Janvye
Samdi 1ye janvye
Se depi w toupiti ou konnen sa ki ekri nan liv sakre yo, ki kapab ba w sajès k ap pèmèt ou delivre grasa lafwa nan Kris Jezi. — 2 Tim. 3:15.
Lafwa Timote te baze sou ansèyman ki soti nan Bib la ki te fè l anvi vin zanmi Jewova. Ou menm tou, ou dwe reflechi sou sa w aprann sou Jewova lè w li Bib la. Pou kòmanse, ou bezwen aksepte omwen twa verite fondamantal. Premyèman, ou bezwen gen konviksyon se Jewova Dye ki kreye tout bagay (Egz. 3:14, 15; Ebre 3:4; Rev. 4:11). Dezyèmman, ou bezwen konnen rezon ki fè w sèten Bib la se mesaj Bondye fè ekri pou lèzòm (2 Tim. 3:16, 17). E twazyèmman, ou bezwen gen konviksyon Jewova gen yon gwoup moun ki òganize e k ap adore l anba direksyon Kris. Gwoup moun sa a se Temwen Jewova yo (Eza. 43:10-12; Jan 14:6; Tra. 15:14). Ou pa oblije konn tout sa k nan Bib la pou w vin gen konviksyon. Sa ki enpòtan se sèvi ak ‘kapasite w genyen pou w rezone’ a pou w ka ranfòse konviksyon w genyen ou nan laverite. — Wom. 12:1. w20.07 10 § 8-9.
Dimanch 2 janvye
Yo pa t bay krikèt yo pèmisyon pou yo touye moun sa yo, men pito pou yo toumante yo pandan senk mwa. — Rev. 9:5.
Pwofesi sa a pale de yon lame krikèt ki gen figi moun e ki gen “bagay sou tèt yo ki sanble ak kouwòn ki fèt annò”. (Rev. 9:7.) Yo toumante “moun [ki ènmi Bondye yo] ki pa gen so Bondye a sou fwon yo” pandan senk mwa, ki se kantite tan yon krikèt viv nòmalman (Rev. 9:4). Sa sanble dekri sèvitè Jewova yo ki gen esperans pou y al viv nan syèl la. Yo pwoklame mesaj jijman Bondye bay kont sistèm mechan sa a avèk kran e sa fè moun k ap soutni sistèm nan pa santi yo alèz ditou. Èske nou vle di krikèt ki nan Jowèl 2:7-9 yo se pa menm ak krikèt nou jwenn nan liv Revelasyon an? Wi. Nan Bib la, yon bagay konn gen yon sans nan yon kontèks alòske li gen yon lòt sans nan yon lòt kontèks. Pa egzanp, nan Revelasyon 5:5, yo rele Jezi “Lyon ki soti nan tribi Jida a”, alòske nan 1 Pyè 5:8, yo konpare Dyab la ak “yon lyon k ap gwonde”. w20.04 3 § 8; 5 § 10.
Lendi 3 janvye
Je Jewova tout kote, l ap gade ni moun ki mechan ni moun ki bon. — Pwo. 15:3.
Aga, sèvant Sarayi, te aji yon fason ki sòt apre Sarayi te fin bay Abram li kòm madanm. Aga te vin ansent e li te vin ap meprize Sarayi ki pa t fè pitit. Sitiyasyon an te vin tèlman grav, sa te fè Sarayi met Aga deyò (Jen. 16:4-6). Piske nou enpafè, nou ta kapab konsidere Aga kòm yon fi ki mechan e ki te merite sa k te rive l la. Men, se pa konsa Jewova te wè Aga. Li te voye yon zanj li kote l. Lè zanj lan te jwenn Aga, li te ede l korije atitid li e l te beni l. Aga te santi Jewova t ap voye je sou li e Jewova te konnen nan ki sitiyasyon l ye. Se sa k fè l te di li se “yon Bondye ki wè tout sa k ap pase”, e li se “Sila a k ap gade m nan”. (Jen. 16:7-13) Ki sa Jewova te wè nan Aga? Li te konn tout detay sou lavi Aga ak tout difikilte l te jwenn nan lavi l. Byenke Jewova pa t dakò ak Aga poutèt li te derespekte Sarayi, nou ka sèten li te konprann santiman Aga ak sitiyasyon l. w20.04 16 § 8-9.
Madi 4 janvye
Mwen kouri nan kous la jis mwen fini l. — 2 Tim. 4:7.
Apot Pòl te di tout vrè kretyen yo nan yon kous (Ebre 12:1). E nou tout, jèn kou granmoun, moun ki gen fòs kou moun ki fatige, dwe andire jiska lafen si nou vle resevwa rekonpans Jewova ap ban nou an (Mat. 24:13). Pòl te alèz pou l bay konsèy sa a paske li te byen “kouri nan kous la jis [li] fini l”. (2 Tim. 4:7, 8.) Men, ki sa kous Pòl t ap pale a ye menm? Pafwa, Pòl te sèvi ak kèk aspè nan konpetisyon yo te konn fè nan peyi Lagrès nan tan lontan kòm egzanp pou l anseye yon seri leson enpòtan (1 Kor. 9:25-27; 2 Tim. 2:5). Nan plizyè okazyon, li te konpare lavi yon kretyen ak kouri nan yon kous (1 Kor. 9:24; Gal. 2:2; Flp. 2:16). Yon moun antre nan “kous” la lè l vwe Jewova lavi l epi l batize (1 Pyè 3:21). Li travèse dènye liy lan lè Jewova pèmèt li jwenn lavi ki pap janm fini an kòm rekonpans. — Mat. 25:31-34, 46; 2 Tim. 4:8. w20.04 26 § 1-3.
Mèkredi 5 janvye
Pran tout ekipman konba Bondye bay la. — Efe. 6:13.
“Seyè a fidèl, l ap fòtifye nou e l ap pwoteje nou anba Mechan an.” (2 Tes. 3:3). Ki fason Jewova pwoteje nou? Jewova ban nou yon ekipman konba ki kapab pwoteje nou kont atak Satan yo (Efe. 6:13-17). Ekipman konba sa a Bondye bay la solid e li efikas. Men, se sèlman si nou mete chak pati nan ekipman an sou nou e nou kite yo sou nou n ap ka jwenn pwoteksyon. Laverite tankou yon sentiwon, li reprezante verite ki nan Labib, Pawòl Bondye a. Poukisa nou dwe mare sentiwon sa a nan ren nou? Paske Satan se “papa manti”. (Jan 8:44.) Li gen plizyè milye ane depi l ap bay manti e l ap twonpe “lemonnantye”. (Rev. 12:9.) Men, verite ki nan Bib la pwoteje nou pou l pa twonpe nou. Ki fason nou mare laverite nan ren nou tankou yon sentiwon? Nou fè sa lè nou aprann laverite sou Jewova, lè nou adore l “avèk lespri ak laverite”, e lè nou konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay. — Jan 4:24; Efe. 4:25; Ebre 13:18. w21.03 26-27 § 3-5.
Jedi 6 janvye
Mete sou sa, l ap antre nan Bèl Peyi a. — Dàn. 11:41.
Sa k te fè peyi sa a gen valè konsa se paske se la yo te konn pratike vrè adorasyon an. Depi Pannkòt ane 33 epòk nou an “peyi” sa a pa nan yon sèl zòn sou tè a. Sa pa t posib paske pèp Jewova a te gaye sou tout tè a. Okontrè, jodi a “Bèl Peyi a” se tout aktivite pèp Jewova a ap fè, sa gen ladan l adorasyon y ap ba li pa mwayen reyinyon yo ak travay predikasyon an. Pandan dènye jou yo, wa nò a pa sispann antre nan “Bèl Peyi a”. Pa egzanp, lè Almay Nazi te jwe wòl wa nò a, sitou pandan Dezyèm Gè mondyal la, wa sa a te antre nan “Bèl Peyi a” lè l te pèsekite moun k ap sèvi Bondye yo e lè l te touye kèk ladan yo. Apre Dezyèm Gè mondyal la, lè Inyon sovyetik te jwe wòl wa nò a, wa sa a te antre nan “Bèl Peyi a” lè l te pèsekite moun ki t ap sèvi Bondye yo e l te voye yo ann egzil. w20.05 13 § 7-8.
Vandredi 7 janvye
Se moun ki gen lakrentif pou Jewova yo ki bon zanmi l, e li fè yo konnen alyans li an. — Sòm 25:14.
Ann pran egzanp kèk moun ki te vin zanmi Bondye anvan Jezi te vin sou tè a. Abraram se te yon moun ki te gen yon gwo lafwa. Plis pase 1 000 an apre lanmò l, Jewova te rele l “zanmi m”. (Eza. 41:8.) Donk, menm lanmò pa ka separe Jewova ak bon zanmi l yo. Abraram vivan nan memwa Jewova (Lik 20:37, 38). Yon lòt egzanp se Jòb. Jewova te fè konnen li gen konfyans nan Jòb devan yon pakèt zanj ki te reyini nan syèl la. Li te di Jòb se “yon moun ki dwat e ki fidèl nan tout bagay. Li gen lakrentif pou Bondye e li vire do bay sa ki mal”. (Jòb 1:6-8.) E ki jan Jewova te konsidere Dànyèl ki te sèvi l fidèlman pandan anviwon 80 an nan yon peyi kote moun yo pa t adore Jewova? An twa fwa, gen zanj ki te bay Dànyèl asirans li “gen anpil valè” pou Bondye (Dàn. 9:23; 10:11, 19). Nou mèt sèten se pa ti tann Jewova ap tann jou li pral resisite zanmi l li renmen anpil yo ki mouri. — Jòb 14:15. w20.05 26-27 § 3-4.
Samdi 8 janvye
Anseye m lwa w yo. — Sòm 119:68.
Yon bon etidyan ka aprann konnen lwa Bondye yo e li ka menm vin renmen yo. Men, èske l ap obeyi Jewova paske l renmen l e li konsidere l kòm yon Moun toutbon? Sonje, Èv te konnen lwa Bondye bay, men l pa t vrèman renmen Sila a ki te bay lwa sa a, e Adan pa t vrèman renmen l nonplis (Jen. 3:1-6). Donk, nou dwe fè plis pase aprann lòt moun konn sa Bondye mande yo ak prensip li yo ki jis. Sa Jewova mande yo ak prensip li yo se bagay ki toujou nan avantaj nou (Sòm 119:97, 111, 112). Men, etidyan nou yo ka pa wè yo konsa si yo pa konprann Jewova te fè lwa sa yo paske l renmen nou. Donk, nou ka mande etidyan nou yo: “Poukisa w panse Bondye mande moun k ap sèvi l yo pou yo fè yon bagay oswa pou yo pa fè yon bagay? Ki sa sa aprann nou sou Bondye ki se yon Moun reyèl?” Si n ede yo panse ak Jewova e n ede yo vin gen yon lanmou toutbon pou non l ki gen glwa, li ka pi fasil pou n touche kè yo. Nonsèlman y ap vin renmen lwa sa yo, men y ap renmen Sila a ki bay lwa sa yo tou. Y ap vin gen plis lafwa e sa ap ede yo andire eprèv ki pi difisil k ap vini yo. — 1 Kor. 3:12-15. w20.06 10 § 10-11.
Dimanch 9 janvye
Tout moun dwe dispoze koute, yo pa dwe prese pale. — Jak 1:19.
Nou bezwen gen pasyans paske sa pran tan pou yon moun tounen vin jwenn Jewova. Anpil moun ki te inaktif fè konnen sa te mande pou ansyen yo ak lòt frè ak sè vizite yo plizyè fwa anvan yo rekòmanse sèvi Jewova. Men sa yon sè ki rele Nancy, ki moun Azi sidès, ekri: “Yon bon zanmi nan kongregasyon an te ede m anpil. Li te renmen m tankou se te gran sè m. Li te fè m sonje bon moman nou te konn pase ansanm. Li te konn koute m avèk pasyans pandan m ap fè konn sa k nan kè m e li pa t ezite ban m konsèy. Li te montre l se yon bon zanmi pou mwen ki te dispoze ede m nenpòt lè.” Lè n montre konpasyon se tankou yon bon remèd, li ka geri santiman ki blese. Konn gen inaktif ki fache kont yon moun nan kongregasyon an pandan plizyè ane. Petèt santiman negatif yo te genyen yo te fè yo pa anvi tounen vin jwenn Jewova. Kèk nan yo ka panse yo te fè yo enjistis. Yo ka bezwen yon moun pou koute yo epi konprann santiman yo. w20.06 26 § 10-11.
Lendi 10 janvye
Nou pot laviktwa sou Mechan an. — 1 Jan 2:14.
Chak fwa ou reziste pou w pa tonbe nan tantasyon, l ap pi fasil pou w fè sa ki byen. Pa bliye tou, se Satan ki fè moun yo gen yon move pwennvi sou sèks. Donk, lè w pa kite fason monn nan panse enfliyanse w, ou “pot laviktwa sou Mechan an”. Nou rekonèt Jewova gen dwa pou l di nou ki sa ki peche. E nou fè tout sa nou kapab pou nou pa peche. Men, lè nou peche, nou konfese peche a bay Jewova nan lapriyè (1 Jan 1:9). E si nou fè yon peche grav, nou chèche èd nan men ansyen yo, yo menm Jewova bay responsablite pou pran swen nou (Jak 5:14-16). Men, nou pa ta dwe kontinye santi nou koupab poutèt erè nou te fè lontan yo. Poukisa? Paske Papa nou an ki renmen nou bay sakrifis ranson Pitit Gason l lan pou peche nou ka jwenn padon. Lè Jewova di l ap padone moun ki peche ki repanti, li fè sa vre. Kidonk, pa gen anyen ki ka anpeche nou sèvi Jewova ak yon konsyans ki klè. — 1 Jan 2:1, 2, 12; 3:19, 20. w20.07 22-23 § 9-10.
Madi 11 janvye
Se ou menm ki sous lavi a. — Sòm 36:9.
Gen yon lè Jewova te poukont li. Men, sa pa t fè l tris. Jewova pa bezwen gen moun avè l pou l kontan. Men, li te vle lòt moun pwofite lavi. Se lanmou ki te pouse Jewova kreye (1 Jan 4:19). Toudabò, Jewova te kreye Jezi, Pitit li a. Annapre, Li te sèvi ak premye Pitit sa a pou l “kreye tout lòt bagay” san wete plizyè milyon zanj (Kol. 1:16). Jezi te vrèman kontan travay ansanm ak Papa l (Pwo. 8:30). Zanj yo tou te kontan anpil. Se yo menm ki te la lè Jewova ak Jezi t ap fè syèl la ak tè a. Ki jan zanj yo te reyaji? Apre tè a fin fèt, zanj yo “te pran rele tèlman yo te gen lajwa”, e pa gen dout yo te kontinye gen kè kontan chak fwa Jewova te fin kreye yon bagay, san wete lè Jewova te fin fè dènye chedèv la, anpalan de lèzòm (Jòb 38:7; Pwo. 8:31, nòt). Lanmou ak sajès Jewova parèt nan chak bagay li kreye. — Sòm 104:24; Wom. 1:20. w20.08 14 § 1-2.
Mèkredi 12 janvye
Tout nasyon ap rayi nou poutèt non mwen. — Mat. 24:9.
Jewova te kreye nou pou nou renmen moun e pou nou santi moun renmen nou. Se sa k fè lè moun rayi nou, sa fè nou mal anpil, e petèt sa menm fè nou pè. Men sa yon frè ekri: “Lè sòlda yo te bat mwen, yo te manke m dega e yo te menase m paske m se Temwen Jewova, mwen te pè anpil e m te santi yo imilye m.” Sa fè nou mal anpil lè moun rayi nou, men nou pa sezi pou sa. Paske Jezi te fè konnen yo t ap rayi nou. Monn nan rayi disip Jezi yo paske, menm jan ak Jezi, nou “pa fè pati monn nan”. (Jan 15:17-19.) Se sa k fè, byenke nou respekte gouvènman lèzòm yo, nou refize ba yo adorasyon oswa adore anblèm ki reprezante yo. Se Jewova sèlman nou adore. Nou rekonèt dwa Bondye genyen pou l dirije lèzòm, yon dwa ni Satan ni “desandans” pa l la pa aksepte menm (Jen. 3:1-5, 15). Lè n ap preche, nou fè konnen se sèl Wayòm Bondye a ki kapab rezoud pwoblèm lèzòm genyen yo e ki pral detwi tout moun ki opoze avè l yo talè konsa (Dàn. 2:44; Rev. 19:19-21). Mesaj sa a, se yon bon nouvèl pou moun ki gen imilite yo, men se yon move nouvèl pou mechan yo. w21.03 20 § 1-2.
Jedi 13 janvye
Nou konnen se nan Bondye nou soti. — 1 Jan 5:19.
Jewova montre li onore sè yo lefètke l ba yo yon plas enpòtan nan kongregasyon an. Yo se moun ki gen sajès, lafwa, kouraj, ki chofe nan travay fè disip la, ki renmen bay e ki fè bèl aksyon (Lik 8:2, 3; Tra. 16:14, 15; Wom. 16:3, 6; Flp. 4:3; Ebre 11:11, 31, 35). Se yon benediksyon sa ye lefètke n gen anpil frè ak sè aje nan òganizasyon an. Yo gendwa ap lite anba divès pwoblèm sante akoz laj. Aktout sa, yo fè sa yo kapab nan travay predikasyon an e yo bay tout yo menm nan ankouraje lòt moun epi bay fòmasyon. Nou aprann anpil bagay nan eksperyans yo. Se pa ti bèl yo bèl nan je Jewova ak nan je pa nou (Pwo. 16:31)! Ki sa n ka di konsènan jèn nou yo? Yo jwenn anpil pwoblèm, nonsèlman paske y ap grandi nan monn sa a Satan Ledyab ap dirije a, men tou, paske fason monn sa a panse gen enfliyans sou yo. Aktout sa, sa ankouraje n lè n wè yo ap fè kòmantè nan reyinyon, lè y ap patisipe nan travay fè disip la ak lè yo met kran sou yo pou yo defann lafwa yo. Nou menm jèn, nou gen yon plas enpòtan nan kongregasyon Jewova a! — Sòm 8:2. w20.08 21-22 § 9-11.
Vandredi 14 janvye
M ap voye nou tankou mouton nan mitan lou. — Mat. 10:16.
Lè n kòmanse preche lòt moun e n fè konnen nou se Temwen Jewova, fanmi nou gendwa opoze ak nou, zanmi nou gendwa pase n nan rizib e gen moun ki gendwa pa vle koute nou. Ki jan w ka met kouraj sou ou? Toudabò, ou bezwen gen konviksyon Jezi kontinye ap dirije travay predikasyon an detan l nan syèl la (Jan 16:33; Rev. 14:14-16). Apre sa, ou bezwen gen plis lafwa nan pwomès Jewova fè pou l pran swen w (Mat. 6:32-34). Plis lafwa w solid, se plis w ap gen kouraj. Ou te montre w gen anpil lafwa lè w te fè zanmi w ak moun nan fanmi w konnen ou kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova e w kòmanse asiste reyinyon yo fè. Se sèten, ou te fè anpil chanjman nan konduit ou ak nan fason w t ap viv pou w ka suiv prensip Jewova yo ki jis. Sa te mande tou pou w gen lafwa ak kouraj. Toutpandan w ap travay pou w vin gen kouraj, ou mèt kwè “Jewova, Bondye w la, [ap] avè w kèlkeswa kote w ale”. — Joz. 1:7-9. w20.09 5 § 11-12.
Samdi 15 janvye
Jewova te fè l jwenn repo. — 2 Kwo. 14:6.
Wa Aza te bay bèl egzanp lefètke l te aji ak sajès lè l te konte sou Jewova nèt. Li pa t sèvi Jewova sèlman lè te gen pwoblèm, men li te fè sa tou lè te gen lapè. Depi Aza te toupiti, li “te sèvi Jewova ak tout kè l”. (1 Wa 15:14.) Youn nan fason Aza te montre li gen atachman pou Bondye se lè l te elimine fo adorasyon nan peyi Jida. Labib di “li te retire lotèl yo te fè pou fo dye yo, li te retire kote ki wo moun yo te konn fè adorasyon yo, li te kraze poto sakre ki fèt an wòch yo e li te koupe poto sakre ki fèt an bwa yo”. (2 Kwo. 14:3, 5.) Li te menm retire Maaka, grann li, kòm premye dam nan wayòm nan. Paske Maaka t ap ankouraje moun adore yon zidòl (1 Wa 15:11-13). Aza pa t annik detwi zidòl yo. Li te ankouraje vrè adorasyon an, toutpandan li t ap ede moun peyi Jida yo retounen vin sèvi Jewova. Jewova te beni Aza ak Izrayelit yo, li te fè gen lapè. Pandan dizan Aza te fè ap dirije, “te gen lapè nan peyi a”. — 2 Kwo. 14:1, 4, 6. w20.09 14 § 2-3.
Dimanch 16 janvye
Timote, konsève sa yo konfye w la. — 1 Tim. 6:20.
Byen souvan nou konn bay lòt moun pran swen bagay nou genyen ki gen anpil valè. Pa egzanp, nou ka depoze kòb nou labank. Lè n fè sa, nou gen konfyans lajan nou an ap an sekirite, li pap pèdi e yo pap vòlè l. Apot Pòl te fè Timote sonje li te resevwa yon bagay ki gen anpil valè, anpalan de konesans egzak sou objektif Bondye genyen pou limanite. Jewova te bay Timote privilèj tou pou l “preche pawòl la” e pou l “travay antanke moun k ap evanjelize”. (2 Tim. 4:2, 5.) Pòl te ankouraje Timote pou l konsève sa yo te konfye l la. Menm jan ak Timote, yo konfye n yon pakèt bagay ki gen anpil valè. Jewova fè n favè lefètke li ban n posiblite pou n gen yon konesans egzak sou verite ki gen anpil valè nou jwenn nan Labib, Pawòl li a. Verite sa yo gen anpil valè paske yo montre nou ki jan nou kapab gen bon relasyon ak Jewova e yo fè n konnen ki sa k ka fè n gen kè kontan toutbon nan lavi a. Lè n aksepte verite sa yo e n mete sa n aprann yo an pratik, nou pa esklav fo ansèyman ankò e n ap ka mennen yon vi ki pwòp nan domèn moral. — 1 Kor. 6:9-11. w20.09 26 § 1-3.
Lendi 17 janvye
Nou konnen ki kalite moun nou te vin tounen nan mitan nou pou byen nou. — 1 Tes. 1:5.
Etidyan an bezwen wè ou renmen sa w ap anseye yo e w kwè verite ki nan Bib la. Konsa, sa ap fè l vin pi renmen sa l ap aprann yo. Petèt ou kapab di l ki jan Bib la te ede w pèsonèlman. Lè sa a, l ap vin rann li kont Bib la gen bonjan prensip ki kapab gide l tou. Pandan w ap kondui etid la, rakonte etidyan an egzanp frè ak sè ki te jwenn menm pwoblèm avè l e ki jan yo te rive fè fas ak yo. Ou kapab mennen yon moun nan kongregasyon an nan etid la ki ka yon bon egzanp pou li. Ede etidyan an wè jan li bon pou l aplike prensip biblik yo nan lavi l. Si etidyan an marye, èske moun li marye avè l la ap etidye tou? Si l pap etidye, envite l asiste etid la. Ankouraje etidyan an fè lòt moun nan fanmi l ak zanmi l konnen sa l ap aprann yo. — Jan 1:40-45. w20.10 16 § 7-9.
Madi 18 janvye
Se pou nou fè yo antre nan kè pitit nou yo. — Det. 6:7.
Jozèf ak Mari te ede Jezi pou l gen favè Bondye toutpandan l ap grandi. Yo te suiv enstriksyon Jewova te bay pou paran yo (Det. 6:6, 7). Jozèf ak Mari te renmen Jewova anpil, e sa k te pi enpòtan pou yo se ankouraje pitit yo pou yo chèche gen menm lanmou sa a. Yo te chwazi adore Jewova regilyèman ansanm ak pitit yo. Se sèten, yo te konn asiste reyinyon ki te konn fèt chak semèn nan sinagòg Nazarèt la, e chak ane, yo te konn al Jerizalèm nan fèt Pak la (Lik 2:41; 4:16). Petèt yo te konn pwofite vwayaj yo te konn fè pou y al Jerizalèm ansanm ak fanmi an pou yo aprann Jezi ansanm ak frè l ak sè l yo istwa pèp Jewova a. Pandan vwayaj la, li posib tou yo te konn vizite kèk kote yo site nan Ekriti yo. Tank Jozèf ak Mari t ap vin gen plis pitit, li dwe pa t fasil pou yo kenbe bon abitid yo te genyen pou yo adore Jewova. Men, se pa ti benediksyon yo te jwenn lefètke yo te fè sa! Piske yo te mete adorasyon Jewova an premye, fanmi yo te gen bon relasyon ak Bondye. w20.10 28 § 8-9.
Mèkredi 19 janvye
Esdras te prepare kè l pou l byen egzamine Lwa Jewova a, [...] e pou l anseye lwa [...] ki ladan l yo. — Esd. 7:10.
Si yon moun mande w al fè yon etid avè l, li t ap bon pou w prepare sijè yo pral wè a. Men sa yon pyonye spesyal ki rele Donald di: “Mwen kontan lè moun ki pral fè etid avè m nan prepare. Konsa, li kapab pi byen patisipe.” Mete sou sa, etidyan an ap wè nou toule de te byen prepare e sa ap yon bon egzanp pou li. Menmsi w pa t gen posiblite pou w byen prepare etid la, omwen pran yon ti tan pou w reflechi sou pwen enpòtan nou pral egzamine yo. Lapriyè jwe yon wòl enpòtan lè yon moun ap fè yon etid. Se sa k fè nou dwe reflechi alavans sou sa n pral di si yo ta mande nou priye. Konsa n ap konn egzakteman sa pou n di nan priyè a (Sòm 141:2). Hanae, yon sè k ap viv nan peyi Japon, sonje priyè yon sè ki te konn akonpaye moun ki t ap fè etid avè l la te konn fè. Men sa l di: “Mwen te santi jan l te gen bon relasyon ak Jewova e m te vle vin menm jan avè l. Epitou, mwen te santi l renmen m lefètke l te konn site non m nan priyè l t ap fè yo.” w21.03 9-10 § 7-8.
Jedi 20 janvye
Pran kouraj! [...] Se konsa tou ou gen pou w bay temwayaj nan Wòm. — Tra. 23:11.
Jezi te bay apot Pòl asirans l ap rive Wòm. Men, gen kèk Juif nan Jerizalèm ki te pare yon anbiskad pou Pòl pou yo touye l. Lè Klod Lizyas, yon kòmandan nan lame women an, te vin konnen konplo yo te fè a, li te ede Pòl. San pèdi tan, Klod te fè Pòl sot Jerizalèm al Sezare, anba pwoteksyon plizyè sòlda, e lè l te rive gouvènè Feliks te bay lòd “pou yo met Pòl sou siveyans nan palè Ewòd la”. Konsa, Juif ki te vle touye Pòl yo pa t ka jwenn li (Tra. 23:12-35). Men, Festis te vin gouvènè nan plas Feliks, e l te vle “jwenn favè Juif yo”. Li te mande Pòl: “Èske w vle monte Jerizalèm pou yo jije w devan m?” Pòl te konnen yo te ka touye l Jerizalèm. Li te di: “Mwen mande pou m al devan Seza.” Festis di Pòl: “Piske w mande pou w al devan Seza, ou pral devan Seza.” Rive yon lè, Pòl t ap gen pou l al Wòm, byen lwen Juif ki t ap chèche touye l yo. — Tra. 25:6-12. w20.11 13 § 4; 14 § 8-10.
Vandredi 21 janvye
Kè nou [ka] kondane nou. — 1 Jan 3:20.
Pafwa, nou tout konn santi nou koupab. Pa egzanp, gen moun ki konn santi yo koupab akoz yon seri bagay yo te fè anvan yo te aprann laverite. Gen lòt ki santi yo koupab akoz peche yo fè apre yo fin batize (Wom. 3:23). Nòmalman, nou vle fè sa ki dwat. Men, “nou tout nou bite tanzantan”. (Jak 3:2; Wom. 7:21-23.) Se vre nou pa renmen santi n koupab, men sa ka bon pou nou. Paske, lè n santi n koupab, sa ka ede n pou n fè chanjman nan lavi n e pou n pran detèminasyon pou n pa refè menm erè yo (Ebre 12:12, 13). Yon lòt bò, li posib pou nou santi nou koupab depase limit, sa vle di pou n kontinye santi nou koupab menm apre nou fin repanti e Jewova montre li padone nou. Lè n santi nou koupab konsa, sa ka yon danje pou nou (Sòm 31:10; 38:3, 4). Li enpòtan anpil pou n evite santi nou koupab depase limit, paske se yon pyèj. Dayè, jis reflechi sou jan sa t ap fè Satan kontan si nou ta bay vag, alòske Jewova pa ban nou vag! — Konpare ak 2 Korentyen 2:5-7, 11. w20.11 27 § 12-13.
Samdi 22 janvye
Vrèmanvre, se pou granmesi mwen te fè efò pou kè m ret pwòp e pou m pa t tranpe men m nan sa ki mal. — Sòm 73:13.
Levit ki te ekri Sòm 73 la te kòmanse anvye mechan yo. Li pa t anvye yo pou mechanste yo t ap fè, men pou bèl vi yo t ap mennen an (Sòm 73:2-9, 11-14). Yo te sanble gen tout sa yo bezwen: richès, yon bèl vi e yo pa t gen tètchaje. Levit la te bezwen wè bagay yo menm jan ak Jewova pou l te ka sispann anvye sò mechan yo e pou l pa t dekouraje ankò. Kòm li te fè sa, li te vin anpè ankò e l te gen kè kontan. Men sa l te di: “Depi m [gen Jewova], mwen pa bezwen anyen ankò sou tè a.” (Sòm 73:25). Nou menm tou, nou pa dwe janm anvye mechan yo ki sanble ap mennen yon bèl vi. Yo parèt gen kè kontan, men se pou yon ti tan (Ekl. 8:12, 13). Si n ta vin anvye yo, nou t ap dekouraje e n ta ka menm pèdi bon relasyon n gen ak Jewova a. Si w ta wè w kòmanse anvye swadizan bèl vi y ap mennen an, fè sa Levit la te fè a. Suiv bon konsèy Jewova bay, epi fè zanmi ak moun k ap fè volonte l. Lè w renmen Jewova plis pase tout lòt bagay, w ap gen kè kontan toutbon. Mete sou sa, w ap rete nan chemen k ap fè w jwenn “lavi toutbon an”. — 1 Tim. 6:19. w20.12 19 § 14-16.
Dimanch 23 janvye
Men pwoblèm nan: Sa nou dwe mande nan priyè nou selon bezwen nou, nou pa konnen l, men lespri a li menm li sipliye pou nou anrapò ak soupi nou fè ki pa soti. — Wom. 8:26.
Lè w ap priye Jewova pou w fè l konnen sa k ap enkyete w, sonje di l mèsi tou. Reflechi ak tout bon bagay nou genyen, menm lè nou gen anpil pwoblèm. Si pafwa ou pa konn egzakteman sa pou w di Jewova lè yon bagay ap trakase w, sonje Jewova ap reponn priyè w, menmsi se sèlman ‘tanpri ede m!’ ou kapab di (2 Kwo. 18:31). Konte sou sajès Jewova, pa konte sou sajès pa w. Nan uityèm syèk anvan epòk nou an, pèp Jida a te pè pou Asiryen yo pa atake yo. Yo te tèlman pè, yo te mande Ejip ede yo (Eza. 30:1, 2). Jewova te avèti yo, li te di yo, piske yo te met konfyans yo nan Ejip, sa t ap fini mal pou yo (Eza. 30:7, 12, 13). Jewova te sèvi ak pwofèt Ezayi pou l te fè pèp la konnen ki jan y ap ka jwenn vrè sekirite a. Li te di: “Si nou ret dousman e nou montre nou gen konfyans [nan Jewova], se sa k ap fòs nou.” — Eza. 30:15b. w21.01 3-4 § 8-9.
Lendi 24 janvye
Mwen tande kantite moun yo poze so sou yo: 144 000 moun. — Rev. 7:4.
Piske frè Kris yo fidèl, kòm rekonpans, y ap vin wa ak prèt ansanm avè l nan syèl la (Rev. 20:6). Tout fanmi Bondye a ki nan syèl la ap kontan anpil lè yo wè 144 000 moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo resevwa rekonpans yo nan syèl la. Apre apot Jan fin pale konsènan 144 000 wa ak prèt sa yo, li te wè yon lòt bagay estrawòdinè: “yon gwo foul moun” ki soti vivan nan Amagedon. Kontrèman ak premye gwoup la, dezyèm gwoup la gen plis moun lontan e nou pa konnen ki kantite moun l ap gen egzakteman (Revelasyon 7:9, 10). “Yo abiye ak wòb blan long”, sa ki montre yo “rete san tach” parapò ak monn Satan an e yo ret fidèl ak Bondye ak Kris (Jak 1:27). Y ap di byen fò se Jewova ak Jezi, Ti Mouton Bondye a, ki sove yo. Epitou, yo gen branch palmye nan men yo, sa ki montre yo kontan aksepte Jezi kòm Wa Jewova chwazi. — Konpare ak Jan 12:12, 13. w21.01 15-16 § 6-7.
Madi 25 janvye
Grasa imilite w mwen vin yon moun enpòtan. — 2 Sam. 22:36.
Yon gason ka aprann vin yon bon chèf fanmi lè l imite fason Jewova ak Jezi sèvi ak otorite yo. Pa egzanp, yo ka aprann nan imilite Jewova ak Jezi genyen. Se Jewova ki gen plis sajès. Epoutan, li koute opinyon sèvitè l yo (Jen. 18:23, 24, 32). Jewova pafè, men li pa atann pou nou pafè kounye a. Okontrè, li ede moun k ap sèvi l yo ki enpafè pou yo reyisi nan sèvis y ap ba li a (Sòm 113:6, 7). Anfèt, Bib la menm fè konnen Jewova se yon “èd”. (Sòm 27:9; Ebre 13:6.) Wa David te rekonèt se grasa imilite Jewova genyen ki fè l te ka fè gwo travay li te fè yo. Ann pran egzanp Jezi. Byenke li te Seyè e li te Mèt disip li yo, li te lave pye yo. Men sa Jezi di: “Mwen ban nou egzanp, yon fason pou nou menm tou, nou fè menm jan mwen fè pou nou an.” (Jan 13:12-17). Byenke Jezi te gen anpil otorite, li pa t atann pou lòt moun sèvi l. Okontrè, li te sèvi lòt moun. — Mat. 20:28. w21.02 3-4 § 8-10.
Mèkredi 26 janvye
Glwa yon jèn se fòs li. — Pwo. 20:29.
Jèn frè, gen anpil bagay nou kapab fè. Anpil nan nou gen fòs e nou chaje ak enèji. Nou ede frè ak sè yo nan kongregasyon an anpil. Petèt nou ta renmen vin sèvitè ministeryèl. Sepandan, nou gendwa panse moun nan kongregasyon an twouve nou twò jèn oswa nou pa gen ase eksperyans pou yo konfye nou travay ki enpòtan. Byenke nou jèn, gen anpil bagay nou kapab fè kounye a pou frè ak sè yo nan kongregasyon an fè nou konfyans epi respekte nou. Jèn frè, èske gen yon bagay ou konn fè ki ta ka itil moun nan kongregasyon an? Anpil nan nou ka fè anpil bagay. Pa egzanp, èske w konn kèk moun ki aje ki ta renmen w ede yo konn fason pou yo sèvi ak tablèt yo oswa lòt aparèy elektwonik yo genyen pou yo fè etid pèsonèl e pou yo suiv reyinyon yo. Lefètke w konn ki jan pou w sèvi ak aparèy sa yo, sa ka itil yo anpil. Nan tout sa n ap fè, se pou nou fè Papa nou ki nan syèl la kontan lè l ap gade nou. w21.03 2 § 1, 3; 7 § 18.
Jedi 27 janvye
Chak moun ap pote pwòp chay pa l. — Gal. 6:5.
Menmsi madanm nan pi byen fòme pase mari l, nòmalman se responsablite mari a pou l pran latèt nan adorasyon an fanmi an ak nan lòt aktivite ki gen rapò ak sèvis Bondye (Efe. 6:4). Yon fi dwe soumèt devan mari l, men, li gen responsablite pou l kontinye gen bon relasyon ak Jewova (Gal. 6:5). Se sa k fè li dwe rezève tan pou l fè etid pèsonèl e pou l medite. Sa ap ede l kontinye renmen Jewova, kontinye respekte l epi soumèt devan mari l ak kè kontan. Yon fi ki marye ki kontinye soumèt devan mari l paske l renmen Jewova ap gen plis kè kontan ak satisfaksyon pase yon fi ki pa obeyi dispozisyon Jewova pran pou gen yon chèf nan fanmi l. Yon fi konsa se yon bèl egzanp pou jèn gason ak jèn fi yo. Epi, fason l aji fè gen yon bèl anbyans nonsèlman nan fanmi l, men tou nan kongregasyon an (Tit 2:3-5). Pami tout moun k ap sèvi Jewova fidèlman jodi a, pifò ladan yo se fi. — Sòm 68:11. w21.02 13 § 21-23.
Vandredi 28 janvye
Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou. — Jak 4:8.
Apot Pòl bay yon bèl egzanp antanke moun ki te gen kouraj ak andirans. Pafwa, li te konn santi l fèb. Men li te rive andire paske li te konte sou Jewova pou ba l fòs li te bezwen (2 Kor. 12:8-10; Flp. 4:13). Nou ka gen menm fòs ak kouraj sa a, si nou rekonèt avèk imilite nou bezwen èd Jewova (Jak 4:10). Nou sèten lè nou jwenn eprèv, se pa Jewova k ap pini nou. Men asirans disip Jak ban nou: “Pèsonn pa fèt pou l di, lè l nan eprèv: ‘Se Bondye k ap pase m anba eprèv.’ Paske, pèsonn pa ka pase Bondye anba eprèv ak bagay ki mal, e li menm li pa pase pèsonn anba eprèv ak bagay ki mal.” (Jak 1:13). Lè nou gen konviksyon pawòl sa yo se laverite, nou vin pi pwòch ak Papa nou an ki nan syèl la ki renmen nou. Jewova “pa chanje”. (Jak 1:17.) Li te ede kretyen yo nan premye syèk la lè yo te jwenn eprèv e l ap ede nou chak jodi a tou. Priye Jewova ak tout kè w pou l ede w gen sajès, lafwa ak kouraj. L ap reponn priyè w fè yo. w21.02 31 § 19-21.
Samdi 29 janvye
Menm jan fè file fè, se konsa tou yon moun ka ede yon zanmi l vin pi bon. — Pwo. 27:17.
Ou ka ankouraje yon etidyan ki vin nan reyinyon, lè w montre w enterese nan li (Flp. 2:4). San w pa mete l malalèz, ou ka felisite l pou bon chanjman w wè l fè, ou ka mande l kòman etid la ye, kòman fanmi l ye e ki jan sa ye nan travay li. Konvèsasyon konsa ka fè w vin pi pwòch ak etidyan an. Lè w vin zanmi etidyan an, w ap ede l fè pwogrè pou l batize. Tank etidyan an ap kontinye fè pwogrè e l ap fè chanjman nan lavi l, ou bezwen ede l pou l santi li fè pati kongregasyon an. Ou ka fè sa, lè w montre w akeyan (Ebre 13:2). Lè etidyan an vin yon pwoklamatè, ou ka envite l preche avè w. Men sa yon frè nan peyi Brezil ki rele Diego di: “Anpil frè te konn envite m al preche avèk yo. Se te pi bon fason pou m aprann konnen yo byen. Tank mwen t ap fè sa, mwen te vin aprann anpil bagay e m te santi m pi pwòch ak Jewova ak Jezi.” w21.03 12 § 15-16.
Dimanch 30 janvye
Pa rann pèsonn mal pou mal. — Wom. 12:17.
Jezi te di disip li yo pou yo renmen ènmi yo (Mat. 5:44, 45). Èske se yon bagay ki fasil? Non! Men, sa posib grasa èd lespri sen Bondye. Fwi lespri a gen ladan l: lanmou, pasyans, byenveyans, dousè ak metriz (Gal. 5:22, 23). Kalite sa yo ede nou andire lè yo rayi nou. Gen anpil opozan ki vin chanje paske mari yo, madanm yo, pitit yo, oswa vwazen yo montre yo gen bèl kalite sa yo ki soti nan Bondye. Gen anpil opozan ki menm vin frè nou ak sè nou. Donk, si w twouve l difisil pou w renmen moun ki rayi w poutèt w ap sèvi Jewova, priye l pou l ba w lespri sen (Lik 11:13). E se pou w gen bonjan konviksyon li toujou pi bon lè w obeyi Bondye (Pwo. 3:5-7). Rayisman gen fòs e l ka fè moun soufri anpil. Men, lanmou gen plis fòs toujou. Li gen pouvwa pou l chanje kè moun. E lè nou kontinye montre nou gen lanmou, sa fè kè Jewova kontan. Menmsi opozan yo kontinye rayi nou, nou ka toujou gen kè kontan. w21.03 23 § 13; 24 § 15, 17.
Lendi 31 janvye
Gen yon nasyon ki vini nan peyi m nan, li gen anpil fòs e pèsonn pa ka konte moun ki gen ladan l. — Jow. 1:6.
Pwofèt Jowèl t ap anonse atak yon lame t ap fè (Jow. 2:1, 8, 11). Jewova te di li t ap itilize “gwo lame” l la (sòlda peyi Babilòn yo) pou l pini Izrayelit ki dezobeyisan yo (Jow. 2:25). Yo byen fèt rele lame ki te vin anvayi peyi Izrayèl la “moun ki sot nan nò yo” paske se nan nò moun Babilòn yo t ap soti pou yo vin anvayi peyi Izrayèl (Jow. 2:20). Yo konpare lame sa a ak yon lame krikèt ki byen òganize. Men sa Jowèl te di y ap fè: “Chak [sòlda] ap avanse nan wout yo. [...] Yo kouri antre anndan vil yo. [...] Yo monte sou do kay yo e yo antre nan fenèt yo tankou vòlè.” (Jow. 2:8, 9). Èske w ka imajine bagay sa a? Gen sòlda toupatou. Pa gen okenn kote pou moun kache. Pa gen yon moun ki ka chape anba epe moun Babilòn yo! Nan ane 607 anvan epòk nou an, moun Babilòn yo (oswa moun Kalde yo) te anvayi vil Jerizalèm menm jan ak krikèt. Men sa Bib la fè konnen: “Wa moun Kalde yo [...] pa t gen pitye ni pou jèn gason, ni pou vyèj, ni pou granmoun ni pou moun ki enfim.” — 2 Kwo. 36:17. w20.04 5 § 11-12.