BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es24 p. 118-128
  • Desanm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Desanm
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2024
  • Soutit
  • Dimanch 1ye desanm
  • Lendi 2 desanm
  • Madi 3 desanm
  • Mèkredi 4 desanm
  • Jedi 5 desanm
  • Vandredi 6 desanm
  • Samdi 7 desanm
  • Dimanch 8 desanm
  • Lendi 9 desanm
  • Madi 10 desanm
  • Mèkredi 11 desanm
  • Jedi 12 desanm
  • Vandredi 13 desanm
  • Samdi 14 desanm
  • Dimanch 15 desanm
  • Lendi 16 desanm
  • Madi 17 desanm
  • Mèkredi 18 desanm
  • Jedi 19 desanm
  • Vandredi 20 desanm
  • Samdi 21 desanm
  • Dimanch 22 desanm
  • Lendi 23 desanm
  • Madi 24 desanm
  • Mèkredi 25 desanm
  • Jedi 26 desanm
  • Vandredi 27 desanm
  • Samdi 28 desanm
  • Dimanch 29 desanm
  • Lendi 30 desanm
  • Madi 31 desanm
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2024
es24 p. 118-128

Desanm

Dimanch 1ye desanm

Ki sa k anpeche m batize? — Tra. 8:36.

Etyopyen ki te nan gwo pozisyon an te vrèman pare pou l batize? Paske li “t al Jerizalèm pou l adore Bondye”. (Tra. 8:27.) Donk, li dwe te konvèti nan relijyon juif la. Sandout, li te aprann konn Jewova nan Liv sakre ki te ekri ann ebre yo. Men, li te vle aprann plis. Anfèt, lè Filip te rankontre l sou wout la, li te jwenn li ap li nan yon woulo ki gen liv pwofèt Ezayi a (Tra. 8:28). Li te vle kontinye aprann. Li te fè yon vwayaj byen long sot Etyopi pou l vin adore Jewova nan tanp lan nan Jerizalèm. Filip te aprann Etyopyen an kèk verite enpòtan li pa t konnen, pa egzanp, kiyès ki Mesi a (Tra. 8:​34, 35). Li te vin pi renmen Jewova e l te vin aprann renmen Pitit Gason L lan. Sa te fè l pran desizyon pou l batize pou l vin disip Jezi Kris. Piske Filip te wè mesye a te pare, li te batize l. w23.03 8-9 § 3-6.

Lendi 2 desanm

Se pou pawòl nou toujou bèl. — Kol. 4:6.

Nou pa ka fè Jewova plezi si n pa di laverite (Pwo. 6:​16, 17). Jodi a, byenke anpil moun twouve l nòmal pou yo bay manti, nou pa bay manti, paske Jewova di nou pa dwe fè sa (Sòm 15:​1, 2). Nonsèlman, nou pap bay manti, men tou, nou pap fè espre pou n fè lòt moun kwè yon bagay ki pa sa. Nou dwe toujou evite fè tripotay (Pwo. 25:23; 2 Tes. 3:11). Si w ap pale ak yon moun e w santi sa n ap di a kòmanse tounen tripotay, chanje konvèsasyon an, pale sou yon bagay ki pozitif pito. Piske n ap viv nan yon monn kote moun yo di anpil mo sal lè y ap pale, nou dwe fè anpil efò pou pawòl k ap sot nan bouch nou fè Jewova plezi. L ap beni nou lè n fè bonjan efò pou n byen sèvi ak kapasite sa a lè n ap preche, lè n nan reyinyon ak nan konvèsasyon nou gen chak jou. Lè Jewova detwi vye monn sa a, l ap pi fasil pou n onore Jewova ak pawòl k ap sot nan bouch nou. — Jid 15. w22.04 9 § 18-20.

Madi 3 desanm

Nou demontre lanmou, paske li te demontre lanmou pou nou an premye. — 1 Jan 4:19.

Lè n reflechi sou jan Jewova ak Jezi renmen nou sa pouse n pou n renmen yo tou (1 Jan 4:10). Nou vin renmen yo plis toujou lè n konprann Jezi te mouri pou nou pèsonèlman. Apot Pòl te konprann sa, e nan lèt li te ekri kretyen galat yo, li te montre rekonesans li genyen. Men sa l te di: “Pitit Bondye a [...] renmen m e [li] livre tèt li pou mwen.” (Gal. 2:20). Grasa ranson an, Jewova rale w vin jwenn li pou w ka vin zanmi l (Jan 6:44). Èske sa pa touche kè w lè w konnen Jewova wè yon bon bagay lakay ou e li peye pri ki pi chè a pou w kapab vin zanmi l? Èske sa pa fè w renmen Jewova ak Jezi pi plis? Li ta bon pou nou tout mande tèt nou: ‘Ki sa lanmou sa a m gen pou Jewova ak Jezi ap pouse m fè?’ Lanmou nou gen pou Bondye ak Kris pouse n montre nou renmen lòt moun. — 2 Kor. 5:​14, 15; 6:​1, 2. w23.01 28 § 6-7.

Mèkredi 4 desanm

M ap fè pèp yo pale yon lang ki pwòp. — Sof. 3:9.

Bib la jwe yon gwo wòl nan objektif Jewova genyen pou moun k ap adore l yo “sèvi [l] kòtakòt”. Jewova te fè ekri plizyè pati nan Bib la yon fason pou moun ki gen imilite yo sèlman ka konprann yo (Lik 10:21). Moun tout kote li Bib la. Men, se moun ki gen imilite yo sèlman ki vrèman konprann sa k nan Bib la e ki fè sa l di (2 Kor. 3:​15, 16). Bib la ede n wè sajès Jewova genyen. Jewova itilize Bib la nonsèlman pou l anseye nou tout, men tou, pou l anseye nou chak e pou l ankouraje nou. Nou tout ka wè jan Jewova gen sousi pou nou pèsonèlman lè n li Pawòl li a (Eza. 30:21). Èske sa pa konn rive w ou li Bib la epi w tonbe sou yon vèsè ou santi se pou ou menm menm yo te ekri l? Epoutan, plizyè milyon moun enterese nan Bib la. Ki jan Bib la fè gen enfòmasyon ki toujou itil jodi a ki se egzakteman sa w bezwen? Sa rive fèt paske se Sila a ki gen plis sajès nan linivè a ki te fè ekri Bib la. — 2 Tim. 3:​16, 17. w23.02 4-5 § 8-10.

Jedi 5 desanm

Reflechi sou bagay sa yo, plonje nèt ladan yo, yon fason pou tout moun ka wè pwogrè w aklè. — 1 Tim. 4:15.

Antanke vrè kretyen, nou renmen Jewova anpil. Nou ta renmen ba l sa nou genyen ki pi bon an. Men, pou n fè tout sa n kapab pou Jewova nou bezwen chèche gen objektif nan sèvis n ap ba li a. Pa egzanp, chèche gen yon seri kalite antanke kretyen, aprann yon seri bagay ki itil, epi chèche mwayen pou n ede lòt moun. Poukisa nou ta dwe anvi vin yon pi bon sèvitè Jewova? Toudabò, nou vle fè Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou plezi. Jewova kontan lè l wè n itilize tout kapasite n genyen nan sèvis li. Mete sou sa, nou vle fè pwogrè nan sèvis Bondye a pou n ka pi itil frè n ak sè n yo (1 Tes. 4:​9, 10). Kèlkeswa kantite tan nou genyen nan laverite, nou tout ka fè pwogrè nan sèvis Bondye a. w22.04 22 § 1-2.

Vandredi 6 desanm

Y ap manje chè l, e y ap boule l nèt nan dife. — Rev. 17:16.

Talè konsa, sistèm politik ki nan monn nan pral atake Gran Babilòn nan, anpalan de tout fo relijyon nan monn nan. Aksyon sa a yo pral fè a se pral kòmansman gwo tribilasyon an. Èske sa pral fè yon pakèt moun deside vin sèvi Jewova? Non. Okontrè, Revelasyon chapit 6 montre, nan moman terib sa a, moun ki pap sèvi Jewova pral chèche pwoteksyon nan sistèm politik ak sistèm komèsyal ki nan monn sa a e ki konpare ak mòn. Piske moun sa yo pap soutni Wayòm Bondye a, Jewova pral konsidere yo kòm opozan (Lik 11:23; Rev. 6:​15-17). Vrèmanvre, pandan tribilasyon sa a ki pral rèd anpil, moun yo pral kapab wè sèvitè Jewova yo pa menm ak moun ki pap sèvi Jewova yo. Se yo menm ki pral sèl gwoup moun sou tè a k ap sèvi Jewova Dye e k ap refize soutni “bèt sovaj la”. — Rev. 13:​14-17. w22.05 16-17 § 8-9.

Samdi 7 desanm

Li gen yon bon nouvèl k ap dire pou toutan pou l anonse moun ki abite sou tè a, moun tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp. — Rev. 14:6.

Se pa sèlman mesaj konsènan bon nouvèl Wayòm nan pèp Bondye a gen pou l anonse. Yo bezwen soutni travay zanj yo pale de yo nan Revelasyon chapit 8 rive nan chapit 10 ap fè a tou. Zanj sa yo ap anonse yon seri malè ki gen pou rive moun ki pa vle soutni Wayòm Bondye a. Se sa k fè Temwen Jewova yo ap anonse yon mesaj jijman, ki sanble ak “lagrèl ak dife”, ki fè konnen jijman Bondye pral fè kont divès pati monn mechan Satan an (Rev. 8:​7, 13). Moun yo bezwen konnen lafen an toupre rive, yon fason pou yo ka fè gwo chanjman nan lavi yo e pou yo ka chape nan jou kòlè Jewova a (Sof. 2:​2, 3). Se pa tout moun ki renmen mesaj sa a. Nou bezwen met kouraj sou nou pou n fè yo konnen l. Pandan gwo tribilasyon an, dènye mesaj jijman an pral pi rèd toujou. — Rev. 16:21. w22.05 7 § 18-19.

Dimanch 8 desanm

Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout lespri nou. — Mat. 22:37.

Ann imajine yon mari ak madanm kretyen ki pral gen pitit. Anvan sa, yo ka te konn tande anpil diskou sou fason pou leve timoun. Men, kounye a, prensip sa yo vin gen yon lòt sans pou yo. Yo pral leve pwòp pitit pa yo. Sa se yon gwo responsablite! Se sèten, lè sitiyasyon n chanje, sa ka fè n vin wè yon seri prensip biblik nou te byen konnen anvan sa yon lòt jan. Se youn nan rezon ki fè sèvitè Jewova yo li Ekriti yo, jan yo te mande wa ann Izrayèl yo fè sa, e yo medite sou sa yo li yo “pandan tout vi” yo (Det. 17:19). Paran, nou gen youn nan pi gwo privilèj yon kretyen kapab genyen, nou gen pou n aprann pitit nou konnen Jewova. Pou n rive fè sa, nou pa dwe annik di pitit nou kèk bagay sou Bondye nou an. Nou bezwen fè plis pase sa. Nou vle aprann pitit nou renmen Jewova ak tout kè yo. w22.05 26 § 2-3.

Lendi 9 desanm

Abiye nou ak nouvo pèsonalite a. — Kol. 3:10.

Sa pa sifi pou yon moun regrèt fason l t ap viv oswa yon move bagay li te fè. Li dwe pare pou l aji. Yon bagay enpòtan Jewova egzamine lè l ap deside si l dwe padone yon moun se si moun nan konvèti. Konvèti vle di “kase tèt tounen”. Sa mande pou moun nan chanje fason l t ap viv lè l sispann fè move bagay li t ap fè yo e l vin ap viv fason Jewova vle a. (Eza. 55:7) Moun sa a dwe chanje fason l panse pou l kite panse Jewova gide l (Wom. 12:2; Efe. 4:23). Li dwe pran detèminasyon pou l chanje fason l te konn panse ki pa t bon e pou l kite move bagay li te konn fè (Kol. 3:​7-9). Nòmalman, se lafwa nou genyen nan sakrifis Kris la ki pèmèt Jewova padone nou lè n peche e ki fè nou vin pwòp nan je l. Jewova ap padone nou sou baz sakrifis sa a, lè l wè n ap fè anpil efò pou n chanje fason n aji. — 1 Jan 1:7. w22.06 6 § 16-17.

Madi 10 desanm

Ou pa bezwen pè bagay ou pral sibi yo. — Rev. 2:10.

Sa gen lontan depi moun ap fè moun soufri (Ekl. 8:9). Pa egzanp, moun mal sèvi ak otorite yo genyen, kriminèl fè vyolans sou moun, elèv ap bay elèv parèy yo brimad nan lekòl, yo joure yo, yo fè yo menas, e gen kèk moun ki menm aji yon fason ki brital ak moun nan fanmi yo. Donk, nou pa sezi lefètke moun pè moun! Men, ki jan Satan eseye sèvi ak sa pou l ban nou pwoblèm? Lè nou pè moun, Satan sèvi ak sa pou l eseye fè n fè yon seri bagay Jewova di pou n pa fè e pou l eseye fè n sispann preche. Satan fè yon seri gouvènman entèdi travay n ap fè a epi pèsekite nou (Lik 21:12). Gen anpil moun nan monn Satan an k ap gaye fo enfòmasyon sou Temwen Jewova yo e k ap bay yon seri vye manti sou yo. Moun ki kwè manti sa yo ka pase nou nan rizib, oubyen yo ka menm atake nou (Mat. 10:36). Èske taktik Satan itilize yo fè nou sezi? Non, sa pa fè n sezi ditou. Li te deja itilize yo nan premye syèk la. — Tra. 5:​27, 28, 40. w22.06 16 § 10-11.

Mèkredi 11 desanm

Moun k ap ede anpil moun vin fè sa ki dwat yo pral klere tankou zetwal pou tout tan gen tan. — Dàn. 12:3.

Kiyès k ap pami “anpil moun” yo pral ede fè sa ki dwat yo? Pami moun sa yo, ap gen moun k ap resisite yo, epitou, ap gen moun k ap pase Amagedon vivan yo ansanm ak timoun ki ka fèt nan monn nouvo a. Nan fen 1000 an yo, tout moun k ap viv sou tè a ap vin pafè. Nou dwe sonje se pa paske yon moun pafè ki fè l ap gen lavi ki pap janm fini an kanmenm. Sonje Adan ak Èv. Yo te pafè, men, pou Jewova Dye te ka ba yo lavi ki pap janm fini an, yo te bezwen obeyi l anvan. Malerezman, yo pa t obeyi Jewova (Wom. 5:12). Piske tout moun ap vin pafè nan fen 1000 an yo, èske tout moun pafè sa yo pral aksepte Jewova dirije yo nèt pou toutan? Oswa èske gen nan yo ki pral aji menm jan ak Adan ak Èv, yo menm ki pa t ret fidèl, byenke yo te pafè? Kesyon sa yo pral bezwen jwenn repons. w22.09 22-23 § 12-14.

Jedi 12 desanm

Wayòm monn nan vin tounen Wayòm Seyè nou an ak Kris li a. — Rev. 11:15.

Lè n wè tout pwoblèm ki gen nan monn nan jodi a, èske n twouve l difisil pou n kwè bagay yo ap vin pi bon yon jou? Pa tèlman gen lanmou nan fanmi yo ankò. Moun yo nan monn nan vin pi vyolan, yo vin pi egoyis, e yo vin pi agresif. Anpil moun twouve l difisil pou yo fè moun ki gen otorite konfyans. Men, sitiyasyon sa yo kapab ban nou espwa. Sa k fè sa? Paske moun yo ap aji egzakteman jan yon pwofesi estrawòdinè ki pale konsènan “dènye jou yo” te anonse sa (2 Tim. 3:​1-5). Lefètke pwofesi sa a ap reyalize, sa montre aklè Kris Jezi kòmanse dirije antanke Wa nan Wayòm Bondye a, e pa gen yon moun ki sensè ki kapab di li pa wè pwofesi sa a ap reyalize. Men, sa se sèlman youn nan pakèt pwofesi ki gen rapò ak Wayòm nan. Tout pwofesi sa yo kore youn lòt, tankou pyès nan yon jwèt pasyans, pou ede n pi byen konprann sa k pral rive talè konsa selon kalandriye Jewova a. w22.07 2 § 1-2.

Vandredi 13 desanm

Se bagay ki jis yon moun fè ki montre li gen sajès. — Mat. 11:19.

Pandan pandemi COVID-19 la, nou te jwenn enstriksyon klè sou fason pou n fè reyinyon nan kongregasyon yo ak sou fason pou n patisipe nan travay predikasyon an. Byen vit, nou te kòmanse asiste reyinyon, asanble ak kongrè pa mwayen videyo konferans. Epitou, nou te plis preche pa mwayen lèt ak telefòn. Jewova te beni efò nou. Gen anpil filyal ki fè konnen kantite pwoklamatè yo genyen yo vin ogmante anpil. Anfèt, anpil moun te fè bèl eksperyans nan moman sa a. Petèt gen kèk moun ki te santi òganizasyon an te pran twòp prekosyon anrapò ak pandemi an. Men, pandan plizyè fwa, nou te vin wè aklè jan enstriksyon nou te resevwa yo te itil. E lè n medite sou fason Jezi dirije pèp li a avèk lanmou, nou vin gen asirans kèlkeswa sa demen pote, Jewova ak Pitit Gason l lan li renmen anpil la ap avèk nou. — Ebre 13:​5, 6. w22.07 13 § 15-16.

Samdi 14 desanm

Priye toutan. Di mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye vle nou fè, nou menm k ap suiv Kris Jezi. — 1 Tes. 5:​17, 18.

Nonsèlman nou bezwen fè louwanj pou Jewova nan priyè nou yo, men tou, nou bezwen di l mèsi pou bèl bagay li fè yo. Pa egzanp, nou ka di l mèsi pou bèl koulè nou wè flè yo genyen, pou tout kalite bon manje ki genyen e pou bon zanmi nou genyen ki fè kè n kontan. Papa nou an ki renmen nou ban nou bagay sa yo ak anpil lòt bagay ankò, jis pou l fè kè n kontan. (Sòm 104:​12-15, 24) Sa k pi enpòtan an, nou di Jewova mèsi pou tout sa l ban nou pou n ka kontinye gen yon lafwa solid e pou bèl esperans nou genyen pou lavni. Li ka vrèman fasil pou n bliye di Jewova mèsi pou tout sa l fè pou nou. Ki sa k kapab ede w sonje di l mèsi? Ou ka fè yon lis ki gen ladan l plizyè bagay ou te mande Jewova, epi, gade lis la tanzantan pou w wè jan Jewova reponn priyè w yo. Apre sa, priye l pou w di l mèsi pou èd li ba ou. — Kol. 3:15. w22.07 22 § 8-9.

Dimanch 15 desanm

Men, li pran plezi nan lwa Jewova a e li li lwa sa a tou ba lajounen kou lannuit. — Sòm 1:2.

Nou konnen sa pa sifi pou n annik aprann laverite. Pou n pi byen pwofite laverite, nou dwe viv li, sa vle di, nou dwe aplike sa nou aprann yo nan lavi nou. Se sèlman lè n fè sa laverite ap fè n gen kè kontan toutbon. (Jak 1:25) Ki jan nou kapab sèten n ap viv laverite? Gen yon frè ki ankouraje n egzamine lavi n pou n wè si n ap aplike sa n ap aprann yo e pou n chèche wè sa n bezwen amelyore. Men sa apot Pòl fè konnen: “Kèlkeswa degre nou rive nan pwogrè nou, annou kontinye mache annòd nan menm direksyon an.” (Flp. 3:16). Fè yon ti reflechi sou byenfè nou jwenn lè n fè tout sa n kapab pou n “kontinye […] mache nan laverite”! Nonsèlman nou viv pi byen, men tou, nou fè Jewova kontan e n fè frè n ak sè n yo kontan tou (Pwo. 27:11; 3 Jan 4). An reyalite, èske nou ka gen yon pi gwo rezon pou n renmen laverite e pou n viv laverite? w22.08 18-19 § 16-18.

Lendi 16 desanm

Pran swen twoupo Bondye a. — 1 Pyè 5:2.

Ki jan ansyen yo ka montre yo renmen Jewova ak Jezi? Yon bon fason yo ka fè sa se lè yo pran swen mouton Jezi yo (1 Pyè 5:​1, 2). Jezi te fè apot Pyè konn sa byen klè. Apre Pyè te fin renye Jezi twa fwa, li pa t konn sa l ta fè pou l montre Jezi li renmen l. Apre rezirèksyon Jezi, li te mande Pyè: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m?” Nou sèten Pyè t ap fè tout sa l kapab pou l montre li renmen Mèt li a. Men sa Jezi te di Pyè: “Pran swen ti mouton m yo.” (Jan 21:​15-17). E Pyè te byen pran swen mouton Seyè a pandan tout rès vi l, sa ki te montre li te renmen Jezi. Nou menm ansyen, ki jan n ka montre pawòl Jezi te di Pyè a gen enpòtans pou nou? Nou ka montre jis nan ki pwen nou renmen Jewova ak Jezi lè n pran tan regilyèman pou n ankouraje frè n ak sè n yo e lè n fè plis efò toujou pou n ede moun ki inaktif yo pou yo retounen vin jwenn Jewova. — Eze. 34:​11, 12. w23.01 29 § 10-11.

Madi 17 desanm

Bondye fidèl, li pap kite nou tante depase sa nou ka sipòte. — 1 Kor. 10:13.

Evite panse pa gen moun ki ka konprann pwoblèm ou genyen an, sa ki t ap yon pyèj. Si w ta panse konsa, sa ta kapab fè w kwè sitiyasyon w lan sanzespwa e ou pa gen fòs pou w reziste kont move dezi yo. Okontrè, men sa Bib la di: “Lè nou jwenn tantasyon an, l ap ouvri yon chemen tou, dekwa pou nou ka andire l.” Se sa k fè, menmsi move dezi nou genyen an fò, nou kapab rete fidèl. Grasa èd Jewova nou kapab evite tonbe nan fè sa ki mal. Men sa nou bezwen toujou sonje: Piske n enpafè, nou ka pa kapab anpeche move dezi vin nan panse nou. Men, lè sa rive, nou kapab rejte move dezi yo tousuit, jan Jozèf te fè a lè l te kouri san pèdi tan pou madan Potifa (Jen. 39:12). Ou pa oblije kite move dezi fè w fè sa ki mal! w23.01 12-13 § 16-17.

Mèkredi 18 desanm

Paske, Bondye pa gen patipri. — Wom. 2:11.

Jistis se yon kalite Jewova genyen (Det. 32:4). Yon moun ki gen jistis se yon moun ki pa gen patipri, e Jewova pa gen patipri (Tra. 10:​34, 35). Nou ka wè Bondye pa gen patipri lefètke yo te ekri Bib la nan lang anpil moun te pale nan epòk yo t ap ekri l la. Jewova te pwomèt “vrè konesans” nou jwenn nan Bib la t ap “vin anpil” nan tan lafen an. Anpil moun t ap rive konprann Bib la (Dàn. 12:4). Youn nan bagay ki fè vrè konesans lan vin anpil se lefètke yo tradui Bib la ak piblikasyon ki baze sou Bib la, yo enprime yo e yo distribye yo toupatou sou tè a. Pèp Jewova a rive tradui tout Pawòl Bondye a oswa yon pati ladan l nan plis pase 240 lang, e nenpòt moun ka jwenn youn gratis. Se sa k fè moun nan tout nasyon ap aprann “bon nouvèl [...] konsènan Wayòm nan” anvan lafen an vini (Mat. 24:14). Bondye nou an ki gen jistis vle bay plis moun posiblite pou yo konnen l lè yo li Pawòl li a. Li fè sa paske li renmen nou tout anpil. w23.02 5 § 11-12.

Jedi 19 desanm

Sispann konfòme nou ak sistèm sa a, men transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon. — Wom. 12:2.

Èske w renmen sa ki jis? Pa gen dout. Men, piske nou tout enpafè, si n pa fè atansyon, fason monn nan konsidere sa ki jis ka enfliyanse n byen fasil (Eza. 5:20). Gen moun ki panse yo jis, alòske yo pran tèt yo pou yon pakèt afè, yo renmen jije moun oswa yo panse yo pi bon pase lòt moun. Men, Bondye pa renmen atitid sa yo ditou. Lè Jezi te sou tè a, li te kritike chèf relijye nan epòk li a anpil lefètke yo te tabli pwòp prensip pa yo anrapò ak sa ki jis (Ekl. 7:16; Lik 16:15). Yon moun ki fè sa Jewova di ki jis pa janm panse li pi bon pase lòt moun. Lè yon moun fè sa ki jis se yon bèl kalite li genyen. Sa ki jis vle di tou senpleman fè sa ki dwat nan je Jewova Dye. Nan Bib la, mo yo itilize pou “sa ki jis” la vle di viv selon prensip ki nan nivo ki pi wo yo, anpalan de prensip Jewova yo. w22.08 27 § 3-5.

Vandredi 20 desanm

Mwen rele nou zanmi. — Jan 15:15.

Jezi te fè disip li yo konfyans, malgre yo te gen mankman (Jan 15:16). Lè Jak ak Jan te mande Jezi pou l ba yo yon plas espesyal nan Wayòm nan, Jezi pa t gen dout sou rezon ki fè y ap sèvi Jewova, e li pa t panse yo pa merite pou yo apot ankò (Mak 10:​35-40). Annapre, tout disip Jezi yo te abandone l nan nuit yo te arete l la (Mat. 26:56). Sepandan, Jezi pa t janm sispann fè yo konfyans. Li te byen konnen yo enpafè. Epoutan, “li te kontinye renmen yo jiska lafen”. (Jan 13:1.) Apre Jezi fin resisite, li te menm bay 11 apot fidèl li yo gwo responsablite pou yo pran latèt nan travay fè disip la e pou yo pran swen mouton l yo ki gen anpil valè pou li (Mat. 28:​19, 20; Jan 21:​15-17). Li te gen bonjan rezon pou l fè mesye sa yo ki te enpafè konfyans. Yo tout te ret fidèl jiskaske yo mouri. Se sèten, Jezi te bay bèl egzanp nan kesyon fè moun ki enpafè konfyans. w22.09 6 § 12.

Samdi 21 desanm

Jewova avè m, mwen pap pè. — Sòm 118:6.

Lè nou gen konviksyon Jewova renmen n e l ap toujou soutni nou, Satan pap ka fè nou pè. Pa egzanp, moun ki te ekri Sòm 118 la te fè fas ak kèk sitiyasyon ki te difisil anpil. Li te gen anpil ènmi, sa gen ladan l kèk moun ki te nan gwo pozisyon (vèsè 9, 10). Pafwa, li te anba gwo presyon (vèsè 13). Epitou, li te resevwa gwo disiplin nan men Jewova (vèsè 18). Aktout sa, men sa l te di nan yon chante: “Mwen pap pè.” Li te konnen byenke Jewova, Papa l ki nan syèl la, te disipline l, Li te renmen l. Li te gen konviksyon kèlkeswa sitiyasyon Ii ta rankontre, Bondye l la ki renmen l t ap toujou la pou ede l (Sòm 118:29). Nou bezwen gen konviksyon Jewova renmen nou pèsonèlman. Si nou gen konviksyon sa a, sa ap ede n metrize n nan twa sitiyasyon ki konn fè moun pè: 1) lè nou pè pou n pa ka pran swen fanmi nou, 2) lè nou pè moun, e 3) lè nou pè lanmò. w22.06 15 § 3-4.

Dimanch 22 desanm

Byennere moun ki kontinye andire eprèv, paske lè l vin yon moun yo apwouve, l ap resevwa kouwòn lavi a. — Jak 1:12.

Nou dwe asire n nou met adorasyon n ap bay Jewova a an premye nan lavi n. Piske se Jewova ki kreye nou, li vrèman merite pou n adore l (Rev. 4:11; 14:​6, 7). Kidonk, nou bezwen met adorasyon n ap ba li a an premye nan lavi n, e n dwe fè sa fason ki fè l plezi a, sa vle di “avèk lespri ak laverite”. (Jan 4:​23, 24) Nou vle pou lespri sen Bondye gide nou nan adorasyon n ap ba li a yon fason pou l ann amoni ak verite nou jwenn nan Pawòl li a. Nou dwe met adorasyon n ap bay Jewova a an premye nan lavi n, menmsi n ap viv nan yon peyi kote yo met restriksyon oswa entèdiksyon sou travay nou an. Nan moman n ap pale la a, gen plis pase 100 frè n ak sè n ki nan prizon jis paske yo se Temwen Jewova. Malgre sa, yo kontan fè tout sa yo kapab pou yo priye, pou yo etidye, e pou yo pale ak lòt moun konsènan Bondye nou an ak Wayòm li an. Lè moun ap kritike n oswa pèsekite n, nou kapab kontan paske n konnen Jewova avè n e l ap rekonpanse n. — 1 Pyè 4:14. w22.10 9 § 13.

Lendi 23 desanm

Sajès se yon pwoteksyon. — Ekl. 7:12.

Nan tout liv Pwovèb la, Jewova bay bonjan konsèy k ap amelyore lavi nou si nou aplike yo. Ann wè sèlman de egzanp nan konsèy saj sa yo. Premye a se kontante n ak sa n genyen. Men ki konsèy Pwovèb 23:​4, 5 bay: “Pa touye tèt ou dèyè richès. [...] Paske, wè pa wè, l ap pouse zèl tankou èg e l ap vole nan syèl.” Epoutan, jodi a, moun rich kou moun pòv fou dèyè lajan. Souvan sa konn fè yo fè yon seri bagay ki sal repitasyon yo, e ki konn lakòz yo pèdi zanmi yo e menm sante yo (Pwo. 28:20; 1 Tim. 6:​9, 10). Dezyèm nan se reflechi anvan w pale. Si nou pa fè atansyon, pawòl nou di kapab fè gwo dega. Pwovèb 12:18 di: “Pawòl moun di san reflechi tankou kout epe, men, lang moun ki gen sajès la geri moun.” Nou pwoteje bon relasyon nou gen ak lòt moun lè n evite fè tripotay sou yo. — Pwo. 20:19. w22.10 21 § 14; 22 § 16-17.

Madi 24 desanm

Manje woulo sa a epi ale. Al pale ak pèp Izrayèl la. — Eze. 3:1.

Ezekyèl te bezwen byen konprann mesaj li t ap gen pou l preche a. Li te dwe kwè nan mesaj li te gen pou l anonse a, konsa sa t ap ankouraje l preche. Epi, gen yon bagay Ezekyèl pa t atann ki te rive. Li te vin rann li kont woulo a “te dous [...] tankou siwo myèl”. (Eze. 3:3.) Ki sa k te fè sa? Pou Ezekyèl, privilèj pou l reprezante Jewova a se te yon eksperyans ki te dous oswa ki te enteresan (Sòm 19:​8-11). Li te gen rekonesans dèske Jewova te itilize l kòm pwofèt li. Annapre, Jewova te di Ezekyèl: “Se pou w koute tout sa m di w yo e se pou w kenbe yo nan kè w.” (Eze. 3:10). Lè Jewova te bay Ezekyèl lòd sa a, li te di l pou l sonje pawòl ki ekri nan woulo a e pou l medite sou yo. Lè Ezekyèl te fè sa, lafwa l te vin pi djanm. Epitou, woulo a te gen yon mesaj pisan pou Ezekyèl te bay pèp la (Eze. 3:11). Lefètke Ezekyèl te gen mesaj Bondye a nan kè l ak sou lang li, li te pare pou l fè travay li. w22.11 6 § 12-14.

Mèkredi 25 desanm

Obeyi gen plis valè pase fè sakrifis. — 1 Sam. 15:22.

Ki sa n ka fè si gen chanjman ki fèt nan òganizasyon an, e sa fè l difisil pou n ret fidèl? Aksepte tout chanjman ki fèt nan òganizasyon an. Pandan desandan Keyat yo te nan dezè a, yo te konn pote lach alyans lan devan tout pèp la (Nonb 3:​29, 31; 10:33; Joz. 3:​2-4). Se te yon gwo privilèj! Men, bagay yo te vin chanje lè Izrayelit yo te abite nan Peyi Bondye te pwomèt la. Yo pa t bezwen deplase lach la souvan ankò. Donk, yo te bay desandan Keyat yo lòt travay (1 Kwo. 6:​31-33; 26:​1, 24). Pa gen okenn kote ki montre desandan Keyat yo te konn plenyen oswa yo te egzije pou yo ba yo yon travay ki pi enpòtan paske yo te konn fè yon travay espesyal. Ki leson nou aprann? Nou bezwen aksepte chanjman òganizasyon Jewova a fè yo ak tout kè nou, san wete nenpòt chanjman ki gen rapò ak travay yo ban n fè. Chèche gen kè kontan nan kèlkeswa travay yo ban nou fè. Sonje, se pa travay n ap fè a ki fè n gen valè. Obeyisans nou gen plis valè lontan pou Jewova pase kèlkeswa travay yo ban nou fè. w22.11 23 § 10-11.

Jedi 26 desanm

Li pa t wont poutèt mwen nan chenn. — 2 Tim. 1:16.

Onezifò te chèche apot Pòl, e lè l te jwenn li, li te fè tout sa l kapab pou l te ede l jwenn sa l te bezwen. Onezifò te riske lavi l pou l te fè sa. Ki leson nou aprann? Nou pa dwe kite lakrentif pou moun fè n kraponnen oswa fè n pa ede frè n y ap pèsekite yo. Okontrè, nou bezwen fè tout sa n kapab pou n ede yo (Pwo. 17:17). Yo bezwen lanmou nou ak èd nou. Gade jan frè n ak sè n yo nan peyi Larisi ede kwayan parèy yo yo renmen anpil ki nan prizon yo. Lè y ap jije kèk nan yo, anpil frè ak sè vin nan tribinal la pou ankouraje yo. Ki leson nou aprann? Lè yo bay manti sou frè ki alatèt yo, lè yo arete yo oswa yo pèsekite yo, nou pa dwe pè. Nou bezwen priye pou yo, ede moun nan fanmi yo, epi chèche wè lòt bagay nou ka fè pou n ede yo. — Tra. 12:5; 2 Kor. 1:​10, 11. w22.11 17 § 11-12.

Vandredi 27 desanm

Yo vin tounen yon gwo rekonfò pou mwen. — Kol. 4:11.

Youn nan responsablite ansyen yo genyen se ankouraje frè ak sè yo pa mwayen Bib la epi ede sa ki gen tètchaje yo (1 Pyè 5:2). Lè gen yon katastwòf, premye bagay ansyen yo ta dwe chèche konnen se èske chak frè ak sè pa an danje, èske yo gen manje ak rad ak kote pou yo rete. Men, plizyè mwa apre sa, frè ak sè yo ap toujou bezwen èd ki soti nan Bib la ak ankourajman. (Jan 21:15) Men sa Harold, yon frè k ap sèvi antanke yon manm Komite filyal e ki te pale ak anpil frè ak sè ki te fè fas ak yon katastwòf, di: “Sa pran tan pou yo reprann yo.” Men sa Harold di ankò: “Yo ka kòmanse bliye sa yo te pèdi yo, men y ap toujou sonje yon moun pa yo ki mouri, yon bagay yo te genyen yo te renmen anpil, oswa yon sitiyasyon yo te viv ki te met lavi yo an danje. Lè yo sonje bagay sa yo, yo ka vin santi yo tris ankò. Se pa paske yo manke lafwa ki fè yo aji konsa, men se paske antanke moun li nòmal pou yo santi yo konsa.” Ansyen yo suiv konsèy ki di pou n “kriye ak moun k ap kriye”. — Wom. 12:15. w22.12 22 § 1; 24-25 § 10-11.

Samdi 28 desanm

Kontinye viv selon lespri a, e nou pap akonpli okenn dezi lachè. — Gal. 5:16.

Jewova kontan ban nou lespri sen l pou ede n reyisi nan konba n ap mennen pou n fè sa ki dwat. Lè n etidye Pawòl Bondye a, nou kite lespri Bondye pouse n aji. Nou jwenn lespri sen tou lè n asiste reyinyon yo. Nan reyinyon sa yo, nou pase tan ak frè n ak sè n yo k ap fè efò menm jan avè n pou yo fè sa ki dwat, e sa ankouraje nou (Ebre 10:​24, 25; 13:7). Lè n priye Jewova ak tout kè n e n sipliye l pou l ede n konbat kèk feblès nou genyen, l ap ban nou lespri sen l pou ban nou fòs pou n kontinye lite. Menm lè aktivite sa yo pap fè move dezi yo pa la ankò, y ap ede n pou n pa aji selon dezi sa yo. Yonfwa n kòmanse fè yon seri bagay k ap ede n gen yon bon relasyon ak Jewova, li enpòtan anpil pou n kontinye fè bagay sa yo e pou n kontinye fè efò pou n fè sa ki dwat. w23.01 11 § 13-14.

Dimanch 29 desanm

M pap kite anyen gen kontwòl mwen. — 1 Kor. 6:12.

Menmsi Bib la pa yon liv ki la pou montre n fason pou n pran swen sante n oswa ki sa pou n manje, li fè n konnen ki sa Jewova panse nan domèn sa yo. Pa egzanp, li ankouraje n pou n evite “bagay ki ka fè [n] soufri” e ki ka gen move efè sou sante nou (Ekl. 11:10). Labib di nou pa dwe manje twòp oswa bwè twòp bwason ki gen alkòl, paske sa ka met lavi n an danje (Pwo. 23:20). Jewova vle n gen metriz lè n ap deside ki sa n ap manje e ki kantite n ap manje, ki sa n ap bwè e ki kantite n ap bwè (1 Kor. 9:25). Nou ka pran yon seri desizyon ki montre n gen anpil rekonesans pou lavi Bondye ban nou an lè n sèvi ak kapasite n genyen pou n reflechi a (Sòm 119:​99, 100; Pwo. 2:11). Pa egzanp, nou montre nou gen bon jijman anrapò ak sa n ap manje. Si n renmen yon manje nou konnen k ap fè n malad, n ap montre n gen bonsans lè n pa manje manje sa a. Nou montre n gen bonsans tou lè n dòmi kantite tan n dwe dòmi, lè n fè egzèsis regilyèman, lè n gen bon ijyèn e lè n kenbe kay nou pwòp. w23.02 21 § 6-7.

Lendi 30 desanm

Ki jan w konprann sa w li yo? — Lik 10:26.

Ki jan w ka jwenn trezò espirityèl lè w ap li Bib la? Ann egzamine sa 2 Timote 3:​16, 17 di. Remake li di “tout sa ki nan Ekriti yo [...] itil” pou 1) anseye, 2) reprimande, 3) fè bagay yo vin dwat, e 4) bay disiplin. Ou ka jwenn kat byenfè sa yo menm nan liv nan Bib la ou pa itilize souvan yo. Egzamine istwa w ap li a pou w wè sa l anseye w sou Jewova, sou objektif li, oswa sou prensip li yo. Reflechi pou w wè jan l itil pou reprimande. Fè sa toutpandan w ap chèche wè ki jan vèsè w ap li yo ede w wè yon seri tandans ak atitid ou genyen ki pa bon, fason pou w evite yo ak sa w ka fè pou w ret fidèl. Gade pou w wè ki jan w ka sèvi ak pasaj sa a pou w fè bagay yo vin dwat, oswa pou w korije fason yon moun panse ki pa kòrèk, petèt yon bagay yon moun di pandan n nan travay predikasyon an. Epitou, chèche wè ki disiplin vèsè yo bay ki kapab ede w wè bagay yo menm jan ak Jewova. Lè w toujou sonje kat byenfè sa yo, sa ap ede w jwenn trezò espirityèl e sa ap ede w byen pwofite lekti w ap fè nan Bib la. w23.02 11 § 11.

Madi 31 desanm

Yo pap detwi wayòm li an. — Dàn. 7:14.

Yon pwofesi nan liv Dànyèl la te anonse Jezi t ap kòmanse dirije nan Wayòm li an nan fen yon peryòd Labib rele sèt tan. Èske l posib pou n konnen ki lè sa t ap fèt (Dàn. 4:​10-17)? “Sèt tan” yo reprezante yon peryòd ki dire 2520 an. Peryòd sa a te kòmanse nan ane 607 anvan epòk nou an lè Babilónyen yo te retire dènye wa ki te sou twòn Jewova a nan Jerizalèm. Li te fini nan ane 1914 epòk nou an, lè Jewova te met Jezi, “moun ki gen dwa legal la”, Wa nan Wayòm Bondye a (Eze. 21:​25-27). Ki jan pwofesi sa a kapab itil nou? Lè nou konprann pwofesi konsènan “sèt tan” yo sa ban nou asirans Jewova ap reyalize pwomès li yo nan moman yo dwe reyalize a. Menm jan li te fikse yon tan pou Wayòm li an tabli, li pral veye tou pou tout lòt pwofesi yo reyalize nan moman li deside a. Vrèmanvre, jou Jewova a “pap anreta”! — Aba. 2:3. w22.07 3 § 3-5.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje