Mas
Samdi 1ye mas
Esperans sa a pa mennen nan desepsyon. — Wom. 5:5.
Monn nouvo a poko la. Men, reflechi sou yon seri bagay ki la, pa egzanp zetwal yo, pyebwa yo, bèt yo ak moun parèy nou. Pèsonn pa ka di tout bagay sa yo pa egziste toutbonvre, byenke gen yon lè yo pa t egziste. Jodi a, yo egziste paske Jewova te kreye yo (Jen. 1:1, 26, 27). Menm jan tou, Bondye pwomèt li pral tabli yon monn nouvo. L ap kenbe pwomès sa a. Nan monn nouvo a, moun yo pral kontan viv pou toutan e yo pap janm malad. Vrèmanvre, menm jan linivè n ap viv ladan l lan egziste jodi a, nan lè Bondye fikse a, monn nouvo a ap la (Eza. 65:17; Rev. 21:3, 4). Pandan w ap tann monn nouvo a, pwofite tout okazyon w jwenn pou w fè lafwa w vin pi solid. Toujou gen rekonesans pou ranson an. Reflechi sou pouvwa Jewova genyen. Fè yon seri aktivite k ap fè w vin pi pwòch ak Jewova. Lè w fè sa, w ap kapab pami “moun ki eritye pwomès yo grasa lafwa ak pasyans yo te genyen”. — Ebre 6:11, 12; w23.04 31 § 18-19.
Dimanch 2 mas
Èske mwen pa t di w si w kwè w ap wè glwa Bondye? — Jan 11:40.
Jezi leve je l gad syèl la e li priye devan tout moun. Li vle bay Jewova tout glwa pou sa k pral fèt la. Epi, Jezi di byen fò: “Laza, soti deyò!” (Jan 11:43). Epi, Laza soti nan tonm nan! Jezi sot fè yon bagay kèk moun panse ki te ka enposib. Istwa sa a fè n vin gen plis lafwa nan esperans rezirèksyon an. Nan ki sans? Sonje Jezi te fè Mat yon pwomès. Li te di l: “Frè w la ap leve.” (Jan 11:23). Menm jan ak Papa l, li gen volonte ak pouvwa pou l resisite moun ki mouri yo. Lefètke Jezi te kriye, sa montre li gen gwo anvi pou l elimine lanmò ak chagren sa lakòz. E lè Laza te soti nan tonm nan, Jezi te montre li gen pouvwa pou l leve moun ki mouri yo. Epitou, sonje Jezi te di Mat sa nou jwenn nan tèks pou jounen an. Nou gen bonjan rezon pou n kwè pwomès Bondye fè pou l resisite moun ki mouri yo ap reyalize. w23.04 11-12 § 15-16.
Lendi 3 mas
Jewova toupre tout moun ki rele l, li toupre tout moun ki rele l avèk senserite. — Sòm 145:18.
Lè n vin pi byen konprann volonte Jewova, nou ka bezwen mande lòt bagay pito nan priyè n ap fè. Nou dwe sonje Jewova gen yon objektif e l ap reyalize l nan lè li fikse a. Lè Jewova ap reyalize objektif li genyen an, l ap elimine tout pwoblèm ki lakòz n ap soufri anpil konsa jodi a, pa egzanp, katastwòf natirèl, maladi ak lanmò. Nonsèlman l ap elimine pwoblèm sa yo nèt, nou pap janm wè yo ankò. Jewova pral sèvi ak Wayòm li an pou l reyalize objektif li (Dàn. 2:44; Rev. 21:3, 4). Men annatandan, Jewova kite Satan dirije monn nan (Jan 12:31; Rev. 12:9). Si Jewova ta rezoud tout pwoblèm lèzòm genyen yo depi kounye a, sa t ap parèt kòmsi Satan ap byen dirije monn nan. Donk, menmsi nou dwe tann Jewova reyalize yon seri pwomès li fè, sa pa vle di li lage n poukò n. Jewova ap ede nou. w23.05 8 § 4; 9-10 § 7-8.
Madi 4 mas
Konnen jan nou dwe reponn chak moun. — Kol. 4:6.
Ki jan n ka ede lòt moun pwofite Memoryal la? Nòmalman, yon premye bagay nou ka fè se envite yo. Nonsèlman nou kapab envite moun nou rankontre lè n al preche, men tou, nou kapab fè yon lis moun pou n envite. Nan lis sa a, nou ka met moun nan fanmi nou, kòlèg travay nou, kondisip nou ak lòt moun ankò. Menmsi nou pa gen ase fich envitasyon, nou kapab voye yon lyen pou yo kote yo ka jwenn li. Nou ka sezi wè kantite moun ki vin asiste Memoryal la (Ekl. 11:6)! Sonje moun nou envite yo ka gen kesyon pou yo poze, sitou si yo potko janm asiste youn nan reyinyon nou yo. L ap bon pou n reflechi sou kesyon yo ta ka poze n, epi prepare n pou n reponn yo. Menm apre Memoryal la, moun ki asiste pou premye fwa yo ka gen lòt kesyon yo ta renmen poze. Nou vle fè tout sa n kapab anvan Memoryal la, pandan Memoryal la e apre Memoryal la pou n ede moun ki “nan bon dispozisyon” yo pwofite evènman sa a. — Tra. 13:48. w24.01 12 § 13, 15; 13 § 16.
Mèkredi 5 mas
Nou se yon vapè ki parèt pou yon ti tan e apre ki disparèt. — Jak 4:14.
Nan Bib la, yo pale konsènan uit moun ki te resisite pou yo viv sou tè a. Sa w panse si w ta pran yon ti tan pou w egzamine chak istwa sa yo? Pandan w ap fè sa, chèche wè ki leson w ka aprann nan istwa sa yo. Reflechi sou fason chak egzanp sa yo montre volonte ak pouvwa Bondye genyen pou l rebay moun ki mouri yo lavi. Mete sou sa, reflechi sou rezirèksyon ki te pi enpòtan an, anpalan de rezirèksyon Jezi. Sonje se plizyè santèn moun ki te temwen rezirèksyon sa a, e li se yon bon baz pou ede n gen lafwa nan rezirèksyon ki gen pou fèt la (1 Kor. 15:3-6, 20-22). Nou gen Jewova anpil rekonesans pou pwomès rezirèksyon an! Nou kapab sèten pwomès sa a ap reyalize, paske Jewova gen volonte ak pouvwa pou l reyalize l. Ann pran detèminasyon pou n kontinye ranfòse lafwa nou nan esperans sa a ki gen anpil valè. Lè n fè sa, n ap vin pi pwòch ak Bondye nou an ki pwomèt nou chak: ‘Moun pa w yo ap leve!’ — Jan 11:23. w23.04 8 § 2; 12 § 17; 13 § 20.
Jedi 6 mas
Mache avèk Bondye w la toutpandan w rekonèt limit ou. — Miche 6:8.
Yon moun bezwen gen imilite pou l rekonèt limit li. Nou montre nou rekonèt limit nou lè n pa pran tèt nou pou yon pakèt afè e lè n admèt gen yon seri bagay nou pa kapab fè. Nou montre nou gen imilite lè n respekte lòt moun e lè n konsidere yo gen plis enpòtans pase n (Flp. 2:3). An jeneral, yon moun ki rekonèt limit li se yon moun ki gen imilite tou. Jedeyon se te yon moun ki te rekonèt limit li e ki te gen imilite. Lè yon zanj Jewova te fè Jedeyon konnen Jewova chwazi l pou l delivre pèp Izrayèl la anba men moun Madyan yo ki te gen yon gwo lame, men sa mesye sa a ki te gen imilite te reponn: “Nan tribi Manase a se fanmi m ki gen mwens enpòtans, e se mwen ki gen mwens enpòtans lakay papa m.” (Jij 6:15). Li pa t kwè li te ka fè travay sa a, men Jewova te konnen li te kapab. Grasa èd Jewova, Jedeyon te rive fè travay sa a. Ansyen yo fè anpil efò pou yo montre yo rekonèt limit yo e pou yo demontre imilite nan tout bagay (Tra. 20:18, 19). Yo pa vante tèt yo pou sa yo kapab fè oswa pou sa yo rive fè, nitou yo pa panse yo pa vo anyen akoz erè yo fè oswa akoz mankman yo genyen. w23.06 3 § 4-5.
Vandredi 7 mas
L ap kraze tèt ou. — Jen. 3:15.
Kraze yo pral kraze tèt Satan an, gen pou l pran plis pase 1000 an anvan l reyalize (Rev. 20:7-10). Anvan sa fèt, Bib la anonse nasyon yo pral pwoklame: “Lapè! Sekirite!” (1 Tes. 5:2, 3). Gwo tribilasyon an pral kòmanse “sanzatann” lè nasyon yo atake tout fo relijyon yo (Rev. 17:16). Apre sa, Jezi pral jije lèzòm, li pral separe mouton yo ak kabrit yo (Mat. 25:31-33, 46). Sepandan, Satan pap bay legen. Li tèlman rayi pèp Jewova a, li pral fè yon gwoup nasyon, Bib la rele Gòg ki soti nan peyi Magòg, atake yo (Eze. 38:2, 10, 11). Rive yon lè, yo pral rasanble rès kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la ki sou tè a, yo pral ansanm ak Kris ansanm ak zanj li yo nan syèl la pou yo patisipe nan lagè Amagedon ki se dènye pati gwo tribilasyon an (Mat. 24:31; Rev. 16:14, 16). Apre sa, Kris pral kòmanse dirije tè a e l ap fè sa pandan 1000 an. — Rev. 20:6. w23.10 20-21 § 9-10.
Samdi 8 mas
Mwen se yon moun ki gen lakrentif pou Jewova depi m jèn. — 1 Wa 18:12.
Jodi a, anpil sèvitè Jewova ap viv nan peyi kote yo entèdi travay n ap fè a. Menm jan ak Obadya, frè ak sè sa yo nou renmen anpil montre yo gen respè pou otorite yo, men, yo bay Jewova sa k pou li a, sa vle di se li menm sèl yo adore (Mat. 22:21)! Yo montre yo gen lakrentif pou Bondye lefètke yo obeyi l olye yo obeyi lèzòm (Tra. 5:29). Yo fè sa lè yo kontinye preche bon nouvèl la e lè yo fè reyinyon an kachèt (Mat. 10:16, 28). Yo veye pou frè ak sè yo jwenn sa yo bezwen pou yo kontinye gen bon relasyon ak Jewova. Ann pran egzanp Henri k ap viv nan yon peyi ann Afrik kote yo te entèdi travay n ap fè a pandan yon tan. Pandan entèdiksyon an, Henri te ofri tèt li pou l al pot piblikasyon pou frè ak sè yo. Men sa l te ekri: “Mwen se yon moun ki timid. Jewova te fè m gen kouraj mwen te bezwen an.” Èske w kapab gen kouraj menm jan ak Henri? Ou kapab vin gen kouraj si w chèche gen bonjan lakrentif pou Bondye. w23.06 16 § 9, 11.
Dimanch 9 mas
Menm jan akoz yon sèl moun peche antre nan monn nan. — Wom. 5:12.
Lè Adan ak Èv te fin fè rebèl, sa te parèt kòmsi Satan te kraze objektif Bondye te genyen pou l plen tè a ak moun ki pafè e k ap obeyi l. Satan te ka panse pa gen anpil bagay Jewova te ka fè ankò. Sèl sa l te ka fè, se touye Adan ak Èv epi kreye de lòt moun pafè pou l reyalize objektif Li gen pou lèzòm nan. Men, si Bondye te fè sa, Dyab la t ap akize l kòmkwa li se yon mantè. Poukisa? Paske selon Jenèz 1:28, Jewova te di Adan ak Èv desandan yo t ap vin genyen yo t ap ranpli tè a. Oubyen petèt Satan te panse Jewova t ap kite Adan ak Èv fè pitit ki enpafè ki pa t ap janm ka vin pafè (Ekl. 7:20; Wom. 3:23). Nan ka sa a, se sèten Dyab la t ap akize Jewova, li t ap fè konnen Li echwe. Poukisa? Paske desizyon sa a pa t ap pèmèt Bondye reyalize objektif li, sa vle di pou tè a vin yon paradi ki ranpli ak desandan Adan ak Èv ki pafè e ki obeyisan. w23.11 6 § 15-16.
Lendi 10 mas
Pa ale pi lwen pase sa ki ekri. — 1 Kor. 4:6.
Jewova ban nou enstriksyon klè pa mwayen Pawòl li a e pa mwayen òganizasyon l lan. Nou pa gen okenn rezon pou n ajoute sou enstriksyon li bay yo (Pwo. 3:5-7). Kidonk, nou pa ale pi lwen pase sa ki ekri nan Bib la ni nou pa mande kwayan parèy nou yo suiv yon seri règ sou yon seri bagay Bib la pa di anyen sou sa. Satan itilize “twonpri ki san valè” ak “bagay monn nan baze sou yo” pou l ka twonpe nou e pou l chèche met divizyon nan mitan nou (Kol. 2:8). Nan premye syèk la, pami bagay sa yo te gen yon seri filozofi ki te baze sou rezònman lèzòm, sou bagay Juif yo t ap anseye ki pa t baze sou Ekriti yo, ak sou ansèyman ki fè konnen kretyen yo dwe obeyi Lwa Moyiz la. Ide sa yo te twonpe moun yo paske yo te anpeche yo wè vrè Sous sajès la, anpalan de Jewova. Jodi a, Satan sèvi ak medya yo ak rezo sosyal yo pou l gaye rimè ak manti y ap bay nan nouvèl e gen lidè politik k ap ankouraje bagay sa yo. w23.07 16 § 11-12.
Madi 11 mas
Ala estrawòdinè aksyon w fè yo estrawòdinè, o Jewova! Panse w yo vrèman pwofon. — Sòm 92:5.
Jewova te rezoud pwoblèm rebelyon Satan an ak premye moun li te kreye yo yon fason ki dwe te fè Satan sezi anpil. Jewova te kite Adan ak Èv fè pitit, e konsa pawòl li te di yo te reyalize. Jewova pa echwe, okontrè, li pot laviktwa. Li te veye pou objektif li reyalize lè l te bay yon “desandans” ki t ap sove desandan Adan ak Èv ki obeyisan yo (Jen. 3:15; 22:18). Dispozisyon Jewova te pran pou l bay ranson an dwe te fè Satan sezi anpil! Poukisa? Paske se yon dispozisyon ki montre Jewova renmen nou toutbon (Mat. 20:28; Jan 3:16). Satan pa gen kalite sa a lakay li, paske li egoyis. Donk, ki sa k pral fèt grasa ranson an? Nan fen Rèy mil an an, desandan Adan ak Èv ki pafè e ki obeyisan yo pral abite nan yon paradi sou tè a, jan Jewova te vle sa depi okòmansman. w23.11 6 § 17.
Mèkredi 12 mas
Bondye pral jije. — Ebre 13:4.
Nou soutni lwa Jewova bay anrapò ak lavi ak san ki sakre. Poukisa? Paske Jewova di san reprezante lavi, yon kado li bay ki gen anpil valè (Lev. 17:14). Premye fwa Jewova te bay moun posiblite pou yo manje vyann bèt, li te ba yo lòd pou yo pa manje san an (Jen. 9:4). Li te rebay Izrayelit yo menm kòmandman sa a lè l te bay Lwa Moyiz la (Lev. 17:10). E li te fè kolèj santral premye syèk la bay tout kretyen lòd pou yo “kontinye evite [...] san”. (Tra. 15:28, 29.) Nou obeyi kòmandman sa a ak tout kè nou lè n ap chwazi ki tretman n ap aksepte anrapò ak sante nou. Mete sou sa, nou soutni prensip moral wo nivo Jewova yo ak tout kè n. Apot Pòl te itilize yon langaj senbolik ki frapan lè l te di pou n fè manm kò nou “mouri”, sa vle di pou n fè gwo efò pou n elimine kèlkeswa move dezi nou genyen. Nou evite gade oswa fè nenpòt bagay ki ta ka fè n tonbe nan imoralite seksyèl. — Kol. 3:5; Jòb 31:1. w23.07 15 § 5-6.
Jedi 13 mas
Finalman, Samson ouvri kè l ba li. — Jij 16:17.
Èske se paske Samson te fè Dalila twòp konfyans, li te kite lanmou l gen pou li a fè l egare, ki fè l pa t rive wè sa Dalila te vle fè a? Kèlkeswa rezon an, Dalila te kole nan kò Samson pou l te di l ki kote l jwenn fòs li genyen an. Finalman, Samson te di l tout bagay. Malerezman, Samson te met tèt li nan yon sitiyasyon ki te lakòz li pèdi fòs li te genyen an e ki te fè l pèdi favè Jewova pandan yon tan (Jij 16:16-20). Piske Samson te fè Dalila konfyans olye l te fè Jewova konfyans, li te soufri anpil. Moun peyi Filisti yo te met men sou Samson e yo te pete je l. Yo te mete l nan prizon nan Gaza e l te vin yon esklav k ap vire wòch moulen pou l kraze manje angren. Annapre, moun Filisti yo te imilye l lè yo te rasanble pou yo te fè yon fèt. Yo te ofri Dagon, fo dye yo a, yon gwo sakrifis, kòmsi se Dagon ki te lage Samson nan men yo. Yo te voye chèche Samson nan prizon an pou vin amize yo nan fèt la pou yo te ka “bat plezi sou li”. — Jij 16:21-25. w23.09 5-6 § 13-14.
Vandredi 14 mas
Chèche fè sa ki byen nan je tout moun. — Wom. 12:17.
Petèt, yon kòlèg travay nou oswa yon kamarad lekòl nou ka poze n kesyon sou rezon ki fè nou suiv yon seri prensip moral. N ap fè tout sa n kapab pou n defann kwayans nou toutpandan n ap respekte opinyon moun k ap koute nou an (1 Pyè 3:15). Byen souvan, yon bagay ki kapab ede nou se lè n konsidere kesyon an kòm yon fason pou n chèche wè sa k enterese moun nan olye nou wè sa kòm yon atak oswa yon mwayen l ap chèche fè kont avè n. Kèlkeswa rezon ki fè yon moun poze yon kesyon, li bon pou n reponn avèk dousè e avèk jantiyès. Lè sa a, repons nou bay la ka ede l wè bagay yo yon lòt jan. Pa egzanp, si yon kòlèg travay nou mande n poukisa nou pa fete anivèsè nesans, èske petèt se mande l ap mande tèt li si n pa gen dwa pran plezi nou? Nou ka felisite kòlèg travay nou an lefètke l gen sousi pou lòt moun. Sa ka ban nou okazyon pou n gen yon bèl konvèsasyon sou sa Bib la fè konnen sou anivèsè nesans. w23.09 17 § 10-11.
Samdi 15 mas
Veye pou nou pa kite erè moun sa yo ki pa respekte lalwa pote nou ale ansanm avèk yo epi fè nou pa rete fèm nan bon chemen an. — 2 Pyè 3:17.
Se pa ti privilèj nou genyen pou n sèvi ak tan ki rete a pou n bay moun tout nasyon temwayaj! Apot Pyè ankouraje nou pou n “kenbe [jou Jewova a] nan lespri nou”. (2 Pyè 3:11, 12.) Ki jan nou kapab fè sa? L ap bon pou n medite chak jou, si posib, sou jan lavi a pral bèl nan monn nouvo a. Imajine ou menm k ap respire yon lè ki vrèman pwòp, k ap manje manje ki bon pou sante w, k ap akeyi moun pa w ki te mouri ki resisite e k ap anseye moun ki te viv sa gen plizyè syèk fason pwofesi ki nan Bib la reyalize. Meditasyon konsa ap ede w pou w kontinye ret tann e pou w gen asirans lafen an toupre rive. Piske nou ‘konnen davans’ sa k pral rive alavni, nou pap kite ansèyman moun ki pa kwè jou Jewova a toupre rive “pote nou ale”. w23.09 27 § 5-6.
Dimanch 16 mas
Se pou nou obeyi paran nou ann inyon ak Seyè a, paske se yon bagay ki jis. — Efe. 6:1.
Jèn yo ap viv nan mitan lòt jèn parèy yo ki gen tandans “dezobeyi paran yo”. (2 Tim. 3:1, 2.) Sa k fè anpil nan yo dezobeyi paran yo? Gen nan yo ki santi paran yo ipokrit. Paran yo konn mande pitit yo fè yon bagay, alòske yo menm yo pa fè l. Gen lòt jèn yo menm ki panse konsèy paran yo ba yo pase mòd, yo pa vrèman itil oswa yo twò di. Si w se yon jèn, èske w konn santi w konsa? Anpil timoun twouve l difisil pou yo suiv kòmandman Jewova bay nou jwenn nan tèks pou jounen an. Ki sa k ka ede w fè sa? Ou ka aprann obeyisans nan men moun ki bay pi bèl egzanp lan, anpalan de Jezi (1 Pyè 2:21-24). Jezi te pafè, men, paran l yo pa t pafè. Sepandan, Jezi te konn onore paran l menm lè yo te konn fè erè e yo pa t konprann li pafwa. — Egz. 20:12. w23.10 7 § 4-5.
Lendi 17 mas
Kòmandman ki te la anvan an vin anile akoz feblès li genyen e poutèt li pa efikas. — Ebre 7:18.
Apot Pòl te esplike sakrifis Lalwa te mande pou moun bay yo pa t ka elimine peche nèt. Se pou rezon sa a Lalwa te “vin anile”. Se sa k fè Pòl te anseye yo kèk verite ki pi pwofon. Li te fè kretyen parèy li yo sonje gen “yon pi bèl espwa” ki baze sou sakrifis Jezi a ki t ap vrèman ede yo pwoche “bò kot Bondye”. (Ebre 7:19.) Pòl te esplike kretyen ebre yo rezon ki fè adorasyon y ap bay Jewova a pi bon lontan pase adorasyon yo te konn ba l anvan yo te vin kretyen. Fason yo te konn adore nan relijyon juif la se te sèlman “lonbray bagay ki [te] gen pou vini yo, men reyalite a se nan Kris li ye”. (Kol. 2:17.) Lonbray yon bagay ban nou yon ide sou bagay la, men se pa bagay la n ap gade vre. Menm jan an tou, fason Juif yo te konn adore Bondye se te yon lonbray, paske, yo t ap gen pou yo adore l yon pi bon fason toujou. Nou bezwen konprann dispozisyon Jewova pran pou peche nou jwenn padon pou n ka adore l fason ki fè l plezi a. w23.10 25 § 4-5.
Madi 18 mas
Nan tan lafen an, wa sid la pral nan lit ak wa nò a, e wa nò a ap […] vin sou wa sid la tankou yon tanpèt. — Dàn. 11:40.
Dànyèl chapit 11 pale konsènan de wa oswa pisans politik ki nan lit youn ak lòt pou yo domine monn nan. Lè n konpare pwofesi sa a ak lòt pwofesi ki nan Bib la, nou kapab wè “wa nò a” se Larisi ak patizan l yo e “wa sid la” se Pisans mondyal anglo-ameriken an. Pèp Bondye a k ap viv nan peyi “wa nò a” ap dirije a jwenn pèsekisyon anba men wa sa a. Gen kèk Temwen yo bat e gen lòt yo mete nan prizon akoz lafwa yo. Frè n ak sè n yo pa kite aksyon “wa nò a” ap fè yo fè yo pè, okontrè, sa ranfòse lafwa yo. Sa k fè sa? Paske frè n ak sè n sa yo konnen lefètke y ap pèsekite pèp Bondye a sa reyalize pwofesi ki nan liv Dànyèl la (Dàn. 11:41). Lefètke nou konn sa, sa kapab ede n pou n kenbe esperans nou genyen an fèm e pou n kontinye ret fidèl. w23.08 11 § 15-16.
Mèkredi 19 mas
Nenpòt moun ki manyen nou, se gla je m li manyen. — Zak. 2:8.
Piske Jewova renmen nou, li konprann sa n santi e li vrèman vle pwoteje nou. Li tris lè nou tris. Se sa k fè nou ka gen asirans l ap koute nou lè n priye l pou n di l: “Pwoteje m tankou gla je w.” (Sòm 17:8). Je se yon pati nan kò nou ki sansib e ki gen anpil valè. Donk, lè Jewova konpare nou ak gla je l, se kòmsi l t ap di: ‘Nou menm pèp mwen, kèlkeswa moun ki fè nou mal, se sa ki gen anpil valè pou mwen an li fè mal.’ Jewova vle n gen konviksyon li renmen nou chak pèsonèlman. Men, li konnen akoz sa k te rive nan lavi nou, nou ka ap mande tèt nou si l renmen nou vre. Oubyen, nou ka ap fè fas ak yon seri sitiyasyon kounye a ki fè l difisil pou n kwè Jewova renmen nou. Ki sa k ap fè n vin gen plis konfyans li renmen nou? Se lè n chèche konnen fason Jewova montre li renmen Jezi, li renmen moun li chwazi pou al nan syèl yo, e li renmen nou tout. w24.01 27 § 6-7.
Jedi 20 mas
Bondye nou an te avèk nou. Li te delivre nou anba men ènmi yo. — Esd. 8:31.
Esdras te wè jan Jewova te ede pèp Li a nan moman difisil. Kèk ane anvan sa, nan ane 484 anvan epòk nou an, sanble Esdras t ap viv Babilòn lè wa Asyeris te bay yon dekrè pou yo touye tout Juif nan anpi Pès la (Estè 3:7, 13-15). Lavi Esdras te an danje! Akoz menas sa a, Juif “nan chak tèritwa” te fè jèn e yo te nan gwo lapenn. Se sèten yo te priye Jewova pou ede yo (Estè 4:3). Imajine jan Esdras ak Juif parèy li yo te santi yo lè bagay yo te vire kont moun ki t ap fè konplo pou fè detwi Juif yo (Estè 9:1, 2)! Sanble sa Esdras te viv nan moman difisil sa yo te prepare l pou difikilte li t apral jwenn pi devan, e sanble tou sa te fè l gen plis konfyans Jewova kapab pwoteje pèp Li a. w23.11 17 § 12-13.
Vandredi 21 mas
Bondye konsidere yo kòm moun ki jis san se pa anrapò ak sa yo fè. — Wom. 4:6.
Apot Pòl te plis ap pale konsènan “fè sa Lalwa mande”, anpalan de Lalwa Moyiz la Bondye te bay sou Mòn Sinayi (Wom. 3:21, 28). Sanble nan epòk Pòl la gen Juif ki te kretyen ki te kwè yo te dwe kontinye suiv Lalwa Moyiz la. Se sa k fè Pòl te pran egzanp Abraram pou l montre yon moun pa bezwen “fè sa Lalwa mande” pou Bondye konsidere l kòm yon moun ki jis. Se lafwa l bezwen genyen. Sa ankourajan paske sa montre nou, si nou gen lafwa nan Bondye ak nan Kris, nou kapab gen favè Bondye. Sepandan, “bon aksyon” Jak te pale de yo nan chapit 2 a pa menm bagay ak “fè sa Lalwa mande”, jan Pòl te di sa. Nan chapit sa a, Jak ap pale konsènan bon aksyon oswa aktivite kretyen yo fè chak jou nan lavi yo ki montre si yon kretyen gen bonjan lafwa nan Bondye oswa si l pa gen lafwa. — Jak 2:24. w23.12 3 § 8; 4-5 § 10-11.
Samdi 22 mas
Yon mari se chèf madanm li. — Efe. 5:23.
Sè ki ta renmen marye yo bezwen pran san yo pou yo byen chwazi moun yo ta renmen marye avè l la. Sonje, ou pral anba otorite gason ou marye avè l la (Wom. 7:2; Efe. 5:33). Donk, mande tèt ou: ‘Èske l gen matirite antanke kretyen? Èske l bay Jewova premye plas nan lavi l? Èske l pran bon desizyon? Èske l konn aksepte lè l fè erè? Èske l respekte fi? Èske l ap kapab ede m kontinye gen bon relasyon ak Jewova? Èske l ap kapab pran swen m e èske l ap yon bon zanmi pou mwen?’ Nòmalman, si w ta renmen jwenn yon bon mari, w ap bezwen prepare w pou w yon bon madanm. Yon bon madanm “ede” mari l e li “sèvi l konpay”. (Jen. 2:18.) Kòm li renmen Jewova, li aji yon fason pou mari l toujou gen bon repitasyon (Pwo. 31:11, 12; 1 Tim. 3:11). Ou ka prepare w pou responsablite sa a lè w chèche vin gen plis lanmou pou Jewova e lè w ede moun lakay ou ak nan kongregasyon an. w23.12 22-23 § 18-19.
Dimanch 23 mas
Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l. — Jak 1:5.
Jewova pwomèt l ap ban nou sajès nou bezwen pou n pran bon desizyon. Nou sitou bezwen sajès Bondye lè n ap pran desizyon k ap gen efè sou tout rès vi n. Li ban nou fòs pou n andire. Menm jan Jewova te bay apot Pòl fòs pou l andire, konsa tou l ap ban nou fòs nou bezwen pou n andire eprèv nou yo (Fil. 4:13). Youn nan fason li fè sa se lè Li sèvi ak frè n ak sè n yo. Nan nuit anvan Jezi te bay lavi l pou nou kòm sakrifis, li te priye Jewova ak tout kè l. Li te sipliye Jewova pou yo pa t pran l pou yon moun k ap sal non L. Olye Jewova te fè sa Jezi te mande a, li te voye youn nan zanj yo vin ba l fòs (Lik 22:42, 43). Menm jan an tou, Jewova ka fè yon frè oswa yon sè rele n nan telefòn oswa vizite n pou ankouraje n. Nou tout kapab chèche okazyon pou n di kwayan parèy nou yo “bèl ti pawòl”. — Pwo. 12:25. w23.05 10-11 § 9-11.
Lendi 24 mas
Se pou youn kontinye ankouraje lòt e se pou youn kontinye fòtifye lòt. — 1 Tes. 5:11.
Inaktif ki asiste Memoryal yo ka pè pou yo pa byen akeyi yo. Donk, evite poze yo kesyon k ap fè yo jennen, oswa pa fè kòmantè ki ka blese yo. Frè ak sè sa yo se kwayan parèy nou. Nou kontan adore Jewova ansanm avèk yo ankò (Sòm 119:176; Tra. 20:35)! Jezi gen bonjan rezon mande pou n selebre Memoryal lanmò l chak ane. Lè n fè sa, sa bon ni pou nou menm ni pou lòt moun nan plizyè sans (Eza. 48:17, 18). Nou vin renmen Jewova ak Jezi pi plis. Nou montre jan nou gen anpil rekonesans pou sa yo fè pou nou. Nou vin pi pwòch frè n ak sè n yo. E nou ka ede lòt moun konnen ki jan yo menm tou yo ka jwi benediksyon ranson an fè n jwenn yo. Kidonk, ann fè tout sa n kapab pou n prepare n pou Memoryal ane sa a, jou ki pi enpòtan nan ane a! w24.01 14 § 18-19.
Madi 25 mas
Mwen menm, Jewova, mwen se [...] Sila a k ap mennen w nan wout ou dwe mache a. — Eza. 48:17.
Ki jan Jewova ban nou direksyon? Li fè sa sitou pa mwayen Pawòl li te fè ekri a, Labib. Epitou, li itilize moun kòm reprezantan l. Pa egzanp, li itilize “esklav fidèl ki prevwayan an” pou ban nou manje espirityèl k ap ede nou pran desizyon ki saj (Mat. 24:45). Jewova sèvi tou ak lòt gason ki fidèl pou gide nou. Pa egzanp, siveyan sikonskripsyon yo ak ansyen nan kongregasyon yo ankouraje nou e yo ban nou enstriksyon k ap ede nou nan moman difisil yo. Se pa ti kontan nou kontan jwenn bonjan enstriksyon nan dènye jou sa yo ki difisil anpil! Enstriksyon sa yo ede n kontinye rete zanmi Jewova e yo ede n kontinye rete sou wout lavi a. Malgre sa, pafwa li ka difisil pou n suiv direksyon Jewova bay, sitou lè se moun ki enpafè ki ban nou yo. Se sitou nan moman sa yo nou bezwen gen asirans se Jewova k ap dirije pèp li a, e lè nou suiv direksyon sa yo, n ap jwenn benediksyon. w24.02 20 § 2-3.
Mèkredi 26 mas
Youn pa dwe renmen lòt nan bouch, ni ak bèl pawòl, men se pou nou aji avèk senserite pou nou montre sa. — 1 Jan 3:18.
Nou ka vin gen plis lanmou pou Bondye lè n byen etidye Pawòl li a. Pandan w ap li Bib la, eseye wè ki sa chak pasaj aprann ou sou Jewova. Mande tèt ou: ‘Ki jan istwa sa a montre Jewova renmen m? Ki jan l ankouraje m renmen Jewova?’ Yon lòt fason nou ka vin gen plis lanmou pou Jewova se lè n priye l chak jou pou n di l tout sa k nan kè n (Sòm 25:4, 5). Lè n fè sa, Jewova ap reponn priyè nou yo (1 Jan 3:21, 22). Nou bezwen chèche gen plis lanmou pou pwochen nou tou. Kèk ane apre apot Pòl te vin kretyen, li te rankontre yon jèn gason ki rele Timote. Timote te renmen Jewova e li te renmen moun. Men sa Pòl te di kretyen nan vil Filip yo: “Mwen pa gen pèsonn ki gen menm atitid [ak Timote], pa gen pèsonn tankou l ki gen sousi pou nou toutbon.” (Flp. 2:20). Pòl te kapab wè jan Timote te renmen frè ak sè yo anpil. Pa gen dout, kongregasyon Timote te konn vizite yo te toujou kontan wè l. — 1 Kor. 4:17. w23.07 9 § 7-10.
Jedi 27 mas
Mwen pap janm abandone w. — Ebre 13:5.
Moyiz te mouri anvan pèp Izrayèl la te antre nan peyi Bondye te pwomèt yo a. Piske gason fidèl sa a pa t la ankò, èske pèp Bondye a te lage poukò yo? Non. Toutotan pèp la te ret fidèl, Jewova te kontinye pran swen yo. Anvan Moyiz mouri, Jewova te di l pou l mete Jozye chèf sou pèp la. Moyiz te fè plizyè dizèn ane ap bay Jozye fòmasyon (Egz. 33:11; Det. 34:9). Mete sou sa, gen anpil lòt gason ki te gen kapasite pou dirije pèp la. Yo te mete yo chèf sou 1000 moun, sou 100 moun, sou 50 moun e menm sou 10 moun (Det. 1:15). Yo te byen pran swen pèp Bondye a. Se menm sa ki te rive nan epòk Eli a. Pandan plizyè dizèn ane, Eli te fè anpil efò pou l ede pèp Izrayèl la adore Bondye. Men, rive yon lè, Jewova te ba l yon lòt asiyasyon nan sid Jida (2 Wa 2:1; 2 Kwo. 21:12). Èske moun ki te fidèl nan wayòm dis tribi Izrayèl la te lage poukont yo? Non. Eli te fè plizyè ane ap bay Elize fòmasyon. Jewova te kontinye reyalize objektif li e li te kontinye pran swen sèvitè fidèl li yo. w24.02 5 § 12.
Vandredi 28 mas
Se pou nou kontinye mache tankou pitit limyè. — Efe. 5:8.
Kretyen nan vil Efèz yo te vin ap viv ann amoni ak limyè verite ki nan Pawòl Bondye a (Sòm 119:105). Moun sa yo te sispann fè sa yo te konn ap fè lè yo te nan fo relijyon e yo te kite konduit imoral yo te genyen. Yo te vin ap “imite Bondye” e yo te fè anpil efò pou yo adore Jewova e pou yo fè l plezi (Efe. 5:1). Menm jan an tou, anvan nou te aprann laverite nou te nan fènwa akoz fo relijyon ak imoralite. Gen nan nou ki te konn fete fèt ki gen rapò ak fo relijyon, e gen nan nou ki te konn ap mennen yon vi imoral. Men, lè nou te aprann prensip Jewova anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal, nou te fè chanjman. Nou te vin ap viv fason Jewova vle a. Se sa k fè nou jwenn anpil byenfè (Eza. 48:17). Sepandan, jodi a nou pa sispann jwenn difikilte. Nou bezwen rete lwen fènwa nou te kite dèyè a e nou bezwen “kontinye mache tankou pitit limyè”. w24.03 21 § 6-7.
Samdi 29 mas
Kèlkeswa degre nou rive nan pwogrè nou, annou kontinye mache annòd nan menm direksyon an. — Flp. 3:16.
Ou ka santi w poko pare pou w vwe Jewova lavi w e pou w batize. Petèt, ou bezwen kontinye fè chanjman nan lavi w pou l ann amoni ak prensip Jewova yo, oswa petèt ou bezwen plis tan pou w fòtifye lafwa w (Kol. 2:6, 7). Gen etidyan ki pwogrese pi vit pase yon lòt, e se pa tout jèn ki pare pou yo vwe Jewova lavi yo e pou yo batize nan menm laj. Chèche wè ki pwogrè w fè selon sitiyasyon w e pa konpare tèt ou ak lòt moun (Gal. 6:4, 5). Menmsi w rann ou kont ou poko pare pou w vwe Jewova lavi w, kontinye chèche gen objektif sa a. Priye Jewova pou l beni efò w ap fè pou w fè kèlkeswa chanjman ki nesesè (Flp. 2:13). Ou mèt gen konfyans l ap tande priyè w e l ap reponn. — 1 Jan 5:14. w24.03 5 § 9-10.
Dimanch 30 mas
Nou menm mari, se pou nou kontinye viv avèk [madanm nou] dapre konesans. — 1 Pyè 3:7.
Yon lè, gen yon bagay ki t ap trakase Sara e li te fè Abraram konnen ki jan sa fè l santi l. Li te menm lage chay la sou Abraram. Abraram te konnen Sara se yon fi ki toujou soumèt li e ki toujou soutni desizyon l pran. Abraram te koute l e l te chèche rezoud pwoblèm nan (Jen. 16:5, 6). Ki sa nou kapab aprann? Nou menm mari, se nou menm ki gen otorite pou n pran desizyon pou fanmi nou (1 Kor. 11:3). Sepandan, n ap montre n gen lanmou lè n koute madanm nou avèk atansyon e nou mande l sa l panse anvan nou pran yon desizyon, sitou si desizyon an ap gen efè sou li (1 Kor. 13:4, 5). Nan yon lòt okazyon, Abraram te vle akeyi kèk vizitè ki te vini sanzatann. Li te mande Sara pou l kite yon bagay li t ap fè pou l al prepare yon bon valè pen (Jen. 18:6). Sara te fè sa Abraram te mande l la san pèdi tan. Nou menm madanm, nou kapab suiv egzanp Sara lè n soutni desizyon mari n pran. Lè n fè sa, nou fè maryaj nou vin pi solid. — 1 Pyè 3:5, 6. w23.05 24-25 § 16-17.
Lendi 31 mas
Sajès ki sot anwo a [...] dispoze obeyi. — Jak 3:17.
Apre Jewova te fin chwazi Jedeyon kòm jij, Jedeyon te bezwen obeyi Jewova e l te bezwen met kouraj sou li. Jewova te mande Jedeyon pou l detwi lotèl papa l te fè pou adore Baal la, e se te yon misyon ki te gen danje ladan l (Jij 6:25, 26). Annapre, lè Jedeyon te fin rasanble yon lame, pandan de fwa, Jewova te mande l pou l redui kantite sòlda yo (Jij 7:2-7). Finalman, Jewova te mande l atake lame ènmi an nan mitan lannuit (Jij 7:9-11). Ansyen yo dwe “dispoze obeyi”. Yon ansyen ki obeyisan soumèt li ak tout kè l ak sa Bib la di e ak enstriksyon òganizasyon Bondye a bay. Konsa, li bay lòt moun bon egzanp. Aktout sa, pafwa li ka difisil pou l obeyi. Pa egzanp, li ka twouve l difisil pou l kontinye suiv enstriksyon li resevwa. Nan kèk sitiyasyon, li ka ap mande tèt li si yon enstriksyon li resevwa vrèman itil oswa si l ap bon pou l suiv li. Oubyen yo ka mande l pou l fè yon travay ki ka lakòz yo arete l. Nan sitiyasyon konsa, ki jan ansyen yo ka suiv egzanp Jedeyon ki te obeyisan? Byen koute enstriksyon yo ba w epi suiv li. w23.06 4-5 § 9-11.