BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es21
  • Desanm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Desanm
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2021
  • Soutit
  • Mèkredi 1ye desanm
  • Jedi 2 desanm
  • Vandredi 3 desanm
  • Samdi 4 desanm
  • Dimanch 5 desanm
  • Lendi 6 desanm
  • Madi 7 desanm
  • Mèkredi 8 desanm
  • Jedi 9 desanm
  • Vandredi 10 desanm
  • Samdi 11 desanm
  • Dimanch 12 desanm
  • Lendi 13 desanm
  • Madi 14 desanm
  • Mèkredi 15 desanm
  • Jedi 16 desanm
  • Vandredi 17 desanm
  • Samdi 18 desanm
  • Dimanch 19 desanm
  • Lendi 20 desanm
  • Madi 21 desanm
  • Mèkredi 22 desanm
  • Jedi 23 desanm
  • Vandredi 24 desanm
  • Samdi 25 desanm
  • Dimanch 26 desanm
  • Lendi 27 desanm
  • Madi 28 desanm
  • Mèkredi 29 desanm
  • Jedi 30 desanm
  • Vandredi 31 desanm
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2021
es21

Desanm

Mèkredi 1ye desanm

Gen [...] yon lè pou moun pa di anyen. — Ekl. 3:1, 7.

Si n pa kontwole pawòl k ap sot nan bouch nou, sa ka lakoz anpil dega. Pa egzanp, si w rankontre yon moun k ap viv nan yon peyi kote yo entèdi travay predikasyon nou an, èske w santi w anvi mande l kèk detay sou fason travay predikasyon an fèt nan peyi sa a? Se vre, ou gen bon entansyon. Nou renmen frè ak sè n yo e nou ta renmen konnen kòman sa ye pou yo. Epitou, nou ta renmen konnen sa pou n di lè n ap priye pou yo. Men, sa se yon moman pou n pa pale. Si n ap fòse yon moun pou l ban nou enfòmasyon li pa gen dwa bay, nou montre nou pa gen lanmou ni pou moun nan, ni pou frè ak sè yo ki fè moun sa a konfyans paske yo konnen li pa pral pale sou aktivite yo. Se sèten, pa gen youn nan nou ki ta renmen ajoute sou pwoblèm frè n ak sè n yo k ap viv nan peyi kote yo entèdi travay nou an. Menm jan an tou, pa gen frè nou oswa sè nou k ap sèvi nan yon peyi konsa k ap vle bay detay sou fason Temwen Jewova nan peyi sa a preche oswa sou fason yo fè aktivite yo antanke kretyen. w20.03 21 § 11-12.

Jedi 2 desanm

Nou pap mouri pyès. — Jen. 3:4.

Bondye pa t fè moun pou yo mouri. Men, pou Adan ak Èv te viv pou toutan, yo te dwe obeyi Jewova ki te ba yo yon kòmandman tou senp ki te di: “Ou pa dwe manje fwi nan pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la, paske jou w manje ladan l, w ap mouri san mank.” ​(Jen. 2:16, 17). Annapre Satan te vin bay pwoblèm. Li te sèvi ak yon sèpan pou l pale ak Èv. Li te di Èv pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. Malerezman, Èv te pran nan manti a e l te manje fwi a. Apre sa, mari l te manje fwi a tou (Jen. 3:6). Konsa, peche ak lanmò te vin parèt (Wom. 5:12). Adan ak Èv mouri, jan Bondye te di a. Men, Satan pa sispann bay manti anrapò ak lanmò. Rive yon lè, li te kòmanse bay lòt manti. Youn nan manti sa yo se ansèyman ki fè kwè lè yon moun mouri se kò a ki mouri, men moun nan gen yon nanm ki pa ka mouri, petèt ki kontinye viv antanke espri. Manti sa a, yo prezante sou divès fòm, twonpe anpil moun jis jodi a. — 1 Tim. 4:1. w19.04 14-15 § 3-4.

Vandredi 3 desanm

Lè m te timoun, mwen te konn pale tankou timoun, mwen te konn reflechi tankou timoun, mwen te konn rezone tankou timoun. — 1 Kor. 13:11.

Kapasite yon moun genyen pou l reflechi, pou l rezone oswa pou l rekonèt danje e pou l evite danje poko fin devlope lè moun nan timoun. Donk, li fasil anpil pou yon moun ki mètdam twonpe yon timoun epi fè abi seksyèl sou li. Moun k ap fè abi seksyèl yo konn bay timoun nan yon seri vye manti, pa egzanp yo konn fè timoun nan kwè se timoun nan ki lakòz sa k rive a, oswa timoun nan pa dwe kite okenn lòt moun konn sa k rive a, oubyen pèsonn pap kwè l si l al di sa k rive a, oswa se nòmal pou yon granmoun ak yon timoun ki gen yon lanmou sensè youn pou lòt montre sa lè yo fè yon seri bagay ki gen rapò ak sèks. Sa ka pran anpil ane pou timoun nan vin rann li kont tout sa yo t ap di l yo se manti. Timoun nan ka grandi ak santiman kòmkwa li pa gen okenn valè, li sal, li pa merite pou moun renmen l e pou yo konsole l. Donk, sa ede nou konprann rezon ki fè lè yo fè abi seksyèl sou yon timoun sa ka lakòz gwo dega pandan anpil ane. N ap viv nan dènye jou yo, yon epòk kote anpil moun pa gen “afeksyon pou moun parèy yo” e kote “moun ki mechan ansanm ak moun ki mètdam ap vin pi mal toujou”. — 2 Tim. 3:1-5, 13. w19.05 15 § 7-8.

Samdi 4 desanm

Konsa, n ap fè sa lalwa Kris la mande. — Gal. 6:2.

Ki fason Jezi te anseye? Toudabò, li te anseye pa mwayen pawòl li te di. Pawòl li yo te gen anpil fòs paske yo te aprann moun laverite sou Bondye, yo te fè yo konnen vrè sans lavi a e yo te atire atansyon moun yo sou Wayòm Bondye a kòm sèl remèd pou tout soufrans lèzòm yo (Lik 24:19). Jezi te anseye pa mwayen egzanp tou. Nan fason li te viv, li te montre disip li yo fason yo dwe viv (Jan 13:15). Ki lè Jezi te anseye moun? Li te fè sa pandan sèvis li sou tè a (Mat. 4:23). Li te anseye disip li yo tou yon ti tan apre l fin resisite. Pa egzanp, li te parèt devan yon gwoup disip, petèt plis pase 500, e li te ba yo lòd pou yo “fè disip”. (Mat. 28:19, 20; 1 Kor. 15:6.) Antanke chèf kongregasyon an, Jezi te kontinye fòme disip li yo apre l fin retounen nan syèl la. Pa egzanp, ozanviwon ane 96 epòk nou an, Kris te bay apot Jan lòd pou l ankouraje kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo e pou l ba yo konsèy. — Kol. 1:18; Rev. 1:1. w19.05 3 § 4-5.

Dimanch 5 desanm

Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo. — Flp. 1:10.

Sa mande anpil efò pou nou jwenn sa nou bezwen pou n viv nan epòk sa a. Anpil nan frè nou yo pase yon pakèt tan ap travay jis pou yo ka bay fanmi yo sa yo gen bezwen pou yo viv. Gen anpil lòt ki pase plizyè èdtan nan wout pou y al travay chak jou e pou yo retounen lakay yo. Anpil oblije fè travay ki di pou yo ka pran swen tèt yo. Nan fen jounen an, frè ak sè sa yo ki travay di vin fatige anpil. Lè konsa, anpil nan yo pa santi yo gen fòs pou yo etidye. An reyalite, nou dwe jwenn tan pou nou etidye, wi byen etidye Pawòl Bondye a ak piblikasyon nou yo. Relasyon nou gen ak Jewova ak esperans nou gen pou n gen lavi ki pap janm fini an depann de sa (1 Tim. 4:15). Gen kèk moun ki leve granmmaten chak jou pou yo etidye, lè poko gen bri k ap fèt nan kay la e lè lespri yo fre apre yo fin pase yon nuit ap repoze. Gen lòt ki rezève kèk minit nan fen jounen an pou yo rete yon kote ki byen trankil pou yo etidye e pou yo medite. w19.05 26 § 1-2.

Lendi 6 desanm

Sispann konfòme nou ak sistèm sa a, men transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon. — Wom. 12:2.

Se pa yon sèl kou chanjman sa yo fèt, ni yo pap fèt poukont yo. Nou ka bezwen fè “bonjan efò” pandan plizyè ane (2 Pyè 1:5). Nou bezwen fè tout sa n kapab pou n chanje moun nou ye pa anndan an. Lapriyè se premye etap ki enpòtan. Nou bezwen fè menm priyè ak youn nan moun ki te ekri sòm yo. Men sa l te di nan yon priyè: “Fè kè m vin pwòp, o Bondye. Ban m yon lòt espri, yon espri k ap fè m fidèl.” ​(Sòm 51:10). Nou dwe rekonèt li nesesè pou nou chanje mantalite k ap domine nan nou an e pou nou mande Jewova pou l ede nou. Meditasyon se dezyèm etap ki enpòtan anpil. Pandan n ap fouye nan Pawòl Bondye a chak jou, nou bezwen pran tan pou n medite, oswa byen reflechi sou ki panse ak santiman nou bezwen chanje (Sòm 119:59; Ebre 4:12; Jak 1:25). Nou bezwen egzamine tèt nou pou n wè si n gen tandans kite yon seri ide ki gen nan monn nan enfliyanse nou. Onètman, nou bezwen rekonèt feblès nou genyen yo epi nou bezwen fè gwo efò pou nou konbat feblès sa yo. w19.06 8 § 1; 10 § 10; 12 § 11-12.

Madi 7 desanm

Se pou nou byen sèvi ak tan nou. — Efe. 5:16.

Lè w pran desizyon, ou dwe chwazi yon tan pou w fè sa w deside a epi respekte l. Pa ret ap tann se lè tout bagay anfòm pou w kòmanse. Petèt, moman sa a pap janm rive (Ekl. 11:4). Veye pou w pa kite bagay ki gen mwens enpòtans yo pran tan w ak enèji w bezwen pou w fè bagay ki pi enpòtan yo (Flp. 1:10). Si sa posib, chwazi pou w fè sa w planifye a nan yon lè lòt moun pap deranje w. Fè lòt moun konnen ou bezwen tan pou w konsantre. Petèt ou ka bezwen fèmen telefòn ou epi w ka verifye imel ou oswa enfòmasyon ki sou rezo sosyal yo annapre. Rezilta desizyon w pran yo tankou lè w ap vwayaje epi w rive kote w prale a. Si w vrèman vle rive kote sa a, w ap kontinye vwayaj la menmsi wout w ap pase a bloke e w oblije pase nan yon lòt wout. Menm jan an tou, si nou reflechi ak bon rezilta n ap jwenn grasa desizyon nou pran an, nou pap kouri bay vag lè nou jwenn obstak oswa difikilte. — Gal. 6:9. w19.11 30 § 17-18.

Mèkredi 8 desanm

Pawòl Bondye a [...] kapab rive wè panse ak entansyon ki nan kè yon moun. — Ebre 4:12.

Ki sa k ta dwe fè w pran desizyon pou w batize? Lefètke w te byen etidye Bib la, ou vin aprann anpil bagay sou Jewova, sa l renmen ak fason li aji. Sa w te aprann sou li yo te touche kè w e yo te pouse w renmen l anpil. Se lanmou w gen pou Jewova ki dwe pi gwo rezon ki fè w pran desizyon pou w batize. Yon lòt rezon ki fè w pran desizyon pou w batize se paske w te aprann verite ki nan Bib la e kounye a ou aksepte verite sa yo. Fè yon ti reflechi sou pawòl Jezi te di lè l te bay lòd pou nou fè disip la (Mat. 28:19, 20). Selon Jezi, moun k ap batize yo dwe fè sa “nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an”. Ki sa sa vle di? Ou dwe kwè ak tout kè w verite Bib la anseye sou Jewova, sou Jezi, Pitit li a, ak sou lespri sen. Verite sa yo gen anpil fòs e yo ka vrèman touche kè w. w20.03 9 § 8-9.

Jedi 9 desanm

Avèti moun ki endisipline yo [...], soutni moun ki fèb yo. — 1 Tes. 5:14.

Jewova te voye zanj yo nonsèlman pou yo avèti Lòt, men tou pou yo ede l chape anba kalamite li t apral lage sou Sodòm nan (Jen. 19:12-14, 17). Menm jan an tou, nou ka bezwen avèti yon frè nou si nou wè l ap fè yon bagay ki ka lage l nan pwoblèm. Menmsi l pran tan pou l aplike konsèy li jwenn ki sot nan Bib la, nou bezwen pran pasyans avè l. Aji menm jan ak de zanj yo. Olye nou kite sa epi nou pran distans ak frè nou an, nou dwe chèche bonjan mwayen pou nou ede l (1 Jan 3:18). Nan yon sans, nou ka bezwen pran men frè nou an, sa vle di, ede l pou l suiv bon konsèy li te jwenn nan. Jewova te ka konsantre sou enpèfeksyon Lòt. Okontrè, pi devan, li te enspire apot Pyè pou l pale de Lòt kòm yon moun ki jis (Sòm 130:3). Ki jan nou ka imite fason Jewova te wè Lòt? Si nou konsantre sou bèl kalite frè n ak sè n yo genyen, n ap pran plis pasyans avèk yo. Yo menm bò kote pa yo ap pi dispoze aksepte èd n ap ba yo. w19.06 21 § 6-7.

Vandredi 10 desanm

Chak moun ap pote pwòp chay pa l. — Gal. 6:5.

Si gouvènman kote w ap viv la mete entèdiksyon sou travay n ap fè a, ou ka ap mande tèt ou si w pa ta dwe al viv nan yon lòt peyi kote w ap lib pou w sèvi Jewova. Desizyon sa a se nan men w li ye, pa gen lòt moun ki ka pran l pou ou. Gen kèk moun ki gendwa twouve sa itil pou yo egzamine ki sa kretyen ki t ap viv nan premye syèk yo te fè lè yo te pèsekite yo. Disip ki te nan Jerizalèm yo te deplase al Jide ak Samari, e menm nan zòn ki lwen tankou Fenisi, Chip ak Antyòch (Mat. 10:23; Tra. 8:1; 11:19). Men, lè yo te rekòmanse pèsekite kretyen premye syèk yo apot Pòl te deside pa deplase al nan yon zòn kote yo pa t opoze ak travay predikasyon an (Tra. 14:19-23). Ki sa nou aprann nan istwa sa yo? Se chak chèf fanmi ki pou deside si fanmi yo ap deplase oubyen si y ap rete. Anvan yo pran desizyon sa a, yo dwe priye e yo dwe byen reflechi sou sitiyasyon fanmi yo ak bon efè ak move efè sa ka gen sou fanmi an. Nou pa dwe jije lòt moun pou desizyon yo pran. w19.07 10 § 8-9.

Samdi 11 desanm

Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris. — Jan 17:3.

Jezi te di nou pou nou “ale, epi fè disip pami moun tout nasyon”. (Mat. 28:19.) Nonsèlman nou bezwen aprann etidyan yo konn sa Jezi mande pou disip li yo fè, nou bezwen ede yo konn fason pou yo obeyi kòmandman sa yo nan lavi yo. Nou bezwen gen pasyans pou n ede yo pandan y ap fè efò pou yo suiv prensip ki nan Bib la. Gen kèk etidyan Labib ki rive chanje fason yo panse ak abitid yo genyen nan kèk mwa sèlman, tandiske gen lòt ki pran plis tan. Gen yon misyonè nan peyi Pewou ki te fè yon eksperyans ki montre avantaj ki genyen lè nou gen pasyans. Men sa l di: “M te etidye de liv ak yon etidyan ki rele Raúl. Men, li te kontinye gen gwo difikilte nan lavi l. Li te gen gwo pwoblèm nan maryaj li, li te toujou ap di mo sal, e pitit li yo pa t respekte l. Li te konn vin nan reyinyon regilyèman, se sa k fè m te kontinye vizite l pou m ede li menm ak fanmi l. Plis pase twazan apre m te fin rankontre l, li te vin kalifye pou l batize.” w19.07 15 § 3; 19 § 15-17.

Dimanch 12 desanm

Fè gwo efò. — Lik 13:24.

Reflechi sou jan sa pa t fasil pou Pòl lè l t ap ekri kretyen nan vil Filip yo. Li te nan prizon nan yon kay nan vil Wòm. Li pa t gen anpil posiblite pou l preche. Epoutan, li te toujou okipe nan bay moun ki vin vizite l yo temwayaj e nan ekri lèt pou kongregasyon ki byen lwen yo. Pòl te konnen se pandan tout vi l li bezwen fè gwo efò, menm jan Kris te fè sa. Se sa k fè li te konpare lavi nou antanke kretyen ak yon kous (1 Kor. 9:24-27). Yon moun k ap patisipe nan yon kous pa kite anyen distrè l, sa k enterese l se fini kous la. Pa egzanp, jodi a, gen kous ki konn fèt nan mitan vil, kote ki gen biznis ak lòt bagay ki ta kapab distrè moun k ap kouri yo. Men, fè yon ti reflechi, èske yon moun ki nan yon kous t ap kanpe pou l gade bèl bagay ki nan vitrin yon magazen? Li pa t ap janm fè sa si l vle genyen! Menm jan an tou, nan kous pou lavi a, nou pa dwe kite anyen distrè nou. Si nou rete konsantre sou objektif nou e nou chofe nan sèvis Jewova a, menm jan ak Pòl, n ap jwenn rekonpans lan! w19.08 3 § 4; 4 § 7.

Lendi 13 desanm

Toujou veye sou tèt ou ak sou ansèyman w ap bay. [...] Lè w fè sa, w ap sove ni tèt ou, ni moun k ap koute w. — 1 Tim. 4:16.

Lè nou deside suiv prensip Bondye yo, sa ka fè li difisil pou fanmi nou aksepte chanjman sa yo. Byen souvan, premye bagay yo remake sèke nou sispann patisipe nan yon seri fèt relijye avè yo e nou pa mele nan politik ankò. Okòmansman, gen kèk moun nan fanmi nou ki gendwa fache avèk nou (Mat. 10:35, 36). Men nou pa dwe panse yo pap chanje. Si nou sispann ede yo konprann kwayans nou, nan yon sans, se kòmsi nou jije yo kòmkwa yo pa merite pou yo gen lavi ki pap janm fini an. Jewova pa ban nou jije moun, se Jezi li bay fè travay sa a (Jan 5:22). Si nou gen pasyans, alafen moun nan fanmi nou ka dakò koute mesaj nou an. Se pou nou janti, men pa kite fanmi nou fè nou tounen sou desizyon nou, menmsi sa lakòz nou jwenn eprèv (1 Kor. 4:12b). Sa ka pran tan anvan fanmi nou rive byen konprann jis nan ki pwen sèvi Jewova gen enpòtans pou nou. w19.08 17 § 10, 13; 18 § 14.

Madi 14 desanm

Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan. — Flp. 4:13.

“Lè m panse ak pwoblèm mwen te andire, mwen konnen m pa t ap ka pote chay sa a poukont mwen.” Èske w pa janm di yon pawòl konsa? Anpil nan nou deja di sa. Petèt ou te di sa apre w fin reflechi sou fason w te reyisi fè fas ak yon maladi grav, oswa lanmò yon moun pa w. Lè w ap reflechi sou sa k te pase a, ou santi sèl sa ki te ede w kontinye kenbe chak jou se paske lespri sen Jewova te ba w “yon pisans ki depase yon pisans nòmal”. (2 Kor. 4:7-9.) Nou konte sou lespri sen tou pou nou ka fè fas ak monn mechan sa a (1 Jan 5:19). Mete sou sa, nou oblije lite ak “espri mechan yo”. (Efe. 6:12.) Lespri sen Jewova ede nou, li ban nou pisans, oswa fòs, pou nou pran responsablite nou malgre pwoblèm. Apot Pòl te santi li ka kontinye travay malgre pwoblèm li te genyen, paske li te konte sou “pisans Kris la”. — 2 Kor. 12:9. w19.11 8 § 1-3.

Mèkredi 15 desanm

Moun ki wè m wè Papa a tou. — Jan 14:9.

Labib se sèl liv ki bay esplikasyon ki egzak sou sa Jezi fè pou ou. Aprann renmen Jezi, e w ap vin pi renmen Jewova. Sa k fè sa? Paske Jezi imite kalite Papa l yo yon fason ki pafè. Kidonk, plis w ap aprann konn Jezi, se plis w ap vin konprann kiyès Jewova ye e se plis w ap vin pwòch avè l. Fè yon ti reflechi sou konpasyon Jezi te demontre pou moun lòt moun te meprize yo anpalan de moun ki pòv yo, moun ki malad yo ak moun ki san defans yo. Fè yon ti reflechi tou sou konsèy li ba ou ak fason lavi w vin amelyore lè w koute l (Mat. 5:1-11; 7:24-27). Tank ou pran tan pou w byen reflechi sou sakrifis Jezi te fè yon fason pou peche nou yo ka jwenn padon, se tank w ap vin gen plis lanmou pou Jezi (Mat. 20:28). Lè w konprann Jezi te aksepte mouri pou ou, sa ka pouse w repanti e sa ka pouse w chèche jwenn padon nan men Jewova (Tra. 3:19, 20; 1 Jan 1:9). Epitou, toutpandan w ap aprann renmen Jezi ak Jewova, tou natirèlman, w ap vle vin pwòch ak moun ki renmen yo tou. w20.03 5-6 § 10-12.

Jedi 16 desanm

Byenke Jewova abite anwo nan syèl la, li konnen moun ki gen imilite yo. — Sòm 138:6.

Yon frè ka kòmanse panse se li menm ki pi kalifye pou fè yon travay. Oswa madanm yon frè ka panse: ‘Mari m t ap fè travay sa a pi byen pase frè Entèl!’ Men, si nou gen imilite toutbon, n ap evite gen yon atitid ògeye konsa. Nou ka reflechi sou fason Moyiz te reyaji lè lòt moun te resevwa privilèj. Moyiz te kontan travay li te genyen pou l dirije nasyon Izrayèl la. Ki jan Moyiz te reyaji lè Jewova te pèmèt lòt moun travay ansanm avè l? Li pa t fè jalouzi (Nonb 11:24-29). Li te gen imilite e li te kite lòt moun travay ansanm avè l pou jije pèp la (Egz. 18:13-24). Sa te pèmèt Izrayelit yo jwenn pi bon sèvis paske te gen plis moun ki t ap travay kòm jij pou ede yo. Nan sans sa a, Moyiz pa t bay privilèj li yo plis valè pase byennèt lòt moun. Se yon bèl egzanp pou nou! Si nou vle Jewova sèvi avèk nou toutbon, nou bezwen sonje imilite gen plis enpòtans pase kapasite nou genyen. w19.09 5-6 § 13-14.

Vandredi 17 desanm

Jewova pwoteje moun ki fidèl yo. — Sòm 31:23.

Nou pa konnen ki rezon nasyon yo ka bay pou montre yo gen rezon atake Gran Babilòn nan. Yo ka di se paske relijyon nan monn nan anpeche gen lapè e yo toujou ap mele nan politik. Oswa, yo ka di relijyon sa yo ranmase twòp richès ak twòp byen (Rev. 18:3, 7). Li rezonab pou n ta panse yo pap touye tout moun ki fè pati relijyon sa yo nan atak sa a. Okontrè, sanble se relijyon yo nasyon yo pral elimine. Yonfwa relijyon sa yo pa la ankò, moun ki te ladan yo pral rann yo kont chèf relijye yo pa rive kenbe pwomès yo te fè yo e petèt lè sa a yo pral chèche rale kò yo sot nan relijyon sa yo. Destriksyon Gran Babilòn nan pap pran anpil tan (Rev. 18:10, 21). Jewova pwomèt l ap “retire nan jou” tribilasyon an pou “moun li chwazi yo” e pou vrè relijyon an ka chape. — Mak 13:19, 20. w19.10 15 § 4-5.

Samdi 18 desanm

Bay jèn medam yo konsèy [...] pou yo renmen pitit yo. — Tit 2:4.

Nou menm manman, paran nou ki te leve nou ka te konn fè kòlè fasil, yo ka te konn pale di ak pitit yo. Donk, lè n t ap grandi nou te gendwa panse se konsa nou dwe aji ak pitit nou tou. Menm apre n fin aprann prensip Jewova yo, nou ka wè l difisil pou nou rete kalm e pou nou montre pasyans ak pitit nou, sitou si yo mal aji nan moman nou fatige (Efe. 4:31). Lè sa a, nou bezwen priye Jewova plis toujou (Sòm 37:5). Gen kèk manman ki konn wè l difisil pou yo fè pitit yo konnen yo renmen yo. Petèt yo te leve nan yon kay kote paran yo pa t demontre afeksyon pou pitit yo. Si se konsa w te leve, ou pa oblije fè menm erè paran w te fè yo. Yon manman ki soumèt devan Jewova ap bezwen aprann fason pou l demontre lanmou pou pitit li. Li ka difisil pou l chanje. Men, sa posib. E sa ap bon ni pou li ni pou fanmi l. w19.09 18-19 § 19-20.

Dimanch 19 desanm

Pèsonn pa ka esklav de mèt anmenmtan. — Mat. 6:24.

Yon moun k ap adore Jewova pandan l ap pase anpil tan e l ap fè anpil efò pou l eseye gen richès nan monn sa a, nan yon sans li ka ap eseye sèvi de mèt anmenmtan. Si l fè sa, li pap atache ak Jewova sèlman. Nan fen premye syèk epòk nou an, moun nan kongregasyon ki te nan vil Lawodise a t ap vante tèt yo, yo t ap di: “Mwen rich, mwen ranmase richès e mwen pa bezwen anyen menm.” Men, nan je Jewova ak Jezi, yo te “nan yon eta ki mizerab e ki fè moun gen pitye pou [yo], [yo te] pòv, [yo te] avèg e [yo te] toutouni”. Se pa paske yo te rich ki fè Jezi te ba yo konsèy, men se paske lanmou yo te gen pou richès te anpeche yo gen bon relasyon ak Jewova (Rev. 3:14-17). Si nou remake nou kòmanse renmen lajan, nou dwe aji vit pou nou korije fason nou panse (1 Tim. 6:7, 8). Si nou pa fè sa, n ap wè nou kòmanse gen lanmou pou lòt bagay tou, e Jewova pap aksepte adorasyon n ap ba li a. Li “mande pou nou atache avè l sèlman”. — Det. 4:24. w19.10 27 § 5-6.

Lendi 20 desanm

Yon seri moun te pale pawòl ki soti nan Bondye, pandan lespri sen t ap gide yo. — 2 Pyè 1:21.

Mo grèk lè yo tradui l yo mete “gide” pou li a vle di literalman “pote”. Lik, ki te ekri liv Travay la, te itilize yon lòt fòm pou menm mo grèk sa a pou l dekri yon bato van ap ‘pote ale’. (Tra. 27:15.) Donk, lè Pyè te fè konnen lespri sen t ap “pote” moun ki t ap ekri Bib la, li te sèvi ak yon “bèl ekspresyon moun ki abitye ak lanmè” konn itilize, jan yon biblis fè konn sa. Anfèt, Pyè te vle di, menm jan van ap pote yon bato pou l rive kote l prale a, se konsa tou lespri sen te pote pwofèt yo ak moun ki t ap ekri Bib la pou yo fè travay yo gen pou yo fè a. Men sa menm biblis sa a di: “Se kòmsi pwofèt yo te ouvè vwal yo.” Jewova te fè travay pa l. Li te ba yo “van” oswa lespri sen. Moun ki t ap ekri Bib la te fè travay pa yo. Yo te travay ann amoni ak direksyon lespri a te ba yo. E jodi a, menm jan yon van kapab ede yon moun ki sou lanmè lè gen move tan, se konsa tou lespri sen ap ede nou andire malgre eprèv nou jwenn jiskaske nou rive nan monn nouvo Bondye pwomèt la. w19.11 9 § 7-9.

Madi 21 desanm

Si w dekouraje nan jou malè a, w ap prèske san fòs. — Pwo. 24:10.

Pafwa, nou ka santi nou dekouraje. Men nou pa dwe kite pwoblèm yo boulvèse lespri nou. Si nou fè sa, nou ka pa ret konsantre sou bèl esperans Jewova ban nou an (Rev. 21:3, 4). Lè sa a, dekourajman ka fè nou pèdi fòs e sa ka fè nou sispann sèvi Jewova. Ann wè ki jan yon sè Ozetazini ap fè efò pou l kontinye gen lafwa toutpandan l ap pran swen mari l ki malad grav. Men sa l ekri: “Sitiyasyon nou an rèd e li dekourajan pafwa, men esperans nou genyen an solid. Enfòmasyon nou jwenn sou fason pou nou fòtifye lafwa nou e pou ankouraje nou touche m anpil. Nou vrèman bezwen konsèy ak ankourajman sa a. Sa ede nou kontinye kenbe e sa ede nou andire eprèv Satan itilize pou febli lafwa nou.” Pawòl sè sa a di yo fè n wè nou ka lite anba dekourajman! Ki jan? Nou bezwen konsidere pwoblèm nou genyen yo kòm yon tès Satan ap fè sou nou. Nou bezwen gen konfyans Jewova ap konsole n. E n bezwen gen rekonesans pou manje espirityèl li bay yo. w19.11 16 § 9-10.

Mèkredi 22 desanm

Moun ki merite pou yo fè l konfyans lan konn kenbe sekrè. — Pwo. 11:13.

Ansyen yo sitou dwe aplike prensip biblik sa a. Yon ansyen konprann li pa dwe “met pawòl moun” nan kongregasyon an “nan lari”. Si l ta fè sa, yo pa t ap fè l konfyans ankò e sa t ap sal repitasyon l. Moun yo bay responsablite nan kongregasyon an pa dwe “gen de lang” oswa yo pa dwe twonpe moun (1 Tim. 3:8; nòt). Sa vle di, yo pa ka ap tòde pawòl y ap di ni renmen fè tripotay. Si yon ansyen renmen madanm li, li pap mete yon chay sou do l lè l fè l konnen yon seri enfòmasyon li pa bezwen konnen. Yon madanm ka ede mari l kenbe yon bon repitasyon lè l pa fòse l pale sou bagay li pa dwe pale. Lè yon madanm suiv konsèy sa a, nonsèlman li soutni mari l men tou li onore moun ki fè mari l konfyans yo. Sa k pi enpòtan an, li fè Jewova kontan paske li ede pou gen lapè ak inite nan kongregasyon an. — Wom. 14:19. w20.03 22 § 13-14.

Jedi 23 desanm

Jewova ap fè nou wè l jodi a. — Lev. 9:4.

Nan ane 1512 anvan epòk nou an, lè yo te monte tabènak la nan pye mòn Sinayi, Moyiz te òganize yon evènman kote Arawon ak pitit gason Arawon yo te vin prèt (Egz. 40:17; Lev. 9:1-5). Ki jan Jewova te montre li apwouve travay prèt yo ki te fèk kòmanse sèvis yo? Pandan Arawon ak Moyiz t ap beni pèp la, Jewova te fè dife boule rès sakrifis ki te sou lotèl la (Lev. 9:23, 24). Ki sa dife ki te sot nan syèl la te montre? Jewova te voye dife a pou l montre li apwouve Arawon ak pitit li yo pou yo fè sèvis yo antanke prèt e li soutni yo. Lè Izrayelit yo te wè prèv sa a ki te montre Jewova te ansanm ak prèt yo, yo te gen bonjan rezon pou yo ba yo tout sipò yo. Èske sa gen rapò avè n? Wi! Sèvis prèt yo te konn fè ann Izrayèl la te montre t ap gen lòt prèt pi devan ki t ap gen pou yo fè yon travay ki pi enpòtan anpalan de 144 000 moun Bondye chwazi yo ki pral sèvi ansanm ak Kris nan syèl la (Ebre 4:14; 8:3-5; 10:1). Pa gen dout, Jewova ap gide òganizasyon l lan jodi a e li beni l anpil. w19.11 23 § 13; 24 § 14, 16.

Vandredi 24 desanm

Nou te travay di e nou te redi lajounen kou lannuit pou nou pa t mete yon chay lou sou do okenn nan nou. — 2 Tes. 3:8.

Lè apot Pòl te nan vil Korent, li te ansanm ak Akila ak Prisil e yo te “travay ansanm. Metye yo se te fè tant”. Lè Pòl te di li te konn travay “lajounen kou lannuit” lan, li pa t vle di li te konn travay san rete. Gende jou li pa t konn fè tant, pa egzanp nan jou saba a. Jou sa a te ba l posiblite pou l preche Juif yo ki pa t travay nan jou saba a tou (Tra. 13:14-16, 42-44; 16:13; 18:1-4). Aktout apot Pòl te oblije travay pou l pran swen tèt li, li te fè yon jan pou l patisipe regilyèman nan “travay anonse moun yo bon nouvèl Bondye a, ki se yon travay sakre”. (Wom. 15:16; 2 Kor. 11:23.) Li te ankouraje lòt moun fè menm jan an. Se sa k fè Akila ak Prisil te vin “konpayon travay [li] nan Kris Jezi”. (Wom. 12:11; 16:3.) Pòl te ankouraje kretyen Korent yo pou yo “gen anpil bagay pou [yo] fè nan travay Seyè a”. (1 Kor. 15:58; 2 Kor. 9:8.) Men sa Jewova te menm enspire apot Pòl pou l ekri: “Si yon moun pa vle travay, li pa fèt pou l manje tou.” — 2 Tes. 3:10. w19.12 5 § 12-13.

Samdi 25 desanm

Pitit se eritaj Jewova bay. — Sòm 127:3, nòt.

Jewova te kreye premye mesyedam yo ak anvi pou yo fè pitit. Men, kiyès ki ta dwe deside si yon mari ak madanm li ap fè pitit e ki lè yo ta dwe fè sa? E ki sa paran yo ka fè pou yo ede pitit yo gen kè kontan? Nan kèk kilti, yo atann pou moun ki fèk marye yo kòmanse fè pitit tousuit. Fanmi yo ak lòt moun ka menm ba yo presyon pou yo suiv koutim sa a. Gen yon frè ann Azi ki rele Jethro ki di: “Nan kongregasyon m nan, gen kèk moun ki gen pitit k ap fè presyon sou mari ak madanm ki pa gen pitit yo pou yo fè pitit.” Men sa yon lòt frè ann Azi ki rele Jeffrey fè konnen: “Gen moun ki di mari ak madanm ki pa fè pitit yo yo pap gen pèsonn pou pran swen yo lè yo vin granmoun.” Men, se chak mari ak madanm ki dwe deside si y ap fè pitit. Se yo menm ki dwe deside, se responsablite pa yo (Gal. 6:5, nòt). Li nòmal pou zanmi ak fanmi de moun ki fèk marye ta renmen yo gen kè kontan. Men, tout moun bezwen sonje se moun ki marye yo ki gen dwa deside si y ap fè pitit oswa si yo pap fè. — 1 Tes. 4:11. w19.12 22 § 1-3.

Dimanch 26 desanm

Men ki jan nou dwe priye: “Papa nou.” — Mat. 6:9.

Èske w twouve l difisil pou w konsidere Bondye kòm Papa w? Gen moun ki gendwa santi yo toupiti e yo pa vo anyen devan Jewova. Yo pa kwè Bondye ki Toupisan an gen sousi pou yo pèsonèlman. Epoutan, Papa nou an ki renmen nou, pa vle nou santi nou konsa. Li ban nou lavi e li vle nou vin zanmi l. Apre apot Pòl fin di verite sa a, li te di moun ki t ap koute l nan vil Atèn yo Jewova “pa lwen okenn nan nou”. (Tra. 17:24-29.) Bondye vle nou chak pwoche kote l menm jan yon timoun alèz pou l pwoche bò kot paran l ki renmen l e ki gen sousi pou li. Gen lòt moun ki ka twouve l difisil pou yo konsidere Jewova kòm Papa yo paske papa ki te fè yo a pa t ba yo anpil lanmou ak afeksyon oswa yo pa t fè sa ditou. Men sa yon sè fè konnen: “Papa m te konn joure m anpil.” Ansuit, li di: “Lè m te kòmanse etidye Labib, li te difisil pou m santi m pwòch ak yon Papa ki nan syèl la.” Èske w santi w menm jan an? Si se wi, ou mèt sèten ou menm tou ou ka vin konsidere Jewova kòm pi bon Papa ki genyen an. w20.02 3 § 4-5.

Lendi 27 desanm

Pa voye m jete lè m vin granmoun. — Sòm 71:9.

Jezi te anseye nou kèlkeswa limit nou genyen oswa kèlkeswa jan efò nou fè yo ta parèt piti nan je nou tank n ap vin pi granmoun, Jewova bay kèlkeswa efò nou fè nan sèvis li a anpil valè (Sòm 92:12-15; Lik 21:2-4). Kidonk, konsantre nou sou sa n ka fè. Pa egzanp, nou ka pale de Jewova, nou ka priye pou frè n ak sè n yo, e nou ka ankouraje lòt moun ret fidèl. Se pa bagay nou reyalize yo ki fè Jewova konsidere nou kòm konpayon travay li, men pito, se paske nou dispoze obeyi l (1 Kor. 3:5-9). Se pa ti kontan nou kontan adore Jewova, yon Bondye ki toujou bay moun k ap sèvi l yo valè! Li te kreye nou pou n fè volonte l, e se vrè adorasyon an ki bay lavi nou yon sans toutbon (Rev. 4:11). Byenke monn nan ka konsidere nou kòm moun ki pa gen valè, Jewova pa wont dèske nou se sèvitè l (Ebre 11:16, 38). Lè n santi n dekouraje akoz maladi, pwoblèm ekonomik, oswa akoz n ap vyeyi, se pou n toujou sonje pa gen anyen ki kapab separe nou ak lanmou Papa nou ki nan syèl la genyen an. — Wom. 8:38, 39. w20.01 18 § 16; 19 § 18-19.

Madi 28 desanm

Fè kè m vin pwòp, o Bondye. Ban m yon lòt espri, yon espri k ap fè m fidèl. — Sòm 51:10.

Nou ka goumen kont anvi lè nou chèche gen imilite e nou aprann kontante n ak sa n genyen. Lè kè n ranpli ak bèl kalite sa yo pap ret plas pou anvi. Imilite ap ede nou pou n pa pran tèt nou pou yon pakèt afè. Yon moun ki gen imilite pa santi li merite gen plis bagay pase tout moun (Gal. 6:3, 4). Yon moun ki konn kontante l satisfè ak sa l genyen e li pa konpare tèt li ak lòt moun (1 Tim. 6:7, 8). Lè yon moun ki gen imilite e ki konn kontante l ak sa l genyen wè yon lòt moun resevwa yon bon bagay, li kontan pou moun nan. Nou bezwen èd lespri sen Bondye pou nou kapab goumen kont dezi lachè sa a ki se anvi e n bezwen chèche gen imilite epi aprann kontante nou (Gal. 5:16; Flp. 2:3, 4). Lespri sen Jewova ka ede n egzamine panse ak entansyon ki pi pwofon nou genyen yo. Grasa èd Bondye, nou ka elimine panse ak santiman ki pa bon lakay nou e n ka ranplase yo ak panse ak santiman ki ankourajan. — Sòm 26:2. w20.02 15 § 8-9.

Mèkredi 29 desanm

Toujou veye sou tèt ou ak sou ansèyman w ap bay. — 1 Tim. 4:16.

Lè w vwe Jewova lavi w se yon ve ou fè, e Jewova atann pou w respekte ve sa a. Se sa k fè, se pou w rete pwòch ak kongregasyon an. Frè w ak sè w yo nan kongregasyon an se fanmi w nan lafwa. Lè w asiste reyinyon yo regilyèman, w ap ranfòse relasyon w gen ak yo. Li Pawòl Bondye a epi medite sou sa w li yo chak jou (Sòm 1:1, 2). Lè w fin li yon pòsyon nan Bib la, pran yon ti tan pou w byen reflechi sou sa w li a. Konsa, pawòl sa yo ap touche kè w. “Kontinye priye.” ​(Mat. 26:41). Lè w priye Jewova ak tout kè w, sa ap fè w vin pi pwòch avè l. “Kontinye chèche Wayòm nan an premye.” ​(Mat. 6:33). Ou ka rive fè sa lè w bay travay predikasyon an priyorite nan lavi w. Lè w preche regilyèman, lafwa w ap rete djanm. Kèlkeswa difikilte ou ta jwenn nan monn sa a se “pou yon ti tan e li lejè”. (2 Kor. 4:17.) Yon lòt bò, batèm ou ap pèmèt ou viv yon fason ki ba w plis satisfaksyon depi kounye a e l ap pèmèt ou gen “lavi toutbon” an alavni. Èske sa vo lapenn? Wi! — 1 Tim. 6:19. w20.03 13 § 19-21.

Jedi 30 desanm

Tan ki rete a vin pi kout. — 1 Kor. 7:29.

Si etidyan w lan pa fè chanjman nan lavi l, rive yon lè, ou dwe mande tèt ou: ‘Èske m dwe kanpe etid la?’ Anvan w pran desizyon an, mande tèt ou: ‘Èske etidyan m nan fè ase pwogrè selon sitiyasyon l?’ ‘Èske l kòmanse “obeyi” oswa aplike sa l ap aprann yo?’ ​(Mat. 28:20). Malerezman, gen kèk etidyan Labib ki sanble ak Izrayelit ki t ap viv nan epòk Ezekyèl la. Men sa Jewova te di Ezekyèl konsènan moun sa yo: “Tande! Pou yo, ou tankou yon moun ki gen bèl vwa, ki jwe enstriman akòd byen, k ap chante yon chante ki pale sou lanmou. Y ap tande sa w ap di yo, men pèsonn pap fè sa ou di yo.” ​(Eze. 33:32). Sa ka difisil pou n di moun nan n ap kanpe etid la. Men, “tan ki rete a vin pi kout”. Olye nou pase yon pakèt tan ap fè etid ak yon moun ki pa pwogrese, nou bezwen chèche moun ki montre yo “nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an”. — Tra. 13:48. w20.01 6 § 17; 7 § 20.

Vandredi 31 desanm

Se pou Wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la. — Mat. 6:10.

An jeneral lakretyente pa anseye verite ki sot nan Bib la ki fè konnen yon jou moun ki obeyisan yo pral viv sou tè a pou toutan (2 Kor. 4:3, 4). Jodi a, pifò relijyon ki nan lakretyente fè konnen tout bon moun pral nan syèl lè yo mouri. Men, se pa menm bagay ditou ak ansèyman ti gwoup Etidyan Labib ki te pibliye Toudegad nan fen ane 1800 yo. Yo te konprann Bondye pral fè tè a tounen yon paradi ankò. E gen plizyè milyon moun ki obeyisan ki pral viv sou tè a menm, se pa nan syèl la yo pral viv. Men, sa te pran anpil tan pou yo te vin byen konprann kiyès moun ki obeyisan sa yo t ap ye. Natirèlman, Etidyan Labib yo te vin konprann, grasa Ekriti yo, gen kèk moun Bondye t ap “achte sou tè a” pou y al dirije ak Jezi nan syèl la (Rev. 14:3). Gwoup moun sa a se 144 000 kretyen ki zele e ki vwe Bondye lavi yo k ap sèvi Bondye fidèlman pandan yo sou tè a. w19.09 27 § 4-5.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje