BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es22 p. 17-26
  • Fevriye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fevriye
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2022
  • Soutit
  • Madi 1ye fevriye
  • Mèkredi 2 fevriye
  • Jedi 3 fevriye
  • Vandredi 4 fevriye
  • Samdi 5 fevriye
  • Dimanch 6 fevriye
  • Lendi 7 fevriye
  • Madi 8 fevriye
  • Mèkredi 9 fevriye
  • Jedi 10 fevriye
  • Vandredi 11 fevriye
  • Samdi 12 fevriye
  • Dimanch 13 fevriye
  • Lendi 14 fevriye
  • Madi 15 fevriye
  • Mèkredi 16 fevriye
  • Jedi 17 fevriye
  • Vandredi 18 fevriye
  • Samdi 19 fevriye
  • Dimanch 20 fevriye
  • Lendi 21 fevriye
  • Madi 22 fevriye
  • Mèkredi 23 fevriye
  • Jedi 24 fevriye
  • Vandredi 25 fevriye
  • Samdi 26 fevriye
  • Dimanch 27 fevriye
  • Lendi 28 fevriye
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2022
es22 p. 17-26

Fevriye

Madi 1ye fevriye

Avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou. — Flp. 2:3.

Chèche konn frè w ak sè w yo pi byen. Pale ak yo anvan ak apre reyinyon yo, preche ak yo e si sa posib, envite yo manje avè w. Konsa, w ap ka vin wè yon sè ki te parèt gen move jan se timid li timid, yon frè ou te panse ki materyalis se akeyi l renmen akeyi moun oswa yon fanmi ki vin nan reyinyon anreta souvan se opozisyon l ap rankontre (Jòb 6:29). Nòmalman, nou pa dwe “mele nan zafè moun”. (1 Tim. 5:13.) Men, li bon pou n konn kèk bagay sou frè n ak sè n yo e sou sa yo te pase nan lavi yo. Konsa, n ap ka konprann yo pi byen. Lè w aprann konnen yon kretyen ou twouve san w pa ale avè l, w ap pi fasil demontre konpasyon pou li. Nou bezwen fè efò si n vle konn frè n ak sè n yo pi byen. Lè w suiv konsèy ki nan Bib la ki mande pou w ouvri kè w byen gran an, w ap imite Jewova ki renmen “tout kalite moun”. — 1 Tim. 2:3, 4; 2 Kor. 6:11-13. w20.04 16-17 § 10-12.

Mèkredi 2 fevriye

Pèsonn pa gen yon pi gwo lanmou pase yon moun ki bay lavi l pou zanmi l. — Jan 15:13.

Nan nuit anvan Jezi te mouri a, li te fè disip li yo sonje pou youn renmen lòt. Li te konnen yon lanmou konsa ki mande sakrifis t ap ede yo kontinye gen tèt ansanm e sa t ap ede yo andire menm lè monn nan rayi yo. Ann pran egzanp kongregasyon Tesalonik la. Depi lè l te fòme, yo t ap pèsekite frè ak sè ki te ladan l yo. Malgre sa, yo te bay bèl egzanp lefètke yo te ret fidèl e yo te gen lanmou youn pou lòt (1 Tes. 1:3, 6, 7). Pòl te ankouraje yo pou yo kontinye gen lanmou youn pou lòt, e pou yo “kontinye fè sa plis toujou”. (1 Tes. 4:9, 10.) Lanmou t ap pouse yo konsole moun ki tris yo e soutni moun ki fèb yo (1 Tes. 5:14). Yo te suiv enstriksyon Pòl yo, paske nan dezyèm lèt li te ekri a, anviwon ennan apre, li te di yo: “Lanmou nou chak ak lanmou nou tout ap ogmante youn pou lòt.” (2 Tes. 1:3-5). Lanmou yo te genyen an te ede yo andire pwoblèm ak pèsekisyon. w21.03 22 § 11.

Jedi 3 fevriye

Annou kouri nan kous nou gen pou nou kouri a avèk andirans. — Ebre 12:1.

Si n vle resevwa lavi ki pap janm fini an kòm rekonpans, nou dwe ret nan wout kretyen yo dwe suiv la, oswa wout lavi a (Tra. 20:24; 1 Pyè 2:21). Sepandan, Satan ak moun k ap suiv li yo ta renmen n chwazi yon lòt wout. Yo ta renmen n “kontinye kouri avèk yo”. (1 Pyè 4:4.) Yo pase n nan rizib poutèt nou chwazi ret nan wout lavi a e yo fè konnen chemen yo ye a pi bon, li fè moun jwenn libète. Men se manti y ap bay (2 Pyè 2:19). Se pa ti enpòtan li enpòtan pou nou chwazi bon wout la! Satan vle nou tout sispann kouri nan wout jennen an “ki mennen nan lavi a” pou n travèse al nan wout ki laj la, kote pifò moun nan monn nan ye. Anpil moun renmen wout sa a e li fasil pou yo mache ladan l. Men, li “mennen nan destriksyon”. (Mat. 7:13, 14.) Pou n rete nan bon wout la e pou n pa distrè, nou dwe fè Jewova konfyans e nou dwe koute l. w20.04 26 § 1; 27 § 5, 7.

Vandredi 4 fevriye

Mwen ankouraje tout moun pou yo fè siplikasyon, priyè, demann [...], yon fason pou nou ka kontinye mennen yon vi ki kalm e ki trankil, nan yon atachman total pou Bondye. — 1 Timote 2:1, 2.

Nan dènye ane sa yo, Larisi ak patizan l yo te antre nan “Bèl Peyi a” (Dàn. 11:41). Ki jan? Nan ane 2017, wa nò ki la kounye a te met entèdiksyon sou travay pèp Jewova a e yo te met kèk nan frè n ak sè n yo nan prizon. Epitou, li te entèdi piblikasyon nou yo, san wete Tradiksyon monn nouvo a. E li te sezi biwo filyal nou an ki nan Larisi ansanm ak tout Sal Wayòm yo ak Sal asanble yo. Apre aksyon sa yo, an 2018 Kolèj santral la te idantifye Larisi ak patizan l yo kòm wa nò a. Sepandan, menm lè pèp Jewova a jwenn gwo pèsekisyon, yo refize patisipe nan kèlkeswa mouvman pou jete oswa chanje gouvènman lèzòm yo. Okontrè, yo suiv konsèy Bib la bay pou yo priye pou “tout moun ki nan gwo pozisyon”, sitou lè moun sa yo pran desizyon ki ka gen efè sou libète moun genyen pou yo adore. w20.05 14 § 9.

Samdi 5 fevriye

Toujou veye sou tèt ou ak sou ansèyman w ap bay. — 1 Tim. 4:16.

Ou menm paran, pou pitit ou gen bonjan konviksyon yo nan laverite, yo bezwen gen yon relasyon pèsonèl ak Bondye e yo dwe kwè toutbonvre sa Bib la anseye yo se laverite. Si w vle anseye yo laverite sou Bondye, ou dwe ba yo egzanp, lè w montre w se moun ki renmen etidye Labib. Ou dwe pran tan pou w medite sou sa w aprann yo. Se lè sa a w ap kapab anseye pitit ou yo pou yo suiv egzanp ou. Ou dwe aprann yo sèvi ak zouti ki ka ede yo fè rechèch nan Bib la menm jan w t ap fè sa pou lòt etidyan w yo. Lè w fè sa, w ap ede yo renmen Jewova e w ap ede yo gen konfyans se “esklav fidèl ki prevwayan an” Jewova itilize pou ede n konprann Bib la (Mat. 24:45-47). Paran, ou dwe fè plis pase annik anseye pitit ou verite fondamantal yo. Ede yo vin gen yon lafwa solid lè w anseye yo “bagay pwofon Bondye yo”, selon laj yo ak kapasite yo. — 1 Kor. 2:10. w20.07 11 § 10, 12-13.

Dimanch 6 fevriye

Jewova pa vle wè moun k ap fè sa k pa sa, men, li bon zanmi ak moun ki dwat. — Pwo. 3:32.

Ki kantite moun enpafè ki bon zanmi Jewova jodi a? Gen plizyè milyon. Li posib pou yo vin zanmi Bondye paske yo met lafwa yo nan sakrifis ranson Jezi a. Grasa sakrifis sa a, Jewova pèmèt nou vwe lavi n ba li epi batize. Lè n suiv etap enpòtan sa yo, nou vin fè pati plizyè milyon kretyen ki vwe lavi yo e ki batize ki vin “bon zanmi” Sila a ki pi enpòtan nan linivè a! Ki jan n ka montre nou bay relasyon nou gen ak Bondye a anpil valè? Menm jan ak Abraram ak Jòb, ki te rete fidèl ak Bondye pandan plis pase santan, nou dwe rete fidèl, kèlkeswa kantite ane n genyen depi n ap sèvi Jewova nan sistèm sa a. Menm jan ak Dànyèl, nou dwe bay relasyon nou gen ak Bondye a plis valè pase lavi nou (Dàn. 6:7, 10, 16, 22). Grasa èd Jewova, nou ka andire nenpòt eprèv nou jwenn epi pou n kontinye ret bon zanmi l. — Flp. 4:13. w20.05 27 § 5-6.

Lendi 7 fevriye

Fè se ak tout kè m mwen gen lakrentif pou non w. — Sòm 86:11.

Wa David te wè madanm yon lòt gason k ap benyen. Li te konnen prensip Jewova a ki di: “Nou pa dwe gen tanta sou madanm pwochen nou.” (Egz. 20:17). Epoutan, sa klè, li te kontinye gade. Kè l te vin divize. Yon bò, li te gen dezi pou Batcheba, dam li t ap gade a, yon lòt bò, li te vle fè Jewova plezi. Byenke David te gen lontan depi l renmen Jewova e li te gen lakrentif pou li, li te kite dezi egoyis pran tèt li. Lè sa a, David te fè yon seri bagay ki te mal anpil. Li te sal non Jewova. E l te fè yon seri moun inosan soufri anpil, san wete fanmi l (2 Sam. 11:1-5, 14-17; 12:7-12). Jewova te disipline David, e David te retounen gen bon relasyon avè l (2 Sam. 12:13; Sòm 51:2-4, 17). David te sonje pwoblèm ak traka l te lakòz lè l te kite kè l vin divize. Men yon lòt fason nou te ka tradui sa l di nan Sòm 86:11 lan: “Ban mwen yon kè ki pa divize.” Èske Jewova te ede David fè kè l fè yon sèl oswa fè kè l pa divize? Wi, paske annapre Pawòl Jewova a te dekri David kòm yon moun ki te “kontinye sèvi Jewova, Bondye l la, ak tout kè l”. — 1 Wa 11:4; 15:3. w20.06 11 § 12-13.

Madi 8 fevriye

Mwen te sèvi ak lanmou tankou kòd pou m kontinye rale moun yo. — Oze 11:4.

Bib la konpare lanmou Jewova gen pou pèp li a ak yon kòd. Nan ki sans? Ann pran yon egzanp: Imajine w ap neye nan yon lanmè ki move epi yon moun voye yon jilè sovtaj ba ou. Ou t ap kontan èd li ba ou a paske sa t ap ede w pa fè fon. Men, yon jilè sovtaj pa sifi pou w ret an vi. Dlo a frèt anpil e w pap ret vivan si w pa monte nan yon kannòt. Ou bezwen yon moun voye yon kòd pou rale w vin nan kannòt la. Tankou Jewova di sa nan tèks pou jounen an, li te kontinye rale Izrayelit ki te kite l yo. Bondye santi l menm jan an jodi a konsènan moun ki sispann sèvi l e k ap neye nan pwoblèm ak tètchaje. Li vle yo konnen li renmen yo e li vle rale yo vin jwenn li. E Jewova ka sèvi avè w pou l montre li renmen yo. Li enpòtan pou n bay moun ki inaktif yo asirans Jewova renmen yo e nou renmen yo tou. w20.06 27 § 12-13.

Mèkredi 9 fevriye

Byennere moun ki kontinye andire eprèv. — Jak 1:12.

Lè yo te touye disip Etyèn, anpil kretyen te kouri kite Jerizalèm e yo “te gaye nan tout zòn Jide ak nan Samari”, yo te menm rive jis Chip ak Antyòch (Tra. 7:58–8:1; 11:19). Disip yo te gen anpil pwoblèm. Malgre sa, yo te kontan preche tout kote yo t ale, e te vin gen kongregasyon nan tout Anpi women an (1 Pyè 1:1). Men, premye kretyen yo t apral gen plis pwoblèm toujou. Pa egzanp, ozanviwon ane 50 epòk nou an, Klod, yon anperè women, te bay lòd pou tout Juif kite Wòm. Se sa k fè Juif ki te vin kretyen yo te oblije abandone kay yo pou y al viv lòt kote (Tra. 18:1-3). Ozanviwon ane 61 epòk nou an, apot Pòl te fè konnen yo te dezonore kretyen parèy li yo an piblik, yo te mete yo nan prizon e yo te piye sa yo genyen (Ebre 10:32-34). E menm jan ak kèk lòt moun, gen kretyen ki te pòv e ki te malad. — Wom. 15:26; Flp. 2:25-27. w21.02 26-27 § 2-4.

Jedi 10 fevriye

Dyab la desann vin jwenn nou. Li an kòlè anpil, paske li konnen se yon tikras tan li rete. — Rev. 12:12.

Ni Satan, ni moun l ap enfliyanse yo pap ka fè anyen k ap anpeche nou kontinye mache nan laverite (2 Jan 8, 9). Nou dwe atann nou moun nan monn nan ap rayi nou (1 Jan 3:13). Apot Jan fè nou sonje “lemonnantye anba pouvwa Mechan an”. (1 Jan 5:19.) Ofiramezi sistèm sa a ap rive nan fen l, Satan ap vin pi fache toujou. Satan sèvi ak yon seri atak anba anba tankou imoralite ak manti aposta yo ap bay yo. Li sèvi ak atak dirèk tou, tankou pèsekisyon. Satan konnen se yon tikras tan li genyen pou l eseye kanpe travay predikasyon n ap fè a oswa pou l kraze lafwa nou. Donk, nou pa sezi lefètke yo anpeche travay nou an fèt oswa yo entèdi l nan anpil peyi. Malgre sa, frè n ak sè n yo nan peyi sa yo gen andirans. Yo montre kèlkeswa sa mechan an fè nou, nou ka pote laviktwa! w20.07 24 § 12-13.

Vandredi 11 fevriye

Kado Bondye bay se lavi ki pap janm fini an grasa Kris Jezi, Seyè nou an. — Wom. 6:23.

Jewova te vle pou lèzòm viv pou toutan sou bèl planèt li te kreye a. Lè Adan ak Èv te peche kont Jewova, Papa yo ki te renmen yo a, peche ak lanmò te blayi sou tout tè a (Wom. 5:12). Ki sa Jewova te fè? Menm kote a, li te di ki jan l pral delivre lèzòm (Jen. 3:15). Jewova te deside bay Jezi, Pitit li a, kòm ranson, sa ki t ap pèmèt pitit Adan ak Èv yo libere anba peche ak lanmò. Konsa, Li t ap bay chak moun posiblite pou yo chwazi sèvi L e pou jwenn lavi ki pap janm fini an ( Jan 3:16; 1 Kor. 15:21, 22). Lè Jewova pral sèvi ak Pitit li a pou l resisite plizyè milyon moun, nou ka atann yo tout pap resisite anmenmtan. Sa k fè n di sa? Se paske, si tout moun sa yo ta resisite anmenmtan, bagay yo t ap tèt anba. Alòske nou konnen Jewova pa janm fè anyen nan dezòd. Li konnen kote ki pa gen lòd moun pa ka viv anpè. — 1 Kor. 14:33. w20.08 14 § 3; 15 § 5.

Samdi 12 fevriye

Toujou veye sou tèt ou ak sou ansèyman w ap bay. — 1 Tim. 4:16.

Moun n ap etidye labib avè l la bezwen konprann nou vle ede l vin Temwen Jewova. Gen plizyè bagay yon etidyan Labib ki sensè fè pou l rive batize. Pou kòmanse, etidyan an vin aprann konnen Jewova, li aprann renmen l e li vin gen lafwa nan li (Jan 3:16; 17:3). Apre sa, li vin zanmi Jewova e li kòmanse fè zanmi nan kongregasyon an (Ebre 10:24, 25; Jak 4:8). Rive yon lè, li sispann fè sa l te konn fè ki mal e li repanti pou peche l (Tra. 3:19). Toutpandan l ap fè sa, lafwa l vin genyen nan Jewova pouse l fè lòt moun konnen verite l ap aprann yo (2 Kor. 4:13). Annapre, li vwe Jewova lavi l e li batize pou l montre sa (1 Pyè 3:21; 4:2). E se pa ti kontan tout moun kontan jou sa a! Pandan etidyan an ap fè efò pou l reyalize objektif li, pa sispann felisite l ak tout kè w epi ankouraje l kontinye fè bonjan pwogrè nan sans sa a. w20.10 17-18 § 12-13.

Dimanch 13 fevriye

Si pye a ta di: “Poutèt mwen pa yon men, mwen pa fè pati kò a”, sa pa t ap fè l pa fè pati kò a poutèt sa. — 1 Kor. 12:15.

Si w ap konpare tèt ou ak lòt moun nan kongregasyon an, ou gendwa pa wè jan w gen valè. Gen moun nan kongregasyon an ki gendwa gen kapasite pou yo byen anseye, pou yo byen òganize oubyen ki konn kòman pou yo ankouraje moun. Petèt, ou gendwa santi ou pa rive nan nivo yo. Sa montre w gen imilite e w rekonèt limit ou (Flp. 2:3). Men, fè atansyon. Si w toujou ap konpare tèt ou ak moun ki ka fè yon seri bagay ou pa ka fè, sa ka dekouraje w. Jan apot Pòl te di sa, ou gendwa kòmanse santi ou pa gen okenn plas nan kongregasyon an. Jewova te sèvi ak lespri sen pou l bay kèk nan kretyen premye syèk yo divès kalite don. Men, yo tout pa t resevwa menm don (1 Kor. 12:4-11). Epoutan, yo chak te gen valè pou li. Jodi a, nou pa resevwa yon seri don pa mwayen lespri sen. Sepandan, menm prensip la toujou valab. Nou tout gendwa pa gen menm kapasite, men nou tout gen anpil valè pou Jewova. w20.08 23 § 13-15.

Lendi 14 fevriye

Jewova avè m, mwen pap pè. — Sòm 118:6.

Lè w priye Jewova pou l ede w gen kouraj ak kran, l ap reponn priyè w e l pap janm abandone w (Tra. 4:29, 31). L ap toujou soutni w. Reflechi sou jan l te ede w venk yon seri pwoblèm ak jan l te ba w fòs pou w rive fè chanjman nan fason w ap viv. Pa gen dout nan sa, Sila a ki te ede pèp li a travèse Lanmè Wouj ka ede w vin yon disip Kris (Egz. 14:13). Se pou w gen menm konviksyon ak youn nan moun ki te ekri sòm yo ki te di pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. Jewova kapab ede nouvo pwoklamatè yo tou pou yo “mete kouraj” sou yo. Men eksperyans yon sè ki rele Tomoyo te fè. Lè l te fèk kòmanse preche kay an kay, premye moun li te rankontre a te di l byen fò: “M pa annafè ak Temwen Jewova!” epi l fèmen pòt la nan figi l. Tomoyo pa t kite sa dekouraje l. Men sa l te di sè ki t ap preche avè l la: “Ou wè sa! M potko menm pale, li gentan konnen m se Temwen Jewova. M kontan anpil!” Tomoyo pyonye pèmanan kounye a. w20.09 6 § 13-14.

Madi 15 fevriye

Aza te fè sa ki byen ak sa ki dwat nan je Jewova, Bondye l la. — 2 Kwo. 14:2.

Aza te fè pèp la konnen se Jewova ki te “fè [yo] gen lapè toupatou nan peyi a”. (2 Kwo. 14:6, 7.) Aza pa t panse moman lapè sa a se te yon moman pou yo pran plezi yo. Okontrè, li te kòmanse konstwi vil, miray, gerit ak pòtay. Men sa l te di pèp Jida a: “Peyi a nan men nou toujou.” Ki sa Aza te vle di? Li te vle di moun yo te ka al kote yo vle nan peyi Bondye te ba yo a e yo te ka konstwi san ènmi pa ba yo pwoblèm. Li te ankouraje yo pou yo pwofite moman lapè sa a. Aza te pwofite lè te gen lapè pou l fè lame l la vin pi djanm tou (2 Kwo. 14:8). Èske sa vle di li pa t fè Jewova konfyans? Non. Okontrè, Aza te konnen se te responsablite l antanke wa pou l prepare pèp la pou pwoblèm yo te ka jwenn pi devan. Aza te konnen te ka pa toujou gen lapè nan peyi a, e se sa k te rive. w20.09 15 § 4-5.

Mèkredi 16 fevriye

Pa ale pi lwen pase sa ki ekri. — 1 Kor. 4:6.

Yon ansyen gendwa tèlman gen sousi pou kongregasyon an, sa ka fè l panse li ka met yon seri règ li panse k ap pwoteje ti mouton Bondye yo. Sepandan, gen gwo diferans ant wòl yon ansyen ak wòl yon chèf fanmi. Pa egzanp, Jewova mande ansyen yo pou yo aji kòm jij e li ba yo responsablite pou yo retire moun ki fè peche e ki pa repanti nan kongregasyon an (1 Kor. 5:11-13). Yon lòt bò, Jewova bay chèf fanmi yo kèk otorite li pa bay ansyen yo. Pa egzanp, li bay yon chèf fanmi otorite pou l met yon seri règ pou fanmi l epi pou l veye pou yo respekte règ sa yo (Wom. 7:2). Pa egzanp, yon chèf fanmi gen dwa deside akilè pou pitit li antre lakay li aswè. Li gen otorite tou pou l disipline pitit li si yo pa obeyi règ sa a (Efe. 6:1). Nòmalman, yon chèf fanmi ki gen lanmou ap pale ak madanm li anvan l bay règ sa yo nan kay la. Dayè, yo de a se “yon sèl chè”. — Mat. 19:6. w21.02 16-18 § 10-13.

Jedi 17 fevriye

[Sajès] gen plis valè pase koray. Pa gen anyen ou anvi genyen ki tankou l. — Pwo. 3:15.

Yon rezon ki fè verite nou jwenn nan Pawòl Bondye a gen anpil valè, se paske se sèlman moun ki gen imilite e ki “nan bon dispozisyon” Jewova fè konnen yo (Tra. 13:48). Moun sa yo dakò pou esklav fidèl ki prevwayan an anseye yo verite sa yo jodi a (Mat. 11:25; 24:45). Nou pa ka aprann verite sa yo poukont nou, e pa gen anyen ki gen plis valè pase lè n konprann verite sa yo (Pwo. 3:13). Jewova ban nou privilèj tou pou n anseye lòt moun laverite sou li menm ak sou objektif li (Mat. 24:14). Mesaj n ap preche a gen anpil valè paske l ede moun yo vin fè pati fanmi Jewova e li ba yo posiblite pou yo gen lavi ki pap janm fini an (1 Tim. 4:16). Kit sa nou fè nan travay predikasyon an anpil kit li pa anpil, n ap soutni travay ki pi enpòtan k ap fèt jodi a (1 Tim. 2:3, 4). Se yon gwo onè nou genyen pou nou konpayon travay Bondye! — 1 Kor. 3:9. w20.09 26-27 § 4-5.

Vandredi 18 fevriye

Nou jwenn kèk frè la, e yo sipliye nou pou n pase sèt jou avèk yo — Tra. 28:14.

Pandan apot Pòl t ap vwayaje pou l al Wòm, Jewova te sèvi ak kwayan parèy li plizyè fwa pou ede l. Pa egzanp, Aristak ak Lik, de konpayon fidèl Pòl te genyen, te deside al Wòm ansanm avè l. Yo te aksepte riske lavi yo pou yo te ka ansanm ak Pòl, menm lè ta sanble Jezi pa t bay de mesye sa yo asirans y ap rive Wòm sennesòf. Se annapre, lè te vin gen gwo pwoblèm pandan vwayaj la, yo te vin konnen yo t ap jwenn pwoteksyon. Lè yo te rive Sidon, yon vil ki bò lanmè, Jiliyis te pèmèt Pòl “al kay zanmi l pou yo pran swen l”. (Tra. 27:1-3.) Annapre, nan vil Piteyoli, Pòl ak konpayon l yo te “jwenn kèk frè la, e [frè] yo [te] sipliye [yo] pou [yo] pase sèt jou avèk yo”. Pandan kretyen sa yo t ap pran swen Pòl ak konpayon l yo, se sèten Pòl te fè kè yo kontan anpil lè l te pataje yon seri eksperyans ankourajan avèk yo. — Konpare ak Tra. 15:2, 3. w20.11 15-16 § 15-17.

Samdi 19 fevriye

Atachman pou Bondye [...] gen pwomès ni pou lavi kounye a, ni pou lavi k ap vini an. — 1 Tim. 4:8.

Paran, montre pitit ou nan sa w ap di ak nan sa w ap fè ou renmen Jewova anpil. An reyalite, pi gwo kado w ka ba yo se ede yo renmen Jewova. E youn nan leson ki pi enpòtan ou ka aprann yo se fason pou yo kontinye gen bon abitid pou yo etidye, pou yo priye, pou yo asiste reyinyon e pou yo patisipe nan travay predikasyon an (1 Tim. 6:6). Nòmalman, ou dwe bay pitit ou sa yo bezwen pou yo viv (1 Tim. 5:8). Men, sonje se pa byen materyèl k ap ede pitit ou sove pou yo antre nan monn nouvo a, men se bon relasyon yo gen ak Jewova (Eze. 7:19). Sa vrèman touche kè nou lè n wè anpil paran ki kretyen fè bon chwa pou ede pitit yo gen bon relasyon ak Jewova! Byen souvan, timoun ki leve nan fanmi konsa kontinye gen bon abitid sa yo lè yo vin gran, e yo pa regrèt se konsa paran yo te leve yo! — Pwo. 10:22. w20.10 28-29 § 10-11.

Dimanch 20 fevriye

Sa pa gendwa janm rive w. — Mat. 16:22.

Pafwa, apot Pyè te konn di oswa fè yon seri bagay li te regrèt annapre. Pa egzanp, lè Jezi te fè apot yo konnen li gen pou l soufri e li gen pou l mouri, Pyè te pale avè l yon fason ki fèm, li te di l pawòl ki nan tèks pou jounen an (Mat. 16:21-23). Lè sa a, Jezi te reprann Pyè. Lè yon foul moun ki te an kòlè te vin arete Jezi, Pyè te reyaji avèk vyolans, li te koupe zòrèy yon esklav gran prèt la (Jan 18:10, 11). Yon lòt fwa ankò, Jezi te reprann apot la. Mete sou sa, Pyè te vante tèt li lè l te fè konnen, menmsi lòt apot yo ta kite Jezi, li menm li pa t ap janm fè sa (Mat. 26:33)! Men, lefètke Pyè te twò kwè nan tèt li, li te vin gen lakrentif pou moun e sa te fè l nye Mèt li a twa fwa. Pyè te tèlman dekouraje, li te “sot deyò a, li kriye anpil”. (Mat. 26:69-75.) Li dwe te mande tèt li si Jezi t ap janm padone l. Aktout sa, Pyè pa t kite dekourajman pote l ale. Apre l te fin fè erè sa a, li te kontinye sèvi Jewova ansanm ak lòt apot yo. — Jan 21:1-3; Tra. 1:15, 16. w20.12 20 § 17-18.

Lendi 21 fevriye

Nou menm mari, se pou nou kontinye viv avèk yo dapre konesans. Se pou nou onore yo tankou yon veso ki pi fèb, anpalan de fi. — 1 Pyè 3:7.

Gen plizyè fason yon chèf fanmi ka montre li gen imilite. Pa egzanp, li pa atann pou madanm li ak pitit li pafè. Li koute opinyon moun nan fanmi l, e l byen reflechi sou yo menm lè yo pa dakò ak sa l di. Mete sou sa, yon mari ki gen imilite dispoze fè travay nan kay, menmsi nan zòn kote l ap viv la yo konsidere travay sa yo kòm travay fi. Sa kapab difisil. Sa k fè sa? Men sa yon sè ki rele Rachel di: “Nan zòn kote m soti a, si yon mari ap ede madanm li lave veso oswa netwaye kay, vwazen l ak moun nan fanmi l t ap mande tèt yo si l se yon ‘gason toutbon’. Yo t ap panse li pa ka dirije madanm li.” Si se konsa moun nan zòn w ap viv la panse, sonje Jezi te lave pye disip li yo, menm lè moun te konsidere travay sa a kòm travay pou esklav fè. Objektif yon bon chèf fanmi, se pa chèche fè moun wè l se yon moun ki enpòtan, men, se fè madanm li ak pitit li santi yo byen. w21.02 2 § 3; 4 § 11.

Madi 22 fevriye

Gen yon bagay mwen sèten: Mwen bliye bagay ki dèyè yo e mwen lanse dèyè bagay ki devan yo, m ap kouri pou m ka jwenn rekonpans lan. — Flp. 3:13, 14.

Bon souvni yo se yon kado Jewova ban nou. Men, kèlkeswa jan lavi nou te bèl anvan sa, lavi nou pral gen nan monn nouvo a ap pi bèl toujou. Lòt moun ka fè nou fache, men, lè nou chwazi padone n ap kapab konsantre sou sèvis n ap bay Jewova a. Lè nou santi nou koupab depase limit, sa ka anpeche nou sèvi Jewova ak kè kontan. Men, menm jan ak apot Pòl, nou bezwen kwè Jewova padone nou (1 Tim. 1:12-15). Nou gen esperans pou nou viv pou toutan. Nan monn nouvo a, nou pap sonje okenn bagay ki te fè nou tris. Men sa Bib la di konsènan monn nouvo a: “Ansyen bagay yo pap vin nan lespri moun yo.” (Eza. 65:17). Imajine sa: Gen kèk nan nou ki vin granmoun nan sèvis Jewova, men, nan monn nouvo a, n ap vin jèn ankò (Jòb 33:25). Kidonk, annou pran detèminasyon pou n pa ret ap reflechi sou sa k fin pase. Okontrè, annou konsantre sou monn nouvo a e annou fè tout sa n kapab depi kounye a pou nou la! w20.11 24 § 4; 29 § 18-19.

Mèkredi 23 fevriye

Mwen wè yon gwo foul moun [...]. E san rete, yo t ap di byen fò: “Se Bondye nou an [...] ak Ti Mouton an ki sove nou.” — Rev. 7:9, 10.

Ki sa k ap tann nou? Gen de fason estrawòdinè Jewova pral sove nou pandan gwo tribilasyon an. Toudabò, li pral sove sèvitè fidèl li yo nan moman li pral fè wa latè yo detwi Gran Babilòn nan ki reprezante tout fo relijyon (Rev. 17:16-18; 18:2, 4). Apre sa, li pral sove pèp li a lè l detwi rès monn Satan an nan Amagedon (Rev. 16:14, 16). Lè nou rete pwòch ak Jewova, pa gen anyen Satan ka fè nou k ap fè nou soufri nètale. Anfèt, se li menm yo pral detwi pou toutan (Wom. 16:20). Kidonk, met tout ekipman konba a sou ou, epi kite l sou ou! Pa eseye goumen poukont ou. Ede frè w ak sè w yo, epi kite Jewova gide w. Si w fè sa, ou mèt gen asirans Papa w ki nan syèl la ki renmen w ap ba w fòs e l ap pwoteje w. — Eza. 41:10. w21.03 30 § 16-17.

Jedi 24 fevriye

Si nou ret dousman e nou montre nou gen konfyans, se sa k ap fòs nou. — Eza. 30:15.

Ki jan n ka montre nou fè Jewova konfyans? Se lè n suiv direksyon li ban nou. Gen anpil istwa nan Bib la ki montre jan l enpòtan pou n ret dousman e pou n met konfyans nou nan Jewova. Pandan w ap egzamine istwa sa yo, remake ki sa k te ede kèk sèvitè Bondye ret dousman lè yo te jwenn gwo opozisyon. Pa egzanp, lè pi gwo tribinal Juif yo te bay apot yo lòd pou yo sispann preche, yo pa t pran nan presyon. Okontrè, yo te di avèk kran: “Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf, se pa lèzòm.” (Tra. 5:29). Menm apre yo te fin bat yo, yo pa t pè. Sa k fè sa? Se paske yo te konnen Jewova te avèk yo. Yo te fè kè Jewova kontan. Se sa k fè yo te kontinye preche bon nouvèl la (Tra. 5:40-42). Menm jan an tou, lè yo t apral touye disip Etyèn, li te tèlman ret dousman e li te kalm, figi l te “tankou figi yon zanj”. (Tra. 6:12-15.) Sa k te fè sa? Se paske li te gen asirans li fè Jewova plezi. w21.01 4 § 10-11.

Vandredi 25 fevriye

Yo lave wòb long yo, e yo blanchi yo nan san Ti Mouton an. — Rev. 7:14.

Sa vle di, konsyans yo pwòp e Jewova wè yo kòm moun ki jis (Eza. 1:18). Yo se kretyen ki vwe Jewova lavi yo e ki batize, ki gen yon lafwa solid nan sakrifis Jezi a e ki gen bon relasyon ak Jewova (Jan 3:36; 1 Pyè 3:21). Konsa, yo kalifye pou yo kanpe devan twòn Bondye a pou yo bay Bondye “yon sèvis sakre lajounen kou lannuit” sou tè a (Rev. 7:15). Jodi a, se yo ki fè pifò nan travay preche Wayòm nan ak travay fè disip la, e yo chofe nan travay sa a paske se Wayòm Bondye a ki pi enpòtan pou yo (Mat. 6:33; 24:14; 28:19, 20). Gwo foul moun ki soti anba gwo tribilasyon an gen asirans Bondye ap kontinye pran swen yo, paske “Sila a ki chita sou twòn nan pral ouvè tant li sou yo pou l pwoteje yo”. Pwomès moun ki fè pati lòt mouton yo ap tann depi lontan an pral reyalize nèt. Men pwomès la: “[Bondye] ap siye tout dlo nan je yo.” — Rev. 21:3, 4. w21.01 16 § 9-10.

Samdi 26 fevriye

Nan dènye jou yo, m ap vide yon pòsyon nan lespri m sou tout kalite moun. Pitit gason nou yo ak pitit fi nou yo ap pwofetize. — Tra. 2:17.

Nou kontan fè pati fanmi Jewova a, e se pou sa nou fè tout sa n kapab pou n respekte moun Jewova bay otorite. Labib montre Jewova bay ni fi ni gason anpil valè. Pa egzanp, Labib montre, nan premye syèk la, Jewova te bay ni fi ni gason lespri sen e li te ba yo pouvwa pou yo fè mirak, pa egzanp yo te pale divès lang (Tra. 2:1-4, 15-18). Bondye te chwazi ni fi ni gason pa mwayen lespri sen pou y al dirije ak Kris (Gal. 3:26-29). Ni fi ni gason pral jwenn lavi ki pap janm fini sou tè a kòm rekonpans (Rev. 7:9, 10, 13-15). E ni fi ni gason gen responsablite pou yo preche e pou yo anseye bon nouvèl la (Mat. 28:19, 20). Pa egzanp, liv Travay la pale de yon sè ki te rele Prisil. Li menm ak Akila, mari l, te esplike Apolòs, yon mesye ki te gen gwo fòmasyon, laverite yon fason ki pi egzak toujou. — Tra. 18:24-26. w21.02 14 § 1; 15 § 4.

Dimanch 27 fevriye

Veye sou tèt nou, e veye sou tout twoupo [a] [...], pran swen kongregasyon Bondye a. — Tra. 20:28.

Antanke ansyen, ou gen gwo responsablite pou w ede pwoklamatè yo pou yo preche pi byen e pou yo efikas lè y ap fè etid ak moun. Si yon moun ta santi l jennen pou l fè yon etid ak yon moun pandan w la, ofri l pou w fè etid la pou li. Gen anpil bagay ansyen yo kapab fè pou yo ankouraje pwoklamatè k ap fè etid ak lòt moun pou yo kontinye nan travay y ap fè a (1 Tes. 5:11). Menmsi n pa gen etid kounye a, nou ka toujou ede yon lòt moun fè pwogrè pou l vin sèvi Jewova. San nou pa pale twòp, nou ka ede anseyan an pandan etid la lè n byen prepare. Nou ka fè zanmi ak etidyan yo lè yo vin nan Sal Wayòm nan, e nou ka ba yo bon egzanp. Ansyen yo ka ankouraje etidyan yo lè yo pran tan pou yo pale ak yo, e yo ka ankouraje pwoklamatè ki gen etid yo lè yo ba yo fòmasyon ak lè yo felisite yo. Vrèmanvre, sa bay anpil kè kontan lè n konnen nou te fè anpil efò pou n ede yon moun vin renmen Jewova, epi sèvi l! w21.03 13 § 18-19.

Lendi 28 fevriye

Se moun ki gen lakrentif pou Jewova yo ki bon zanmi l. — Sòm 25:14.

David te toujou montre li se yon moun ki responsab e yo ka konte sou li. Pa egzanp, lè l te jèn, li te travay di pou l pran swen mouton papa l yo. Se te yon travay ki te gen anpil danje ladan l. Men sa David te di wa Sayil: “Mwen menm, sèvitè w la, mwen se gadò mouton papa m yo. Yon lè, te gen yon lyon ki te vini, li pran yon mouton nan twoupo a l ale. Yon lòt lè, yon lous te vini, li fè menm bagay la. Mwen te kouri dèyè yo e m te ba yo yon kou, epi m te pran bèt la nan bouch yo.” (1 Sam. 17:34, 35). David te santi se yon responsablite pou l pran swen mouton yo. Jèn frè yo ka imite David lè yo byen fè nenpòt travay yo ba yo fè. Depi lè David te jèn, li te chèche vin pwòch ak Jewova. Relasyon sa a te pi enpòtan pase kouraj David te genyen oswa kapasite l te genyen pou l jwe yon enstriman mizik. Nonsèlman Jewova se te Bondye David, men li te Zanmi l tou, li te bon Zanmi l. Jèn frè, bagay ki pi enpòtan nou ka fè, se chèche vin gen pi bon relasyon ak Papa nou ki nan syèl la. w21.03 3 § 4-5.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje