BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es23 p. 108-118
  • Novanm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Novanm
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2023
  • Soutit
  • Mèkredi 1ye novanm
  • Jedi 2 novanm
  • Vandredi 3 novanm
  • Samdi 4 novanm
  • Dimanch 5 novanm
  • Lendi 6 novanm
  • Madi 7 novanm
  • Mèkredi 8 novanm
  • Jedi 9 novanm
  • Vandredi 10 novanm
  • Samdi 11 novanm
  • Dimanch 12 novanm
  • Lendi 13 novanm
  • Madi 14 novanm
  • Mèkredi 15 novanm
  • Jedi 16 novanm
  • Vandredi 17 novanm
  • Samdi 18 novanm
  • Dimanch 19 novanm
  • Lendi 20 novanm
  • Madi 21 novanm
  • Mèkredi 22 novanm
  • Jedi 23 novanm
  • Vandredi 24 novanm
  • Samdi 25 novanm
  • Dimanch 26 novanm
  • Lendi 27 novanm
  • Madi 28 novanm
  • Mèkredi 29 novanm
  • Jedi 30 novanm
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2023
es23 p. 108-118

Novanm

Mèkredi 1ye novanm

Jewova ap anseye yo tout. — Jan 6:45.

Jewova ede nou plizyè fason. Li ka ede w pou w rete kalm lè yon moun mal aji avè w nan travay predikasyon an, e li ka ede w tou pou w sonje ki vèsè pou li lè w jwenn yon moun ki vle koute w. Epi li ba w fòs pou w kontinye preche lè moun nan tèritwa a montre yo pa enterese (Jer. 20:7-9). Jewova montre nou tou jan li bon lefètke li ban nou fòmasyon pou n patisipe nan travay fè disip la. Pa egzanp, nan reyinyon ki fèt lasemèn nan, nou koute yon seri modèl konvèsasyon ki byen prepare e yo ankouraje nou pou n sèvi avèk yo lè n ap preche. Okòmansman, nou ka yon ti jan renka pou n eseye metòd nou pa t konn itilize anvan sa. Men, lè nou fè sa, nou rann nou kont jan konsèy sa yo ka itil nan tèritwa nou. Nou jwenn ankourajman tou nan reyinyon yo ak nan kongrè yo pou n eseye preche fason nou ka pa t janm preche anvan sa. Yon lòt fwa ankò, nou ka santi nou yon ti jan pè pou n eseye preche fason sa yo. Men, lè nou fè sa, nou bay Jewova yon bagay pou l beni. w21.08 27 § 5-6.

Jedi 2 novanm

Se pou nou byen sèvi ak tan nou, paske jou yo makawon. — Efe. 5:16.

Nan yon lèt apot Pòl te ekri kretyen nan vil Korent yo, li te ba yo konsèy ki fèm. Men, apre l te fin ekri lèt sa a, li te voye Tit kote yo. Se pa ti kontan li te kontan aprann yo te aksepte konsèy la (2 Kor. 7:6, 7). Ansyen yo kapab suiv egzanp Pòl lè yo pase tan ak kwayan parèy yo. Youn nan fason yo kapab fè sa se lè yo rive bonè nan reyinyon yo pou yo ka gen konvèsasyon ki ankourajan ak frè ak sè yo. Souvan, kèk minit sèlman sifi pou n bay yon frè oswa yon sè ankourajman l bezwen (Wom. 1:12). Yon ansyen ki suiv egzanp Pòl ap sèvi ak Pawòl Bondye a tou pou l fòtifye kwayan parèy li yo e pou l fè yo sonje Bondye renmen yo. Li chèche okazyon pou l felisite yo. Lè yon ansyen dwe bay konsèy, li veye pou konsèy la ann amoni ak Pawòl Bondye a. Li pale klè, men, li fè sa ak jantiyès paske li ta renmen frè a oswa sè a aksepte konsèy li bay la. — Gal. 6:1. w22.03 28-29 § 11-12.

Vandredi 3 novanm

Nou gen trezò sa a nan veso ki fèt an tè, dekwa pou sa parèt klè nou te resevwa yon pisans ki depase yon pisans nòmal, wi, yon pisans ki soti nan Bondye, men ki pa soti nan nou menm. — 2 Kor. 4:7.

Jodi a, Jewova bay moun k ap sèvi l yo “yon pisans ki depase yon pisans nòmal” pou yo ka kontinye sèvi l fidèlman. Jan sa parèt nan Efezyen 6:18, apot Pòl ankouraje nou pou n priye Bondye “nan tout okazyon”. Lè n fè sa, Bondye ap ban nou fòs. Pafwa, nou ka santi nou about oswa nou pa fin konn sa pou n di lè n ap priye. Men, Jewova vle nou priye l, menm lè n twouve l difisil pou n di l sa k nan panse nou e pou n esplike l ki jan n santi n (Wom. 8:26, 27). Li ban nou fòs tou lè n li Bib la. Pòl te konn li Ekriti yo pou l te ka jwenn fòs ak konsolasyon. Nou ka fè menm jan an tou (Wom. 15:4). Lè nou li Pawòl Bondye a e nou medite sou sa nou li yo, Jewova kapab sèvi ak lespri sen l pou l ede n pi byen konprann ki jan nou ka sèvi ak Ekriti yo nan sitiyasyon pa nou. — Ebre 4:12. w21.05 22 § 8-10.

Samdi 4 novanm

Bondye [...] fòtifye nou [...], li ban nou volonte e li ban nou fòs pou nou aji. — Flp. 2:13.

Nou bay lòd nou resevwa pou nou anseye a anpil enpòtans, menm lè nou jwenn difikilte ki te ka anpeche nou fè tout sa nou ta renmen fè nan travay fè disip la. Nou ka santi nou pa ka fè tout sa nou ta vle fè. Pa egzanp, gen kèk pwoklamatè ki granmoun oswa ki pa viv sante. Èske se ka pa w? Si se ka pa w, ou vin rann ou kont ou ka fè bonjan etid biblik lè w sèvi ak telefòn oswa ak lòt aparèy elektwonik. Donk, ou kapab fè etid ak moun pandan w lakay ou. E gen yon lòt avantaj. Gen kèk moun ki ta renmen etidye Labib, men, yo pa disponib nan lè frè yo abitye preche. Sepandan, yo ka disponib byen bonè nan maten oswa byen ta nan aswè. Èske w ta kapab ranje pwogram ou pou w fè etid ak yon moun nan lè sa yo? Jezi te anseye Nikodèm nan nuit, paske se lè sa a Nikodèm te chwazi. — Jan 3:1, 2. w21.07 5 § 10-11.

Dimanch 5 novanm

Se nan bouch pèp sa a pwoche kote m, e se nan bouch yo onore m, men, kè yo byen lwen m. — Eza. 29:13.

Disip Jan ki te konn batize moun nan te genyen yo te sezi wè disip Jezi yo pa fè jèn. Jezi te fè konnen disip li yo pa t gen okenn rezon pou yo fè jèn alòske l te toujou vivan (Mat. 9:14-17). Se poutèt sa Farizyen yo ak lòt moun ki te opoze ak Jezi yo te kondane l paske li pa t suiv koutim ak tradisyon yo te genyen yo. Yo te fache lè l te chwazi geri moun ki malad nan jou saba a (Mak 3:1-6; Jan 9:16). Yo te fyè pou yo te fè konnen yo obsève saba, men yon lòt bò, yo pa t gen pwoblèm pou yo fè komès nan tanp lan. Se pa ti fache yo te fache lè Jezi te kondane yo pou sa (Mat. 21:12, 13, 15)! Moun Jezi te preche nan sinagòg Nazarèt la te fache anpil lè Jezi te pran egzanp nan istwa pèp Izrayèl la pou l montre jan yo egoyis e yo pa gen lafwa (Lik 4:16, 25-30). Anpil moun te bite lefètke Jezi pa t aji jan yo t ap atann nan. — Mat. 11:16-19. w21.05 5-6 § 13-14.

Lendi 6 novanm

Nou konn entansyon l. — 2 Kor. 2:11.

Jewova montre nou se yon danje lè nou gen ògèy ak lè nou ava. Youn nan fason li fè sa, se lè li fè nou konnen sa k te rive kèk nan moun ki t ap sèvi l, pou n pa fè menm erè yo te fè yo. Lè n ap panse ak moun ki ava, petèt se Satan Ledyab ki vin nan lespri nou. Piske Satan te youn nan zanj Jewova yo, li dwe te gen anpil bèl privilèj. Men, li te vle plis. Li te vle resevwa adorasyon, alòske se Jewova sèlman ki gen dwa sa a. Satan vle nou vin menm jan avè l, se sa k fè l ap chèche fè nou pa satisfè ak sa n genyen. Premye fwa li te fè sa se lè l t al pale ak Èv. Jewova te kontan bay Èv ak mari l bon manje agogo ki sot “nan tout pyebwa ki nan jaden an”, eksepte youn (Jen. 2:16). Aktout sa, Satan te twonpe Èv lè l te fè l panse li bezwen manje fwi nan pyebwa Jewova te entèdi yo manje a. Èv pa t satisfè ak sa l te genyen, li te vle plis. Nou konn sa k te vin pase annapre. Èv te peche e finalman li mouri. — Jen. 3:6, 19. w21.06 14 § 2-3; 17 § 9.

Madi 7 novanm

Fè pitit, fè anpil pitit, plen tè a ak moun, epi se pou nou gen pouvwa sou tè a. — Jen. 1:28.

Adan ak Èv t ap gen pou yo fè pitit e pou yo byen pran swen tè a kote yo te abite a. Si Adan ak Èv te obeyisan e yo te fè sa Jewova te mande yo fè, yo menm ak pitit yo te vin genyen yo t ap rete nan fanmi Bondye a pou toutan. Adan ak Èv te gen yon plas enpòtan nan fanmi Jewova a. Jan sa parèt nan Sòm 8:5, men sa David di konsènan lòm Jewova kreye: “Ou fè l vin yon tikras pi ba pase zanj yo, e ou ba l glwa ak onè kòm kouwòn.” An reyalite, Jewova pa t bay lèzòm menm pouvwa, menm entèlijans ak menm kapasite ak zanj yo (Sòm 103:20). Sepandan, lèzòm “yon tikras pi ba” sèlman pase zanj yo ki gen anpil pisans. Malerezman, Adan ak Èv te pèdi plas yo te genyen nan fanmi Jewova a. Sa te lakòz gwo pwoblèm pou desandan yo t ap vin genyen yo. Men, objektif Jewova genyen an pa chanje. Li vle moun ki obeyisan yo ret pitit li pou toutan. w21.08 2-3 § 2-4.

Mèkredi 8 novanm

“Se pa ni yon lame, ni okenn pouvwa k ap fè bagay sa yo rive, men se lespri m.” Se sa Jewova [...] di. — Zak. 4:6.

Jodi a, gen anpil sèvitè Jewova ki jwenn opozisyon. Pa egzanp, gen nan yo k ap viv nan peyi kote yo met restriksyon sou travay nou an e sa ka rive yo arete yo epi “mennen [yo] devan gouvènè [ak] devan wa”. Lè konsa, sa ba yo okazyon pou yo bay temwayaj (Mat. 10:17, 18). Gen lòt Temwen ki jwenn yon lòt fòm opozisyon. Y ap viv nan peyi kote yo lib pou yo adore Jewova, men, gen moun nan fanmi yo ki opoze ak yo k ap fè tout sa yo kapab pou anpeche yo sèvi Bondye yo a (Mat. 10:32-36). Nan anpil ka, lè moun nan fanmi n ki opoze avè n rann yo kont yo pa ka fòse n sispann sèvi Jewova, yo sispann ban n pwoblèm. E nan kèk ka, gen yon seri opozan ki te vyolan yon lè ki konn vin Temwen Jewova e yo sèvi l ak tout kè yo. Lè w jwenn opozisyon, pa sispann sèvi Jewova! Met kouraj sou ou. Jewova ak lespri sen l ki gen anpil fòs ap ede w, donk ou pa bezwen pè anyen! w22.03 16 § 8.

Jedi 9 novanm

Nou menm ki renmen Jewova, rayi sa ki mal. — Sòm 97:10.

Bib la fè konnen Jewova rayi “je moun ki gen ògèy, lang moun k ap bay manti, men moun k ap fè san inosan koule”. (Pwo. 6:16, 17.) Epitou, li “rayi moun ki vyolan ak moun k ap twonpe moun”. (Sòm 5:6.) Jewova tèlman rayi konpòtman sa yo ak aksyon sa yo, li te detwi tout mechan nan epòk Noye a paske yo te fè tè a chaje ak vyolans (Jen. 6:13). Jewova te sèvi ak pwofèt Malachi tou pou l fè konnen Li rayi moun k ap aji an trèt ak moun yo marye avè l la pou yo ka divòse avè l, byenke li inosan. Bondye pa aksepte adorasyon moun sa yo ap ba li a e l ap mande yo kont pou fason y ap aji (Mal. 2:13-16; Ebre 13:4). Jewova vle nou “gen degoutans pou sa ki mal”. (Wom. 12:9.) Lè yon moun “gen degoutans” pou yon bagay se yon santiman ki fò. Sa montre li rayi bagay la anpil, sa ba l repiyans. Donk, annik panse ak yon bagay Jewova di ki pa bon ta dwe ban nou kè plen. w22.03 4-5 § 11-12.

Vandredi 10 novanm

Byennere tout moun ki kontinye ret tann li. — Eza. 30:18.

Talè konsa, Papa nou ki nan syèl la pral vide anpil benediksyon sou nou pa mwayen Wayòm li an. Moun ki kontinye tann Jewova yo ap jwenn anpil benediksyon depi kounye a ak nan monn nouvo ki gen pou vini an. Lè pèp Bondye a antre nan monn nouvo a, yo pap janm gen strès ak pwoblèm yo genyen jodi a ankò. Pap gen enjistis ankò e pap gen doulè ankò (Rev. 21:4). Nou pap bezwen enkyete nou pou n jwenn sa nou bezwen paske pral gen anpil bagay agogo (Sòm 72:16; Eza. 54:13). Se pa ti benediksyon sa pral ye! Jewova ap prepare nou depi kounye a pou nou viv anba gouvènman l lan. Youn nan fason li fè sa se lè l ede nou pou nou elimine move abitid nou genyen e pou n vin gen yon seri kalite ki fè l plezi. Nou pa dwe kite dekourajman fè nou sispann sèvi Jewova. Gen yon pi bèl vi k ap tann nou! Piske nou gen yon bèl avni k ap tann nou, ann kontinye tann Jewova avèk pasyans pandan l ap fin fè travay li! w21.08 13 § 17-19.

Samdi 11 novanm

Pa bliye fè byen, e pa bliye pataje sa nou genyen ak lòt moun, paske se nan sakrifis sa yo Bondye pran plezi. — Ebre 13:16.

Yon ti tan apre kretyen ki t ap viv Jide yo te fin resevwa lèt apot Pòl la, yo te oblije abandone kay yo, biznis yo, e yo te oblije kite fanmi yo ki pa kwayan epi yo te “kouri al nan mòn”. (Mat. 24:16.) Lè sa a, se sèten youn te oblije ede lòt. Si anvan sa, yo te konn suiv konsèy Pòl te ba yo pou yo pataje sa yo genyen youn ak lòt, yo t ap twouve l pi fasil pou yo adapte yo ak fason yo te vin ap viv la. Frè n ak sè n yo ka pa toujou fè n konnen sa yo bezwen. Se pou n abòdab. Se sèten, ou konn frè ak sè nan kongregasyon w lan ki toujou pare pou ede lòt moun. Yo pa janm fè nou santi nou deranje yo. Nou konnen nou ka konte sou yo lè nou bezwen èd yo, e nou ta renmen menm jan ak yo! w22.02 23-24 § 13-15.

Dimanch 12 novanm

Kenbe inite lespri a, nan chenn inyon lapè a. — Efe. 4:3.

Sa pa gen lontan depi yo te reyòganize plizyè kongregasyon ak plizyè sikonskripsyon. Si yo mande nou al nan yon lòt kongregasyon, nou ka twouve l difisil pou nou kite zanmi nou ak fanmi nou. Èske se Bondye ki fè ansyen yo konnen nan ki kongregasyon pou yo voye chak pwoklamatè? Non. E lefètke nou konn sa, li ka difisil pou n suiv enstriksyon nou resevwa. Men, Jewova fè ansyen yo konfyans lè y ap pran desizyon sa yo, e nou bezwen fè yo konfyans tou. Poukisa nou ta dwe kolabore ak ansyen yo e nou ta dwe soutni desizyon yo pran, menm lè nou pa fin renmen desizyon sa yo? Paske, lè nou fè sa, nou kolabore pou kontinye gen lapè nan mitan pèp Bondye a. Frè ak sè nan kongregasyon yo santi yo byen lè tout moun kontan soutni desizyon gwoup ansyen yo pran (Ebre 13:17). Sa k pi enpòtan an, nou montre Jewova nou fè l konfyans lè nou kolabore ak moun li fè konfyans pou pran swen nou. — Tra. 20:28. w22.02 4-5 § 9-10.

Lendi 13 novanm

Kontinye konsantre w sou lekti an piblik, sou egzòtasyon ak ansèyman w ap bay. — 1 Tim. 4:13.

Si w se yon frè batize, ou ka fè efò pou w amelyore kapasite w genyen pou w pale e pou w anseye. Poukisa? Paske lè w “plonje nèt” nan lekti w ap fè, ou fè efò pou w amelyore fason w pale ak fason w anseye, w ap ka ede moun k ap koute w yo pi byen (1 Tim. 4:15). Chèche gen objektif pou w etidye chak leson ki nan bwochi Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay la, epi aplike yo. Egzamine yon leson, fè anpil repetisyon lè w lakay ou, fè sa pou chak leson, epi fè efò pou w aplike leson sa a nan diskou w ap bay. Mande konseye adjwen an konsèy oubyen lòt ansyen “k ap travay di nan pawòl la ak nan ansèyman an”. (1 Tim. 5:17.) Fè efò nonsèlman pou w konprann leson yo, men tou, pou w ede moun k ap koute w yo ranfòse lafwa yo oswa ankouraje yo pou yo aplike sa y ap aprann yo. Lè w fè sa, ni ou menm, ni yo menm ap gen plis kè kontan. w21.08 24 § 17.

Madi 14 novanm

Avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou. — Flp. 2:3.

Si nou konsidere lòt moun yo siperyè nou, nou pap nan konpetisyon ak moun ki gendwa gen plis talan ak plis kapasite pase nou. Okontrè, n ap kontan pou yo. N ap pi kontan pou yo toujou si y ap sèvi ak kapasite yo genyen yo nan sèvis Jewova pou yo fè louwanj pou li. Konsa, nou tout ap fè efò pou gen lapè ak tèt ansanm nan kongregasyon an. Nou kapab kontwole tandans pou nou rayi sò lòt moun lè nou aprann rekonèt limit nou, sa vle di lè nou rekonèt nou pa kapab fò nan tout bagay. Si nou rekonèt limit nou, nou pap chèche montre nou gen plis talan oswa kapasite pase tout moun. Okontrè, n ap chèche wè ki jan nou kapab aprann nan men moun ki gen plis kapasite pase nou. Pa egzanp, ann sipoze nan kongregasyon an gen yon frè ki konn bay bèl diskou. Nou ta ka mande l ki jan l konn prepare diskou l yo. Si yon sè fò nan fè manje, nou ta ka mande l kèk konsèy k ap ede nou aprann fè manje pi byen. w21.07 16 § 8-9.

Mèkredi 15 novanm

[Jewova] pa janm fè enjistis. — Det. 32:4.

Nan liv Nonb lan, nou wè Jewova te mande pou yo touye yon Izrayelit paske l t ap ranmase bwa nan jou saba a. Kèk syèk annapre, nan dezyèm liv Samyèl la, nou aprann Jewova te padone wa David apre l te fin fè adiltè e l te touye moun (Nonb 15:32, 35; 2 Sam. 12:9, 13). Nou ta ka mande tèt nou: ‘Poukisa Jewova te padone David, ki te touye moun e ki te fè adiltè, alòske li te mande pou yo touye lòt mesye a ki te fè yon peche ki te parèt mwens grav?’ Labib pa toujou bay tout detay sou yon istwa. Pa egzanp, nou konnen David te repanti toutbon pou sa l te fè yo (Sòm 51:2-4). Men, kiyès mesye ki te vyole lwa sou saba a te ye? Èske l te regrèt sa l te fè a? Èske l te abitye dezobeyi lwa Jewova yo? Èske l te meprize avètisman l te jwenn oswa li pa t menm bay sa regle anyen pou li? Labib pa di anyen sou sa. Sepandan, nou konn anpil bagay sou Bondye nou an ki fè nou sèten li “toujou fè sa ki jis”. — Sòm 145:17. w22.02 2-3 § 3-4.

Jedi 16 novanm

Se moun ki konn limit yo ki gen sajès. — Pwo. 11:2.

Yon moun ki rekonèt limit li se yon moun ki pa twò egzijan ak tèt li. Konsa, li kontinye gen kè kontan e li pa sispann fè efò. Nou ta ka konpare yon moun ki rekonèt limit li ak yon chofè k ap kondui yon machin k ap monte yon mòn. Chofè a bezwen redui vitès machin nan pou l ka kontinye monte mòn nan. Se vre li pral pi dousman, men, l ap kontinye avanse. Menm jan an tou, nan yon sans, yon moun ki rekonèt limit li konnen ki lè pou l redui vitès li pou l ka kontinye sèvi Jewova e pou l ede lòt moun (Flp. 4:5). Reflechi sou egzanp Bazilayi. Li te gen 80 an lè wa David te envite l vin viv nan palè a. Piske Bazilayi te rekonèt limit li, li pa t aksepte envitasyon wa a te fè l la. Li te rekonèt limit li, se sa k fè li te mande pou Kimam, yon moun ki pi jèn, ale nan plas li (2 Sam. 19:35-37). Menm jan ak Bazilayi, frè ki granmoun yo kontan bay frè ki pi jèn yo posiblite pou yo sèvi frè ak sè yo. w21.09 10 § 6-7.

Vandredi 17 novanm

Pèsonn pa konn kiyès Pitit la ye, eksepte Papa a, e pèsonn pa konn kiyès Papa a ye, eksepte Pitit la ak moun Pitit la vle fè konnen l. — Lik 10:22.

Èske w twouve l difisil pou w wè Jewova tankou yon Papa ki gen lanmou? Gen nan nou ki konn twouve sa. Si papa nou pa t konn byen aji avèk nou pandan n t ap grandi, li ka difisil pou n imajine yon papa ki renmen nou. Se pa ti konsole sa konsole nou lè nou konnen Jewova byen konprann ki jan nou santi nou! Li vle pwòch avèk nou. Se poutèt sa, men ki ankourajman nou jwenn nan Pawòl li a: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” ​(Jak 4:8). Jewova renmen nou, e li vle nou konnen li se pi bon Papa nou kapab genyen. Jezi ka ede n vin pi pwòch ak Jewova. Jezi tèlman konn Jewova byen e li tèlman imite kalite l yo yon fason ki pafè, li te di: “Moun ki wè m wè Papa a tou.” ​(Jan 14:9). Menm jan ak yon gran frè, Jezi montre nou fason pou nou demontre respè pou Papa nou an e pou nou obeyi l, fason pou nou fè kè l kontan ak fason pou n chèche jwenn favè l. Men, se sitou fason Jezi te viv sou tè a ki montre jan Jewova bon e jan l gen lanmou. w21.09 21 § 4-5.

Samdi 18 novanm

Pran swen twoupo Bondye a ki sou kont nou. — 1 Pyè 5:2.

Pèp Jewova a ap adore sèl vrè Dye a ansanm nan lapè. Jewova bay ansyen yo gwo responsablite pou yo kenbe kongregasyon an pwòp. Si yon kretyen fè yon peche grav, Jewova vle pou ansyen yo chèche wè si moun sa a kapab rete nan kongregasyon an. Youn nan bagay ansyen yo bezwen chèche konnen se si moun nan vrèman regrèt sa l te fè a. Moun nan ka fè konnen li repanti, men, èske l vrèman rayi sa l te fè a? Èske l pran detèminasyon pou l pa refè menm peche a? Si se move zanmi ki te fè l tonbe nan pwoblèm sa a, èske l vle sispann fè zanmi ak moun sa yo? Lè konsa, ansyen yo priye, yo reflechi sou sitiyasyon an sou baz sa Bib la di, epi yo gade fason moun nan reyaji parapò ak sa k te rive a. Apre sa, yo deside si moun ki fè peche a ka rete nan kongregasyon an. Nan kèk ka, yo dwe eskominye l. — 1 Kor. 5:11-13. w22.02 5 § 11-12.

Dimanch 19 novanm

Abiye nou ak nouvo pèsonalite a. — Kol. 3:10.

Kit nou gen kèk jou sèlman depi nou batize oswa plizyè dizèn ane, nou tout ta renmen gen kalite pèsonalite Jewova renmen an. Pou n rive fè sa, nou bezwen kontwole panse nou. Poukisa? Paske fason nou panse gen gwo efè sou pèsonalite nou. Si se toutan n ap panse ak bagay ki gen rapò ak dezi lachè, se sèten n ap di oswa fè yon seri bagay ki pa bon (Efe. 4:17-19). Yon lòt bò, si se bon bagay nou kite antre nan lespri nou, l ap pi fasil pou n pale epi aji yon fason k ap fè Jewova, Papa nou an, plezi (Gal. 5:16). Sepandan, nou pa ka anpeche tout move panse antre nan lespri nou. Men, nou ka chwazi pou n pa kite panse sa yo pouse n aji. Anvan nou batize, nou bezwen sispann pale epi sispann aji fason Jewova rayi. Se premye etap pou n retire ansyen pèsonalite a sou nou, e se etap sa a ki pi enpòtan. Sepandan, pou n fè Jewova plezi nèt, nou dwe abiye n ak nouvo pèsonalite a. w22.03 8 § 1-2.

Lendi 20 novanm

Nou montre nou pwòp tout jan nan zafè sa a. — 2 Kor. 7:11.

Li pa fasil pou ansyen yo rive wè si yon moun ki te fè yon peche grav repanti toutbon. Sa k fè sa? Ansyen yo pa ka li kè moun. Se sa k fè yo dwe chèche jwenn prèv ki montre frè yo a oswa sè yo a vrèman rayi sa l te fè a. Ansyen yo ap bezwen wè prèv ki montre moun ki peche a fè bonjan chanjman nan fason l panse, nan santiman l ak nan fason l aji. Sa ka pran anpil tan pou moun sa a fè chanjman ki nesesè yo. Yon moun ki eskominye ap montre li repanti toutbon si l asiste reyinyon yo regilyèman e li suiv konsèy ansyen yo ba li pou l priye e pou l etidye regilyèman. Epitou, l ap fè anpil efò pou l evite sitiyasyon ki te fè l tonbe nan peche a. Si l fè tout sa l kapab pou l vin gen bon relasyon ak Jewova ankò, l ap ka gen asirans Jewova ap padone l nèt e ansyen yo ap ede l pou l vin fè pati kongregasyon an ankò. w21.10 6 § 16-18.

Madi 21 novanm

Nou pa dwe fè zidòl oubyen yon bagay ki sanble ak kèlkeswa bagay ki anwo nan syèl la oubyen ki sou tè a [...]. Nou pa dwe pwostène devan yo. — Egz. 20:4, 5.

Piske Jezi renmen Jewova anpil, se Li menm sèl li te adore, ni nan syèl la ni lè l te vin sou tè a (Lik 4:8). Jezi te anseye disip li yo pou yo fè menm jan an. Ni Jezi ni disip fidèl li yo pa t janm sèvi ak imaj oswa estati pou yo adore Jewova. Piske Bondye se yon Espri, pa gen anyen lèzòm ka fè ki kapab reprezante menm yon yota nan glwa Jewova genyen (Eza. 46:5)! Men, ki sa nou ka di konsènan imaj oswa estati moun fè yo rele sen yo e yo menm konn priye yo? Nan Dis Kòmandman yo, nan dezyèm kòmandman an Jewova di pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. Pawòl sa yo klè pou moun ki vle fè Bondye plezi. Gen istoryen ki fè konnen se sèl Bondye premye kretyen yo te konn adore. Jodi a, Temwen Jewova yo suiv egzanp premye kretyen yo nan fason yo adore Bondye. w21.10 19-20 § 5-6.

Mèkredi 22 novanm

Pinga moun ki sou do kay la desann al pran afè l anndan kay la. — Mat. 24:17.

Jezi te avèti kretyen nan premye syèk ki t ap viv nan Jide yo gen yon lè k ap rive kote “lame [t ap] monte kan toutotou” vil Jerizalèm (Lik 21:20-24). Lè sa te rive, yo te bezwen “kouri al nan mòn”. Lefètke yo t ap kite vil la, yo t ap sove lavi yo, men, yo t ap kite anpil bagay dèyè. Men sa Toudegad te di sa gen kèk ane: “Yo te kite jaden ak kay. Yo pa t menm gentan pran sa yo te gen nan kay yo. Piske yo te gen konfyans Jewova t ap pwoteje yo e li t ap ede yo, yo te met adorasyon yo t ap ba li a anvan tout lòt bagay ki te ka parèt enpòtan.” Men sa l ajoute: “Nou ka jwenn yon seri eprèv pi devan ki pral montre fason n wè bagay materyèl. Èske se yo menm ki pi enpòtan pou nou? Oubyen, èske sa k pi enpòtan pou nou se lefètke Bondye pral sove nou paske nou fidèl avè l? An reyalite, kouri pa nou an ka mande pou n fè fas ak eprèv e pou n fè sakrifis. N ap bezwen prepare nou pou n fè kèlkeswa sa ki nesesè.” w22.01 4 § 7-8.

Jedi 23 novanm

O Bondye, lanmou fidèl ou genyen an se gwo zafè! — Sòm 36:7.

Yon ti tan apre Izrayelit yo te fin kite peyi Ejip, Jewova te fè Moyiz konnen kèk bagay ki gen rapò ak non L ak kalite L yo. Men sa L te di: “Jewova, Jewova, yon Bondye ki gen mizèrikòd e ki gen kè sansib, ki pa fè kòlè fasil, ki gen anpil lanmou fidèl, ki toujou di laverite, ki demontre yon lanmou ki fidèl pou plizyè milye jenerasyon, ki padone erè, bagay moun fè ki mal ak peche.” ​(Egz. 34:6, 7). Jewova te sèvi ak bèl deklarasyon sa a pou l te fè Moyiz konnen yon aspè ki vrèman espesyal sou lanmou fidèl li genyen. Ki sa l ye? Jewova pa t sèlman di li gen lanmou fidèl, men li te di li gen “anpil lanmou fidèl”. Fason sa a Jewova dekri tèt li a parèt sis lòt fwa nan Bib la (Nonb 14:18; Ney. 9:17; Sòm 86:15; 103:8; Jow. 2:13; Jon. 4:2). Nan tout vèsè sa yo, ekspresyon sa a gen rapò ak Jewova sèlman, li pa janm gen rapò ak lèzòm. Èske sa pa estrawòdinè lefètke souvan Jewova pale de tèt li fason sa a? w21.11 2-3 § 3-4.

Vandredi 24 novanm

Sispann bay tèt nou pwoblèm pou vi nou. — Mat. 6:25.

Moun ki marye yo ka aprann anpil bagay nan egzanp apot Pyè ak madanm li. Soti anviwon sis mwa rive ennan apre apot Pyè te fin rankontre Jezi pou premye fwa, li te gen pou l pran yon desizyon enpòtan. Se lapèch Pyè te konn fè pou l viv. Donk, lè Jezi te envite l pou l vin suiv li nèt, li te oblije panse ak fanmi l (Lik 5:1-11). Pyè te chwazi akonpaye Jezi nan travay predikasyon an. E nòmalman, madanm Pyè te soutni desizyon l te pran yo. Bib la fè konnen, apre Jezi fin resisite, gende lè madanm Pyè te konn akonpaye Pyè (1 Kor. 9:5). Pa gen dout, egzanp madanm Pyè te bay antanke kretyen te fè Pyè alèz pou l bay mari ak madanm ki kretyen yo konsèy, jan nou wè sa nan Bib la (1 Pyè 3:1-7). Li klè, ni Pyè, ni madanm li te kwè nan pwomès Jewova fè pou l pran swen yo si yo bay Wayòm nan premye plas nan lavi yo. — Mat. 6:31-34. w21.11 18 § 14.

Samdi 25 novanm

Se pou nou imite m. — 1 Kor. 11:1.

Apot Pòl te renmen frè l ak sè l yo. Li te travay san pran souf pou l te ka ede yo (Tra. 20:31). Se sa k fè frè ak sè yo te renmen Pòl anpil. Yon lè, ansyen nan vil Efèz yo te “pran kriye” lè yo te aprann yo pa t ap janm wè Pòl ankò (Tra. 20:37). Menm jan an tou, ansyen yo k ap travay di renmen frè ak sè yo anpil, e yo fè tout sa yo kapab pou yo ede yo (Flp. 2:16, 17). Men, pafwa li konn difisil pou ansyen yo rive fè tout sa yo gen pou yo fè. Ki sa k ka ede yo? Ansyen yo k ap travay di kapab reflechi sou egzanp Pòl (1 Kor. 11:1). Li te yon moun menm jan ak tout moun. Pòl pa t pafè, li te oblije lite pafwa pou l fè sa ki jis (Wom. 7:18-20). E li te oblije fè fas ak plizyè difikilte. Men, Pòl pa t sispann travay di pou frè l ak sè l yo nitou li pa t pèdi jwa l. Lè ansyen yo suiv egzanp Pòl, yo ka rive fè fas ak difikilte yo jwenn, e yo ka kontinye kenbe jwa yo nan sèvis y ap bay Jewova a. w22.03 26 § 1-2.

Dimanch 26 novanm

Nou dwe obsève saba m yo. Mwen se Jewova, Bondye nou an. — Lev. 19:3.

Levitik 19:3 pale de obsève saba. Kretyen yo pa anba Lalwa, se sa k fè nou pa bezwen obsève yon saba chak semèn. Men, nou ka aprann anpil bagay nan fason Izrayelit yo te obsève saba ak byenfè yo te jwenn lè yo te fè sa. Saba a se te moman pou yo te pran repo nan travay yo te konn fè e pou yo te adore Bondye. Se sa k fè, nan jou saba a, Jezi te konn al nan sinagòg nan vil li t ap viv la e l te konn li nan Pawòl Bondye a (Egz. 31:12-15; Lik 4:16-18). Kòmandman Bondye te bay nou jwenn nan Levitik 19:3 a ki di “obsève saba [l] yo” ta dwe pouse nou pran tan sou aktivite nou fè chak jou yo pou nou adore Bondye. Èske w santi w ta dwe fè plis efò pou w obeyi kòmandman sa a? Si w rezève tan regilyèman pou w konsantre w sou adorasyon w ap bay Jewova a, w ap vin gen yon bon relasyon avè l, sa ki enpòtan anpil pou w vin sen. w21.12 5 § 13.

Lendi 27 novanm

Mwen pa vin rele moun ki jis pou yo repanti, men se moun k ap pratike peche mwen vin rele pou yo repanti. — Lik 5:32.

Lè Jezi te sou tè a, li te konn pase tan ak tout kalite moun. Li te konn manje ak moun ki rich ansanm ak moun ki gen pouvwa, konsa tou, li te konn pase anpil tan ak moun ki pòv ansanm ak moun ki pa t gen moun pou ede yo. Mete sou sa, li te gen konpasyon pou moun yo te konsidere kòm “moun k ap pratike peche”. Gen kèk moun ki te panse yo pi bon pase lòt moun ki te bite akoz sa Jezi te fè. Yo te mande disip li yo: “Poukisa n ap manje e n ap bwè ak pèseptè ansanm ak moun k ap pratike peche?” Lè sa a, Jezi reponn yo ak pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an (Lik 5:29-31). Byen lontan anvan Mesi a te vini, pwofèt Ezayi te gentan fè konnen monn nan pa t ap aksepte l. Men sa pwofesi a te anonse: “Moun te meprize l e yo te demake l. [...] Se kòmsi yo te kouvri figi l pou nou pa wè l. Moun te meprize l, epi nou pa t pran l pou anyen.” ​(Eza. 53:3). Pwofesi a te fè konnen “moun” t ap demake Mesi a, se sa k fè Juif nan premye syèk yo te dwe atann gen moun ki pa t ap koute Jezi. w21.05 8-9 § 3-4.

Madi 28 novanm

Jewova ap mete l kanpe. — Jak 5:15.

Gen kèk kretyen nan premye syèk la ki te yon ti jan renka pou yo aplike konsèy yo jwenn (Jak 1:22). Gen lòt ki te nan patipri ak moun ki rich (Jak 2:1-3). Gen lòt menm, li te difisil pou yo metrize lang yo (Jak 3:8-10). Kretyen sa yo te gen pwoblèm grav, men, Jak te kwè yo te kapab chanje. Li te bay konsèy avèk jantiyès, men, li te fè sa yon fason ki dirèk, e li te ankouraje moun ki te bezwen èd pou yo te fè chanjman ki nesesè pou y al chèche plis èd nan men ansyen yo (Jak 5:13, 14). Leson nou aprann: Se pou nou reyalis, men, se pou n kontinye wè moun yo yon fason ki pozitif. Li ka difisil pou anpil moun n ap etidye Labib avèk yo aplike konsèy Bib la bay (Jak 4:1-4). Sa ka pran yon ti tan pou yo derasinen yon seri move abitid e pou yo vin gen bèl kalite kretyen yo genyen. Nou dwe gen kouraj pou n fè etidyan nou yo konnen ki chanjman yo bezwen fè. Epitou, nou bezwen ret pozitif, toutpandan nou gen konfyans Jewova ap rale moun ki gen imilite yo vin jwenn li e l ap ba yo fòs pou yo fè chanjman nan lavi yo. — Jak 4:10. w22.01 11 § 11-12.

Mèkredi 29 novanm

Nenpòt moun ki bouche zòrèy li pou l pa tande rèl malere yo, li menm tou, li gen pou l rele, men yo pap reponn li. — Pwo. 21:13.

Tout kretyen bezwen montre yo gen mizèrikòd menm jan ak Jewova. Poukisa? Youn nan rezon yo se paske Jewova pap koute moun ki refize fè moun mizèrikòd. Pa gen youn nan nou ki ta renmen Jewova pa koute priyè nou. Se sa k fè nou veye pou kè nou pa vin di. Nou pap bouche zòrèy nou pou n pa tande yon kretyen parèy nou k ap soufri. Okontrè, nou dwe toujou dispoze koute “rèl malere yo”. Menm jan an tou, nou fè tout sa n kapab pou n aplike konsèy ki vin annapre a nou jwenn nan Bib la. Men sa l di: “Moun ki pa abitye fè moun mizèrikòd, se san mizèrikòd y ap jije l.” ​(Jak 2:13). Si nou sonje jis nan ki pwen nou bezwen yo fè nou mizèrikòd n ap pi anvi fè lòt moun mizèrikòd. Nou sitou bezwen demontre mizèrikòd lè yon moun ki te peche ki repanti retounen nan kongregasyon an. Gen egzanp nan Bib la ki ka ede n demontre mizèrikòd epi evite gen kè di. w21.10 12 § 16-17.

Jedi 30 novanm

Chita la pandan m pral priye lòtbò a. — Mat. 26:36.

Nan dènye nuit Jezi te fè ap viv sou tè a, nan fen sèvis li, yon lòt fwa ankò, li te chèche yon kote trankil pou l te ka medite e pou l te ka priye. Li te jwenn yon bon kote pou l te fè sa nan jaden Jetsemane. Nan okazyon sa a, Jezi te bay disip li yo kèk bon konsèy sou lapriyè. Lè yo te rive nan jaden Jetsemane, li te ta anpil e petèt li te gentan depase minui. Jezi te mande apot li yo pou yo “kontinye veye”, e apre sa, li t al priye (Mat. 26:37-39). Men, pandan Jezi t ap priye, dòmi te pran apot yo. Lè Jezi te vin jwenn yo ap dòmi, yon lòt fwa ankò, li te ankouraje yo pou yo “kontinye veye” e pou yo “kontinye priye”. (Mat. 26:40, 41) Jezi te rann li kont yo te anba anpil strès e yo te fatige. Li te gen pitye pou yo, e li te rekonèt “chè a fèb”. Aktout sa, pandan de fwa ankò Jezi t al priye, e lè l te retounen, li te jwenn disip li yo ki t ap dòmi olye yo t ap priye. — Mat. 26:42-45. w22.01 28 § 10-11.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje