap pase n nan rizib, akoz pèsekisyon n ap sibi poutèt relijyon oswa akoz nou nan prizon. Sante n ka ap bese, nou ka gen yon maladi ki pa gen tretman oswa n ka fè depresyon. Jezi Kris, “Sila a ki gen kè kontan an e ki sèl Chèf la”, te pran plezi rekonfòte moun e pou l fè kè yo kontan (1 Tim. 6:15; Mat. 11:28-30). Nan Diskou Jezi te bay sou mòn nan, li te pale konsènan yon pakèt kalite ki ka ede n gen kè kontan malgre gwo eprèv ki gen nan monn Satan an. w18.09 17-18 § 1-3.
Samdi 14 novanm
Pa filange kò nou e pa grate sousi nou poutèt yon moun ki mouri. — Det. 14:1.
Abandone koutim ak pratik ki pa ann amoni ak Bib la kapab youn nan pri ki pi difisil pou yon moun peye pou laverite (Pwo. 23:23). Byenke kèk moun ka twouve l fasil pou yo aksepte rezon Ekriti yo bay pou n abandone pratik sa yo, gen lòt moun ki ka ezite peye pri sa a akoz presyon fanmi yo, kòlèg travay yo ak zanmi pwòch yo ap fè sou yo. Gen sitiyasyon kote bagay yo ka vin pi stresan, sitou si se yon koutim pou onore manm fanmi ki mouri. Egzanp ki demontre kouraj lòt moun bay ka ede n fè chanjman ki nesesè yo. Ki sa kretyen ki te fèk konvèti nan vil Efèz yo e ki te konn pratike maji yo te fè pou yo te ka abandone pratik ki pa ann amoni ak Ekriti yo e pou yo te achte laverite? Men sa Bib la esplike: “[Yo] te rasanble liv maji yo te genyen yo, e yo te boule yo devan tout moun. Yo te kalkile pri yo te koute, e yo jwenn yo te vo 50 000 pyès ann ajan (Tra. 19:19, 20). Kretyen ki fidèl yo te fè gwo sakrifis sa a e yo te jwenn benediksyon ki san parèy. w18.11 7 § 15-16.
Dimanch 15 novanm
Lè yo te fin sikonsi tout gason nan nasyon an, yo te rete kote yo te ye nan kan an jiskaske yo geri. — Joz. 5:8.
Yon ti tan apre pèp Izrayèl la fin travèse Rivyè Jouden an, Jozye rankontre yon mesye ki te gen yon epe nan men l. Se pa t lòt moun, se te “chèf lame Jewova a” ki te pare pou l defann pèp Bondye a (Joz. 5:13-15). Jozye te resevwa enstriksyon ki klè nan men zanj ki t ap gide l la sou fason pou l pran vil Jeriko. Okòmansman, kèk nan enstriksyon yo te ka pa parèt kòm yon bon estrateji. Pa egzanp, Jewova te bay lòd pou tout gason yo sikonsi, sa ki t ap fè yo pa ka fè anyen pandan plizyè jou (Jen. 34:24, 25; Joz. 5:2). Petèt, sòlda izrayelit sa yo ki te san defans te ka ap mande tèt yo ki fason yo t ap pwoteje fanmi yo si ènmi ki konn fè lagè ta anvayi kan yo a. Men, bridsoukou, te gen yon nouvèl ki fè konnen “yo te fèmen vil Jeriko byen fèmen” akoz Izrayelit yo (Joz. 6:1). Èske fason evènman yo te chanje sanzatann nan pa t ap fè yo vin gen plis konfyans nan direksyon Bondye bay? w18.10 23 § 5-7.
Lendi 16 novanm
Sa n ap fè konsa a, mesye? Nou menm tou, nou se moun ki gen menm feblès ak nou. — Tra. 14:15.
Ki jan n ka chèche gen bonjan imilite menm jan ak Pòl? Toudabò, nou dwe reziste devan nenpòt tantasyon pou n atann moun fè elòj pou nou pou sa n rive akonpli grasa fòs Jewova oswa pou n aksepte sa. L ap bon pou nou chak mande tèt nou: ‘Ki jan m wè moun m ap preche yo? San m pa rann mwen kont, èske m ka montre m nan paspouki ak kèk moun jan moun nan zòn m ap viv la abitye fè sa?’ Erezman, toupatou nan monn nan, Temwen Jewova yo byen egzamine tèritwa yo pou yo wè si toujou gen lòt moun k ap byen reyaji devan bon nouvèl la. Pafwa, sa ka mande pou yo aprann lang ak koutim moun sosyete a pa bay enpòtans an jeneral. Temwen yo pa dwe konsidere yo siperyè moun sa yo. Okontrè, yo chèche konprann chak moun yon fason pou yo fè mesaj Wayòm nan touche kè yo. w18.09 5 § 9, 11.
Madi 17 novanm
Jida, moun Galile, te parèt, e li te rale moun dèyè l. — Tra. 5:37.
Women yo te egzekite Jida. Anplis bann fanatik sa yo, pifò Juif t ap tann avèk enpasyans pou yon mesi vin parèt nan domèn politik. Sa vle di, yo t ap tann lè Mesi a vini, li t ap fè nasyon yo a jwenn glwa e l t ap libere yo anba jouk Wòm (Lik 2:38; 3:15). Gen anpil nan yo ki te kwè Mesi a t ap tabli yon wayòm ann Izrayèl. Lè sa t ap rive, plizyè milyon Juif ki te gaye toupatou t ap retounen nan peyi yo. Sonje sa Jan ki te konn batize moun nan te mande Jezi yon lè: “Èske w se Moun ki te gen pou vini an, oubyen èske nou dwe tann yon lòt moun?” (Mat. 11:2, 3). Petèt Jan te vle konnen si se yon lòt moun ki t ap vin reyalize tout bagay Juif yo t ap tann yo. De disip ki te rankontre Jezi sou wout Emayis apre l te fin resisite a te gen kèk bagay yo t ap tann tou konsènan Mesi a ki pa t reyalize (Lik 24:21). Kèk tan annapre, apot Jezi yo te mande l: “Seyè, èske se nan tan sa a w ap met wayòm Izrayèl la sou pye ankò?” — Tra. 1:6. w18.06 4 § 3-4.
Mèkredi 18 novanm
Moun ki pa konprann anyen an kwè tout sa moun di. — Pwo. 14:15.
Nou bezwen sitou fè atansyon lè n tande yon seri rapò sou pèp Jewova a. Nou pa dwe janm bliye Satan se sila a k ap akize sèvitè fidèl Bondye yo (Rev. 12:10). Se sa k fè Jezi te avèti n opozan yo t ap gen pou yo “di tout kalite move bagay ki pa vre” sou nou (Mat. 5:11). Si n pran avètisman sa a oserye, nou pap sezi lè n tande rapò ki chokan sou pèp Jewova a. Èske w renmen voye imel oswa mesaj tèks bay zanmi w oswa moun ou konnen? Si se wi, lè w wè yon istwa ki fèk parèt nan medya yo oswa w tande yon eksperyans ki fèk fèt, ou gendwa santi w menm jan ak yon jounalis ki ta renmen se li an premye ki rapòte yon istwa ki enteresan. Sepandan, anvan w voye mesaj tèks sa a oswa imel sa a, mande tèt ou: ‘Èske m sèten enfòmasyon sa a m pral gaye a se laverite? Èske se vre m gen tout enfòmasyon yo?’ Si w pa sèten, ou gendwa ap gaye move enfòmasyon pami frè ak sè yo san w pa rann ou kont. Si w gen dout, peze bouton efase a, pa peze bouton voye a. w18.08 3 § 3; 4 § 6-7.
Jedi 19 novanm
Pran abitid bay, e moun ap ban nou. — Lik 6:38.
Jezi vle n gen kè kontan lè n renmen bay. Gen anpil moun ki byen reyaji lè moun ba yo yon bagay. Se vre se pa tout moun ki byen reyaji lè n ba yo yon bagay, men, lè moun yo byen reyaji, rekonesans yo demontre a ka pouse yo bay tou. Kidonk, ann kontinye renmen bay, kit moun yo demontre rekonesans kit yo pa demontre sa. Nou pa janm konnen ki kantite byen nou ka fè grasa yon sèl jès ki montre n renmen bay. Moun ki renmen bay toutbon yo pa bay pou yo jwenn yon bagay anretou. Jezi te gen sa nan lespri l lè l te di: “Lè w ap òganize yon resepsyon, envite moun ki pòv, moun ki domaje, moun k ap bwete oswa ki avèg, e w ap kontan, paske yo pa gen mwayen pou yo remèt ou sa.” (Lik 14:13, 14). Gen youn nan moun Bondye te enspire yo ki te di: “Moun ki renmen bay ap jwenn benediksyon.” Gen yon lòt ki te di: “Byennere moun ki pran ka moun ki ba yo.” (Pwo. 22:9; Sòm 41:1). Vrèmanvre, nou dwe bay paske nou jwenn anpil satisfaksyon lè n ede lòt moun. w18.08 21-22 § 15-16.
Vandredi 20 novanm
Fè Jewova konfyans ak tout kè w, e pinga w konte sou entèlijans ou. Sonje l nan tout sa w ap fè, e l ap fè tout bagay mache byen nan lavi w. — Pwo. 3:5, 6.
Jodi a, li difisil pou yon moun gen tout enfòmasyon yo e pou l byen egzamine yo akoz gen yon kantite enfòmasyon ki pa fin kòrèk, nouvèl ki pa fin verite, e akoz enpèfeksyon nou. Ki sa k pral ede n nan travay difisil sa a? Nou dwe konn prensip ki nan Bib la e n dwe aplike yo. Youn nan prensip sa yo aprann nou se bagay moun sòt e se yon imilyasyon pou yon moun ki kouri reponn anvan l tande sa yo di a (Pwo. 18:13). Gen yon lòt prensip nan Bib la ki fè n sonje pou n pa dakò ak tout sa moun di san n pa poze kesyon (Pwo. 14:15). Finalman, kèlkeswa kantite eksperyans nou gen nan lavi nou antanke kretyen, nou dwe fè atansyon pou n pa konte sou entèlijans nou. Prensip ki nan Bib la ap pwoteje n si n asire n nou itilize enfòmasyon moun ka fè konfyans pou n fè bonjan konklizyon e pou pran desizyon ki gen sajès. w18.08 7 § 19.
Samdi 21 novanm
Èske nou pa ta dwe [...] soumèt nou [...] devan Papa nou ki fè nou grasa lespri li a? — Ebre 12:9.
Lè n batize nan dlo, yon fason klè, nou montre devan tout moun nou se byen Jewova e n dispoze soumèt devan l. Jezi te fè yon bagay menm jan an lè l t ap batize. Men sa l te di Jewova: “O Bondye m nan, mwen vle fè volonte w.” (Sòm 40:7, 8, nòt). Ki fason Jewova te reyaji lè Jezi te batize? Men sa Bib la di: “Apre Jezi fin batize, tousuit li monte sot anba dlo a, syèl la ouvri, e Jan wè lespri Bondye k ap desann vin sou Jezi sou fòm yon pijon. Epitou, gen yon vwa ki soti nan syèl la ki di: ‘Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a.’” (Mat. 3:16, 17). Aktout Jezi te deja byen Papa l ki nan syèl la, Jewova te kontan wè jan Pitit Gason l lan te dispoze fè volonte l sèlman. Menm jan an tou, Jewova kontan aksepte ve nou fè a e l ap onore nou lè l beni nou. — Sòm 149:4. w18.07 23 § 4-5.
Dimanch 22 novanm
Èske se nan mas wòch sa a pou nou fè dlo soti pou nou? — Nonb 20:10.
Lè Moyiz te di “nou” an, petèt li t ap pale de li menm ak Arawon. Pawòl sa yo te montre yon gwo mank respè pou Jewova antanke Sila a ki te fè mirak sa a. Sanble posiblite sa a parèt nan sa n li nan Sòm 106:32, 33 a ki di: “Yo te pwovoke L bò dlo Meriba yo. Konsa, yo te lakòz Moyiz tonbe nan pwoblèm. Kòm yo te fè l fache anpil, li te pale mal ak bouch li.” (Nonb 27:14). Kèlkeswa jan sa te ye, sa Moyiz te fè a te lakòz pèp la pa t bay Jewova onè l te merite. Men sa Jewova te di konsènan Moyiz ak Arawon: “Nou de a te dezobeyi lòd mwen te ban nou” an (Nonb 20:24). Se yon peche ki te grav anpil! Anvan sa, Jewova pa t kite tout yon jenerasyon Izrayelit antre nan peyi Kanaran akoz yo te fè rebèl (Nonb 14:26-30, 34). Donk, li te apwopriye e l te jis pou Jewova te fè menm jijman sa a kont Moyiz akoz zak rebelyon l te fè a. Jewova pa t kite l antre nan Peyi l te pwomèt la. w18.07 14 § 9, 12; 15 § 13.
Lendi 23 novanm
Li pi bon pou w pa manje vyann oswa pou w pa bwè diven oubyen pou w pa fè anyen ki kapab fè frè w bite. — Wom. 14:21.
Èske w t ap dispoze pase sou kèk bagay ou gen dwa fè si w ta konnen sa ap anpeche yon frè ki pa gen menm konsyans avè w bite? Sandout ou t ap fè sa. Gen kèk nan frè nou yo ki te konn bwè anpil bwason ki gen alkòl anvan yo te vin nan laverite, men kounye a, yo pran detèminasyon pou yo pa bwè ditou. Se sèten, okenn nan nou pa t ap vle fè anyen k ap lakòz yon frè retounen nan bagay li te konn fè yo, e konsa, pou l ta vin gen gwo pwoblèm (1 Kor. 6:9, 10)! Kidonk, yon moun k ap resevwa yon frè pa t ap montre l gen lanmou si l ta fòse l bwè bwason ki gen alkòl alòske frè a di l li pap bwè. Byenke Timote te petèt nan fen adolesans li oswa nan kòmansman ventèn li, antanke jèn, li te dakò yo sikonsi l, yon bagay ki fè mal, yon fason pou l pa t fè Juif ki t apral preche avè l yo bite. Li te gen menm atitid ak apot Pòl (Tra. 16:3; 1 Kor. 9:19-23). Menm jan ak Timote, èske w dispoze fè kèk sakrifis pou byennèt lòt moun? w18.06 18-19 § 12-13.
Madi 24 novanm
M ap fè pèp yo pale yon lang ki pwòp. — Sof. 3:9.
Jewova rale yon seri moun vini e li kite yo vin fè pati fanmi li. Li atire moun ki gen kè sensè yo avèk dousè vin nan vrè adorasyon an (Jan 6:44). Lè w fèk rankontre yon moun ki pa nan laverite, ki sa w konn sou li? Bon, ou ka konn non l, men petèt ou pa vrèman konn anyen sou moun sa a. Se pa menm bagay la lè w fèk rankontre yon moun ki konnen Jewova e ki renmen l. Menm lè moun sa a pa gen menm edikasyon avè w, menm lè l sot nan yon lòt peyi, yon lòt tribi oswa li gen yon lòt kilti, gen anpil bagay ou deja konnen sou li e li deja konnen sou ou! Pa egzanp, n ap rann nou kont nou pale “lang ki pwòp” la, anpalan de laverite. Konsa, nou konnen nan ki sa nou kwè: sa nou konnen sou Bondye, ki prensip n ap suiv, ki esperans nou genyen, ak anpil lòt bagay ankò. Èske bagay sa yo se pa bagay ki pi enpòtan w ka konnen sou yon moun, bagay ki ka fè w gen konfyans nan li? Mete sou sa, se bagay sa yo ki fè nou ka vin gen bon zanmi ki pap lage nou. w18.12 21 § 9-10.
Mèkredi 25 novanm
Si nou pa [...] sikonsi, nou pap ka sove. — Tra. 15:1.
Anba direksyon Kris, kolèj santral la te fè konnen aklè kretyen ki pa Juif yo pa bezwen sikonsi (Tra. 15:19, 20). Sepandan, plizyè ane apre yo te fin pran desizyon sa a, gen anpil Juif ki kwayan ki te kontinye sikonsi pitit yo. Men, nou ka ap mande tèt nou: ‘Poukisa Jezi te kite kesyon sa a rete san regle pandan tout tan sa a piske lanmò l te aboli Lwa Moyiz la?’ (Kol. 2:13, 14). Pou kèk moun, sa mande tan pou yo rive adapte yo ak yon esplikasyon ki nouvo. Juif ki kretyen yo te bezwen ase tan pou yo adapte pwennvi yo (Jan 16:12). Gen kèk ladan yo ki te twouve l difisil pou yo dakò sikonsizyon pa yon siy ki montre moun gen relasyon espesyal ak Bondye ankò (Jen. 17:9-12). Gen lòt, piske yo te pè pou yo pa pèsekite yo, yo te renka pou yo pa parèt diferan nan kominote juif yo (Gal. 6:12). Men, rive yon lè, Kris te bay plis konsèy pa mwayen lèt Bondye te enspire Pòl pou l ekri yo. — Wom. 2:28, 29; Gal. 3:23-25. w18.10 24-25 § 10-12.
Jedi 26 novanm
Kayif [...] te bay Juif yo konsèy lè l te di yo li nan enterè yo pou yon sèl moun mouri pou pèp la. — Jan 18:14.
Kayif te voye sòlda al arete Jezi lannuit. Piske Jezi te konnen yo t ap fè vye konplo sa a sou do l, nan dènye soupe li te gen ak apot li yo, li te mande yo mache ak kèk epe. De epe t ap sifi pou l te aprann yo yon leson ki enpòtan anpil (Lik 22:36-38). Pita nan menm nuit sa a, Pyè te sèvi ak yon epe pou l atake yon moun nan foul la. Sandout li te fache anpil akoz enjistis yo te fè Jezi lefètke yo te vin arete l nan nuit (Jan 18:10). Sepandan, Jezi te di Pyè: “Mete epe w la nan plas li, paske tout moun ki pran epe ap peri anba epe.” (Mat. 26:52, 53). Kokennchenn leson sa a te ann amoni ak priyè Jezi te fè yon ti tan anvan sa nan menm nuit lan, sètadi yo pa dwe fè pati monn nan (Jan 17:16). Yo te dwe kite kesyon lite kont enjistis la nan men Bondye. Konsa, nou kontinye gen lapè ak tèt ansanm. Lè Jewova ap gade jan gen divizyon nan monn n ap viv la, kè l dwe kontan lè l wè jan gen tèt ansanm pami pèp li a. — Sof. 3:17. w18.06 7 § 13-14, 16.
Vandredi 27 novanm
Dragon an vin fache anpil kont fi a, e l al fè lagè ak rès desandans fi a. — Rev. 12:17.
Anplis pyèj Satan tann pou nou yo, li eseye fè presyon sou nou pou n fè konpwomi ak fidelite nou devan Jewova. Pa egzanp, li ka manipile gouvènman yo pou yo entèdi travay predikasyon nou an. Oswa l ka pouse kòlèg travay nou oubyen kamarad lekòl nou pase nou nan rizib paske n vle kite prensip moral ki nan Bib la dirije lavi nou (1 Pyè 4:4). Mete sou sa, li ka enfliyanse moun nan fanmi nou ki gen bon entansyon pou yo dekouraje n asiste reyinyon yo (Mat. 10:36). Ki jan n ka fè fas ak sa? Toudabò, nou dwe atann n ap jwenn kalite atak dirèk sa yo, paske Satan ap fè lagè kont nou (Rev. 2:10). Ansuit, nou bezwen chèche wè pi gwo kesyon ki kache dèyè pwoblèm sa yo, sètadi Satan fè konnen se sèlman lè sa fasil n ap sèvi Jewova. Li fè konnen n ap vire do bay Bondye si n jwenn presyon (Jòb 1:9-11; 2:4, 5). Pou fini, nou dwe konte sou Jewova pou n jwenn fòs pou n fè fas ak pwoblèm nan. Sonje sa, li pap janm abandone nou. — Ebre 13:5. w18.05 26 § 14.
Samdi 28 novanm
Ou pa konnen kiyès ladan yo k ap leve. — Ekl. 11:6.
Menmsi mesaj Wayòm nan n ap preche a ta sanble pa touche kè moun yo, nou pa dwe souzestime enpak travay simen nou an genyen. Nou rekonèt gen anpil moun ki pa koute n, men k ap gade nou. Yo remake nou gen abiman ki kòrèk, nou gen bon konpòtman e nou gen souri ki sensè sou vizaj nou. Rive yon lè, konduit nou ka ede kèk moun wè move pwennvi yo gen sou nou yo ka pa kòrèk ditou. Men sa Sergio ak Olinda, de pyonye, fè konnen: “Akoz maladi, nou pa t ale nan zòn nan pandan yon tan. Lè n te tounen, moun ki t ap pase yo te di n: ‘Sa n te genyen? Nou te sonje nou.’” Vrèmanvre, depi n “[pa] bay men [nou] repo” nan travay simen semans Wayòm nan, nou jwe yon wòl enpòtan nan bay “yon temwayaj pou tout nasyon”. (Mat. 24:14.) Mete sou sa, nou gen anpil kè kontan lefètke n konnen nou gen apwobasyon Jewova, paske li renmen tout moun ki “bay fwi avèk andirans”! — Lik 8:15. w18.05 16 § 16-18.
Dimanch 29 novanm
Louwanj pou [...] Bondye, [Sila a] ki ankouraje nou nan tout eprèv nou yo. — 2 Kor. 1:3, 4, nòt.
Depi lè lèzòm fin tonbe nan peche e yo vin enpafè, Jewova montre l se yon Bondye ki konn bay ankourajman. Byen vit apre rebelyon ki te fèt ann Edenn nan, li te bay desandan Adan t apral genyen yo rezon pou yo pran kouraj. Pwofesi nou jwenn nan Jenèz 3:15 lan, t ap bay lèzòm espwa “premye sèpan an”, anpalan de Satan Ledyab, ansanm ak tout bagay mal li yo gen pou yo detwi (Rev. 12:9; 1 Jan 3:8). Noye, youn nan sèvitè Jewova yo, t ap viv nan yon monn ki pa t gen respè pou Bondye e se sèl moun nan fanmi l ki t ap adore Jewova. Piske vyolans ak imoralite seksyèl t ap vin pi plis nan epòk li a, Noye te ka vin dekouraje (Jen. 6:4, 5, 9, 11; Jid 6). Men, Jewova te di Noye Li t apral detwi monn mechan sa a e l te ba l enstriksyon sou sa l te dwe fè pou l met fanmi l an sekirite (Jen. 6:13-18). Jewova te montre Noye li se yon Bondye ki konn bay ankourajman. w18.04 15 § 1-2.
Lendi 30 novanm
Se pou youn kontinye ankouraje lòt e se pou youn kontinye fòtifye lòt, menm jan nou deja ap fè sa. — 1 Tes. 5:11.
Nou t ap fè yon erè si n ta panse nou pa ka bay ankourajman paske n pa twò fò nan kominike ak lòt moun. Sa pa mande anpil bagay pou n ankouraje yon moun, petèt nou ka annik ba l yon bèl souri lè n ap salye l. Si moun nan pa souri avè n, sa ka vle di l gen yon pwoblèm, e si n jis koute l, sa ka fè l jwenn konsolasyon (Jak 1:19). Nou tout ka ankouraje yon frè oswa yon sè ki bezwen konsolasyon. Men sa wa Salomon te ekri: “Lè yon moun di yon pawòl nan moman l dwe di l la, se pa ti bon sa bon! Yon moun ki kontan wè w fè kè w kontan. Yon bon nouvèl bay moun fòs.” (Pwo. 15:23, 30). Pòl montre lè n chante yon kantik Wayòm ansanm sa sèlman ka ban nou ankourajman (Tra. 16:25; Kol. 3:16). Li vin pi enpòtan toujou pou youn ankouraje lòt piske nou wè “se pwoche jou [Jewova] a ap pwoche”. — Ebre 10:25. w18.04 23 § 16; 24 § 18-19.