Desanm
Vandredi 1ye desanm
Y ap tande vwa m. — Jan 10:16.
Jezi te konpare relasyon li gen ak disip li yo ak relasyon sere ki gen ant yon bèje ak mouton l (Jan 10:14). Konparezon sa a byen tonbe. Yon mouton konn vwa bèje l e li fè sa bèje a di l. Gen yon touris ki te viv sa. Men sa l te di: “Nou te vle filme kèk mouton e nou t ap eseye fè yo vin pre nou. Men, yo pa t okipe nou paske yo pa t konn vwa nou. Annapre, gen yon ti bèje ki te vini, e kou l te rele yo, yo te suiv li.” Eksperyans touris sa a te fè a fè n sonje pawòl Jezi te di konsènan mouton l yo, anpalan de disip li yo. Li te di: “Y ap tande vwa m.” Men, piske Jezi nan syèl la, ki jan n ap fè tande vwa l? Youn nan pi bon fason n ap montre nou tande vwa Mèt nou an, se lè nou aplike sa l anseye yo nan lavi nou. — Mat. 7:24, 25. w21.12 16 § 1-2.
Samdi 2 desanm
Tout moun peche, e yo pa rive reflete glwa Bondye. — Wom. 3:23.
Apot Pòl te konn pèsekite kretyen yo avèk raj. Men, annapre, li te rekonèt li te mal aji e li te deside chanje atitid li ak pèsonalite l (1 Tim. 1:12-16). Grasa èd Jewova, Pòl te vin yon ansyen ki renmen moun, ki gen konpasyon e ki gen imilite. Li pa t ret ap reflechi sou mankman l yo. Okontrè, li te gen konfyans Jewova t ap padone l (Wom. 7:21-25). Li pa t atann pou l aji yon fason ki pafè. Okontrè, li te fè anpil efò pou l amelyore pèsonalite l antanke kretyen e pou l konte sou èd Jewova avèk imilite pou l fè travay li (1 Kor. 9:27; Flp. 4:13) Yo pa nome frè yo ansyen paske yo pafè. Sepandan, Jewova atann pou ansyen yo admèt erè yo fè e pou yo amelyore pèsonalite yo antanke kretyen (Efe. 4:23, 24). Yon ansyen dwe sèvi ak Pawòl Bondye a pou l egzamine tèt li e pou l fè nenpòt chanjman ki nesesè. Lè sa a Jewova ap ede l pou l gen kè kontan e pou l rive fè travay li byen. — Jak 1:25. w22.03 29-30 § 13-15.
Dimanch 3 desanm
Sispann jije. — Mat. 7:1.
Ki sa n dwe fè si n rann nou kont nou te jije yon kwayan parèy nou? Nou dwe sonje nou dwe renmen frè n ak sè n yo (Jak 2:8). Epitou, nou bezwen priye Jewova ak tout kè n, e nou bezwen sipliye l pou l ede n pou n sispann jije. N ap aji ann amoni ak priyè nou lè n chèche pase tan ak moun nou te kritike a. Nou ka mande l pou l preche ansanm avèk nou, oswa nou ka envite l manje avèk nou. Tank n ap aprann konnen frè nou an oswa sè nou an pi byen, nou kapab fè efò pou n suiv egzanp Jewova ak Jezi lè nou chèche sa ki bon li gen lakay li. Konsa, n ap montre nou obeyi lòd bon bèje nou an ban nou pou nou sispann jije. Menm jan mouton koute vwa bèje yo, se menm jan an tou, disip Jezi yo koute vwa l. Kit nou fè pati “ti twoupo” a oswa “lòt mouton” yo, ann kontinye koute vwa bon bèje a. — Lik 12:32; Jan 10:11, 14, 16. w21.12 19 § 11; 21 § 17-18.
Lendi 4 desanm
[Li] pa koute konsèy granmoun yo te ba li a. — 1 Wa 12:8.
Lè Wobowam te vin wa peyi Izrayèl, pèp la te vin kote l pou yo mande l yon bagay. Yo te mande l pou l fè chay Salomon, papa l, te met sou do yo a vin lejè. Se yon bon bagay lefètke Wobowam t al pale ak mesye ki granmoun ann Izrayèl yo pou l te konn ki repons li ta dwe bay pèp la. Granmoun yo te di wa a si l fè sa pèp la mande a y ap toujou sèvi l (1 Wa 12:3-7). Sanble Wobowam pa t satisfè ak konsèy sa a, se sa k fè li t al pale ak yon seri mesye ki te grandi ansanm avè l. Yo te di l pou l fè chay la vin pi lou sou do pèp la (1 Wa 12:9-11). Wobowam te ka priye Jewova pou l mande L ki konsèy pou l suiv. Olye l te fè sa, li te koute jèn mesye yo. Bagay yo te vin vire mal pou Wobowam e pou pèp Izrayèl la. Nou menm tou, nou ka resevwa yon konsèy, men se pa konsèy sa a nou ta renmen tande. Sepandan, si l baze sou Pawòl Bondye a, nou ta dwe aksepte l. w22.02 9 § 6.
Madi 5 desanm
Glwa yon jèn se fòs li. — Pwo. 20:29.
Yon moun ki gen imilite e ki rekonèt limit li pap ret ap gade sou eksperyans jèn yo manke, men, l ap rekonèt yo gen fòs. Yo pap wè jèn yo kòm advèsè, men, y ap wè yo kòm konpayon travay yo. Frè ak sè ki granmoun yo konsidere frè ak sè ki pi jèn yo kòm kado Jewova bay e yo gen rekonesans pou travay jèn sa yo ap fè. Pandan fòs frè ak sè ki granmoun yo ap bese, yo kontan wè jèn ki gen fòs yo dispoze fè travay yo te konn fè yo epi sèvi kongregasyon an. Nawomi, yon dam Bib la pale de li ki te granmoun, se yon bèl egzanp moun ki te kontan aksepte èd yon jèn dam te ba li, e l te gen rekonesans pou sa. Okòmansman, Nawomi te ankouraje Rit, yon bèlfi l ki te vèv, pou l te retounen al jwenn pèp li. Men, lè Rit te ensiste pou l t al Betleyèm ansanm avè l, li te aksepte èd Rit (Rit 1:7, 8, 18). Sa te bon anpil pou toule de medam yo (Rit 4:13-16)! Frè ak sè ki granmoun ki gen imilite yo suiv egzanp Nawomi. w21.09 10-11 § 9-11.
Mèkredi 6 desanm
Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou fè ak lanmou nou demontre. — Ebre 6:10.
Papa nou ki nan syèl la konprann sa nou chak kapab fè. Petèt ou kapab gen plis kapasite pase anpil moun ou konnen e w renmen. Oswa ou ka pa ka fè tout sa lòt moun ap fè, petèt akoz laj ou, pwoblèm sante oswa responsablite ou gen nan fanmi w. Men, pa dekouraje (Gal. 6:4). Jewova pap bliye travay ou fè. Toutotan w ap bay sa w genyen ki pi bon an e w fè sa ak bon entansyon, l ap kontan. Jewova menm konnen sa w ta renmen fè. Li vle w gen kè kontan e pou w satisfè ak sa w kapab fè nan adorasyon w ap ba li a. Nou gentan santi n anpè lefètke n konnen Jewova ede moun k ap adore l yo lè yo gen pwoblèm (Eza. 41:9, 10). Se sèten, nou gen bonjan rezon pou n gen kè kontan lè n ap adore Papa nou an ki renmen nou, ki merite pou tout sa l kreye yo ba l “glwa [ak] onè”! — Rev. 4:11. w22.03 24 § 16; 25 § 18.
Jedi 7 desanm
Mwen fè vit, mwen pa pran tan pou m obeyi kòmandman w yo. — Sòm 119:60.
Nou vle imite Jezi, men nou pa ta dwe dekouraje si nou pa rive imite l yon fason ki pafè (Jak 3:2). Yon apranti pa ka fò menm jan ak moun k ap aprann li metye a. Men, tank l ap aprann nan erè l fè yo e li fè efò pou l byen suiv sa moun k ap aprann li metye a ap montre l, l ap vin pi maton. Menm jan an tou, si nou aplike sa nou aprann nan etid pèsonèl nou fè nan Bib la, nou fè efò pou n korije nenpòt defo nou ta ka genyen, n ap rive suiv modèl Jezi kite pou nou an (Sòm 119:59). N ap viv nan yon monn ki chaje ak moun ki egoyis. Men, sèvitè Jewova yo pa konsa menm. Lè nou wè jan Jezi te dispoze ede lòt moun, sa touche nou anpil, e nou pran detèminasyon pou n suiv egzanp li (1 Pyè 2:21). Pandan n ap fè tout sa n kapab pou nou imite fason Jezi te dispoze ede lòt moun, n ap kontan paske n ap fè Jewova plezi. w22.02 24 § 16; 25 § 18.
Vandredi 8 desanm
Gen kèk nan bagay sa yo ki difisil pou moun konprann. — 2 Pyè 3:16.
Youn nan fason Jewova bay pèp li a enstriksyon jodi a se pa mwayen Labib, Pawòl li a. Si n pran tan pou n medite sou sa Jewova anseye n yo, n ap kapab suiv enstriksyon li ban nou yo e n ap rive fè travay predikasyon an (1 Tim. 4:15, 16). Yon lòt fason Jewova ban nou enstriksyon se pa mwayen “esklav fidèl ki prevwayan an”. (Mat. 24:45.) Pafwa, esklav sa a ka bay enstriksyon nou pa fin konprann. Pa egzanp, nou ka resevwa yon seri enstriksyon byen klè sou fason pou n prepare n pou yon katastwòf natirèl nou panse ki pap rive nan zòn kote n ap viv la. Ki sa n ta dwe fè si n santi enstriksyon yo ban nou yo pa vrèman itil? Reflechi sou istwa nou te li nan Bib la. Pafwa, pèp Bondye a te resevwa enstriksyon ki pa t parèt itil selon pwennvi lèzòm, men ki te sove lavi yo. — Jij 7:7; 8:10. w22.03 18-19 § 15-16.
Samdi 9 desanm
Papa, mwen remèt lespri m nan men w. — Lik 23:46.
Jezi te met tout konfyans li nan Jewova lè l te di pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. Jezi te konnen lavi l nan men Jewova, e li te gen asirans Papa l pa t ap bliye l. Ki sa nou ka aprann nan pawòl Jezi te di yo? Nou bezwen ret fidèl ak Jewova menmsi lavi nou ta an danje. Pou n fè sa, nou dwe “fè Jewova konfyans ak tout kè” nou (Pwo. 3:5). Ann pran egzanp Joshua, yon Temwen Jewova ki te gen 15 an ki te gen yon maladi ki t ap gen pou touye l e ki te nan dènye faz li. Li pa t aksepte yon seri tretman doktè te pwopoze l paske yo pa ann amoni ak sa Pawòl Bondye a di. Men sa l te di manman l yon ti tan anvan l mouri: “Manmi, mwen nan men Jewova. [...] Mwen ka di w sa avèk anpil asirans manmi: Mwen konnen Jewova ap reban m lavi kanmenm lè rezirèksyon an ap fèt. Li konn sa k nan kè m e mwen renmen l anpil.” Li ta bon pou nou chak mande tèt nou: ‘Si m ta gen pou m fè fas ak yon sitiyasyon ki ta met lavi m an danje e ki ta pase lafwa m anba eprèv, èske m t ap remèt lavi m nan men Jewova e m t ap gen konfyans l ap sonje m?’ w21.04 12-13 § 15-16.
Dimanch 10 desanm
Moun ki ankouraje lòt moun ap jwenn ankourajman. — Pwo. 11:25.
Sèvitè Jewova yo jwenn fòs lè yo patisipe nan travay predikasyon an. Lè nou pataje verite ki nan Bib la ak lòt moun, sa ban nou fòs ak kouraj, kit moun yo byen reyaji, kit yo pa byen reyaji. Gen kèk moun, akoz sitiyasyon yo, ki gendwa santi yo pa kapab fè anpil nan travay predikasyon an. Si se konsa w santi w, sonje Jewova kontan lè w fè tout sa w kapab. Jewova wè jan nou anvi patisipe nan travay predikasyon an, menm lè nou oblije ret lakay nou, e li apresye sa. Li kapab fè nou jwenn okazyon pou n bay moun k ap pran swen nou yo oswa doktè yo ak enfimyè yo temwayaj. Si n konpare sa n ap fè kounye a ak sa n te konn fè anvan, nou ka vin dekouraje. Men, si nou konprann jan Jewova ap ede nou kounye a, sa ap ban nou fòs nou bezwen pou n andire nenpòt difikilte ak kè kontan. Nou pa konnen kiyès nan semans verite nou plante yo k ap leve e k ap grandi. — Ekl. 11:6. w21.05 24-25 § 14-17.
Lendi 11 desanm
Poukisa w te meprize pawòl Jewova pou w fè sa ki mal devan je l? — 2 Sam. 12:9.
Piske wa David te vin ava, li te bliye tout sa Jewova te ba li, san wete richès, gwo pozisyon ak laviktwa sou anpil nan ènmi l yo. Rekonesans David te genyen te fè l admèt li “pa t ap kapab” konte kado Bondye ba li yo “tèlman yo anpil”! (Sòm 40:5.) Men, rive yon lè, David te bliye sa Jewova te ba li. Byenke David te vin gen anpil madanm, li te vin anvi madanm yon lòt gason alòske l te konnen Jewova pa vle sa. Dam nan te rele Batcheba e mari l te rele Ouri, li te yon desandan Èt. Piske David te wè tèt li sèlman, li te gen relasyon seksyèl ak Batcheba e Batcheba te vin ansent. David te fè adiltè, yon bagay ki mal. Mete sou sa, li te fè yon bagay ki pi mal toujou, li te fè konplo pou yo touye Ouri (2 Sam. 11:2-15). Sa k te nan tèt David menm? Èske l te panse Jewova pa t ap wè? Byenke David te toujou fidèl ak Jewova, li te kite egoyis fè l vin ava e li te peye sa chè. Men, erezman, rive yon lè, David te rekonèt peche l te fè a e li te repanti. Se pa ti rekonesans li te genyen dèske Jewova te padone l! — 2 Sam. 12:7-13. w21.06 17 § 10.
Madi 12 desanm
Sa pa vle di nou kalifye tèt nou poukont nou [...]. Men, si nou byen kalifye, se nan Bondye sa soti. — 2 Kor. 3:5.
Nou ka panse nou pa kapab fè etid Labib ak moun. Petèt, nou santi nou ta dwe gen plis konesans oswa kapasite antanke anseyan anvan nou fè etid ak yon moun. Si se konsa w santi w, ann wè twa bagay ki kapab fè w vin gen plis asirans. Premyèman, Jewova wè w kalifye pou w anseye lòt moun. Dezyèmman, Jezi ki resevwa “tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a” ba w lòd pou w anseye (Mat. 28:18). E twazyèmman, ou kapab jwenn èd lòt moun. Se sa Papa Jezi te anseye l li te di, ou kapab fè sa tou (Jan 8:28; 12:49). Mete sou sa, ou ka mande siveyan gwoup predikasyon w lan, yon pyonye ki maton, oswa yon pwoklamatè ki gen eksperyans pou ede w kòmanse yon etid Labib e pou w fè etid la. Youn nan fason ou kapab vin gen asirans se lè w mande youn nan pwoklamatè sa yo pou w al fè etid avè l. w21.07 6 § 12.
Mèkredi 13 desanm
Moun ki fidèl nan bagay ki piti ap fidèl tou nan bagay ki gwo, e moun ki pa serye nan bagay ki piti pap serye tou nan bagay ki gwo. — Lik 16:10.
Tank fen monn mechan sa a ap pwoche, nou bezwen gen plis konfyans toujou nan fason Jewova aji. Poukisa? Pandan gwo tribilasyon an, nou ka resevwa enstriksyon ki kapab parèt dwòl, ki ka difisil pou nou aplike oswa ki pa lojik. Nòmalman, Jewova pa pral pale avè n pèsonèlman. Se sèten li pral bay enstriksyon pa mwayen moun li chwazi pou reprezante l yo. Se pap moman pou n gen dout sou enstriksyon nou resevwa oswa pou n ap mande tèt nou: ‘Èske se Jewova vrèman ki bay yo, oubyen èske se frè ki responsab yo k ap fè afè pa yo?’ Ki ja w pral aji nan moman kritik sa a nan istwa lèzòm? Fason w konsidere enstriksyon moun ki reprezante Bondye yo bay jodi a ap ede w jwenn repons lan. Si w fè enstriksyon nou resevwa jodi a konfyans e w dispoze obeyi yo, sandout w ap fè menm bagay la pandan gwo tribilasyon an. w22.02 6 § 15.
Jedi 14 desanm
Ki sa m fè ki ka parèt devan sa nou fè? — Jij 8:2.
Grasa èd Jewova, Jedeyon ak 300 sòlda l yo te pot yon kokennchenn viktwa, sa ki te kapab fè yo vin gen anpil ògèy. Mesye Efrayim yo t al kote Jedeyon. Yo pa t fè sa pou yo te felisite l, men, pou yo te ka fè kont avè l poutèt yo pa t envite yo nan batay la (Jij 8:1). Jedeyon te ba yo yon egzanp klè sou fason Jewova te beni yo. Konsa, mesye yo te “vin kalme”. (Jij 8:3.) Jedeyon te dispoze mete l byen ba pou te ka kontinye gen lapè nan mitan pèp Bondye a. Lè nou reflechi sou fason mesye Efrayim yo te aji a, nou aprann sa k pi enpòtan se onore Jewova se pa onore pwòp tèt nou. Si w se yon chèf fanmi oswa yon ansyen, ou kapab aprann yon leson nan men Jedeyon. Si yon moun fache poutèt yon bagay ou fè, ou ta dwe chèche konprann rezon ki fè l fache a. Ou kapab felisite moun nan tou pou yon bagay li fè byen. Sa ap mande pou nou mete nou byen ba. Men, chèche fè lapè pi enpòtan pase chèche montre se nou menm ki gen rezon. w21.07 16-17 § 10-12.
Vandredi 15 desanm
Annou fè lòm pòtre ak nou. — Jen. 1:26.
Jewova onore nou lefètke li fè nou pòtre ak li. Piske nou fèt pòtre Bondye, nou ka aprann demontre anpil nan bèl kalite li genyen yo. Pa egzanp, nou ka demontre lanmou, konpasyon, fidelite ak jistis (Sòm 86:15; 145:17). Lè nou chèche gen yon seri kalite konsa, nou onore Jewova e nou montre nou genyen l rekonesans (1 Pyè 1:14-16). Lè nou aji yon fason ki fè Papa nou ki nan syèl la plezi, sa fè nou kontan anpil. E piske Jewova fè nou pòtre ak li, li ban nou kapasite pou nou vin kalite moun li vle gen nan fanmi l. Jewova te prepare yon kote espesyal pou nou pou n abite. Byen lontan anvan Jewova te kreye premye moun nan, li te prepare tè a pou lèzòm (Jòb 38:4-6; Jer. 10:12). Piske Jewova bon e li donan, li ban nou anpil bon bagay pou fè kè n kontan (Sòm 104:14, 15, 24). Detanzantan, li te pran tan pou l reflechi sou sa l te kreye yo e li “te wè yo bon”. — Jen. 1:10, 12, 31. w21.08 3 § 5-6.
Samdi 16 desanm
Fwi lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, byenveyans, bonte, lafwa, dousè, metriz. — Gal. 5:22, 23.
Nou tout gen responsablite pou nou preche e pou nou fè disip (Mat. 28:19, 20; Wom. 10:14). Èske w ta renmen vin pi maton nan travay enpòtan sa a? Chèche gen bonjan objektif pandan w ap etidye bwochi Ansèyman an e pandan w ap aplike sa w aprann ladan l yo. Lè w ap panse ak objektif ou ta renmen genyen, ou pa dwe bliye youn nan objektif ki pi enpòtan se chèche gen yon seri kalite ki fè Bondye plezi (Kol. 3:12; 2 Pyè 1:5-8). Se sèten nou tout ta vle fè plis pou Jewova pase sa nou kapab fè kounye a. Nan monn nouvo Bondye pwomèt la, n ap kapab fè tout sa n ta renmen fè nan sèvis Jewova a. Annatandan, si n fè tout sa n kapab pou n pwofite tout okazyon nou jwenn depi kounye a, n ap gen plis kè kontan e nou pap twò santi nou dekouraje. Sa k pi enpòtan toujou, n ap onore Jewova, Bondye nou an “ki gen kè kontan”, e n ap fè louwanj pou li (1 Tim. 1:11). Kidonk, ann chèche gen kè kontan nan savn kapab fè pou Jewova! w21.08 25 § 18-20.
Dimanch 17 desanm
Yon moun k ap pwoche kot Bondye dwe kwè li egziste. — Ebre 11:6.
Si depi w ap grandi ou jwenn paran w Temwen Jewova, se sèten ou te aprann konn Jewova depi lè w toupiti. Yo te aprann ou li se Kreyatè a, li gen anpil bèl kalite e li gen yon objektif pou lèzòm ki montre li renmen yo (Jen. 1:1; Tra. 17:24-27). Sepandan, anpil moun pa kwè Bondye egziste, alewè pou yo ta kwè li se Kreyatè a. Okontrè, moun sa yo kwè lavi annik ret konsa li parèt, epi tikras pa tikras li al nan fòm ki pi konplike yo. Kèk nan moun sa yo se moun ki fè gwo gwo etid. Yo ka fè konnen lasyans montre aklè Labib nan erè e se moun ki pa eklere, ki pa entèlijan oswa ki gen tèt fèb ki kwè gen yon Kreyatè. Kèlkeswa kantite tan nou genyen depi nou Temwen Jewova, nou tout bezwen kontinye ranfòse lafwa nou. Lè nou fè sa, nou pap kite “filozofi ak twonpri ki san valè” moun ki di Pawòl Bondye a ap bay manti ap anseye yo twonpe nou. — Kol. 2:8. w21.08 14 § 1-3.
Lendi 18 desanm
Jewova, Bondye nou an, ou merite pou w resevwa glwa, onè ak pisans. — Rev 4:11.
Abèl, Noye, Abraram ak Jòb ki te montre respè ak lanmou pou Jewova. Yo te obeyi l, yo te gen lafwa nan li e yo te konn ofri l sakrifis. Se sèten yo te fè tout sa yo kapab pou yo onore Jewova, e li te aksepte adorasyon yo te ba li a. Annapre, Jewova te bay Izrayelit yo Lalwa pa mwayen Moyiz. Lwa sa a te gen yon enstriksyon byen klè ladan l sou fason Jewova te vle yo adore l. Apre lanmò Jezi e apre l fin resisite, Jewova pa t mande pou moun obeyi Lalwa li te bay pa mwayen Moyiz la ankò (Wom. 10:4). Kretyen yo te gen pou yo obeyi yon nouvo lwa, anpalan de “lalwa Kris la”. (Gal. 6:2.) Pou yo te obeyi ‘lwa’ sa a, yo pa t bezwen gen yon lis byen long ki pou te di yo sa pou yo fè ak sa pou yo pa fè, men, yo te dwe suiv egzanp Jezi, epi aplike ansèyman l yo. Jodi a tou, kretyen yo dwe fè tout sa yo kapab pou yo suiv egzanp Kris pou yo ka fè kè Jewova kontan e pou yo ka “jwenn fòs”. — Mat. 11:29. w22.03 20-21 § 4-5.
Madi 19 desanm
Byen souvan, li te konn ale nan zòn ki izole pou l priye. — Lik 5:16.
Jewova koute pitit li yo. Lè Pitit Gason Jewova a te sou tè a, Jewova te tande plizyè priyè l te fè. Li te tande priyè Jezi te fè lè l te gen gwo desizyon pou l pran. Pa egzanp, lè l t ap chwazi 12 apot li yo (Lik 6:12, 13). Jewova te tande priyè Jezi te fè tou lè l te boulvèse. Yon ti tan anvan Jida te trayi Jezi, Jezi te priye Papa l ak tout kè l konsènan gwo eprèv li t apral jwenn yo. Nonsèlman Jewova te tande priyè Jezi, men tou, li te voye yon zanj vin ba l fòs (Lik 22:41-44). Jodi a, Jewova kontinye koute priyè sèvitè l yo, li reponn yo nan bon moman, e li fè sa pi bon fason an (Sòm 116:1, 2). Ann wè ki jan yon sè nan peyi End te viv sa pèsonèlman. Li t ap goumen ak gwo strès, e li te priye Jewova ak tout kè l sou sa. Men sa l ekri: “Pwogram Tele JW me 2019 la se te egzakteman sa m te bezwen. Li te pale sou fason pou moun fè fas ak enkyetid ak strès. Se te repons priyè m.” w21.09 21-22 § 6-7.
Mèkredi 20 desanm
Kouri al nan mòn. — Lik 21:21.
Èske w ka imajine jan sa te difisil pou kretyen sa yo te kite prèske tout sa yo te genyen epi rekòmanse lavi yo? Yo te bezwen gen lafwa pou yo te konte sou Jewova pou ede yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv. Men, gen yon bagay ki te kapab ede yo. Senkan anvan Women yo te ansèkle Jerizalèm, apot Pòl te bay Ebre yo kèk konsèy ki t ap itil yo anpil. Men sa l te di: “Se pou fason n ap viv pa gen lanmou pou lajan ladan l. Kontante nou ak sa nou genyen. Paske, li di: ‘Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w.’ Konsa, n ap kapab gen anpil kouraj e n ap kapab di: ‘Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè. Ki sa lòm ka fè m?’” (Ebre 13:5, 6). Pa gen dout, moun ki te koute konsèy Pòl yo anvan Women yo te vin atake te twouve l pi fasil pou yo aprann viv yon fason ki pi senp kote yo t ale a. Yo te gen asirans Jewova t ap fè yo jwenn sa yo te bezwen pou yo viv. w22.01 4 § 7, 9.
Jedi 21 desanm
Mizèrikòd [Jewova] parèt nan tout sa l fè. — Sòm 145:9.
Lè n ap panse ak yon moun ki gen mizèrikòd, nou ka wè yon moun ki janti, ki gen kè sansib, ki gen konpasyon e ki renmen bay. Istwa Jezi te rakonte konsènan bon Samariten an ka vin nan lespri nou. Mesye sa a ki te yon moun lòt nasyon “te montre l gen pitye” pou yon Juif ki te tonbe anba men yon bann vòlè. “Kè [Samariten an te] fè l mal” pou Juif ki te blese a e li te pran swen l ak tout kè l (Lik 10:29-37). Egzanp sa a montre yon bèl kalite Bondye nou an genyen, anpalan de mizèrikòd. Kalite sa a se yon aspè nan lanmou Bondye, e li demontre l chak jou nan fason li aji avè n. Gen yon lòt fason yon moun ka montre li gen mizèrikòd. Li ka deside pa pini yon moun ki merite pinisyon. Nan sans sa a, Jewova montre l gen anpil mizèrikòd pou nou. Men sa youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo di: “Li pa trete nou dapre peche nou fè.” (Sòm 103:10). Men, gende lè Jewova ka bay yon moun ki peche yon disiplin ki fèm. w21.10 8 § 1-2.
Vandredi 22 desanm
Lanmou ki fidèl mwen gen pou ou a ap rete byen djanm. — Eza. 54:10.
Jan nou sot wè sa, Jewova montre li gen lanmou fidèl pou moun ki gen bon relasyon avè l sèlman, anpalan de moun k ap sèvi l. Sa parèt klè nan pawòl wa David ak pwofèt Dànyèl te di. Pa egzanp, David te di: “Kontinye demontre lanmou fidèl ou genyen an pou moun ki konnen w yo.” “Jewova ap demontre lanmou fidèl li genyen an pou moun ki gen lakrentif pou li yo pou toutan.” Epi, men sa Dànyèl te di: “O Jewova, vrè Dye a, [...] ki montre lanmou fidèl pou moun ki renmen l e ki obeyi kòmandman l yo.” (Sòm 36:10; 103:17; Dàn. 9:4). Ann amoni ak pawòl sa yo, Jewova demontre lanmou fidèl pou sèvitè l yo paske yo konnen l, yo gen lakrentif pou li, yo renmen l e yo obeyi kòmandman l yo. Jewova montre lanmou fidèl pou pèp li a sèlman, sa vle di moun k ap adore l jan l mande a. Anvan nou te vin ap sèvi Jewova, nou te benefisye lanmou li demontre pou lèzòm an jeneral (Sòm 104:14). Men, antanke adoratè Jewova nou benefisye lanmou fidèl li genyen an tou. w21.11 4 § 8-9.
Samdi 23 desanm
Se Jewova, Bondye w la, ou dwe adore. — Mat. 4:10.
Kèlkeswa sa k ta rive, nou detèmine pou n obeyi pawòl ki nan tèks pou jounen an. Jodi a, anpil moun suiv lidè legliz karismatik yo. Yo tèlman renmen moun sa yo, yo prèske adore yo. Legliz moun sa yo chaje ak moun, yo achte liv y ap vann e yo bay anpil lajan pou òganizasyon lidè sa yo ap soutni. Gen kèk moun ki kwè tout sa lidè sa yo di. Moun k al nan legliz sa yo tèlman kontan lè yo wè lidè sa yo, se kòmsi se Jezi yo te wè! Yon lòt bò, moun k ap adore Jewova jan l vle a pa suiv moun. Menm lè nou respekte moun ki alatèt yo, nou aksepte ansèyman klè Jezi te bay la ki di: “Nou tout se frè.” (Mat. 23:8-10). Nou pa adore moun, kit se chèf relijye oswa lidè politik. E nou pa soutni objektif yo genyen yo. Nou pa mele nan zafè monn nan. Nan domèn sa yo, nou pa sanble ditou ak anpil lòt relijyon ki di yo se kretyen. — Jan 18:36. w21.10 20 § 6-7.
Dimanch 24 desanm
Mwen se Jewova, Bondye nou an [...]. Nou pa dwe gen okenn lòt dye apa mwen menm. — Egz. 20:2, 3.
Chak kretyen ki vle vin sen dwe asire l pa gen anyen oswa okenn moun ki pi enpòtan pase relasyon l gen ak Bondye l la. E piske nou se Temwen Jewova nou detèmine pou n pa fè anyen k ap sal non Jewova ki sen (Lev. 19:12; Eza. 57:15). Izrayelit yo te montre yo te aksepte Jewova antanke Bondye yo lè yo te obeyi lwa l yo. Men sa Levitik 18:4 di: “Nou dwe obeyi lwa m yo, nou dwe obeyi kòmandman m yo e nou dwe viv ann amoni avèk yo. Mwen se Jewova, Bondye nou an.” Gen kèk nan “kòmandman” sa yo pèp Izrayèl la te gen pou yo obeyi ki nan chapit 19 la. Pa egzanp, vèsè 5-8, 21, 22 pale sou sakrifis bèt. Yo te dwe fè sakrifis sa yo yon fason ki t ap montre yo “respekte yon bagay ki apa pou Jewova”. Lè nou li vèsè sa yo, sa ta dwe pouse nou pou n vle fè kè Jewova kontan e pou n ofri l sakrifis louwanj k ap fè l plezi, jan Ebre 13:15 ankouraje nou fè sa. w21.12 5-6 § 14-15.
Lendi 25 desanm
Se pou w pran plezi w ak madanm ou genyen depi w jèn nan. — Pwo. 5:18.
Jodi a, jèn ki marye yo kapab jwenn byenfè nan eksperyans lòt moun ki te aprann konte sou Jewova. Gen kèk mari ak madanm ki te pase plizyè dizèn ane nan sèvis aplentan. Sa w panse si w ta mande yo konsèy pou w wè si w ap ka reyalize objektif ou genyen yo? Se yon fason w ap montre ou met konfyans ou nan Jewova (Pwo. 22:17, 19). Sonje, maryaj se yon kado Jewova bay (Mat. 19:5, 6). Li vle moun ki marye yo jwi kado sa a. Nou menm jèn ki fèk marye, reflechi sou sa n ap fè ak lavi n. Èske n ap fè tout sa n kapab pou n montre Jewova nou apresye kado li ban nou yo? Priye Jewova, epi egzamine Pawòl li a pou w jwenn prensip ou kapab aplike nan sitiyasyon pa w. Apre sa, suiv konsèy Jewova ba w yo. Ou mèt gen asirans, w ap gen kè kontan nan lavi w e w ap jwenn satisfaksyon si w bay sèvis Jewova a premye plas nan maryaj ou! w21.11 19 § 16, 18.
Madi 26 desanm
Nou tout nou fè erè tanzantan. — Jak 3:2, nòt.
Jak pa t pran tèt li pou yon pakèt afè. Jak pa t panse li pi enpòtan pase lòt kretyen yo paske li te frè Jezi oswa paske li t ap fè yon travay ki enpòtan. Li te rele lòt kretyen yo “frè byenneme m yo”. (Jak 1:16, 19; 2:5.) Li pa t fè lòt moun konprann li pafè. Leson nou aprann: Se pou nou sonje nou tout konn fè peche. Nou pa dwe panse nou pi enpòtan pase moun n ap anseye yo. Sa k fè sa? Si nou fè etidyan nou yo panse nou pa konn fè erè, yo kapab vin dekouraje paske yo ka met nan tèt yo yo pap janm ka rive fè sa Bondye mande. Men, lè nou rekonèt li pa t toujou fasil pou nou aplike prensip ki nan Bib la e nou esplike yo jan Jewova te ede nou fè chanjman nan lavi nou, n ap ede yo wè yo kapab vin sèvi Jewova tou. w22.01 11-12 § 13-14.
Mèkredi 27 desanm
Kenbe menm mantalite Kris Jezi te genyen an nan nou. — Flp. 2:5.
Plis nou panse menm jan ak Jezi, se plis n ap aji menm jan avè l e se plis n ap vin gen menm pèsonalite avè l (Ebre 1:3). Nou ka di tèt nou: ‘Jezi pafè. Mwen pap janm ka vin menm jan avè l!’ Si se sa w panse, men sa pou w sonje: Premyèman, ou fèt pòtre Jewova ak Jezi. Se sa k fè ou ka chwazi imite yo e w ka rive fè sa omwen nan yon nivo ki rezonab (Jen. 1:26). Dezyèmman, lespri sen Bondye se pi gwo fòs ki gen nan linivè. Avèk èd lespri sen, ou ka rive fè yon seri bagay ou pa t ap janm ka fè poukont ou. Twazyèmman, Jewova pa atann pou w demontre fwi lespri a yon fason ki pafè kounye a. Anfèt, Papa nou an ki renmen nou ap bay moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a 1 000 an pou yo vin pafè (Rev. 20:1-3). Sa Jewova vle nou fè kounye a se chèche fè tout sa n kapab epi konte sou li pou l ede nou. w22.03 9 § 5-6.
Jedi 28 desanm
Anvan yon pawòl soti nan bouch mwen, o Jewova, gade, ou gentan konnen l byen. — Sòm 139:4.
Se pa lapriyè sèlman ki kapab ede n ranfòse relasyon nou ak Jewova. Lè nou etidye Pawòl Bondye a e lè nou asiste reyinyon yo, sa kapab ede nou tou pou n vin pi pwòch ak Bondye. Èske gen yon bagay ou kapab fè pou w pi byen pwofite moman w pase ap etidye ak lè w ap asiste reyinyon yo? Mande tèt ou: ‘Ki sa k anpeche m konsantre lè m nan reyinyon oswa lè m ap fè efò pou m etidye?’ Èske se resevwa apèl, imel oswa mesaj sou telefòn mwen oswa sou lòt aparèy elektwonik? Lè w remake w ap panse ak lòt bagay lè w ap fè etid pèsonèl oswa lè w nan reyinyon, mande Jewova pou l ede w ret konsantre. Li ka pa fasil pou w sispann panse ak sa k ap enkyete w la e pou w ret konsantre sou Pawòl Bondye a, men, li enpòtan anpil pou w fè sa. Priye Jewova pou l ba w lapè k ap pwoteje nonsèlman kè w, men “lespri” w tou. — Flp. 4:6, 7. w22.01 29-30 § 12-14.
Vandredi 29 desanm
Panche zòrèy ou pou w koute pawòl moun ki gen sajès. — Pwo. 22:17.
Wa Ozyas pa t koute konsèy. Li te antre yon kote nan tanp Jewova a, yon kote se prèt yo sèlman ki te gen dwa antre la, pou l t al boule lansan. Prèt Jewova yo te di l: “Wa Ozyas, ou pa gen dwa boule lansan pou Jewova! Se sèlman prèt yo ki gen dwa sa a.” Ki jan Ozyas te reyaji? Si l te koute konsèy yo te ba li a avèk imilite e l te kite tanp lan tousuit, Jewova te ka padone l. Olye de sa, “Ozyas [...] te vin fache anpil”. Poukisa li pa t koute konsèy la? Sanble li te santi antanke wa li te ka fè sa l vle. Men, se pa konsa Jewova te wè bagay yo. Piske Ozyas te pran dwa ki pa t pou li, lèp te tonbe sou li e l “te rete ak maladi lèp la jis li mouri”. (2 Kwo. 26:16-21.) Egzanp Ozyas la aprann nou, kèlkeswa moun nou ye a, si nou pa koute konsèy ki baze sou Bib la, n ap pèdi favè Jewova. w22.02 9 § 7.
Samdi 30 desanm
Kidonk, se pou nou repanti, e se pou nou kase tèt tounen, pou peche nou ka efase, dekwa pou Jewova li menm fè tan soulajman an rive. — Tra. 3:19.
An jeneral, yon moun ki kite “ansyen pèsonalite a” mennen l konn panse epi aji yon fason ki pa bon (Kol. 3:9). Li ka egoyis, li ka gen tandans fache pou ti krik ti krak, li ka pa gen rekonesans e li ka gen ògèy. Li ka pran plezi gade pònografi ak fim ki imoral oswa ki vyolan. Se sèten li gen kèk bèl kalite e li ka santi l koupab pou move bagay li di oswa li fè. Men, li pa fè ase efò pou l chanje fason l panse ak fason l aji (Gal. 5:19-21; 2 Tim. 3:2-5). Piske nou enpafè, pa gen okenn nan nou ki kapab fin elimine tout move panse ak move dezi nou gen nan kè n ak nan lespri n. Pafwa, n ap fè oswa n ap di yon bagay n ap regrèt annapre (Jer. 17:9; Jak 3:2). Men, lè nou retire ansyen pèsonalite a sou nou, move konpòtman ak move abitid nou te genyen yo pa gen kontwòl nou ankò. Nou vin yon lòt moun. — Eza. 55:7. w22.03 3 § 4-5.
Dimanch 31 desanm
Avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou. — Flp. 2:3.
Leson ansyen yo ka aprann. Nou menm ansyen, chèche wè bèl kalite frè n ak sè n yo genyen. Yo tout enpafè. Sepandan, yo chak gen yon seri kalite nou kapab apresye. Se vre, tanzantan, ansyen yo ka bezwen bay yon frè oswa yon sè konsèy. Men, menm jan ak apot Pòl, ansyen yo dwe fè anpil efò pou yo pa konsantre sou sa yon moun di oswa sou sa yon moun fè ki kontrarye yo. Okontrè, li ta bon pou yo konsantre sou lanmou moun sa a gen pou Jewova, sou andirans li genyen nan sèvis Li a, ak sou kapasite l genyen pou l fè sa ki bon. Ansyen ki konsantre sou bèl kalite lòt moun genyen ede frè ak sè yo santi tout moun nan kongregasyon an renmen yo. Sonje Jewova pa mande pou n pafè, li mande pou n fidèl (1 Kor. 4:2). Nou ka gen asirans Bondye bay travay n ap fè pou li a anpil valè tou. Jewova pap janm “bliye travay nou fè ak lanmou nou demontre pou non l lè nou ede moun ki sen yo e nou kontinye ap ede yo”. — Ebre 6:10. w22.03 31 § 19, 21.