BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es24 p. 17-26
  • Fevriye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fevriye
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2024
  • Soutit
  • Jedi 1ye fevriye
  • Vandredi 2 fevriye
  • Samdi 3 fevriye
  • Dimanch 4 fevriye
  • Lendi 5 fevriye
  • Madi 6 fevriye
  • Mèkredi 7 fevriye
  • Jedi 8 fevriye
  • Vandredi 9 fevriye
  • Samdi 10 fevriye
  • Dimanch 11 fevriye
  • Lendi 12 fevriye
  • Madi 13 fevriye
  • Mèkredi 14 fevriye
  • Jedi 15 fevriye
  • Vandredi 16 fevriye
  • Samdi 17 fevriye
  • Dimanch 18 fevriye
  • Lendi 19 fevriye
  • Madi 20 fevriye
  • Mèkredi 21 fevriye
  • Jedi 22 fevriye
  • Vandredi 23 fevriye
  • Samdi 24 fevriye
  • Dimanch 25 fevriye
  • Lendi 26 fevriye
  • Madi 27 fevriye
  • Mèkredi 28 fevriye
  • Jedi 29 fevriye
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2024
es24 p. 17-26

Fevriye

Jedi 1ye fevriye

Se pou nou youn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an. — Jan 15:12.

Ki sa pawòl nan tèks pou jounen an vle di? Jan Jezi te esplike sa, se yon kalite lanmou ki fè yon moun pa wè tèt li sèlman, yon lanmou ki t ap pouse yon kretyen menm mouri pou kwayan parèy li, si sa ta nesesè. Pawòl Bondye a di anpil bagay sou lanmou. Pa egzanp, vèsè ki vin annapre yo, se vèsè anpil moun pi renmen: “Bondye se lanmou.” (1 Jan 4:8). “Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.” (Mat. 22:39). “Lanmou kouvri yon pakèt peche.” (1 Pyè 4:8). “Lanmou pa janm fayi.” (1 Kor. 13:8). Vèsè sa yo ak lòt vèsè ankò ta dwe fè kèlkeswa moun nan wè aklè jan l enpòtan pou l chèche gen bèl kalite sa a e pou l montre sa nan fason l aji. Se nan Jewova vrè lanmou an soti. Se sèlman moun Jewova bay lespri sen l e li beni ki kapab renmen youn lòt toutbon (1 Jan 4:7). Donk, nou konprann rezon ki fè Jezi te di se bonjan lanmou vrè kretyen yo gen youn pou lòt k ap fè yo rekonèt yo. E vrèmanvre, anpil moun rive rekonèt vrè kretyen yo paske yo gen bonjan lanmou nan mitan yo. w23.03 27-28 § 5-8.

Vandredi 2 fevriye

Peche w yo padone. — Lik 7:48.

Èske w bezwen aprann padone lòt moun plis? Ou ka kòmanse li egzanp kèk moun nan Bib la ki te padone lòt moun ak tout kè yo ak egzanp kèk lòt moun ki pa t fè sa, epi medite sou egzanp sa yo. Reflechi sou egzanp Jezi. Li te dispoze padone lòt moun ak tout kè l (Lik 7:47). Li pa t konsantre sou fot yo te fè, men li te wè bon bagay yo te kapab fè. Yon lòt bò, Farizyen yo nan epòk Jezi a “pa t pran lòt moun pou anyen”. (Lik 18:9.) Apre w fin medite sou egzanp sa yo, mande tèt ou: ‘Ki jan m wè lòt moun? Ki kalite yo genyen mwen chwazi konsantre sou yo?’ Si l difisil pou w padone yon moun, eseye fè yon lis ki gen ladan l tout bèl kalite moun sa a genyen. Apre sa, mande tèt ou: ‘Ki jan Jezi wè moun sa a? Èske l t ap padone l?’ Si w fè sa, ou kapab chanje fason w panse. Okòmansman, nou ka bezwen fè anpil efò pou n padone yon moun ki te fè n yon bagay ki fè n mal. Si n kontinye fè efò nan sans sa a, rive yon lè l ap pi fasil pou n padone. w22.04 23 § 6.

Samdi 3 fevriye

Jezi voye zanj li, e pa mwayen zanj sa a, li sèvi ak senbòl pou l bay [...] revelasyon an. — Rev. 1:1.

Nan liv Revelasyon an, yo sèvi ak senbòl pou fè konnen kiyès ki ènmi Bondye yo. Yo pale konsènan yon pakèt bèt sovaj. Pa egzanp, yo pale konsènan “yon bèt sovaj k ap monte sot nan lanmè a”. Li gen “dis kòn ak sèt tèt”. (Rev. 13:1.) Apre premye bèt sa a, gen “yon lòt bèt sovaj k ap monte sot nan tè a”. Bèt sovaj sa a pale tankou yon dragon e li fè “dife [desann] sot nan syèl la”. (Rev. 13:​11-13.) Annapre, yo pale konsènan yon lòt bèt, se “yon bèt sovaj wouj vif”, e gen yon pwostitye ki chita sou li k ap mennen l. Twa bèt sovaj sa yo reprezante yon seri ènmi Jewova Dye ak Wayòm li an genyen depi byen lontan. Se sa k fè li enpòtan pou n konnen kiyès yo ye (Rev. 17:​1, 3). Nou bezwen konnen ki sa bèt sovaj yo ak pwostitye a reprezante. Pi bon fason pou n konprann ki sa yo reprezante, se lè n kite Bib la ban nou esplikasyon sou sa. Gen anpil senbòl nou jwenn nan liv Revelasyon an yo deja bay esplikasyon sou yo nan lòt liv nou jwenn nan Bib la. w22.05 8-9 § 3-4.

Dimanch 4 fevriye

Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou. — Mat. 22:37.

Gen kèk sèvitè Jewova ki twouve l difisil pou yo fè tout sa yo ta renmen fè nan sèvis li akoz yo vin granmoun oswa yo pa gen bon sante. Si w santi w dekouraje pafwa paske gen yon bagay ki anpeche w fè sa w ta renmen fè, mande tèt ou: ‘Ki sa Jewova vle m fè?’ Jewova vle w fè tout sa w kapab, selon sitiyasyon w kounye a. Ann pran yon egzanp: Yon sè ki nan 80 an yo santi l dekouraje paske l pa ka fè tout sa l te konn fè nan travay predikasyon an lè l te nan 40 an yo. Li panse menm lè l fè tout sa l kapab, sa pa fè Jewova plezi. Men, èske se vre? Fè yon ti reflechi. Si sè a te bay sa l genyen ki pi bon an lè l te nan 40 an yo e l kontinye bay sa l genyen ki pi bon an pandan li nan 80 an yo, li pa sispann bay sa l genyen ki pi bon an. Si n fè tout sa n kapab, se sèten Jewova ap di nou: “Trè byen!” (Konpare ak Matye 25:​20-23.) N ap twouve l pi fasil pou n gen kè kontan si n konsantre sou sa n ka fè olye n konsantre sou sa n pa ka fè. w22.04 10 § 2; 11 § 4-6.

Lendi 5 fevriye

Mwen wè vil ki sen an, Nouvo Jerizalèm nan. — Rev. 21:2.

Revelasyon chapit 21 konpare 144000 moun yo ak yon vil ki bèl anpil ki rele “Nouvo Jerizalèm”. Fondasyon vil sa a fèt ak 12 wòch e yo gen “non 12 apot Ti Mouton an” ekri sou yo (Rev. 21:​10-14; Efe. 2:20). Vil senbolik sa a pa sanble ak okenn lòt vil. Vil la gen yon ri prensipal ki fèt ak bon lò, 12 pòtay ki fèt ak pèl, miray li ak fondasyon l dekore ak pyè ki gen anpil valè, ni longè l ni lajè l ni wotè l egal (Rev. 21:​15-21). Aktout sa, sanble gen yon bagay ki manke! Remake ki sa Jan di annapre: “Mwen pa t wè tanp nan vil la, paske se Jewova Dye, li menm ki Toupisan an, ak Ti Mouton an ki te tanp li. E vil la pa t bezwen ni solèy ni lalin pou klere l, paske glwa Bondye te klere l, e se Ti Mouton an ki te lanp li.” (Rev. 21:​22, 23). Moun ki fè pati Nouvo Jerizalèm nan ap ansanm ak Jewova. — Ebre 7:27; Rev. 22:​3, 4. w22.05 17-18 § 14-15.

Madi 6 fevriye

Se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè l. Menm jan Jewova padone nou ak tout kè l, nou menm tou, nou dwe fè menm jan an. — Kol. 3:13.

Nonsèlman Jewova se Kreyatè nou, li se Sila a ki ban nou lwa pou nou suiv e li se Jij nou, men tou, li se Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou (Sòm 100:3; Eza. 33:22). Lè n peche kont Jewova e nou repanti toutbon, nonsèlman li kapab padone nou, men tou, li kontan fè sa (Sòm 86:5). Men asirans Jewova te bay pa mwayen pwofèt Ezayi: “Menmsi peche nou yo tankou twal wouj, y ap vin blan kou nèj.” (Eza. 1:18). Piske nou enpafè, nou tout konn di oswa fè yon seri bagay ki fè lòt moun mal (Jak 3:2). Men, sa pa vle di nou pa ka gen bon relasyon ak yo. N ap rive gen bon relasyon ak yo si n aprann padone (Pwo. 17:9; 19:11; Mat. 18:​21, 22). Lè youn fè lòt kèk ti bagay ki pa twò grav, Jewova vle nou padone. Nou gen bonjan rezon pou n fè sa. Dayè, Jewova dispoze padone nou “nèt”. — Eza. 55:7. w22.06 8 § 1-2.

Mèkredi 7 fevriye

Imite moun ki eritye pwomès yo grasa lafwa ak pasyans yo te genyen. — Ebre 6:12.

Byenke nou pa dwe konpare tèt nou ak lòt moun, lè n aprann nan egzanp moun ki fidèl yo, sa ka bon pou nou. Pa egzanp, ann reflechi sou lavi Jezi. Menmsi nou pa pafè menm jan avè l, nou kapab aprann anpil bagay nan bèl kalite l te genyen yo ak nan fason l te aji (1 Pyè 2:21). Lè n fè tout sa n kapab pou n suiv egzanp li pye pou pye, nou vin yon pi bon sèvitè. Nan Pawòl Bondye a, nou jwenn anpil egzanp gason ak fi ki te fidèl nou kapab imite, malgre yo te enpafè. Panse ak wa David, li menm Jewova te rele “yon moun ki fè m plezi”. (Tra. 13:22.) Epoutan, David te fè kèk peche ki grav. Malgre sa, li se yon bon egzanp pou nou. Sa k fè sa? Paske li pa t eseye defann tèt li. Okontrè, li te aksepte konsèy fèm li te resevwa, e l te regrèt sa l te fè yo ak tout kè l. Se sa k fè Jewova te padone l. — Sòm 51:​3, 4, 10-12. w22.04 13 § 11-12.

Jedi 8 fevriye

Yon moun [...] ap bay tout sa l genyen pou l sove lavi l. — Jòb 2:4.

Labib fè konnen lanmò se yon ènmi (1 Kor. 15:​25, 26). Nou ka ap enkyete lè n ap panse ak lanmò, sitou lè nou menm oswa yon moun pa nou malad grav. Poukisa nou pè lanmò? Paske Jewova te kreye n ak anvi pou n viv pou toutan (Ekl. 3:11). Lè nou pè lanmò sa ka ede n pwoteje lavi n. Sa ka pouse n pran bon desizyon anrapò ak sa n ap manje, egzèsis n ap fè, chèche wè doktè, pran medikaman lè sa nesesè, epi evite met lavi n an danje san nesesite. Satan konnen lavi nou gen anpil valè pou nou. Li fè konnen n ap bay nenpòt sa n genyen, n ap menm aksepte pèdi relasyon n ak Jewova, jis pou n pa pèdi lavi n (Jòb 2:5). Nou konnen sa Satan di a se manti! Men, piske li se “sila a ki gen mwayen pou l lakòz lanmò a”, e li konnen n pè lanmò, li eseye sèvi ak sa pou l fè n vire do bay Jewova. — Ebre 2:​14, 15. w22.06 18 § 15-16.

Vandredi 9 fevriye

Pa kite solèy la kouche sou nou tou an kòlè. — Efe. 4:26.

Pandan n anba entèdiksyon, nou ka oblije fè gwoup ki pi piti lè n ap reyini. Se sa k fè li vin pi enpòtan toujou pou n gen lapè nan mitan nou. Goumen kont Satan, pa goumen youn ak lòt. Pase sou fot frè n ak sè n yo, oswa fè efò pou n regle kèlkeswa pwoblèm nou genyen byen vit (Pwo. 19:11). Se pou n dispoze ede youn lòt (Tit 3:14). Lefètke yon gwoup predikasyon te ede yon sè ki te bezwen èd, sa te gen bon efè sou tout gwoup predikasyon an. Yo te vin pi pwòch youn ak lòt, yo te vin tankou yon fanmi (Sòm 133:1). Gen plizyè dizèn milye frè ak sè k ap sèvi Jewova malgre gouvènman nan peyi yo met restriksyon sou travay n ap fè a. Gen nan yo ki nan prizon akoz lafwa yo. Nou kapab priye pou yo menm ak fanmi yo, e pou lòt frè ak sè ki met kouraj sou yo pou ede frè n ak sè n ki nan prizon yo, malgre yo konnen yo ka arete yo. Yo ede yo kontinye met konfyans yo nan Jewova, yo ede yo jwenn sa yo bezwen, e yo defann yo nan tribinal (Kol. 4:​3, 18). Pa janm bliye priyè w fè kapab ede yo anpil! — 2 Tes. 3:​1, 2; 1 Tim. 2:​1, 2. w22.12 26-27 § 15-16.

Samdi 10 fevriye

W ap anseye lòt moun, epi w pa anseye tèt ou? — Wom. 2:21.

Souvan, timoun imite paran yo. Nòmalman, pa gen okenn paran ki pafè (Wom. 3:23). Malgre sa, paran ki gen sajès yo fè tout sa yo kapab pou yo bay pitit yo bon egzanp. Men sa yon papa di: “Yo tankou eponj ki bwè tout bagay. Lè egzanp nou bay depaman ak sa nou mande yo fè, y ap di nou sa.” Donk, si nou vle pitit nou renmen Jewova, nou dwe renmen Jewova ak tout kè n, e sa dwe parèt klè. Gen anpil fason paran yo kapab aprann pitit yo renmen Jewova. Men sa yon frè ki rele Andrew, ki gen 17 an, di: “Paran m te toujou montre m jan sa enpòtan pou m priye. Papi te konn priye avè m chak swa, menmsi m te deja priye. […] Kounye a, mwen vrèman alèz pou m priye Jewova e pou m wè l tankou yon Papa ki gen lanmou.” Paran, toujou sonje lanmou w gen pou Jewova kapab ede pitit ou vin aprann renmen l. w22.05 28 § 7-8.

Dimanch 11 fevriye

Batèm nan k ap sove nou. — 1 Pyè 3:21.

Pou w ka pare pou w batize, youn nan premye bagay nou dwe fè se repanti toutbon pou peche n (Tra. 2:​37, 38). Bonjan repantans ap ede yon moun chanje toutbon. Èske w sispann fè yon seri bagay ki pa fè Jewova plezi, tankou viv nan imoralite, sèvi ak tabak, oswa di mo sal (1 Kor. 6:​9, 10; 2 Kor. 7:1; Efe. 4:29)? Kontinye fè efò pou w fè chanjman. Pale ak moun k ap etidye Labib avè w la oswa mande ansyen nan kongregasyon an pou yo ede w e pou yo gide w. Si w jèn e w ap viv lakay paran w, kontinye mande yo pou yo ede w pou w kite kèlkeswa move abitid ki ta ka anpeche w batize. Li enpòtan tou pou n gen yon bon pwogram nan sèvis Bondye. Sa kapab gen ladan l asiste reyinyon yo epi patisipe ladan yo (Ebre 10:​24, 25). E kou w kalifye pou w preche, met aktivite sa a nan pwogram ou regilyèman tou. w23.03 10-11 § 14-16.

Lendi 12 fevriye

Jewova Dye di sèpan an: “Piske se sa w fè, [...] ou se yon bèt ki modi.” — Jen. 3:14.

Nan Jenèz 3:​14, 15, yo pale konsènan yon “sèpan”, ak “desandans” “sèpan an”. Yon sèpan toutbon pa t ap ka konprann sa Jewova te di nan jaden Edenn nan. Donk, se sèten se yon kreyati entèlijan Jewova te bay santans lan. Kiyès li ye? Revelasyon 12:9 esplike byen klè kiyès ki sèpan an. Vèsè sa a montre aklè se Satan Ledyab ki “premye sèpan an”. Lè Labib itilize mo desandans lan, se nan sans yon moun tèlman byen imite yon lòt moun, yo ta ka menm di li se pitit moun sa a. Donk, desandans sèpan an gen ladan l yon seri zanj ki pa fidèl ansanm ak yon seri moun ki kont Jewova Dye e ki opoze ak pèp Li a, menm jan ak Satan. Sa gen ladan l zanj ki te kite travay yo te ba yo fè nan syèl la pou yo vin viv sou tè a nan epòk Noye a, ansanm ak yon seri moun mechan ki aji menm jan ak papa yo, anpalan de Dyab la. — Jen. 6:​1, 2; Jan 8:44; 1 Jan 5:19; Jid 6. w22.07 14-15 § 4-5.

Madi 13 fevriye

Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo. — Flp. 1:10.

Apot Pòl te renmen frè l ak sè l yo anpil. Li te konn jwenn difikilte tou. Se sa k fè li te ka demontre konpasyon pou kwayan parèy li lè yo t ap andire eprèv e li te kapab mete l nan plas yo. Yon lè, Pòl pa t gen senkòb e l te oblije chèche travay pou l pran swen tèt li ak moun ki te ansanm avè l yo (Tra. 20:34). Travay li se te fè tant. Lè l te rive Korent, okòmansman, li te konn fè tant ansanm ak Akila ak Prisil. Men, “chak saba” li te konn preche Juif yo ak Grèk yo. Apre sa, lè Silas ak Timote te vini, “Pòl [te] kòmanse vin okipe anpil nan preche pawòl la”. (Tra. 18:​2-5.) Pòl pa t janm bliye sa k te pi enpòtan nan lavi l se te sèvi Jewova. Piske Pòl te konn travay di, li te kapab ankouraje frè l ak sè l yo. Li te fè yo sonje pou yo pa kite presyon lavi a ak obligasyon yo genyen pou yo pran swen fanmi yo fè yo neglije “bagay ki pi enpòtan yo”, sa vle di, tout sa ki gen rapò ak adorasyon yo t ap bay Jewova a. w22.08 20 § 3.

Mèkredi 14 fevriye

Fòk yo preche bon nouvèl la anvan nan tout nasyon. — Mak 13:10.

Jodi a, se volonte Bondye pou yo preche bon nouvèl Wayòm nan sou tout tè a (1 Tim. 2:​3, 4). Se Jewova ki Mèt travay sa a. Travay la tèlman enpòtan, li bay Pitit Gason l lan li renmen anpil la dirije l. Piske se Jezi k ap dirije travay predikasyon an, nou gen asirans l ap fin fèt jan Jewova vle l la anvan lafen an vini (Mat. 24:14). Sa k fè nou kwè sa? Yon ti tan anvan Jezi monte nan syèl, li te reyini ak kèk nan disip fidèl li yo sou mòn Galile e li te di yo: “Mwen resevwa tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a.” Note sa l te di annapre: “Kidonk, ale, epi fè disip pami moun tout nasyon.” (Mat. 28:​18, 19). Donk, Jezi te resevwa pouvwa pou l fè anpil travay, e youn nan sa l gen pou l fè se dirije travay predikasyon an. E Jezi t ap kontinye dirije travay predikasyon an rive jis nan epòk nou an. w22.07 8 § 1, 3; 9 § 4.

Jedi 15 fevriye

Lè a ap rive kote tout moun ki nan tonm yo pral tande vwa l, e y ap soti. Moun ki te fè bon bagay ap resisite pou yo jwenn lavi. — Jan 5:​28, 29.

Moun ki jis yo, ki te fè bon bagay anvan yo mouri, pral “resisite pou yo jwenn lavi” paske non yo ap deja ekri nan liv lavi a. Sa vle di, “moun ki te fè bon bagay” yo pale de yo nan Jan 5:29 la ki pral resisite yo, se menm moun sa yo Travay 24:15 pale de yo antanke “moun ki jis” ki pral resisite. Esplikasyon sa a ann amoni ak pawòl nou jwenn nan Women 6:7 yo ki di: “Yon moun ki mouri peye pou peche l.” Donk, lè moun ki jis sa yo te mouri, Jewova te elimine peche yo. Men, l ap toujou sonje bèl aksyon yo te fè ki montre yo te fidèl pandan yo te vivan (Ebre 6:10). Nòmalman, lè moun ki jis sa yo resisite, y ap bezwen ret fidèl pou non yo ka ret nan liv lavi a. w22.09 18 § 13, 15.

Vandredi 16 fevriye

Tout sa [Jewova] fè yo montre nou ka fè l konfyans. — Sòm 33:4.

Pwofèt Dànyèl te bay yon bèl egzanp antanke moun ki te merite pou yo fè l konfyans. Byenke Babilónyen yo te mennen l ann egzil, sa pa t pran tan pou yo te vin konnen l kòm yon moun yo te ka fè konfyans. Yo te vin fè l plis konfyans toujou lè Jewova te ede l esplike rèv Nebikadneza, wa Babilòn nan, te fè yo (Dàn. 4:​20-22, 25). Plizyè ane annapre, yon lòt fwa ankò, Dànyèl te montre li te merite pou yo fè l konfyans lè l te byen esplike yon mesaj pèsonn pa t ka konprann ki te parèt sou mi palè Babilòn nan (Dàn. 5:​5, 25-29). Annapre, Dariyis, wa peyi Medi a, ak yon seri moun li te met nan gwo pozisyon te remake Dànyèl “te gen yon entèlijans estrawòdinè”. Yo te rekonèt Dànyèl “te onèt, li pa t fè okenn neglijans e li pa t nan magouy”. (Dàn. 6:​3, 4.) Li ta bon pou n mande tèt nou: ‘Ki repitasyon m genyen nan je moun ki pap sèvi Jewova yo? Lè nou se moun ki merite pou yo fè n konfyans, sa fè Jewova jwenn louwanj. w22.09 8-9 § 2-4.

Samdi 17 fevriye

Se pou nou imite Bondye, antanke pitit li renmen. — Efe. 5:1.

Nou jwenn byenfè lè nou suiv prensip Jewova bay anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal. Èske w konprann sa k fè sa? Imajine sa k t ap rive si chak bank ta deside fikse to pa yo pou yo chanje lajan. T ap gen gwo pwoblèm. E si doktè yo ak enfimyè yo pa ta suiv prensip byen klè sou fason pou yo pran swen malad yo? Plizyè malad te ka mouri. Vrèmanvre, lè gen prensip nou ka fè konfyans, se yon pwoteksyon. Menm jan an tou, prensip Bondye bay anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal pwoteje nou. Jewova beni moun k ap fè efò pou yo viv ann amoni ak prensip li yo. Men sa l pwomèt: “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” (Sòm 37:29). Èske w ka imajine jan pral gen tèt ansanm, lapè ak kè kontan lè tout moun pral suiv prensip Jewova yo? Se konsa Jewova ta renmen w viv. Pa gen dout, nou chak gen bonjan rezon pou n renmen sa ki jis. w22.08 27-28 § 6-8.

Dimanch 18 fevriye

Rete nan bonsans ou nan tout bagay. — 2 Tim. 4:5.

Lè n ap fè fas ak sitiyasyon ki kontrarye n, li kapab difisil pou n ret fidèl ak Jewova e ak òganizasyon l lan. Ki sa k ap ede n fè fas ak sitiyasyon sa yo? Nou bezwen rete nan bonsans nou epi ret je klè, toutpandan nou kontinye kenbe fèm nan lafwa. Nou rete nan bonsans nou lè n rete kalm, nou byen reflechi e nou fè efò pou n wè bagay yo jan Jewova wè yo. Lè n fè sa, n ap rive kontwole panse nou. Petèt nou santi yon frè oswa yon sè mal aji avè n, petèt yon moun ki gen responsablite. Sandout se pa espre frè a te fè (Wom. 3:23; Jak 3:2). Men, sa l te fè a ka fè w kontrarye. Ou ka menm ap mande tèt ou: ‘Si yon frè ka aji konsa, èske òganizasyon sa a se òganizasyon Bondye a vre?’ Se egzakteman konsa Satan vle w panse (2 Kor. 2:11). Lè n reflechi konsa, sa ka fè n sispann sèvi Jewova epi kite òganizasyon l lan. Donk, nou dwe veye pou n pa gen rankin. w22.11 20 § 1, 3; 21 § 4.

Lendi 19 fevriye

Met espwa nou nan Jewova. — Sòm 27:14.

Jewova ban nou yon bèl esperans, anpalan de esperans pou n gen lavi ki pap janm fini an. Gen kèk moun ki gen esperans pou y al viv pou toutan nan syèl la antanke espri ki pa ka mouri (1 Kor. 15:​50, 53). Sepandan, pifò moun gen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a, kote y ap gen yon sante ki pafè e y ap gen kè kontan toutbon (Rev. 21:​3, 4). Kit nou gen esperans pou n gen lavi ki pap janm fini an nan syèl la oswa sou tè a, esperans nou genyen an gen anpil valè pou nou. Esperans nou gen pou lavni an se yon garanti paske se Jewova ki bay li (Wom. 15:13). Nou konnen sa l pwomèt, e nou konnen li toujou kenbe pawòl li (Nonb 23:19). Nou gen konviksyon nonsèlman Jewova vle fè tout sa l di l pral fè yo, men tou li gen pouvwa pou l fè yo. Papa nou ki nan syèl la renmen nou, e li vle n fè l konfyans. Lè esperans nou genyen nan Jewova a fèm, n ap kapab andire eprèv e n ap gen kouraj ak kè kontan kèlkeswa sa k ta rive alavni. w22.10 24 § 1-3.

Madi 20 fevriye

Pèp sa a se yon pèp ki rebèl, [...] ki pa vle tande lwa Jewova bay. — Eza. 30: 9.

Piske pèp la pa t vle koute Jewova, Ezayi te fè konnen Jewova t apral kite malè rive yo (Eza. 30:​5, 17; Jer. 25:​8-11). E vrèmanvre, yo te mennen yo ann egzil nan peyi Babilòn. Men, te gen kèk nan Juif sa yo ki te fidèl, e Ezayi te fè yo konnen yon jou Jewova t ap rekòmanse fè yo favè ankò (Eza. 30:​18, 19). E se egzakteman sa k te rive. Jewova te libere yo anba men Babilónyen yo, men, sa te pran plizyè ane anvan l te fè sa. Ekspresyon “Jewova ap tann avèk pasyans pou l fè nou favè” a montre t ap gen kèk tan ki pase anvan Jewova delivre Izrayelit ki te fidèl yo. Vrèmanvre, Izrayelit yo te fè 70 an ann egzil nan peyi Babilòn anvan kèk nan yo te retounen Jerizalèm (Eza. 10:21; Jer. 29:10). Lè Izrayelit yo te Babilòn yo te kriye paske yo te tris anpil, men lè yo te retounen nan peyi yo, yo te kriye paske yo te kontan anpil. w22.11 9 § 4.

Mèkredi 21 fevriye

Byennere moun ki jwenn pèsekisyon poutèt y ap fè sa ki jis. — Mat. 5:10.

Jodi a, nan anpil peyi, frè n ak sè n yo ap andire pèsekisyon menm jan ak apot yo nan premye syèk la lè yo t ap pèsekite yo poutèt yo t ap pale de Jezi. Pandan plizyè fwa, jij yo nan pi gwo tribinal juif la te “ba yo lòd pou yo sispann pale nan non Jezi”. (Tra. 4:​18-20; 5:​27, 28, 40.) Men, yo te konnen gen yon pi gwo otorite ki ‘te ba yo lòd pou yo preche pèp la e pou yo bay yon temwayaj konplè’ sou Kris (Tra. 10:42). Se sa k fè Pyè ak Jan, antanke pòt pawòl yo, te di avèk kran se Bondye yo dwe obeyi olye yo obeyi jij sa yo, e yo te fè konnen yo pap sispann pale konsènan Jezi (Tra. 5:29). Apre yo te fin bat apot yo poutèt yo te ret fidèl, yo te sot devan pi gwo tribinal juif la, yo te “kontan dèske Bondye te twouve yo diy pou yo imilye yo poutèt non Jezi”, e yo te kontinye preche! — Tra. 5:​41, 42. w22.10 12-13 § 2-4.

Jedi 22 fevriye

Pwoche bò kote Bondye bon pou mwen. — Sòm 73:28.

Pou n aprann konnen Jewova, nou bezwen kòmanse ak ansèyman de baz yo. Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen ebre yo, li te rele ansèyman sa yo “bagay de baz”. Li pa t rabese “doktrin de baz yo” lè l te konpare yo ak lèt yo bay tibebe (Ebre 5:12; 6:1). Men, li te ankouraje tout kretyen pou yo pa kontante yo ak doktrin de baz yo e pou yo aprann verite ki pi pwofon ki nan Pawòl Bondye a. Èske w ta renmen konnen ansèyman ki pi pwofon ki nan Bib la? Èske w dispoze fè pwogrè pou w kontinye aprann konnen Jewova ak objektif li? Sepandan, pou anpil nan nou, li pa fasil pou n etidye. E pou ou menm? Èske nan lekòl ou, yo te byen aprann ou fason pou w li e pou w etidye? Èske w te renmen etidye e w te kontan fè sa? Oswa, èske w te di tèt ou pa fò nan etidye? Si se ka pa w, ou pa poukò w. Men, Jewova kapab ede w. Li se yon Anseyan ki pafè e l se pi bon Anseyan an. w23.03 10 § 8-10.

Vandredi 23 fevriye

Aksepte pou pawòl ki ka sove nou an anrasinen nan nou. — Jak 1:21.

Si nou gen dousè, n ap kite Pawòl Bondye a chanje moun nou ye a. Leson nou aprann nan Bib la konsènan mizèrikòd, konpasyon ak lanmou ap touche kè n si n pa renmen kritike oswa si n pa gen ògèy. Fason n aji ak lòt moun ka montre si n kite Pawòl Bondye a touche kè n. Farizyen yo pa t kite Pawòl Bondye a touche kè yo, se sa k fè yo te “kondane moun ki inosan”. (Mat. 12:7.) Menm jan an tou, fason n wè lòt moun e fason n aji ak yo montre si n kite Pawòl Bondye a touche kè n. Pa egzanp, èske n gen tandans pale sou bèl kalite nou wè lòt moun genyen, oswa nou toujou pare pou n pale sou defo yo genyen? Èske n gen mizèrikòd e n pare pou n padone, oswa èske n renmen kritike e n gen tandans kenbe moun sou kè? Repons nou chak bay pou kesyon sa yo ap montre si n kite sa n li yo aji sou panse nou, sou santiman nou epi gide n nan fason n ap aji. — 1 Tim. 4:​12, 15; Ebre 4:12. w23.02 12 § 13-14.

Samdi 24 fevriye

Mwen menm, Jewova, Bondye w la, mwen kenbe men dwat ou, e mwen se Sila a k ap di w: “Ou pa bezwen pè, m ap ede w.” — Eza. 41:13.

Ann pran egzanp Jozèf, moun Arimate. Li te yon moun Juif yo te respekte anpil. Li te yon manm Sanedren an, pi gwo tribinal Juif yo. Sepandan, pandan Jezi t ap fè sèvis li sou tè a, Jozèf pa t montre l gen kouraj. Jan te di li te “yon disip Jezi an kachèt paske li te pè Juif yo”. (Jan 19:38.) Aktout Jozèf te enterese nan mesaj Wayòm nan, li pa t kite lòt moun konnen li gen lafwa nan Jezi. Pa gen dout li te pè pou moun pa t respekte l ankò si yo ta vin konnen li se yon disip Jezi. Men, kèlkeswa rezon an, Bib la fè nou konnen apre lanmò Jezi, finalman Jozèf te “met kouraj sou li, l al devan Pilat, li mande l kò Jezi”. (Mak 15:​42, 43.) Kounye a, tout moun te ka wè aklè Jozèf te yon disip Jezi. Èske sa konn rive ou pè moun menm jan sa te rive Jozèf? w23.01 30 § 13-14.

Dimanch 25 fevriye

Byennere moun ki nan pèp ou a e byennere sèvitè w yo ki toujou kanpe devan w ap koute pawòl sajès k ap sot nan bouch ou! — 1 Wa 10:8.

Rèn Cheba a te aprann jan Izrayelit yo te gen lapè ak jan afè yo t ap byen mache sou rèy Salomon. Rèn nan te fè yon vwayaj byen long pou l al Jerizalèm pou l te ka wè sa ak je l (1 Wa 10:1). Apre l te fin vizite wayòm Salomon an li te di pawòl ki nan tèks pou jounen an. Men, fason moun yo t ap viv sou rèy Salomon an se te jis yon apèsi sou sa Jewova pral fè lè Jezi, Pitit Gason l lan, pral dirije limanite. Jezi pi bon pase Salomon nan tout sans. Salomon pa t pafè e li te fè yon seri erè grav, sa ki te vin lakòz pèp Bondye a tonbe nan pwoblèm. Jezi li menm se yon Dirijan ki pafè ki pa konn fè erè (Lik 1:32; Ebre 4:​14, 15). Kris montre aklè li pap janm peche oswa li pap janm fè anyen ki ta ka fè moun l ap dirije yo ki fidèl soufri. Vrèmanvre, se yon onè pou n genyen l kòm Wa nou. w22.12 11 § 9-10.

Lendi 26 fevriye

Obeyi moun k ap dirije nou yo, e soumèt devan yo, paske yo toujou ap veye sou nou. — Ebre 13:17.

Ki sa n dwe fè si gen yon maladi trapan k ap gaye kote n ap viv la? Nou dwe obeyi enstriksyon otorite yo bay tankou lave men nou, kenbe distans ak lòt moun, mete kachnen, epi pa ret toupre lòt moun si nou malad. Lè n fè efò pou nou fè bagay sa yo nou montre jan n gen rekonesans pou lavi Bondye ban nou an. Lè gen ijans, zanmi nou, vwazen nou ak medya yo ka ap gaye yon seri fo enfòmasyon. Olye n kwè “tout sa moun di”, li ta bon pou n koute enfòmasyon ki pi egzak otorite yo ak doktè yo ap bay (Pwo. 14:15.) Kolèj santral la ak biwo filyal yo fè anpil efò pou yo jwenn enfòmasyon ki egzak anvan yo bay kongregasyon yo enstriksyon anrapò ak reyinyon yo ak travay predikasyon an. Lè n suiv enstriksyon sa yo, nou pwoteje tèt nou e nou pwoteje lòt moun kont danje. Epitou, sa ka fè Temwen Jewova yo vin gen pi bon repitasyon nan zòn kote y ap viv la. — 1 Pyè 2:12. w23.02 23 § 11-12.

Madi 27 fevriye

Koute e [...] aprann gen lakrentif pou Jewova, Bondye nou an. — Det. 31:13.

Lè Izrayelit yo te antre nan Peyi Bondye te pwomèt la, yo t ap viv plizyè kote nan peyi a. Li te ka fasil pou Izrayelit ki t ap viv nan yon zòn rive bliye Izrayelit ki t ap viv lòt kote nan peyi a. Men, Jewova te pran dispozisyon pou Izrayelit yo reyini ansanm nan plizyè okazyon pou yo te tande Pawòl li te fè ekri a e pou yo te tande lè yo t ap esplike l (Det. 31:​10-12; Ney. 8:​2, 8, 18). Imajine jan yon Izrayelit ki te fidèl dwe te santi l lè l te rive Jerizalèm e l te wè petèt plizyè milyon lòt adoratè ki te sot toupatou nan peyi a! Konsa, Jewova te ede pèp li a kontinye gen tèt ansanm. Annapre, lè kongregasyon kretyen an te vin fòme, gason ak fi ki te gen ladan l yo te pale divès lang, yo te soti nan divès kouch sosyal e yo pa t gen menm mwayen ekonomik. Men, yo te gen tèt ansanm nan adorasyon yo t ap bay vrè Dye a. Moun ki te vin kwayan yo pa t ap ka konprann Pawòl Bondye a si kwayan parèy yo pa t ede yo e si yo pa t reyini ansanm avèk yo. — Tra. 2:42; 8:​30, 31. w23.02 3 § 7.

Mèkredi 28 fevriye

Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an [...]. — Jan 17:3.

Jewova pwomèt moun ki obeyi l ap gen “lavi ki pap janm fini an”. (Wom. 6:23.) Lè n medite sou pwomès Jewova fè nou an, se sèten nou vin pi renmen l toujou. Fè yon ti reflechi: Papa nou ki nan syèl la tèlman renmen nou, li ofri n kado sa a pou n pa janm separe avè l. Pwomès Bondye fè pou l ban nou lavi ki pap janm fini an ede n andire eprèv nou jwenn jodi a. Menm lè ènmi nou yo menase n y ap touye n, nou pap janm fè konpwomi. Sa k fè sa? Youn nan rezon yo se paske nou konnen si n mouri fidèl, Jewova ap resisite n e l ap ban n posiblite pou n pa janm mouri ankò (Jan 5:​28, 29; 1 Kor. 15:​55-58; Ebre 2:15). Nou konnen Jewova kapab ban nou lavi ki pap janm fini an paske se li menm ki Sous lavi a, e li la pou toutan (Sòm 36:9). Bib la montre vrèmanvre Jewova te toujou egziste e l ap toujou egziste. — Sòm 90:2; 102:​12, 24, 27. w22.12 2 § 1-3.

Jedi 29 fevriye

Ki sa ki ka separe nou ak lanmou Kris la gen pou nou an? Èske se tribilasyon, oswa detrès, oswa pèsekisyon? — Wom. 8:35.

Antanke sèvitè Jewova, nou pa sezi lè nou jwenn eprèv. Jan Bib la di sa, nou konprann “nou dwe antre nan Wayòm Bondye a anba anpil tribilasyon”. (Tra. 14:22.) Nou konnen tou gen kèk pwoblèm nou genyen se nan monn nouvo Bondye a y ap fin rezoud nèt, kote “pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò”. (Rev. 21:4.) Jewova pa anpeche nou jwenn eprèv. Men, li ede n pou n ka andire yo. Apre apot Pòl te fin site yon seri eprèv li menm ak frè l yo te jwenn, men sa l te ekri kretyen ki t ap viv nan vil Wòm yo: “Nou pot yon viktwa total grasa Sila a ki renmen nou an.” (Wom. 8:​36-37). Sa vle di Jewova kapab ede w reyisi menm lè w jwenn eprèv. w23.01 14 § 1-2.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje