Janvye
Dimanch 1ye janvye
Yo se yon bann gid je pete. — Mat. 15:14.
Jezi te met kouraj sou li pou l denonse chèf relijye nan epòk li a ki te ipokrit, paske yo pa t anseye pèp la bon fason pou yo adore Bondye. Pa egzanp, li te montre aklè jan Farizyen yo ipokrit, paske yo te bay fason yo lave men yo plis enpòtans pase fason yo pran swen paran yo (Mat. 15:1-11). Aktout chèf relijye yo te fache anpil poutèt sa Jezi te di yo, li pa t kite sa anpeche l di laverite. Jezi te fè konnen tou gen bagay relijyon yo anseye ki pa laverite. Li pa t di Bondye aksepte tout kwayans relijyon yo genyen. Okontrè, li te di gen anpil moun ki t ap suiv wout ki gran ki mennen nan destriksyon an alòske se kèk grenn moun ki t ap suiv wout ki jennen ki mennen nan lavi a (Mat. 7:13, 14). Li te fè konnen aklè gen moun ki t ap di y ap sèvi Bondye, alòske an reyalite, yo pap sèvi l vre. Men avètisman Jezi te bay: “Fè atansyon ak fo pwofèt yo k ap vin sou nou ak po mouton sou yo, tandiske se lou voras yo ye pa anndan. Se aksyon yo k ap fè nou rekonèt yo.” — Mat. 7:15-20. w21.05 9 § 7-8.
Lendi 2 janvye
Figi l pa t tris ankò. — 1 Sam. 1:18.
Ana te marye ak yon Levit ki rele Èlkana ki te renmen l anpil. Men, Èlkana te gen yon lòt madanm ki te rele Penina. Èlkana te pi renmen Ana pase Penina. Sepandan, “Penina te gen pitit, men Ana pa t gen pitit”. Se sa k fè Penina te “toujou ap fawouche Ana pou fè l fache”. Ana te vin boulvèse anpil! “Li te konn kriye e li te konn ret san manje.” Epoutan, pa gen okenn kote nan Bib la ki montre Ana te chèche tire revanj. Okontrè, Ana te vide kè l bay Jewova, e li te gen konfyans Jewova t ap ede l (1 Sam. 1:2, 6, 7, 10). Ki sa nou kapab aprann nan egzanp Ana? Si yon moun ap chèche fè konpetisyon avè w, sonje ou gen kontwòl sitiyasyon an. Ou pa gen pou w nan konpetisyon ak moun nan. Olye w rann mal pou mal, eseye fè lapè avè l pito (Wom. 12:17-21). Menmsi moun nan pa byen reyaji, w ap santi w anpè. w21.07 17 § 13-14.
Madi 3 janvye
Rete je ouvè, epi evite tout kalite tanta. — Lik 12:15.
Piske Jida Iskaryòt te vin ava, sa te fè l vin yon gwo trèt. Okòmansman, Jida pa t konsa (Lik 6:13, 16). Se sèten Jida te gen anpil kapasite e Jezi te fè l konfyans piske se li ki te responsab kès lajan an. Sepandan, rive yon lè, Jida te kòmanse vòlè, malgre l te tande Jezi te avèti moun yo plizyè fwa pou yo pa vin ava (Mak 7:22, 23; Lik 11:39). Jida te montre aklè li se yon moun ki ava nan yon evènman ki te rive yon ti tan anvan yo te touye Jezi. Simon ki te gen lèp la te envite Jezi ak disip li yo, ansanm ak Mari ak Mat, sè l la, lakay li. Pandan yo t ap manje, Mari te leve epi li te vide yon luil santi bon ki koute chè sou tèt Jezi. Jida ak lòt disip yo te fache anpil. Petèt, lòt disip yo te santi yo te ka pi byen itilize kòb sa a nan travay predikasyon an. Men, Jida li menm te fache pou yon lòt rezon. Li “te yon vòlè” e li te vle vòlè lajan nan kès la. — Jan 12:2-6; Mat. 26:6-16; Lik 22:3-6. w21.06 18 § 12-13.
Mèkredi 4 janvye
Ala mizè pou mwen! Kiyès ki pral delivre m? — Wom. 7:24.
Èske pafwa ou konn santi w gen twòp responsablite e w pa ka fè tout sa w gen pou w fè? Si sa konn rive w, w ap konprann apot Pòl. Se pa t pou yon kongregasyon sèlman li t ap enkyete l, men se te “pou tout kongregasyon yo”. (2 Kor. 11:23-28.) Èske pwoblèm sante konn fè w pèdi jwa w? Pòl te gen yon “yon pikan nan chè” l ki te toujou ap trakase l. Petèt se te yon maladi li te genyen e li te vle sot anba l (2 Kor. 12:7-10). Èske pafwa ou konn santi w dekouraje akoz enpèfeksyon w gen lakay ou? Sa te konn rive Pòl. Li te di “ala mizè pou mwen” paske li te toujou ap goumen ak enpèfeksyon li gen lakay li (Wom. 7:21-24). Malgre Pòl te jwenn tout kalite eprèv ak sitiyasyon ki te ka dekouraje l, li te kontinye sèvi Jewova. Ki kote l te jwenn fòs pou l fè sa? Byenke li te byen konnen feblès li genyen, li te gen yon lafwa solid nan ranson an. w21.04 22 § 7-8.
Jedi 5 janvye
Pitit lòm nan [...] vini [...] pou l bay lavi l kòm ranson pou libere anpil moun. — Mak 10:45.
Lè Adan te peche a, nonsèlman li te pèdi posiblite pou l viv pou toutan, pitit li t apral genyen yo te pèdi posiblite sa a tou. Adan pa t gen okenn rezon pou l te aji konsa. Se espre l te fè lè l te peche a. E pitit li yo menm? Yo pa t gen anyen pou yo wè nan peche Adan te fè a (Wom. 5:12, 14). Èske Jewova te ka fè yon bagay pou l sove pitit Adan yo anba santans lanmò Adan te vrèman merite a? Wi! Yon ti tan apre Adan te fin peche, Jewova te montre tikras pa tikras ki jan li t apral sove plizyè milyon desandan Adan yo anba malediksyon peche ak lanmò (Jen. 3:15). Grasa ranson an, nou kapab gen bon relasyon ak Jewova malgre nou enpafè. Grasa ranson an, travay Dyab la pral kraze nèt (1 Jan 3:8). Grasa ranson an, objektif Jewova gen pou tè a depi okòmansman an pral reyalize. Tout tè a nèt pral vin yon paradi. w21.04 14 § 1; 19 § 17.
Vandredi 6 janvye
Se pou nou chak batize. — Tra. 2:38.
Gen yon gwo foul moun ki te rasanble ki te gen ladan l gason ak fi ki te soti nan plizyè peyi e ki te pale divès kalite lang. Gen yon gwo bagay ki te rive jou sa a. Gen yon gwoup Juif ki te pran pale lang moun ki te vin vizite peyi a! Sa te fè foul moun yo sezi anpil. Men, sa Juif sa yo t ap di moun yo ak sa apot Pyè te di tout moun ki te la yo te pi estrawòdinè toujou. Foul moun yo te aprann yo t ap bezwen montre yo gen lafwa nan Jezi Kris pou yo sove. Mesaj sa a te tèlman touche yo, yo te mande: “Ki sa nou dwe fè?” Lè sa a, Pyè di: “Se pou nou chak batize.” ( Tra. 2:37, 38). Sa k te vin rive annapre a te estrawòdinè. Te gen anviwon 3 000 moun ki te batize jou sa a, yo te vin disip Kris. Sa k te pase a se te kòmansman gwo travay fè disip Jezi te bay disip li yo lòd pou yo fè a. Travay sa a ap kontinye jis jodi a nan 21yèm syèk la. w21.06 2 § 1-2.
Samdi 7 janvye
Mwen plante, Apolòs wouze, men se Bondye ki fè sa k plante a grandi. Konsa, se pa ni moun ki plante a, ni moun ki wouze a ki yon bagay, men se Bondye ki fè l grandi a. — 1 Kor. 3:6, 7.
Nou ka ap viv nan yon tèritwa kote l difisil pou n kòmanse etid biblik. Gen moun ki ka sanble pa enterese nan mesaj n ap preche a oswa yo ka menm opoze avè l. Ki sa k kapab ede nou ret pozitif nan yon tèritwa konsa? Nou bezwen sonje sitiyasyon moun yo ka chanje byen vit nan monn sa a ki boulvèse, e moun ki pa t enterese anvan sa ka vin pran konsyans yo bezwen Bondye (Mat. 5:3). Gen kèk moun ki pa t janm konn aksepte piblikasyon nou yo ki vin aksepte yon etid Labib. Epitou, nou konnen se Jewova ki Mèt rekòt la (Mat. 9:38). Li vle nou kontinye plante epi kontinye wouze, men, se li menm k ap fè sa ki plante a grandi. Se pa ti ankouraje sa ankouraje nou lè nou sonje, menmsi nou poko gen yon etid, Jewova pap gade sou rezilta nou jwenn pou l rekonpanse n, men, l ap gade sou efò nou fè! w21.07 6 § 14.
Dimanch 8 janvye
Pitit gason se eritaj Jewova bay. — Sòm 127:3.
Jewova bay lèzòm kapasite pou yo fè pitit ak responsablite pou yo aprann pitit yo renmen l epi sèvi l. Byenke Jewova bay zanj yo anpil bèl kapasite, li pa ba yo privilèj pou yo fè pitit. Donk, si w se yon paran, ou bezwen gen rekonesans pou privilèj ou genyen pou w leve pitit ou. Jewova bay paran yo yon gwo responsablite: yo gen pou yo leve pitit yo “nan disiplin Jewova ak nan avètisman li bay”. (Efe. 6:4; Det. 6:5-7.) Òganizasyon Bondye a gen anpil zouti ki baze sou Bib la, tankou piblikasyon, videyo, mizik ak yon seri atik sou Entènèt ki la pou ede paran yo. Li klè, Papa nou ki nan syèl la ak Pitit Gason l lan renmen jèn nou yo anpil (Lik 18:15-17). Lè paran yo konte sou Jewova e yo fè tout sa yo kapab pou yo pran swen pitit yo ki gen anpil valè pou yo, sa fè kè Jewova kontan. Paran ki fè sa bay pitit yo posiblite pou yo vin fè pati fanmi Jewova a pou toutan! w21.08 5 § 9.
Lendi 9 janvye
Lafwa [...] se prèv klè [yon moun] genyen sou yon seri bagay reyèl li pa wè. — Ebre 11:1.
Gen kèk moun ki panse yon moun ki gen lafwa se yon moun ki kwè nan yon bagay li pa ka pwouve. Men, selon Labib, se pa sa ki vrè lafwa a. Remake lafwa nan yon seri bagay reyèl nou pa wè, pa egzanp, Jewova, Jezi ak Wayòm nan ki nan syèl la, baze sou bonjan prèv (Ebre 11:3). Men sa yon syantifik ki Temwen Jewova di pou l esplike sa: “Lafwa nou genyen an se pa yon lafwa ki fèmen je sou bonjan prèv lasyans bay.” Nou gendwa ap mande tèt nou: ‘Si gen bonjan prèv ki montre gen yon Kreyatè, poukisa anpil moun pa kwè se Bondye ki kreye lavi?’ Gen kèk moun ki tou senpleman pa janm chèche jwenn prèv sou sa. Men sa Robert ki vin Temwen Jewova di: “Piske yo pa t janm pale de kreyasyon lè m te lekòl, mwen te panse pa t gen yon kreyasyon. Se jis lè m te vin nan ventèn mwen mwen te vin aprann Labib bay bonjan prèv ki lojik ki montre se Bondye ki kreye tout bagay.” w21.08 15 § 4-5.
Madi 10 janvye
Goute e n a wè jan Jewova bon. — Sòm 34:8.
Nou kapab aprann jan Jewova bon lè nou li Bib la ak lè nou tande lòt moun k ap di nou bon bagay Jewova fè pou yo. Men, n ap vin pi byen konprann jan Jewova bon, lè nou “goute” sa pèsonèlman. Ann pran yon egzanp, imajine nou ta renmen antre nan yon fòm sèvis aplentan. Men, pou n reyalize objektif sa a, n ap bezwen aprann viv yon fason ki pi senp. Nou konnen pwomès Jezi te fè ki di si nou met Wayòm nan an premye, Jewova ap ban nou sa nou vrèman bezwen, men, nou poko janm wè pwomès sa a reyalize nan ka pa n (Mat. 6:33). Men, piske nou gen lafwa nan pwomès sa a Jezi te fè a, nou chèche fè mwens depans, nou redui sou kantite tan nou fè ap travay, e nou fè tout sa n kapab nan travay predikasyon an. Lè n fè sa, nou vin wè jan Jewova vrèman ban nou sa nou bezwen. Nou “goute” pèsonèlman jan Jewova bon. w21.08 26 § 2.
Mèkredi 11 janvye
Yo pap sipòte ansèyman ki pwofitab la. — 2 Tim. 4:3.
Èske n wè menm pwoblèm nan jodi a? Wi. Anpil chèf relijye kontan lè gen moun ki nan gwo pozisyon, moun ki rich ak moun yo konsidere kòm moun save nan monn nan ki vin fè pati asanble yo. Chèf relijye sa yo aksepte moun sa yo, menm lè yo konnen byen souvan vi moun sa yo ap mennen depaman ak prensip Bondye yo. Menm chèf relijye sa yo meprize sèvitè Jewova yo k ap sèvi l ak tout kè yo e k ap mennen yon vi pwòp, paske selon monn nan yo pa gen enpòtans. Jan Pòl te di sa, Bondye chwazi moun yo “meprize” yo (1 Kor. 1:26-29). Men, pou Jewova, tout sèvitè fidèl li yo gen anpil valè. Ki sa nou kapab fè pou n pa kite panse monn nan twonpe nou (Matye 11:25, 26.)? Nou pa dwe kite fason monn nan wè sèvitè Bondye yo aji sou nou. Nou bezwen rekonèt se sèlman moun ki gen imilite Jewova itilize pou fè volonte l (Sòm 138:6). Epi reflechi ak tout sa Jewova reyalize lefètke l sèvi ak moun monn nan pa konsidere kòm moun save oswa moun lespri. w21.05 8 § 1; 9 § 5-6.
Jedi 12 janvye
Nou te voye kichòy ban mwen pou bezwen m. — Flp. 4:16.
Apot Pòl te gen rekonesans poutèt frè yo te ede l. Li te gen imilite e li te aksepte frè ak sè yo ede l (Flp. 2:19-22). Frè ak sè ki granmoun yo, gen plizyè fason nou kapab montre nou gen rekonesans pou jèn yo nou gen nan kongregasyon an. Pa egzanp, si yo ofri nou pou yo ban nou woulib, pou y al achte pou nou oswa pou yo fè lòt bagay nou bezwen, se pou nou kontan aksepte yo ede nou. Nou dwe wè sa kòm yon fason Jewova montre li renmen nou. Nou ka sezi wè jan nou vin gen bon zanmi. Toujou chèche ede jèn zanmi sa yo nou vin genyen yo vin pi pwòch ak Jewova, e di yo jan nou kontan wè yo k ap chèche fè plis pou ede kongregasyon an. Anplis de sa, se pou nou dispoze pase tan avèk yo epi rakonte yo eksperyans nou te fè nan lavi nou. Lè nou fè sa, n ap “montre [Jewova] nou gen rekonesans” dèske li te atire jèn sa yo vin nan kongregasyon an. — Kol. 3:15; Jan 6:44; 1 Tes. 5:18. w21.09 11-12 § 12-13.
Vandredi 13 janvye
Grasa kè sansib li genyen an, n ap wè yon limyè k ap sot anwo k ap klere nou tankou douvanjou. — Lik 1:78.
Jewova renmen frè n ak sè n yo. Men, li ka pa toujou fasil pou nou renmen yo e pou nou montre yo sa. Dayè, nou pa gen menm kilti e nou pa t leve menm jan. Epitou, nou tout konn fè erè ki konn kontrarye lòt moun e ki konn fè yo pa kontan. Men, nou kapab fè anpil efò pou gen lanmou nan fanmi nou fòme a. Ki jan? Lè nou imite Papa nou an nan fason nou montre nou renmen frè n ak sè n yo (Efe. 5:1, 2; 1 Jan 4:19). Yon moun ki gen kè sansib chèche fason pou l bay èd ak konsolasyon. Jezi te montre l gen konpasyon menm jan ak Jewova nan fason li te aji ak lòt moun (Jan 5:19). Yon lè, Jezi te wè yon foul moun, li te santi li “gen pitye pou yo, paske yo te depafini e yo te lage tankou mouton ki san bèje”. (Mat. 9:36.) Jezi pa t sèlman santi l gen konpasyon pou moun yo, li te ede yo. Li te geri moun ki malad yo e li te soulaje moun “ki bouke e ki gen chay [y] ap pote”. — Mat. 11:28-30; 14:14. w21.09 22 § 10-11.
Samdi 14 janvye
[Bondye] te gen mizèrikòd, li te konn padone peche yo e li pa t detwi yo. — Sòm 78:38.
Jewova renmen fè moun mizèrikòd. Nan youn nan lèt apot Pòl te ekri, li te di Bondye “gen anpil mizèrikòd”. Nan kontèks la, Pòl t ap esplike ki jan Bondye gen mizèrikòd, paske li bay moun enpafè k ap sèvi l esperans pou y al viv nan syèl (Efe. 2:4-7). Men, se pa moun sa yo sèlman Jewova fè mizèrikòd. Men sa David youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te ekri: “Jewova bon ak tout moun, mizèrikòd li parèt nan tout sa l fè.” (Sòm 145:9). Piske Jewova renmen moun, li fè yo mizèrikòd chak fwa l jwenn yon rezon pou l fè sa. Se Jezi ki pi byen konnen jis nan ki pwen Jewova renmen fè moun mizèrikòd. Papa a ak Pitit Gason l lan, Jezi, te gen anpil tan ansanm nan syèl la anvan Jezi te vin sou tè a (Pwo. 8:30, 31). Pandan plizyè fwa, Jezi te wè ki jan Papa l te fè moun ki peche mizèrikòd (Sòm 78:37-42). Lè Jezi t ap anseye, byen souvan li te konn pale konsènan bèl kalite sa a Papa l genyen an. w21.10 8-9 § 4-5.
Dimanch 15 janvye
Papa, fè non w jwenn glwa. — Jan 12:28.
Jewova te reponn priyè sa a byen fò detan l nan syèl la, li te pwomèt li t ap fè non l jwenn glwa. Pandan sèvis Jezi sou tè a, li te fè non Papa l jwenn glwa (Jan 17:26). Se sa k fè vrè kretyen yo santi se yon onè pou yo itilize non Bondye e pou yo fè lòt moun konn non sa a. Nan premye syèk epòk nou an, yon ti tan apre kongregasyon kretyen an te fin tabli, Jewova te “dirije atansyon l sou nasyon yo pou l retire yon pèp pou non l nan mitan yo”. (Tra. 15:14.) Kretyen premye syèk yo te santi yo fyè pou yo itilize non Bondye e pou yo fè lòt moun konnen non sa a. Yo te konn itilize non Bondye lè yo t ap preche, e yo te mete l nan liv yo te ekri yo. Konsa, yo te montre yo se yon pèp ki t ap fè konnen non Bondye (Tra. 2:14, 21). Jodi a tou, Temwen Jewova yo se yon pèp k ap fè konnen non Jewova. w21.10 20-21 § 8-10.
Lendi 16 janvye
Byen reflechi sou sa Jewova fè ki montre li gen yon lanmou ki fidèl. — Sòm 107:43.
Lanmou fidèl Bondye genyen an ap la pou toutan. Yo pale sou aspè enpòtan sa a lanmou fidèl genyen an 26 fwa nan Sòm 136. Men sa nou li nan premye vèsè a: “Di Jewova mèsi paske li bon. Lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.” (Sòm 136:1). Soti nan vèsè 2 rive nan vèsè 26, men sa yo repete chak fwa: “Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.” Lè n li rès vèsè yo nan sòm sa a, nou sezi wè jan Jewova demontre lanmou fidèl li genyen an plizyè fason, e li pa janm sispann fè sa. Pawòl yo repete chak fwa ki di “paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan” ban nou asirans Bondye ap toujou renmen pèp li a. Se pa ti ankourajan sa ankourajan pou n konnen Jewova pap kouri abandone sèvitè l yo! Okontrè, li atache ak moun k ap sèvi l yo, e li ret bò kote yo sitou nan moman ki difisil. Lefètke nou konnen Jewova ret bò kote n, sa ban nou kè kontan ak fòs nou bezwen pou n fè fas ak pwoblèm nou genyen e pou n kontinye mache sou chemen lavi a. — Sòm 31:7. w21.11 4 § 9-10.
Madi 17 janvye
Pa kite anyen boulvèse kè nou. Demontre nou gen lafwa. — Jan 14:1.
Èske pafwa ou konn santi w pè lè w ap panse ak yon seri evènman ki gen pou rive, tankou destriksyon fo relijyon, atak Gòg ki sot nan peyi Magòg, ak lagè Amagedon? Èske w janm mande tèt ou: ‘Èske m ap kapab rete fidèl lè evènman terib sa yo rive?’ Si w konn poze tèt ou kesyon sa yo, pawòl Jezi te di nou jwenn nan tèks pou jounen an ap itil ou anpil. Jezi te di disip li yo: “Pa kite anyen boulvèse kè nou. Demontre nou gen lafwa.” Si lafwa nou djanm, l ap ede nou rete kalm san nou pa pè demen. Fason nou aji kounye a lè lafwa nou ap pase anba eprèv ap ede n konnen sa n bezwen travay lakay nou pou lafwa nou vin pi solid pou n ka andire eprèv n ap gen pou n jwenn pi devan. Chak fwa nou andire yon eprèv, lafwa nou vin pi djanm, e sa ap ede n pou n fè fas ak lòt eprèv. w21.11 20 § 1-2.
Mèkredi 18 janvye
Lè m fèb, se atò m gen pisans. — 2 Kor. 12:10.
Apot Pòl te ankouraje Timote, e anmenmtan tout kretyen, pou yo akonpli sèvis yo nèt (2 Tim. 4:5). Men, sa konn difisil pafwa. Pa egzanp, panse ak frè n ak sè n k ap viv nan peyi kote yo met restriksyon sou travay n ap fè a oswa yo menm entèdi l. Sèvitè Jewova yo oblije fè fas ak divès kalite pwoblèm ki ta ka fè yo dekouraje. Pa egzanp, anpil nan yo pase plizyè èdtan ap travay jis pou bay fanmi yo sa yo gen bezwen. Yo ta renmen fè plis nan travay predikasyon an, men, nan fen semèn nan, yo santi yo faya. Gen lòt ki pa ka fè anpil nan sèvis y ap bay Jewova a akoz yo oblije viv ak yon maladi oswa yo granmoun anpil, e yo ka menm oblije ret lakay yo. Gen lòt menm, se toutan y ap goumen ak santiman kòmkwa yo pa vo anyen. Kèlkeswa sitiyasyon nou, Jewova kapab ban nou fòs pou n rive fè fas ak pwoblèm nou genyen e pou n fè tout sa n kapab pou n kontinye sèvi l. w21.05 20 § 1-3.
Jedi 19 janvye
Nou pa dwe [...] sal non Bondye nou an. — Lev. 19:12.
Pafwa lòt moun ka fè presyon sou nou pou n antre nan yon seri aktivite k ap anpeche n adore Jewova jan l vle nou fè sa. Lè konsa, nou gen yon desizyon enpòtan pou n pran. Ann wè yon prensip enpòtan nou jwenn nan Levitik 19:19. Men sa yon pati nan vèsè a di: “Nou pa dwe mete yon rad ki fèt ak twal ki tise ak de kalite fil.” Lwa sa a te ede moun wè kiyès ki te Izrayelit e kiyès ki te moun lòt nasyon ki te ozalantou yo. Jodi a, pa gen anyen ki mal pou yon kretyen met yon rad koton ki melanje ak polyestè, oswa yon rad lenn ki melanje ak reyon. Men, nou pa vle sanble ak moun kwayans yo ak fason yo aji depaman ak sa Bib la anseye. Nòmalman, nou renmen fanmi nou e nou renmen pwochen nou. Sepandan, lè nou gen desizyon enpòtan pou n pran nan lavi nou, n ap chwazi obeyi Jewova, nou pap aji menm jan ak lòt moun yo. Li vrèman enpòtan pou n fè sa si n ap fè efò pou n vin sen. — 2 Kor. 6:14-16; 1 Pyè 4:3, 4. w21.12 5 § 14; 6 § 16.
Vandredi 20 janvye
Pòt ki mennen nan lavi a se yon pòt ki jis, e wout ki mennen nan lavi a se yon wout ki jennen. — Mat. 7:14.
Nou kapab jwenn wout ki mennen nan lavi a. Men sa Jezi te di: “Si nou rete nan pawòl mwen, nou se disip mwen toutbonvre, n ap konnen laverite, e laverite ap libere nou.” (Jan 8:31, 32). Se yon bon bagay lefètke w pa t annik fè sa pifò moun ap fè. Okontrè, ou te chèche laverite. Ou te pran tan pou w byen etidye Pawòl Bondye a pou w chèche konnen ki sa l vle n fè, e w te aplike sa Jezi te anseye yo. Ou te aprann Jewova vle n vire do bay ansèyman fo relijyon e pou n sispann fete yon seri fèt ki soti nan relijyon sa yo. Ou te aprann tou li ka pa fasil pou n fè sa Jewova vle n fè e pou n sispann fè yon seri bagay ki pa fè l plezi (Mat. 10:34-36). Li ka pa t fasil pou w te fè chanjman sa yo. Men, ou te kontinye fè sa paske w renmen Papa w ki nan syèl la. Se pa ti kontan Jewova dwe kontan lè l ap gade w! — Pwo. 27:11. w21.12 22 § 3; 23 § 5.
Samdi 21 janvye
Pitit mwen, koute m, epi aksepte sa m di w yo. — Pwo. 4:10.
Moyiz se yon bon egzanp antanke moun ki te aksepte yo korije l apre l te fin fè yon gwo erè. Yon lè, li te fache e li pa t onore Jewova. Poutèt sa, Moyiz te pèdi privilèj pou l te antre nan Peyi Bondye te pwomèt la (Nonb 20:1-13). Lè Moyiz te mande Jewova pou l kite l antre nan peyi a, Jewova te di l: “Pinga w janm pale sou sa avè m ankò.” (Det. 3:23-27). Moyiz pa t fache pou sa. Okontrè, li te aksepte desizyon Jewova te pran an e Jewova te kontinye sèvi avè l pou gide pèp Izrayèl la (Det. 4:1). Moyiz te aksepte konsèy, e li se bon egzanp pou nou imite. Moyiz te montre li te aksepte konsèy Jewova te ba li a lefètke l te rete fidèl, menm apre l te fin pèdi yon privilèj li te renmen anpil. N ap jwenn byenfè lè n suiv egzanp Moyiz te bay antanke moun ki te fidèl (Pwo. 4:11-13). Gen anpil nan frè n ak sè n yo ki fè sa. w22.02 11 § -10.
Dimanch 22 janvye
Epi dlo koule nan je Jezi. — Jan 11:35.
Nan ane 32 epòk nou an, nan sezon ivè, Laza yon bon zanmi Jezi te malad e li te mouri (Jan 11:3, 14). Mesye sa a te gen de sè, Mari ak Mat, e Jezi te renmen fanmi sa a anpil. Lè Mat te aprann Jezi ap vini, li te kouri al rankontre l. Imajine jan Mat te tris lè l te di: “Seyè, si w te la, frè m nan pa t ap mouri non.” (Jan 11:21, 32, 33). Se sèten, dlo te koule nan je Jezi lè l te wè jan Mari ak Mat ap soufri lefètke frè yo a te mouri. Si w pèdi yon moun ou renmem, Jewova konprann jan w santi w. Jezi “se pòtre egzak” Papa l (Ebre 1:3). Lè Jezi te kriye a, li te montre jan Jewova santi l lè yon moun nou renmen mouri (Jan 14:9). Si w ap soufri lefètke w gen yon moun pa w ki mouri, ou mèt gen asirans nonsèlman Jewova wè soufrans ou, men tou, kè l fè l mal pou ou. Li vle geri kè w k ap fann. — Sòm 34:18; 147:3. w22.01 15 § 5-7.
Lendi 23 janvye
Yon moun gen lafwa apre l fin tande pawòl la. — Wom. 10:17.
Si w pran tan pou w pale ak Jewova, pou w koute l, e pou w panse ak li, sa ap bon pou ou anpil. Premyèman, w ap pran pi bon desizyon. Men asirans Bib la ban nou: “Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès.” (Pwo. 13:20). Dezyèmman, w ap vin yon pi bon anseyan. Lè n ap etidye Labib ak yon moun, youn nan objektif ki pi enpòtan nou genyen, se ede l vin pwòch ak Jewova. Plis nou pale ak Papa nou ki nan syèl la, se plis n ap renmen l e n ap vin pi kalifye pou n aprann etidyan an renmen l. Jezi bay yon bèl egzanp nan sans sa a. Li te tèlman pale an byen de Papa l, sa te fè disip fidèl li yo vin renmen Jewova tou (Jan 17:25, 26). Twazyèmman, lafwa w ap vin pi djanm. Reflechi ak sa k rive lè w mande Bondye pou l gide w, pou l konsole w oswa pou l ede w. Chak fwa Jewova reponn priyè sa yo, ou vin gen plis lafwa nan li — 1 Jan 5:15. w22.01 30 § 15-17.
Madi 24 janvye
Retire ansyen pèsonalite a sou nou ansanm ak abitid li yo. — Kol. 3:9.
Jewova mande nou pou n elimine move panse ak move abitid nou genyen paske li renmen nou anpil e li vle nou byen pwofite lavi a (Eza. 48:17, 18). Li konnen moun ki pa fè efò pou yo konbat move dezi yo genyen se tèt yo yo fè mal e yo fè lòt moun soufri. Sa fè Jewova mal lè l wè n ap fè yon seri bagay ki fè n soufri e ki fè lòt moun soufri. Lefètke n ap fè efò pou n fè chanjman nan pèsonalite nou, pafwa kèk zanmi nou ak kèk moun nan fanmi nou ka pase n nan rizib (1 Pyè 4:3, 4). Yo ka di nou gen dwa pou n fè sa n vle e nou pa ta dwe kite lòt moun di n sa pou n fè. Men, moun ki vire do bay prensip Jewova yo pa gen libète vre. An reyalite, yo kite monn Satan ap dirije a detenn sou yo (Wom. 12:1, 2). Nou tout gen yon chwa pou n fè: Swa nou kite ansyen pèsonalite a sou nou, kote se peche ak monn Satan an k ap mennen nou, oswa nou kite Jewova chanje nou pou n vin yon pi bon moun depi kounye a. — Eza. 64:8. w22.03 3 § 6-7.
Mèkredi 25 janvye
Pawòl Bondye a vivan e li pisan, li pi file pase yon epe ki file de bò [...], e li kapab rive wè panse ak entansyon ki nan kè yon moun. — Ebre 4:12.
Lè n medite sou Pawòl Bondye a, sa ede n byen reyaji lè jwenn pwoblèm. Ann wè ki jan Bib la te ede yon vèv ki te nan lapenn. Yon ansyen te ede l wè gen bonjan leson li kapab aprann nan liv Jòb la. Pandan sè a t ap li liv Jòb la, premye sa l te fè se te kritike Jòb poutèt fason Jòb te panse a pa t bon. Nan tèt li, li te menm di l: “Jòb! Ou pa dwe negatif konsa!” Men, annapre li te rann li kont li te aji egzakteman menm jan ak Jòb. Sa te ede l pou l korije fason l panse e sa te ba l fòs pou l fè fas ak soufrans l ap andire lefètke l pèdi mari l. Yon lòt fason Jewova ban nou fòs se pa mwayen frè n ak sè n yo. Pòl te fè konnen se pa ti anvi l te anvi wè frè ak sè yo “pou youn ka ankouraje lòt”. — Wom. 1:11, 12. w21.05 22 § 10-11; 24 § 12.
Jedi 26 janvye
Pandan sèt jou, n ap selebre fèt sa a pou Jewova, Bondye nou an, kote Jewova chwazi a. — Det. 16:15.
Nou adore Jewova lè n asiste reyinyon yo. Men sa yo te di Izrayelit nan tan lontan yo: “Pandan twa fwa nan ane a, tout gason ki nan pèp la dwe parèt devan Jewova, Bondye nou an, kote li chwazi a.” (Det. 16:16). Izrayelit sa yo te dwe kite kay yo ak jaden yo san pa t gen okenn moun k ap siveye yo. Sepandan, men pwomès Jewova te fè yo: “Pa gen moun k ap gen tanta sou peyi nou an lè nou monte pou n parèt devan Jewova, Bondye nou an.” (Egz. 34:24). Izrayelit sa yo ki te gen lakrentif pou Jewova te met tout konfyans yo nan li e yo te konn asiste fèt ki te konn fèt chak ane yo. Konsa, yo te kapab jwenn anpil benediksyon. Pa egzanp, yo te vin pi byen konprann Lwa Bondye a, yo te medite sou bonte Bondye genyen, e yo te kontan pase tan ak kwayan parèy yo. Nou jwenn menm benediksyon sa yo tou lè n fè tout sa n kapab pou n asiste reyinyon yo. Epitou, reflechi sou jan Jewova kontan lè l wè n vin nan reyinyon, nou prepare pou n fè kèk bon kòmantè tou kout ak tout kè n. w22.03 22 § 9.
Vandredi 27 janvye
Li anmezi pou l pote moun ki anba eprèv yo sekou. — Ebre 2:18.
Jewova t ap prepare Jezi pou wòl li t ap gen pou l jwe antanke Gran Prèt. Jezi te konnen jan sa difisil pou yon moun obeyi Bondye anba gwo eprèv. Li te tèlman santi l anba strès, li te priye Jewova “avèk gwo rèl ak dlo nan je” pou mande l èd. Vrèmanvre, piske Jezi te soufri anpil konsa, li ka konprann sitiyasyon nou e “li anmezi pou l pote [nou] sekou” lè nou “anba eprèv”. Nou gen Jewova anpil rekonesans dèske li ban nou yon Gran Prèt ki gen mizèrikòd e ki ka “konprann feblès nou”! (Ebre 2:17; 4:14-16; 5:7-10). Jewova te kite Jezi soufri anpil konsa pou l te ka reponn yon kesyon enpòtan: Èske gen moun k ap ret fidèl ak Jewova lè yo anba gwo eprèv? Satan di non! Li fè konnen se pou enterè lèzòm ap sèvi Bondye, e li kwè yo pa renmen Jewova (Jòb 1:9-11; 2:4, 5). Jezi te rete fidèl e l te montre aklè Satan se yon mantè. w21.04 16-17 § 7-8.
Samdi 28 janvye
Kidonk, ale, epi fè disip [...]. Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo. — Mat. 28:19, 20.
Anvan yon etidyan Labib batize, li dwe aplike sa Bib la anseye. Lè yon etidyan aplike sa l ap aprann yo, li vin sanble ak “moun ki prevwayan” ki nan egzanp Jezi te bay la ki te fouye byen fon pou l bati kay li sou wòch karyann ki djanm (Mat. 7:24, 25; Lik 6:47, 48). Ede etidyan an pou l fè chanjman nan lavi l (Mak 10:17-22). Jezi te konnen li t ap difisil pou yon mesye ki rich vann tout sa l posede (Mak 10:23). Epoutan, Jezi te di mesye a pou l fè gwo chanjman sa a nan lavi l. Poukisa? Paske Jezi te gen lanmou pou li. Pafwa, nou ka renka pou n ankouraje yon etidyan aplike sa l ap aprann, paske nou santi li poko pare pou l fè yon chanjman ki nesesè (Kol. 3:9, 10). Men, lè w pa pran tan pou w pale klè sou sa ak etidyan an, li ka pa pran tan pou l kòmanse fè chanjman. Lè w pale sou sa avè l, ou montre w gen sousi pou li. — Sòm 141:5; Pwo. 27:17. w21.06 3 § 3, 5.
Dimanch 29 janvye
Kris […] kite yon modèl pou nou, pou nou suiv tras li pye pou pye. — 1 Pyè 2:21.
Apot Pyè ap pale sitou sou bèl egzanp Jezi bay kòm moun ki te andire soufrans. Sepandan, gen anpil lòt fason nou ka imite Jezi (1 Pyè 2:18-25). An reyalite, tout lavi Jezi, sa vle di tout sa l te di ak tout sa l te fè, se yon egzanp pou nou suiv. Etandone nou enpafè, èske nou ka suiv egzanp Jezi toutbonvre? Wi, nou kapab. Sonje Pyè ankouraje nou pou n “suiv tras [Jezi] pye pou pye”, li pa di pou n suiv tras Jezi yon fason ki pafè. Si nou byen suiv tras Jezi, sa vle di si nou fè tout sa n kapab antanke moun ki enpafè, n ap obeyi pawòl apot Jan te di a. Men sa l te di: “Kontinye mache jan Jezi te mache a.” (1 Jan 2:6). Lè nou suiv tras Jezi, n ap vin pi pwòch ak Jewova. Sa k fè nou ka di sa? Jezi bay yon bèl egzanp sou fason nou ka viv pou n fè Bondye plezi (Jan 8:29). Donk, lè nou suiv tras Jezi, n ap fè Jewova plezi, e nou ka gen asirans Papa nou ki nan syèl la ap vin pwòch ak moun k ap fè anpil efò pou yo vin zanmi l. — Jak 4:8. w21.04 3 § 4-6.
Lendi 30 janvye
Jewova pran plezi nan pèp li a. — Sòm 149:4.
Jewova wè bon bagay nou gen lakay nou, li wè ki kalite moun nou kapab ye e li rale nou vin jwenn li. Si nou ret fidèl avè l, l ap ret pwòch avè n pou toutan (Jan 6:44)! Si nou gen konviksyon Jewova renmen nou e l ap ede nou, n ap anvi sèvi l ak tout kè nou, menm lè nou jwenn pwoblèm nan lavi n. Men, si nou pa fin kwè Bondye gen sousi pou nou, n ap “prèske san fòs”. (Pwo. 24:10.) Lè nou dekouraje e nou vin ap panse Bondye pa renmen nou, nou pap ka reziste kont atak Satan yo (Efe. 6:16). Gen kèk kretyen fidèl nan epòk nou an ki kite dout fè lafwa yo vin fèb. Ki sa nou dwe fè si nou ta kòmanse panse konsa? Nou dwe elimine panse sa yo tousuit! Mande Jewova pou l ede w retire “bagay k ap trakase” w yo nan lespri w e pou w vin gen ‘lapè Bondye bay la k ap pwoteje kè w ak lespri w’. (Sòm 139:23; Flp. 4:6, 7.) Epi, sonje w pa poukont ou. w21.04 20 § 1; 21 § 4-6.
Madi 31 janvye
Bondye [...] ban nou volonte e li ban nou fòs pou nou aji. — Flp. 2:13.
Kòman w te fè vin Temwen Jewova? Premye fwa w te tande “bon nouvèl la”, petèt se te paran w, kòlèg travay ou oubyen yon kamarad lekòl ou ki te preche w, oubyen se pandan Temwen yo t ap preche kay an kay (Mak 13:10). Annapre, gen yon moun ki te pase anpil tan e ki te fè anpil efò pou fè etid avè w. Pandan w t ap fè etid la, ou te vin renmen Jewova e w te aprann li renmen w. Jewova te rale w vin nan laverite, e kounye a, piske w se yon disip Jezi Kris, ou gen esperans pou w viv pou toutan (Jan 6:44). Pa gen dout ou gen Jewova rekonesans lefètke Li te sèvi ak yon lòt moun pou anseye w laverite e Li te aksepte pou w vin youn nan sèvitè L yo. Kounye a, piske nou konn laverite, nou gen privilèj pou nou ede lòt moun pou yo vin jwenn nou sou wout lavi a. Nou ka alèz pou nou preche kay an kay, men, nou ka twouve l difisil pou nou ofri moun etid biblik e pou n fè etid ak yo. w21.07 2 § 1-2.