BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es21
  • Novanm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Novanm
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2021
  • Soutit
  • Lendi 1ye novanm
  • Madi 2 novanm
  • Mèkredi 3 novanm
  • Jedi 4 novanm
  • Vandredi 5 novanm
  • Samdi 6 novanm
  • Dimanch 7 novanm
  • Lendi 8 novanm
  • Madi 9 novanm
  • Mèkredi 10 novanm
  • Jedi 11 novanm
  • Vandredi 12 novanm
  • Samdi 13 novanm
  • Dimanch 14 novanm
  • Lendi 15 novanm
  • Madi 16 novanm
  • Mèkredi 17 novanm
  • Jedi 18 novanm
  • Vandredi 19 novanm
  • Samdi 20 novanm
  • Dimanch 21 novanm
  • Lendi 22 novanm
  • Madi 23 novanm
  • Mèkredi 24 novanm
  • Jedi 25 novanm
  • Vandredi 26 novanm
  • Samdi 27 novanm
  • Dimanch 28 novanm
  • Lendi 29 novanm
  • Madi 30 novanm
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2021
es21

Novanm

Lendi 1ye novanm

Konsidere lòt moun yo siperyè nou. — Flp. 2:3.

Jodi a, anpil moun yo konsidere kòm moun ki gen sajès pase konsèy Bib la bay sou fason pou moun wè tèt yo nan rizib. Yo fè konprann lè w konsidere lòt moun siperyè w ou ka vin san defans e lòt moun ka eksplwate w. Men, ki rezilta sa bay? Èske moun ki egoyis yo gen kè kontan? Èske fanmi yo ap viv ak kè kontan? Èske yo gen bon zanmi? Èske yo gen bon relasyon ak Bondye? Dapre sa w wè, ki sa k bay pi bon rezilta: suiv sajès monn nan oswa suiv sajès nou jwenn nan Pawòl Bondye a (1 Kor. 3:19)? Moun k ap suiv konsèy moun monn nan konsidere kòm moun ki saj sanble ak yon moun ki pa konn yon zòn k ap mande yon lòt moun ki pa konn zòn nan ki kote pou l fè, alòske yo toude pèdi. Men sa Jezi te di konsènan moun ki te swadizan gen sajès nan epòk li a: “Yo se yon bann gid je pete. Si yon avèg ap mennen yon lòt avèg, yo toule de ap tonbe nan twou.” ​(Mat. 15:14). Wi, sajès monn sa a se bagay moun sòt devan Bondye. w19.05 24-25 § 14-16.

Madi 2 novanm

Yo pral rasanble moun ki pou li yo, moun Bondye chwazi yo. — Mat. 24:31.

Pandan dènye ane sa yo, kantite moun ki manje nan pen an e ki bwè nan diven an nan Memoryal la te ogmante. Èske sa ta dwe fè nou enkyete? Non. “Jewova konnen moun ki pou li yo.” ​(2 Tim. 2:19). Men, frè k ap konte kantite moun ki manje nan pen an e ki bwè nan diven an pa konnen kiyès Jewova chwazi toutbon pou al nan syèl. Donk, chif sa a gen ladan l moun ki panse Bondye chwazi yo alòske Bondye pa chwazi yo vre. Pa egzanp, gen moun ki te konn pran nan pen an ak diven an nan Memoryal la e ki vin sispann fè sa. Gen lòt ki gendwa gen pwoblèm mantal oubyen afektif, e sa fè yo panse yo pral dirije ak Kris nan syèl la. Sa klè, nou pa konnen egzakteman konbyen moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki sou tè a toujou. Ap gen kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl divès kote sou tè a lè Jezi vin pran yo pou y al nan syèl. Bib la fè konnen pandan dènye jou yo, pral gen yon ti kantite moun Bondye chwazi pou al nan syèl k ap sou tè a toujou (Rev. 12:17). Men li pa di ki kantite k ap sou tè a toujou lè gwo tribilasyon an kòmanse. w20.01 29-30 § 11-13.

Mèkredi 3 novanm

Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li. — Jan 3:16.

Jezi te sèvi ak egzanp tigason gaspiyè a pou l montre jan Jewova se yon Papa ki renmen pitit li (Lik 15:11-32). Nan egzanp sa a, papa a pa t janm sispann gen espwa pitit li a ap tounen. Lè pitit la te tounen lakay li, se pa ti kontan papa l te kontan. Si nou ta kite Jewova pandan yon tan men nou repanti, nou ka gen asirans Papa nou an ki renmen nou dispoze resevwa nou e l ap kontan fè sa. Papa nou an pral repare tout dega Adan te fè. Apre rebelyon Adan an, Jewova te deside adopte 144 000 moun pami lèzòm pou yo sèvi antanke wa ak prèt nan syèl la ansanm ak Pitit Gason l lan. Nan monn nouvo a, Jezi ak moun ki pral dirije avè l yo pral ede moun ki obeyisan yo pou yo vin pafè. Apre dènye eprèv la, Bondye pral bay moun ki obeyisan yo lavi ki pap janm fini an. Lè sa a, Papa nou an pral kontan wè tè a plen ak pitit gason l ak pitit fi l ki pafè. Se pa ti bèl epòk sa a pral bèl! w20.02 6-7 § 17-19.

Jedi 4 novanm

Nou dwe kontinye renouvle mantalite k ap domine nan nou an. — Efe. 4:23.

Nou chak bezwen mande tèt nou: ‘Èske chanjman m fè pou m imite Kris yo se chanjman sou po, oswa m vrèman fè chanjman nan kè m ak nan lespri m?’ Se yon kesyon ki enpòtan. Nan pawòl Jezi te di nou jwenn nan Matye 12:43-45, li te montre ki sa nou bezwen fè. Ide ki kache dèyè pawòl sa yo atire atansyon sou yon verite enpòtan: Nou pa dwe annik elimine move panse nan lespri nou, nou bezwen ranpli lespri nou ak panse Bondye. Èske l posib pou nou chanje tandans nou genyen oswa moun nou ye pa anndan an? Men repons pawòl Bondye a bay: “Abiye ak nouvo pèsonalite a ki te kreye selon volonte Bondye e ki konfòm ak sa vrè jistis ak vrè fidelite a mande.” ​(Efe. 4:24). Wi, li posib pou nou chanje moun nou ye pa anndan an, men sa pa fasil. Nou bezwen fè plis pase elimine yon seri move dezi nou genyen ak move aksyon nou konn fè. Nou bezwen chanje “mantalite k ap domine nan nou an”. Sa vle di nou bezwen chanje dezi nou genyen yo, tandans nou genyen yo ak rezon nou genyen pou nou fè yon seri bagay. Sa mande pou n toujou ap fè efò. w19.06 9-10 § 6-7.

Vandredi 5 novanm

Nou pral detwi zòn sa a. — Jen 19:13.

Avèk konpasyon, Jewova te voye zanj al delivre Lòt ak fanmi l. Men, Lòt te ret “ap pèdi tan”. Zanj yo te oblije pran men l e yo te ede li menm ak fanmi l kite vil la (Jen. 19:15, 16). Zanj yo di l pou l kouri al nan zòn ki gen mòn yo. Men, olye Lòt obeyi Jewova, li te mande pou l al nan yon ti vil ki toupre a (Jen. 19:17-20). Jewova te koute Lòt avèk pasyans, e li te kite l al nan ti vil sa a. Annapre, Lòt te vin pè ret nan zòn nan e li te deplase al nan zòn ki gen mòn nan, premye kote Jewova te di l ale a (Jen. 19:30). Se pa ti pasyans Jewova te demontre! Menm jan ak Lòt, yon moun nan kongregasyon an ka pran yon move desizyon ki ka lakòz li tonbe nan gwo pwoblèm. Si sa ta rive, ki jan n ta dwe reyaji? Nou ta ka gen tandans di se sa l fè l ap peye, sa ki t ap laverite (Gal. 6:7). Men, nou ta ka pi byen reyaji si nou imite fason Jewova te ede Lòt. w19.06 20-21 § 3-5.

Samdi 6 novanm

Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè. — Ebre 13:6.

Lè ènmi nou yo entèdi aktivite nou, yo espere sa ap fè nou pè e n ap sispann sèvi Jewova. Anplis entèdiksyon yo mete yo, yo ka ap gaye yon seri manti sou nou, yo ka voye moun al fouye kay nou, mennen nou nan tribinal oswa menm mete kèk nan nou nan prizon. Yo espere n ap pè paske yo rive mete kèk nan nou nan prizon. Si n pè pou sa yo ka fè nou, nou ka vin ralanti nan sèvis n ap bay Jewova a oswa nou ka menm sispann sèvi Jewova. Nou pa ta renmen vin menm jan ak moun yo pale de yo nan Levitik 26:36, 37 la. Nou pap kite laperèz fè nou ralanti oswa fè nou sispann aktivite espirityèl yo. Nou met tout konfyans nou nan Jewova e nou pap panike (Eza. 28:16). Nou priye Jewova pou n konn sa pou n fè. Nou konnen depi Bondye avè n, menm gouvènman ki gen plis pisans ki ta ka genyen sou tè a pa ka anpeche nou kontinye adore Bondye nou an fidèlman. Pèsekisyon nou jwenn pa fè nou pè, okontrè, sa ede nou gen plis detèminasyon pou nou sèvi Jewova. w19.07 9-10 § 6-7.

Dimanch 7 novanm

Preche pawòl la. — 2 Tim. 4:2.

Menmsi ta sanble ou pa jwenn rezilta nan travay predikasyon an, pa janm panse ou pap janm ka jwenn yon moun k ap vin yon disip. Sonje Jezi te konpare travay fè disip la ak peche pwason. Pechè pwason yo konn pase plizyè èdtan ap peche anvan yo pran pwason. Byen souvan, yo travay ta lannuit oswa byen bonè nan maten, e pafwa yo konn oblije al byen lwen nan lanmè a ak bato a (Lik 5:5). Se konsa tou, kèk nan moun k ap fè disip yo konn oblije pase plizyè èdtan ap preche avèk pasyans. Yo konn fè sa nan diferan moman nan jounen an ak divès kote. Poukisa yo konn fè sa? Pou yo ka gen plis posiblite pou yo jwenn moun yo. Byen souvan, moun ki fè tout efò sa yo konn jwenn bon rezilta lè yo rankontre moun ki enterese nan mesaj n ap bay la. Èske w ka eseye preche yon lòt lè nan jounen an nan moman l ap pi fasil pou w jwenn moun yo oswa kote l ap pi fasil pou w jwenn yo? Poukisa sa mande pasyans pou nou kondui etid biblik? Youn nan rezon yo se paske nou bezwen fè plis pase ede etidyan yo konnen ansèyman ki nan Bib la epi renmen yo. Nou bezwen ede yo konnen Jewova, Sila a ki Mèt Bib la, epi renmen l. w19.07 18-19 § 14-15.

Lendi 8 novanm

Mwen bliye bagay ki dèyè yo. — Flp. 3:13.

Gen kèk nan nou ki ka bezwen konbat santiman ki fè nou santi nou koupab akoz peche nou te fè nan tan lontan. Si sa ta rive, li ta bon pou nou fè yon pwogram pou nou byen egzamine sakrifis ranson Kris te bay la. Si nou etidye sijè ankourajan sa a, nou medite sou li epi nou priye, n ap ka sispann santi nou koupab san nesesite. Nou ka menm sispann pini tèt nou pou peche Jewova deja padone nou yo. Annou wè yon lòt leson nou ka aprann nan men Pòl. Gen kèk moun ki gendwa abandone yon karyè ki te ka fè yo fè anpil kòb pou yo ka fè plis pou Wayòm nan. Nan ka sa a, èske nou kapab bliye bagay ki dèyè yo lè nou pa ret ap reflechi sou yon seri avantaj materyèl nou kite dèyè, sa ki t ap montre nou regrèt yo (Nonb 11:4-6; Ekl. 7:10)? “Bagay ki dèyè yo” gen ladan yo bon bagay nou te fè oswa pwoblèm nou te jwenn nan tan lontan. Nòmalman, lè nou reflechi sou fason Jewova te beni nou e li te ede nou nan ane ki pase yo, sa ka fè nou santi nou pi pre Papa nou an. Men, nou pa ta renmen vin twò satisfè ak tèt nou pou nou panse nou fin travay. — 1 Kor. 15:58. w19.08 3 § 5-6.

Madi 9 novanm

Priye toutan. — 1 Tes. 5:17.

Nou ka priye Bondye nou an nenpòt ki lè, kèlkeswa kote nou ye. Li pa janm twò okipe pou l tande nou, li toujou disponib e li toujou koute priyè nou yo avèk atansyon. Lè nou rann nou kont Jewova koute priyè nou yo, n ap renmen l pi plis. Youn nan moun ki te ekri sòm yo te di: “Mwen renmen Jewova paske li tande vwa m.” ​(Sòm 116:1). Nonsèlman Papa nou an koute priyè nou yo, men tou li reponn yo. Men asirans apot Jan ban nou: “Kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou.” ​(1 Jan 5:14, 15). Natirèlman, Jewova ka pa reponn priyè nou yo fason nou t ap atann nan. Li konnen sa k pi bon pou nou, se sa k fè pafwa li gendwa pa ban nou sa n mande l la oswa li ka vle nou tann (2 Kor. 12:7-9). Jewova ban n sa n bezwen. Li aji jan l ta renmen tout papa aji (1 Tim. 5:8). Li bay pitit li sa yo bezwen pou yo viv. Li pa vle pou n ap bay tèt nou pwoblèm pou manje, rad ak kote pou n rete (Mat. 6:32, 33; 7:11). Antanke yon Papa ki gen lanmou, Jewova menm pran dispozisyon pou l satisfè tout bezwen nou alavni. w20.02 5 § 10-12.

Mèkredi 10 novanm

Yo tout ap vin yon sèl twoupo ki gen yon sèl bèje. — Jan 10:16.

Se pa tout moun ki gen esperans pou y al viv nan syèl ki fè pati “esklav fidèl ki prevwayan” an (Mat. 24:45-47). Menm jan Jewova ak Jezi te fè nan premye syèk la, jodi a yo kontinye ap sèvi ak yon ti kantite frè pou yo bay anpil moun manje oswa pou yo anseye yo. Nan premye syèk la, se sèlman kèk kretyen Bondye te chwazi pou al nan syèl Bondye te itilize pou ekri Liv ki te ekri an grèk yo. Jodi a, se sèlman yon ti kantite kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ki gen responsablite pou bay pèp Bondye a “manje nan bon moman”. Jewova deside bay pifò moun k ap sèvi l lavi etènèl sou tè a e li bay ti gwoup moun ki pral dirije ak Jezi yo lavi nan syèl la. Jewova rekonpanse tout sèvitè l yo, ni “Juif” la ni “dis moun” yo. Li mande pou yo toule de obeyi menm lwa li bay yo e pou yo rete fidèl (Zak. 8:23). Yo tout dwe kontinye gen imilite. Yo tout dwe sèvi l nan tèt ansanm ak nan inite. E yo tout dwe fè efò pou gen lapè nan kongregasyon an. Tank n ap pwoche pi pre lafen an, annou tout kontinye sèvi Jewova e annou tout kontinye suiv Kris kòm “yon sèl twoupo”. w20.01 31 § 15-16.

Jedi 11 novanm

Si gen ladan yo ki pa obeyi pawòl la, nou ka genyen yo san pawòl [...] paske yo temwen ak je yo nou gen yon konduit ki pwòp e nou gen yon gwo respè. — 1 Pyè 3:1, 2.

Nou pa ka fòse moun nan fanmi nou aksepte bon nouvèl la. Men, nou ka ankouraje yo pou yo koute mesaj ki nan Bib la e pou yo byen reyaji devan mesaj la (2 Tim. 3:14, 15). Kite konduit nou pale pou nou. Byen souvan, sa nou fè gen pi gwo efè sou fanmi nou pase sa nou di. Pa sispann eseye ede moun nan fanmi nou. Jewova ban nou bon egzanp. Se “san rete” li te bay pèp li a posiblite pou yo koute bon nouvèl la e pou yo gen lavi (Jer. 44:4). Mete sou sa, apot Pòl te di Timote pou l kontinye ede lòt moun. Poukisa? Paske lè l fè sa, l ap sove ni tèt li ni moun k ap koute l (1 Tim. 4:16). Nou renmen fanmi nou, se sa k fè nou vle yo konnen verite ki nan Pawòl Bondye a. w19.08 14 § 2; 16-17 § 8-9.

Vandredi 12 novanm

Li pi bon pou w korije yon moun devan lòt moun pase pou w renmen yon moun e w pa montre l sa. — Pwo. 27:5.

Li ta bon pou nou sonje lè yon moun pran tan l pou l ban nou yon konsèy, petèt nou te fè yon bagay ki mal san nou pa menm rann nou kont. Nan moman sa yo, premye reyaksyon nou se kapab rejte konsèy la. Nou ka menm kritike moun ki ban nou konsèy la oswa fason li bay li a. Men, si nou gen imilite, n ap fè efò pou n gen bon atitid la. Yon moun ki gen imilite renmen lè yo ba l konsèy. Ann pran yon egzanp: Imajine w al nan reyinyon. Apre w fin pale ak plizyè kwayan parèy ou, gen youn ki rale w sou kote pou l di w gen yon ti kras manje ki kole nan dan w. Se sèten, w ap santi w jennen. Men, èske w pap kontan dèske l di w sa? Anfèt, ou ta swete pou yon lòt moun te gentan di w sa anvan! Menm jan an tou, si nou gen imilite, nou ta dwe kontan anpil lè yon kwayan parèy nou met kouraj sou li pou l ban nou konsèy. Nou pap pran moun sa a pou ènmi nou, men n ap konsidere l kòm zanmi nou. — Pwo. 27:5, 6; Ga 4:16. w19.09 5 § 11-12.

Samdi 13 novanm

Pitit mwen, obeyi kòmandman papa w ba ou, pa bliye lòd manman w ba ou. — Pwo. 6:20.

Jewova bay manman an yon wòl ki gen anpil valè nan fanmi an e li ba l yon sèten otorite sou pitit li. Anfèt, enfliyans yon manman gen sou pitit li ka fò anpil e sa ka make pitit li pandan tout vi l (Pwo. 22:6). Annou egzamine sa manman yo ka aprann nan egzanp Mari, manman Jezi. Mari te konnen Ekriti sakre yo trè byen. Li te aprann gen gwo respè pou Jewova e li te vin gen yon amitye solid avè l. Li te dispoze soumèt anba enstriksyon Jewova bay, menm lè sa te fè lavi l chanje nèt (Lik 1:35-38, 46-55). Nou menm manman, nou ka imite Mari plizyè fason. Ki jan nou ka fè sa? Premyèman, nou bezwen pwoteje amitye nou gen ak Jewova a grasa etid pèsonèl nou fè nan Bib la ak lè nou priye l. Dezyèmman, nou bezwen dispoze fè chanjman nan lavi nou pou n fè Jewova plezi. w19.09 18 § 17-19.

Dimanch 14 novanm

Mwen gade, mwen wè yon gwo foul moun. — Rev. 7:9.

Jan te resevwa yon vizyon ki se yon pwofesi estrawòdinè. Nan vizyon an, yo mande yon seri zanj pou yo kenbe van ki pral lakòz destriksyon pandan gwo tribilasyon an jiskaske yo fin met dènye so a sou yon gwoup esklav (Rev. 7:1-3). Gwoup sa a se 144 000 moun ki pral dirije ak Jezi nan syèl la (Lik 12:32; Rev. 7:4). Apre sa, Jan pale konsènan yon lòt gwoup moun ki tèlman anpil, sa fè l di: “Mwen wè yon gwo foul moun okenn moun pa t ka konte ki soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang. Yo kanpe devan twòn nan ak devan Ti Mouton an.” ​(Rev. 7:9-14) Imajine nan ki pwen Jan dwe te kontan lè l te aprann gen yon pakèt moun k ap gen pou yo pratike vrè adorasyon an alavni! Pa gen dout, vizyon sa a te fòtifye lafwa Jan. Vizyon sa a ta dwe fòtifye lafwa nou plis toujou, piske n ap viv nan epòk kote vizyon an ap reyalize! Nou wè plizyè milyon moun ki gen espwa pase gwo tribilasyon an vivan pou yo viv pou toutan sou tè a k ap rasanble. w19.09 26 § 2-3.

Lendi 15 novanm

Yon destriksyon ap tonbe sou yo sanzatann, nan menm moman an, [...] e pap gen mwayen pou yo chape. — 1 Tes. 5:3.

Imajine nasyon yo fèk fè deklarasyon “lapè [ak] sekirite” nou t ap tann depi byen lontan an. Yo gendwa ap vante tèt yo pou y ap di monn nan pa t janm an sekirite konsa. Nasyon yo pral vle nou panse yo kapab rezoud tout pwoblèm ki gen nan monn nan. Men, yo pa gen okenn kontwòl sou sa k pral rive. “Gran Babilòn nan” pral detwi (Rev. 17:5, 15-18)! “Bondye [pral] mete lide l nan kè yo pou yo reyalize volonte l”. Ki lide sa a? Lide pou yo detwi tout fo relijyon ki nan monn nan, san wete Lakretyente. Bondye pral mete lide l nan kè “dis kòn” “bèt sovaj wouj vif” la. Dis kòn yo reprezante tout gouvènman yo k ap soutni “bèt sovaj” la ki se Nasyonzini (Rev. 17:3, 11-13; 18:8). Lè gouvènman sa yo atake fo relijyon an, se pral yon siy ki montre gwo tribilasyon an kòmanse. Vrèmanvre, se pral yon gwo katastwòf k ap gen efè sou tout moun sou tè a. w19.10 14 § 1, 3.

Madi 16 novanm

Dyotrèf, ki renmen pran latèt pami yo, pa resevwa anyen ki sot nan men nou avèk respè. — 3 Jan 9.

Nan premye syèk la, Dyotrèf te anvye sò moun ki te alatèt kongregasyon an. Li te vle “pran latèt” nan kongregasyon an, se sa k fè li te gaye yon seri vye pawòl sou apot Jan ak lòt frè ki gen responsablite pou l sal repitasyon yo (3 Jan 10). Byenke nou pap janm fè sa Dyotrèf te fè a, nou menm tou nou ka kòmanse anvye sò yon kretyen parèy nou ki resevwa yon asiyasyon nou te espere jwenn, sitou si nou santi nou kalifye menm jan avè l pou nou fè travay sa a. Anvi tankou move zèb. Yonfwa grenn zèb sa a fè rasin nan kè nou, li ka difisil pou nou elimine l. Anvi fè moun vin gen lòt santiman negatif, tankou jalouzi, ògèy ak egoyis. Anvi ka anpeche nou gen yon seri bèl kalite, tankou lanmou, konpasyon ak bonte. Kou nou rann nou kont anvi kòmanse jèmen nan kè nou, nou bezwen derasinen l. w20.02 15 § 6-7.

Mèkredi 17 novanm

Yo ban mwen yon pikan nan chè m. — 2 Kor. 12:7.

Apot Pòl te vle di li gen yon pwoblèm ki fè l soufri. Li te di pwoblèm sa a se “yon zanj Satan” k ap “frape” l (“bat” li, nòt) san rete. Petèt se pa t Satan oswa demon l yo dirèkteman ki te lakòz Pòl gen pwoblèm nan, kòmkwa yo ta foure yon pikan nan chè Pòl. Men, lè espri mechan sa yo te wè “pikan” an, yo te gendwa chofe pou yo fè l antre pi fon, nan sans senbolik, pou yo fè Pòl soufri pi rèd. Ki sa Pòl te fè? Okòmansman, Pòl te vle Jewova retire “pikan” an. Men sa l di: “Pandan twa fwa, mwen sipliye [Jewova] Seyè a [...], yon fason pou l retire l pou mwen.” Epoutan, malgre priyè Pòl te fè yo, pikan ki te nan chè l la te toujou la. Èske sa vle di Jewova pa t reponn priyè Pòl te fè yo? Non. Li te reponn yo. Jewova pa t retire pwoblèm nan, men l te bay Pòl fòs pou l andire l. Men sa Jewova te di: “Pisans mwen ap vin pafè pou ou lè w fèb.” ​(2 Kor. 12:8, 9). Grasa èd Bondye, Pòl te kapab kontinye gen kè kontan e li te santi l anpè! — Flp. 4:4-7. w19.11 9 § 4-5.

Jedi 18 novanm

Jewova se yon Bondye ki mande pou moun atache avè l sèlman. — Naw. 1:2.

Jewova merite pou nou atache avè l sèlman paske li se Kreyatè nou e se li ki ban nou lavi (Rev. 4:11). Men, gen yon danje. Menm lè nou renmen Jewova e nou gen respè pou li, ka gen bagay ki ka anpeche nou atache avè l sèlman jan nou dwe fè sa. Nan Bib la, atache ak Bondye mande pou nou renmen l anpil. Lè se ak Jewova sèlman nou atache, se li menm sèl n ap adore. Nou pap kite pèsonn oswa anyen pran plas li nan kè nou (Egz. 34:14). Nou gen bonjan rezon pou nou atache ak Jewova. Sa k fè nou di sa? Paske atachman nou gen pou li a baze sou sa nou aprann sou li. Nou vin renmen bèl kalite li genyen yo. Nou konnen sa l renmen ak sa l pa renmen e nou dakò ak jan l wè bagay yo. Nou konprann objektif li gen pou nou e nou aji ann amoni ak objektif sa a. Nou santi se yon onè sa ye lefètke li ban nou posiblite pou nou vin zanmi l (Sòm 25:14). Chak sa nou aprann sou Kreyatè nou an fè nou vin pi pwòch avè l. — Jak 4:8. w19.10 26 § 1-3.

Vandredi 19 novanm

Yon bon zanmi demontre lanmou toutan e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè. — Pwo. 17:17.

Jodi a, frè n ak sè n yo ap fè fas ak tout kalite pwoblèm. Pa egzanp, anpil ladan yo viktim anba katastwòf natirèl oswa katastwòf lèzòm lakòz. Lè sa rive, kèk nan nou ka dispoze akeyi zanmi sa yo lakay nou. Gen lòt moun ki ka ede yo nan domèn ekonomik. Men, nou tout ka mande Jewova pou l ede frè n ak sè n yo. Si nou aprann yon frè oswa yon sè dekouraje, nou ka pa konn ki sa pou n di oswa ki jan pou n aji, men nou tout ka fè yon bagay. Pa egzanp, nou ka pase tan ak zanmi nou. Nou ka pran tan pou nou koute l lè l ap pale. E nou ka pataje vèsè nou pi renmen nou konnen ki ka konsole l la avè l (Eza. 50:4). Sa k pi enpòtan an, se pou nou dispoze ede zanmi nou yo lè yo bezwen nou. Nou dwe pran detèminasyon pou nou chèche vin bon zanmi ak frè n ak sè n yo depi kounye a e pou n ret zanmi yo. Anfèt, amitye sa yo pap sèlman la pandan fen sistèm nan, men y ap la pou tout letènite! w19.11 7 § 18-19.

Samdi 20 novanm

Men lwa konsènan sakrifis kominyon moun ap bay pou Jewova a. — Lev. 7:11.

Se te yon ofrann kè moun nan te pouse l fè paske l renmen Jewova, Bondye l la. Ni moun ki t ap fè ofrann nan, ni fanmi l ansanm ak prèt yo te konn manje vyann bèt yo te ofri kòm sakrifis la. Men, gen kèk pati nan bèt yo te ofri kòm sakrifis la se Jewova sèlman yo te ofri l. Ki pati sa yo? Jewova te konsidere grès ki nan yon bèt kòm pati ki pi bon nan bèt la. Li te di gen kèk pati nan bèt la, tankou grenn vant yo, ki te enpòtan anpil (Lev. 3:6, 12, 14-16). Donk, Jewova te kontan anpil lè kè yon Izrayelit te pouse l ofri l pati ki enpòtan anpil nan bèt la ansanm ak grès la. Yon Izrayelit ki te fè yon ofrann konsa te demontre volonte l genyen pou l ofri Bondye sa l genyen ki pi bon an. Menm jan an tou, Jezi te dispoze ofri Jewova sa l genyen ki pi bon an lefètke l te sèvi L ak tout nanm li paske l te renmen L (Jan 14:31). Jezi te pran plezi fè volonte Bondye (Sòm 40:8). Se pa ti kontan Jewova dwe te kontan lè l wè Jezi ki dispoze sèvi l ak tout kè l! w19.11 22-23 § 9-10.

Dimanch 21 novanm

Setyèm jou a se yon jou saba, e nou dwe repoze nou nèt. Se yon jou ki apa pou Jewova. — Egz. 31:15.

Pawòl Bondye a di apre Bondye te fin pase sis “jou” ap kreye, Li te fè yon ti kanpe sou travay li t ap fè sou tè a (Jen. 2:2). Epoutan, Jewova renmen travay, e li “kontinye travay” nan yon lòt sans (Jan 5:17). Dispozisyon Bondye te pran pou gen yon saba chak semèn nan sanble ak jou repo Jewova te pran yo pale de li nan liv Jenèz la. Bondye te di saba a se te yon siy ant li menm ak nasyon Izrayèl la (Egz. 31:12-14). Okenn moun pa t gen dwa travay, ni timoun, ni esklav e menm bèt ki viv bò kot moun yo (Egz. 20:10). Sa te pèmèt moun yo bay relasyon yo te gen ak Bondye a plis enpòtans. Jou saba a te bon pou pèp Bondye a, men anpil chèf relijye nan epòk Jezi a te fè yon seri règ ki di anpil sou fason pou moun obsève saba. Yo te fè konnen moun pa menm gen dwa pou yo keyi kèk grenn pou yo manje nan jou saba a oswa yo pa gen dwa geri yon moun ki malad (Mak 2:23-27; 3:2-5). Fason yo te wè bagay yo te depaman ak fason Bondye wè yo, e Jezi te fè moun ki t ap koute l yo konprann sa. w19.12 3-4 § 8-9.

Lendi 22 novanm

Se pou nou imite Bondye, antanke pitit li renmen. — Efe. 5:1.

Plis nou aprann konnen kalite ki gen nan pèsonalite Jewova, se plis n ap kapab imite l. David te aprann konnen Papa l ki nan syèl la byen, se sa k fè li te kapab imite L nan relasyon l te gen ak lòt moun. Lefètke David te gen yon bon relasyon konsa ak Jewova, li te vin youn nan wa moun yo te pi renmen ann Izrayèl e Jewova te sèvi avè l kòm modèl pou lòt wa Izrayèl yo (1 Wa 15:11; 2 Wa 14:1-3). Ki leson nou aprann? Nou bezwen “imite Bondye”. Lè nou imite kalite Bondye yo, nou montre nou se pitit li (Efe. 4:24). Nou pap janm fin konn tout bagay sou Jewova (Ekl. 3:11). Se pa kantite bagay nou konnen sou li ki pi enpòtan, men se sa nou fè ak sa nou konnen yo. Si nou aplike sa nou aprann yo e nou fè efò pou nou imite Papa nou an ki renmen nou, l ap kontinye pwoche bò kote nou (Jak 4:8). Pa mwayen Pawòl li a, li ban nou asirans li pap janm abandone moun k ap chèche l yo. w19.12 20 § 20; 21 § 21, 23.

Madi 23 novanm

Kè a pi trèt pase tout lòt bagay. — Jer. 17:9.

Jakòb te renmen tout pitit gason l yo, men li te pi renmen Jozèf ki te gen 17 an. Ki efè sa te gen sou frè Jozèf yo? Yo te vin jalou sò Jozèf, e sa te fè yo vin rayi l. Se sa k fè, yo te vann Jozèf kòm esklav epi yo te bay papa yo manti, yo te di l se yon bèt sovaj ki touye pitit li renmen anpil la. Anvi te lakòz frè Jozèf yo detwi lapè ki te gen nan fanmi an e yo te fè papa yo anpil lapenn (Jen. 37:3, 4, 27-34). Anvye sò moun fè pati “zèv lachè” ki mennen nan lanmò e ki ka fè yon moun pa benefisye Wayòm Bondye a (Gal. 5:19-21). Byen souvan, anvi konn lakòz yon seri sitiyasyon ki menm jan ak pwazon, tankou hinghang, goumen ak kòlè san kontwòl. Egzanp frè Jozèf yo montre fason anvi ka kraze bon relasyon ki gen nan yon fanmi e l ka detwi lapè ki te gen nan fanmi sa a. Byenke nou gendwa pa janm fè sa frè Jozèf yo te fè a, kè nou tout enpafè e li trèt. Donk, sa pa etone nou si n ta wè pafwa nou gen tandans pou n anvye sò moun. w20.02 14 § 1-3.

Mèkredi 24 novanm

Avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou. — Flp. 2:3.

Yon lè, Jewova te pran yon pati nan lespri sen li te mete sou Moyiz la e li te bay yon gwoup ansyen nan pèp Izrayèl la ki te kanpe toupre tant reyinyon an lespri sa a. Yon ti tan apre sa, Moyiz te aprann gen de ansyen ki pa t vin nan tant reyinyon an ki te resevwa lespri sen tou e ki te kòmanse aji tankou pwofèt. Ki jan l te reyaji lè Jozye te mande l pou l anpeche de ansyen yo fè sa? Moyiz pa t vin jalou lefètke Jewova te sèvi ak mesye sa yo tou. Men, avèk imilite, li te rejwi avèk yo pou privilèj yo te vin genyen an (Nonb 11:24-29). Ki leson nou ka aprann nan men Moyiz? Si w se yon ansyen, èske sa deja rive yo mande w bay yon moun fòmasyon pou l ka fè yon travay ou renmen fè nan kongregasyon an? Si w gen imilite menm jan ak Moyiz, ou pap santi w vin gen mwens enpòtans si yo ta mande w bay yon lòt frè fòmasyon yon fason pou l ka fè travay sa a alavni. Okontrè, w ap kontan ede frè w la. w20.02 15 § 9; 17 § 10-11.

Jedi 25 novanm

Tètchaje yon moun genyen fè kè l vin lou, men, yon bèl ti pawòl fè kè l kontan. — Pwo. 12:25.

Maladi ka afekte nou anpil. Nou ka santi n jennen lè moun wè gen bagay nou pa ka fè, oswa lè nou oblije depann de lòt moun. Menm lè lòt moun pa konnen nou malad, nou ka santi nou wont paske nou vin pa kapab fè kèk bagay nou te konn fè lontan. Nan moman difisil sa yo, Jewova ban nou ankourajman nou bezwen. Ki jan l fè sa? Jewova fè ekri yon seri bèl ti pawòl pou nou nan Bib la ki fè n sonje nou gen valè nan je l menm lè nou malad (Sòm 31:19; 41:3). Grasa pawòl sa yo Bondye enspire, Jewova ap ede n fè fas ak santiman negatif maladi ka lakòz nou genyen. Ou mèt gen asirans Jewova konnen ki sa w ap andire. Sipliye l pou l ede w yon fason pou w ka vin pi byen wè sitiyasyon w. Apre sa, sèvi ak Bib la pou w chèche bèl ti pawòl Jewova te fè ekri pou ou. Konsantre w sou vèsè ki montre jan Jewova bay sèvitè l yo valè. Lè w fè sa, w ap wè jan Jewova bon pou tout moun k ap sèvi l fidèlman. — Sòm 84:11. w20.01 15-16 § 9-10; 17 § 12.

Vandredi 26 novanm

Pa imite sa ki mal, men imite sa ki byen. — 3 Jan 11.

Izarak te rich, e moun peyi Filisti yo te rayi l pou sa (Jen. 26:12-14). Yo te menm bouche pi Izarak te bezwen pou l bay bèt li yo dlo (Jen. 26:15, 16, 27). Menm jan ak moun peyi Filisti yo, gen moun jodi a ki vin anvye sò moun ki gen plis byen pase yo. Yo pa annik anvye sa lòt moun posede, men tou yo pa ta renmen moun sa yo kontinye gen bagay sa yo. Chèf relijye juif yo te anvye sò Jezi paske anpil moun te apresye Jezi (Mat. 7:28, 29). Jezi se te reprezantan Bondye e li te konn anseye laverite. Aktout sa, chèf relijye sa yo te gaye manti sou Jezi pou yo te ka sal repitasyon l (Mak 15:10; Jan 11:47, 48; 12:12, 13, 19). Ki leson ki sèvi nou avètisman nou ka aprann nan istwa sa a? Nou bezwen goumen kont tout tandans ki ka fè nou anvye sò moun ki gen yon seri kalite ki fè moun nan kongregasyon an renmen yo. Yon lòt bò, nou bezwen fè efò pou nou imite bèl kalite yo genyen yo. — 1 Kor. 11:1. w20.02 15 § 4-5.

Samdi 27 novanm

Sèl lwa y ap aplike sou moun sa a se touye l. — Estè 4:11.

Imajine w ap viv nan peyi Pès sa gen anviwon 2 500 ane. Ou ta renmen pale ak wa peyi a sou yon bagay. Ou pa t ap janm pran chans pwoche bò kot wa a san pèmisyon l. Si w ta eseye fè sa, ou te ka pèdi lavi w! Se pa ti kontan nou kontan dèske Jewova pa tankou wa sa a! Nou ka pale avè l nenpòt ki lè. Jewova vle nou santi nou alèz pou nou pwoche bò kote l. Pa egzanp, menmsi Jewova gen anpil gwo tit tankou Gran Kreyatè, Toupisan, ak Seyè ki Souvren, li vle nou rele l “Papa” lè n ap pale avè l (Mat. 6:9). Se pa ti touchan sa touchan dèske Jewova vle nou santi n pwòch avè l konsa! Nou gen rezon rele Jewova “Papa”, paske se li ki ban nou lavi (Sòm 36:9). Piske Jewova se Papa nou, nou dwe obeyi l. Lè nou fè sa l mande nou fè, n ap jwenn anpil benediksyon (Ebre 12:9). Pami benediksyon sa yo, n ap gen lavi ki pap janm fini an, swa nan syèl la, swa sou tè a. w20.02 2 § 1-3.

Dimanch 28 novanm

Fè disip. — Mat. 28:19.

Objektif nou se ede etidyan an fè pwogrè (Efe. 4:13). Lè yon moun dakò etidye Labib, premye bagay ki ka enterese l se konnen ki jan etid la ka ede l pèsonèlman. Pandan l ap aprann renmen Jewova, li ka vin kòmanse ap reflechi sou fason li ka ede lòt moun, san wete moun ki deja fè pati kongregasyon an (Mat. 22:37-39). Nan moman ki apwopriye, pa ezite pale sou privilèj nou genyen pou n fè ofrann pou soutni travay Wayòm nan. Ede etidyan an konn sa pou l fè lè l gen pwoblèm. Pa egzanp, ann sipoze etidyan an, ki se yon pwoklamatè ki poko batize, ta fè w konnen gen yon moun nan kongregasyon an ki fè l yon bagay li pa renmen. Olye w pran pou li, li ta bon pou w esplike l ki sa Bib la di nou dwe fè. Li ka annik padone moun nan. Men, si l pa kapab pase sou sa, li dwe al pale ak moun nan avèk jantiyès e avèk lanmou yon fason pou l “fè frè [a] tounen nan bon chemen”. (Konpare ak Mat. 18:15.) Ede etidyan an prepare sa l pral di a. w20.01 5-6 § 14-15.

Lendi 29 novanm

Mwen te fè w konnen peche m te fè a, mwen pa t kache erè m nan. [...] E ou menm, ou te padone peche m yo. — Sòm 32:5.

Nou montre nou gen rekonesans pou padon Jewova lè nou priye l pou n mande l padon, lè nou aksepte disiplin e lè nou fè gwo efò pou n pa refè menm erè yo ankò. Lè nou fè sa, n ap kapab vin santi nou anpè ankò. Se pa ti ankourajan sa ankourajan lefètke nou konnen “Jewova toupre moun kè yo ap fann, li sove moun ki gen lespri yo kraze”. (Sòm 34:18.) Plis n ap antre pi fon nan dènye jou yo, se plis sitiyasyon ki bay tètchaje yo ap ogmante. Lè w santi w gen enkyetid, priye Jewova san pèdi tan pou l ede w. Pran tan pou w etidye Bib la. Reflechi sou egzanp Ana, Apot Pòl ak Wa David. Mande Papa w ki nan syèl la ede w wè rezon ki fè w santi w gen enkyetid konsa (Sòm 139:23). Kite Jewova pote chay la pou ou, sitou lè chay la twòp pou ou. Si w fè sa, ou ka vin menm jan ak youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo ki te chante yon chante pou Jewova ki di: “Lè enkyetid te anvayi m, ou te konsole m, ou te soulaje m.” — Sòm 94:19. w20.02 24 § 17; 25 § 20-21.

Madi 30 novanm

Tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo. — 2 Tim. 3:16.

Mo grèk lè yo tradui l yo mete “se Bondye ki enspire yo” pou li a vle di literalman, “Bondye soufle”. Bondye itilize lespri l pou l soufle panse l nan lespri moun ki te ekri Bib la. Lè nou li Labib e nou medite sou sa nou li a, enstriksyon Bondye bay yo antre nan lespri nou ak nan kè nou. Panse sa yo Bondye enspire pouse nou pou nou fè lavi nou vin ann amoni ak volonte Bondye (Ebre 4:12). Men, pou nou byen pwofite èd lespri sen, nou dwe rezève tan pou n etidye Bib la regilyèman e pou n medite sou sa nou li a. Lè sa a, Pawòl Bondye a ap gen efè sou tout sa nou di ak tout sa nou fè. Nou bezwen adore Bondye ansanm (Sòm 22:22). Lespri sen Jewova la nan reyinyon nou yo (Rev. 2:29). Lè nou reyini pou nou adore Bondye ak kretyen parèy nou, nou priye pou nou jwenn èd lespri sen, nou chante kantik Wayòm ki baze sou Pawòl Bondye a e nou koute enstriksyon ki baze sou Bib la yon seri frè lespri sen nome ap bay. Men, pou nou byen pwofite èd lespri sen, nou bezwen prepare reyinyon yo pou n ka patisipe ladan yo. w19.11 11 § 13-14.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje