BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es24 p. 108-118
  • Novanm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Novanm
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2024
  • Soutit
  • Vandredi 1ye novanm
  • Samdi 2 novanm
  • Dimanch 3 novanm
  • Lendi 4 novanm
  • Madi 5 novanm
  • Mèkredi 6 novanm
  • Jedi 7 novanm
  • Vandredi 8 novanm
  • Samdi 9 novanm
  • Dimanch 10 novanm
  • Lendi 11 novanm
  • Madi 12 novanm
  • Mèkredi 13 novanm
  • Jedi 14 novanm
  • Vandredi 15 novanm
  • Samdi 16 novanm
  • Dimanch 17 novanm
  • Lendi 18 novanm
  • Madi 19 novanm
  • Mèkredi 20 novanm
  • Jedi 21 novanm
  • Vandredi 22 novanm
  • Samdi 23 novanm
  • Dimanch 24 novanm
  • Lendi 25 novanm
  • Madi 26 novanm
  • Mèkredi 27 novanm
  • Jedi 28 novanm
  • Vandredi 29 novanm
  • Samdi 30 novanm
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2024
es24 p. 108-118

Novanm

Vandredi 1ye novanm

Pa kite okenn pawòl pouri sot nan bouch nou, men sèl pawòl ki dwe sot nan bouch nou se pawòl ki bon pou fòtifye moun. — Efe. 4:29.

Mo sal pa dwe janm soti nan bouch yon kretyen. Yon lòt bagay nou bezwen veye se move pawòl moun konn di ki pa montre aklè se joure y ap joure. Pa egzanp, nou bezwen veye pou n pa di anyen ki mal sou moun lòt kilti, lòt tribi oswa lòt peyi. Anplis de sa, nou pa dwe janm di yon seri bagay sou lòt moun ki kapab blese santiman yo. Pale yon fason k ap ankouraje lòt moun. Se pou w toujou pare pou w felisite lòt moun olye w kritike yo oswa w ret ap plenyen. Gen anpil bagay Izrayelit yo te ka gen rekonesans pou yo, men, olye de sa, yo te konn plenyen. Lè n renmen plenyen, sa ka fè lòt moun plenyen tou. N ap sonje lè dis espyon yo te bay yon move rapò, sa te fè “tout Izrayelit yo te pran plenyen kont Moyiz”. (Nonb 13:31–14:4.) Yon lòt bò, lè n felisite lòt moun, sa ka ankouraje yo anpil. Kidonk, chèche okazyon pou w felisite lòt moun ak tout kè w. w22.04 8 § 16-17.

Samdi 2 novanm

Depi lè m fèt se ou k ap pran swen m, depi lè m nan vant manman m se ou menm ki Bondye m. — Sòm 22:10.

Depi nan tan lontan, Jewova ap ede anpil jèn vin zanmi l. Li kapab ede pitit ou vin zanmi l tou si yo ta renmen sa (1 Kor. 3:​6, 7). Menmsi pitit ou ta sanble pap sèvi Jewova ak tout kè yo, Jewova kontinye renmen yo (Sòm 11:4). Nenpòt ti siy yo ta bay ki montre yo nan “bon dispozisyon” pou fè Jewova plezi, Jewova ap dispoze ede yo vin zanmi l (Tra. 13:48; 2 Kwo. 16:9). Li ka ede w pou w di egzakteman sa w dwe di nan moman ou dwe di l la, sa vle di lè timoun yo plis bezwen tande sa (Pwo. 15:23). Oswa li ka fè yon frè oswa yon sè nan kongregasyon an ki renmen moun montre yo gen sousi pou yo. Menm apre pitit ou fin gran, Jewova ka fè yo sonje yon bagay ou te aprann yo (Jan 14:26). Lè w kontinye bay pitit ou fòmasyon lè w ap pale avè l ak nan egzanp ou bay, Jewova ap beni efò w fè yo. w22.04 21 § 18.

Dimanch 3 novanm

Dragon an vin fache anpil. — Rev. 12:17.

Depi lè Satan pa ka al nan syèl la ankò, l ap pase kòlè l sou rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo, yo menm ki se reprezantan Wayòm Bondye a sou tè a e “ki gen kòm travay pou yo bay temwayaj sou Jezi”. (2 Kor. 5:20; Efe. 6:​19, 20.) An 1918, yo te lage fo akizasyon sou uit nan frè moun te byen konnen e yo te kondane yo chak pou yo pase anpil tan nan prizon. Se kòmsi travay frè sa yo t ap fè a te tou kanpe (Rev. 11:​3, 7-11). Men, nan kòmansman ane 1919, yo te libere frè sa yo Bondye te chwazi pou al nan syèl, e annapre, yo te retire akizasyon yo te lage sou do yo a. Lapoula, yo te rekòmanse pran latèt nan travay Wayòm nan. Men, Satan pa t janm sispann atake pèp Bondye a. Depi lè sa a, Satan lage “yon rivyè dlo” pèsekisyon dèyè tout sèvitè Bondye yo (Rev. 12:15). Vrèmanvre, “sa mande pou” nou chak “gen andirans ak lafwa”. — Rev. 13:10. w22.05 5-6 § 14-16.

Lendi 4 novanm

Mwen tande kantite moun yo poze so sou yo: 144000 moun. — Rev. 7:4.

Nan yon vizyon apot Jan te fè, li te wè de gwoup moun k ap soutni dwa Jewova genyen pou l dirije a e ki resevwa lavi ki pap janm fini an kòm benediksyon. Premye gwoup la gen 144000 moun ladan l. Yo chwazi yo sou tè a pou yo fòme yon gouvènman, oswa Wayòm, ansanm ak Jezi nan syèl la. Y ap dirije tè a ansanm avè l (Rev. 5:​9, 10; 14:​3, 4). Nan vizyon an, Jan te wè yo kanpe ansanm ak Jezi sou Mòn Siyon nan syèl la (Rev. 14:1). Soti nan epòk apot yo rive jis jodi a, Bondye chwazi plizyè milye moun pou vin fè pati 144000 moun yo (Lik 12:32; Wom. 8:17). Sepandan, yo te fè Jan konnen se sèlman yon rès, oswa yon ti kantite nan moun sa yo, k ap vivan sou tè a pandan dènye jou yo. Epitou, rive yon lè pandan gwo tribilasyon an, y ap ansanm ak lòt moun ki te mouri fidèl, ki deja nan syèl la, ki fè pati 144000 moun yo. Pandan yo nan syèl la, yo pral dirije ansanm ak Jezi nan Wayòm Bondye a. — Mat. 24:31; Rev. 5:​9, 10. w22.05 16 § 4-5.

Madi 5 novanm

Suiv kòmandman m yo! — Eza. 48:18.

Jezi te aprann disip li yo pou yo gen ekilib nan fason yo wè tèt yo. Men asirans li te ba yo: “Ata branch cheve nan tèt nou [Jewova] konte.” (Mat. 10:30). Pawòl sa yo ankouraje n anpil, sitou si n gen tandans wè tèt nou yon fason ki negatif. Sa montre Papa nou ki nan syèl la enterese anpil nan nou, nou gen anpil valè nan je l. Nou pa ta dwe janm gen dout sou sa Jewova deside, kòmkwa pou n ta panse nou pa merite pou n adore l oswa pou n gen lavi nan monn nouvo a. Sa gen anviwon 15 an, Toudegad te ankouraje n chèche gen ekilib nan fason n wè tèt nou, men sa l te di: “Nòmalman, nou pa ta dwe tèlman bay tèt nou enpòtans pou sa ta fè n panse nou se yon pakèt afè, nitou nou pa ta dwe tèlman rabese tèt nou pou sa ta fè n panse nou pa vo anyen. Okontrè, nou bezwen rezonab nan fason n wè tèt nou, sa vle di nou bezwen konprann gen bagay nou ka fè, konsa tou, gen bagay nou pa ka fè. w22.05 24-25 § 14-16.

Mèkredi 6 novanm

Mwen fè w demann [...] yon fason pou yo tout ka vin youn. — Jan 17:​20, 21.

Ki sa nou chak kapab fè pou ka toujou gen tèt ansanm nan kongregasyon an? Nou bezwen renmen fè lapè (Mat. 5:9; Wom. 12:18). Chak fwa nou chèche viv anpè ak frè n ak sè n yo nan kongregasyon an, nou fè paradi espirityèl la vin pi bèl. Nou sonje se Jewova ki rale chak moun ki nan paradi espirityèl la pou yo vin nan vrè adorasyon an (Jan 6:44). Imajine jan Jewova dwe kontan lè l wè tout efò n ap fè pou kontinye gen lapè ak tèt ansanm nan mitan moun li konsidere ki gen anpil valè pou li yo, anpalan de sèvitè l yo! (Eza. 26:3; Aje 2:7) Antanke sèvitè Bondye, li ban nou anpil bon bagay. Ki sa n ka fè pou n ka byen pwofite yo? Nou bezwen pran tan pou n byen reflechi sou sa n etidye nan Pawòl Bondye a. Etid ak meditasyon konsa ap ede n vin gen yon seri kalite antanke kretyen k ap ankouraje n demontre ‘lanmou pou frè n ak sè n yo’ ak “gwo afeksyon [...] youn pou lòt” nan kongregasyon an. — Wom. 12:10. w22.11 12-13 § 16-18.

Jedi 7 novanm

M ap padone sa yo fè ki pa bon, mwen pap sonje peche yo ankò. — Jer. 31:34.

Lè nou dakò Jewova padone nou, nou jwenn “tan soulajman” an, epitou, lespri nou anpè e nou vin gen yon bon konsyans. Lèzòm pa ka padone nou fason sa a, men, “Jewova li menm” kapab fè sa (Tra. 3:19). Lè Jewova padone n, li tèlman vin gen bon relasyon avè n ankò, se kòmsi nou pa t janm peche. Yonfwa Jewova padone n, li pap janm blame n oswa pini nou ankò pou peche nou te fè a (Eza. 43:25). “Menm jan kote solèy la leve a lwen kote li kouche a”, se konsa tou, Jewova mete peche nou yo byen lwen nou (Sòm 103:12). Lè n reflechi sou fason Jewova padone nou ki san parèy, sa fè n gen anpil rekonesans ak lakrentif pou li (Sòm 130:4). Se pa paske yon peche grav oswa li pa grav k ap fè Jewova deside si l pap padone oswa si l ap padone. Jewova sèvi ak konesans li genyen antanke Kreyatè nou, antanke Sila a ki ban nou lwa pou nou suiv e antanke Jij, lè l ap deside si l ap padone yon moun. w22.06 5 § 12-14.

Vandredi 8 novanm

Yon moun k ap pwoche kot Bondye dwe kwè li egziste e li dwe kwè li tounen Sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre. — Ebre 11:6.

Jewova bay tout moun ki renmen l yon bèl esperans. Talè konsa, li pral elimine maladi, tristès ak lanmò (Rev. 21:​3, 4). Li pral ede “moun ki gen imilite yo” ki met espwa yo nan li pou yo fè tè a vin yon paradi (Sòm 37:​9-11). L ap pèmèt nou chak gen yon relasyon avè l k ap pi bon lontan pase sa nou gen avè l kounye a. Ala yon bèl esperans! Men, sa k fè nou kwè pwomès Bondye yo ap reyalize? Jewova toujou kenbe pwomès li. Donk, nou gen bonjan rezon pou n “met espwa nou nan Jewova”. (Sòm 27:14.) Nou montre nou gen espwa sa a lè n tann avèk pasyans e ak kè kontan pou Bondye nou an reyalize objektif li genyen an (Eza. 55:​10, 11). Se pou n ret fidèl ak Jewova toutpandan nou gen konfyans l ap rekonpanse “moun k ap chèche l toutbonvre”. w22.06 20 § 1; 25 § 18.

Samdi 9 novanm

Papa nou, konnen ki sa nou bezwen anvan menm nou mande l. — Mat. 6:8.

Nou kapab gen asirans, Jewova, antanke Chèf fanmi, ap respekte prensip li te fè ekri nan 1 Timote 5:8 la. Lè nou gen konviksyon Jewova renmen nou e li renmen fanmi nou, nou gen asirans n ap jwenn sa nou bezwen yo. (Mat. 6:​31-33) Jewova vle ban nou sa nou bezwen, e se pa ti renmen I renmen bay! Lè Jewova te kreye tè a, li te ban nou plis pase sa nou t ap bezwen pou n viv. Li te kontan plen tè a ak yon seri bagay ki t ap fè nou plezi anpil (Jen. 2:9). Menmsi pafwa nou jis gen sa n bezwen pou n viv, li ta bon pou n reflechi dèske nou gen sa n bezwen pou n viv. Jewova toujou fè n jwenn sa nou bezwen (Mat. 6:11). Li bon pou n sonje kèlkeswa sa n aksepte pèdi kounye a, sa pa reprezante anyen lè nou konpare l ak sa Bondye nou an ki renmen nou ap ban nou, depi kounye a e alavni. — Eza. 65:​21, 22. w22.06 15 § 7-8.

Dimanch 10 novanm

Gwo manje se pou moun ki gen matirite. — Ebre 5:14.

Se pa moun ki fèk enterese yo sèlman ki bezwen gen bonjan konesans sou Jewova ak Bib la. Nou tout bezwen sa. Apot Pòl te di lè n aplike sa nou aprann nan Bib la, sa ap ede n “fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal”. Nan tan difisil sa yo kote moun yo imoral anpil, li ka pa fasil ditou pou n obeyi prensip Jewova yo. Men, Jezi fè n jwenn sa n bezwen pou n kontinye gen yon lafwa ki solid. Enstriksyon nou jwenn yo soti nan Labib, Pawòl Bondye a. Menm jan ak Jezi, nou bay non Bondye glwa li merite a (Jan 17:​6, 26). Pa egzanp, an 1931, nou te vin pote non Temwen Jewova, yon non ki nan Bib la, sa ki fè nou vin gen yon relasyon sere sere ak Papa nou ki nan syèl la (Eza. 43:​10-12). Mete sou sa, Labib — Tradiksyon monn nouvo a mete non Bondye chak kote l parèt nan Pawòl li a. w22.07 11 § 11-12.

Lendi 11 novanm

Pawòl ou se yon lanp pou pye m e li se yon limyè pou wout mwen. — Sòm 119:105.

Bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a se youn nan verite ki nan Bib la tou. Jezi te konpare verite konsènan Wayòm nan ak yon trezò yo sere. Selon Matye 13:​44, Jezi te di: “Wayòm syèl la tankou yon trezò yo sere nan yon jaden, epi yon mesye jwenn li, li sere l. Li tèlman kontan, l ale li vann tout sa l genyen, e li achte jaden an.” Remake mesye a pa t ap chèche trezò a. Men, lè l te jwenn li, li te fè gwo sakrifis pou l te ka genyen l. Anfèt, li te vann tout sa l te genyen. Poukisa? Paske l te konnen jan trezò sa a gen anpil valè. Nou konnen pa gen anyen monn sa a ofri nou ka konpare ak kè kontan nou genyen lefètke n ap sèvi Jewova kounye a ak espwa nou genyen pou n viv pou toutan anba dominasyon Wayòm nan. Privilèj nou genyen pou n gen yon relasyon sere ak Jewova a merite pou n fè nenpòt sakrifis sa mande. Pa gen anyen ki ban nou plis kè kontan pase lè n “fè l plezi nèt”. — Kol. 1:10. w22.08 15 § 8-9; 17 § 12.

Madi 12 novanm

Ki jan pou m ta ka fè gwosè mechanste sa a e pou m ta peche kont Bondye? — Jen. 39:9.

Ki jan Jozèf te fè konnen Bondye l la t ap konsidere adiltè kòm yon ‘gwo mechanste’? Se sèlman anviwon de san ane annapre Izrayelit yo te vin gen Lalwa Moyiz la ki gen yon kòmandman ki di aklè: “Nou pa dwe fè adiltè.” (Egz. 20:14). Sepandan, piske Jozèf te konn Jewova byen, sa te ede l konprann ki jan Jewova t ap santi l si l ta fè imoralite seksyèl. Pa egzanp, se sèten Jozèf te konnen, lè Jewova te met maryaj, li te vle pou yon gason marye ak yon fi. Epitou, li dwe te konnen ki sa Jewova te fè pandan de fwa pou l te pwoteje Sara, gran grann li, pou yo pa t vyole l (Jen. 2:24; 12:​14-20; 20:​2-7). Pandan Jozèf t ap reflechi sou bagay sa yo, li te rive konprann sa ki jis ak sa ki mal nan je Bondye. Piske Jozèf te renmen Jewova, Bondye l la, li te renmen prensip Jewova yo ki jis tou, e l te detèmine pou l suiv yo. w22.08 26 § 1-2.

Mèkredi 13 novanm

Anpil nan moun k ap dòmi anba tè ap leve, gen moun ki pral gen lavi ki pap janm fini an. — Dàn. 12:2.

Pwofesi sa a pap pale konsènan yon rezirèksyon senbolik, kote sèvitè Bondye yo t ap gen pou yo resisite nan yon sans senbolik nan dènye jou yo, jan nou te konprann sa anvan. Okontrè, pawòl sa yo gen rapò ak rezirèksyon moun ki mouri ki gen pou resisite nan monn nouvo a. Sa k fè nou ka di sa? Mo “pousyè” yo itilize nan Jòb 17:16 la vle di menm bagay ak mo “Tonm” nan. Sa montre Dànyèl 12:2 ap pale konsènan yon rezirèksyon ki pral fèt toutbon apre dènye jou yo fini e apre lagè Amagedon. Dànyèl 12:2 fè konnen gen moun k ap resisite pou yo “gen lavi ki pap janm fini an”. Ki sans pawòl sa yo genyen? Sa vle di, moun ki resisite e ki aprann konnen Jewova ak Jezi, oswa ki kontinye aprann konnen yo e ki obeyi yo pandan 1000 an yo, ap jwenn lavi ki pap janm fini an finalman. — Jan 17:3. w22.09 21 § 6-7.

Jedi 14 novanm

[Lanmou] kwè tout bagay. — 1 Kor. 13:7.

Pawòl sa yo pa vle di Jewova vle n fè lòt moun konfyans je fèmen, okontrè, li vle n fè yo konfyans paske yo montre yo merite sa. Menm jan yon moun bezwen fè efò pou yo respekte l, se konsa tou, li bezwen fè efò pou yo fè l konfyans, e sa mande tan. Ki jan w ka aprann fè frè w ak sè w yo konfyans? Chèche konnen yo byen. Pale ak yo lè yo vin nan reyinyon. Preche ansanm ak yo. Pran pasyans ak yo, ba yo posiblite pou yo montre yo merite pou w fè yo konfyans. Okòmansman, petèt ou pap di yon moun ou fèk konnen tout bagay ki gen rapò ak vi prive w. Tank w ap vin konnen l, ou ka santi w pi alèz pou w di l sa w santi (Lik 16:10). Men, ki sa w ka fè si yon frè trayi konfyans ou? Pa kouri ba l yon bwa long kenbe. Okontrè, kite kèk tan pase. Epitou, pa kite sa kèk moun fè fè w sispann fè frè w yo konfyans. w22.09 4 § 7-8.

Vandredi 15 novanm

Je Jewova ap pwonmennen sou tout tè a. — 2 Kwo. 16:9.

Gen yon ansyen ki rele Miqueas ki te santi kèk ansyen te mal aji avè l. Aktout sa, Miqueas te rete nan bonsans li e l te fè efò pou l kontwole santiman l. Li te konn priye Jewova souvan, e l te konn mande l pou l ba l lespri sen ak fòs pou l andire. Epitou, li te chèche jwenn enfòmasyon nan piblikasyon nou yo ki te kapab ede l. Ki leson nou aprann? Si w santi yon frè oswa yon sè mal aji avè w, rete kalm epi fè efò pou w metrize kèlkeswa move santiman w ta ka genyen. Ou ka pa konn sa k fè moun nan pale oswa aji konsa. Donk, priye Jewova pou w mande l ede w konprann rezon ki fè moun nan pale oswa aji avè w konsa. Pa panse se espre frè a oswa sè a te fè lè l te mal aji avè w la, e chèche padone l (Pwo. 19:11). Sonje, Jewova konn sitiyasyon w e l ap ba w fòs ou bezwen pou w andire. — Ekl. 5:8. w22.11 21 § 5.

Samdi 16 novanm

Mwen pa pran pa ak moun k ap kache sa yo ye. — Sòm 26:4.

Chwazi fè zanmi ak moun ki renmen Jewova. Moun ou chwazi kòm zanmi ka ede w vin yon kretyen ki gen matirite (Pwo. 13:20). Men sa Julien, yon frè k ap sèvi kòm ansyen kounye a, di: “Lè m te pi jèn, mwen te vin bon zanmi moun mwen te konn preche ansanm avèk yo. Zanmi sa yo te chofe nan travay fè disip la, e yo te ede m wè jan travay sa a kapab bay kè kontan. [...] Epitou, mwen te rann mwen kont rezon ki fè m pa t gen anpil bon zanmi, se paske m t ap chèche fè zanmi ak moun ki pòy mwen sèlman. Ki sa w kapab fè si w ta vin rann ou kont gen yon moun nan kongregasyon an ki pa ka yon bon zanmi pou ou? Pòl te konnen gen kèk moun nan kongregasyon premye syèk la ki pa t gen bon konduit antanke kretyen, se sa k fè li te avèti Timote pou l veye kò l ak yo (2 Tim. 2:​20-22). Amitye nou gen ak Jewova a gen anpil valè. Nou te fè anpil efò pou n vin pwòch ak Jewova, donk, nou pa dwe kite pèsonn gate amitye sa a. w22.08 5-6 § 13-15.

Dimanch 17 novanm

Rete lwen moun sòt la. — Pwo. 14:7.

Kontrèman ak moun ki rayi konsèy Bondye bay, nou aprann renmen fason Bondye panse, san wete prensip moral li yo. Nou ka vin pi renmen fason Bondye panse lè n konpare rezilta sa bay lè moun obeyi ak rezilta sa bay lè moun dezobeyi. Panse ak kalite pwoblèm yon seri moun vin genyen paske yo aji tankou moun sòt lè yo meprize konsèy Jewova bay. Epi, reflechi ak jan n viv pi byen paske n obeyi Bondye (Sòm 32:​8, 10). Jewova bay tout moun posiblite pou yo gen sajès, men li pa fòse pèsonn pou yo chèche genyen l. Sepandan, li fè konn ki rezilta moun ki pa koute sajès li bay la ap jwenn (Pwo. 1:​29-32). Y ap “peye sa yo fè”. Rive yon lè, y ap jwenn anpil soufrans ak pwoblèm akoz fason y ap viv, e finalman y ap detwi. Yon lòt bò, men pwomès Jewova fè moun ki koute konsèy saj li bay e ki aplike yo: “Moun ki koute m yo ap viv ak kè poze, y ap viv trankil san yo pa pè okenn malè.” — Pwo. 1:33. w22.10 21 § 11-13.

Lendi 18 novanm

Byennere tout moun ki gen lakrentif pou Jewova, ki mache nan chemen l yo. — Sòm 128:1.

Gen lakrentif pou Jewova vle di nou tèlman respekte l nou veye pou n pa fè anyen ki pa fè l plezi (Pwo.16:6). Se sa k fè nou kontinye fè tout sa n kapab pou n suiv prensip Bondye tabli anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal, jan Bib la montre sa (2 Kor. 7:1). N ap gen kè kontan si n fè sa Jewova renmen e si nou vire do bay sa l rayi (Sòm 37:27; 97:10; Wom. 12:9). Yon moun ka konnen Jewova gen otorite pou l deside sa ki byen ak sa ki mal. Men, moun nan dwe dispoze respekte prensip Bondye yo tou (Wom. 12:2). Nan konduit nou, nou kapab montre si nou kwè toutbon lè n suiv prensip Jewova yo se pi bon fason pou n viv (Pwo.12:28). Se konsa David te konsidere prensip Jewova yo, paske men sa l te di konsènan Jewova: “Ou fè m konnen chemen ki mennen nan lavi a. Depi w la, gen anpil lajwa, wi, bò kote w, se lajwa pou toutan.” — Sòm 16:11. w22.10 8 § 9-10.

Madi 19 novanm

Pitit la pa ka deside poukont li pou l fè anyen, men se sèlman sa l wè Papa a fè li fè. — Jan 5:19.

Jezi te toujou gen ekilib nan fason l wè tèt li, li pa t pran tèt li pou yon pakèt afè. Anvan Jezi te vin sou tè a, li te reyalize anpil bèl bagay nan sèvis Jewova. Se ak Jezi Bondye te sèvi pou l “kreye tout lòt bagay, ni nan syèl la ni sou tè a”. (Kol. 1:16.) Lè Jezi t ap batize, se sèten l te sonje tout sa l te reyalize lè l te ansanm ak Papa l (Mat. 3:16; Jan 17:5). Men, konesans sa a Jezi te genyen an pa t fè l vin gen ògèy. Okontrè, li pa t janm montre l pi bon pase lòt moun. Li te fè disip li yo konnen li pa t vin sou tè a “pou moun sèvi l, men li te vini pou l sèvi moun e pou l bay lavi l kòm ranson pou libere anpil moun”. (Mat. 20:28.) Epitou, li te rekonèt li pa t ka fè anyen poukont li. Se pa ti imilite Jezi te genyen! Jezi bay bonjan egzanp pou nou suiv. w22.05 24 § 13.

Mèkredi 20 novanm

Retounen vin jwenn Jewova. — Eza. 55:7.

Lè Jewova ap deside si l ap padone yon moun, li egzamine si moun ki peche a te konnen sa l t ap fè a pa t bon. Jezi te fè konn sa byen klè nan Lik 12:​47, 48. Lè yon moun byen planifye pou l fè yon bagay ki mal, e l byen konnen sa ap fè Jewova lapenn, li fè yon peche grav. Moun sa a ka pa jwenn padon (Mak 3:29; Jan 9:41). Èske n ka jwenn padon? Wi! Jewova egzamine tou si moun ki peche a repanti toutbon. Repanti vle di “chanjman nan fason yon moun panse, nan atitid li oswa nan objektif li”. Sa gen ladan l lefètke yon moun santi l regrèt e li tris anpil pou bagay mal li te fè oswa pou bon bagay li te dwe fè men li pa t fè. Yon moun ki repanti santi l tris nonsèlman paske li te mal aji, men tou, paske l te kite relasyon l gen ak Jewova vin frèt, sa ki te fè l mal aji. w22.06 5-6 § 15-17.

Jedi 21 novanm

Tout moun ki vle demontre atachman pou Bondye nan lavi yo ann inyon ak Kris Jezi ap jwenn pèsekisyon tou. — 2 Tim. 3:12.

Ènmi nou yo gaye manti sou frè ki alatèt nan òganizasyon Jewova a (Sòm 31:13). Gen kèk frè yo arete e yo akize kòmkwa yo se kriminèl. Kretyen yo nan premye syèk la te fè fas ak yon sitiyasyon menm jan an lè yon seri moun te lage fo akizasyon sou do apot Pòl e yo te fè arete l. Gen moun ki te sispann ede apot Pòl lè yo te mete l nan prizon nan vil Wòm (2 Tim. 1:​8, 15; 2:​8, 9). Imajine jan apot Pòl dwe te santi l. Li te andire anpil pwoblèm e l te menm riske lavi l pou yo (Tra. 20:​18-21; 2 Kor. 1:8). Nou pa ta dwe janm vin menm jan ak moun sa yo ki te abandone Pòl. Donk, nou pa ta dwe sezi dèske Satan vize frè ki alatèt yo nan atak l ap fè yo. Entansyon l se fè frè sa yo sispann ret fidèl ak Jewova epi fè nou kraponnen (1 Pyè 5:8). Kontinye soutni frè ki alatèt yo, epi ret atache ak yo. — 2 Tim. 1:​16-18. w22.11 16-17 § 8-11.

Vandredi 22 novanm

Ou pa krenn Bondye ditou ou menm? — Lik 23:40.

Sanble bandi ki te repanti, ki te bò kote Jezi anvan l mouri a, te yon Juif. Juif yo te konn adore yon sèl Dye, men, moun lòt nasyon yo te kwè nan plizyè dye (Egz. 20:​2, 3; 1 Kor. 8:​5, 6). Si bandi sa a te yon moun lòt nasyon, kesyon ki nan tèks pou jounen an t ap diferan, se t ap: “Ou pa krenn dye yo ditou ou menm?” Epitou, Bondye pa t voye Jezi pou moun lòt nasyon, li te voye l pou “mouton ki pèdi ki nan pèp Izrayèl la”. (Mat. 15:24.) Bondye te fè Izrayelit yo konnen Li t ap resisite moun ki mouri yo. Bandi ki te repanti a dwe te konn sa, e pawòl li te di yo montre li te kwè Jewova t ap resisite Jezi pou l dirije nan Wayòm Li an. Sanble mesye a te gen espwa Bondye t ap resisite l tou. Antanke Juif, bandi ki te repanti a dwe te konn tande pale de Adan ak Èv. Donk, li te kapab byen konprann Paradi Jezi t ap pale a ki nan Lik 23:43 a t ap yon bèl jaden sou tè a. — Jen. 2:15. w22.12 8-9 § 2-3.

Samdi 23 novanm

Yo tout te met tèt ansanm, yo t ap pèsevere nan lapriyè. — Tra. 1:14.

Se sèlman grasa èd lespri Bondye nou kapab fè travay predikasyon an. Poukisa? Paske Satan ap fè lagè kont nou pou l ka bloke n nan travay predikasyon an (Rev. 12:17). Anpil moun panse, Satan tèlman pisan, nou pap ka pot laviktwa sou li. Men, pa mwayen travay predikasyon an, nou pot laviktwa sou li (Rev. 12:​9-11)! Nan ki sans? Lè n ap preche, nou montre nou pa pè menas Satan ap fè yo. Chak fwa nou preche, Satan pèdi yon batay. Donk, nou vin konprann Jewova ban nou fòs pa mwayen lespri sen e l kontan travay n ap fè a (Mat. 5:​10-12; 1 Pyè 4:14). Lespri Bondye ka ban n fòs nou bezwen pou n ka fè fas ak nenpòt difikilte nou ka jwenn nan travay predikasyon an (2 Kor. 4:​7-9). Donk, ki sa n ka fè pou n ka sèten Bondye ap kontinye ban nou lespri l? Nou bezwen kontinye priye Jewova pou l ban nou lespri l toutpandan n gen konfyans l ap tande priyè nou. w22.11 5 § 10-11.

Dimanch 24 novanm

Men ki ankourajman n ap ban nou, frè nou yo: avèti moun ki endisipline yo, pale yon fason pou nou konsole moun ki tris yo, soutni moun ki fèb yo, pran pasyans ak tout moun. — 1 Tes. 5:14.

Nou montre nou renmen frè n ak sè n yo tou lè nou fè efò pou n ret anpè ak yo. Nou fè efò pou n imite fason Jewova padone. Si Jewova te dispoze kite Pitit Gason l lan mouri pou peche nou, èske n pa ta dwe dispoze padone frè n ak sè n yo lè yo peche kont nou? Nou pa ta renmen vin menm jan ak esklav mechan ki nan youn nan parabòl Jezi te bay yo. Menm apre mèt esklav sa a te fin anile yon gwo dèt li te genyen, esklav la pa t padone yon esklav parèy li ki te gen yon ti dèt pou li (Mat. 18:​23-35). Si w gen yon pwoblèm ak yon moun nan kongregasyon an, èske w pa ta ka pran devan pou w fè lapè avè l anvan w asiste Memoryal la (Mat. 5:​23, 24)? Si w fè sa w ap montre w gen yon gwo lanmou pou Jewova ak Jezi. w23.01 29 § 8-9.

Lendi 25 novanm

Moun ki fè moun ki malere favè se Jewova li prete. — Pwo. 19:17.

Youn nan fason nou kapab konnen ki sa frè n ak sè n yo bezwen se lè n poze yo yon seri kesyon ki pap fè yo santi yo jennen (Pwo. 20:5). Pa egzanp, èske yo gen ase manje pou yo manje? Èske yo gen medikaman oswa lòt bagay yo bezwen? Èske yo ka pèdi travay yo oswa yo ka menm pèdi kay yo? Si gouvènman an bay èd, èske yo bezwen n ede yo chèche jwenn èd sa a? Jewova vle pou nou tout ankouraje youn lòt e pou n ede youn lòt (Gal. 6:10). Menmsi n fè yon ti bagay tou senp pou n ede yon moun ki malad, sa ka ankouraje l anpil. Yon timoun ka fè yon desen pou voye pou yon frè pou ankouraje l. Yon jèn ka al fè komisyon oswa al achte pou yon sè. Nou ka fè manje pou yon moun ki malad. Gen kèk Temwen ki voye kat pou ansyen yo pou di yo mèsi, paske byen souvan ansyen sa yo gen plis bagay pou yo fè pou frè ak sè yo pandan yon epidemi. Se pa ti bon sa bon lè n jwe wòl pa nou pou “youn kontinye ankouraje lòt e [...] pou youn kontinye fòtifye lòt”! — 1 Tes. 5:11. w22.12 22 § 2; 23 § 5, 6.

Madi 26 novanm

Nou nan erè anpil. — Mak 12:27.

Sadiseyen yo te byen konnen senk premye liv nan Liv ki te ekri ann ebre yo, men yo pa t aksepte verite enpòtan ki nan liv sa yo. Pa egzanp, reflechi sou jan Jezi te reponn lè Sadiseyen yo te poze l kesyon sou rezirèksyon an pou yo te ka teste l. Li te mande yo: “Èske nou pa li nan liv Moyiz la, nan istwa sou ti pye pikan ki t ap boule a, sa Bondye te di l: ‘Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb’?” (Mak 12:​18, 26). Menm lè Sadiseyen yo te li pasaj sa a plizyè fwa, kesyon Jezi te poze a te montre yo pa t aksepte yon verite enpòtan ki nan Bib la, anpalan de ansèyman sou rezirèksyon an (Lik 20:38). Ki leson nou aprann? Lè n ap li Bib la, nou bezwen chèche wè tout sa yon vèsè oswa yon istwa ka aprann nou. Se pa ansèyman debaz yo sèlman nou bezwen chèche konprann, men, nou bezwen konprann verite ak prensip ki pi pwofon yo tou. w23.02 11 § 9-10.

Mèkredi 27 novanm

Nou gen yon gwo nyaj temwen ki antoure nou. — Ebre. 12:1.

Tout temwen yo pale de yo nan tèks pou jounen an te pase anba gwo eprèv, men, yo te ret fidèl ak Jewova pandan tout vi yo (Ebre 11:​36-40). Èske se pou granmesi yo te andire e yo te fè gwo efò? Jamè! Menm lè yo pa t rive wè tout pwomès Jewova yo reyalize devan je yo, yo pa t janm sispann met espwa yo nan li. E piske yo te sèten yo te gen favè Jewova, yo te gen konfyans Jewova t ap kenbe pwomès li (Ebre 11:​4, 5). Egzanp moun sa yo kapab fè n gen plis detèminasyon pou n kontinye met espwa nou nan Jewova. Jodi a, n ap viv nan yon monn k ap vin pi mal chak jou (2 Tim. 3:13). Satan poko fin pase pèp Bondye a anba eprèv. Kèlkeswa difikilte nou ka jwenn pi devan, ann pran detèminasyon pou n travay di pou Jewova, piske n konnen “nou mete esperans nou nan yon Dye ki vivan”. — 1 Tim. 4:10. w22.06 25 § 17-18.

Jedi 28 novanm

Ki sa sa ap itil si m mouri [...]? Èske pousyè tè ka louwe w? — Sòm 30:9.

Youn nan rezon ki fè n bezwen fè efò pou n ret an sante, se paske lè n an sante nou kapab sèvi Jewova pi byen (Mak 12:30). Se pou sa nou evite fè yon seri bagay nou konnen ki pap bon pou sante n (Wom. 12:1). Nòmalman, kèlkeswa sa nou fè, se pa yon garanti nou pap malad. Men, nou fè sa n kapab paske n vle montre Papa nou ki nan syèl la nou gen rekonesans pou lavi li ban nou an. Maladi ak vyeyès ka anpeche nou fè anpil bagay nou te konn abitye fè. Se sa k fè nou ka santi n dekouraje, e n ka santi n tris. Men, nou pa ta dwe janm bay vag e n pa ta dwe neglije sante n. Poukisa? Paske kèlkeswa jan n ta granmoun oswa jan n ta malad nou ka toujou bay Jewova louwanj, menm jan wa David te fè sa. Se pa ti ankourajan sa ankourajan pou n konnen nou gen anpil valè pou Bondye nou an menm lè n granmoun oswa n malad (Mat. 10:​29-31)! Menmsi n ta mouri, se pa ti anvi li t ap anvi resisite nou (Jòb 14:​14, 15). Pandan nou vivan an, nou vle fè tout sa n kapab pou n pwoteje sante n ak lavi n. w23.02 20-21 § 3-5.

Vandredi 29 novanm

Nenpòt moun ki di move pawòl sou lespri sen, moun sa a pap janm jwenn padon. — Mak 3:29.

Èske non gwo foul lòt mouton yo ap toujou nan liv lavi a apre yo fin pase Amagedon vivan? Wi (Rev. 7:14). Jezi te di moun sa yo ki tankou mouton pral gen “lavi ki pap janm fini an”. (Mat. 25:46.) Men, moun ki pase Amagedon vivan yo pap resevwa lavi ki pap janm fini an tousuit. Pandan Rèy mil an an, Jezi “ap pran swen yo e l ap mennen yo nan sous dlo lavi yo”. Se moun ki obeyi enstriksyon Kris yo, e finalman Jewova konsidere kòm moun ki fidèl, k ap gen non yo ekri nèt nan liv lavi a (Rev. 7:​16, 17). Men, kabrit yo pral detwi nan Amagedon. Jezi di “yo pral mouri pou toutan”. (Mat. 25:46.) Men sa lespri sen te fè apot Pòl di: “Santans moun sa yo pral jwenn nan se yon destriksyon etènèl.” — 2 Tes. 1:9; 2 Pyè 2:9. w22.09 16 § 7-8

Samdi 30 novanm

Gen yon lè pou tout bagay. — Ekl. 3:1.

Bagay Jewova kreye yo ka bay fanmi yo okazyon pou yo detann yo e pou yo amize yo, konsa, y ap vin pi pwòch youn ak lòt. Jewova kreye yon pakèt bèl zòn sou tè a kote n ka fè yon seri bagay nou renmen. Gen anpil fanmi ki renmen al vizite bèl zòn lè y al andeyò, nan mòn oswa nan plaj. Nan monn nouvo Bondye a, paran ak pitit ap kontan admire kreyasyon Jewova a yon fason yo potko janm fè anvan sa. Kontrèman ak jodi a, nou pap gen okenn rezon pou nou pè bèt, e yo pap pè nou nonplis (Eza. 11:​6-9). N ap gen anpil tan pou n admire sa Jewova fè (Sòm 22:26). Men, nou menm paran, nou pa bezwen tann moman sa a rive pou n ede pitit nou aprann admire kreyasyon an. Pandan w ap sèvi ak kreyasyon an pou w aprann pitit ou konnen Jewova, sandout y ap dakò ak pawòl wa David te di a. Men sa l te di: “Ala anpil sa w fè yo anpil, o Jewova!” — Sòm 104:24. w23.03 25 § 16-17.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje