Fevriye
Mèkredi 1ye fevriye
Jewova toupre tout moun ki rele l. — Sòm 145:18.
Jewova vle tout moun k ap adore l gen kè kontan. Li toupre nou chak, e li wè lè nou santi nou tris oswa dekouraje (Sòm 145:18, 19). Reflechi sou jan Jewova te montre li gen sousi pou pwofèt Eli. Mesye sa a ki te fidèl te viv nan yon epòk difisil nan istwa pèp Izrayèl la. Gen yon seri ènmi ki te gen pouvwa ki te opoze ak Bondye ki t ap pèsekite adoratè Jewova yo avèk raj, e se sitou Eli yo te vize (1 Wa 19:1, 2). Yon lòt bagay ki te ka bay Eli pwoblèm se lefètke li te panse se li menm sèl ki te rete kòm pwofèt k ap sèvi Jewova (1 Wa 19:10). Bondye te fè yon bagay tousuit pou l ede Eli. Jewova te voye yon zanj al bay pwofèt Li a asirans li pa poukò l. Zanj lan te fè Eli konnen te gen anpil lòt Izrayelit ki te kontinye gen lakrentif pou Bondye (1 Wa 19:5, 18)! Jezi te bay disip li yo bonjan asirans kongregasyon an t ap vin tankou yon fanmi pou yo (Mak 10:29, 30). Jewova, Chèf fanmi nou fè pati antanke kretyen an, pwomèt l ap ede moun ki vle sèvi l yo. — Sòm 9:10. w21.06 8-9 § 3-4.
Jedi 2 fevriye
Moun ki soti nan Bondye koute pawòl Bondye. — Jan 8:47.
Anpil moun pa vle koute n paske n sèvi ak Bib la pou n montre gen yon seri bagay relijyon yo ap anseye ki pa laverite. Chèf relijye yo anseye fidèl yo Bondye pini moun ki mechan yo nan lanfè. Yo sèvi ak fo ansèyman sa a pou yo kenbe moun yo anba kontwòl yo. Antanke sèvitè Jewova yo, k ap adore yon Bondye ki gen lanmou, nou ede moun yo konprann ansèyman sa a pa laverite. Chèf relijye yo anseye moun yo tou nanm nan pa ka mouri. Nou montre moun yo aklè ansèyman sa a pa soti nan Bib la. E si ansèyman sa a ta laverite, konnen pa t ap gen rezirèksyon. Kontrèman ak anpil relijyon ki anseye moun yo tout sa k rive nan lavi a te gen pou rive oswa se volonte Bondye, nou anseye moun yo yon moun kapab chwazi sèvi Bondye oswa pa sèvi l. E ki jan chèf relijye yo reyaji? Byen souvan, yo fache anpil! Si n renmen laverite, nou dwe aksepte sa Bondye di (Jan 8:45, 46). Kontrèman ak Satan Ledyab, nou pran pozisyon fèm pou laverite. Nou pa janm fè anyen ki pa ann amoni ak kwayans nou (Jan 8:44). Bondye vle pou moun k ap sèvi l yo “gen degoutans pou sa ki mal” epi pou yo “rete atache ak sa ki byen”, menm jan ak Jezi. — Wom. 12:9; Ebre 1:9. w21.05 10 § 10-11.
Vandredi 3 fevriye
Opoze ak Dyab la, e l ap kouri kite nou. — Jak 4:7.
Ki sa n ta dwe fè si n ta vin rann nou kont nou gen ògèy oswa nou ava? Nou ta dwe fè efò pou nou chanje. Apot Pòl te di moun Dyab la “pran [...] tou vivan” yo ka retire kò yo nan pyèj la (2 Tim. 2:26). Nou pa dwe janm bliye Jewova gen plis pisans pase Satan. Donk, si nou aksepte èd Jewova, n ap ka retire kò nou nan kèlkeswa pyèj oswa pèlen Dyab la tann. Nòmalman, olye pou n ta vin nan sitiyasyon pou n ap retire kò n nan pyèj Satan yo oswa nan pèlen l yo, li t ap pi bon pou nou evite yo tout nèt. Se sèlman grasa èd Bondye n ap kapab fè sa. Donk, sipliye Jewova chak jou pou l ede w wè si vye defo sa yo kòmanse gen efè sou fason w panse ak fason w aji (Sòm 139:23, 24). Pa janm kite vye defo sa yo gen kontwòl ou! Satan gen plizyè milye ane depi l ap pran moun nan pyèj. Talè konsa yo pral mare l, e finalman y ap detwi l (Rev. 20:1-3, 10). Se pa ti tann n ap tann jou sa a! Men, annatandan, nou bezwen veye pou n pa kite Satan pran n nan pyèj. Nou bezwen fè anpil efò pou n pa vin gen ògèy oswa pou n pa vin ava. Ann pran detèminasyon pou n “opoze ak Dyab la, e l ap kouri kite nou”! w21.06 19 § 15-17.
Samdi 4 fevriye
Priye Mèt rekòt la pou l voye travayè nan rekòt li a. — Mat. 9:38.
Jewova kontan lè yon moun aksepte verite ki nan Bib la e lè moun sa a fè lòt moun konnen verite sa a (Pwo. 23:15, 16). Se pa ti kontan Jewova dwe kontan lè l wè jan pèp li a chofe nan travay preche ak anseye a jodi a! Pa egzanp, malgre gen yon pandemi nan lemonnantye pandan ane sèvis 2020 an, te gen 7 705 765 etid biblik ki te fèt, e te gen 241 994 moun ki te vwe Jewova lavi yo e ki te batize. Nouvo disip sa yo, yo menm tou, pral fè etid Labib ak lòt moun e y ap fè lòt disip (Lik 6:40). Se sèten nou fè kè Jewova kontan lè nou anseye moun yo pou yo vin disip. Sa mande gwo efò pou nou fè disip, men, grasa èd Jewova, nou ka patisipe nan anseye lòt moun pou yo renmen Papa nou ki nan syèl la. Èske nou ka fikse objektif pou nou kòmanse omwen yon etid Labib e pou nou kontinye fè l? Nou ka sezi wè rezilta nou jwenn si nou pwofite tout okazyon pou nou ofri moun nou rankontre yo pou n etidye Labib avèk yo. w21.07 6-7 § 14-16.
Dimanch 5 fevriye
Mwen bay lò pa m ak ajan pa m pou kay Bondye m nan paske mwen kontan akoz kay Bondye m nan. — 1 Kwo. 29:3.
Wa David te bay anpil kòb ak anpil bagay ki gen valè li te genyen pou l te ka soutni konstriksyon tanp lan (1 Kwo. 22:11-16). Lè n pa gen fòs ankò pou n patisipe nan pwojè konstriksyon òganizasyon an ap fè, nou ka toujou fè ofrann selon mwayen nou pou n soutni pwojè sa yo. E nou ka kontinye sèvi ak eksperyans nou vin genyen pou n ede jèn yo. Nan kesyon renmen bay, ann pran egzanp apot Pòl. Li te mande Timote pou l akonpaye l nan travay misyonè a, e li te montre jèn gason sa a metòd li te itilize pou l preche e pou l anseye (Tra. 16:1-3). Fòmasyon Pòl te bay Timote a te ede l pou l preche e pou l anseye bon nouvèl la yon fason ki efikas (1 Kor. 4:17). Timote, bò kote pa l, te sèvi ak metòd Pòl te montre l yo pou l ede lòt moun. w21.09 12 § 14-15.
Lendi 6 fevriye
Gen jalouzi ak chirepit nan mitan nou. — 1 Kor. 3:3.
Ki sa n ka aprann nan egzanp Apolòs, ki te yon disip, ak nan egzanp apot Pòl? Yo toule de te konn Ekriti yo byen. Anpil moun te konn mesye sa yo e yo te konn anseye byen. Yo toulede te ede anpil moun vin disip. Men, youn pa t konsidere lòt kòm advèsè (Tra. 18:24). An reyalite, kèk tan apre Apolòs te fin kite Korent, Pòl te ankouraje l pou l retounen nan zòn nan (1 Kor. 16:12). Apolòs te byen sèvi ak kapasite l te genyen yo pou l te preche bon nouvèl la e pou l te ankouraje frè ak sè yo. Yon lòt bagay ki sèten sèke Apolòs te gen imilite. Pa egzanp, pa gen okenn kote nan Bib la ki montre li te vekse lè Akila ak Prisil te “esplike l chemen Bondye a yon fason ki pi egzak toujou”. (Tra. 18:24-28.) Apot Pòl te konnen Apolòs t ap fè yon bon travay. Men, Pòl pa t pè pou moun panse Apolòs te gen plis kapasite pase l. Konsèy Pòl te bay kongregasyon ki te nan vil Korent lan montre li te yon moun ki gen imilite, ki rekonèt limit li e ki rezonab. — 1 Kor. 3:4-6. w21.07 18-19 § 15-17.
Madi 7 fevriye
Anpil moun ap vin jis. — Wom. 5:19.
Adan ak Èv te chwazi dezobeyi Bondye, se sa k fè yo te merite pou Jewova mete yo deyò nan fanmi l. Men, ki sa k t ap rive pitit yo t ap vin genyen yo? Jewova renmen lèzòm, se sa k fè li te pran dispozisyon pou pitit Adan ak Èv ki obeyisan yo vin fè pati fanmi l. Li te fè sa grasa sakrifis sèl Pitit Gason li fè a (Jan 3:16). Grasa sakrifis Jezi a, Bondye adopte 144 000 moun ki fidèl kòm pitit li (Wom. 8:15-17; Rev. 14:1). Mete sou sa, gen plizyè milyon lòt moun ki fidèl k ap fè volonte Bondye ak tout kè yo. Yo gen espwa pou yo vin fè pati fanmi Bondye a apre dènye eprèv la nan fen Rèy mil an an (Sòm 25:14; Wom. 8:20, 21). Depi kounye a, yo rele Jewova, Kreyatè yo a, “Papa”. (Mat. 6:9.) Moun k ap resisite yo tou pral gen posiblite aprann sa Jewova vle yo fè. Moun ki chwazi suiv direksyon li bay pral vin fè pati fanmi l tou. w21.08 5 § 10-11.
Mèkredi 8 fevriye
Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo. — Flp. 1:10.
Apot Pòl te gen responsablite pou l preche, e pandan plizyè dizèn ane, se travay sa a ki te pi enpòtan pou li. Li te preche “ni an piblik ni kay an kay”. (Tra. 20:20.) Anfèt, li te pwofite tout okazyon pou l preche! Pa egzanp, pandan l t ap tann kèk zanmi l nan vil Atèn, li te kòmanse preche yon seri moun ki gen gwo renome bon nouvèl la, e gen kèk nan yo ki te byen reyaji (Tra. 17:16, 17, 34). Menm lè Pòl te nan “chenn”, li te preche moun ki te bò kote l (Flp. 1:13, 14; Tra. 28:16-24). Pòl te byen sèvi ak tan l. Souvan, li te konn envite lòt moun vin preche avè l. Pa egzanp, nan premye vwayaj li antanke misyonè, li te mennen Jan Mak avè l, e nan dezyèm vwayaj li, li te mennen Timote (Tra. 12:25; 16:1-4). Se sèten, Pòl te fè tout sa l kapab pou l te montre mesye sa yo fason pou yo òganize yon kongregasyon, ki jan pou yo ankouraje frè ak sè yo, e ki jan pou yo anseye yon fason ki efikas. — 1 Kor. 4:17. w22.03 27 § 5-6.
Jedi 9 fevriye
Bondye [...] pa lwen okenn nan nou. — Tra. 17:27.
Gen yon seri moun ki pa kwè gen yon Kreyatè paske yo di yo kwè sèlman nan sa yo kapab wè. Epoutan, menm moun sa yo kwè nan yon seri bagay yo pa ka wè, pa egzanp yo kwè van an egziste, paske yo gen prèv sou sa. Kalite lafwa Labib pale de li a gen ladan l yon seri prèv sou lòt “bagay reyèl [moun] pa wè”. (Ebre 11:1.) Sa mande tan ak efò pou nou chèche jwenn prèv, e anpil moun pa enterese fè sa. Yon moun ki pa fè efò pou l chèche jwenn prèv ka annik panse Bondye pa egziste. Gen kèk syantifik, apre yo fin egzamine yon seri prèv, ki vin gen konviksyon se Bondye ki kreye linivè. Anvan sa,yo te annik panse pa gen yon Kreyatè paske yo pa t janm pale yo de kreyasyon an lè yo te nan inivèsite. Sepandan, kounye a yo aprann konnen Jewova e yo vin renmen l. Nou tout dwe ranfòse lafwa n nan Bondye kèlkeswa nivo edikasyon nou. Pèsonn pa ka fè sa pou nou. w21.08 14 § 1; 15-16 § 6-7.
Vandredi 10 fevriye
Jewova bon ak tout moun, mizèrikòd li parèt nan tout sa l fè. — Sòm 145:9.
Jezi te bay parabòl tigason gaspiyè a pou l montre jis nan ki pwen Jewova renmen fè moun mizèrikòd. Tigason sa a te kite lakay li epi li t al “banboche kote l [t] ale a, li [te] gaspiye tout byen l”. (Lik 15:13.) Annapre, li te montre li vrèman regrèt vi imoral li t ap mennen an, li te imilye tèt li e li te retounen lakay li. Ki jan papa l te reyaji? Jezi te di: “Pandan [tigason an te] nan yon bèl distans, papa a wè l, kè l fè l mal pou li, li kouri, li ba l yon akolad e li bo l avèk tandrès.” Papa a pa t imilye pitit gason l lan, okontrè, li te fè l mizèrikòd, li te padone l e li te akeyi l nan fanmi an ankò. Tigason an te fè anpil peche, men, piske l te repanti, papa a te padone l. Papa ki gen mizèrikòd yo pale de li nan egzanp lan reprezante Jewova. Jezi te sèvi ak egzanp touchan sa a pou l montre jan Papa l dispoze padone moun ki peche e ki repanti toutbon. — Lik 15:17-24. w21.10 8 § 4; 9 § 6.
Samdi 11 fevriye
Pou premye fwa, Bondye te dirije atansyon l sou nasyon yo pou l retire yon pèp pou non l nan mitan yo. — Tra. 15:14.
Jodi a, anpil chèf relijye fè tout sa yo kapab pou yo anpeche moun konnen Bondye gen yon non. Yo retire non sa a nan tradiksyon Labib yo genyen yo, e gende lè, yo entèdi moun sèvi ak non sa a nan legliz yo. Li klè, se sèl Temwen Jewova yo ki montre respè pou non sa a e ki ba l onè li merite. Nou fè plis efò pase nenpòt lòt relijyon pou n ede moun yo konnen non Bondye. Konsa, nou fè tout sa nou kapab pou n viv ann amoni ak non nou pote a: Temwen Jewova (Eza. 43:10-12). Nou pwodui plis pase 240 milyon Labib — Tradiksyon monn nouvo a, ki mete non Jewova kote lòt tradiktè Labib yo retire non sa a. Epitou nou pwodui piblikasyon ki baze sou Bib la ki itilize non Jewova. Piblikasyon sa yo disponib nan plis pase 1 000 lang! w21.10 20-21 § 9-10.
Dimanch 12 fevriye
Si yon frè nou ta vin pòv [...], nou pa dwe fè kè nou di, ni nou pa dwe fè chich ak frè nou ki vin pòv la. — Det. 15:7.
Nou adore Jewova lè n ede kretyen parèy nou ki nan bezwen. Jewova te pwomèt li t ap rekonpanse Izrayelit ki te montre yo donan ak moun ki pòv yo (Det. 15:10). Vrèmanvre, chak fwa n ede yon frè n oswa yon sè n ki nan bezwen, Jewova wè sa kòm yon kado nou ba Li (Pwo. 19:17). Pa egzanp, lè kretyen nan vil Filip yo te voye yon kado bay Pòl ki te yon prizonye, Pòl te di se “yon sakrifis agreyab ki fè Bondye plezi”. (Flp. 4:18.) Panse ak frè ak sè nan kongregasyon an, epi mande tèt ou: ‘Èske gen yon moun mwen ka ede?’ Jewova kontan lè l wè n sèvi ak tan nou, fòs nou, kapasite nou ak sa nou posede pou n ede moun ki nan bezwen. Li konsidere sa fè pati adorasyon n ap ba li a (Jak 1:27). Vrè adorasyon an mande tan ak efò. Men, li pa yon chay (1 Jan 5:3). Sa k fè sa? Nou fè sa paske n renmen Jewova e paske nou renmen frè ak sè n yo. w22.03 24 § 14-15.
Lendi 13 fevriye
[Li] fè solèy li leve ni sou moun ki mechan ni sou moun ki bon. — Mat. 5:45.
Si n pa konn ki pwoblèm frè n ak sè n yo genyen, nou pap kapab montre nou gen konpasyon pou yo. Pa egzanp, yon sè ka gen gwo pwoblèm sante. Li pa janm pale sou sa, men, li t ap byen kontan jwenn moun ede l. Èske l t ap kontan si yon moun ta ede l fè manje oubyen netwaye kay li? Oubyen tou, yon frè ka pèdi travay li. Èske n pa ta ka ba l yon ti kòb, petèt san nou pa fè l konnen se nou menm ki ba li l, sa ki ta ka ede l jiskaske l jwenn yon lòt travay? Nou pa bezwen tann frè n ak sè n yo mande n ede yo pou n montre nou gen konpasyon pou yo. Menm jan ak Jewova, nou ka ede yo anvan menm yo mande nou sa. Jewova fè solèy la leve chak jou san nou pa mande l! E tout moun byen pwofite solèy la, kit yo montre yo gen rekonesans kit yo pa montre sa. Lefètke Jewova ban nou sa n bezwen, li montre li renmen nou. Se pa ti renmen nou renmen Jewova poutèt li bon anpil e li renmen bay! w21.09 22-23 § 12-13.
Madi 14 fevriye
Ou bon e w dispoze padone, o Jewova. Ou demontre lanmou fidèl ou genyen an pou tout moun ki envoke non w. — Sòm 86:5.
Lanmou fidèl Bondye genyen an fè l renmen padone. Lè Jewova wè yon moun ki peche repanti e li sispann fè move bagay li te konn fè yo, lanmou fidèl Li genyen an pouse l padone moun sa a. Men sa David, youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo, te di konsènan Jewova: “Li pa trete nou dapre peche nou fè, ni li pa fè nou sibi sa nou merite pou erè nou yo.” (Sòm 103:8-11). David te byen konnen jan n ka santi n koupab e nou ka santi n tris si konsyans nou ap kale nou, paske l te viv sa. Men, li te aprann tou Jewova “dispoze padone”. Ki sa k pouse Jewova padone? Nou jwenn repons lan nan tèks pou jounen an. Vrèmanvre, jan David te di nan priyè l te fè a, Jewova padone paske li gen anpil lanmou fidèl pou tout moun ki envoke non l. Lè nou peche, li nòmal e li menm bon pou n santi n gen remò. Sa ka pouse n repanti epi chanje move fason n te konn aji. w21.11 5 § 11-12.
Mèkredi 15 fevriye
Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen. — Mat. 6:9.
Jewova renmen non l e li vle pou tout moun respekte non sa a (Eza. 42:8). Men, sa gen anviwon 6 000 an depi y ap lage vèni sou non l (Sòm 74:10, 18, 23). Sa te kòmanse lè Dyab la (ki vle di “Medizan”) te akize Bondye kòmkwa li anpeche Adan ak Èv jwenn yon bagay yo te bezwen (Jen. 3:1-5). Depi lè sa a, y ap akize Jewova kòmkwa li anpeche lèzòm jwenn sa yo vrèman bezwen. Lefètke yo te lage vèni sou non Papa Jezi, sa te bay Jezi anpil pwoblèm. Se sèl Jewova ki gen dwa pou l dirije syèl la ak tè a, e pa gen dout, se fason li dirije a ki bon (Rev. 4:11). Men, Dyab la eseye twonpe zanj yo ak lèzòm pou l fè yo panse Bondye pa gen dwa sa a. Talè konsa, pwoblèm nan pral rezoud yon fwa pou tout. Tout moun pral wè aklè se fason Jewova dirije a ki bon, e se sèlman Wayòm li an ki kapab met lapè ak sekirite toutbon sou tè a. w21.07 9 § 5-6.
Jedi 16 fevriye
M ap toujou kontan poutèt Jewova, m ap toujou kontan poutèt Bondye delivrans mwen an. — Aba. 3:18.
Li nòmal pou yon chèf fanmi vle bay madanm li ak pitit li manje, rad ak yon kote pou yo rete. Èske afè w pa bon? Si se ka pa w, se sèten sa pa fasil. Men, menmsi bagay yo pa fasil pou ou, ou ka pwofite sitiyasyon sa a pou w ranfòse lafwa w. Priye Jewova, li pawòl Jezi te di nou jwenn nan Matye 6:25-34 yo epi medite sou yo. Reflechi sou eksperyans kèk frè ak sè fè jodi a ki montre Jewova pran swen moun ki ret okipe nan sèvis y ap ba li a (1 Kor. 15:58). Si w fè sa, w ap vin gen konviksyon Papa w ki nan syèl la ap ede w menm jan l te ede moun ki te nan menm sitiyasyon avè w. Li konnen sa w bezwen, e li konnen ki jan pou l fè w jwenn li tou. Lè w wè jan Jewova ap ede w nan lavi w, sa ap fè w vin gen plis lafwa, e sa ap prepare w pou lòt eprèv ki pi difisil w ap gen pou jwenn pi devan. w21.11 20 § 3; 21 § 6.
Vandredi 17 fevriye
Si yon moun ta fè yon peche, nou gen yon èd bò kot Papa a, se Jezi Kris. — 1 Jan 2:1.
Ansèyman sou ranson an te fè lafwa anpil kretyen vin pi djanm. Yo te kontinye preche malgre opozisyon e yo te andire tout kalite eprèv pandan tout vi yo. Ann pran egzanp apot Jan. Sanble li te fè plis pase 60 an ap preche laverite sou Kris ak ranson an. Lè l te prèske gen 100 an, dirijan women yo te tèlman konsidere l kòm yon menas pou gouvènman yo a, yo te egzile l sou zile Patmòs. Ki krim li te fè? Li “t ap pale de Bondye e [li] t ap bay temwayaj sou Jezi”. (Rev. 1:9.) Ala yon bèl egzanp Jan bay antanke moun ki te gen lafwa ak andirans! Nan liv Jan te ekri nou jwenn nan Bib la, li te fè konnen li renmen Jezi anpil e li gen anpil rekonesans pou ranson an. Liv sa yo pale de ranson an oswa byenfè lèzòm kapab jwenn grasa ranson an plis pase 100 fwa (Rev. 19:10). Vrèmanvre, Jan te gen anpil rekonesans pou ranson an! w21.04 17 § 9-10.
Samdi 18 fevriye
Nou pa dwe madichonnen yon moun ki soud, nou pa dwe mete yon bagay devan yon moun ki avèg pou nou fè l tonbe. — Lev. 19:14.
Jewova te vle pou pèp li a byen aji ak moun ki andikape yo. Pa egzanp, Izrayelit yo pa t dwe bay yon moun ki soud madichon, kòmkwa pou yo ta fè l menas oswa pou yo ta swete yon bagay mal rive l. Se te yon gwo mechanste lè yo te fè yon moun ki soud sa. Li pa t ka tande sa yo t ap di sou li, donk li pa t ap ka defann tèt li. Epitou, nan Levitik 19:14 la, nou aprann sèvitè Bondye yo pa t “dwe mete yon bagay devan yon moun ki avèg pou [...] fè l tonbe”. Men kòmantè yon liv fè sou moun ki andikape: “Nan Pwòch Oryan tan lontan an, [yo] te konn eksplwate moun sa yo e [yo] te konn maltrete yo.” Petèt te gen kèk moun malveyan ki te konn met yon bagay devan yon moun ki avèg pou fè l tonbe oswa pou yo te ka ri l. Ala mechan! Kòmandman sa a Jewova te bay pèp li a te ede yo wè yo dwe gen konpasyon pou moun ki gen yon andikap. w21.12 8-9 § 3-4.
Dimanch 19 fevriye
Jakòb te vin pè anpil, li te vin boulvèse. — Jen. 32:7.
Jakòb te pè anpil pou frè l la pa t toujou fache kont li. Li te priye Jewova ak tout kè l sou sitiyasyon an. Apre sa, li te voye yon gwo kado pou Ezaou (Jen. 32:9-15). Lè yo te resi rankontre fasafas, Jakòb te montre li gen anpil respè pou Ezaou. Li te bese byen ba devan Ezaou, pa sèlman yon fwa oswa de fwa, men, sèt fwa! Jakòb te gen imilite e li te montre l gen respè pou Ezaou, e sa te ede l fè lapè ak frè l la (Jen. 33:3, 4). Nou aprann yon leson nan fason Jakòb te prepare l pou l rankontre Ezaou, frè l la, ak fason li te konpòte l. Jakòb te mande Jewova avèk imilite pou l ede l. Apre sa, li te aji ann amoni ak priyè l te fè a, lè l te fè tout sa l kapab pou tout bagay byen pase lè l rankontre ak frè l la. Lè de frè yo te rankontre, Jakòb pa t fè diskisyon ak Ezaou pou l te chèche montre kiyès ki te gen rezon e kiyès ki te gen tò. Objektif Jakòb se te fè lapè ak frè l la. Ou kapab suiv egzanp Jakòb. — Mat. 5:23, 24. w21.12 25 § 11-12.
Lendi 20 fevriye
Bondye pi gran pase kè nou, e li konn tout bagay. — 1 Jan 3:20.
Lè w ap reflechi ak Jezi ki te mouri pou peche w, ou ta ka di: ‘Mwen pa merite gwo kado sa a.’ Ki sa k ka fè w panse konsa? Piske n enpafè, kè nou kapab twonpe nou. Li ka fè nou santi nou pa vo anyen oswa moun pa ka renmen nou (1 Jan 3:19). Lè sa rive, nou bezwen sonje “Bondye pi gran pase kè nou”. Lefètke Papa nou ki nan syèl la gen lanmou e li dispoze padone, sa gen plis fòs lontan pase kèlkeswa santiman negatif nou ta ka gen nan kè nou. Nou bezwen fè efò pou n wè tèt nou jan Jewova wè nou. Pou n fè sa, nou dwe etidye Pawòl li a souvan, priye l tanzantan, epi reyini regilyèman ansanm ak sèvitè fidèl li yo. Poukisa l enpòtan anpil pou n fè bagay sa yo? W ap pi byen konprann bèl kalite Jewova genyen yo. W ap vin konprann jis nan ki pwen l renmen w. Lè w medite sou Pawòl Bondye a chak jou, sa ka ede w pi byen reflechi. Konsa, “bagay yo [ap] vin dwat” nan lespri w ak nan kè w. — 2 Tim. 3:16. w21.04 23-24 § 12-13.
Madi 21 fevriye
M ap rele Bondye byen fò e l ap tande m. — Sòm 77:1.
Pou lafwa n vin pi djanm, nou pa dwe annik aprann sèlman. Nou bezwen medite sou sa n ap aprann yo. Reflechi sou eksperyans moun ki te ekri Sòm 77 la te fè. Li t ap enkyete l paske li te santi li menm ak lòt Izrayelit yo te pèdi favè Jewova. Sa te tèlman ap boulvèse l, li pa t menm ka dòmi nan nuit (Vèsè 2-8). Ki sa l te fè? Men sa l te di Jewova: “M ap medite sou tout aksyon w yo, m ap reflechi sou fason w boule ak nou.” (Vèsè 12). Nòmalman, moun ki te ekri sòm nan te byen konnen sa Jewova te fè pou pèp Li a nan tan lontan. Men, mesye sa a, ki t ap enkyete l, t ap mande tèt li: “Èske se bliye Bondye bliye fè nou favè, oubyen èske se fache li fache ki fè li pa demontre mizèrikòd pou nou ankò?” (Vèsè 9). Moun ki te ekri sòm nan te medite sou aksyon Jewova te fè yo e sou jan Jewova te deja montre l gen mizèrikòd ak konpasyon (Vèsè 11). Ki rezilta sa te bay? Moun ki te ekri sòm nan te vin gen konviksyon Jewova pa t ap abandone pèp Li a (Vèsè 15). w22.01 30-31 § 17-18.
Mèkredi 22 fevriye
Pou li, yo tout vivan. — Lik 20:38.
Lefètke li separe ak zanmi l ki mouri yo. Ki jan Jewova santi l lè gason ak fi ki fidèl yo mouri? Se pa ti anvi li anvi wè yo ankò (Jòb 14:15)! Èske w ka imajine jan Jewova sonje Abraram, zanmi l lan (Jak 2:23)? Oswa Moyiz, moun li te pale avè l “fasafas” la (Egz. 33:11)? E se pa ti anvi li dwe anvi tande David ak lòt moun ki te patisipe nan ekri sòm yo k ap chante bèl chante pou fè louwanj pou li (Sòm 104:33)! Byenke zanmi sa yo Jewova genyen yo ap dòmi nan lanmò, li pa bliye yo (Eza. 49:15). Li sonje tout ti detay nan pèsonalite yo. Yon jou, l ap reba yo lavi, l ap kontan tande priyè yo fè ak tout kè yo ankò e l ap aksepte adorasyon y ap ba li. Si w gen yon moun pa w ki mouri, nou swete pawòl sa yo ap konsole w e y ap ankouraje w. Lè rebelyon an te kòmanse nan jaden Edenn, Jewova te konnen bagay yo t ap gen pou yo vin pi mal anvan yo vin pi bon. Jewova rayi wè mechanste, enjistis ak vyolans ki gen nan monn nan jodi a. w21.07 10 § 11; 12 § 12.
Jedi 23 fevriye
Youn pa dwe renmen lòt nan bouch [...], men se pou nou aji avèk senserite pou nou montre sa. — 1 Jan 3:18.
Lè n montre nou renmen frè n ak sè n yo, nou montre nou gen rekonesans pou ranson an tou. Sa k fè sa? Se paske Jezi pa t bay lavi l pou nou sèlman, li te bay lavi l pou frè n ak sè n yo tou. Si l te dispoze mouri pou yo, sa montre aklè yo gen anpil valè pou li (1 Jan 3:16-18). Se fason nou aji ak frè n ak sè n yo k ap montre si nou renmen yo (Efe. 4:29, 31–5:2). Pa egzanp, nou ede yo lè yo malad oswa lè yo anba gwo eprèv, san wete lè gen katastwòf natirèl. Men, ki sa n ta dwe fè lè yon frè oswa yon sè di oswa fè yon bagay ki fè nou mal? Èske w konn twouve l difisil pou w padone (Lev. 19:18)? Si sa konn rive w, suiv konsèy ki vin annapre a: “Menmsi yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt, se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè l. Menm jan Jewova padone nou ak tout kè l, nou menm tou, nou dwe fè menm jan an.” (Kol. 3:13). Chak fwa n padone frè n oswa sè n, nou montre Papa nou ki nan syèl la nou gen anpil rekonesans pou ranson an. w21.04 18 § 12-13.
Vandredi 24 fevriye
Itilize don [w] resevwa a pou [w] sèvi lòt moun. — 1 Pyè 4:10.
Nou gendwa ap travay di pou Jewova, e nou gendwa ede anpil moun fè pwogrè pou yo batize, men, nou rann nou kont se sèlman paske Jewova ede nou ki fè n rive fè sa. Yon lòt leson nou aprann nan egzanp Apolòs ak apot Pòl, sèke plis nou gen responsablite nan kongregasyon an, se plis nou gen posiblite pou n travay pou gen lapè. Nou vrèman gen rekonesans lè frè ki responsab yo travay pou gen lapè ak tèt ansanm nan kongregasyon an! Yo fè sa lè yo sèvi ak Pawòl Bondye a pou yo bay konsèy e lè yo pa chèche atire atansyon sou tèt yo, men pito, sou Kris Jezi, modèl nou an (1 Kor. 4:6, 7)! Nou chak gen talan oswa kapasite Bondye ban nou. Nou gendwa panse sa nou fè pa vrèman enpòtan. Men, tout ti sa nou fè pou pèmèt gen tèt ansanm, sanble ak ti pwen kouti ki pèmèt yon rad ret kole. Se pou n kontinye fè anpil efò pou n elimine kèlkeswa tandans nou genyen pou n fè konpetisyon ak lòt moun. Ann pran detèminasyon pou n fè tout sa nou kapab pou n travay pou gen lapè ak tèt ansanm nan kongregasyon an. — Efe. 4:3. w21.07 19 § 18-19.
Samdi 25 fevriye
Frè w la ap leve. — Jan 11:23.
Ou mèt gen asirans w ap rewè moun ou renmen ki mouri yo. Lefètke Jezi te kriye lè l t ap konsole zanmi l yo ki te nan gwo lapenn, se yon prèv ki montre li anvi resisite moun ki mouri yo (Jan 11:35)! Ou kapab ede moun ki nan lapenn. Nonsèlman Jezi te kriye ansanm ak Mat ak Mari, men, li te koute yo tou e li te konsole yo (Jan 11:25-27). Nou menm tou, nou kapab fè menm jan an pou moun ki nan gwo lapenn. Men sa Dàn, yon ansyen k ap viv nan peyi Ostrali, di: “Apre lanmò madanm mwen, mwen te bezwen èd. Gen plizyè mari ak madanm ki te dispoze koute m lajounen kou lannuit. Yo te kite m pale pou m di jan m santi m e yo pa t jennen lè m t ap kriye. Yo te ede m fè yon seri bagay tou lè m te santi m pa ka fè yo, tankou lave machin mwen, al achte, epi fè manje pou mwen. Yo te konn priye avè m souvan. Yo te montre yo se bon zanmi e yo se bonjan frè mwen te ka ‘konte sou yo lè gen malè’.” — Pwo. 17:17. w22.01 16 § 8-9.
Dimanch 26 fevriye
Moun ki koute disiplin k ap bay lavi a santi l lakay li nan mitan moun ki gen sajès yo. — Pwo. 15:31.
Jewova vle sa ki pi bon pou nou an (Pwo. 4:20-22). Li montre li renmen nou, lè li ban nou konsèy pa mwayen Pawòl li a, pa mwayen yon piblikasyon ki baze sou Bib la oswa yon kretyen parèy nou ki gen matirite (Ebre 12:9, 10). Konsantre sou konsèy la, pa konsantre sou fason yo ban nou l lan. Pafwa, nou ka santi se pa t pi bon fason pou yo te ban nou l. Nòmalman, kèlkeswa moun k ap bay konsèy la ta dwe fè efò, toutotan sa posib, pou l bay li yon fason ki fasil pou moun aksepte l (Gal. 6:1). Men, si se nou menm k ap resevwa konsèy la, li ta bon pou n konsantre sou sa yo di nou an, menmsi nou santi yo te kapab di nou l yon pi bon fason. Nou ka mande tèt nou: ‘Menmsi m pa renmen fason yo ban m konsèy la, èske gen yon bagay m ka aprann nan sa yo di m nan? Èske m ka pa konsantre sou enpèfeksyon moun ki bay konsèy la, epi aksepte konsèy li ban m nan?’ Li t ap bon pou n chèche byen pwofite kèlkeswa konsèy nou resevwa. w22.02 12 § 13-14.
Lendi 27 fevriye
Rapèl Jewova yo merite pou yo fè yo konfyans, yo fè moun ki pa gen eksperyans yo vin saj. — Sòm 19:7.
Jewova konnen sa ap pran tan e n ap bezwen fè efò pou n elimine move panse ak move abitid nou genyen (Sòm 103:13, 14). Sepandan, Jewova sèvi ak Pawòl li a, ak lespri sen e ak òganizasyon l lan pou l ban nou sajès e pou l ban nou fòs ak èd nou bezwen pou n chanje moun nou ye a. Sèvi ak Bib la pou w byen egzamine tèt ou. Pawòl Bondye a tankou yon glas. Li kapab ede w egzamine fason w panse, fason w pale ak fason w aji (Jak 1:22-25). Epi, Jewova toujou pare pou l ede w. Li konn pi bon fason pou l fè sa. Li konnen sa k nan kè w (Pwo. 14:10; 15:11). Kidonk, pran abitid priye l epi etidye Pawòl li a chak jou. Ou bezwen gen konviksyon se prensip Jewova yo ki pi bon. Nou ka jwenn byenfè nan tout sa Jewova mande nou fè. Moun ki suiv prensip Jewova yo respekte tèt yo, yo gen yon objektif nan lavi a e yo gen kè kontan toutbon. — Sòm 19:8-11. w22.03 4 § 8-10.
Madi 28 fevriye
Fikse kè w sou mi l yo ki byen solid. Byen egzamine fòtrès li yo, pou w ka pale de li ak jenerasyon k ap vini yo. — Sòm 48:13.
Nou adore Jewova lè n konstwi lokal pou moun adore l e lè n pran swen lokal sa yo. Bib la di lè yo t ap fè tabènak la ak mèb ki te ladan l yo se te yon “travay sakre”. (Egz. 36:1, 4.) Jodi a tou, Jewova konsidere travay konstriksyon Sal Wayòm yo ak lòt lokal pou òganizasyon an kòm yon sèvis sakre. Gen kèk frè ak sè ki pase anpil tan nan travay sa yo. Èske nou pa apresye travay enpòtan sa a y ap fè pou Wayòm nan? Se sèten, yo patisipe tou nan travay predikasyon an. Gen kèk nan yo ki ka menm vle vin pyonye. Ansyen nan kongregasyon yo ka montre y ap soutni aktivite konstriksyon k ap fèt yo lè yo pa renka pou yo aksepte frè ak sè sa yo k ap travay di vin pyonye lè yo kalifye pou sa. Kit nou fò nan konstriksyon kit nou pa fò, nou tout ka patisipe nan kenbe lokal yo pwòp e nan bon kondisyon. w22.03 22 § 11-12.