Novanm
Madi 1ye novanm
Yon moun ki kouri reponn anvan l tande sa yo di a, sa l fè a se bagay moun sòt, e se yon imilyasyon pou li. — Pwo. 18:13.
Piske n pa konn tout bagay konsènan sitiyasyon Jonas, nou te ka panse li pa merite pou n fè l konfyans, e li pa menm fidèl. Li te resevwa yon lòd dirèk nan men Jewova pou l anonse jijman nan vil Niniv. Men, olye l obeyi, li pran yon bato ki pral nan yon lòt direksyon, “pou l ka kouri pou Jewova”. (Jon. 1:1-3.) Èske w t ap bay Jonas yon lòt chans? Petèt non. Poutan, Jewova te wè gen kèk rezon pou l fè sa (Jon. 3:1, 2). Nan priyè Jonas te fè a, li te montre ki moun li ye toutbon (Jon. 2:1, 2, 9). Priyè sa a, ki se youn nan pakèt priyè Jonas te fè, ede n pou n pa annik wè l kòm yon moun ki te kouri pou yon asiyasyon. Pawòl li yo montre li te gen imilite ak rekonesans, e li te detèmine pou l obeyi Jewova. Nou pa sezi dèske Jewova pa t gade sou fason Jonas te aji. Okontrè, li te reponn priyè l te fè a, e l te kontinye sèvi avè l kòm pwofèt. Li enpòtan anpil pou chak ansyen “tande sa [yon moun] di” anvan yo bay konsèy! w20.04 15 § 4-6.
Mèkredi 2 novanm
[Pòl] rezone avèk yo sou Ekriti yo. Li t ap ba yo esplikasyon, e li t ap sèvi ak pasaj nan Ekriti yo. — Tra. 17:2, 3.
Disip ki t ap viv nan premye syèk la te aksepte ansèyman sa yo e yo te konte sou lespri sen pou ede yo konprann Pawòl Bondye a. Yo te fè rechèch pou yo ka gen konviksyon ansèyman sa yo baze sou Ekriti yo (Tra. 17:11, 12; Ebre 5:14). Yo pa t annik baze lafwa yo sou santiman ak emosyon, e yo pa t sèvi Jewova senpleman paske yo te santi yo byen lè yo bò kot kwayan parèy yo. Lafwa yo te baze sou “konesans egzak sou Bondye”. (Kol. 1:9, 10.) Verite ki nan Pawòl Bondye a pa chanje (Sòm 119:160). Verite sa yo pa chanje si yon kwayan parèy nou ta aji yon fason ki fè n mal oswa li ta fè yon peche ki grav. E verite sa yo pa chanje lè n jwenn pwoblèm. Donk, nou bezwen byen konnen ansèyman ki nan Bib la epi konvenk tèt nou yo se laverite. Lafwa solid nou genyen ki baze sou verite ki nan Bib la ap fè n rete fèm nan moman eprèv, menm jan yon lank batiman fè batiman an ret anplas pandan yon gwo tanpèt. w20.07 9 § 6-7.
Jedi 3 novanm
Li te ban nou lòd pou nou preche pèp la e pou nou bay yon temwayaj konplè. — Tra. 10:42.
Jezi wè sa n fè pou frè l yo Bondye chwazi pou al nan syèl la kòmsi se li n ap ede (Mat. 25:34-40). Pi gwo bagay nou ka fè pou n ede yo se fè anpil efò pou n patisipe nan travay fè disip Jezi te mande disip li yo pou yo fè a (Mat. 28:19, 20). Se sèlman grasa èd “lòt mouton” yo frè Kris yo kapab reyalize gwo kanpay predikasyon k ap fèt nan lemonnantye kounye a (Jan 10:16). Si w fè pati lòt mouton yo, chak fwa w patisipe nan travay sa a, ou montre w renmen ni moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ni Jezi. Nou fè zanmi ak Jewova ak Jezi tou lè n itilize lajan nou genyen pou n soutni travay y ap dirije a (Lik 16:9). Nou ka bay ofrann pou travay mondyal la. Y ap sèvi ak kòb sa a pou ede moun ki bezwen èd apre yon katastwòf. Nou ka fè ofrann pou kongregasyon pa nou tou e n ka ede moun nou konnen ki nan bezwen. — Pwo. 19:17. w20.04 24 § 12-13.
Vandredi 4 novanm
Li pap gen okenn respè pou Bondye zansèt li yo [...]. Okontrè, se dye fòtrès yo li pral bay glwa. — Dàn. 11:37, 38.
Wa nò a pa t montre okenn “respè pou Bondye zansèt li yo” jan pwofesi sa a te anonse sa. Kòman sa? Inyon sovyetik te eseye retire pouvwa relijyon tradisyonèl yo te genyen, paske objektif li se te elimine relijyon. Pou gouvènman sovyetik la te ka fè sa, depi nan ane 1918, li te bay yon lòd ki te sèvi kòm baz pou lekòl yo anseye timoun yo Bondye pa egziste. Nan ki sans wa nò sa a te bay “dye fòtrès yo [...] glwa”? Inyon sovyetik te depanse yon pakèt lajan pou l monte lame l la, e pou l fè plizyè milye zam nikleyè pou l ranfòse pouvwa l. Finalman, ni wa nò a ni wa sid la te vin rasanble yon kantite gwo zam fann fwa ki kont pou yo touye plizyè milya moun! Wa nò a te soutni wa sid la nan yon bagay enpòtan li te vle fè. Yo te “mete bagay ki bay repiyans ki lakòz dezolasyon an nan plas li”, anpalan de Nasyonzini. — Dàn. 11:31. w20.05 6-7 § 16-17.
Samdi 5 novanm
Frè w la [...] te pèdi, nou jwenn li. — Lik 15:32.
Kiyès ki ka patisipe nan chèche moun ki inaktif yo? Nou tout: kit nou ansyen, nou pyonye, nou se fanmi yo oswa pwoklamatè nan kongregasyon an, nou ka patisipe nan chèche yo. Èske w gen yon zanmi oswa yon fanmi ki vin inaktif? Èske w rankontre yon moun ki inaktif nan travay predikasyon kay an kay la oswa pandan w ap patisipe nan temwayaj an piblik? Fè moun nan konnen, si l ta renmen yo vizite l, n ap byen kontan bay ansyen yo adrès li oswa nimewo telefòn li. Yon ansyen ki rele Thomas di: “Toudabò, mwen mande plizyè frè ak sè si yo konn kote kèk moun ki inaktif abite. Oswa m mande pwoklamatè yo si yo sonje yon moun ki pa asiste reyinyon ankò. Annapre, lè m vizite frè oswa sè ki inaktif yo, m mande yo pou pitit yo ak lòt moun nan fanmi yo. Gen kèk inaktif ki te konn mennen pitit yo nan reyinyon e gen nan timoun sa yo ki te pwoklamatè yon lè. Nou ka ede yo tou pou yo tounen vin jwenn Jewova.” w20.06 24 § 1; 25 § 6-7.
Dimanch 6 novanm
M ap sonje aksyon Ja fè yo. Wi, m ap sonje gwo aksyon ou te fè lontan yo. — Sòm 77:11.
Pami tout kreyati ki sou tè a, se sèlman lèzòm ki gen kapasite pou yo aprann yon seri leson moral lè yo sonje yon seri evènman ki te pase e lè yo analize evènman sa yo. Konsa, nou ka vin gen pi bon prensip e nou ka chanje fason nou panse ak fason n viv (1 Kor. 6:9-11; Kol. 3:9, 10). Anfèt, nou ka fòme konsyans nou pou n ka fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal (Ebre 5:14). Nou ka aprann demontre lanmou, konpasyon ak mizèrikòd. E nou ka aprann imite jistis Jewova. Youn nan fason nou ka montre nou apresye memwa nou ki se yon kado se lè nou fè efò pou n sonje tout moman Jewova te ede nou e l te konsole nou. Sa ap fè nou vin gen plis asirans l ap ede nou alavni tou (Sòm 77:12; 78:4, 7). Yon lòt fason nou ka fè sa, se lè nou sonje bon bagay lòt moun fè pou nou ak lè nou gen rekonesans pou sa yo fè pou nou. Gen moun k ap fè rechèch ki fè konnen moun ki gen rekonesans yo pi fasil gen kè kontan. w20.05 23 § 12-13.
Lendi 7 novanm
Gen lakrentif pou non Bondye nou an, Jewova, yon non ki merite pou nou respekte l. — Det. 28:58.
Fè yon ti reflechi sou fason Moyiz te santi l lè l te akokiye kò l nan yon twou wòch e l te fè yon vizyon kote l te wè glwa Jewova k ap pase. Liv Étude perspicace des Écritures la di “sanble se te eksperyans ki te pi estrawòdinè yon moun te fè anvan Jezi Kris te vin sou tè a”. Men pawòl Moyiz te tande, sandout yon zanj te di: “Jewova, Jewova, yon Bondye ki gen mizèrikòd e ki gen kè sansib, ki pa fè kòlè fasil, ki gen anpil lanmou fidèl, ki toujou di laverite, ki demontre yon lanmou ki fidèl pou plizyè milye jenerasyon, ki padone erè, bagay moun fè ki mal ak peche.” (Egz. 33:17-23; 34:5-7). Petèt Moyiz te sonje eksperyans sa a lè l t ap sèvi ak non Jewova nan pawòl ki nan tèks pou jounen an. Lè n reflechi ak non Bondye ki se Jewova, li bon pou n medite sou Sila a ki gen non sa a. Nou ta dwe sonje kalite l yo, tankou pisans li, sajès li, jistis li ak lanmou l. Lè n reflechi sou kalite sa yo ak lòt ankò, sa ka fè n gen gwo respè pou Bondye. — Sòm 77:11-15. w20.06 8-9 § 3-4.
Madi 8 novanm
Rete nan sa w te aprann yo, nan sa yo te konvenk ou pou w kwè yo. — 2 Tim. 3:14.
Jezi te di se lanmou disip li yo gen youn pou lòt k ap fè yo rekonèt yo (Jan 13:34, 35). Men, nou bezwen plis pase sa si n vle gen yon lafwa ki solid. Lafwa n pa dwe baze sèlman sou lanmou sèvitè Bondye yo genyen ki tankou lanmou Kris la. Poukisa? Ann sipoze yon kwayan parèy nou, menm yon ansyen oswa yon pyonye, ta fè yon peche grav. Oubyen ki sa w ap fè si yon frè oswa yon sè ta aji yon fason ki fè w mal? Oubyen petèt yon moun vin aposta e l ap fè konnen nou pa gen laverite. Èske sa ap fè w bite epi w sispann sèvi Jewova? Si lafwa ou gen nan Bondye a baze sèlman sou sa lòt moun ap fè olye l baze sou pwòp relasyon pa w ak Jewova, li pap solid. Se vre, santiman w gen pou Jewova e pou moun k ap sèvi l yo ka ede w vin gen lafwa nan yon sèten degre. Men, li enpòtan anpil pou w etidye Bib la seryezman pou w konprann sa w ap etidye yo, pou w fè rechèch pou w ka vin gen konviksyon sa w ap aprann sou Jewova yo se laverite. Ou bezwen sèten sa Bib la anseye sou Jewova yo se laverite. — Wom. 12:2. w20.07 8 § 2-3.
Mèkredi 9 novanm
Ede moun ki fèb yo. — Tra. 20:35.
Anpil eksperyans montre zanj yo ap ede n jwenn frè ak sè ki inaktif ki anvi tounen vin jwenn Jewova (Rev. 14:6). Pa egzanp, Silvio ki moun peyi Ekwatè te priye ak tout kè l pou l te ka tounen nan kongregasyon an. Pandan l t ap priye, sonèt kay li te sonnen. De ansyen te devan pòt la, yo te kontan kòmanse ba l èd li te bezwen. N ap jwenn anpil kè kontan lè n ede yon moun ki fèb tounen vin jwenn Jewova. Men sa Salvador, yon pyonye ki renmen ede frè ak sè ki inaktif, fè konnen: “Pafwa, m pa ka anpeche dlo sot nan je m tèlman m kontan. Sa tèlman fè m plezi lè m konnen Jewova delivre youn nan ti mouton l yo li renmen anpil anba monn Satan an e m gen privilèj kolabore ak Jewova nan travay sa a.” Si w te sispann preche oswa asiste reyinyon ak pèp Jewova a, ou mèt gen asirans Jewova toujou renmen w. Jewova ap tann ou tounen, e l ap kontan akeyi w lakay! w20.06 29 § 16-18.
Jedi 10 novanm
N ap wè [Gran Pwofesè] nou an ak pwòp je nou. — Eza. 30:20.
Antanke “Gran Pwofesè nou”, Jewova met yon seri egzanp nan Pawòl li a pou anseye nou (Eza. 30:21). Lè n medite sou istwa ki nan Bib la, nou aprann anpil bagay konsènan moun ki demontre yon seri bèl kalite ki fè Bondye plezi. Nou aprann anpil tou lè n egzamine sa k te rive moun ki pa t demontre bèl kalite sa yo (Sòm 37:37; 1 Kor. 10:11). Ann reflechi ak sa k te rive wa Sayil. Okòmansman, se te yon jèn gason ki te rekonèt limit li. E li te menm pè aksepte plis responsablite (1 Sam. 9:21; 10:20-22). Epoutan, rive yon lè, li te vin awogan e l te pran dwa ki pa pou li. Li te kòmanse montre l gen defo sa a tousuit apre l vin wa. Yon lè, li te pèdi pasyans pandan l t ap tann pwofèt Samyèl e li te ofri sakrifis yo boule nèt la alòske l pa t gen dwa fè sa. Se sa k fè, Sayil te pèdi favè Jewova e l te vin pèdi pouvwa l antanke wa (1 Sam. 13:8-14). N ap montre nou se moun ki gen sajès si n pran leson nan egzanp sa a ki sèvi nou avètisman e si n evite pran dwa ki pa pou nou. w20.08 10 § 10-11.
Vandredi 11 novanm
Montre respè pou moun k ap travay di pami nou, moun k ap dirije nou nan Seyè a. — 1 Tes. 5:12.
Jewova sèvi ak Kris pou L bay “gason kòm kado” nan kongregasyon L lan (Efe. 4:8). Gason kòm kado sa yo gen ladan l manm Kolèj santral la, frè k ap ede Kolèj santral la, manm Komite filyal yo, siveyan sikonskripsyon yo, enstriktè nan lekòl òganizasyon an fè yo, ansyen yo ak sèvitè ministeryèl yo. Se lespri sen ki nome frè sa yo pou yo pran swen mouton Jewova yo ki gen anpil valè e pou yo ankouraje kongregasyon an (1 Pyè 5:2, 3). Lespri sen nome frè sa yo pou yo fè divès kalite travay. Menm jan divès pati nan kò a, tankou men yo ak pye yo, travay pou yo ede tout kò a, se menm jan an tou frè lespri sen nome yo travay di pou byen tout kongregasyon an. Yo pap chèche jwenn glwa nan men moun. Okontrè, yo fè anpil efò pou yo ankouraje frè ak sè yo (1 Tes. 2:6-8). Nou di Jewova mèsi pou frè kalifye sa yo ki met enterè lòt moun anvan enterè pa yo! w20.08 21 § 5-6.
Samdi 12 novanm
Ale, epi fè disip. — Mat. 28:19.
Youn nan rezon ki fè n vle preche se paske moun yo ‘depafini, yo lage’ e yo swaf pou yo aprann laverite sou Wayòm nan (Mat. 9:36). Jewova vle tout kalite moun gen yon konesans egzak sou laverite e li vle yo sove (1 Tim. 2:4). Lè n panse ak jan travay predikasyon n ap fè a kapab sove lavi moun, sa ankouraje n pou n preche pi plis (Wom. 10:13-15; 1 Tim. 4:16). Nou bezwen byen ekipe pou travay predikasyon an. E nou bezwen konnen ki jan pou n sèvi ak ekipman nou genyen pou n fè travay sa a. Jezi te bay disip li yo enstriksyon byen klè sou fason pou yo preche bon nouvèl la. Li te di yo sa pou yo pote, ki kote pou yo preche ak ki sa pou yo di (Mat. 10:5-7; Lik 10:1-11). Nan epòk pa nou an, òganizasyon Jewova a ban nou bonjan zouti pou n anseye. E nou jwenn fòmasyon pou n byen sèvi ak yo. Fòmasyon sa a ede n preche san n pa pè e li aprann nou fason pou n fè travay la pi byen. — 2 Tim. 2:15. w20.09 4 § 6-7, 10.
Dimanch 13 novanm
Pa gen anyen ki fè m pi kontan pase lè m tande pitit mwen yo kontinye ap mache nan laverite. — 3 Jan 4.
Èske w ka imajine jan apot Jan te kontan lè l te aprann moun li te ede aprann laverite yo te kontinye sèvi Jewova fidèlman? Yo te jwenn anpil pwoblèm, e apot Jan t ap travay di pou l ranfòse lafwa kretyen fidèl sa yo li te konsidere kòm pitit li. Menm jan an tou, nou kontan lè pitit nou yo, kit se pitit nou fè kit se moun nou ede aprann laverite, vwe Jewova lavi yo epi kontinye sèvi l (3 Jan 3, 4). Ozanviwon ane 98 epòk nou an, lespri sen Jewova te pouse Jan ekri toule twa lèt ki pote non l yo. Objektif lèt sa yo se te ankouraje kretyen fidèl yo pou yo kontinye gen lafwa nan Jezi e pou yo kontinye mache nan laverite. Jan te enkyè paske te gen yon seri fo anseyan ki t ap enfliyanse kongregasyon yo (1 Jan 2:18, 19, 26). Aposta sa yo te pretann yo te konnen Bondye, men yo pa t obeyi kòmandman Jewova yo. w20.07 20 § 1-3.
Lendi 14 novanm
Demontre nou gen lafwa nan Bondye, e demontre nou gen lafwa nan mwen tou. — Jan 14:1.
Nou kwè nan mesaj n ap preche a, se sa k fè nou chofe pou n pataje l ak plis moun posib. Nou fè pwomès ki nan Pawòl Bondye a konfyans (Sòm 119:42; Eza. 40:8). Nou gentan wè anpil pwofesi nan Bib la reyalize nan epòk nou an. Nou wè jan moun rive viv pi byen lefètke yo kòmanse suiv konsèy yo jwenn nan Bib la. Prèv sa yo fè n vin gen plis konviksyon tout moun bezwen tande bon nouvèl Wayòm nan. Nou gen lafwa tou nan Jewova, Sila a ki ban nou preche mesaj sa a, e nou gen lafwa nan Jezi, moun li mete Wa nan Wayòm li an. Kèlkeswa sa k rive nou, Jewova ap toujou yon refij pou nou e l ap toujou ban nou fòs (Sòm 46:1-3). Anplis de sa, nou gen konfyans Jezi ap sèvi ak pouvwa ansanm ak otorite Jewova ba li pou l dirije travay predikasyon an detan l nan syèl la (Mat. 28:18-20). Lafwa fè n gen plis asirans Jewova ap beni efò nou. w20.09 12 § 15-17.
Madi 15 novanm
Se yon bon aksyon li fè pou mwen. [...] Li fè sa l kapab. — Mak 14:6, 8.
Pafwa, sè yo ka bezwen yon moun pale pou yo lè y ap fè fas ak yon pwoblèm an patikilye (Eza. 1:17). Pa egzanp, yon sè ki vèv oswa ki divòse kapab bezwen yon moun ede l fè yon seri travay mari l te konn fè. Yon sè ki granmoun kapab bezwen yon moun pale ak doktè pou li. Oubyen yon sè ki pyonye k ap patisipe nan yon pwojè nan òganizasyon an kapab bezwen yon moun pale pou li si y ap kritike l poutèt li pa preche souvan menm jan ak lòt pyonye yo. Ann egzamine egzanp Jezi. Jezi te toujou pare pou l pale pou medam ki t ap fè volonte Bondye yo lè moun pa t konprann yo. Pa egzanp, lè Mat t ap kritike Mari, Jezi te defann li (Lik 10:38-42). E li te defann Mari yon dezyèm fwa, lè lòt moun te kritike l paske yo te panse Mari te pran yon move desizyon (Mak 14:3-9). Jezi te konprann rezon ki fè Mari te aji konsa e li te felisite l. Li te menm fè konnen y ap gen pou yo rakonte bèl aksyon Mari te fè a “tout kote y ap preche bon nouvèl la sou tè a”. w20.09 24 § 15-16.
Mèkredi 16 novanm
Pran swen twoupo Bondye a ki sou kont nou, epi fè travay nou kòm siveyan. Pa fè sa nan fòse, men fè sa ak tout kè nou devan Bondye. — 1 Pyè 5:2.
Yon bon bèje te konnen gen mouton ki ka pèdi. Si yon mouton te ale kite twoupo a, bèje a pa t pini l pou sa. Annou gade egzanp Jewova ban nou lè l t ap ede kèk nan sèvitè l yo ki te kite laperèz oswa dekourajman fè yo sispann suiv li pandan yon tan. Pwofèt Jonas te dezobeyi Jewova e li pa t al Niniv. Malgre sa, Jewova pa t dekouraje ak Jonas. Tankou yon bon bèje, Jewova te sove l e l te ede l vin jwenn fòs li te bezwen pou l fè sa l te mande l la (Jon. 2:7; 3:1, 2). Apre sa, Bondye te sèvi ak yon pye kalbas kouran pou l ede Jonas konprann lavi chak moun gen anpil enpòtans (Jon. 4:10, 11). Ki leson nou ka aprann nan sa? Ansyen yo pa dwe kouri dekouraje ak moun ki vin inaktif yo. Olye de sa, ansyen yo dwe eseye konprann ki sa k fè mouton an kite twoupo a. E lè mouton an tounen vin jwenn Jewova, ansyen yo kontinye montre yo renmen l e yo enterese nan li. w20.06 20-21 § 10-12.
Jedi 17 novanm
Gen moun k ap ede yo. — Dàn. 11:34.
Apre Inyon sovyetik fin kraze an 1991, pèp Bondye a ki nan gwo tèritwa sa a te jwenn “moun k ap ede yo”, sa vle di te gen yon moman kote yo te gen libète. Konsa, yo te kapab preche alèz, e sa pa t pran anpil tan pou kantite pwoklamatè ki vin gen nan ansyen blòk kominis la vin ogmante pou yo rive plizyè santèn milye. Ofiramezi, Larisi ak patizan l yo te vin parèt antanke wa nò. Pou yon gouvènman ranpli wòl wa nò oswa wa sid, li dwe fè twa bagay: 1) Li dwe gen gwo enpak sou pèp Bondye a, 2) aksyon l dwe montre li se ènmi Jewova ak pèp li a, e 3) li dwe nan konpetisyon ak wa ki opoze avè l la. Larisi ak patizan l yo atake pèp Bondye a lè yo entèdi travay predikasyon an e yo pèsekite plizyè santèn milye frè ak sè nou. Aksyon sa yo montre yo rayi Jewova ak pèp li a. Anplis, yo nan konpetisyon ak wa sid la, sètadi Pisans mondyal anglo-ameriken an. w20.05 12-13 § 3-4.
Vandredi 18 novanm
Toujou veye [...] sou ansèyman w ap bay. — 1 Tim. 4:16.
Piske pou nou fè disip nou bezwen anseye moun yo, nou vle anseye pi bon fason an. N ap anseye plizyè milyon moun verite ki nan Bib la regilyèman. Nou renmen sa n ap anseye nan Pawòl Bondye a. Se sa k fè nou ka gen tandans pale anpil lè n ap fè yon etid. Men, kit n ap kondui etid Toudegad, etid biblik kongregasyon an oswa n ap fè yon etid ak yon moun, moun k ap kondui etid la pa dwe pale twòp. Yon anseyan bezwen byen sèvi ak Bib la lè l ap anseye. Donk, li bezwen veye pou l pa pale twòp e li pa bezwen eseye esplike tout sa l konnen sou yon vèsè oswa yon sijè (Jan 16:12). Konpare kantite bagay ou te konnen sou Bib la lè w te batize ak sa w konnen kounye a. Lè w te batize, petèt se sèlman doktrin de baz yo ou te konprann (Ebre 6:1). Sa te pran plizyè ane pou w aprann sa w konnen jodi a, donk, pa eseye aprann yon moun ki fèk ap etidye tout bagay yon sèl kou. w20.10 14-15 § 2-4.
Samdi 19 novanm
Se bòs chapant lan, pitit gason Mari a. — Mak 6:3.
Jewova te chwazi bon paran pou Jezi (Mat. 1:18-23; Lik 1:26-38). Pawòl Mari te di ak tout kè l ki ekri nan Bib la montre jis nan ki pwen li te renmen Jewova ak Pawòl li a (Lik 1:46-55). E fason Jozèf te suiv enstriksyon Jewova te ba l yo montre li te gen lakrentif pou Bondye e li te vle fè l plezi (Mat. 1:24). Remake Jewova pa t chwazi paran ki rich pou Jezi. Sakrifis Jozèf ak Mari te ofri apre Jezi te fin fèt montre yo pa t gen gwo mwayen (Lik 2:24). Sanble yo te mennen yon vi senp, sitou lè fanmi an te vin anpil, piske yo te vin gen pou pi piti sèt pitit (Mat. 13:55, 56). Jewova te pwoteje Jezi kont kèk danje, men, li pa t pwoteje Pitit Gason l lan kont tout pwoblèm (Mat. 2:13-15). Pa egzanp, Jezi te gen moun nan fanmi l ki pa t kwè nan li, ki pa t aksepte l kòm Mesi okòmansman (Mak 3:21; Jan 7:5). Epitou, sanble Jozèf, papa adoptif Jezi, te mouri pandan Jezi te tou jèn e sa dwe te difisil pou li. w20.10 26-27 § 4-6.
Dimanch 20 novanm
Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w. — Ebre 13:5.
Èske sa deja rive w ou te santi w poukont ou, ou pa t gen pèsonn pou ede w fè fas ak yon pwoblèm ou te genyen? Sa deja rive anpil moun, san wete kèk nan sèvitè fidèl Jewova yo (1 Wa 19:14). Si sa ta rive w, pa bliye pwomès Jewova fè lè l di: “Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w.” Konsa, nou kapab di avèk asirans: “Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè.” (Ebre 13:5, 6). Se apot Pòl ki te ekri kwayan parèy li ki t ap viv nan Jide ozanviwon ane 61 epòk nou an pawòl sa yo. Pawòl li yo fè n sonje sa youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te ekri ki nan Sòm 118:5-7. Menm jan ak youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo, apot Pòl te santi Jewova t ap ede l. Pa egzanp, plis pase dezan anvan Pòl te ekri lèt pou kretyen ebre yo, li te fè yon vwayaj difisil nan lanmè anba gwo tanpèt (Tra. 27:4, 15, 20). Pandan vwayaj sa a e menm anvan sa, Jewova te ede Pòl plizyè fason. w20.11 12 § 1-2.
Lendi 21 novanm
Pinga w di: “Poukisa tan lontan te pi bon pase tan n ap viv yo?” — Ekl. 7:10.
Poukisa li pa saj pou n ret ap panse lavi n te pi bon anvan? Lè n gen nostalji, sa ka fè n sonje sèlman bon bagay ki te rive nan lavi nou. Ann pran egzanp Izrayelit yo nan tan lontan. Apre yo te fin kite peyi Ejip, yo pa t pran tan pou yo bliye jan lavi a te di pou yo. Okontrè yo te ret ap reflechi sou bon manje yo te konn manje. Men sa yo te di: “Se pa ti sonje nou sonje pwason nou te konn manje pou granmesi nan peyi Ejip, ansanm ak konkonm, melon, powo, zonyon ak lay!” (Nonb 11:5). Men èske se te “pou granmesi” vre yo te jwenn manje sa yo? Non. Izrayelit yo te peye sa chè. Yo te konn maltrete yo anpil lè yo te esklav nan peyi Ejip (Egz. 1:13, 14; 3:6-9). Epoutan, pi devan yo te bliye mizè yo te konn ap pase yo e yo te sonje tan lontan. Yo te chwazi ret konsantre sou lè bagay yo te swadizan bon, olye yo te konsantre sou bon bagay Jewova te fèk sot fè pou yo. Konpòtman yo te genyen an pa t fè Jewova plezi. — Nonb 11:10. w20.11 25 § 5-6.
Madi 22 novanm
Jewova toupre moun kè yo ap fann, li sove moun ki dekouraje yo. — Sòm 34:18, nòt.
Pafwa, nou gendwa ap reflechi ak jan lavi a kout e jan jou n ap viv yo “chaje ak pwoblèm”. (Jòb 14:1.) Donk, nou konprann gende lè sa fè n santi n dekouraje. Anpil sèvitè Jewova nan tan lontan te konn santi yo konsa. Genyen ki te menm vle mouri (1 Wa 19:2-4; Jòb 3:1-3, 11; 7:15, 16). Men, pandan plizyè fwa, Jewova te konsole yo e l te ba yo fòs. Yo te met istwa sa yo nan Bib la pou konsole n e pou n ka aprann nan yo (Wom. 15:4). Ann pran egzanp Jozèf, pitit Jakòb. Nan yon ti tan sèlman, Jozèf ki te yon pitit gason papa l te renmen anpil te vin yon ti esklav nan peyi Ejip lakay yon mesye ki pa t konn Jewova (Jen. 37:3, 4, 21-28; Jen. 39:1). Annapre, madan Potifa te lage fo akizasyon sou Jozèf kòmkwa Jozèf te eseye vyole l. San Potifa pa t chèche konn si se vre, li te fè met Jozèf nan prizon, e yo te mete l nan chenn (Jen. 39:14-20; Sòm 105:17, 18). Vrèmanvre, Jozèf te gen rezon santi l dekouraje! w20.12 16-17 § 1-4.
Mèkredi 23 novanm
Se pou non w vin sen. — Mat. 6:9.
Jezi te di sa se bagay ki pi enpòtan nou ta dwe mande lè n ap priye. Men, ki sa pawòl Jezi yo vle di? Fè yon bagay vin sen vle di mete l apa oswa fè l vin pwòp. Men, gen kèk moun ki gendwa di ‘Èske non Jewova pa deja sen e l pa deja pwòp?’ Pou n jwenn repons kesyon sa a, nou bezwen reflechi sou tout sa yon non reprezante. Yon non se pa sèlman yon seri lèt yo ekri sou yon papye oubyen yo pwononse. Gade ki sa Bib la di: “Pito yon moun chwazi [gen] yon non olye l chwazi gen anpil richès.” (Pwo. 22:1, nòt; Ekl. 7:1). Poukisa yon non gen enpòtans konsa? Se paske li gen rapò ak repitasyon sètadi fason yo konsidere moun ki pote non sa a. Donk, fason yo ekri non yon moun oswa fason yo pwononse l se pa sa k pi enpòtan. Sa k pi enpòtan an se sa k vin nan lespri yon moun lè l wè non sa a oswa lè l tande l. Lè moun bay manti sou Jewova, se repitasyon l yo atake. Lè yo atake repitasyon l, se non l y ap eseye sal. w20.06 3 § 5-7.
Jedi 24 novanm
Mwen boulvèse anpil, e men sa m ap mande w, o Jewova: Pandan konbyen tan ankò m ap kontinye soufri? — Sòm 6:3.
Nou ka tèlman ap enkyete lè n gen gwo pwoblèm, se ak sa sèlman n ap panse. Pa egzanp, nou ka ap enkyete paske n pa touche ase kòb pou n achte sa n bezwen, oswa n gendwa pè pou n pa vin malad epi pou sa fè n pa ka travay oswa menm pèdi travay nou. Nou ka ap enkyete tou pou n pa ta dezobeyi lwa Bondye yo lè n devan tantasyon. Talè konsa Satan pral fè moun ki anba kontwòl li atake pèp Bondye a. Se sa k fè nou ka ap enkyete paske n pa konn ki jan n ap reyaji devan atak sa a. Nou ka ap mande tèt nou: ‘Èske sa mal pou m ap bay tèt mwen pwoblèm pou bagay sa yo?’ Nou konnen Jezi te di disip li yo: “Sispann bay tèt nou pwoblèm”. (Mat. 6:25.) Èske Jezi te vle di nou pa dwe enkyete ditou pou kèlkeswa bagay la? Non! Dayè, nan tan lontan, gen sèvitè Jewova ki te fidèl ki te konn enkyete yo, men, yo pa t pèdi favè Jewova pou sa (1 Wa 19:4). Anfèt, se ankouraje Jezi t ap ankouraje n. Li pa t vle pou n vin tèlman ap enkyete pou n jwenn bagay nou bezwen, nou vin neglije sèvis n ap bay Bondye a. w21.01 3 § 4-5.
Vandredi 25 novanm
Chèf fi se gason. — 1 Kor. 11:3.
Yon mari gen kont pou l rann ni Jewova ni Jezi pou fason li aji ak fanmi l (1 Pyè 3:7). Piske Jewova se Chèf fanmi li genyen an ni nan syèl la ni sou tè a, li gen otorite pou l mete yon seri règ sou fason pitit li yo dwe konpòte yo e pou l asire l yo respekte règ sa yo (Eza. 33:22). Jezi, antanke chèf kongregasyon an, gen dwa mete yon seri règ epi veye pou yo respekte yo (Gal. 6:2; Kol. 1:18-20). Menm jan ak Jewova ak Jezi, nan yon fanmi kretyen, chèf fanmi an gen otorite pou l pran desizyon pou fanmi l (Wom. 7:2; Efe. 6:4). Sepandan, otorite li genyen an gen limit. Pa egzanp, règ li bay yo dwe baze sou prensip nou jwenn nan Pawòl Bondye a (Pwo. 3:5, 6). E yon chèf fanmi pa gen otorite pou l met yon seri règ pou moun ki pa fè pati fanmi l (Wom. 14:4). Epitou, lè pitit gason ak pitit fi l vin gran e yo kite kay la, se vre yo kontinye gen respè pou li, men, yo pa anba otorite l ankò. — Mat. 19:5. w21.02 2-3 § 3-5.
Samdi 26 novanm
Bay moun ki sou kont [ou] sa yo gen bezwen. — 1 Tim. 5:8.
Youn nan fason enpòtan yon chèf fanmi montre li renmen fanmi l se lè l ba yo sa yo bezwen pou yo viv. Sepandan, li dwe sonje li pi enpòtan lontan pou l ede fanmi l gen bon relasyon ak Jewova (Mat. 5:3). Pandan Jezi t ap mouri sou poto soufrans lan, li te vle gen asirans gen yon moun k ap pran swen Mari. Malgre Jezi t ap soufri anpil, li te di apot Jan pou l pran swen Mari (Jan 19:26, 27). Yon frè ki yon chèf fanmi ka gen anpil gwo responsablite sou do l. Lè l nan travay li, li dwe travay di. Konsa, bon konduit li genyen ap fè Jewova jwenn glwa (Efe. 6:5, 6; Tit 2:9, 10). Epitou, li ka gen anpil responsablite nan kongregasyon an. Pa egzanp, li ka gen vizit pastoral pou l fè epi pou l pran latèt nan travay predikasyon an. Anmenmtan tou, li enpòtan pou l etidye Labib ak madanm li ak pitit li regilyèman. Y ap vrèman apresye efò l fè pou l bay fanmi an sa yo bezwen pou yo viv, pou l ba yo afeksyon e pou l ankouraje yo kontinye sèvi Jewova. — Efe. 5:28, 29; 6:4. w21.01 12 § 15, 17.
Dimanch 27 novanm
[Yon bon madanm] veye sou sa k ap fèt lakay li. — Pwo. 31:27.
Pawòl Bondye a fè konnen yon bon madanm kapab pran swen moun lakay li, li kapab achte tè epi vann tè, e li kapab fè biznis (Pwo. 31:15, 16, 18). Li pa yon esklav ki pa gen dwa pou l di sa l panse. Okontrè, mari l fè l konfyans e li koute opinyon l (Pwo. 31:11, 26). Lè yon mari montre l respekte madanm li fason sa a, madanm nan ap kontan soumèt devan l. Byenke Jezi te reyalize anpil gwo bagay, li pa t santi sa rabese l pou l soumèt devan Jewova (1 Kor. 15:28; Flp. 2:5, 6). Menm jan an tou, yon bon madanm k ap suiv egzanp Jezi pap santi se yon bagay ki rabesan pou l soumèt devan mari l. L ap soutni mari l nonsèlman paske l renmen l, men, sa k pi enpòtan an, paske l renmen Jewova e li respekte l. Menmsi yon sè soumèt devan mari l, li pap obeyi si mari l ta mande l fè yon bagay Bib la kondane oswa pou l vyole yon prensip biblik. w21.02 11 § 14-15; 12 § 19.
Lendi 28 novanm
Tribilasyon bay andirans. — Wom. 5:3.
Lanmou sèvitè Jewova yo gen pou li toujou ede yo andire pèsekisyon. Pa egzanp, lè pi gwo tribinal juif la te bay apot yo lòd pou yo sispann preche, lanmou pou Bondye te pouse yo “obeyi [Bondye] antanke chèf” olye yo obeyi lèzòm (Tra. 5:29; 1 Jan 5:3). Se gwo lanmou sa a ki bay frè nou yo fòs tou jodi a e ki ede anpil nan yo kenbe fèm lè gouvènman ki gen anpil pouvwa e ki mechan ap pèsekite yo. Olye frè n yo dekouraje, yo wè se yon privilèj pou yo andire menm lè monn nan rayi yo (Tra. 5:41; Wom. 5:3-5). Lè se pwòp fanmi nou k ap pèsekite nou, se kapab youn nan pi gwo eprèv nou jwenn. Lè nou kòmanse montre nou enterese nan laverite, gen kèk moun nan fanmi nou ki ka panse se twonpe y ap twonpe nou. Gen lòt menm ki ka panse nou pèdi tèt nou. (Konpare ak Mak 3:21.) Yo ka menm opoze ak nou avèk raj. Opozisyon konsa pa ta dwe fè n sezi. Jezi te di: “Ènmi yon moun se pral moun lakay li.” — Mat. 10:36. w21.03 21 § 6-7.
Madi 29 novanm
Tout moun dwe dispoze koute, yo pa dwe prese pale. — Jak 1:19.
Lè w al fè etid ak yon pwoklamatè, byen koute lè anseyan an ak etidyan an ap pale. Se lè sa a w ap konnen ki lè pou w pale. Nòmalman, ou dwe byen reflechi anvan w pale. Pa egzanp, ou pa ta dwe pale twòp, ou pa ta dwe entèwonp anseyan an pandan l ap bay yon esplikasyon, e w pa ta dwe pale sou lòt bagay ki pa gen rapò ak etid la. Men, ou ka fè yon ti kòmantè tou kout, ou ka bay yon egzanp oswa w ka poze yon kesyon ki ta kapab ede etidyan an pi byen konprann sijè y ap pale a. Pafwa, ou ka santi ou pa gen anyen pou w ajoute. Men, si w felisite etidyan an e w montre w enterese nan li, w ap ede l fè pwogrè. Si sa apwopriye, ou ka fè yon ti pale tou kout ak etidyan an sou fason w te aprann laverite, fason w te fè fas ak yon pwoblèm oswa fason w te wè Jewova ede w (Sòm 78:4, 7). Se kapab egzakteman sa etidyan an te bezwen tande. Sa ka fè lafwa l vin solid e sa kapab ankouraje l pou l fè pwogrè pou l batize. w21.03 10 § 9-10.
Mèkredi 30 novanm
Fè disip pami moun tout nasyon. — Mat. 28:19.
Kiyès ki fè n jwenn bon rezilta nan travay predikasyon an? Pòl bay repons lan nan yon pawòl li te ekri kongregasyon Korent lan. Men sa l te di: “Mwen plante, Apolòs wouze, men se Bondye ki fè sa k plante a grandi. Konsa, se pa ni moun ki plante a, ni moun ki wouze a ki yon bagay, men se Bondye ki fè l grandi a.” (1 Kor. 3:6, 7). Menm jan ak Pòl, nou dwe toujou bay Jewova glwa lè n jwenn bon rezilta nan travay predikasyon an. Kòman nou ka montre n gen rekonesans pou privilèj nou genyen pou n “travay ansanm ak” Bondye ak Kris ansanm ak zanj yo? (2 Kor. 6:1) Nou ka fè sa lè n montre nou chofe pou n chèche okazyon pou n pataje bon nouvèl la ak lòt moun. Nonsèlman nou dwe plante grenn verite yo, men nou dwe wouze yo tou. Lè yon moun montre li enterese, nou vle fè tout sa n kapab pou n retounen vizite l pou n ka kòmanse yon etid Labib avè l. Toutpandan etid la ap pwogrese, n ap kontan wè fason Jewova ap ede etidyan Labib sa a chanje fason l panse ak fason l te wè bagay yo. w20.05 30 § 14, 16-18.