BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es22 p. 118-128
  • Desanm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Desanm
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2022
  • Soutit
  • Jedi 1ye desanm
  • Vandredi 2 desanm
  • Samdi 3 desanm
  • Dimanch 4 desanm
  • Lendi 5 desanm
  • Madi 6 desanm
  • Mèkredi 7 desanm
  • Jedi 8 desanm
  • Vandredi 9 desanm
  • Samdi 10 desanm
  • Dimanch 11 desanm
  • Lendi 12 desanm
  • Madi 13 desanm
  • Mèkredi 14 desanm
  • Jedi 15 desanm
  • Vandredi 16 desanm
  • Samdi 17 desanm
  • Dimanch 18 desanm
  • Lendi 19 desanm
  • Madi 20 desanm
  • Mèkredi 21 desanm
  • Jedi 22 desanm
  • Vandredi 23 desanm
  • Samdi 24 desanm
  • Dimanch 25 desanm
  • Lendi 26 desanm
  • Madi 27 desanm
  • Mèkredi 28 desanm
  • Jedi 29 desanm
  • Vandredi 30 desanm
  • Samdi 31 desanm
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2022
es22 p. 118-128

Desanm

Jedi 1ye desanm

Yon moun ki gen dout sanble ak yon lanm lanmè van ap pouse, k ap fè ale vini. — Jak 1:6.

Detanzantan nou ka gen difikilte pou n konprann kèk bagay nan Pawòl Bondye a. Oswa Jewova ka pa reponn priyè nou yo fason n t ap atann nan. Sa ka fè n vin gen dout. Men, si n pa fè anyen pou n elimine yo, y ap fè lafwa n vin fèb e y ap gen move efè sou relasyon n ak Jewova (Jak 1:7, 8). Epi, yo ka menm fè n pèdi esperans nou genyen pou lavni an. Apot Pòl te konpare esperans nou genyen pou lavni an ak yon lank batiman (Ebre 6:19). Yon lank batiman fè batiman an ret anplas lè gen tanpèt e li anpeche l al frape nan resif. Men, yon lank batiman itil si chenn ki tache batiman an avè l la pa kase. Menm jan wouy ka fè yon chenn ki tache lank batiman an vin pa solid, se konsa tou, si n pa elimine dout nou genyen yo, y ap fè lafwa n vin fèb. Lè yon moun ki gen dout jwenn opozisyon, sa ka fè l pa kwè Jewova ap reyalize pwomès li fè yo. Si n pèdi lafwa, nou pèdi esperans nou genyen an. Yon moun ki nan sitiyasyon sa a ka pa janm gen kè kontan! w21.02 30 § 14-15.

Vandredi 2 desanm

Abraram te mete lafwa nan Jewova. — Jak 2:23.

Sanble Abraram te gen plis pase 70 an lè li menm ak fanmi l te kite vil Ou (Jen. 11:31–12:4). E pandan anviwon 100 an, li te viv anba tant, li t ap monte desann nan tèritwa Kanaran. Li te gen 175 an lè l mouri (Jen. 25:7). Men, li pa t gentan wè Jewova reyalize pwomès Li te fè pou l bay desandan l yo peyi l t ap viv ladan l lan. E l te mouri anvan l te wè vil la, sètadi Wayòm Bondye a, tabli. Aktout sa, Bib la fè konnen lè Abraram te mouri li “te gen yon bon ti laj, li te viv kont li”. (Jen. 25:8.) Malgre tout difikilte Abraram te oblije andire, li te kontinye gen yon lafwa solid e l te dispoze tann Jewova. Sa k fè l te kapab andire? Se paske pandan tout vi l, Jewova te pwoteje l e l te aji avè l tankou yon zanmi (Jen. 15:1; Eza. 41:8; Jak 2:22). Menm jan ak Abraram, n ap tann vil ki gen vrè fondasyon an (Ebre 11:10). Men, se pa tann n ap tann pou yo konstwi l. Wayòm Bondye a tabli an 1914 e l deja pran kontwòl syèl la nèt (Rev. 12:7-10). N ap tann li pran kontwòl tè a nèt. w20.08 4-5 § 11-12.

Samdi 3 desanm

Lide yon moun gen nan kè l tankou dlo ki fon. Men, moun ki entèlijan an rale yo met deyò. — Pwo. 20:5.

Pou n byen koute lòt moun, nou bezwen gen imilite ak pasyans. Nou bezwen fè efò nan sans sa a pou omwen twa rezon. Premyèman, sa ka fè n pa kouri jije lòt moun. Dezyèmman, nou ka chèche konprann santiman frè n yo ak sa k pouse yo aji, e sa ap ede n pou n montre plis konpasyon pou yo. E twazyèmman, nou ka ede moun nan aprann konn tèt li. Pafwa, nou pa vrèman konprann pwòp santiman pa nou toutotan n pa pale pou n di sa n santi. Gen kèk nan frè n ak sè n yo ki twouve l difisil pou yo di sa yo santi akoz fason yo te leve, kilti yo oswa pèsonalite yo. Sa ka mande tan pou yo santi yo alèz pou yo pale avèk nou, men se lè yo pale avèk nou n ap kapab konprann jan yo santi yo toutbon. Si n montre n gen pasyans menm jan ak Jewova, y ap ka fè n konfyans. Epi, lè yo dispoze fè n konnen sa yo santi, nou dwe pran san n pou n koute yo. w20.04 15-16 § 6-7.

Dimanch 4 desanm

Se moun ou pral pran tou vivan. — Lik 5:10.

Pwason renmen rete nan zòn yo santi yo pi alèz ak nan zòn ki gen anpil manje. Èske gen yon lè ki pi bon pou pechè pwason yo peche? Ann wè ki sa yon Temwen ki fèt nan yon zile ki nan Oseyan Pasifik te di yon misyonè li te envite al lapèch avè l. Misyonè a te di l: “N ap wè demen maten a nevè.” Frè a te reponn li: “Ou genlè pa konprann! Nou prale nan lè ki pi bon pou n jwenn pwason, men, se pa nan lè ki pi bon pou nou.” Menm jan an tou, nan premye syèk la, pechè moun yo te konn al nan zòn kote yo te konnen y ap jwenn moun pou yo preche. Pa egzanp, disip Jezi yo te konn preche nan tanp lan, nan sinagòg yo, kay an kay ak sou plas piblik (Tra. 5:42; 17:17; 18:4). Nou menm tou, nou bezwen konn ki lè n ap jwenn moun yo lakay yo oswa lòt kote nan tèritwa nou. Nou bezwen fè efò pou n preche kote l ap pi fasil pou n jwenn moun yo ak nan lè k ap pi bon pou yo. — 1 Kor. 9:19-23. w20.09 4 § 8-9.

Lendi 5 desanm

Etan n ap di laverite, annou grandi nan tout bagay grasa lanmou, ann amoni ak sila a ki se tèt la, anpalan de Kris. — Efe. 4:15.

Youn nan bagay nou ka fè pou nou vin zanmi Jezi se lè nou soutni dispozisyon kongregasyon an pran. Nou ranfòse relasyon nou gen ak Jezi antanke chèf kongregasyon an lè nou kowopere ak moun li nome pou pran swen nou (Efe. 4:16). Pa egzanp, kounye a nou eseye veye pou yo pi byen itilize tout Sal Wayòm yo. Pou sa fèt, gen kèk kongregasyon yo melanje ak lòt kongregasyon. Dispozisyon sa a pèmèt nou fè anpil ekonomi ak ofrann nou resevwa yo. Men, anmenmtan, sa mande pou kèk pwoklamatè adapte yo ak chanjman sa yo. Pwoklamatè fidèl sa yo te ka nan yon kongregasyon pandan plizyè ane e petèt yo te fin abitye ak frè ak sè kote yo te ye a. Men, kounye a yo mande yo pou y al nan yon lòt kongregasyon. Se pa ti kontan Jezi dwe kontan lè l wè disip fidèl sa yo soutni dispozisyon sa a! w20.04 24 § 14.

Madi 6 desanm

Wa sid la pral “toke kòn” avè l. — Dàn. 11:40, nòt.

Wa nò a ak wa sid la kontinye lite youn ak lòt paske yo chak vle se yo ki pou gen kontwòl monn nan. Pa egzanp, reflechi sou sa k te pase apre Dezyèm Gè mondyal la, lè Inyon sovyetik ak patizan l yo te kòmanse gen enfliyans sou pifò peyi ann Ewòp. Aksyon wa nò a te fè yo te fòse wa sid la fè yon alyans militè entènasyonal ki pote non OTAN. Wa nò a kontinye fè konpetisyon ak wa sid la pou yo wè kiyès nan yo k ap gen pi gwo zam ki koute anpil kòb. Yo lite youn ak lòt tou lè youn soutni ènmi lòt la nan lagè ki fèt ann Afrik, Azi ak ann Amerik latin. Nan dènye ane sa yo, Larisi ak patizan l yo vin gen plis pouvwa toupatou nan monn nan. Mete sou sa, yo nan yon lit ak wa sid la pa mwayen pwogram enfòmatik. Youn ap akize lòt kòmkwa youn sèvi ak pwogram enfòmatik ki gen kapasite pou fè gwo dega nan ekonomi ak nan sistèm politik lòt la. E jan pwofesi Dànyèl la te anonse sa, wa nò a kontinye atake pèp Bondye a. — Dàn. 11:41. w20.05 13 § 5-6.

Mèkredi 7 desanm

Se mwen menm ki pral chèche mouton m yo e se mwen menm k ap pran swen yo. — Eze. 34:11.

“Èske yon manman kapab bliye pitit li ki nan tete?” Jewova te poze kesyon sa a nan epòk pwofèt Ezayi. Bondye te di pèp li a: “Menmsi manman sa yo ta bliye, mwen pa t ap janm ka bliye w.” (Eza. 49:15). Sa pa rive souvan pou Jewova konpare tèt li ak yon manman. Men, li te fè sa nan okazyon sa a. Jewova te sèvi ak atachman ki gen ant yon manman ak pitit li pou l montre jan li atache ak moun k ap sèvi l yo. Pifò manman ka konprann sa yon sè ki rele Jasmin di: “Lè w ap bay pitit ou tete, ou vin devlope yon atachman espesyal ak pitit ou ki dire tout lavi.” Jewova konnen lè menm youn nan sèvitè l yo sispann preche epi l sispann al nan reyinyon. Plizyè nan frè ak sè sa yo nou renmen anpil ki vin inaktif konn retounen nan kongregasyon an kote nou byen akeyi yo! Jewova vle yo retounen, e n vle sa tou. — 1 Pyè 2:25. w20.06 18 § 1-3.

Jedi 8 desanm

Kite je nou fikse sou bagay moun pa wè [...]. Paske, bagay moun wè yo la pou yon ti tan, men bagay moun pa wè yo la pou toutan. — 2 Kor. 4:18.

Se pa tout trezò moun ka wè. Anfèt, trezò ki gen plis valè yo se bagay moun pa wè. Nan Diskou Jezi te bay sou mòn nan, li te pale de yon seri trezò ki nan syèl la ki gen plis valè lontan pase byen materyèl. Apre sa, men sa l te di: “Kote trezò w ye, se la kè w ap ye tou.” (Mat. 6:19-21). Kè nou ap pouse n chèche bagay nou konsidere tankou trezò oswa nou bay anpil valè. Nou anpile “trezò nan syèl la” lè n chèche gen yon bèl non oswa yon bon repitasyon devan Bondye. Selon sa Jezi esplike, yo pap janm ka ni detwi trezò konsa ni vòlè yo. Apot Pòl ankouraje n pou n “kite je nou fikse sou bagay moun pa wè”. (2 Kor. 4:17, 18.) Bagay sa yo moun pa wè se yon seri trezò ki gen ladan l benediksyon nou pral jwenn nan monn nouvo Bondye a. Èske n montre nou gen rekonesans pou trezò sa yo moun pa wè? w20.05 26 § 1-2.

Vandredi 9 desanm

Enstriksyon m yo ap tonbe tankou lapli. — Det. 32:2.

Sa Moyiz te aprann Izrayelit yo te ranfòse lafwa yo e l te ankouraje yo, menm jan ak lè yon ti lapli ap tonbe sou plant yo. Ki jan n ka veye pou fason n anseye a gen menm efè a? Lè n ap preche kay an kay oswa lè n ap fè temwayaj an piblik, nou ka sèvi ak Bib nou pou n montre moun yo non Bondye se Jewova. Nou ka ofri yo bèl piblikasyon, nou ka montre yo bèl videyo ak lòt bagay ki sou sit Entènèt nou an ki onore Jewova. Nan travay nou, nan lekòl nou, oswa lè n ap vwayaje, nou ka jwenn okazyon pou nou pale konsènan Bondye nou an nou renmen e konsènan kiyès li ye. Lè n fè moun nou rankontre yo konnen objektif ki plen lanmou Jewova genyen pou lèzòm e pou tè a, nou fè yo konnen yon aspè nan pèsonalite Jewova yo gendwa potko konnen e ki nouvo pou yo. Lè n fè lòt moun konn laverite sou Papa nou an ki renmen nou, nou patisipe nan fè non Bondye vin pi sen toujou. Nou devwale kèk nan manti ak medizans yo ka konn tande lòt moun ap fè sou Jewova. Nou bay moun yo ansèyman ki pi itil e ki pi ankourajan ki te ka genyen an. — Eza. 65:13, 14. w20.06 10 § 8-9.

Samdi 10 desanm

Tounen vin jwenn mwen, e m ap tounen vin jwenn nou. — Mal. 3:7.

Ki kalite n dwe genyen si n vle ede moun ki vle tounen vin jwenn Jewova yo? Gen kèk leson nou ka aprann nan egzanp pitit gason gaspiyè ki te kite kay li a (Lik 15:17-24). Pitit gason an te resi rann li kont li te aji yon fason ki sòt e l te pran desizyon pou l tounen lakay li. Papa a te kouri al rankontre l e l te ba l yon bèl akolad ki te fè l konnen papa l renmen l. Konsyans pitit gason an t ap kale l e li pa t santi l te merite pou papa l konsidere l kòm pitit li ankò. Papa a te gen konpasyon pou pitit li ki t ap di l jan l santi l. Apre sa, Papa a te fè kèk bagay pou l montre pitit li li byen kontan l tounen lakay e li konsidere l kòm yon pitit li renmen anpil. Pou papa a te fè l santi sa, li te òganize yon gwo resepsyon e l te bay pitit gason l lan ki repanti bèl rad pou l mete. Jewova menm jan ak papa ki nan egzanp sa a. Li renmen frè n ak sè n ki inaktif yo e li vle yo tounen vin jwenn li. Lè n imite Jewova, nou ka ede yo tounen. Sa mande pou n gen pasyans, pou n mete nou nan plas yo e pou n gen lanmou. w20.06 25-26 § 8-9.

Dimanch 11 desanm

Si nou rete nan pawòl mwen, nou se disip mwen toutbonvre, n ap konnen laverite, e laverite ap libere nou. — Jan 8:31, 32.

Jezi te di gen kèk moun ki t ap aksepte laverite “ak kè kontan”, men lafwa yo t ap febli lè yo jwenn eprèv (Mat. 13:3-6, 20, 21). Petèt yo pa t imajine yon moun k ap suiv Jezi te ka jwenn pwoblèm (Mat. 16:24). Oubyen, petèt yo te panse yon kretyen pap jwenn pwoblèm ditou nan lavi l, se benediksyon sèlman l ap jwenn, li pap jwenn eprèv. Men, nan monn enpafè sa a, ap gen pwoblèm. Sitiyasyon nou ka chanje e sa ka fè kè n pa vrèman kontan pandan yon ti tan (Sòm 6:6; Ekl. 9:11). Pifò frè n ak sè n yo montre yo gen konviksyon yo nan laverite. Sa k fè n ka di sa? Konviksyon yo genyen an pa febli menm lè yon kwayan parèy yo ta aji yon fason ki fè yo mal oubyen li ta gen yon konduit ki depaman ak prensip kretyen yo (Sòm 119:165). Chak fwa yo jwenn yon eprèv, lafwa yo vin pi djanm, li pa febli (Jak 1:2-4). Nou bezwen gen yon lafwa ki solid konsa. w20.07 8 § 1; 9 § 4-5.

Lendi 12 desanm

Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l. — Jak 1:5.

Anvan w kòmanse li Bib la mande Jewova pou l ede w wè ki jan sa w pral li yo kapab itil ou. Pa egzanp, si w gen yon pwoblèm e w bezwen konn ki sa pou w fè, mande Jewova pou l ede w jwenn prensip nan Pawòl li a ki kapab gide w (Flp. 4:6, 7). Jewova ban nou kapasite pou n imajine. Lè w ap li yon istwa nan Bib la, eseye imajine sitiyasyon an epi mete w nan plas moun y ap pale de li nan istwa a. Eseye wè sa moun nan wè yo epi viv sa l santi yo. Ansuit, medite. Medite vle di byen reflechi sou sa w li a epi chèche wè ki rapò sa w li a gen avè w. Li ede w wè ki rapò yon ide gen avèk yon lòt ide pou w pi byen konprann yon sijè. Lè yon moun li Bib la san l pa medite, li sanble ak yon moun k ap gade pakèt pyès yon jwèt pasyans ki sou yon tab epi l pa kole yo ansanm. Meditasyon ka ede w pou w rive wè tout imaj la. w21.03 15 § 3-5.

Madi 13 desanm

Mwen gen Bondye rekonesans [...]. Mwen pa janm bliye w nan siplikasyon m ap fè lajounen kou lannuit yo. — 2 Tim. 1:3.

Apot Pòl te ka ret ap panse ak jan lavi l te ye anvan sa. Li te gendwa ap di tèt li si l te pran lòt desizyon li te gendwa pa nan prizon kounye a. Li te ka fache kont mesye ki te nan distri Azi yo ki te abandone l. E li te ka sispann fè lòt zanmi l yo konfyans. Men, Pòl pa t aji konsa. Menm lè Pòl te konnen li pa t lwen mouri, li pa t bliye sa k te pi enpòtan se fè Jewova jwenn glwa. Li te toujou chèche wè ki jan l kapab ankouraje lòt moun. Li te konte sou Jewova e li te konn priye l souvan. Pòl pa t ret ap panse ak frè ki te abandone l yo. Okontrè, li te fè konnen li gen anpil rekonesans pou fason zanmi l yo ki te renmen l te kontinye ede l ak fason yo te kontinye soutni l. Anplis de sa, Pòl te kontinye etidye Pawòl Bondye a (2 Tim. 3:16, 17; 4:13). Sa k pi enpòtan an, Pòl pa t gen okenn dout Jewova ak Jezi renmen l. w21.03 18 § 17-18.

Mèkredi 14 desanm

Donk, menm jan yo ranmase move zèb yo e yo boule yo nan dife, se konsa sa ap ye nan fen sistèm nan. — Mat. 13:40.

Rive yon moman nan dezyèm syèk epòk nou an, fo kretyen te kòmanse anvayi vrè kongregasyon kretyen an, yo te adopte yon seri ansèyman payen e yo te kache verite ki nan Pawòl Bondye a. Apati moman sa a rive nan fen 19yèm syèk la, pa t gen okenn gwoup moun ki t ap sèvi Bondye yon fason òganize sou tè a. Fo krisyanis lan ki tankou move zèb te gaye e l te anpeche yo rekonèt vrè kretyen yo (Mat. 13:36-43). Sa k fè li enpòtan pou nou konn sa? Sa montre tout sa nou li nan Danyèl chapit 11 lan konsènan wa nò ak wa sid la pa kapab aplike ak dirijan oswa wayòm ki t ap dirije soti nan yon peryòd nan 2yèm syèk la rive jis nan dezyèm pati 19yèm syèk la. Pèp Bondye a pa t òganize antanke gwoup pou yo ta atake yo. Men, nou te ka atann wa nò a ak wa sid la t ap reparèt nan fen 19yèm syèk la. w20.05 3 § 5.

Jedi 15 desanm

Gen yon nasyon ki vini nan peyi m nan. — Jow. 1:6.

Jowèl te fè konnen krikèt t apral anvayi peyi Izrayèl e yo t ap ravaje l e yo t ap devore tout sa yo jwenn (Jow. 1:4). Pandan plizyè ane, nou te di pwofesi sa a gen yon rapò senbolik ak fason pèp Jewova a ap patisipe nan travay predikasyon an menm jan ak yon lame krikèt yo pa ka bloke. Nou te konprann aktivite sa a t ap devaste “peyi” a oswa moun ki anba kontwòl chèf relijye yo. Men, lè nou egzamine pwofesi a nan kontèks li, nou wè nou bezwen konprann li yon lòt jan. Gade pwomès Jewova te fè anrapò ak krikèt ki t ap anvayi peyi a: “M ap fè moun ki sot nan nò yo [krikèt yo] ale lwen nou.” (Jow. 2:20). Si krikèt yo reprezante Temwen Jewova yo k ap obeyi lòd Jezi te bay pou disip li yo preche e pou yo fè disip, poukisa Jewova ta pwomèt l ap fè yo ale (Eze. 33:7-9; Mat. 28:19, 20)? Sa klè, Jewova pap fè sèvitè fidèl li yo ale, men l ap fè yon bagay oswa yon moun ki opoze ak sèvitè l yo ale. w20.04 3 § 3-5.

Vandredi 16 desanm

Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l. — Jak 1:5.

Ki sa n ta dwe fè si n santi Jewova pa reponn priyè nou tousuit? Jak di nou dwe “kontinye mande” Bondye. Nou pa deranje Jewova lè n kontinye mande l sajès. Li pap fache avè n pou sa. Li “donan”. Donk, lè n priye pou l ban nou sajès pou n andire eprèv, l ap ban nou l (Sòm 25:12, 13). Jewova wè eprèv n ap andire yo, li mete l nan plas nou e li dispoze ede n. Se sèten sa fè kè n kontan anpil! Donk, ki jan Jewova ban nou sajès? Pa mwayen Pawòl li a (Pwo. 2:6). Pou n vin gen sajès sa a, nou dwe etidye Pawòl Bondye a ak piblikasyon ki baze sou Bib la. Men, nou pa dwe ret ap ranmase konesans sèlman. Nou dwe kite sajès ki soti nan Bondye a aji nan lavi n lè n koute konsèy li bay. Men sa Jak te ekri: “Se pou nou obeyi pawòl la, se pa pou nou ret ap tande l sèlman.” (Jak 1:22). Lè n aplike konsèy Bondye bay, nou vin pi renmen lapè, nou vin pi rezonab e nou vin gen plis mizèrikòd (Jak 3:17). Kalite sa yo ede n andire nenpòt eprèv san nou pa pèdi jwa nou. w21.02 29 § 10-11.

Samdi 17 desanm

Chak manm [...] pèmèt kò a devlope pou l bati tèt li nan lanmou. — Efe. 4:16.

Li pi fasil pou yon etidyan Labib kontinye fè pwogrè pou l batize lè moun nan kongregasyon an ede l. Chak pwoklamatè ka jwe wòl pa l nan ede lòt moun vin fè pati kongregasyon an. Men sa yon pyonye di: “Se tout yon katye ki leve yon timoun. Mwen panse se menm bagay la tou pou travay fè disip la. An jeneral, se tout yon kongregasyon ki ede yon moun vin nan laverite.” Fanmi yon timoun, zanmi l ak pwofesè l jwe yon wòl enpòtan nan ede l fè pwogrè pou l vin yon moun ki responsab. Yo fè sa lè yo ankouraje timoun nan e lè yo aprann li yon seri bagay ki enpòtan. Menm jan an tou, pwoklamatè yo ka bay etidyan Labib yo konsèy, yo ka ankouraje yo e yo ka ba yo bon egzanp, sa k ap ede yo fè pwogrè pou yo batize (Pwo. 15:22). Poukisa yon pwoklamatè k ap fè etid ak yon moun ta dwe kontan lè lòt pwoklamatè ap ede etidyan an? Paske lòt pwoklamatè yo tou ka jwe wòl pa yo nan ede etidyan an pwogrese. w21.03 8 § 1-3.

Dimanch 18 desanm

Si nou deklare: “Nou san peche”, se tèt nou n ap twonpe. — 1 Jan 1:8.

Se tout kretyen, kit yo jèn kit yo granmoun, ki dwe veye pou yo pa fè kòmsi y ap sèvi Jewova epi anmenmtan y ap fè sa k pa bon. Apot Jan te esplike nou pa ka ap mache nan laverite e anmenmtan pou n ap mennen yon vi ki imoral (1 Jan 1:6). Si n vle gen favè Bondye kounye a e alavni, nou dwe toujou sonje Jewova wè tout sa n ap fè. Jewova konnen lè nou peche, paske tout sa n fè ekspoze aklè devan Jewova (Ebre 4:13). Nou dwe rejte fason moun nan monn nan konsidere peche. Nan epòk apot Jan, aposta yo te fè konnen yon moun te kapab ap pratike peche e malgre sa li kontinye gen favè Bondye. Jodi a, n ap viv nan mitan moun ki wè bagay yo menm jan an. Anpil moun di yo kwè nan Bondye men yo pa dakò ak fason Jewova konsidere peche, sitou prensip li bay nan kesyon ki gen rapò ak sèks. Gen yon seri pratik Jewova kondane, men yo konsidere pratik sa yo kòm yon desizyon pèsonèl, sa vle di, yon moun kapab fè yo si l vle. w20.07 22 § 7-8.

Lendi 19 desanm

Se pou nou aji avèk senserite pou nou montre [lanmou nou]. — 1 Jan 3:18.

Èske w pale pou sè w yo lè yo bezwen èd ou? Ann reflechi sou egzanp ki vin annapre a. Kèk pwoklamatè wè yon sè mari l pap sèvi Jewova ki vin nan reyinyon anreta souvan e ki ale tousuit apre reyinyon an. Yo remake se yon lè konsa li vin nan reyinyon ak timoun yo. Yo kritike sè a paske yo panse li ta dwe di mari l pou l kite l mennen timoun yo nan reyinyon pi souvan. Men, sa yo pa konnen, sèke sè a fè tout sa l kapab. Li gen yon orè ki pa fasil e se pa li menm ki gen dwa pran dènye desizyon anrapò ak timoun yo. Si w felisite sè a e fè lòt moun konnen bon travay l ap fè, sa ka fè yo sispann kritike l. Ansyen yo konnen Jewova bay fason yo aji ak sè sa yo anpil valè (Jak 1:27). Kidonk, yo imite Jezi ki te rezonab. Yo fè sa lè yo pa bay règ kote li t ap pi bon pou yo montre bonte e pou yo montre yo konprann sitiyasyon sè nou yo (Mat. 15:22-28). Lè ansyen yo fè efò pou yo ede sè yo, sa fè sè yo santi Jewova ak òganizasyon l lan ba yo valè. w20.09 24-25 § 17-19.

Madi 20 desanm

[Bondye] fè wa Nebikadneza konnen sa k pral rive. — Dàn. 2:28.

Pwofèt Dànyèl te montre pandan tout vi l, li se yon moun ki gen imilite e ki rekonèt limit li paske l te toujou ap chèche direksyon Jewova. Pa egzanp, lè Jewova te sèvi ak Dànyèl pou l esplike yon rèv Nebikadneza te fè, Dànyèl pa t fè konnen se grasa entèlijans li li te esplike rèv la. Li te bay Jewova tout glwa a e l te fè konnen se Jewova ki te fè l konprann rèv la (Dàn. 2:26-28). Ki leson nou aprann? Si frè ak sè yo renmen tande diskou nou fè oswa si n jwenn bon rezilta nan travay predikasyon an, nou bezwen sonje bay Jewova tout glwa a. Nou dwe rekonèt limit nou lè n admèt nou pa t ap janm rive fè tout sa si Jewova pa t ede n (Flp. 4:13). Lè n aji konsa, n ap imite bèl egzanp Jezi te bay. Jezi te depann de Jewova (Jan 5:19, 30). Li pa t janm chèche pran pouvwa a nan men Papa l ki nan syèl la. Filipyen 2:6 fè konnen Jezi “pa t anvizaje fè yon dappiyanp sou pozisyon Bondye, sa vle di pou l ta egal avè l”. Jezi, antanke Pitit Bondye, ki te soumèt devan Papa l, te konn limit li e li te respekte otorite Papa l. w20.08 11 § 12-13.

Mèkredi 21 desanm

Kouri yon fason pou nou ka genyen. — 1 Kor. 9:24.

Gen kèk moun k ap kouri nan wout lavi a k ap fè fas ak yon seri pwoblèm lòt moun pa ka wè e yo ka pa konprann. Si w gen yon seri difikilte ki fè w pa ka fè tout sa w ta vle fè nan sèvis Jewova e w santi lòt moun pa konprann sitiyasyon w, ou kapab jwenn ankourajman nan egzanp Mefibochèt (2 Sam. 4:4). Nonsèlman li te enfim, men wa David te mal jije l. Aktout sa, li pa t kite sa fè l vin gen move atitid, li te apresye bon bagay ki te rive nan lavi l. Li te gen rekonesans poutèt David te aji byen avè l anvan sa (2 Sam. 9:6-10). Se sa k fè, lè David te mal jije l, li pa t gad sou sa. Li pa t kite erè David te fè a fè l gen rankin, e li pa t bay Jewova responsab sa David te fè a. Mefibochèt te konsantre sou sa l te ka fè pou l soutni wa Jewova te chwazi a (2 Sam. 16:1-4; 19:24-30). Jewova te fè mete bèl egzanp Mefibochèt la nan Pawòl li a pou byen nou. — Wom. 15:4. w20.04 26 § 3; 30 § 18-19.

Jedi 22 desanm

Nou se konpayon travay Bondye. — 1 Kor. 3:9.

Gen frè ak sè nan kongregasyon an ki gendwa ap sèvi kòm misyonè, pyonye espesyal oswa pyonye pèmanan. Yo chwazi bay tout tan yo nan travay preche ak fè disip la. Lefètke yo fè sa, yo ede anpil moun vin disip Kris. Byenke, an jeneral, sèvitè aplentan sa yo pa gen gwo mwayen, Jewova beni yo anpil (Mak 10:29, 30). Nou renmen frè ak sè sa yo anpil, e nou kontan dèske yo fè pati kongregasyon an! Èske se sèlman frè nome yo ak frè ak sè ki nan sèvis aplentan yo ki gen yon plas nan kongregasyon an? Non! Chak moun k ap preche bon nouvèl la gen enpòtans ni pou Bondye ni pou kongregasyon an (Wom. 10:15; 1 Kor. 3:6-9). Anfèt, youn nan prensipal objektif kongregasyon an se fè disip pou Jezi Kris, Seyè nou an (Mat. 28:19, 20; 1 Tim. 2:4). Tout moun k ap preche bon nouvèl la, kit yo deja batize kit yo poko batize, yo tout ap fè anpil efò pou yo bay travay sa a priyorite. — Mat. 24:14. w20.08 21 § 7-8.

Vandredi 23 desanm

Mwen avèk nou toule jou rive jis nan fen sistèm nan. — Mat. 28:20.

Jan tèks pou jounen an montre sa, lè n ap fè fas ak pwoblèm, Jezi ap ede nou. Pa egzanp, men pwomès Jezi fè tout moun k ap suiv li: “Mwen avèk nou toule jou rive jis nan fen sistèm nan.” (Mat. 28:20). Anfèt, pawòl Jezi yo ban nou fòs. Sa k fè sa? Paske gende jou bagay yo pa fasil pou nou. Pa egzanp, lè n gen yon moun pa nou ki mouri, lapèn nou genyen an pa dire kèk jou sèlman. Petèt nou ka soufri pandan plizyè ane. Gen moun ki oblije fè fas ak difikilte vyeyès pote. Gen lòt menm ki konn santi yo pa kapab ankò akoz yo fè depresyon. Malgre sa, nou jwenn fòs pou n kontinye paske n konnen Jezi avèk nou “toule jou”, menm nan jou bagay yo pi difisil pou nou nan lavi nou (Mat. 11:28-30). Pawòl Bondye a ban nou asirans Jewova itilize zanj li yo pou l ede nou (Ebre 1:7, 14). Pa egzanp, gen zanj ki ede nou e ki gide nou lè n ap preche “moun tout nasyon, tout tribi, tout lang” “bon nouvèl [...] konsènan Wayòm nan”. — Mat. 24:13, 14; Rev. 14:6. w20.11 13-14 § 6-7.

Samdi 24 desanm

Lide yon moun gen nan kè l tankou dlo ki fon. Men, moun ki entèlijan an rale yo met deyò. — Pwo. 20:5.

Nou vle etidyan an konprann sa l ap aprann yo soti nan Pawòl Bondye te fè ekri a (1 Tes. 2:13). Ki jan n ka fè sa? Ankouraje etidyan an pou l fè lòt moun konnen sa l ap aprann yo. Olye pou w toujou ap esplike etidyan an vèsè nan Bib la, mande l esplike w kèk ladan yo. Ede etidyan an wè ki jan Pawòl Bondye a konsène l pèsonèlman. Poze l kesyon k ap ede l di sa l panse sou vèsè li li yo e ki efè sa gen sou li (Lik 10:25-28). Pa egzanp, mande l: “Selon vèsè sa a, ki kalite w wè Jewova genyen?” “Ki jan sa w sot aprann nan Bib la kapab ede w?” “Ki jan sa w sot aprann nan fè w santi w?” Sa k pi enpòtan an, se pa kantite bagay etidyan an konnen, men pito, se jis nan ki pwen li renmen sa l konnen yo e li aplike yo. Se pou w byen sèvi ak Bib la. Ou dwe gen imilite si w vle vin yon pi bon anseyan. w20.10 15 § 5-6.

Dimanch 25 desanm

Simen semans ou nan maten, e pinga w bay men w repo pou jis li aswè. — Ekl. 11:6.

Nou kapab sèten travay predikasyon an ap kanpe nan lè pou l kanpe a. Reflechi sou sa k te pase nan epòk Noye a. Jewova montre li toujou aji nan lè pou l aji. Anviwon 120 an anvan delij la, Jewova te fikse lè pou delij la fèt. Plizyè dizèn ane annapre, Jewova te mande Noye pou l konstwi lach la. Noye te kontinye travay di pandan 40 an oswa 50 an anvan delij la. Malgre moun yo pa t koute mesaj li t ap preche a, li te kontinye avèti yo jiskaske Jewova te di l lè a rive pou yo antre nan lach la. E lè moman an rive, “Jewova te fèmen pòt la”. (Jen. 6:3; 7:1, 2, 16.) Talè konsa Jewova pral fè n konnen travay predikasyon an rive nan bout li. Apre sa, l ap detwi sistèm Satan an, epi l ap tabli monn nouvo a. Pandan n ap tann moman sa a rive, ann imite egzanp Noye, ak lòt moun ankò ki pa t bay men yo repo. Ann kontinye met travay predikasyon an an premye nan lavi n, ann demontre pasyans e ann kontinye gen yon lafwa solid nan Jewova ak nan pwomès li yo. w20.09 13 § 18-19.

Lendi 26 desanm

Se pou tout bagay fèt yon fason ki konvnab e nan lòd. — 1 Kor. 14:40.

Si nan fanmi Jewova a yo pa konnen aklè kiyès ki gen otorite, t ap gen dezòd e pa t ap gen kè kontan nan fanmi an. Pa egzanp, pa gen moun ki t ap konnen kiyès ki dwe pran dènye desizyon yo e ki dwe pran latèt pou respekte desizyon sa yo. Si dispozisyon Bondye pran pou gason yo gen otorite nan fanmi yo se yon bon bagay, poukisa gen tout fi sa yo ki santi dispozisyon sa fè yo pase mizè? Se paske anpil gason pa suiv prensip Jewova bay pou fanmi yo e yo pito chwazi suiv koutim zòn kote y ap viv la. Yo ka ap maltrete madanm yo tou paske sa fè yo santi yo byen. Pa egzanp, yon mari gendwa ap kontwole madanm li pou l ka montre li enpòtan oswa li se yon “gason toutbon”. Li ka di tèt li li pa ka fòse madanm li renmen l, men li ka fè l pè l. E li ka menm sèvi ak sa pou l kontwole madanm li. Li klè, lè mesye yo rezone oswa aji konsa, sa fè medam yo pèdi onè ak respè yo merite, e sa yo fè a pa ann amoni ditou ak sa Jewova vle. — Efe. 5:25, 28. w21.02 3 § 6-7.

Madi 27 desanm

Lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou. — 1 Pyè 5:7.

Lè yon kretyen gen yon pwoblèm k ap boulvèse l, li ka priye Jewova ak tout kè l. Jewova kapab reponn priyè w lè l ba w “lapè Bondye ki depase tout sa moun ka konprann” nan (Flp. 4:6, 7). Jewova sèvi ak lespri sen l ki gen anpil pisans pou l kalme panse k ap trakase nou (Gal. 5:22). Lè w ap priye Jewova, ouvri kè w ba li. Di l egzakteman sa w genyen. Fè l konn pwoblèm ou epi di l ki jan sa fè w santi w. Si pwoblèm nan ka rezoud, mande l pou l ba w sajès pou w kapab jwenn yon solisyon e pou w jwenn kouraj pou w fè sa w dwe fè a. Si w pa ka fè anyen pou w rezoud pwoblèm nan, mande Jewova ede w pou w pa enkyete depase limit. Lè w di Jewova egzakteman ki pwoblèm ou genyen, l ap vin pi fasil pou w wè fason l reponn ou. Si w pa jwenn repons priyè w yo tousuit, pa sispann priye. Nonsèlman Jewova vle w di l egzakteman sa w genyen, men tou, li vle w kontinye priye sou sa. — Lik 11:8-10. w21.01 3 § 6-7.

Mèkredi 28 desanm

[Jezi] di yo: “Se pa tout moun ki suiv pawòl sa a, eksepte moun ki gen don pou sa.” — Mat. 19:11.

Kongregasyon an gen plizyè moun ki marye e gen ladan yo ki gen pitit. Konsa tou, gen anpil frè ak sè ki pa marye. Ki jan nou dwe wè frè ak sè ki selibatè yo? Nou dwe wè yo menm jan Jezi te wè yo. Pandan Jezi t ap viv sou tè a, li pa t marye. Li te ret selibatè e li te konsantre sou asiyasyon l san l pa t kite anyen distrè l. Jezi pa t janm fè konnen yon kretyen dwe marye oswa ret selibatè. Men, li te di gen kèk kretyen ki t ap chwazi pa marye (Mat. 19:12). Jezi te gen respè pou moun ki pa t marye yo. Li pa t panse selibatè yo gen mwens valè oswa yo manke yon bagay nan lavi yo poutèt yo pa marye. Menm jan ak Jezi, apot Pòl te ret selibatè pandan l t ap patisipe nan travay fè disip la. Pòl pa t janm di li mal pou yon kretyen marye. Li te rekonèt se chak moun ki dwe deside sa l ap fè. w20.08 28 § 7-8.

Jedi 29 desanm

Bondye se lanmou. — 1 Jan 4:16.

Apot Jan te viv lontan e l te fè anpil eksperyans. Li te jwenn tout kalite difikilte ki te ka fè lafwa l febli. Men, li te toujou fè tout sa l kapab pou l obeyi lòd Jezi yo, san wete lòd li te bay pou l renmen frè l ak sè l yo. Piske Jan te fè sa, li te gen asirans Jewova ak Jezi renmen l e yo t ap ba l fòs li te bezwen pou l andire nenpòt eprèv (Jan 14:15-17; 15:10). Satan ak monn li an pa t ka fè anyen pou anpeche Jan renmen frè l ak sè l yo, nitou, yo pa t ka anpeche l montre lanmou sa a nan pawòl li ak nan aksyon l. Menm jan ak apot Jan, n ap viv nan yon monn ki anba pouvwa Satan, dye sistèm sa a ki rayi moun (1 Jan 3:1, 10). Byenke li vle pou n sispann renmen frè n ak sè n yo, li pa ka fòse nou fè sa, se nou menm sèlman ki ka pèmèt sa. Nou dwe pran detèminasyon pou nou renmen frè n ak sè n yo, pou n montre yo sa nan sa n ap di, e pou sa parèt aklè nan sa n ap fè. Lè nou fè sa, n ap kontan fè pati fanmi Jewova a, e n ap gen anpil kè kontan nan lavi n. — 1 Jan 4:7. w21.01 13 § 18-19.

Vandredi 30 desanm

Bondye [...] bay andirans. — Wom. 15:5.

Lavi nan monn sa a Satan ap dirije a difisil pou moun sipòte, e pafwa nou ka menm santi nou about (2 Tim. 3:1). Men, nou pa bezwen ap bay tèt nou pwoblèm e nou pa bezwen pè. Jewova konnen sa n ap andire. Lè nou nan sitiyasyon difisil, li pwomèt nou l ap kenbe nou byen di ak men dwat li (Eza. 41:10, 13). Nou pa gen okenn dout Jewova ap ede n, e Pawòl nou jwenn nan Bib la ban nou fòs pou nou andire kèlkeswa pwoblèm nan. Videyo nou yo, dram odyo yo ak seri “Annou imite lafwa yo” kapab fè nou viv yon seri istwa ki nan Bib la. Anvan w gade videyo yo, anvan w koute dram odyo yo oswa li istwa sa yo, mande Jewova pou l ede w jwenn bonjan pwen k ap itil ou. Mete w nan plas moun y ap pale de li nan istwa a. Medite sou sa sèvitè fidèl Jewova sa yo te fè ak jan Jewova te ede yo fè fas ak pwoblèm yo te jwenn. Aplike sa w aprann yo nan ka pa w. Di Jewova mèsi pou èd li deja ba ou. Epi montre l ou gen rekonesans pou èd li ba ou a lè w chèche okazyon pou w ankouraje lòt moun e pou w ede yo. w21.03 19 § 22-23.

Samdi 31 desanm

Pitit gason se eritaj Jewova bay. — Sòm 127:3.

Si nou marye e nou ta renmen gen pitit, mande tèt nou: ‘Èske Jewova t ap chwazi nou pou n pran swen yon tibebe li bay anpil valè paske li wè nou se moun ki gen imilite e ki renmen l?’ (Sòm 127:4). Si w se yon paran, mande tèt ou: ‘Èske m montre pitit mwen enpòtans pou yo travay di?’ (Ekl. 3:12, 13). ‘Èske m fè tout sa m kapab pou m pwoteje pitit mwen kont danje yo ka fè fas?’ (Pwo. 22:3). Ou pa ka pwoteje pitit ou kont tout pwoblèm. Men, ou ka prepare yo tikras pa tikras pou yo fè fas ak reyalite lavi a lè w aprann yo fason pou yo chèche konsèy nan Pawòl Bondye a (Pwo. 2:1-6). Pa egzanp, si yon moun nan fanmi w chwazi sispann sèvi Jewova, sèvi ak Pawòl Bondye a pou w ede pitit ou wè rezon ki fè li enpòtan anpil pou l ret fidèl ak Jewova (Sòm 31:23). Oswa, si nou gen yon moun pa nou ki mouri, montre pitit ou fason pou l sèvi ak Pawòl Bondye a pou ede l fè fas ak lapenn sa pote e pou l santi l anpè. — 2 Kor. 1:3, 4; 2 Tim. 3:16. w20.10 27 § 7.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje