Janvye
Lendi 1ye janvye
M ap voye Timote ban nou, piske l se pitit mwen nan Seyè a, yon pitit mwen renmen e ki fidèl. — 1 Kor. 4:17.
Sa k fè Timote te itil antanke sèvitè Jewova? Li te gen yon seri bèl kalite antanke kretyen (Flp. 2:19-22) Apot Pòl te fè konnen Timote te gen imilite, li te fidèl, li pa t parese, e moun te ka konte sou li. Li te gen anpil sousi pou frè ak sè yo. Se sa k fè Pòl te renmen Timote e l pa t pè konfye l yon seri responsablite ki pa t fasil. Menm jan an tou, n ap fè kè Jewova kontan e n ap pi itil kongregasyon an lè n chèche gen yon seri kalite Jewova renmen (Sòm 25:9; 138:6). Donk, priye Jewova pou l ede w wè ki aspè nan pèsonalite w ou bezwen amelyore. Chwazi yon kalite ou ta renmen amelyore. Èske w ta ka chèche mete w nan plas lòt moun plis? Èske w kapab chèche vin pi renmen fè lapè ak lòt moun epi padone yo plis toujou? Petèt, ou kapab mande yon zanmi w ou fè konfyans pou l ede w wè fason w ka amelyore. — Pwo. 27:6. w22.04 23 § 4-5.
Madi 2 janvye
Se pou chak moun egzamine sa l fè. — Gal. 6:4.
Jewova vle n gen kè kontan. Nou konn sa paske lajwa se yon aspè nan fwi lespri a (Gal. 5:22). Piske gen plis kè kontan lè n bay pase lè n resevwa, nou santi n kontan anpil lè n patisipe ak tout kè n nan travay predikasyon an e lè n ede frè n ak sè n yo divès fason (Tra. 20:35). Nan tèks pou jounen an, apot Pòl pale sou de bagay k ap ede n kontinye gen kè kontan. Premyèman, objektif nou se ta dwe bay Jewova sa n genyen ki pi bon an. Si n bay Jewova sa n genyen ki pi bon an, n ap gen kè kontan (Mat. 22:36-38). Dezyèmman, nou dwe evite konpare tèt nou ak lòt moun. Kèlkeswa sa sante nou, fòmasyon nou oswa kapasite nou pèmèt nou reyalize, nou ta dwe gen Jewova rekonesans. Yon lòt bò, si gen lòt moun ki pi maton pase n nan travay predikasyon an, nou ta dwe rejwi lefètke yo sèvi ak talan yo genyen pou yo fè louwanj pou Jewova. w22.04 10 § 1-2.
Mèkredi 3 janvye
Se delivrans nou k ap pwoche. — Lik 21:28.
Nasyon sa yo pral detwi fo relijyon yo bridsoukou e sa pral fè tout moun sou tè a sezi (Rev. 18:8-10). Destriksyon Gwo Babilòn nan pral souke lemonnantye e sa ka lakòz gwo pwoblèm, men, pèp Bondye a ap gen omwen de rezon pou yo rejwi. Ènmi sa a Jewova Dye genyen depi byen lontan an pral disparèt nèt, e delivrans nou nan monn mechan sa a pap lwen rive! Dànyèl te fè konnen “vrè konesans” lan t ap “vin anpil”. E se sa ki fèt vre! Nou vin konprann yon seri pwofesi ki gen rapò ak epòk nou an (Dàn. 12:4, 9, 10). Pwofesi sa yo tèlman reyalize yon fason ki egzak, sa fè n vin gen plis respè pou Jewova ak Pawòl li a (Eza. 46:10; 55:11). Kidonk, ann kontinye fòtifye lafwa nou lè n pran tan pou n etidye Bib la, e lè n ede lòt moun vin gen bon relasyon ak Jewova. Jewova ap pwoteje tout moun ki met tout konfyans yo nan li, e l ap ba yo “lapè nètale”. — Eza. 26:3. w22.07 6-7 § 16-17.
Jedi 4 janvye
Yo rasanble wa yo nan yon zòn yo rele ann ebre: Amagedon. — Rev. 16:16.
Liv Revelasyon an fè konnen Wayòm Bondye a tabli nan syèl la e yo met Satan deyò nan syèl la (Rev. 12:1-9). Piske yo met Satan deyò, sa fè gen lapè nan syèl la, men sa lakòz anpil pwoblèm pou nou. Sa k fè sa? Se paske Satan an kòlè e l ap atake sèvitè fidèl Jewova yo sou tè a (Rev. 12:12, 15, 17). Ki jan n kapab ret tennfas devan atak Satan yo (Rev. 13:10)? Youn nan bagay k ap ede n se lefètke n konnen sa k pral rive alavni. Pa egzanp, nan liv Revelasyon an, apot Jan fè konnen kèk nan benediksyon nou pral jwenn talè konsa. Youn nan benediksyon yo se ènmi Bondye yo ki pral detwi. Depi nan premye vèsè a, liv Revelasyon an fè konnen yo sèvi “ak senbòl”, oswa langaj senbolik, pou esplike enfòmasyon nou pral li annapre yo. — Rev. 1:1. w22.05 8 § 1-3.
Vandredi 5 janvye
Nan dènye jou yo, m ap fè w atake peyi m nan yon fason pou nasyon yo ka konnen m lè m fè yo wè mwen se yon Dye ki sen nan fason m aji avèk ou, o Gòg. — Eze. 38:16.
Lefètke sèvitè Jewova yo ap ret fidèl, sa pral fè moun ki opoze ak Jewova yo fache anpil. Se sa k fè plizyè nasyon pral met tèt yo ansanm pou yo atake pèp Bondye a sou tout tè a. Bib la rele atak sa a, atak Gòg ki soti nan peyi Magòg la (Eze. 38:14,15). Ki jan Jewova pral reyaji devan atak terib sa a? Men sa l di nou: “M ap vin an kòlè anpil.” (Eze. 38:18, 21-23). Revelasyon chapit 19 montre sa k rive annapre. Jewova voye Pitit Gason L lan vin defann pèp Li a e pot laviktwa sou ènmi yo. “Lame nan syèl la”, anpalan de zanj fidèl yo ak 144000 moun yo, ap ansanm ak Jezi nan atak sa a (Rev. 17:14; 19:11-15). Ki jan gè sa a ap fini? Tout moun ak tout òganizasyon ki opoze ak Jewova pral detwi nèt! — Rev. 19:19-21. w22.05 17 § 9-10.
Samdi 6 janvye
M ap mete rayisman ant ou menm ak fi a. — Jen. 3:15.
Tousuit apre Adan ak Èv te fin peche, Jewova te bay yon pwofesi ki enpòtan anpil ki t ap bay desandan yo t ap vin genyen yo espwa. Nou jwenn pwofesi li te bay la nan Jenèz 3:15: “E m ap mete rayisman ant ou menm ak fi a, ant desandans ou ak desandans pa l. L ap kraze tèt ou e ou menm w ap blese l nan talon.” Pwofesi sa a nan premye liv nan Bib la. Men, yon fason oswa yon lòt, tout lòt liv ki nan Bib la gen rapò avè l. Menm jan lakòl yo itilize pou kole yon liv fè tout paj liv la ret ansanm, se menm jan an tou, pwofesi nou jwenn nan Jenèz 3:15 lan fè tout liv nan Bib la vin fè yon sèl pou yo bay yon sèl mesaj: Bondye ap voye yon Sovè k ap detwi Dyab la ansanm ak tout mechan k ap suiv li yo. Se pa ti benediksyon sa pral ye pou moun ki renmen Jewova yo! Lè n egzamine Bib la, nou ka wè jan pwofesi sa a ap reyalize e jan l ka pote byenfè pou nou. w22.07 14 § 1-3.
Dimanch 7 janvye
Se Jewova menm ki bay sajès. — Pwo. 2:6.
Mande Jewova pou l gide nou. Mande Jewova pou l ban nou sajès nou bezwen pou n aprann pitit nou renmen l (Jak 1:5). Se Jewova ki ka bay pi bon konsèy. Gen anpil rezon ki esplike sa. Ann wè de nan yo. Premyèman, se Jewova ki gen plis eksperyans antanke paran (Sòm 36:9). E dezyèmman, konsèy li yo toujou bay bon rezilta (Eza. 48:17). Jewova sèvi ak Pawòl li a ak òganizasyon l lan pou l ban n anpil konsèy ki kapab ede n leve pitit nou yon fason pou yo renmen L (Mat. 24:45). Pa egzanp, nou ka jwenn anpil konsèy ki kapab ede nou nan seri atik “Èd pou fanmi”, ki te konn parèt nan Reveye n! pandan plizyè ane e ki disponib kounye a sou sit Entènèt nou an. Epitou, gen anpil videyo sou sit jw.org la ki gen entèvyou ak demonstrasyon ki kapab ede paran yo aplike konsèy Jewova bay yo pandan y ap leve pitit yo. — Pwo. 2:4, 5. w22.05 27 § 4-5.
Lendi 8 janvye
O Ja, si se erè ou t ap gade, kiyès ki t ap ka kanpe devan w? — Sòm 130:3.
Se Jewova ki bay pi bèl egzanp nan linivè nan kesyon padone. Premyèman, Jewova toujou dispoze padone. Dezyèmman, li konnen n trè byen. Li byen konn ki jan nou fèt, e se li menm ki ka pi byen konnen si nou repanti toutbon. E twazyèmman, lè Jewova padone nou, li efase peche nou fè a nèt. Sa pèmèt nou gen yon konsyans ki pwòp e sa fè nou gen favè l. Nòmalman, toutotan nou enpafè, n ap kontinye fè peche. Men, nou ka jwenn konsolasyon nan pawòl nou jwenn nan Étude perspicace des Écritures, volim 2, paj 765 lan ki di: “Piske Jewova gen mizèrikòd e li konnen sèvitè l yo gen feblès, yo pa bezwen toujou ap bay tèt yo pwoblèm pou peche yo fè akoz yo enpafè (Sm 103:8-14; 130:3). Si yo fè tout sa yo kapab pou yo viv selon prensip Bondye yo, yo kapab gen kè kontan. (Flp. 4:4-6; 1Jan 3:19-22).” w22.06 7 § 18-19.
Madi 9 janvye
Y ap trennen nou devan wa ak gouvènè poutèt non mwen. — Lik 21:12.
Lè gouvènman yo opoze ak nou sa kapab fè n pè. Men, se pa sèl mwayen sa a Satan itilize pou l atake nou. Gen kèk moun, sa k plis fè yo pè se fason moun nan fanmi yo ap reyaji lè yo aprann yo vin Temwen Jewova, men, se pa vyolans fizik moun ta ka fè sou yo. Yo renmen fanmi yo anpil, yo ta renmen yo vin aprann konnen Jewova epi renmen l. Sa fè yo mal lè yo tande fanmi yo ap pale yon fason ki derespektan konsènan vrè Dye a e konsènan moun k ap adore l yo. Sepandan, nan kèk ka, moun nan fanmi yo ki te opoze konn vin aksepte laverite. Men, ann sipoze fanmi nou ta koupe tout kontak avè n akoz kwayans nou vin genyen an. Ki jan n ap reyaji? Nou ka jwenn konsolasyon nan bèl pawòl ki nan Sòm 27:10 la. Lè n sonje jan Jewova renmen nou, nou santi n an sekirite menm lè n jwenn opozisyon. Epitou, nou gen konfyans Jewova ap rekonpanse nou pou andirans nou. Jewova ap ban nou tout sa n bezwen pou n viv, l ap ede n pou n ret kalm e pou n gen kè kontan, epi l ap ede n ret pwòch avè l. Pa gen okenn moun ki kapab fè sa menm jan avè l! w22.06 16-17 § 11-13.
Mèkredi 10 janvye
Kris li menm te soufri pou nou, li kite yon modèl pou nou, pou nou suiv tras li pye pou pye. — 1 Pyè 2:21.
Pandan sèvis Jezi sou tè a, yo te akize l kòmkwa li se yon tafyatè, yon aloufa, yon moun k ap travay pou Dyab la, yon moun ki vyole saba e ki menm blasfeme Bondye (Mat. 11:19; 26:65; Lik 11:15; Jan 9:16). Aktout sa, Jezi pa t janm aji menm jan ak yo. Menm lè yon moun pale di avè n, menm jan ak Jezi, nou pa dwe janm rann mal pou mal (1 Pyè 2:22, 23). Nòmalman, li pa toujou fasil pou n aji konsa (Jak 3:2). Ki sa k ka ede n? Fè efò pou w pa fache lè yon moun mal pale avè w lè w ap patisipe nan travay predikasyon an. Men sa yon frè ki rele Sam fè konnen: “Mwen fè efò pou m panse ak jan sa enpòtan pou moun k ap koute m nan aprann laverite sou Bondye e ak posiblite l genyen pou l chanje.” Pafwa, yon moun konn fache paske n vin preche l nan yon move lè. Lè n ap preche epi nou jwenn yon moun ki fache, nou kapab fè yon priyè tout kout pou n mande Jewova ede n ret kalm e pou n pa di anyen ki derespektan. w22.04 6 § 8-9.
Jedi 11 janvye
Pwoche bò kote Bondye. — Jak 4:8.
Yon bon fason pou w ede pitit ou pwoche bò kote Jewova se lè w etidye Labib ak yo (2 Tim. 3:14-17). Sepandan, Bib la montre yon lòt fason timoun yo ka aprann konnen Jewova. Nan liv Pwovèb la, yo pale de yon papa k ap fè pitit li sonje pou l pa janm bliye kalite Jewova yo ki parèt nan kreyasyon an (Pwo. 3:19-21). Paran, se sèten ou renmen soti ak pitit ou. Pwofite moman sa a pou w ede yo wè rapò ki genyen ant “bagay [Jewova] fè yo” ak bèl kalite l genyen yo (Wom. 1:20). Remake ki jan Jezi te sèvi ak bagay ki nan kreyasyon an pou l anseye. Yon lè, li te mande disip li yo pou yo gade kaw yo ak flè yo (Lik 12:24, 27-30). Li te anseye disip li yo yon leson enpòtan konsènan Papa yo ki nan syèl la ki renmen bay e ki gen bonte: Jewova ap fè sèvitè fidèl li yo jwenn manje pou yo manje ak rad pou yo met sou yo, menm jan l fè sa pou kaw yo ak flè ki nan savann yo. w23.03 20-21 § 1-4.
Vandredi 12 janvye
Kèlkeswa sa nou mande nan non m, m ap fè l, yon fason pou Papa a ka jwenn glwa pa mwayen Pitit la. — Jan 14:13.
Nou di Jewova mèsi lefètke nou kapab priye l pa mwayen Pitit Gason l lan. Jewova sèvi ak Jezi pou l ban nou sa n mande l. Jewova koute priyè nou fè nan non Jezi e li reponn priyè sa yo. Epitou, li padone peche nou sou baz sakrifis ranson Jezi a (Wom. 5:1). Labib fè konnen Jezi se “gran prèt [nou an ki] chita adwat twòn Majeste a nan syèl la”. (Ebre 8:1.) Jezi se “èd [nou genyen] bò kot Papa a”. (1 Jan 2:1.) Nou gen Jewova anpil rekonesans dèske li ban nou yon Gran Prèt ki kapab konprann feblès nou e k ap “sipliye pou nou”! (Wom. 8:34; Ebre 4:15.) Si se pa t sakrifis Jezi a nou pa t ap ka priye Jewova. Se sèten w ap dakò nou pap janm ka fin di Jewova mèsi pou kado sa a li ban nou an ki gen anpil valè, anpalan de Pitit Gason l lan li renmen anpil! w22.07 23 § 10-12.
Samdi 13 janvye
Moun ki merite pou yo fè l konfyans lan konn kenbe sekrè. — Pwo. 11:13.
Yon moun ki merite pou yo fè l konfyans se yon moun ki fè efò pou l kenbe pwomès li e ki di laverite (Sòm 15:4). Moun konnen yo ka konte sou li. Se konsa nou ta renmen frè n ak sè n yo wè nou. Nou pa ka fòse lòt moun fè nou konfyans, nou dwe fè efò pou sa. Yo fè konnen konfyans menm jan ak lajan. Ou bezwen fè anpil efò pou w genyen l, men l fasil pou w pèdi l. Se sèten Jewova montre nou ka fè l konfyans, “tout sa l fè yo montre nou ka fè l konfyans”. (Sòm 33:4.) E li vle nou imite l (Efe. 5:1). Nou gen Jewova anpil rekonesans dèske li rale n pou n vin fè pati yon fanmi frè ak sè ki gen lanmou e ki merite pou yo fè yo konfyans! Nou tout gen responsablite pou n fè efò pou frè n ak sè n yo fè n konfyans. Pandan nou chak ap fè tout sa n kapab pou n demontre lanmou, pou n gen imilite, pou n gen bon jijman, pou n aji yon fason ki dwat e pou n gen metriz, nou patisipe nan bèl anbyans ki gen nan kongregasyon nou, kote youn fè lòt konfyans. Se pou n kontinye imite Jewova, Bondye nou an, e ann kontinye montre nou se moun ki merite pou yo fè n konfyans. w22.09 8 § 1-2; 13 § 17.
Dimanch 14 janvye
Jewova ap gade. — Sòm 33:18.
Byenke nou fè pati yon gwo fanmi frè ak sè k ap sèvi Jewova, pafwa nou ka santi n poukò n e nou ka ap goumen ak dekourajman, e nou ka panse nou oblije fè fas ak santiman sa yo poukont nou. Gade jan l te ede pwofèt Eli. Jewova te ankouraje Eli di sa k nan kè l. Pandan de fwa li te mande Eli: “Ki sa w ap fè la a?” (1 Wa 19:9, 13). Chak fwa Eli t ap di sa k nan kè l, Jewova te koute l. Jewova te reponn Eli lè L te montre l Li la avè l ak jan L gen anpil pisans. Li te bay Eli asirans tou gen anpil lòt Izrayelit ki te kontinye adore L (1 Wa 19:11, 12, 18). Pa gen dout, Eli te santi l soulaje apre l te fin di Jewova tout sa k nan kè l e apre l te fin tande fason Jewova te reponn li. Jewova te bay Eli plizyè travay enpòtan pou l fè. Li te mande l pou l met Azayèl wa nan peyi Siri, pou l met Jeyi wa nan peyi Izrayèl, e pou l chwazi Elize kòm pwofèt (1 Wa 19:15, 16). Lefètke Jewova te bay Eli responsablite sa yo, sa te ede Eli ret konsantre sou bagay ki pozitif. Bondye te bay Eli yon bon zanmi tou, anpalan de Elize. w22.08 8 § 3; 9 § 5.
Lendi 15 janvye
Se pou youn kontinye ankouraje lòt e se pou youn kontinye fòtifye lòt. — 1 Tes. 5:11.
Èske kongregasyon w lan te janm konstwi oswa repare yon Sal Wayòm? Si n te fè sa, se sèten ou sonje premye reyinyon ou te asiste nan nouvo lokal la. Ou te gen Jewova anpil rekonesans. Petèt ou te tèlman kontan, ou te prèske kriye lè w t ap chante premye kantik la. Sal Wayòm nou yo ki byen konstwi fè Jewova jwenn louwanj. Men, nou fè Jewova jwenn plis louwanj toujou lè n patisipe nan yon lòt kalite konstriksyon. Travay sa a gen plis valè pase yon konstriksyon. Sa mande pou n ankouraje moun ki vin nan lokal sa yo kote n ap adore Jewova. Se sa apot Pòl te gen nan lespri l lè l te ekri pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. Apot Pòl bay bonjan egzanp antanke moun ki te konn ki jan pou l ankouraje kwayan parèy li. Li te konn mete l nan plas yo. Nou kapab suiv egzanp li, e konsa n ap ka ankouraje frè n ak sè n yo jodi a. — 1 Kor. 11:1. w22.08 20 § 1-2.
Madi 16 janvye
Mache yon fason ki diy devan Jewova. — Kol. 1:10.
Yon kretyen ki vle jis nan je Bondye ap toujou onèt nan tout biznis l ap fè. Yon moun ki fè sa ki jis renmen jistis tou, li pa vle wè lè y ap fè moun enjistis. Yon moun ki jis toutbon reflechi sou fason Jewova ap konsidere desizyon l ap pran “yon fason pou [l] fè [Jewova] plezi nèt”. Labib fè konnen se nan Jewova sa ki jis soti. Se poutèt sa Bib la rele l “Bondye ki jis la”. (Jer. 50:7.) Antanke Kreyatè, se sèl Jewova ki gen dwa deside sa ki byen ak sa ki mal. Fason l wè sa ki byen ak sa ki mal depase fason nou wè sa ki byen ak sa ki mal lontan. (Pwo. 14:12; Eza. 55:8, 9) Sepandan, piske nou fèt pòtre Bondye, nou kapab fè sa l di ki jis (Jen. 1:27). E nou renmen fè sa. Piske nou renmen Papa nou ki nan syèl la, nou fè tout sa n kapab pou n imite l. — Efe. 5:1. w22.08 27 § 5-6.
Mèkredi 17 janvye
Kontinye chèche konprann sa volonte Jewova ye. — Efe. 5:17.
Lè nou boulvèse oswa n dekouraje, nou ka santi n bezwen fè yon bagay k ap ede n pa ret konsantre sou pwoblèm nou yo. E nou konprann sa. Men, nou dwe fè atansyon pou n pa fè yon bagay Jewova rayi (Efe. 5:10-12, 15, 16). Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen nan vil Filip yo, li te ankouraje yo pou yo kontinye reflechi sou bagay “ki jis, [...] ki pwòp, [...] ki merite pou yo renmen yo, [e] ki bon”. (Flp. 4:8) Byenke se pa t egzakteman sou kesyon divètisman Pòl te ekri lèt sa a, sa l te ekri a ta dwe fè n reflechi lè n ap chwazi divètisman. Eseye fè sa n pral di la a: Kèlkeswa kote mo “bagay” la parèt nan vèsè a, ranplase l ak mo “chante”, “fim”, “feyton”, oswa “jwèt videyo”. Lè w fè sa, sa kapab ede w wè kiyès ladan yo ki ka akseptab oswa ki ka pa akseptab pou Bondye. Nou vle viv ann amoni ak prensip wo nivo Jewova yo. — Sòm 119:1-3. w22.10 9 § 11-12.
Jedi 18 janvye
Li te konn sa k nan lòm. — Jan 2:25.
Anvan “moun ki enjis” yo te mouri, kèk nan yo te konn fè yon seri vye bagay sal. Se sa k fè y ap bezwen yo anseye yo fason pou yo viv ann amoni ak prensip Jewova yo ki jis. Wayòm Bondye a pral lanse pi gwo pwogram ansèyman ki potko janm fèt sou tè a pou anseye moun sa yo. Kiyès ki pral anseye moun ki enjis yo? Se gwo foul moun nan ak moun ki jis k ap resisite yo. Pou moun ki enjis yo ka gen non yo ekri nan liv lavi a, yo pral bezwen chèche gen yon bon relasyon ak Jewova, epi vwe l lavi yo. Jezi Kris ak lòt jij ki pral travay ansanm avè l yo pral byen suiv pwogrè tout moun ki enjis yo pral fè (Rev. 20:4). Nenpòt moun ki refize aksepte èd sa a ap detwi, menmsi moun sa a ta gen 100 an (Eza. 65:20). Jewova ak Jezi kapab li kè moun e yo pap kite pèsonn vin bay pwoblèm nan monn nouvo a. — Eza. 11:9; 60:18; 65:25. w22.09 17 § 11-12.
Vandredi 19 janvye
Se pou tout moun soumèt devan otorite yo. — Wom. 13:1.
Nan vèsè sa a, ekspresyon “otorite yo” gen rapò ak dirijan yo ki gen pouvwa e ki gen kontwòl sou lòt moun. Kretyen yo soumèt devan otorite sa yo. Dirijan sa yo met lòd, yo fè moun obeyi lalwa, e pafwa yo konn menm defann pèp Jewova a (Rev. 12:16). Se sa k fè nou dwe peye yo enpo ak taks, e nou dwe gen lakrentif pou yo epi ba yo onè yo mande (Wom. 13:7). Sepandan, gouvènman sa yo gen otorite paske Jewova pèmèt sa. Jezi te montre sa aklè lè Pons Pilat, gouvènè women an, t ap poze l kesyon. Lè Pilat te fè Jezi konnen li gen otorite pou l sove lavi l, oswa pou l fè yo touye l, Jezi te di l: “Ou pa t ap gen okenn pouvwa sou mwen si Bondye nan syèl la pa t pèmèt sa.” (Jan 19:11). Menm jan ak Pilat, otorite tout dirijan yo ak politisyen yo genyen jodi a gen limit. w22.10 14 § 6.
Samdi 20 janvye
Mechan yo pap la ankò. — Sòm 37:10.
Bondye te pouse wa David ekri konsènan fason lavi a t ap ye lè yon wa ki gen sajès e ki fidèl t ap vin chita sou twòn nan alavni. (Sòm 37:10, 11, 29) Byen souvan, nou konn li Sòm 37:11 ak moun yo lè n ap pale konsènan Paradi ki gen pou vini an. E nou gen rezon fè sa, paske Jezi te site vèsè sa a nan Diskou li te bay sou mòn nan, sa ki montre se yon bagay ki gen pou fèt alavni (Mat. 5:5). Men, pawòl David yo te montre tou ki jan lavi a t ap ye nan epòk wa Salomon. Lè Salomon t ap dirije peyi Izrayèl, pèp Bondye a te gen bonjan lapè e yo te gen tout sa yo te bezwen nan yon peyi kote “lèt ak siwo myèl [t] ap koule”. Bondye te di: “Si nou kontinye mache selon lwa [m yo], [...] m ap mete lapè nan peyi a e n ap kouche san pèsonn pa fè nou tranble.” (Lev. 20:24; 26:3, 6). Pwomès sa yo te reyalize sou rèy Salomon (1 Kwo. 22:9; 29:26-28). Pawòl nou jwenn nan Sòm 37:10, 11, 29 yo te reyalize nan tan lontan e y ap gen pou yo reyalize alavni tou. w22.12 10 § 8.
Dimanch 21 janvye
Moun ki kenbe [sajès] byen di yo ap kontan. — Pwo. 3:18.
Antanke vrè kretyen, nou bezwen suiv enstriksyon. Men konsèy pratik Bib la bay pou n ka reyisi: “Lè w suiv konsèy ki saj, sa ap ede w mennen batay ou, e lè gen anpil moun k ap bay konsèy, gen siksè.” (Pwo. 24:6, nòt). Ann wè ki jan lè n aplike prensip sa a sa ap ede n vin pi efikas nan travay preche ak anseye a. Olye nou preche oswa anseye fason pa nou, nou eseye suiv konsèy yo ban nou. Nou jwenn konsèy ki saj nan reyinyon nou yo, kote yon seri frè ki gen eksperyans bay diskou ki baze sou Bib la epi yo fè yon seri patisipasyon pou fòme nou. Anplis de sa, òganizasyon Jewova a fè n jwenn piblikasyon ak videyo ki kapab ede moun yo konprann Bib la. Se pa ti rekonesans nou genyen pou bonjan konsèy nou jwenn nan Pawòl Bondye a! Ann pran detèminasyon pou n toujou aji ann amoni ak sajès Jewova bay la. — Pwo. 3:13-17. w22.10 23 § 18-19.
Lendi 22 janvye
Ala dous sa w di yo dous nan bouch mwen! Yo pi dous pase siwo myèl! — Sòm 119:103.
Lè nou manje e nou fè dijesyon, nou vin gen plis fòs. Se menm jan an tou, lè n etidye Pawòl Bondye a e n medite sou sa n li yo, lafwa n vin pi djanm. Jewova vle nou byen konprann Pawòl li a. Nou kapab fè sa lè n priye, nou li Pawòl Bondye a e n medite sou sa n li yo. Toudabò nou priye pou n prepare kè n pou n resevwa panse Bondye. Lèfini, nou li yon pasaj nan Bib la. Apre sa, nou pran yon ti poz pou n medite, pou n byen reflechi sou sa nou sot li a. Ki rezilta n ap jwenn lè n fè sa? Plis nou medite, se plis n ap konprann Pawòl Bondye a e lafwa nou ap vin pi djanm. Poukisa li enpòtan anpil pou n li Bib la e pou n medite sou sa n li yo? Lè n fè sa, sa ap ban n fòs nou bezwen pou n preche mesaj Wayòm nan kounye a e pou n preche mesaj jijman an ki pral frape fò nou ka gen pou n bay talè konsa. Epitou, lè n medite sou bèl kalite Jewova genyen yo, n ap vin gen pi bon relasyon avè l. w22.11 6-7 § 16-17.
Madi 23 janvye
Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou. — Jan 13:35.
Jezi te montre, piske disip li yo t ap renmen youn lòt toutbon, se pa yo menm sèlman ki t ap wè kiyès ki vrè disip li yo, lòt moun t ap wè sa tou. E lanmou ki gen nan mitan frè ak sè yo vrèman estrawòdinè! Nòmalman, Temwen Jewova yo pa pafè (1 Jan 1:8). Donk, plis n ap aprann konn frè n ak sè n yo nan kongregasyon an, se plis nou ka wè kèk nan defo yo genyen (Wom. 3:23). Malerezman, gen moun ki kite enpèfeksyon lòt moun fè yo sispann sèvi Jewova. Ki jan Jezi te montre li renmen apot li yo? E ki jan n ka suiv egzanp Jezi jodi a?’ Li bon pou Temwen Jewova yo reflechi sou repons kesyon sa yo. Lè n fè sa, sa ka ede n demontre plis lanmou, sitou lè enpèfeksyon nou genyen fè youn mal aji ak lòt. — Efe. 5:2. w23.03 26-27 § 2-4.
Mèkredi 24 janvye
Ou fidèl ak moun ki fidèl. — Sòm 18:25.
Tank lafen an ap pwoche, nou ka atann n ap jwenn difikilte anndan kongregasyon an. Difikilte sa yo ka fè l pa fasil pou n ret fidèl ak Jewova. Se sa k fè nou dwe rete nan bonsans nou. Si w santi yon frè oswa yon sè mal aji avè w, pa kite sa fè w ret fache. Si w resevwa disiplin, pa ret ap panse ak jan sa fè w wont, aksepte konsèy ou jwenn, epi fè chanjman ki nesesè yo. Epitou, lè gen chanjman ki fèt nan òganizasyon Jewova a ki konsène w pèsonèlman, aksepte yo ak tout kè w e fè sa yo mande w fè a. Kontinye fè Jewova ak òganizasyon l lan konfyans lè l difisil pou w ret fidèl. Rete kalm, byen reflechi, epi chèche wè bagay yo menm jan ak Jewova. Priye Jewova pou w mande l ede w. Epi, pa janm pran distans ou ak kongregasyon an. Konsa, kèlkeswa sa k rive, Satan pap kapab fè w kite Jewova oswa òganizasyon L lan. — Jak 4:7. w22.11 24-25 § 14-16.
Jedi 25 janvye
Renmen tout frè nou yo. — 1 Pyè 2:17.
Ansyen yo ede frè ak sè yo prepare yo anvan yon katastwòf. Yo asire yo tout moun nan kongregasyon an konn sa pou yo fè pou yo pwoteje tèt yo e pou yo pran kontak ak ansyen yo. Ki sa ou menm ou ka fè? Si gen yon katastwòf ki pase toupre zòn kote w abite a, mande ansyen yo ki èd ou kapab bay. Petèt ou kapab ofri kay ou pou moun ki te oblije kouri kite kay yo oswa moun k ap patisipe nan travay pote sekou yo rete pandan yon tan. Petèt ou ka pot manje ak pwovizyon pou pwoklamatè ki nan bezwen yo. Si gen yon katastwòf ki pase nan yon zòn ki pa pre w, ou ka toujou ede. Ki jan w ka fè sa? Ou kapab priye pou moun ki viktim yo (2 Kor. 1:8-11). Petèt ou ka soutni travay pote sekou a tou lè w fè ofrann pou travay mondyal la (2 Kor. 8:2-5). Si w kapab deplase pou w al nan yon zòn ki bezwen èd, mande ansyen yo ki sa w ka fè pou w ede. Si yo ta mande w pou w al ede, se sèten y ap ba w fòmasyon pou yo kapab itilize w kote yo plis bezwen èd e nan moman yo plis bezwen sa. w22.12 24 § 8; 25 § 11-12.
Vandredi 26 janvye
Pa gen okenn tantasyon nou jwenn lòt moun pa konn jwenn. — 1 Kor. 10:13.
Yo te ekri pawòl sa yo pou gason ak fi ki kretyen ki t ap viv nan vil Korent. Gen ladan yo ki te konn fè adiltè, genyen ki te omoseksyèl e genyen ki te konn bwè pou sou (1 Kor. 6:9-11). Èske w panse apre yo te fin batize yo pa t janm gen pou yo goumen ak move dezi ankò? Nou pa kwè sa. Se vre yo tout se te kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl, men yo te toujou moun ki enpafè. Sandout yo te oblije goumen ak move dezi tanzantan. Sa ta dwe ankouraje n. Poukisa? Paske sa montre kèlkeswa move dezi n ap goumen avè l la, gen yon lòt moun ki te rive kenbe tèt avè l. Se sa k fè nou kapab “rete fèm nan lafwa, piske nou konnen se menm kalite soufrans lan tout frè nou yo nan monn nan ap jwenn”. — 1 Pyè 5:9. w23.01 12 § 15.
Samdi 27 janvye
N ap gen tribilasyon nan monn nan, men pran kouraj! Mwen pot laviktwa sou monn nan. — Jan 16:33.
Li te mande Jewova pou l voye je sou disip li yo (Jan 17:11). Poukisa sa ban nou kouraj? Paske Jewova gen plis fòs pase nenpòt nan ènmi nou yo (1 Jan 4:4). Jewova wè tout bagay. Nou sèten si nou konte sou li, nou kapab konbat laperèz nou genyen e n ap montre nou gen kouraj. Èske pafwa ou konn santi w jennen pou w fè konnen ou se Temwen Jewova? Èske w renka pou w vin yon pwoklamatè oswa pou w batize paske w pè sa lòt moun ta ka panse? Pa kite sa anpeche w fè sa w konnen ki dwat. Priye Jewova ak tout kè w. Mande l pou l ba w kouraj pou w fè volonte l. Lè w wè jan Jewova reponn priyè w, w ap vin pi djanm e w ap vin gen plis kouraj. — Eza. 41:10, 13. w23.01 29 § 12; 30 § 14.
Dimanch 28 janvye
Èske nou pa li? — Mat. 12:3.
Pou Jezi te montre Farizyen yo pa t byen konprann Ekriti yo, li te poze yo menm kesyon an: “Èske nou pa li?” (Mat. 12:1-7). Lè sa a, Farizyen yo te fè konprann disip Jezi yo te vyole saba. Se sa k fè Jezi te pran de egzanp nan Ekriti yo e l te site yon vèsè nan liv Oze a pou l montre Farizyen yo pa t byen konprann rezon ki fè yo te bay lwa sou saba a e yo pa t montre yo gen mizèrikòd. Poukisa mesye sa yo pa t kite sa yo te li nan Pawòl Bondye a touche kè yo? Paske yo te ret ap kritike e yo te gen ògèy. Atitid yo te genyen an te anpeche yo konprann sa yo te li yo (Mat. 23:23; Jan 5:39, 40). Gade Matye 19:4-6 tou, kote Jezi te poze Farizyen yo menm kesyon sa a: “Èske nou pa li?” Menm lè yo te li istwa sou kreyasyon an, yo pa t bay sa l anseye sou fason Bondye wè maryaj okenn enpòtans. Pawòl Jezi te di yo aprann nou nou bezwen gen yon bon atitid lè n ap li Bib la. Kontrèman ak Farizyen yo, nou dwe gen imilite e nou dwe dispoze aprann. w23.02 12 § 12-13.
Lendi 29 janvye
W ap aprann reflechi e sa ap pwoteje w. — Pwo. 2:11.
Jewova te bay nasyon Izrayèl la yon seri lwa sou fason pou yo te pwoteje tèt yo pou yo pa t fè aksidan grav lakay yo ak nan travay yo (Egz. 21:28, 29; Det. 22:8). Si yon moun te touye yon lòt moun san l pa t fè espre sa t ap gen gwo konsekans (Det. 19:4, 5). Lalwa te mande pou yo pini menm moun ki ta lakòz yon aksidan rive yon timoun ki nan vant alòske l pa t fè espre (Egz. 21:22, 23). Ekriti yo montre byen klè Jewova vle n veye pou n pa lakòz aksidan. Nou montre n gen rekonesans pou lavi ki se yon kado Bondye ban nou lè n fè efò pou n evite aksidan lakay nou ak nan travay nou. Nou dwe pran prekosyon lè n ap jete bagay ki ka blese moun, pwodui chimik oswa medikaman, yon fason pou yo pa bay pwoblèm, e nou pa dwe mete yo yon kote timoun piti ka jwenn yo. Nou pran prekosyon lè n ap sèvi ak dife, likid ki cho, zouti ki mache ak kouran e n pa kite yo san siveyans. Nou pa kondui machin pandan lespri nou pa fin klè apre n te fin pran yon medikaman, nou te bwè alkòl, oswa n te manke dòmi, e nou pa kenbe telefòn nan men nou pandan n ap kondui pou n pa distrè. w23.02 21-22 § 7-9.
Madi 30 janvye
N ap wè Gran Pwofesè nou an. — Eza. 30:20.
Jewova se yon Anseyan ki gen pasyans ak bonte e ki konprann nou. Li chèche sa ki bon lakay elèv li yo (Sòm 130:3). E li pa janm atann plis pase sa n ka fè. Sonje se li menm ki fè sèvo w ki se yon bèl kado (Sòm 139:14). Kreyatè nou an vle n kontinye aprann pou toutan e pou n renmen fè sa. Se sa k fè li bon pou n chèche “gen yon gwo anvi” pou verite ki nan Bib la depi kounye a (1 Pyè 2:2). Chèche gen objektif ou kapab reyalize, e chèche gen yon pwogram pou w li Bib la e pou w etidye l, epi fè efò pou w respekte l (Joz. 1:8). Grasa èd Jewova, w ap vin renmen li e w ap vin renmen aprann konnen Jewova plis toujou. Se pa konesans sèlman n ap bezwen genyen. Konesans ap sitou ede w aprann plis sou Jewova epi l ap ede w vin gen yon seri kalite tankou lanmou ak lafwa (1 Kor. 8:1-3). Pandan w ap kontinye aprann, kontinye mande Jewova pou l ede w gen plis lafwa (Lik 17:5). Jewova toujou reponn priyè sa yo. w23.03 10 § 11, 13.
Mèkredi 31 janvye
Byen sèvi ak tan nou. — Kol. 4:5.
Jezi te vle pou disip li yo ret okipe anpil pandan yo t ap tann sistèm nan fini. Jezi te ba yo travay pou yo fè. Li te ba yo lòd pou yo preche bon nouvèl la “nan Jerizalèm, nan tout Jide ak nan Samari, rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”. (Tra. 1:6-8.) Ala yon gwo travay disip Jezi yo te gen pou yo fè! Lefètke yo te met tout fòs yo nan travay sa a, yo te byen sèvi ak tan yo. Pou n veye kò nou, nou bezwen reflechi sou fason n ap sèvi ak tan nou. “Malè” ka rive nenpòt nan nou “sanzatann”. (Ekl. 9:11.) Nou ka pèdi lavi n bridsoukou. Nou kapab byen sèvi ak tan nou lè n fè volonte Jewova e lè n fè efò pou n vin pi pwòch avè l (Jan 14:21). Nou bezwen “vin fèm, san nou pa brannen, [e] se pou nou toujou gen anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a”. (1 Kor. 15:58.) Konsa, lè lafen an rive, swa fen lavi nou oswa fen sistèm mechan sa a, nou pap regrèt anyen. — Mat. 24:13; Wom. 14:8. w23.02 18 § 12-14.