BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es21
  • Fevriye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fevriye
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2021
  • Soutit
  • Lendi 1ye fevriye
  • Madi 2 fevriye
  • Mèkredi 3 fevriye
  • Jedi 4 fevriye
  • Vandredi 5 fevriye
  • Samdi 6 fevriye
  • Dimanch 7 fevriye
  • Lendi 8 fevriye
  • Madi 9 fevriye
  • Mèkredi 10 fevriye
  • Jedi 11 fevriye
  • Vandredi 12 fevriye
  • Samdi 13 fevriye
  • Dimanch 14 fevriye
  • Lendi 15 fevriye
  • Madi 16 fevriye
  • Mèkredi 17 fevriye
  • Jedi 18 fevriye
  • Vandredi 19 fevriye
  • Samdi 20 fevriye
  • Dimanch 21 fevriye
  • Lendi 22 fevriye
  • Madi 23 fevriye
  • Mèkredi 24 fevriye
  • Jedi 25 fevriye
  • Vandredi 26 fevriye
  • Samdi 27 fevriye
  • Dimanch 28 fevriye
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2021
es21

Fevriye

Lendi 1ye fevriye

[Jewova] renmen jistis. — Sòm 33:5.

Jan yo itilize mo “jistis” la nan Bib la, sans prensipal li genyen se fè sa Bondye konsidere kòm bagay ki dwat epi fè sa san paspouki. Ann wè kòman fason Jezi te aji te montre jistis li gen lakay li. Nan epòk li a, chèf relijye juif yo te rayi moun ki pa t Juif yo, yo te meprize Juif ki pa t gen gwo fòmasyon yo e yo pa t gen respè pou fi. Sepandan, Jezi te gen jistis lakay li e li te aji ak tout moun san patipri. Li te kite moun ki pa t Juif ki te gen lafwa nan li yo suiv li (Mat. 8:5-10, 13). Li te preche tout moun san paspouki, rich kou pòv (Mat. 11:5; Lik 19:2, 9). Li pa t janm aji di ak fi ni l pa t janm brital ak yo. Okontrè, li te respekte fi e li te janti avèk yo, menm fi lòt moun konn meprize (Lik 7:37-39, 44-50). Nou ka suiv egzanp Jezi lè nou aji san paspouki ak lòt moun e lè nou preche tout moun ki dispoze koute, kèlkeswa pozisyon yo nan sosyete a oswa relijyon yo. Gason ki kretyen yo suiv egzanp Jezi lè yo montre respè pou fi. w19.05 2 § 1; 5 § 15-17.

Madi 2 fevriye

Nou te vin dou nan mitan nou, tankou lè yon manman ap chouchoute pitit li ki nan tete. — 1 Tes. 2:7.

Ansyen yo ki fidèl kapab montre dousè e yo ka sèvi ak bèl ti pawòl pandan y ap itilize Bib la pou yo konsole moun ki bezwen sa. Èske se ansyen yo sèlman ki kapab konsole moun ki te viktim abi seksyèl? Non. Nou tout gen responsablite pou nou “kontinye konsole [...] youn lòt”. (1 Tes. 4:18.) Sè ki gen matirite yo ka sitou ankouraje sè ki bezwen konsolasyon. Sa byen tonbe, paske Jewova Dye konpare tèt li ak yon manman k ap konsole pitit li (Eza. 66:13). Bib la bay egzanp yon seri medam ki te konn konsole moun ki nan gwo lapenn (Jòb 42:11). Se pa ti kontan Jewova kontan lè l wè jodi a gen yon seri medam ki kretyen k ap konsole sè k ap soufri anpil nan domèn afektif yo! Nan kèk ka, youn oswa de ansyen ka mande yon sè ki gen matirite si l kapab ede yon lòt sè k ap soufri nan sans sa a. Ansyen yo kapab fè sa an prive. Nòmalman, n ap veye pou n pa poze kesyon sou yon seri bagay yon kretyen parèy nou pa vle pale sou sa. — 1 Tes. 4:11. w19.05 16-17 § 10-12.

Mèkredi 3 fevriye

Pou tout bagay ka regle sou baz temwayaj de oswa twa temwen. — Mat. 18:16.

Poukisa ansyen yo nan kongregasyon an bezwen gen omwen de moun ki temwen peche grav ki te fèt la anvan yo fè yon komite disiplin? Se paske se prensip jistis wo nivo ki nan Bib la ki mande sa. Lè yo fè konnen yon moun fè yon peche grav, men moun nan pa admèt sa, anvan ansyen yo fè yon komite disiplin, dwe gen de moun ki te temwen sa k te pase a ki vin fè konn sa (Det. 19:15; 1 Tim. 5:19). Si moun yo di ki fè aksyon an pa admèt li te fè sa yo di a, ansyen yo ap koute temwayaj lòt moun. Si gen omwen de moun ki ka pwouve sa k te pase a, sètadi moun ki pote plent lan ak yon lòt moun ki ka sètifye sa k te pase a, ansyen yo ap fè yon komite disiplin. Si pa gen yon dezyèm temwen, sa pa vle di moun ki pote plent lan bay manti. Menmsi yo pa jwenn de moun pou pwouve move zak ki te fèt la, ansyen yo rekonèt ka gen yon peche grav ki te fèt ki lakòz lòt moun soufri anpil. Ansyen yo ap kontinye soutni kèlkeswa moun ki ta viktim nan. Mete sou sa, ansyen yo ap kontinye montre yo vijilan pou yo ka pwoteje kongregasyon an kont danje ki ka menase l akoz moun yo di ki fè abi seksyèl sou timoun nan. — Tra. 20:28. w19.05 11 § 15-16.

Jedi 4 fevriye

Reflechi sou bagay sa yo, [...] yon fason pou tout moun ka wè pwogrè w aklè. — 1 Tim. 4:15.

Li enpòtan tou pou yo anseye timoun yo fason pou yo etidye. Pa egzanp, timoun yo bezwen aprann fason pou yo prepare reyinyon kongregasyon an, oswa fason pou yo fè rechèch sou pwoblèm yo konn rankontre nan lekòl yo (Ebre 5:14). Si timoun yo pase tan ap etidye sijè biblik lakay yo, y ap ka pi byen konsantre sou sijè y ap egzamine nan reyinyon kongregasyon an, nan asanble yo ak nan kongrè yo. Natirèlman, longè chak etid pral depann de laj timoun nan ak pèsonalite l. Moun n ap fè etid Labib avè yo bezwen aprann fason pou yo etidye tou. Lè n te fèk kòmanse fè etid yo, nou kontan lè yo annik souliye repons yo lè y ap prepare etid yo oswa reyinyon kongregasyon an. Men, nou bezwen montre moun n ap fè etid avè yo fason pou yo fè rechèch ak fason pou yo byen etidye lè yo poukont yo. Konsa, lè yo gen pwoblèm, olye yo kouri mande lòt moun nan kongregasyon an ede yo, y ap konnen fason pou yo jwenn konsèy k ap itil yo lè yo fè rechèch nan piblikasyon nou yo. w19.05 26 § 2; 28 § 10-11.

Vandredi 5 fevriye

N ap ranvèse rezònman ak tout obstak ki kanpe kont konesans Bondye. — 2 Kor. 10:5.

Satan vle chanje panse nou ak tout fòs. Li konnen verite ki nan Pawòl Bondye a gen yon bon enfliyans sou fason nou panse. Satan kontinye poze menm kesyon li te poze Èv nan jaden Edenn nan: “Èske se vre Bondye di...?” ​(Jen. 3:1). Nan monn sa a, byen souvan, nou tande yon seri kesyon k ap simen dout nan lespri nou, tankou: ‘Èske se vre Bondye pa dakò pou moun menm sèks marye youn ak lòt? Èske se vre Bondye pa vle nou fete Nwèl ak anivèsè nesans? Èske se vre Bondye w la mande pou w pa pran san? Èske se vre yon Bondye ki gen lanmou atann pou nou koupe kontak ak moun pa nou ki eskominye?’ Nou bezwen konvenk tèt nou sa nou kwè yo se laverite. Si nou kite yon seri kesyon enpòtan ret san repons nan lespri nou, nou ka kòmanse gen gwo dout sou sa nou kwè yo. Dout sa yo ka defòme fason nou panse e yo ka detwi lafwa nou. w19.06 12-13 § 15-17.

Samdi 6 fevriye

Se pou nou tout gen menm panse, se pou nou montre nou gen senpati, se pou nou gen afeksyon pou frè yo, se pou nou gen kè sansib ak imilite. — 1 Pyè 3:8.

Jewova renmen nou anpil (Jan 3:16). Nou vle imite Papa nou an ki renmen nou. Se poutèt sa nou eseye montre “nou gen senpati, [...] nou gen afeksyon [...], [ak] kè sansib” pou tout moun, men sitou pou moun ki “fanmi nou nan lafwa”. (Gal. 6:10.) Lè frè ak sè nou ap lite anba strès, nou vle ede yo. Ki jan nou ka konsole moun ki gen mari yo oswa madanm yo ki mouri? Premye etap ki enpòtan se pale ak moun nan, menm lè nou santi nou yon ti jan jennen oswa nou ka pa konn sa pou n di. Mari Paula te mouri sibit, men sa Paula di: “Mwen konprann yon moun ka yon ti jan jennen pou l pale lè gen lanmò. Yo pè pou yo pa di yon bagay yo pat dwe di. Men, lè w pa di anyen ditou, sa pi mal.” Petèt yon moun ki nan lapenn pap atann pou n di yon bagay ki pwofon. Men sa Paula di: “Mwen apresye lè zanmi m yo annik di: ‘Mwen regrèt sa k rive a.’” w19.06 20 § 1; 23 § 14.

Dimanch 7 fevriye

Jewova, koute menas yo fè yo, epi bay esklav ou yo posiblite pou yo kontinye pale pawòl ou a ak anpil kran. — Tra. 4:29.

Si yo entèdi travay predikasyon n ap fè a, ansyen yo ap fè aranjman pou nou asiste reyinyon yo yon fason ki pap fè moun sispèk nou. Yo ka mande nou pou nou reyini pa ti gwoup, e petèt y ap chanje lè reyinyon yo ak kote yo fè yo detanzantan. E travay predikasyon an menm? Sitiyasyon yo ap chanje selon kote nou ye. Men, nou renmen Jewova e nou renmen pale ak lòt moun konsènan Wayòm li an, se sa k fè n ap chèche yon jan kanmenm pou nou preche (Lik 8:1). Men sa yon istoryen ki rele Emily Baran di konsènan Temwen Jewova yo nan ansyen Inyon sovyetik la: “Lè gouvènman an te di Temwen Jewova yo yo pa gendwa preche, Temwen yo te pale ak vwazen yo, kòlèg travay yo ak zanmi yo. Lè yo te voye Temwen yo nan kan travo fòse poutèt sa yo t ap fè a, yo te pale ak prizonye parèy yo.” Malgre entèdiksyon an, frè nou yo nan peyi sa a pa t sispann preche. Se pou w pran menm detèminasyon an! w19.07 11 § 12-13.

Lendi 8 fevriye

Fè disip pami moun tout nasyon. — Mat. 28:19.

Ki jan nou ka ede moun ki pa enterese nan relijyon aprann renmen Bondye e vin disip Kris? Nou bezwen rekonèt fason yon moun reyaji devan mesaj nou an ka depann de kote l te grandi. Pa egzanp, yon moun ki soti ann Ewòp ka pa reyaji menm jan ak yon moun ki soti ann Azi. Sa k fè sa? Ann Ewòp, anpil moun konn kèk bagay sou Bib la e yo konn tande se Bondye ki kreye tout bagay. Men, ann Azi, pifò moun pa prèske konn anyen nan Bib la, e yo ka pa kwè nan yon Kreyatè. Donk, se pou n pozitif. Chak ane, gen moun ki pa t enterese nan relijyon ki vin Temwen Jewova. Anpil nan yo te deja gen bon prensip moral e yo te gen degoutans pou ipokrizi ki gen nan relijyon yo. Gen lòt ki pa t gen bon prensip moral, e anpil nan yo te gen yon seri vis yo te bezwen kite. Grasa èd Jewova, nou ka gen asirans n ap jwenn moun ki “nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an”. — Tra. 13:48; 1 Tim. 2:3, 4. w19.07 20-21 § 3-4.

Madi 9 fevriye

Nou pap abandone. — 2 Kor. 4:16.

Si nou gen esperans pou nou viv pou toutan nan syèl la oswa sou tè a k ap vin yon paradi, nou dwe kontinye kouri pou nou atenn objektif sa a. Kèlkeswa sitiyasyon nou, nou pa dwe gade bagay ki dèyè yo, ni nou pa dwe kite anyen fè nou sispann sèvi Jewova (Flp. 3:16). Nou ka gen lontan depi n ap tann pou pwomès Jewova yo reyalize, oswa petèt nou pa jèn ankò e fòs nou ap bese. Nou ka te andire eprèv ak pèsekisyon pandan anpil ane. Kèlkeswa sitiyasyon nou, “pa enkyete nou pou anyen”. Okontrè, fè Bondye konn demann nou yo ak siplikasyon nou fè yo, e l ap ban nou yon lapè ki depase tout sa nou ka panse (Fil. 4:6, 7). Menm jan ak yon moun ki nan yon kous ki met tout fòs li deyò lè l prèske rive nan dènye liy dwat la, se pou nou rete konsantre nèt sou objektif nou genyen pou nou fini kous pou lavi a. Depi fòs nou ak sitiyasyon nou pèmèt nou, se pou n fè tout sa nou kapab pou n ka benefisye bèl bagay k ap tann nou pi devan yo. w19.08 7 § 16-17.

Mèkredi 10 fevriye

Kriye ak moun k ap kriye. — Wom. 12:15.

Li ka difisil pou nou konnen sa pou n fè pou yon moun ki nan gwo lapenn. Menm lè nou pa konn sa pou n di, si yo wè nou k ap kriye, yo ka wè jan nou gen lapenn pou yo. Lè Laza, zanmi Jezi a, te mouri, Mari, Mat ak lòt moun ankò te kriye pou frè yo a, zanmi yo a, yo te renmen anpil. Kat jou apre, lè Jezi te rive, “dlo koule nan je” l tou, menm lè l te konnen li t apral resisite Laza (Jan 11:17, 33-35). Lefètke Jezi te kriye, sa te montre santiman Papa l genyen. Sa te montre tou jan Jezi te renmen fanmi an, e pa gen dout nan sa, sa te konsole Mari ak Mat. Menm jan an tou, lè frè nou yo santi nou renmen yo e nou sansib pou yo, yo konnen yo pa poukont yo, men yo chaje zanmi ki enterese nan yo e k ap soutni yo. Pafwa nou dwe annik byen koute. Kite frè nou an vide kè l ban nou, e pinga n fache si l ta di yon “vye pawòl”. (Jòb 6:2, 3.) Li ka ap fè fas ak anpil strès akoz presyon fanmi l ki pa Temwen ap fè sou li. Kidonk, priye ansanm avè l. Sipliye “[Sila a] ki tande lapriyè” a pou l ba l fòs e pou l fè l wè klè nan sitiyasyon an. — Sòm 65:2. w19.04 18-19 § 18-19.

Jedi 11 fevriye

Ouvri kè nou ba li. — Sòm 62:8.

Kit n ap sèvi nan tèritwa kit n ap sèvi nan Betèl, nou ka vin gen anpil lanmou pou moun yo e menm pou kote n ap sèvi a. Si nou oblije kite asiyasyon nou pou yon rezon kèlkonk, nou ka santi kè nou ap rache. Nou sonje frè ak sè nou kite yo, e nou ka ap enkyete pou yo, sitou si nou oblije ale akoz pèsekisyon (Mat. 10:23; 2 Kor. 11:28, 29). Mete sou sa, byen souvan, lè nou gen yon nouvo asiyasyon oswa lè nou retounen nan peyi nou, sa ka difisil paske nou ka bezwen adapte nou ak kilti a. Gen kèk nan moun ki vin gen yon lòt asiyasyon ki ka vin fè fas ak pwoblèm ekonomik sanzatann. Yo ka pa wè ni devan ni dèyè, e sa ka fè yo dekouraje. Ki sa k ka ede yo? Rete pwòch ak Jewova (Jak 4:8). Ki jan nou ka fè sa? Se lè nou met konfyans nou nan li antanke Sila a “ki tande lapriyè”. (Sòm 65:2.) Jewova ka “fè pi plis lontan pase tout sa nou mande oubyen tout sa nou imajine”. (Efe. 3:20.) Jewova pa ban nou sèlman sa nou mande l nan priyè nou fè. Li ka fè yon bagay nou pa t atann, yon bagay nou pa t ap janm imajine, pou rezoud pwoblèm nou genyen yo. w19.08 21 § 5-6.

Vandredi 12 fevriye

Yo rasanble [...] yo nan [...] Amagedon. — Rev. 16:16.

Kèk moun itilize mo “Amagedon” an pou pale konsènan yon gè nikleyè oswa konsènan yon gwo katastwòf. Poutan, sa Bib la di konsènan Amagedon se yon bon nouvèl ki ka fè kè nou kontan (Rev. 1:3)! Lagè Amagedon pa pral detwi limanite, men l ap delivre l pito! Sa k fè sa? Paske li pral delivre limanite lè l detwi gouvènman lèzòm yo e lè l detwi moun ki mechan yo, toutpandan l pèmèt moun ki jis yo ret vivan. Li pral delivre limanite lè l pwoteje planèt nou an pou anpeche yo detwi l (Rev. 11:18). Mo “Amagedon” an parèt yon sèl fwa nan Bib la, li soti nan yon mo ebre ki vle di “Mòn Megido”. (Rev. 16:16, nòt.) Megido se te yon vil nan Izrayèl tan lontan an (Joz. 17:11). Men, Amagedon pa gen rapò ak okenn zòn sou tè a. An reyalite, li fè referans ak sitiyasyon kote “wa ki sou tout tè a” rasanble pou yo kanpe anfas Jewova. — Rev. 16:14. w19.09 8 § 1-3.

Samdi 13 fevriye

Pèsonn pa t ka geri l. — Lik 8:43.

Dam nan te vrèman bezwen èd. Li t al wè anpil doktè pou l te ka jwenn soulajman. Apre 12 an li fè ap soufri, li te toujou pa jwenn gerizon. Selon Lalwa, li pa t pwòp (Lev. 15:25). Annapre, li aprann Jezi kapab geri moun ki malad, se sa k fè li t al chèche l. Lè l jwenn li, li touche franj rad li e li geri menm moman an! Jezi pa t annik geri dam nan. Fason l te aji ak dam nan te fè dam nan rejwenn diyite l. Pa egzanp, lè l t ap pale ak dam nan, li te montre lanmou ak respè pou li lefètke l te rele l “pitit fi m”. Dam nan te vrèman santi l soulaje e l te repran fòs (Lik 8:44-48)! N ap remake dam nan t al kot Jezi. Li te fè premye pa a. Se menm bagay la tou jodi a, nou dwe fè efò pou n “vin jwenn” Jezi. Jodi a, Jezi pap fè mirak pou l geri moun ki “vin jwenn” li ki gen yon maladi nan kò yo. Men, kanmenm, li fè nou envitasyon ki vin annapre a: “Vin jwenn mwen, [...] e m ap ban nou fòs.” — Mat. 11:28. w19.09 20 § 2-3.

Dimanch 14 fevriye

Mwen wè yon gwo foul moun [...] ki soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang. — Rev. 7:9.

Anvan sa, pwofèt Zakari te anonse yon bagay menm jan an. Men sa l te ekri: “Nan epòk sa a, dis moun ki soti nan tout lang nasyon yo pale ap kenbe wòb long yon Juif, wi, y ap kenbe l byen di, epi y ap di: ‘Nou vle ale avèk nou, paske nou tande yo di Bondye avèk nou.’ ​(Zak. 8:23). Temwen Jewova yo rann yo kont, pou moun tout lang rive rasanble, yo dwe preche bon nouvèl la nan anpil lang. Kounye a n ap fè pi gwo travay tradiksyon ki te janm fèt nan listwa nan plizyè santèn lang. Sa klè, Jewova ap fè yon mirak nan epòk nou an: l ap rasanble yon gwo foul moun ki soti nan tout nasyon. Grasa manje espirityèl ki vin disponib nan plis lang toujou, tout moun sa yo ap adore Jewova nan tèt ansanm, menm lè yo soti nan tout nasyon sou tè a. Epitou, tout moun konnen Temwen yo se moun ki chofe nan travay predikasyon an e ki gen afeksyon pou frè yo. Sa vrèman fòtifye lafwa nou! — Mat. 24:14; Jan 13:35. w19.09 30-31 § 16-17.

Lendi 15 fevriye

Pral gen yon gwo tribilasyon, yon tribilasyon ki poko janm rive depi monn nan egziste pou jiska prezan, non, e ki pap rive ankò. — Mat. 24:21.

Pandan gwo tribilasyon an, moun yo pral sezi anpil lè yo wè tout bagay yo te panse ki vin stab nan monn nan kòmanse degrengole. Yo pral gen “tètchaje”, y ap pè pou yo pa touye yo nan moman sa a k ap moman ki pi malouk nan listwa lèzòm (Sof. 1:14, 15). Nan epòk sa a, petèt lavi a ap vin pi difisil, menm pou sèvitè Jewova yo. Piske nou pa fè pati monn nan, nou ka jwenn kèk difikilte. Nou ka pa gen kèk bagay ki nesesè. “Esklav fidèl ki prevwayan an” ap prepare nou pou nou rete fidèl pandan gwo tribilasyon an (Mat. 24:45). Li fè sa plizyè fason, men n ap pran yon sèl egzanp: pwogram kongrè pou ane 2016-2018 yo ki te byen tonbe. Pa mwayen pwogram sa yo, nou te jwenn ankourajman pou nou ranfòse yon seri kalite n ap bezwen toutpandan jou Jewova a ap pwoche. w19.10 14 § 2; 16 § 10; 17 § 12.

Madi 16 fevriye

Nou pa ka ap bwè nan koup Jewova epi pou n ap bwè nan koup demon. — 1 Kor. 10:21.

Yonfwa nou fin vale yon manje, nou pa gen kontwòl sou li ankò, e finalman kò nou absòbe sa ki nan manje sa a. Si nou manje manje ki bon pou nou, sa ka fè nou gen yon pi bon sante, men si nou manje manje ki pa bon pou nou, nou pap an sante. Nou ka pa wè efè manje nou manje a yon sèl kou, men n ap rive wè l pi devan. Menm jan an tou, lè n ap chwazi detant pou nou pran, nou gen kontwòl sou sa n ap kite antre nan lespri nou. Men, apre sa, nou pa gen kontwòl sou efè li ka genyen sou lespri nou ak kè nou. Bonjan detant ka bon pou nou. Men, detant ki pa bon ap gen move efè sou nou (Jak 1:14, 15). Gendwa se pa tousuit n ap wè move efè detant ki pa bon yo genyen, men n ap wè yo pi devan. Se sa k fè, men avètisman Bib la ban nou: “Kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou. Paske, yon moun ki simen pou chè li, chè li ap fè l rekòlte destriksyon.” ​(Gal. 6:7, 8). Li enpòtan anpil pou nou rejte tout detant k ap ankouraje bagay Jewova rayi! — Sòm 97:10. w19.10 30 § 12-14.

Mèkredi 17 fevriye

Se pou nou imite Bondye, antanke pitit li renmen, e se pou nou kontinye mache nan lanmou. — Efe. 5:1, 2.

Jewova montre li renmen nou lè l te bay Pitit Gason l lan kòm yon ranson pou nou (Jan 3:16). Ki jan nou ka montre nou gen lanmou menm jan ak Jewova? Se lè nou wè chak frè nou ak chak sè nou kòm yon moun ki enpòtan e ki gen anpil valè, e se lè nou kontan akeyi “yon mouton ki pèdi” ki retounen vin jwenn Jewova (Sòm 119:176; Lik 15:7, 10). Nou montre nou renmen frè n ak sè n yo lè nou sèvi ak tan nou ak enèji nou pou n ede yo, sitou nan moman yo bezwen sa (1 Jan 3:17). Jezi te bay disip li yo lòd pou yo demontre yon lanmou ki mache ak sakrifis (Jan 13:34, 35). Kòmandman Jezi a se yon nouvo kòmandman paske li atire atansyon sou yon kalite lanmou Lwa Bondye te bay pèp Izrayèl la pa t mande: Pou nou renmen kwayan parèy nou menm jan Jezi renmen nou. Sa mande pou nou gen yon lanmou ki mache ak sakrifis. Nou dwe renmen frè n ak sè n yo plis pase pwòp tèt nou. Nou dwe tèlman renmen yo, sa fè nou dispoze bay lavi nou pou yo, jan Jezi te fè sa pou nou. w19.05 4 § 11-13.

Jedi 18 fevriye

Kontinye mande, y ap ban nou. Kontinye chèche, n ap jwenn. Kontinye frape, y ap ouvri pou nou. — Lik 11:9.

Pou nou resevwa èd lespri sen, nou dwe priye san rete pou n jwenn li (Lik 11:13). Egzanp Jezi te bay nou jwenn nan Lik 11:5-9 la ede nou wè rezon ki fè Jewova ap ban nou lespri sen. Mesye ki nan egzanp lan te vle byen akeyi moun ki te vin lakay li a. Li te santi se yon obligasyon pou l bay vizitè ki te vin lakay li byen ta nan nuit lan manje, men l pa t gen anyen pou l ba li. Jezi te di vwazen an te fè yon bagay pou mesye a paske mesye a te kole nan kò l ap mande l pen. Ki sa Jezi te vle fè konprann? Si yon moun ki enpafè dispoze ede yon pwochen l ki kole nan kò l, alewè pou Papa nou ki nan syèl la ki gen bonte lakay li! L ap ede moun k ap priye l san rete pou yo mande l lespri sen! Kidonk, nou ka gen konfyans Jewova ap reponn priyè nou fè pou nou mande l lespri sen (Sòm 10:17; 66:19). Nou ka gen asirans n ap pot laviktwa, malgre Satan pa sispann fè efò pou l fè nou pèdi batay la. w19.11 13 § 17-19.

Vandredi 19 fevriye

Vin yon kote apa pou nou pran yon ti repo. — Mak 6:31.

Jezi te konnen li menm ak apot li yo te bezwen pran yon ti repo pafwa. Sepandan, anpil moun nan epòk Jezi a ak anpil moun jodi a sanble ak mesye rich ki nan egzanp Jezi te bay la. Mesye sa a te di tèt li: “Pran lèz kò w, manje, bwè, epi pran plezi w.” ​(Lik 12:19; 2 Tim. 3:4). Li te panse sa k pi enpòtan nan lavi a se pran repo ak pran plezi. Yon lòt bò, Jezi ak apot yo pa t konsidere plezi kòm bagay ki pi enpòtan nan lavi yo. Jodi a, nou eseye imite Jezi lè nou sèvi ak tan nou genyen nan moman nou pa nan travay, nonsèlman pou nou repoze, men tou, pou nou fè byen lè nou preche lòt moun e lè nou asiste reyinyon yo. Anfèt, pou nou menm, travay fè disip la ak asiste reyinyon yo tèlman enpòtan, sa pouse nou fè tout sa nou kapab pou n patisipe nan aktivite sakre sa yo regilyèman (Ebre 10:24, 25). Menm lè nou an vakans, nou toujou respekte abitid nou genyen pou nou asiste reyinyon yo kèlkeswa kote nou ye, e nou chèche okazyon pou nou pale sou Bib la ak moun nou rankontre. — 2 Tim. 4:2. w19.12 7 § 16-17.

Samdi 20 fevriye

Fini sa nou te kòmanse a. — 2 Kor. 8:11.

Jewova kite nou chwazi fason pou nou viv. Li anseye nou fason pou nou fè bon chwa e li ede nou reyisi lè nou pran desizyon ki fè l plezi (Sòm 119:173). Plis nou aplike sajès ki nan Pawòl Bondye a, se plis n ap kapab pran bon desizyon (Ebre 5:14). Menm lè nou pran yon bon desizyon, nou ka oblije lite pou nou fini sa nou te kòmanse a. Ann pran kèk egzanp: Yon jèn frè deside li tout Bib la. Li byen kòmanse pandan kèk semèn, men apre sa, li kanpe san pa gen yon rezon valab. Yon sè deside pran sèvis pyonye pèmanan, men li kontinye ap rekile dat li ta dwe kòmanse a. Yon gwoup ansyen pran desizyon pou yo fè plis vizit pastoral nan kongregasyon an e yo tout dakò. Men, plizyè mwa pase, yo pa fè anyen. Sitiyasyon sa yo pa menm, men yo sanble. Moun yo te pran desizyon men yo pa t fè sa yo te deside fè a. w19.11 26 § 1-2.

Dimanch 21 fevriye

Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li. — Pwo. 21:5.

Jezi te konpare epòk nou an ak “epòk Noye a” e pa gen dout, n ap viv nan “tan [ki] di [e ki] difisil pou moun sipòte”. (Mat. 24:37; 2 Tim. 3:1.) Gen kèk mari ak madanm, lè yo sonje sa, ki deside pa fè pitit tousuit pou yo ka pase plis tan nan sèvis Jewova a. Mari ak madanm ki gen sajès yo “kalkile konbyen sa ap koute” lè y ap deside si y ap fè pitit e konbyen pitit y ap fè (Lik 14:28, 29). Paran ki gen eksperyans yo konnen nonsèlman sa koute anpil kòb pou moun leve timoun, men tou, sa mande tan ak enèji. Se sa k fè li enpòtan pou yon mari ak madanm li reflechi sou yon seri kesyon tankou: ‘Èske se nou toule de k ap bezwen al travay pou bay fanmi an sa ki nesesè yo? Èske nou dakò sou “sa ki nesesè” pou fanmi an? Si nou toule de bezwen al travay, kiyès k ap avèk timoun yo? Kiyès k ap enfliyanse panse yo ak aksyon yo?’ Lè mari ak madanm yo pran tan pou yo pale sou kesyon sa yo yon fason ki kalm, yo fè sa tèks pou jounen an di a. w19.12 23-24 § 6-7.

Lendi 22 fevriye

Yo [se] konpayon travay mwen pou Wayòm Bondye a, e yo vin tounen yon gwo rekonfò pou mwen. — Kol. 4:11.

Apot Pòl te viv yon seri sitiyasyon youn apre lòt ki te met lavi l an danje (2 Kor. 11:23-28). Mete sou sa, li te oblije sipòte “yon pikan nan chè” l, petèt se te yon pwoblèm sante (2 Kor. 12:7). E li te oblije fè fas ak sitiyasyon ki te dekouraje l lè Demas ki te yon konpayon travay li te abandone l paske, selon sa Pòl di: “[Demas te] renmen sistèm ki la kounye a.” ​(2 Tim. 4:10). Pòl se te yon kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ki te gen anpil kouraj, li te ede lòt moun san se pa yon enterè l t ap defann. Men, pafwa li te konn santi l dekouraje (Wom. 9:1, 2). Pòl te jwenn rekonfò ak èd li te bezwen. Ki jan? Se sèten, Jewova te sèvi ak lespri sen l pou l ba l fòs (2 Kor. 4:7; Flp. 4:13). Jewova te ba l rekonfò tou pa mwayen kretyen parèy li yo. Pòl te fè konnen kèk nan konpayon travay li yo te “yon gwo rekonfò” pou li (Kol. 4:11). Pami moun li te site non yo, gen Aristak, Tichik ak Mak. Yo te bay Pòl fòs, yo te ede l andire. w20.01 8 § 2-3.

Madi 23 fevriye

Li ouvri kè nou e nou vin wè. — Efe. 1:18.

Jezi te montre li enposib pou byen esplike yon moun Bondye pa chwazi pou al nan syèl ki jan yon moun ki “fèt yon lòt fwa ankò” oswa “ki fèt pa mwayen lespri a” santi l (Jan 3:3-8). Ki chanjman ki fèt nan lespri yon kretyen lè Bondye chwazi l pou l al nan syèl? Anvan Jewova te chwazi kretyen ki pral viv nan syèl yo, yo te renmen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a. Yo pa t ka tann pou yo viv sou tè a nan moman Jewova pral retire tout mechanste sou li e li pral fè l vin yon paradi. Petèt yo te imajine tèt yo k ap akeyi yon manm fanmi yo oubyen yon zanmi yo ki te mouri. Men, apre Bondye fin chwazi yo pou y al nan syèl, yo te kòmanse panse yon lòt fason. Sa k fè sa? Se paske esperans pou yo viv sou tè a te toujou bèl nan je yo. Se pa depresyon oswa gwo soufrans ki fè yo vin anvi al nan syèl. Nitou se pa paske yo te santi lavi pou toutan sou tè a t ap raz. Olye de sa, Jewova te sèvi ak lespri sen pou l chanje fason yo panse ak esperans yo te genyen pou yo viv sou tè a. w20.01 22 § 9-11.

Mèkredi 24 fevriye

Se pou tout moun soumèt devan otorite yo. — Wom. 13:1.

Anba Lwa Bondye te bay Izrayèl la, mesye ki te nome yo pa t sèlman konn regle kesyon ki gen rapò ak sèvis Bondye, men tou yo te konn jije zak kriminèl ak lòt aksyon moun yo te fè. Men, anba “lalwa Kris la”, wòl ansyen yo se regle kesyon ki gen rapò ak sèvis Bondye lè gen yon moun ki peche (Gal. 6:2). Yo rekonèt Bondye bay otorite nan Leta yo responsablite pou yo jije zak kriminèl ak lòt aksyon moun fè. Sa gen ladan l otorite pou yo pini moun, pa egzanp pou fè yo peye amann oswa pou mete yo nan prizon (Wom. 13:2-4). Ki responsablite ansyen yo genyen lè yon moun nan kongregasyon an fè yon peche ki grav? Yo sèvi ak Bib la pou yo egzamine kesyon an e pou yo pran desizyon. Yo toujou sonje se lanmou ki baz lalwa Kris la. Lanmou pouse ansyen yo egzamine pwen ki vin annapre yo: Ki sa k dwe fèt pou ede nenpòt moun nan kongregasyon an ki viktim yon move zak? Lanmou ap pouse ansyen yo mande tèt yo: Èske moun ki fè move zak la repanti? Èske nou ka ede l vin gen bon relasyon ak Jewova ankò? w19.05 7 § 23-24.

Jedi 25 fevriye

Se grasa Papa a m ap viv. — Jan 6:57.

Jezi te rekonèt se Papa l ki ba l lavi e se Li ki pran swen l lè l te di pawòl ki nan tèks pou jounen an. Jezi te fè Papa l konfyans nèt e Jewova te ba l sa l te bezwen pou l viv. Sa k pi enpòtan an, Jewova te ede Jezi ret fidèl (Mat. 4:4). Jewova ban n sa n bezwen tou pou nou gen bon relasyon avè l. Pa mwayen Pawòl li a, li fè nou konnen laverite sou li, sou objektif li, sou sans lavi a e sou lavni. Li te montre l enterese nan nou chak lè nou te fèk kòmanse aprann laverite, lè l te sèvi ak paran nou oswa yon lòt moun pou ede nou aprann konnen l. E nou kontinye jwenn bonjan èd nan men ansyen yo nan kongregasyon an ki gen lanmou oswa nan men lòt frè ak sè ki gen matirite yo. Mete sou sa, Jewova ban nou fòmasyon pa mwayen reyinyon kongregasyon an, kote nou jwenn enstriksyon ansanm ak frè n ak sè n yo. Se fason sa yo ak lòt fason ankò, Jewova montre li se yon Papa ki enterese nan nou tout. — Sòm 32:8. w20.02 3 § 8; 5 § 13.

Vandredi 26 fevriye

Kontinye chèche bagay k ap fè nou viv anpè ak bagay k ap fòtifye youn lòt. — Wom. 14:19.

Kote ki gen anvi pa ka gen lapè. Nou bezwen derasinen anvi nou gen nan kè nou tankou move zèb e nou dwe evite fè lòt moun vin gen anvi nan kè yo. Ki sa nou ka fè pou nou ede lòt moun goumen kont anvi e ki jan nou ka travay pou gen lapè? Atitid nou ak aksyon nou ka gen gwo efè sou lòt moun. Monn nan vle nou fè “egzibisyon” ak bagay nou posede (1 Jan 2:16). Men, atitid sa a ka fè lòt moun gen anvi. Youn nan fason nou ka evite fè lòt moun vin gen anvi se lè nou evite plede pale sou sa nou genyen oubyen sou sa nou pral achte. Yon lòt fason nou ka evite fè moun gen anvi se fason nou konpòte n lè nou gen privilèj nan kongregasyon an. Si n ap atire atansyon lòt moun sou privilèj nou genyen, nou ka ap prepare teren pou anvi fè rasin nan kè yo. Yon lòt bò, lè nou montre nou enterese toutbon nan lòt moun e nou rekonèt bon bagay yo fè, n ap ede yo aprann kontante yo ak sa yo genyen e n ap pèmèt gen inite ak lapè nan kongregasyon an. w20.02 18 § 15-16.

Samdi 27 fevriye

Kalite li yo ki envizib [...] parèt klè depi nan kreyasyon monn nan, paske moun rive wè yo nan bagay li fè yo. — Wom. 1:20.

Ou ka aprann konnen Jewova pa mwayen kreyasyon an (Rev. 4:11). Medite sou sajès Jewova demontre nan fason l fè plant yo ak bèt yo. Byen gade fason estrawòdinè kò nou fèt (Sòm 139:14). Epi, reflechi sou tout enèji Jewova mete nan solèy nou an, e sonje solèy la se jis youn nan plizyè milya zetwal ki genyen yo (Eza. 40:26). Lè w fè sa, w ap vin gen plis respè pou Jewova. Men, konesans sou sajès ak pisans Jewova se sèlman yon aspè nan baz w ap poze pou w gen bon relasyon avè l. Pou w vin gen anpil lanmou pou Jewova, ou bezwen konn plis bagay sou li. Ou bezwen gen konviksyon Jewova gen sousi pou ou pèsonèlman. E pa bliye, “si w chèche l, l ap kite w jwenn li”. (1 Kwo. 28:9.) Jewova di: “M rale w vin jwenn mwen.” ​(Jer. 31:3). Plis ou gen rekonesans pou tout sa Jewova fè pou ou, se plis w ap renmen l. w20.03 4 § 6-7.

Dimanch 28 fevriye

Piske nou gen sèvis sa a pou n akonpli [...], nou pap abandone. — 2 Kor. 4:1.

Apot Pòl kite yon bèl egzanp kòm moun ki te fè travay predikasyon an tounen aktivite ki pi enpòtan nan lavi l. Lè l te nan vil Korent, pandan dezyèm vwayaj misyonè l la, li pa t gen ase kòb e li te oblije fè tant pafwa. Li te travay sou metye sa a pou l te ka pran swen tèt li nan sèvis la, konsa, li t ap kapab preche moun Korent yo bon nouvèl la “san sa pa koute [yo] anyen”. (2 Kor. 11:7.) Byenke Pòl te oblije fè kèk travay pou l pran swen tèt li, li te kontinye bay travay predikasyon an priyorite e li te preche chak saba. Lè sitiyasyon Pòl te vin amelyore, li te vin ka plis konsantre l sou travay predikasyon an. Li te “kòmanse vin okipe anpil nan preche pawòl la, li t ap bay Juif yo temwayaj pou l pwouve yo Jezi se Kris la”. (Tra. 18:3-5; 2 Kor. 11:9.) Annapre, lè Pòl te fè dezan kòm prizonye anndan lakay li nan vil Wòm, li te preche moun ki te vin vizite l yo e li te ekri plizyè lèt (Tra. 28:16, 30, 31). Pòl te detèmine pou l pa t kite anyen distrè l nan sèvis li. w19.04 4 § 9.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje