BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lff leson 29
  • Ki sa k rive yon moun lè l fin mouri?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa k rive yon moun lè l fin mouri?
  • Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FOUYE PLIS
  • SA W TE APRANN
  • APRANN PLIS
  • Ki kote mò yo ye?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Ki espwa ki genyen pou moun ki mouri yo?
    Bon nouvèl Bondye bay la!
  • Lè nou mouri, ki kote n ale?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Ki sa k rive lè yon moun mouri?
    Ou kapab vin zanmi Bondye!
Gade plis
Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
lff leson 29
Leson 29. Yon koup k ap priye devan yon tonm nan yon simityè.

LESON 29

Ki sa k rive yon moun lè l fin mouri?

Édition imprimée
Édition imprimée
Édition imprimée

Èske w deja gen yon moun pa w ki mouri? Nan yon moman difisil konsa, ou gendwa ap mande tèt ou: ‘Ki sa k rive yon moun lè l fin mouri? Èske n ap janm wè moun pa nou ki mouri yo ankò?’ Nan leson sa a ak nan leson ki vin apre a, ou pral wè bonjan repons Bib la bay ki bay bonjan konsolasyon.

1. Ki sa k rive yon moun lè l fin mouri?

Jezi te montre lè yon moun mouri, li tankou yon moun ki nan fon somèy. Lè yon moun nan fon somèy, li pa konn sa k ap pase bò kote l. Nan ki sans yon moun ki mouri menm jan ak yon moun k ap dòmi? Yon moun ki mouri pa ka soufri, li pa sonje fanmi l ak zanmi l yo, menm lè li te renmen yo anpil. Bib la di: “Moun ki mouri yo pa konn anyen ditou.” — Li Eklezyas 9:5.

2. Lè nou konn laverite sou mò yo, ki jan sa ede nou?

Anpil moun pè lanmò e yo pè mò tou. Men, lè w konnen sa Bib la di konsènan lanmò, sa kapab ba w fòs. Jezi te di: “Laverite ap libere nou.” (Jan 8:32). Se vre, anpil relijyon fè konnen moun gen yon nanm ki pa ka mouri, ki kontinye viv apre kò yo fin mouri. Men, Bib la pa anseye sa. Donk, lè yon moun fin mouri, li pa soufri. Mete sou sa, kòm moun ki mouri yo pa konn anyen, yo pa ka fè nou anyen tou. Donk, li pa nesesè pou nou eseye kalme mò yo e li pa nesesè pou nou priye pou yo.

Gen moun ki di yo ka pale ak mò. Men, sa pa posib. Jan nou sot wè sa, moun ki mouri yo pa konn anyen ditou. An reyalite, moun ki panse y ap pale ak moun pa yo ki mouri gendwa ap pale ak demon ki fè kwè yo se moun nan. Donk, lè nou konn laverite sou lanmò, sa pwoteje nou kont demon yo. Jewova di nou pou n pa eseye kominike ak moun ki mouri yo yon fason pou nou pa pran kontak ak demon, paske l konnen si nou ta pran kontak ak demon, sa pap bon pou nou. — Li Detewonòm 18:10-12.

FOUYE PLIS

Aprann plis sou sa Bib la di konsènan lanmò, epi ranfòse lafwa w nan Bondye ki se yon Bondye lanmou ki pa fè moun ki mouri soufri.

Yon mesye ak de pitit li ki piti ki chita sou yon ban nan antèman madanm li, manman timoun yo. Gen fanmi ak zanmi bò kote yo pou konsole yo.

3. Nan ki kondisyon moun ki mouri yo ye?

Toupatou sou tè a, kwayans moun yo diferan anrapò ak sa k rive lè yon moun mouri. Li klè, tout kwayans sa yo pa ka verite.

  • Ki sa moun nan zòn ou panse konsènan sa k rive yon moun lè l mouri?

Pou w ka wè sa Bib la anseye sou sa, gade VIDEYO a.

VIDEYO: Nan ki kondisyon moun ki mouri yo ye? — Yon pati nan videyo a (1:19)

Foto ki ansanm: Sèn nan videyo ki gen tit: ‘Nan ki kondisyon moun ki mouri yo ye?’ 1. Kò yon moun ki mouri sou yon kabann lopital. 2. Yon mesye k ap dòmi nan mitan de moun pandan l chita nan yon tren.

Li Eklezyas 3:20, epi reponn kesyon sa yo:

  • Selon vèsè sa a, ki sa k rive yon moun lè l mouri?

  • Èske gen yon pati nan moun sa a ki kontinye viv lè l fin mouri?

Bib la pale de lanmò Laza, yon bon zanmi Jezi. Toutpandan w ap li Jan 11:11-14, gade ki jan Jezi te pale de lanmò Laza, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ak ki sa Jezi te konpare lanmò?

  • Ki sa sa aprann nou sou sa k rive yon moun lè l mouri?

  • Ki sa w panse de fason Bib la pale de lanmò?

4. Nou jwenn byenfè lè nou konn laverite sou lanmò

Lè nou konnen laverite sou lanmò, sa fè nou pa pè mò. Li Eklezyas 9:10, epi reponn kesyon sa a:

  • Èske mò yo ka fè nou mal?

Bib la pwoteje nou tou lè l ede nou pou nou pa kwè nou bezwen kalme mò yo oubyen menm sèvi yo. Li Ezayi 8:19 ak Revelasyon 4:11, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki jan w panse Jewova konsidere yon moun k ap sèvi mò oubyen k ap chèche èd nan men yo?

Foto: Koutim ki gen rapò ak onore mò. 1. Yon mesye ajenou k ap priye devan yon tonm e ki mete manje pou mò. 2. Twa mesye nan yon menm tribi k ap danse. 3. Yon gwoup moun ki mete mask mò e ki gen tèt mò nan men yo pandan jou fèt dèmò.

Laverite sou sa k rive yon moun lè l fin mouri libere nou anba yon seri koutim ki pa fè Bondye plezi.

5. Nou santi nou soulaje lè nou konnen sa k rive moun ki mouri yo

Yo fè anpil moun konnen lè yo mouri yo pral soufri poutèt move bagay yo te fè. Men, se pa ti soulaje nou soulaje lè nou konnen pèsonn pa soufri lè l fin mouri, menmsi se te yon moun ki te konn fè peche ki grav anpil. Li Women 6:7, epi reponn kesyon sa a:

  • Jan nou wè sa nan Bib la, yon moun ki mouri peye pou peche li te fè. Nan ka sa a, èske w panse yon moun ki mouri kapab ap soufri akoz peche li te fè anvan sa?

Tank n ap aprann konn Jewova, se tank n ap rive konprann li pa t ap janm pèmèt moun ki mouri soufri. Li Detewonòm 32:4 ak 1 Jan 4:8, epi reponn kesyon sa yo:

  • Èske yon Bondye ki gen bèl kalite nou te wè nan vèsè sa yo t ap janm dakò fè moun ki mouri yo soufri?

  • Èske w pa santi w soulaje lè w konn laverite konsènan sa k rive moun ki mouri yo? Poukisa?

GEN MOUN KI DI: “M pa konn sa k pral rive m lè m fin mouri, e sa fè m pè.”

  • Ki vèsè w ka pataje ak yon moun ki panse konsa pou w ede l?

SA W TE APRANN

Lè yon moun mouri, lavi l fini. Moun ki mouri pa soufri ni yo pa ka fè moun ki vivan yo anyen.

Revizyon

  • Ki sa k rive lè yon moun fin mouri?

  • Ki jan laverite sou sa k rive yon moun lè l fin mouri ede nou?

  • Ki jan laverite sou sa k rive yon moun lè l fin mouri soulaje nou?

Objektif

APRANN PLIS

Gade ki sa mo nanm nan vle di toutbon nan Bib la.

“Ki sa nanm nan ye?” (Atik sou Entènèt)

Gade si Bondye sèvi ak lanfè pou l pini moun ki mechan yo.

Èske lanfè se yon kote toutbon kote moun ap soufri? (3:07)

Èske nou dwe pè mò?

Les esprits des morts: Peuvent-ils vous aider ou vous nuire? Existent-ils vraiment? (bwochi)

Aprann ki jan yon mesye te jwenn soulajman lè l te aprann laverite sou sa k rive yon moun lè l fin mouri.

“Mwen te enpresyone devan repons ki klè e ki lojik Bib la bay yo” (Toudegad 1ye fevriye 2015)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje