Fevriye
Samdi 1ye fevriye
M ap koute nou. — Jer. 29:12.
Lè wa Ezekyas te malad anpil, li te sipliye Jewova pou l geri l. Vrèmanvre, Jewova te geri l (2 Wa 20:1-6). Yon lòt bò, lè apot Pòl te sipliye Jewova pou l retire “yon pikan [li te gen] nan chè” l, Jewova pa t retire pwoblèm nan (2 Kor. 12:7-9). Wa Ewòd te vle touye apot Jak ak apot Pyè. Yo te touye Jak, men, Jewova te fè yon mirak pou l sove lavi Pyè (Tra. 12:1-11). Nou te ka mande tèt nou: ‘Poukisa Jewova te sove lavi Pyè, men li pa t sove lavi Jak?’ Labib pa di anyen sou sa. Yon bagay ki sèten, Jewova “pa janm fè enjistis”. (Det. 32:4.) Pafwa, Jewova ka pa reponn priyè nou fason nou te espere a. Men, nou gen konfyans Jewova renmen nou e li toujou fè sa ki jis, se sa k fè nou aksepte fason li chwazi reponn priyè nou. — Jòb 33:13. w23.11 21 § 6.
Dimanch 2 fevriye
Sajès ki sot anwo a se yon sajès [...] ki dispoze obeyi. — Jak 3:17.
Jak fè konnen moun ki gen sajès yo “dispoze obeyi”, e se Bondye ki te pouse l ekri pawòl sa yo. Reflechi sou sa sa vle di. Nou dwe dispoze obeyi moun Jewova bay kèk otorite e nou dwe fè sa ak tout kè n. Nòmalman, Jewova pa atann pou n obeyi yon moun ki mande n dezobeyi kòmandman L yo (Tra. 4:18-20). Nou ka santi l pi fasil pou n obeyi Jewova pase pou n obeyi yon moun. Dayè, fason Jewova dirije nou toujou bon nèt (Sòm 19:7). Se pa menm bagay ditou pou moun ki gen otorite yo. Aktout sa, Papa nou ki nan syèl la bay paran yo, otorite nan gouvènman yo ak ansyen yo kèk otorite (Pwo. 6:20; 1 Tes. 5:12; 1 Pyè 2:13, 14). Lè n obeyi yo, an reyalite se Jewova nou obeyi. w23.10 6 § 2-3.
Lendi 3 fevriye
Pawòl sa yo fidèl e yo se laverite. — Rev. 21:5.
Yon fason nou kapab ranfòse lafwa nou, se lè n reflechi sou pouvwa Jewova genyen. Jewova gen pouvwa pou l reyalize kèlkeswa pwomès li fè. Li kapab fè sa paske se li menm ki Bondye Toupisan an (Jòb 42:2; Mak 10:27; Efe. 3:20). Li te di Abraram ak Sara yo t ap gen yon pitit gason, alòske yo te gentan fin granmoun (Jen. 17:15-17). Epitou, li te di Abraram li t ap bay desandans li peyi Kanaran. Pandan plizyè ane desandan Abraram yo, anpalan de Izrayelit yo, te fè ap viv kòm esklav nan peyi Ejip, sa dwe te parèt kòmsi pwomès sa a pa t ap janm reyalize. Men, li te reyalize. Li te di Mari, ki te vyèj, li t ap gen pou l fè pwòp Pitit Gason L lan, yon bagay Jewova te gentan anonse plizyè milye ane anvan sa nan jaden Edenn, yon lòt pwomès Jewova te fè ki te reyalize (Jen. 3:15). Lè n reflechi sou tout pwomès Jewova te fè ak fason l te reyalize yo, nou vin konprann Jewova gen yon pouvwa ki vrèman estrawòdinè. Epitou, sa ap ede n pou n vin gen plis lafwa nan pwomès li fè pou gen yon monn nouvo. — Joz. 23:14; Eza. 55:10, 11. w23.04 28 § 10-12.
Madi 4 fevriye
O Jewova, koute priyè m, koute m lè m ap sipliye w pou m mande w sekou. — Sòm 143:1.
Jewova te reponn priyè David te fè pou l mande l delivre l (1 Sam. 19:10, 18-20; 2 Sam. 5:17-25). Nou menm tou, nou kapab gen menm asirans sa a (Sòm 145:18). Jewova ka pa reponn priyè n fason n t ap atann nan. Pòl te mande Bondye pou l retire “yon pikan nan chè” l. Pandan twa fwa, Pòl te priye egzakteman sou gwo pwoblèm sa a. Èske Jewova te reponn priyè sa yo? Wi, men li pa t reponn yo fason Pòl te espere a. Olye Jewova te retire pwoblèm nan, Li te ba l fòs li te bezwen pou l te kontinye sèvi L fidèlman (2 Kor. 12:7-10). Pafwa, Jewova ka reponn priyè n tou fason nou pa t atann. Nou kapab gen asirans Jewova konnen egzakteman ki pi bon fason pou l ede n. Li kapab menm “fè pi plis lontan pase tout sa nou mande oubyen tout sa nou imajine”. (Efe. 3:20.) Se poutèt sa li kapab reponn priyè nou yo nan yon moman oswa yon fason nou pa t atann. w23.05 8-9 § 4-6.
Mèkredi 5 fevriye
Lè a ap rive kote tout moun ki nan tonm yo pral tande vwa l, e y ap soti. — Jan 5:28, 29.
Detanzantan, li bon pou nou tout reflechi sou pwomès Bib la fè konsènan rezirèksyon ki pral fèt la. Pou ki rezon? Se paske nou pa janm konnen ki lè n ka vin gen yon maladi ki met lavi nou an danje, oubyen tou, yon moun nou renmen ka mouri sanzatann (Ekl. 9:11; Jak 4:13, 14). Esperans rezirèksyon an kapab ede n andire pwoblèm sa yo (1 Tes. 4:13). Bib la ban nou asirans Papa nou ki nan syèl la konnen nou byen e li renmen nou anpil (Lik 12:7). Fè yon ti reflechi, lefètke Jewova Dye kapab refè n ankò avèk menm pèsonalite nou te genyen an e avèk menm sèvo nou te gen anvan an, sa montre jis nan ki pwen li konnen nou byen. E Jewova tèlman renmen nou, li ban nou posiblite pou n viv pou toutan, menm lè sa ta mande pou l resisite nou si nou ta mouri! Sa k fè nou kapab kwè nan pwomès rezirèksyon an? Se paske nou gen konviksyon moun ki fè pwomès la gen volonte ak pouvwa oswa kapasite pou l reyalize l. w23.04 8-9 § 2-4.
Jedi 6 fevriye
[Jozèf ak Mari] te gen abitid al Jerizalèm chak ane nan fèt Pak la. — Lik 2:41.
Jozèf ak Mari te kolabore youn ak lòt tou pou yo te ka kontinye gen yon relasyon solid ak Jewova. Yo te konprann jan sa enpòtan pou yo adore Jewova ansanm antanke fanmi (Lik 2:22-24; 4:16). Ala yon bèl egzanp pou moun ki marye yo jodi a! Menm jan ak Jozèf ak Mari, si n gen pitit, li ka pa fasil pou n asiste reyinyon yo oubyen pou n rezève yon tan pou n fè adorasyon an fanmi. Li ka menm pi difisil toujou antanke mari ak madanm pou n rive jwenn tan pou n etidye oswa priye ansanm. Sepandan, sonje, lè n adore Jewova ansanm, nou vin pi pwòch avè l e nou vin pi pwòch youn ak lòt. Donk, bay adorasyon n ap bay Jewova a premye plas la. Si n gen pwoblèm nan maryaj nou, nou ka pa anvi fè adorasyon an fanmi ansanm. Si sa ta rive, pou kòmanse, nou ka egzamine yon bagay ki tou kout. Lè n fè sa, sa kapab fè n vin pi pwòch youn ak lòt e sa kapab fè n pi anvi fè yon seri aktivite nan sèvis Jewova a ansanm. w23.05 22 § 7-8.
Vandredi 7 fevriye
Obadya te gen anpil lakrentif pou Jewova. — 1 Wa 18:3.
Ki jan lakrentif sa a Obadya te genyen an te ede l? Yon bagay ki sèten, sa te fè l vin yon moun serye, yon moun yo te ka fè konfyans. Se sa k fè wa a te ba l responsab tout kay li. (Konpare ak Neyemi 7:2.) Lakrentif Obadya te gen pou Bondye te fè l gen anpil kouraj tou, yon kalite li te vrèman bezwen. Obadya t ap viv nan epòk wa Ahab, yon wa ki te mechan (1 Wa 16:30). Epitou, Jezabèl, madan Ahab, ki t ap adore Baal, te tèlman rayi Jewova, li te chèche elimine vrè adorasyon an nan wayòm nò a. Li te menm touye anpil nan pwofèt Bondye yo (1 Wa 18:4). Lè Jezabèl t ap chèche touye pwofèt Bondye yo, Obadya te pran 100 nan pwofèt yo e li te kache yo “nan de gwòt, 50 nan chak gwòt epi [li] te kontinye pote pen ak dlo pou yo”. (1 Wa 18:13, 14.) Obadya te gen anpil kouraj, men si yo te bare l, se sèten yo t ap touye l. Nòmalman, Obadya te yon moun menm jan ak tout moun e li pa t vle mouri. Men, li te renmen Jewova e li te renmen moun ki t ap sèvi Jewova yo plis pase pwòp tèt pa l. w23.06 16 § 9-10.
Samdi 8 fevriye
Mwen menm, Jewova, mwen se […] Sila a k ap mennen w [lan]. — Eza. 48:17.
Jewova kontinye bay pèp li a direksyon jodi a menm jan li te konn fè sa nan tan lontan. Li fè sa pa mwayen Pawòl li e pa mwayen Pitit Gason l lan, Chèf kongregasyon an. Èske nou wè prèv ki montre Jewova kontinye sèvi avèk moun pou reprezante l? Wi. Pa egzanp, fè yon ti reflechi sou kèk evènman ki te pase nan fen ane 1800 yo. Charles T. Russell ansanm ak zanmi l yo te vin konprann ane 1914 la t ap gen yon gwo enpòtans pou Wayòm Bondye a (Dàn. 4:25, 26). Se pwofesi nan Bib la te ki te ede yo konprann sa. Èske Jewova te gide yo nan rechèch yo t ap fè? Pa gen dout nan sa. An 1914, evènman ki t ap pase nan monn nan te montre aklè Wayòm Bondye a te kòmanse dirije. Premye Gè mondyal la te eklate. Apre sa, te vin gen maladi, tranblemanntè ak rate manje (Lik 21:10, 11). Vrèmanvre, Jewova t ap sèvi avèk mesye sa yo ki te sensè pou bay pèp li a direksyon. w24.02 22 § 11.
Dimanch 9 fevriye
Moun ki jis la jwenn anpil pwoblèm, men, Jewova delivre l anba yo tout. — Sòm 34:19.
Antanke pèp Jewova, nou konnen li renmen nou e li ta renmen nou viv pi bèl vi a (Wom. 8:35-39). Epitou, nou gen konviksyon, lè n aplike prensip ki nan Bib la, sa ap toujou bon pou nou (Eza. 48:17, 18). Donk, ki jan n ta dwe reyaji lè n jwenn pwoblèm nou pa t atann? Pa egzanp, yon moun nan fanmi nou ka desevwa nou yon fason oswa yon lòt. Nou kapab gen gwo pwoblèm sante ki ka anpeche n fè tout sa n ta renmen fè nan sèvis Jewova a. Nou ka viktim anba katastwòf natirèl. Oswa nou ka jwenn pèsekisyon poutèt kwayans nou. Lè n jwenn eprèv konsa, nou ka ap mande tèt nou: ‘Poukisa se mwen sa rive? Èske m te fè yon bagay ki mal? Èske sa vle di mwen pa gen benediksyon Jewova?’ Èske w te janm santi w konsa? Si w te janm santi w konsa, pa dekouraje. Anpil nan sèvitè fidèl Jewova te santi yo konsa yon lè. — Sòm 22:1, 2; Aba. 1:2, 3. w23.04 14 § 1-2.
Lendi 10 fevriye
Mwen detèmine pou m toujou obeyi lwa w yo. — Sòm 119:112.
Lè n jwenn tantasyon, nou evite kèlkeswa panse oswa aksyon ki ta ka fè n pèdi amitye nou gen ak Bondye a, e nou fè sa san pèdi tan. Jewova atann pou n “obeyi [...] ak tout kè nou”. (Wom. 6:17.) Sa Jewova mande nou fè yo toujou bon pou nou e nou dwe obeyi lwa l yo (Eza. 48:17, 18; 1 Kor. 6:9, 10). Dyab la sèvi ak vyolans ak pèsekisyon pou l ka fè l difisil pou n ret fidèl. Objektif li se “devore” nou, e li vle detwi relasyon nou gen ak Jewova a (1 Pyè 5:8). Nan premye syèk la, yo te menase kretyen yo, yo te bat yo e yo te touye yo paske yo te detèmine pou yo rete fèm (Tra. 5:27, 28, 40; 7:54-60). Satan kontinye sèvi ak pèsekisyon jodi a. Sa parèt klè lè n wè jan gouvènman peyi Larisi ak lòt peyi ap maltrete frè n ak sè n yo. E nou wè sa tou nan atak opozan fè sou frè n ak sè n yo. Nonsèlman Satan sèvi ak pèsekisyon pou l anpeche n rete fèm, li itilize lòt “manèv” tou. — Efe. 6:11. w23.07 15-16 § 6-9.
Madi 11 fevriye
Annou grandi nan tout bagay grasa lanmou. — Efe. 4:15.
Plis ou etidye Pawòl Bondye a, se plis ou vin renmen Jewova. Lanmou sa a pouse w aplike sa w aprann yo. Ou pran pi bon desizyon ki baze sou prensip ki nan Bib la. Ou chanje konpòtman w ak konduit ou paske w vle fè Bondye plezi. Menm jan yon timoun imite paran l ki renmen l, ou eseye imite Papa w ki nan syèl la (Efe. 5:1, 2). Nou ka mande tèt nou: ‘Èske lanmou m gen pou Jewova kounye a pi fò pase lanmou m te gen pou li lè m te fèk vin kretyen? Depi lè m fin batize, èske fason m panse ak fason m aji plis sanble ak fason Jewova panse ak fason l aji, sitou nan fason m demontre lanmou pou frè m ak sè m yo?’ Si “lanmou w te genyen okòmansman an” yon ti jan rafredi, pa dekouraje. Sa te rive kèk kretyen nan premye syèk la. Jezi pa t abandone yo pou sa, e li pap abandone nou nonplis (Rev. 2:4, 7). Li konnen nou ka vin gen menm lanmou nou te genyen lè n te fèk aprann laverite a. w23.07 8 § 2-3.
Mèkredi 12 fevriye
Ou bon e w dispoze padone, o Jewova. — Sòm 86:5.
Apot Pyè te fè plizyè erè. Toudabò, apot Pyè te montre l gen twòp konfyans nan tèt li lè l t ap vante tèt li pou l fè konnen l ap ret fidèl menmsi lòt apot yo abandone Jezi (Mak 14:27-29). Annapre, plizyè fwa li pa t rive kontinye veye (Mak 14:32, 37-41). Apre sa, lè yon foul moun te vin arete Jezi, Pyè te abandone l (Mak 14:50). Finalman, Pyè te nye Jezi twa fwa, li te di li pa konnen l. Li te menm sèmante pandan l t ap bay manti sa a (Mak 14:66-71). Ki jan Pyè te reyaji lè l te vin rann li kont peche l fè a grav? Li te vin dekontwole e li te tonbe kriye (Mak 14:72). Olye Jezi te blame Pyè pou mankman li te genyen yo, li te fè zanmi l lan konnen li t ap ba l plis responsablite (Jan 21:15-17). Pyè te konnen li te fè yon peche grav, men li pa t dekouraje ak tèt li, poukisa? Paske l te gen konviksyon Jezi, Mèt li a, pa t dekouraje avè l. Ki leson nou aprann? Jewova vle nou gen konviksyon li renmen nou e li dispoze padone nou. — Wom. 8:38, 39; w24.03 18-19 § 13-15.
Jedi 13 fevriye
Paske li deja lakòz anpil moun mouri. — Pwo. 7:26.
Lè yon moun fè imoralite seksyèl, li ka santi l wont, li ka santi l pa vo anyen, li ka vin ansent alòske l pa t vle sa e fanmi l ka kraze. Pa gen dout, yon moun ki pa aksepte antre “lakay” fi ki sòt la montre l se yon moun ki gen sajès. Nonsèlman anpil nan moun k ap pratike imoralite yo ka pèdi relasyon yo ak Jewova, men tou, yo ka pran maladi ki ka menm lakòz yo mouri (Pwo. 7:23). Men sa nou li nan Pwovèb chapit 9 vèsè 18: “Moun li envite yo rete kote ki fon nan Tonm nan.” Donk, poukisa anpil moun aksepte envitasyon fi sa a fè ki lage moun nan pwoblèm (Pwo. 9:13-18)? Youn nan pyèj anpil moun pran ladan l se pònografi. Gen moun ki panse pa gen anyen ki mal nan gade pònografi. Men, pònografi fè moun anpil tò, li fè yo pèdi respè tèt yo e lòt moun pa respekte yo. Yonfwa yon moun kòmanse gade l, li ka difisil anpil pou l sispann fè sa. Vye imaj sal gen tandans ret nan lespri moun ki gade yo. Li difisil pou moun retire yo nan lespri yo. Sa k pi rèd la, pònografi pa ede moun elimine move dezi yo genyen, okontrè, li fè yo vin pi fò toujou (Kol. 3:5; Jak 1:14, 15). Vrèmanvre, anpil moun ki gade pònografi tonbe nan imoralite seksyèl. w23.06 23 § 10-11.
Madi 14 fevriye
L ap kraze tout wayòm sa yo, l ap elimine yo, e se li menm sèl k ap rete pou toutan. — Dàn. 2:44.
Byenke pafwa lòt nasyon ka ap pwovoke Pisans mondyal anglo-ameriken an, yo pap rive pran plas li. Nou konn sa paske “wòch” la ki reprezante Wayòm Bondye a pral kraze pye a, anpalan de pati nan estati a ki reprezante Pisans mondyal anglo-ameriken an (Dàn. 2:34, 35, 44, 45). Èske w gen konviksyon pwofesi Dànyèl te bay konsènan pye ki fèt ak fè ak ajil la se laverite? Si w kwè sa, sa ap gen efè sou fason w ap mennen lavi w. Ou pap chèche vin gen yon pakèt kòb oswa yon pakèt byen materyèl nan yon monn ki pral detwi talè konsa (Lik 12:16-21; 1 Jan 2:15-17). Lè w konprann pwofesi sa a, sa ap ede w wè jan travay preche ak anseye a enpòtan (Mat. 6:33; 28:18-20). Apre n fin egzamine pwofesi sa a, li ta bon pou w mande tèt ou: ‘Èske desizyon m pran montre m gen konviksyon Wayòm Bondye a pral detwi tout gouvènman lèzòm yo talè konsa?’ w23.08 11 § 13-14.
Samdi 15 fevriye
Nou chak pral rann Bondye kont pou tèt nou. — Wom. 14:12.
Ou bezwen rekonèt akoz laj ou, sante w ak sitiyasyon w gen yon seri bagay ou ka pa kapab fè kounye a. Menm jan ak Bazilayi, ou bezwen dispoze refize yon seri privilèj lè fòs ou pa pèmèt ou fè yon seri bagay (2 Sam. 19:35, 36). Menm jan ak Moyiz, aksepte yo ede w e bay lòt moun kèk responsablite lè sa nesesè (Egz. 18:21, 22). Lè w rekonèt limit ou, sa ap ede w pou w pa chèche fè yon seri bagay ou pap kapab reyalize, sa ki ta ka fè w santi w faya. Ou pa dwe santi w responsab move desizyon lòt moun pran. Nou pa ka pran desizyon pou lòt moun, ni nou pa ka toujou anpeche yo sibi konsekans move desizyon yo te pran. Pa egzanp, rive yon lè, yon pitit gason oswa yon pitit fi ka deside sispann sèvi Jewova. Desizyon sa a ka fè paran yo mal anpil. Sepandan, paran k ap blame tèt yo pou move desizyon pitit yo pran met yon pwa lou sou do yo. Jewova pa mande pou yo pote yon chay konsa. w23.08 29 § 11-12.
Dimanch 16 fevriye
[Samson] vin damou yon fi ki rele Dalila. — Jij 16:4.
Samson te enpafè menm jan avè n, se sa k fè li te konn pran move desizyon pafwa. Gen yon desizyon li te pran ki te lage l nan gwo pwoblèm, paske li pa t panse ak travay Bondye te ba l fè a. Apre Samson te fin sèvi kòm jij pandan yon tan, “li [te] vin damou yon fi ki rele Dalila ki t ap viv nan Vale Sorèk”. Anvan sa, Samson te fiyanse ak yon fi ki te moun Filisti. Men, “se Jewova ki te pouse l pran desizyon sa a. Se yon mwayen Li t ap chèche pou L tire revanj sou moun Filisti yo”. Annapre, Samson t al lakay yon pwostitye nan Gaza, yon vil nan peyi Filisti. Lè sa a, Bondye te bay Samson fòs pou l pran pòtay vil la al met yon lòt kote, sa ki te fè vil la vin san pwoteksyon (Jij 14:1-4; 16:1-3). Petèt Dalila te yon Izrayelit, donk, sanble se pa t menm sitiyasyon an. Dalila te aksepte yon bon kou kòb nan men moun Filisti yo pou l te ka lage Samson nan men yo. w23.09 5 § 12-13.
Lendi 17 fevriye
Se bon konprann yon moun genyen ki fè l bese kòlè l. — Pwo. 19:11.
Lè n gen bon konprann, sa ede nou gen dousè. Yon moun ki gen bon konprann rete kalm lè lòt moun vle fè diskisyon avè l sou kwayans li. Anpil fwa, lè moun yo poze n yon kesyon, yo pa di n vrè rezon ki fè yo poze n kesyon an. Donk, anvan nou reponn, li bon pou n sonje nou ka pa konn rezon ki fè moun nan poze kesyon an (Pwo. 16:23). Ann wè ki jan Jedeyon te reyaji lè mesye Efrayim yo t ap chèche fè kont avè l. Yo te vin kote l tou fache pou yo te mande l poukisa l pa t rele yo pou yo t al avè l lè l t apral goumen kont ènmi Izrayèl yo. Ki vrè rezon ki fè yo te fache konsa? Èske se petèt paske yo te vekse? Kèlkeswa rezon an, Jedeyon te aji avèk sajès lè l te montre l konprann yo e l te reponn yo avèk dousè. Ki jan sa te fini? Yo pa t ka di anyen ankò, “yo te vin kalme”. — Jij 8:1-3. w23.09 16 § 8-9.
Madi 18 fevriye
Se mwen ki te ba l plis kè kontan. — Pwo. 8:30.
Jewova ak Jezi gen relasyon ki pi sere ki ka egziste ant yon papa ak yon pitit gason l. Pa gen dout, sa te fè Jewova mal anpil lè l te wè jan yo t ap maltrete Pitit Gason l lan, jan yo te meprize l ak jan yo te fè l soufri. Nenpòt paran ki gen yon pitit ki mouri byen konnen gwo soufrans sa lakòz. Se vre nou gen yon lafwa solid nan rezirèksyon an, men, sa pa anpeche nou soufri lè nou gen yon moun pa nou ki mouri. Egzanp sa a ede n konprann jan Jewova dwe te santi l lè l t ap gade Pitit Gason l lan li renmen anpil ki t ap soufri e ki t ap mouri jou sa a, nan prentan ane 33 epòk nou an (Mat. 3:17). Soti jodi a rive jou Memoryal la, sa w panse si w ta fè plis rechèch sou ranson an lè w ap fè etid pèsonèl ou oswa nan adorasyon an fanmi? E jou Memoryal la, pa bliye gade pwogram espesyal adorasyon nan maten an. Lè n prepare kè n pou Memoryal la, n ap kapab ede lòt moun pwofite l tou. — Esd. 7:10. w24.01 11 § 10-12.
Mèkredi 19 fevriye
L ap fè nou vin djanm. — 1 Pyè 5:10.
Youn nan fason Jewova ban nou pisans se lè nou priye l. Pou Jewova reponn priyè nou, li kapab ban nou “yon pisans ki depase yon pisans nòmal”. (2 Kor. 4:7.) Epitou, nou kapab jwenn fòs lè n li Pawòl li a e lè n medite sou sa n li yo (Sòm 86:11). Mesaj Jewova ban nou nan Bib la gen ‘pisans’. (Ebre 4:12.) Lè w priye Jewova e lè w li Pawòl li a, w ap jwenn fòs ou bezwen pou w andire, pou w kontinye gen kè kontan, oswa pou w fè yon travay yo ba w fè nan sèvis Jewova a, menmsi l difisil. Ann wè fason Jewova te bay pwofèt Jonas fòs. Jonas te kouri pou yon travay Jewova te voye l fè ki te difisil. Sa te fè l manke pèdi lavi l nan yon gwo van tanpèt e li te met lavi lòt moun ki te nan bato ansanm avè l yo an danje. Lè yo te lage Jonas nan lanmè, gen yon gwo pwason ki te vale l. Jonas te vin twouve l anndan vant pwason an, yon kote ki fè nwa. Ki sa Jonas te fè pou l te kapab jwenn kouraj lè l te poukont li nan vant pwason an? Yon bagay ki sèten, li te priye. — Jonas 2:1, 2, 7. w23.10 13 § 4-6.
Jedi 20 fevriye
Men, lafen tout bagay vin pi pre. — 1 Pyè 4:7.
Byenke se pou kretyen nan premye syèk la apot Pyè te ekri lèt li yo, Jewova te fè met lèt sa yo nan Pawòl Li a. Donk, pawòl ki nan lèt sa yo kapab itil nou jodi a (Wom. 15:4). Nou rankontre anpil moun ki pa kwè nan pwofesi ki nan Bib la. Gen opozan ki ka pase n nan rizib paske gen plizyè ane depi n ap di lafen an ap vini. Gen moun ki fè konnen lafen an pap janm vini (2 Pyè 3:3, 4). Si pandan n ap preche nou ta tande yon moun di sa, oubyen yon kòlèg travay nou oswa yon moun nan fanmi nou ta di yon bagay konsa, sa kapab gen move efè sou lafwa nou. Pyè te esplike ki sa ki kapab ede n. Gen moun ki ka panse Jewova pran twòp tan pou l detwi monn mechan sa a. Pawòl Pyè yo kapab ede n, paske yo fè n sonje fason Jewova wè tan pa menm ditou ak fason lèzòm wè tan (2 Pyè 3:8, 9). Pou Jewova, mil an se tankou yon jou. Jewova gen pasyans. Li pa ta renmen okenn moun detwi. Sepandan, lè jou l la rive, monn sa a ap detwi. w23.09 26-27 § 2-5.
Vandredi 21 fevriye
Nou fèt pou nou bay sa nou te tande yo plis atansyon pase sa nou abitye bay, yon fason pou anyen pa janm pote nou ale. — Ebre 2:1.
Poukisa apot Pòl te ekri kretyen ebre ki t ap viv nan Jide yo? Sanble li te fè sa pou de rezon enpòtan. Premyèman, se pou l te ka ankouraje yo. Pifò nan yo te leve nan relijyon juif la. Ansyen chèf relijye yo te genyen yo te ka ap pase yo nan rizib poutèt yo te vin kretyen. Poukisa? Paske kretyen yo pa t gen yon bèl tanp kote yo te ka ale pou yo adore, yo pa t gen yon lotèl pou yo te fè sakrifis pou Bondye, e yo pa t gen prèt pou fè sèvis pou yo. Sa te kapab fè disip Kris yo dekouraje, e sa te ka fè lafwa yo febli (Ebre 3:12, 14). Kèk nan yo te ka menm panse retounen nan relijyon juif la. Dezyèmman, Pòl te fè kretyen ebre sa yo konnen yo pa t fè efò pou yo konprann nouvo ansèyman yo oswa ansèyman ki pwofon yo, anpalan de “gwo manje” nou jwenn nan Pawòl Bondye a (Ebre 5:11-14). Se sèten, kèk nan yo te toujou ret atache ak Lwa Moyiz la. w23.10 24-25 § 3-4.
Samdi 22 fevriye
[Aji ak] jèn medam yo tankou se te sè w, san okenn move lide. — 1 Tim. 5:2.
Gen fi ki chwazi pa marye (Mat. 19:10-12). Ou mèt gen asirans Jewova ak Jezi pa panse ou pa gen valè poutèt ou pa marye. Toupatou sou tè a, sè selibatè yo bay bèl egzanp nan kongregasyon yo. Lanmou sè sa yo gen pou lòt moun ak bonjan sousi yo gen pou yo fè yo vin tankou sè ak manman pou anpil moun nan kongregasyon an (Mak 10:29, 30). Genyen ki antre nan sèvis aplentan. Sè nou yo patisipe anpil nan travay predikasyon k ap fèt toupatou sou tè a (Sòm 68:11). Èske w ka planifye depi kounye a pou w antre nan sèvis aplentan? Ou ka vin pyonye, ou ka vin volontè nan konstriksyon oswa Betelit. Priye Jewova sou objektif ou genyen an, pale ak moun ki deja reyalize yon objektif menm jan an, epi chèche wè sa w bezwen fè pou w vin kalifye. Apre sa, fè yon plan ki rezonab. Lè w reyalize objektif ou genyen an sa ap ba w anpil bèl okazyon pou w fè plis nan sèvis Jewova a. w23.12 22 § 16-17.
Dimanch 23 fevriye
Fòk yo preche bon nouvèl la anvan nan tout nasyon. — Mak 13:10.
Tank gwo tribilasyon an ap pwoche, nou rive wè jan l enpòtan pou n obeyi kòmandman ki mande pou n patisipe nan travay predikasyon an. Sepandan, nou ka twouve l difisil pou n kontinye fè travay predikasyon an si nou gen pwoblèm ekonomik oswa nou jwenn opozisyon nan travay la. Ki sa k ka ede n bay Wayòm nan premye plas? Se lè nou kontinye gen konfyans “Jewova, Chèf lame yo,” bò kote nou. L ap ede nou si nou kontinye met enterè Wayòm nan anvan enterè pa nou. Donk, nou pa gen anyen pou n pè (Aje 2:4). Jewova vle nou kontinye patisipe nan travay fè disip la, yon travay k ap sove lavi moun. Aje te ankouraje Juif yo pou yo rekòmanse nan sèvis sakre yo t ap bay Jewova a tankou yo t ap poze fondasyon tanp lan ankò. Si yo te fè sa, Jewova te pwomèt li t ap “beni” yo (Aje 2:18, 19). Nou menm tou, nou kapab gen konfyans Jewova ap beni efò nou fè si nou met travay li ban nou fè a anvan tout lòt bagay. w23.11 16 § 8; 17 § 11.
Lendi 24 fevriye
Tout moun peche. — Wom. 3:23.
Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen nan vil Wòm yo, li te fè konnen tout moun peche. Nan ka sa a, èske gen yon moun ki kapab jis oswa san repwòch pou l ka fè Bondye plezi? Pòl te pran egzanp Abraram pou l ede tout kretyen sensè jwenn repons kesyon sa a. Pandan Abraram t ap viv nan peyi Kanaran, Jewova te fè konnen li se yon moun ki jis. Poukisa Jewova te kapab di Abraram se yon moun ki jis? Èske se paske Abraram te suiv Lwa L te bay pa mwayen Moyiz la yon fason ki san fay? Repons lan se non (Wom. 4:13). Se plis pase 400 an apre Bondye te di Abraram se yon moun ki jis, Li te bay nasyon Izrayèl la Lwa sa a. Donk, sou ki baz Bondye te deklare Abraram jis? Piske Jewova fè moun favè ki san parèy, li te fè konnen Abraram se yon moun ki jis paske Abraram te gen lafwa. — Wom. 4:2-4. w23.12 3 § 4-5.
Madi 25 fevriye
Ou mèt fè kèlkeswa sa w gen nan kè w la. — 1 Kwo. 17:2.
Nan menm nuit pwofèt Natan te di Wa David pawòl ki nan tèks pou jounen an, Jewova te fè Natan konnen se pa t David ki t ap konstwi yon tanp pou li (1 Kwo. 17:3, 4, 11, 12). Ki jan David te reyaji lè l te resevwa mesaj sa a? Li te kòmanse rasanble kòb ak materyèl Salomon, pitit gason l, t ap bezwen pou pwojè a (1 Kwo. 29:1-5). Tousuit apre Jewova te fin fè David konnen se pa li menm ki t ap konstwi tanp lan, li te fè yon alyans ak David. Jewova te pwomèt David youn nan desandan l yo t ap gen pou dirije pou toutan (2 Sam. 7:16). Nan monn nouvo a, imajine jan David pral kontan konnen Wa k ap dirije pandan Rèy mil an an se Jezi, yon Wa ki soti nan liy fanmi l! Istwa sa a ede n konprann, menmsi n pa kapab fè tout sa n ta renmen fè pou Jewova, Bondye nou an kapab rezève lòt benediksyon pou nou nou pa t ap janm panse n t ap jwenn. w23.04 16 § 8-10.
Mèkredi 26 fevriye
Jewova pap lage pèp li a. — Sòm 94:14.
Ou ka wè, lè w li kèk pasaj nan Bib la, sa ka vrèman konsole w lè w pè. Pa egzanp, ou ka jwenn ankourajman nan liv Jòb la, liv Sòm nan ak liv Pwovèb la, san wete nan pawòl Jezi te di nou jwenn nan Matye chapit 6. Lè w priye Jewova e w li Pawòl li a, w ap santi l ap konsole w. Nou kapab gen konfyans Jewova ap toujou ede n nan moman ki difisil anpil nan lavi n. Nou pap janm poukò n (Sòm 23:4). Jewova pwomèt l ap pwoteje n, l ap fè n vin fèm, l ap soutni nou e l ap konsole n. Men sa Ezayi 26:3 di konsènan Jewova: “W ap pwoteje moun ki konte sou ou nèt yo. W ap ba yo lapè nètale, paske, se nan ou yo met konfyans yo.” Kidonk, met konfyans ou nan Jewova, aksepte mwayen li itilize pou ede w. Si w fè sa, w ap rejwenn fòs, menm nan moman difisil. w24.01 25 § 16-17.
Jedi 27 fevriye
Nenpòt zam yo fè kont ou pap itil anyen. — Eza. 54:17.
Pawòl Bondye te fè pwofèt la ekri ki nan vèsè ki pi wo a ap reyalize jodi a. Pawòl ankourajan ki vin apre yo ap reyalize jodi a tou: “Se Jewova k ap anseye tout pitit ou yo, e pitit ou yo ap viv nan lapè. W ap tabli byen djanm paske w fè sa ki dwat. [...] Ou pap pè anyen e pa gen anyen k ap fè w pè, paske, bagay sa yo pap vin pre w.” (Eza. 54:13, 14). Menm Satan, “dye sistèm sa a”, pa gen pouvwa pou l kanpe travay fòmasyon pèp Jewova a ap fè jodi a (2 Kor. 4:4). Vrè adorasyon an retabli e li pap janm kontamine ankò! L ap rete la pou toutan. Wi, nenpòt zam yo fè kont nou pap itil anyen! w24.02 4 § 10.
Vandredi 28 fevriye
Yon moun ki gen plis afeksyon pou papa l oswa pou manman l pase m pa merite pou l disip mwen. — Mat. 10:37.
Antanke kretyen, ve nou te fè pou nou bay Jewova lavi nou an gen anpil enpòtans pou nou. Sa gen efè sou desizyon n ap pran ak sa nou chwazi fè lè gen pwoblèm nan fanmi nou. Nou fè anpil efò pou nou pran responsablite Bib la ban nou nan fanmi nou oserye. Men, nou pa ta dwe janm bay sa fanmi nou vle plis enpòtans pase sa Jewova mande nou (Mat. 10:35, 36; 1 Tim. 5:8). Pafwa, pou nou ka fè Jewova plezi, sa ka mande pou nou pran desizyon ki fè nou pa anpè ak fanmi nou. Se Li ki fè vin gen fanmi e li vle nou viv ak kè kontan (Efe. 3:14, 15). Si nou vle gen kè kontan toutbon, nou dwe fè sa Jewova mande nou fè. Toujou sonje, sakrifis nou fè pou n sèvi Jewova toutpandan n ap pran swen fanmi nou e n ap demontre lanmou ak respè pou yo gen valè pou Jewova. — Wom. 12:10. w24.02 18 § 11, 13.