Janvye
Vandredi 1ye janvye
Ale, epi fè disip pami moun tout nasyon. — Mat. 28:19.
Tout sèvitè fidèl Bondye yo vle aprann fason yo ka “akonpli sèvis” yo ba yo fè a “nèt”. (2 Tim. 4:5.) Anfèt, travay sa a pi enpòtan, li gen plis valè e li pi ijan pase kèlkeswa lòt aktivite nou gen nan lavi a. Men, li ka difisil pou nou pase kantite tan nou ta vle a nan travay predikasyon an. Gen lòt aktivite enpòtan ki pran tan nou ak fòs nou. Nou ka oblije travay plizyè èdtan pa jou pou nou menm ak moun lakay nou jwenn sa nou bezwen pou nou viv. Nou ka ap debat anba pwoblèm maladi, depresyon, doulè nou genyen akoz laj, e nou ka ap goumen pou nou ranpli responsablite nou gen nan fanmi nou. Si akoz sitiyasyon nou, nou pa ka pase kantite tan nou ta renmen an nan sèvis Jewova, nou pa dwe dekouraje. Jezi te konnen nou chak pap ka pwodui menm kantite fwi Wayòm nan (Mat. 13:23). Jewova bay tout sa nou fè nan sèvis li anpil valè, depi nou fè tout sa n kapab. — Ebre 6:10-12. w19.04 2 § 1-3.
Samdi 2 janvye
Dyab la [...] se yon mantè e li se papa manti. — Jan 8:44.
Manti Satan bay konsènan lanmò lage vèni sou Jewova. Pami manti sa yo, gen fo ansèyman ki fè konnen moun ki mouri yo ap soufri nan dife lanfè. Se pa ti vèni ansèyman konsa lage sou Bondye! Kòman sa? Anfèt, ansèyman sa yo fè moun konprann Bondye lanmou an gen menm pèsonalite ak Dyab la (1 Jan 4:8). Ki jan sa fè w santi w? Sa k pi enpòtan an, kòman sa fè Jewova santi l? An reyalite, li rayi tout kalite mechanste (Jer. 19:5). Manti Satan bay konsènan lanmò fè moun panse li pa nesesè pou yo kwè nan sakrifis ranson Kris la (Mat. 20:28). Yon lòt manti Satan bay sèke li fè konprann moun gen yon nanm ki pa ka mouri. Si se te vre, ebyen tout moun t ap viv pou toutan. Donk, Kris pa t ap bezwen bay lavi l kòm yon ranson pou nou ka gen lavi ki pap janm fini an. Nou pa dwe bliye sakrifis Kris la se pi bèl fason Bondye montre li renmen lèzòm (Jan 3:16; 15:13). Imajine jan Jewova ak Pitit Gason l lan dwe santi yo anrapò ak ansèyman ki minimize kado sa a ki gen anpil valè! w19.04 14 § 1; 16 § 8-9.
Dimanch 3 janvye
“Kiyès ki rive konnen sa k nan panse Jewova, pou l ta di l sa pou l fè?” Men nou menm, nou gen panse Kris la. — 1 Kor. 2:16.
Ki kote n ap jwenn ansèyman Jezi yo? Nou jwenn anpil bagay Jezi te di ak anpil bagay li te fè lè l te sou tè a nan kat Evanjil yo. Nan rès Liv ki te ekri an grèk yo, n ap jwenn plis èd pou nou konprann fason Jezi wè bagay yo, paske Bondye te enspire moun ki te ekri yo a pa mwayen lespri sen e yo te gen “panse Kris”. Ansèyman Jezi yo touche tout aspè nan lavi a. Konsa, lalwa Kris la itil nou nan tout sa n ap fè lakay nou, nan travay nou oswa nan lekòl nou ak nan kongregasyon an (Gal. 6:2). Nou aprann lwa sa a lè nou li Liv ki te ekri an grèk yo e lè nou medite sou sa nou li yo. Nou obeyi lwa sa a lè nou fè efò pou n viv ann amoni ak enstriksyon, kòmandman ak prensip nou jwenn nan liv sa yo ki nan Bib la. Lè nou obeyi lalwa Kris la, se Jewova, Bondye nou an ki gen lanmou, nou obeyi e se nan li tout sa Jezi te anseye yo soti. — Jan 8:28. w19.05 3 § 6-7.
Lendi 4 janvye
Moun ki mechan ansanm ak moun ki mètdam ap vin pi mal toujou. — 2 Tim. 3:13.
Sa vrèman tris lè moun yo aji yon fason ki fè Dyab la plezi. Sepandan, Jewova toujou wè taktik Satan itilize yo. Li byen konnen jis nan ki pwen n ap soufri, e li ka ban nou konsolasyon nou bezwen. Se yon benediksyon sa ye lefètke n ap sèvi “Bondye tout konsolasyon an, ki konsole nou nan tout eprèv nou yo, yon fason pou nou ka konsole moun ki nan tout kalite eprèv grasa konsolasyon nou menm nou jwenn nan men Bondye”. (2 Kor. 1:3, 4.) Moun ki plis bezwen konsolasyon se moun paran yo pa t pwoteje yo pou moun pa fè abi seksyèl sou yo, oswa moun ki viktim abi seksyèl anba men moun ki pwòch yo. David, youn nan moun ki te ekri sòm yo, te konnen se sou Jewova nou plis bezwen konte pou nou jwenn konsolasyon (Sòm 27:10). David te gen konfyans Jewova ap vin yon Papa pou moun fanmi yo pa t pwoteje yo. Ki jan Jewova fè sa? Li itilize sèvitè fidèl li yo sou tè a. Frè n ak sè n yo nan kongregasyon an tankou yon fanmi pou nou. Pa egzanp, Jezi te di moun ki vin adore Jewova menm jan avè l yo se frè l, sè l ak manman l. — Mat. 12:48-50. w19.05 15-16 § 8-9.
Madi 5 janvye
Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo. — Flp. 1:10.
Ki sa nou dwe bay priyorite lè n ap etidye? Se sèten nou dwe pase yon kantite tan chak jou ap etidye Pawòl Bondye a. Yo diminye pòsyon lekti Labib kongregasyon an dwe li chak semèn nan yon fason pou nou jwenn plis tan pou nou medite sou sa nou li a e pou nou fè lòt rechèch. Objektif nou se pa ta dwe annik li tout pòsyon yo bay la, men, pou n kite mesaj ki nan Bib la touche kè nou. Konsa, n ap vin pi pwòch Jewova (Sòm 19:14). Etid Toudegad yo fè nan reyinyon yo la pou ede nou konprann Bib la. Kidonk, byen egzamine vèsè yo, sitou vèsè yo pral li lè y ap egzamine atik la nan kongregasyon an. Pran bonjan nòt sou rapò mo kle yo oswa ekspresyon ki nan vèsè yo genyen ak ide y ap egzamine nan paragraf la. Mete sou sa, pran tan pou w medite sou vèsè w ap li yo, epi reflechi sou fason w ka aplike yo nan lavi w. — Joz. 1:8. w19.05 27 § 5; 28 § 9.
Mèkredi 6 janvye
Manje pa m se fè volonte Sila a ki voye m nan e se fin fè travay li ban m fè a. — Jan 4:34.
Jezi kite yon bèl egzanp nan fason li te konsidere travay predikasyon an. Sa k te pi enpòtan nan lavi l se pale konsènan Wayòm Bondye a. Li te konn fè plizyè santèn kilomèt ap mache pou l preche kantite moun li kapab. Li te pwofite tout okazyon li jwenn pou l pale ak moun li jwenn lakay yo oswa nenpòt lòt kote. Jezi te bay travay predikasyon an priyorite nan lavi l. Nou ka imite Kris lè nou chèche okazyon pou nou pale konsènan bon nouvèl la nenpòt lè sa posib ak nenpòt kote nou kapab. Nou dispoze vag sou kèk avantaj pèsonèl pou nou patisipe nan travay predikasyon an (Mak 6:31-34; 1 Pyè 2:21). Gen kèk moun nan kongregasyon an ki kapab sèvi kòm pyonye espesyal, pyonye pèmanan oswa pyonye oksilyè. Gen lòt ki aprann yon lòt lang oswa ki deplase al viv nan zòn ki bezwen plis pwoklamatè. Sepandan, gen pwoklamatè Wayòm nan ki pa ka fè tout sa, men yo fè yon bon pati nan travay predikasyon an e yo fè tout sa yo kapab. Kit nou ka fè anpil kit nou pa ka fè anpil, Jewova pa mande nou fè plis pase sa nou ka fè. w19.04 4 § 7-8.
Jedi 7 janvye
Se pou pawòl ki sot nan bouch mwen ak refleksyon m ap fè nan kè m fè w plezi, o Jewova. — Sòm 19:14.
Mande tèt ou: ‘Èske m gen tras jalouzi oswa anvi nan kè m?’ (1 Pyè 2:1). ‘Èske m santi mwen pi bon pase lòt moun akoz kote m soti, edikasyon mwen resevwa, oswa kantite kòb mwen genyen?’ (Pwo. 16:5). ‘Èske m meprize moun ki pa nan menm ran sosyal avè m oswa ki pa menm ras avè m?’ (Jak 2:2-4). ‘Èske m santi sa monn Satan an ofri yo bèl nan je m?’ (1 Jan 2:15-17). ‘Èske m santi detant ki gen imoralite ak vyolans yo atire m?’ (Sòm 97:10; 101:3; Amòs 5:15). Repons kesyon sa yo ka ede nou wè ki kote nou bezwen amelyore. Moun nou chwazi kòm zanmi gen gwo enfliyans sou nou (Pwo. 13:20). Nan travay nou oswa nan lekòl nou, petèt, nou an kontak ak moun ki pap ede nou vin gen panse Bondye. Men, pi bon zanmi yo se lè n al nan reyinyon nou ka jwenn yo. Se la n ap ka jwenn moun k ap pouse nou gen “lanmou” e k ap pouse nou “fè bèl aksyon”. — Ebre 10:24, 25. w19.06 12 § 13-14.
Vandredi 8 janvye
Se yon bèl bagay lè l padone bagay mal yo fè l. — Pwo. 19:11.
Jewova pa t vle pou youn nan nou jodi a gen pwoblèm ki bay strès. Donk, si yon sèvitè Jewova ki fidèl di pawòl san reflechi lè l anba gwo strès, nou ka konprann sa (Jòb 6:2, 3). Menmsi li ta di pawòl ki pa sa sou Jewova oswa sou nou, nou pa dwe kouri fache avè l oswa kouri jije l pou sa l di a. Pafwa, yon moun k ap fè fas ak yon pwoblèm ki bay strès ka bezwen kèk konsèy tou (Gal. 6:1). Ki jan ansyen yo ka fè sa? L ap bon si yo imite Eliyou, li menm ki te koute Jòb e ki te montre li vrèman mete l nan plas li (Jòb 33:6, 7). Se sèlman lè Eliyou te konprann sa k nan panse Jòb li te ba l konsèy. Ansyen k ap suiv egzanp Eliyou yo ap pran san yo pou yo koute moun nan e y ap eseye konprann sitiyasyon l. Sa ap fè lè yo bay konsèy, li ka pi fasil pou l touche kè moun nan. w19.06 22-23 § 10-11.
Samdi 9 janvye
Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf, se pa lèzòm. — Tra. 5:29.
Ki jan nou ka kontinye adore Jewova lè gen entèdiksyon? Biwo filyal la ap bay ansyen yo enstriksyon ak bonjan konsèy. Si biwo filyal la pa kapab kontakte ansyen yo, ebyen ansyen yo ap ede ou menm ak tout moun nan kongregasyon an pou nou kontinye adore Jewova. Y ap bay direksyon ki baze sou Bib la ak piblikasyon nou yo (Mat. 28:19, 20; Ebre 10:24, 25). Jewova pwomèt sèvitè l yo l ap byen pran swen yo nan domèn espirityèl (Eza. 65:13, 14; Lik 12:42-44). Donk, nou mèt sèten òganizasyon l lan ap fè tout sa ki posib pou l ban nou ankourajman n ap bezwen nan domèn espirityèl. Ki sa nou ka fè? Lè gen entèdiksyon, chèche yon bon kote pou nou sere Bib nou ak lòt piblikasyon nou genyen kit se sou papye kit se sou fòm elektwonik. Veye pou nou pa janm kite bagay enpòtan sa yo yon kote y ap ka jwenn yo byen fasil. Nou chak dwe fè efò pou nou rete djanm nan domèn espirityèl. w19.07 10 § 10-11.
Dimanch 10 janvye
Mwen vin tout bagay pou tout kalite moun, pou m ka fè tout sa k posib pou m sove kèk nan yo. — 1 Kor. 9:22.
Pandan plizyè milye ane, pifò moun sou tè a te sanble fè pati yon relijyon. Men, depi plizyè dizèn ane gen yon gwo chanjman ki vin fèt. Vin gen plis moun chak jou ki pa nan yon relijyon. Anfèt, nan kèk peyi, pifò moun nan popilasyon an di yo pa nan yon relijyon (Mat. 24:12). Poukisa? Gen kèk ladan yo se plezi oswa tètchaje ki fè yo aji konsa (Lik 8:14). Gen lòt ki vin ate. Gen lòt ankò ki kwè nan Bondye, men yo panse relijyon pa alamòd ankò, li pa itil anyen e li pa ann amoni ak lasyans e ak fason lojik moun panse. Yo ka konn tande zanmi, pwofesè oswa moun anpil moun konnen nan medya yo k ap di se nan evolisyon lavi soti. Men, yo pa fasil tande rezònman lojik k ap pouse yo kwè nan Bondye. Gen lòt menm, chèf relijye yo ba yo degoutans paske yo ava dèyè lajan ak pouvwa. Nan kèk peyi, gouvènman yo mete yon seri lwa ki pa pèmèt moun adore Bondye lib e libè. w19.07 20 § 1-2.
Lendi 11 janvye
Frè byenneme m yo, se pou nou vin fèm, san nou pa brannen, se pou nou toujou gen anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a. — 1 Kor. 15:58.
Nou pa bezwen gen fòs fizik pou nou vin gen plis lafwa nan Jewova e pou nou chofe nan sèvis li. Anfèt, gen anpil moun fòs yo ap bese ki toujou anfòm nan domèn espirityèl e ki kontinye fè tout sa yo kapab (2 Kor. 4:16). Petèt, ou gen anpil ane depi w ap sèvi Jewova, e kounye a sante w k ap bese anpeche w fè tout sa w te konn fè. Si sa ta rive, pa pèdi espwa. Ou mèt gen asirans Jewova bay sèvis fidèl ou te konn fè nan tan lontan anpil valè (Ebre 6:10). Kounye a, ou bezwen sonje se pa kantite bagay ou fè nan sèvis Jewova a k ap montre jis nan ki pwen ou renmen l. Okontrè, nou montre jis nan ki pwen nou renmen Jewova lè nou montre nou pozitif e lè nou fè tout sa fòs nou pèmèt nou fè (Kol. 3:23). Jewova konprann limit nou e li pa mande nou fè plis pase sa nou kapab fè. — Mak 12:43, 44. w19.08 3 § 6; 5 § 11-12.
Madi 12 janvye
Se pou limyè nou briye devan lèzòm, konsa y ap ka wè bèl aksyon nou yo. — Mat. 5:16.
Jewova atire moun vin jwenn li pa mwayen “bèl aksyon” sèvitè l yo fè (Mat. 5:14, 15; 1 Pyè 2:12). Si moun ou marye avè l la pa Temwen Jewova, èske w deja fè l fè konesans ak moun nan kongregasyon w lan? Envite l asiste reyinyon avèk ou (1 Kor. 14:24, 25). Nou swete pou tout moun nan fanmi nou vin sèvi Jewova avè nou. Men, malgre nou ka fè tout sa n kapab pou n ede yo vin sèvi Bondye, yo ka pa pran laverite. Si sa rive, nou pa dwe ap kondane tèt nou poutèt se desizyon sa a yo pran. Dayè, nou pa ka fòse pyès moun aksepte kwayans nou. Men, pa panse si fanmi w wè jan w kontan paske w ap sèvi Jewova sa pap gen okenn efè sou yo. Priye pou yo. Pale avèk yo avèk jantiyès. Pa janm sispann chèche ede yo (Tra. 20:20)! Ou mèt gen konfyans Jewova ap beni efò w fè. E si moun nan fanmi w chwazi koute w, y ap sove! w19.08 18-19 § 15-17.
Mèkredi 13 janvye
Se je ki lanp kò a. Konsa, si je w fikse sou yon sèl bagay, tout kò w ap klere. — Mat. 6:22.
Ki sa Jezi te vle di? Li te vle di nou bezwen mennen yon vi ki senp oswa ki fikse sou yon sèl objektif, san nou pa distrè. Jezi li menm te bay egzanp lè l te konsantre lavi l sou travay predikasyon an e l te anseye disip li yo pou yo konsantre sou sèvi Jewova e sou Wayòm Li an. Nou imite Jezi lè nou bay travay predikasyon an priyorite nan lavi nou, lè nou “chèche Wayòm nan an premye e [lè nou] chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye”. (Mat. 6:33.) Youn nan fason nou ka bay travay predikasyon an priyorite nan lavi nou se lè nou bat pou nou viv yon fason ki senp pou nou ka pase plis tan nan ede lòt moun vin konnen Jewova epi renmen l. Pa egzanp, èske nou ka fè chanjman nan orè travay nou yon fason pou n jwenn plis tan pou nou preche nan wikenn? Èske nou ka pase mwens tan nan detant ki konn pran anpil tan? w19.04 5-6 § 12-13.
Jedi 14 janvye
Mwen rete kote ki wo e ki sakre a, men, mwen rete tou ak moun ki montre yo gen imilite [ak] moun ki tris. — Eza. 57:15.
Nan ane ki sot pase yo, gen anpil frè ak sè ki gen plizyè dizèn ane depi y ap sèvi Jewova ki resevwa lòt asiyasyon. Chanjman sa yo pa t fasil pou anpil nan frè ak sè sa yo. Se sèten, yo te santi yo atache ak asiyasyon yo te genyen, e anpil ladan yo te fè plizyè ane nan asiyasyon sa a yo te renmen. Kèk ladan yo te tris anpil e sa te fè l difisil pou yo adapte yo ak nouvo sitiyasyon yo. Men, rive yon lè, yo te vin kapab adapte yo. Sa k fè sa? Pi gwo rezon an se paske yo renmen Jewova. Yo konnen se Bondye yo te vwe lavi yo, se pa yon travay, yon tit oswa yon asiyasyon (Kol. 3:23). Yo kontan kontinye sèvi Jewova avèk imilite nan kèlkeswa sèvis la. Yo “lage tout tètchaje [yo] genyen sou li” paske yo konnen li gen sousi pou yo (1 Pyè 5:6, 7). Lè nou chèche gen bèl kalite sa a, sa bon ni pou nou menm, ni pou lòt moun. Li vin pi fasil pou nou fè fas ak pwoblèm ki gen nan lavi a. Sa k pi enpòtan an, nou vin pi pwòch Papa nou ki nan syèl la. w19.09 6-7 § 15-17.
Vandredi 15 janvye
Lòd Jewova yo jis, yo fè kè moun kontan. [...] Moun ki suiv yo jwenn anpil avantaj. — Sòm 19:8, 11.
Nonsèlman Jewova te mete David chèf fanmi l, men li te mete l chèf tout nasyon Izrayèl la tou. Antanke wa, David te gen anpil pouvwa. Pafwa, li te mal sèvi ak pouvwa sa a e li te fè gwo erè (2 Sam. 11:14, 15). Men, li te aksepte disiplin, konsa li te montre li soumèt devan Jewova. Li te priye Jewova ak tout kè l. E li te eseye fè sa l kapab pou l suiv konsèy Jewova te ba li yo (Sòm 51:1-4). Mete sou sa, li te aksepte bon konsèy ni gason ni fi te ba li, e l te fè sa avèk imilite (1 Sam. 19:11, 12; 25:32, 33). David te tire leson nan erè l te fè e li te konsantre lavi l sou sèvi Jewova. Li te konnen byenfè yon moun jwenn lè l soumèt devan Jewova. Jodi a, nou ka wè diferans ki genyen ant moun ki soumèt devan Jewova ak moun ki rejte konsèy ki plen lanmou li bay. Moun ki soumèt devan Jewova yo “ap rele tèlman y ap kontan, paske kè yo bon”. — Eza. 65:13, 14. w19.09 17 § 15; 19 § 21.
Samdi 16 janvye
Mwen wè yon gwo foul moun [...]. Yo kanpe devan twòn nan ak devan Ti Mouton an. — Rev. 7:9.
An 1935, Temwen Jewova yo te vin rann yo kont gwo foul moun nan pa t apral kanpe “devan twòn nan ak devan Ti Mouton an” nan syèl la nan sans literal. Men, yo t ap fè sa nan yon sans senbolik. Menm lè gwo foul moun nan ap gen pou yo viv sou tè a, yo kapab kanpe “devan twòn nan” lè yo rekonèt otorite Jewova e lè yo respekte dwa li genyen pou l dirije antanke Souvren an (Eza. 66:1). Yo t ap kapab kanpe devan Ti Mouton an lè yo demontre lafwa nan sakrifis ranson Jezi a. Menm jan an tou, Matye 25:31, 32 fè konnen “tout nasyon yo”, sa gen ladan l mechan yo, ap gen pou yo “rasanble devan” Jezi, ki chita sou gran twòn li an. Li klè, tout nasyon sa yo pa nan syèl la, men se sou tè a yo ye. Konpreyansyon sa a nou te vin genyen an 1935 lan lojik. Li esplike poukisa Bib la pa di gwo foul la monte nan syèl. Se yon sèl gwoup moun Bondye pwomèt ki pral gen lavi ki pap janm fini nan syèl la: 144 000 moun yo ki pral “dirije tè a antanke wa” ansanm ak Jezi. — Rev. 5:10. w19.09 28 § 9.
Dimanch 17 janvye
Nou tout ki fidèl ak Jewova, se pou nou renmen l! — Sòm 31:23.
Jewova vle pou adoratè l yo rete lwen Gran Babilòn nan. Men, sa mande plis pase pou nou koupe kontak ak fo relijyon. Nou dwe pran detèminasyon pou nou kontinye soutni vrè relijyon an: adorasyon ki kòrèk nan je Jewova a. Ann egzamine de fason nou ka fè sa. Premyèman, nou dwe rete atache ak prensip moral Jewova yo ki jis. Nou pa ka aksepte konpòtman imoral monn nan genyen yo. Pa egzanp, nou pa dakò ak imoralite seksyèl sou kèlkeswa fòm nan, san wete maryaj ant moun menm sèks ak lòt konpòtman omoseksyèl (Mat. 19:4, 5; Wom. 1:26, 27). Dezyèmman, nou dwe kontinye adore Jewova ansanm ak kretyen parèy nou. Nou fè sa tout kote nou kapab, nan Sal Wayòm, oswa lè sa nesesè, nan kay prive oubyen menm nan kache. Kèlkeswa sa k rive, nou pap janm sispann reyini ansanm pou nou adore Jewova. Anfèt, nou bezwen reyini ansanm “plis toujou, vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche”. — Ebre 10:24, 25. w19.10 16 § 6-7.
Lendi 18 janvye
[Jewova] se yon Bondye ki mande pou sèvitè l yo atache avè l sèlman. — Egz. 34:14.
Jewova vle nou byen pwofite lavi a, e detant nou pran yo ka ede nou fè sa. Anfèt, Pawòl Bondye a di “pa gen anyen ki pi bon pase sa, pou yon moun manje, pou l bwè e pou l jwenn kè kontan nan travay di li fè”. (Ekl. 2:24.) Men, pifò detant ki gen nan monn nan ka gen move efè sou nou. Yo fè moun pa respekte prensip moral yo, yo ankouraje moun tolere oswa menm renmen bagay Bondye kondane. Nou vle atache ak Jewova sèlman, se sa k fè nou pa ka ap manje sou “tab Jewova” epi pou n ap manje sou “tab demon”. (1 Kor. 10:21, 22.) Byen souvan, lè yon moun manje ansanm ak yon moun, se yon siy ki montre li se zanmi moun sa a. Si nou chwazi detant ki ankouraje vyolans, kontak ak movèzespri, imoralite oswa lòt dezi lachè ak lòt konpòtman, anfèt se kòmsi nou chita ansanm ak ènmi Bondye yo pou nou manje yon manje yo prepare. Kòm rezilta, nonsèlman n ap fè tèt nou mal, men tou, sa ap gen move efè sou relasyon nou ak Jewova. w19.10 26 § 2; 29-30 § 11-12.
Madi 19 janvye
Yon seri moun te pale pawòl ki soti nan Bondye, pandan lespri sen t ap gide yo. — 2 Pyè 1:21.
Pou yon maren pwofite van k ap soufle, li dwe fè de bagay. Premyèman, li bezwen dirije bato a nan direksyon van an. Dayè bato a pap avanse si maren an ret sou waf la, lwen kote van ap soufle a. Dezyèmman, li bezwen lage vwal la, epi ouvri l byen laj. Menmsi van an ap soufle, sèl sa k pou fè bato a avanse se si van an pouse vwal la. Menm jan an tou, sèl sa k ap pèmèt nou kontinye sèvi Jewova se si nou jwenn èd lespri sen. Pou lespri sen ede nou, nou dwe fè de bagay. Premyèman, nou dwe ale nan menm direksyon ak lespri sen Bondye lè nou patisipe nan aktivite ki mete nou anba enfliyans lespri sen. Dezyèmman, nou bezwen “lage vwal nou epi ouvè l” byen laj lè nou patisipe nan aktivite sa yo ak tout fòs nou e lè nou fè tout sa n kapab (Sòm 119:32). Lè nou fè de bagay sa yo, lespri sen ap ede nou lè nou jwenn opozisyon ak eprèv e l ap ede nou andire fidèlman. w19.11 9 § 8; 10 § 11.
Mèkredi 20 janvye
Mwen ban nou lapè mwen genyen an. — Jan 14:27.
Nan dènye nuit Jezi te pase sou tè a antanke moun, li te boulvèse. Nan yon ti tan, yon seri moun ki pa respekte lalwa t apral touye l yon fason ki terib. Men, se pa mouri l t apral mouri a ki te ba l plis pwoblèm. Li te renmen Papa l anpil, e li te vle fè l plezi. Jezi te konnen si l fidèl devan eprèv difisil sa a, li t ap ka patisipe nan defann non Jewova. Jezi te renmen moun tou, e li te konnen sèl sa k t ap pèmèt nou gen lavi ki pap janm fini an se si l ret fidèl jiskaske l mouri. Menm lè Jezi te gen gwo strès, li te santi l anpè. Li te gen “lapè Bondye”, sa vle di li te kalm e li te trankil paske l te gen bon relasyon ak Jewova. Lapè sa a te fè lespri ak kè Jezi poze (Flp. 4:6, 7). Pa gen youn nan nou k ap janm jwenn menm kalite presyon Jezi te jwenn nan, men tout moun k ap suiv Jezi ap jwenn eprèv (Mat. 16:24, 25; Jan 15:20). E menm jan ak Jezi, nou ka santi nou boulvèse pafwa. w19.04 8 § 1-3.
Jedi 21 janvye
Pa etenn dife lespri a. — 1 Tes. 5:19.
Li ta bon pou nou mande tèt nou: ‘Èske m gen rekonesans lefètke m ap kolabore ak pati òganizasyon Jewova a ki sou tè a?’ Jewova ban nou prèv klè ki montre li beni pèp li a jodi a. Vrèmanvre, nou gen anpil rezon pou nou demontre obeyisans (1 Tes. 5:18). Ki jan nou ka montre n ap soutni òganizasyon Jewova ap itilize a? Se lè nou aplike konsèy ki baze sou Bib la nou jwenn nan piblikasyon nou yo, nan reyinyon yo, nan asanble yo ak kongrè yo. Mete sou sa, nou ka montre n ap soutni òganizasyon an lè nou fè tout sa n kapab nan travay predikasyon ak ansèyman an (1 Kor. 15:58). Nou ta renmen pou Jewova aksepte sakrifis nou fè yo. Nou ta renmen kontinye sèvi Jewova paske nou genyen l rekonesans. Nou ta renmen kontinye bay Jewova sa nou genyen ki pi bon an paske nou renmen l ak tout kè nou. E nou ta renmen kontinye soutni òganizasyon Jewova a l ap beni jodi a ak tout kè nou. Konsa, n ap montre Jewova nou bay privilèj nou genyen pou nou sèvi l antanke Temwen l lan anpil valè! w19.11 25 § 17-18.
Vandredi 22 janvye
Yon moun ki demontre li gen lafwa nan mwen [...] ap fè travay ki pi gwo pase sa. — Jan 14:12.
Jezi pa t vle di nou t ap fè mirak jan l te konn fè a. Olye de sa, disip li yo t ap gen pou yo preche e pou yo anseye plis kote pase l, plis moun pase l, e yo t ap fè plis tan ap fè travay sa a pase l. Si w nan yon travay, mande tèt ou: ‘Èske moun nan travay mwen an konnen m se yon moun ki konn travay di? Èske m fin fè travay mwen nan lè m dwe fin fè l la e èske m fè tout sa m kapab pou m fè l byen?’ Si w ka reponn wi, ebyen, petèt patwon w ap fè w konfyans. Mete sou sa, w ap fè moun k ap suiv ou pi dispoze koute mesaj Wayòm nan. Anrapò ak travay preche ak anseye a, poze tèt ou kesyon ki vin annapre yo: ‘Èske yo konnen m kòm moun ki konn travay di nan sèvis la? Èske m byen prepare lè m pral preche? Èske m retounen vizite moun ki enterese yo san pèdi tan? Èske m patisipe regilyèman nan divès aspè nan sèvis la?’ Si w ka reponn wi, w ap jwenn kè kontan nan travay predikasyon an. w19.12 5 § 14-15.
Samdi 23 janvye
Nou chak dwe renmen madanm nou menm jan nou renmen tèt nou. Madanm nan, bò kote pa l, dwe gen yon gwo respè pou mari l. — Efe. 5:33.
De moun ki deside fè pitit ta dwe reflechi sou de kesyon enpòtan ki vin annapre yo: Premyèman, ki lè yo vle fè pitit? Dezyèmman, konbyen pitit yo vle fè? Ki pi bon lè pou de moun pale sou sa? E poukisa de kesyon sa yo enpòtan anpil konsa? Nan pi fò ka, anvan de moun marye, li ta bon pou yo pale sou kesyon fè pitit la. Poukisa? Youn nan rezon ki fè sa se paske li enpòtan pou yo antann yo sou kesyon sa a. Mete sou sa, y ap bezwen wè si yo pare pou responsablite sa a. Gen kèk moun ki deside tann omwen ennan oswa dezan apre maryaj yo anvan yo fè pitit paske leve timoun pran anpil tan ak enèji. Yo di tèt yo sa ap pèmèt yo jwenn tan pou youn abitye ak lòt antanke mari ak madanm e pou yo vin pi pwòch youn ak lòt. w19.12 23 § 4-5.
Dimanch 24 janvye
Yon bon zanmi [...] se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè. — Pwo. 17:17.
Toupatou sou tè a, gen anpil sèvitè Jewova k ap viv yon seri sitiyasyon difisil, ki menm fè yo soufri. Gen kèk kretyen k ap lite anba yon maladi grav oswa ki gen yon moun pa yo ki mouri. Gen lòt k ap soufri akoz yo gen yon moun nan fanmi yo oswa yon bon zanmi yo ki kite laverite. Gen lòt menm ki viktim anba katastwòf natirèl. Tout frè ak sè sa yo bezwen rekonfò. Ki jan nou ka ede yo? Se pou nou yon zanmi ki fidèl. Lè nou se yon zanmi ki fidèl, sa pouse nou fè sakrifis pou nou ede frè n ak sè n yo. Pa egzanp, doktè te fè yon frè ki rele Peter konnen li gen yon maladi ki grav anpil e li pa lwen mouri. Men sa madanm li ki rele Kathryn di: “Yon mari ak madanm nan kongregasyon nou an te mennen nou kay doktè e se lè sa a nou te vin aprann ki maladi Peter genyen. Depi lè sa a, yo te deside pou yo pa lage nou nan moman difisil sa a, e yo te toujou avèk nou kèlkeswa lè n te bezwen yo.” Se pa ti konsole sa konsole nou lè nou gen vrè zanmi ki ka ede nou andire eprèv nou yo! w20.01 8 § 1; 9 § 5; 10 § 6.
Lendi 25 janvye
Yo tout vin ranpli ak lespri sen, e yo kòmanse pale divès lang. — Tra. 2:4.
Si w te youn nan disip ki te reyini nan chanmòt la nan jou pannkòt ane 33 epòk nou an, ou pa t ap gen okenn dout nan lespri w Bondye te chwazi w pa mwayen lespri sen l (Tra. 2:5-12). Men, èske se tout moun Bondye chwazi pa mwayen lespri sen ki resevwa envitasyon sa a yon fason estrawòdinè konsa e nan menm moman an nan lavi yo? Non. Ann konsidere moman an. Se pa t gwoup moun sa a sèlman, ki te gen anviwon 120 kretyen ladan l, Bondye te chwazi pa mwayen lespri sen jou sa a. Pita nan menm jou sa a, te gen anviwon 3 000 moun ankò ki te resevwa lespri sen Jezi te pwomèt la. Bondye te chwazi yo nan moman batèm yo (Tra. 2:37, 38, 41). Men, nan ane ki te vin apre yo, se pa tout kretyen Bondye te chwazi pou al nan syèl ki te resevwa apèl yo a pandan batèm yo. Samariten yo te resevwa apèl yo a kèk tan apre batèm yo (Tra. 8:14-17). E fason Jewova te chwazi Kònèy ak moun lakay li pa t menm ditou ak lòt yo, yo te resevwa lespri sen anvan menm yo batize. — Tra. 10:44-48. w20.01 20-21 § 2-4.
Madi 26 janvye
Mwen fè yo konnen non w. — Jan 17:26.
Sèlman nan kat Evanjil yo, Jezi te sèvi ak mo Papa a anviwon 165 fwa pou l pale de Jewova. Poukisa Jezi te pale de Jewova anpil konsa? Youn nan rezon yo se pou moun ka kwè Jewova se yon Papa ki gen lanmou (Jan 17:25). Annou gade sa nou aprann sou Jewova nan fason li te aji ak Jezi, Pitit Gason l lan. Jewova te toujou koute priyè Jezi yo. Nonsèlman li te tande priyè Jezi yo, men li te reponn yo tou (Jan 11:41, 42). Kèlkeswa eprèv Jezi te jwenn, li te santi Papa l renmen l e l ap ede l (Lik 22:42, 43). Antanke yon Papa ki chaje ak lanmou, Jewova te bay Jezi asirans l ap soutni l (Mat. 26:53; Jan 8:16). Menm lè Jewova pa t pwoteje Jezi kont tout bagay ki te ka fè l soufri, li te ede l fè fas ak eprèv yo. Jezi te sèten kèlkeswa soufrans li te ka andire se t ap pou yon ti tan (Ebre 12:2). Jewova te montre li renmen Jezi lefètke l te koute l lè l priye l, li te ba li sa l bezwen, li te ba l fòmasyon e li te ede l. — Jan 5:20; 8:28. w20.02 3 § 6-7, 9.
Mèkredi 27 janvye
Fè tout bagay pou glwa Bondye. Veye pou nou pa vin lakòz [moun] peche. — 1 Kor. 10:31, 32.
Lè n ap deside si n ap suiv yon koutim oswa yon tradisyon, nou dwe reflechi sou efè desizyon n ap pran an ka genyen sou konsyans lòt moun, sitou kretyen parèy nou. Nou pa t ap renmen fè okenn moun bite (Mak 9:42)! Epitou, nou pa vle choke moun ki pa Temwen yo pou granmesi. Lanmou ap pouse nou pale avè yo avèk respè, sa k ap bay Jewova glwa. Nou pa ta renmen kreye pwoblèm ak moun yo ditou ni pase tradisyon yo genyen yo nan rizib. Pa bliye, lanmou gen anpil pouvwa! Lè nou demontre lanmou yon fason ki montre nou gen konsiderasyon ak respè, nou ka menm touche kè moun ki pa dakò ak nou. Fè moun kote w yo konnen w se Temwen Jewova (Eza. 43:10). Petèt, w ap twouve l pi fasil pou w fè fas ak strès ou ta ka genyen si fanmi w ak vwazen w konnen w ap adore Jewova Dye. Nou swete pou nou pa janm wont desizyon nou pran pou n defann laverite. — Wom. 1:16. w19.04 17-18 § 14-16.
Jedi 28 janvye
Mwen se pi piti nan apot yo, e mwen pa merite pou yo rele m apot. — 1 Kor. 15:9.
Douz apot Jezi yo te suiv li pandan sèvis li sou tè a, men, se jis apre lanmò Jezi e apre Jezi fin resisite Pòl te vin kretyen. Menm lè yo te chwazi Pòl pou l vin “apot nasyon yo”, li pa t janm vin fè pati 12 apot yo (Wom. 11:13; Tra. 1:21-26). Olye Pòl te anvye sò 12 mesye sa yo poutèt yo te pwòch ak Jezi, li te kontante l ak sa l te genyen. Si nou se moun ki konn kontante nou e nou gen imilite, menm jan ak Pòl, n ap gen respè pou moun Jewova bay otorite (Tra. 21:20-26). Se Jewova ki pran dispozisyon pou ansyen yo pran latèt nan kongregasyon an. Se vre yo enpafè, men, Jewova fè konnen yo se “gason kòm kado”. (Efe. 4:8, 11.) Lè nou respekte ansyen yo e nou montre nou gen imilite lè nou suiv direksyon yo bay, n ap ret pwòch ak Jewova e n ap viv anpè ak kretyen parèy nou yo. w20.02 17 § 13-14.
Vandredi 29 janvye
Nou demontre lanmou, paske li te demontre lanmou pou nou an premye. — 1 Jan 4:19.
Menm anvan w te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo, petèt ou te renmen Bib la anpil. E petèt ou te vin renmen Jezi. Kounye a ou vin konnen Temwen Jewova yo, petèt ou renmen pase tan avèk yo. Men, se pa fòseman rezon sa yo k ap pouse w vwe Jewova lavi w epi batize. Rezon ki pi enpòtan k ap pouse w batize se lanmou pou Jewova Dye. Lè w renmen Jewova plis pase tout lòt bagay, ou pap kite okenn bagay oswa okenn moun anpeche w sèvi l. Lanmou pou Jewova ap pouse w batize epitou l ap ede w rete fidèl menm lè w fin batize. Jezi te di nou dwe renmen Jewova ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout lespri nou e ak tout fòs nou (Mak 12:30). Ki jan w ka aprann renmen Jewova nan pwen sa a epi pou w respekte l? Lè n reflechi sou lanmou Jewova gen pou nou, sa pouse n renmen l tou. w20.03 4 § 4-5.
Samdi 30 janvye
Akonpli sèvis ou nèt. — 2 Tim. 4:5.
Sa sa vle di akonpli sèvis nou nèt? Yon fason senp, pou nou akonpli sèvis nou nèt, nou dwe fè tout sa n kapab pou n patisipe nan travay preche ak anseye a. Men, akonpli sèvis nou nèt pa sèlman vle di pase anpil tan ap preche. Sa Jewova bay plis enpòtans se rezon ki pouse nou preche. Piske nou renmen Jewova e nou renmen pwochen nou, nou travay ak tout nanm nou nan sèvis n ap fè a (Mak 12:30, 31; Kol. 3:23). Sèvi Bondye ak tout nanm nou vle di bay tout nou menm, sa vle di itilize fòs nou ak enèji nou pou nou fè tout sa n kapab nan sèvis Bondye. Lè nou apresye privilèj nou genyen pou nou patisipe nan travay predikasyon an, nou fè efò pou nou fè plis moun posib tande bon nouvèl la. Nou ka pa kapab preche kantite tan nou ta vle a. Men, se sa nou renmen fè. Nou fè tout sa n kapab pou n vin pi maton nan fason nou touche kè moun yo ak bon nouvèl la. Nou bay travay predikasyon an priyorite nan lavi nou. w19.04 2 § 3; 3 § 4, 6.
Dimanch 31 janvye
Li pa gen laverite nan li. — Jan 8:44.
Manti Satan bay yo lage limanite nan plis lapenn ak soufrans. Paran ki nan lapenn akoz yon pitit yo genyen ki mouri ka tande lòt moun di se Bondye ki pran pitit la, petèt pou l vin yon zanj nan syèl la. Èske manti sa a ki soti nan Satan fè moun yo gen mwens lapenn oswa l fè yo gen plis lapenn? Yo te sèvi ak fo ansèyman sou dife lanfè a pou yo jwenn yon rezon pou yo tòtire moun, pa egzanp lè yo te mare moun ki opoze ak ansèyman legliz sou poto pou yo boule yo. Selon yon liv yo ekri sou Enkizisyon espayòl la, petèt kèk nan moun ki te responsab mechanste ki te fèt yo te kwè sa yo te fè a se te jis pou fè moun ki kont ansèyman legliz yo “goute ki jan dife lanfè etènèl la ap ye”, yon fason pou yo repanti anvan yo mouri e pou yo pa al nan lanfè. Nan anpil peyi, moun yo santi yo oblije fè yon bagay espesyal pou zansèt yo ki mouri pou yo onore yo oswa pou mò a ka fè yon bagay pou yo. Gen lòt moun ki vle kalme espri zansèt yo pou yo pa vin pini yo. Malerezman, kwayans sa yo ki baze sou manti Satan yo, pa bay moun yo bonjan konsolasyon. Okontrè, yo konn lakòz moun gen plis tètchaje oswa yo konn menm lakòz moun pè. w19.04 14 § 1; 16 § 10.